Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Etazini anfas doub kriz KOVID-19 ak kontestasyon kont rasism sistemik

—pa Tontongi

Nou konnen istwa a, apre senatè repibliken yo fin tòdye regleman konstitisyonèl yo e akite Donald Trump de de atik impeachment (destitisyon) yo te akize l yo—abi pouvwa ak obstriksyon kont Kongrè—, yo lese peyi a devan reyalite ke y ap vin rive debarase yo de prezidan efreyan sa a sèlman gras ak eleksyon prezidansyèl novanm 2020 an. Ann atandan, Etazinyen yo di, an n priye long mwa sa yo pa pote sipriz.

Demonstrators in the city of Somerville, Massachusetts.

Manifestan nan vil Somerville, Massachusetts, me 2020 —foto pa Tanbou

Se te priye twò bonè—si m ka di l konsa ! Efektivman, youn nan souwè peyi a pandan peryòd anvan pwochen eleksyon prezidansyèl la se te pou Trump pa konfwonte ak yon vrè kriz, si w eskli sa yo li fabrike limenm lan : pami yo, refoulman migran yo sou fwontyè meksiken an, retrèt toudenkou de Siri, lagè kòmèsyal ak Lachin, lagè lan ak Iran, elatriye.

Epi, san okenn moun pa t atann yo, kowonaviris la vini, ki konnen tou sou non SARS-CoV-2, oswa « Sendwòm respiratwa egi e sevè de kowonaviris 2 », ki pote maladi yo rele KOVID-19, yon non k sonnen kou non yon pwazon. Detekte pou premye fwa lakay èt imen nan fen lane 2019 la an Chin, pwopaje espesifikman nan vil Wuhan (sipozeman nan yon mache pwason kote yo vann chòvsouri vivan), evantyèlman viris la vin tounen yon kalamite global, planetè.

Avrèdi, pèsonn pa konnen definitivman orijin presi kowonavirus 2 a. Èske l te pran nesans nan mache a oswa moun te mennen l nan mache a kote li jwenn yon teren fètil ? Pèsonn pa konnen definitivman, dotanplis otorite chinwa yo te dabò siprime enfòmasyon sou parisyon viris la, anvan yo deside avèti lemond antye.

Konsènan, efektivman, orijin kowonaviris vèsyon 2019 la, genyen yon dal teyori konspirasyonis ki fè rejwisans medya sosyal yo. Premye semèn blayisman viris la nan Masachousèt, chofè otobis piblik mwen pran nan Watètawonn, yon vil ki bò kote Boston, anonse m sibitman ke kowonaviris lan te devlope nan yon laboratwa chinwa e li fè pati de asenal biyolojik gouvènman chinwa a. Mwen replike e di l ke syantifik CDC yo—biwo federal pou kontwòl ak prevansyon maladi nan Etazini—panse otreman. Mwen ta pral di plis, men m reyalize vit se tan m ta pral pèdi.

Harvard University in the COVID-19 era.

Harvard Inivèsite nan tan KOVID-19 —foto pa Tanbou, avril 2020.

Natirèlman moun gwo gozye nan ladwat pro-trumpis yo, anti-chinwa par excellence, san retire Fox News, reprann panchan konspirasyonis sa yo san okenn respè pou laverite. Avèk grann etonnman, kèk semèn apre, mwen tonbe sou yon rezime yon prezantasyon de Nicolas Martin sou France-Culture 20 avril 2020 la kote li fè yon kritik sou teyori Luc Montagnier yo, yon Pri Nobel lamedsin, ki, daprè otè a, sanble pataje pwendvi chofè otobis mwen mansyone pi wo a. Pou avanse diskisyon an, m ap apwiye isit la sou Nicolas Martin, ki panse ke pozisyon Montagnier sou keksyon an—pami yo ke SARS-CoV-2 ta posibman kreye atifisyèlman nan laboratwa a pou konbat SIDA—se koze ki fè pati de « deliryòm konspirasyonis avèk byezay otorite ».

Pozisyon sa a ansanm ak lòt etid refitatif epidemyolojis yo avanse pouse Martin rejte teyori ki di kowonaviris la te chape sot nan laboratwa : « Poukisa ? misye mande tèt li. Tou dabò, paske etid filojenetik yo—istwa jenetik viris la—pwente tout nan menm dyeksyon an : viris la prezan ak yon to resanblans 96% lakay chòvsouri ak yon lòt fòm viris lan, ki yon ti jan diferan, men ki genyen yon pwoteyin sifas ki, avèk 99%, ekstrèmman pwòch, de viris ki enfekte èt imen an e ki prezan tou lakay pangolin.» Konstatasyon sa yo, Martin konkli, « mennen nan teyori selon ki SARS-CoV-2 a te ka fèt de yon melanj de souch sa yo », kidonk pafètman konsistan ak transmisyon de animal a èt imen an1.

Rechèchè Inivèsite Harvard yo sigjere viris la te manifeste yon ti jan pi bonè ke desanm 2019, yo itilize yon koleksyon de 111 imaj satelit vil Wuhan lan ki date de 9 janvye 2018 rive 30 avril 2020. Imaj sa yo montre yon ogmantasyon entansif trafik otomobil nan pakin-garaj lopital nan Wuhan yo, ki endike yon ogmantasyon okipasyon ki kòmanse vè fen ete 2019 rive otònn, avèk yon pik trafik an desanm 2019. Endikasyon sa yo konfime yon grann kantite anèkdòt (istwa pèsonèl) endividi nan Etazini ki konvenki yo te atrape viris la byen anvan fevriye 2020, dat ki ofisyèlman rekonèt kounye a [otònn 2020].

Donald Trump ak sekretè d Eta Mike Pompeo reprann an gwo menm agiman ladwat antichinwa a e yo ale menm pi lwen, yo sigjere ke kowonaviris la te ka devlope nan laboratwa e Chinwa yo pwopaje l eksprèseman pou rezon jewopolitik ; yon pozisyon ki rejte avèk fòs pa alafwa CDC e pa pwòp pòtpawòl e epidemyolojis prensipal administrasyon Trump lan, Doktè Anthony Fauci.

Harvard University in the COVID-19 era.

«Foli Kowona», akrilik sou twal, 24x36" —pa Fritz Ducheine fritzaducheine1955@gmail.com, foto pa Tanbou

Intelligence Community a—ajans ransèyman kolektif anchaj pou kolekte enfòmasyon ki pi enpòtan pou sekirite nasyonal Etazini—deklare nan yon kominike : « Tout Intelligence Community a te toujou founi yon sipò esansyèl pou desidè politik ameriken yo e pou tout sila yo ki te reponn ak viris KOVID-19 la, ki orijine de Lachin. Intelligence Community a egalman dakò avèk gran konsansis syantifik ki di viris KOVID-19 la pa t soti de èt imen ni jenetikman modifye. […] IC ap kontinye egzaminen avèk rigè enfòmasyon ak ransèyman k ap vini yo pou detèmine si epidemi an kòmanse ak kontak avèk animal ki enfekte oswa si li se rezilta yon aksidan nan yon laboratwa nan Wuhan.2 »

Evantyèlman, otorite chinwa yo vin fè tout sa yo kapab pou kenbe pandemi an sou kontwòl, san retire izaj metòd kontwòl popilasyon ki pi drakonyen (fèmti etablisman sosyal yo, kontwòl idantite ak sikilasyon fizik oswa vityèl, pwofilaj, etadijans, karantèn kolektif, detansyon, elatriye). Moun te repwoche yo poutèt yo te lese yon bon tan pase anvan yo aji, yo te menm reprime yon lansè alèt ki te detekte viris la e ki vin mouri de li. Rezon d Eta ? Nou ka panse sa, paske se repons reflektif gouvènman yo lè yo fè fas ak yon eskandal an jèm : yo dabò konprime l, epi nye l lè nouvèl la soti deyò, e evantyèlman admèt li. De tout fason, kontrèman ak omològ (ofisyèl nan pozisyon parèy) yo nan lòt bò Pasifik la, otorite chinwa yo te gen merit yo te aji yon fason desizif lè yo reyalize kantite gwosè pwoblèm lan.

Repons Donald Trump : pouvwa kou teyatralite

Repons Donald Trump pandan premye jou kriz kowonaviris la se te inyore, kalifye l de yon blag—hoax—fabrike pa demokrat yo ki pa janm renmen bobin tèt li. Lè moun kòmanse wè prezans viris la nan peyi a vè kòmansman lane 2020 an, misye apeze piblik e di se sèlman kenz ka yo rapòte eke tout bagay ap retounen nan nòmal nan kenz jou.

Sepandan, sa misye pa t di, se lefèt ke Etazini, lidè prezime lemond lib la, te siplante e detwone pa Lachin, Kore-di-Sid ak Sengapou nan konba kont viris la, toulè twa peyi ki pran desizyon konsekan pou fè fas ak pandemi a. Menm moun ki pi antichinwa ak chovinis ki pi entoleran yo admire pèfòmans otorite chinwa yo ansanm ak Sid-Koreyen e Sengapouryen yo. Italyen yo ? Espayòl yo ? Franse yo ? Britanik yo ? Sa, se yon lòt istwa. Genyen kritik ki ale jiska di ke demokrasi liberal oksidantal yo pa gen abilite pou yo pwoteje lasante piblik—yo bliye sètennman siksè yo nan lòt pandemi nan tan pase yo, ak pèfòmans peyi kouwè Almay ak Dannmak nan pandemi kounye a.

Sa ki absid la, sè ke pa gen pèsonn ki kwè nan ekselans lespri prezidan etazinyen an, men kòm se li ki o pouvwa, tout moun dwe tande chak jou pawòl dejwente l yo e fè parèt tankou tout bagay byen, nòmal, òdinè, fè pati reyalite a ak lòd choz yo. Nou raple nou Misolini ann Itali, Hitlè ann Almay, Franko ann Espay, nou raple nou kòman yo te konn pentire lavi, agresyon yo, opresyon yo sou lòt pèp ak pèp pa yo tankou okazyon liberasyon ak byennèt pou limanite, e kòman, yon lòt bò, yo te wè vizyon imanis sou bagay yo, solidarite avèk lòt moun, avèk domine yo, kouwè aktivite ki danjre, kouwè antrav ontolojik ki menase sivivans « ras » moun blan. Se te deja izaj reyalite kou lòt reyalite oswa kou reyalite altènatif kouwè nou vin konnen anba administrasyon Trump lan.

Etazinyen yo renmen itilize konsèp yo rele perfect storm (« tanpèt pafè ») a pou yo pale de sitiyasyon kote plizyè eleman, ki pafwa depaman, jwenn ansanm oswa kontribye fòs yo pou kreye evennman ki katastwofik. Sa sètennman rive nan parisyon tanporèl yon kriz ki gen tan konsekans pou lavni espès imen an—kriz kowonaviris lan—nan menm moman istorik ak prezidans Trump lan, yon nonm ki gen lejète despri ak yon tanperaman si pwoblematik.

Lanmò antan k reflè inegalite ak disparite sosyal yo

Eksperyans anpirik kowonaviris lan demanti mit nan premye jou l yo ki di li te ka « yon gran egalizè », nan sans li te ka pa fè konsiderasyon ki klas ak ki ras yon moun ye. Anfèt, kouwè eksperyans Queens, yon katye ouvriye nan vil Nouyòk, demontre, ki te konsidere kòm episant viris lan nan kòmansman kriz la, viris la ravaje anpil plis moun pòv e mwen pòv yo ke moun rich yo, anpil plis moun Nwa ak Latino yo ke Blan yo. Keseswa nan Syattlo, nan Boston, nan Nouvèl Òleyans, nan Chikago oswa Nouyòk, yon menm denominatè komen : moun pòv yo, moun Nwa yo ak « moun ak koulè » yo mouri nan yon kantite pi elve, yon kantite dispwopòsyonèl. Sitiyasyon an revele inegalite fonsye e enjis yon estrikti sosyo-politik di dwe reevalye e chanje si pou nou rive konbat vrèman pandemi an ak lòt kalamite k ap vini yo. Pandemi an agrave santiman rasis yo o Zetazini kote agresyon kont imigran ak Azyatik yo kadriple.

Kouvèti revi New Yorker nan dezyèm semèn avril 2020 an gen pou tit « Lapès nwa a », ann alizyon ak kantite dispwopòsyon mòtalite pami Nwa yo konpare ak Blan yo, li site yon aforism ki di : « Lè Amerik blan trape yon grip, Amerik nwa trape yon nemoni. » Jounal la bay ekzanp Eta Lalwizyàn kote Nwa yo konpoze 33% popilasyon an alòske yo gen yon to mòtalite KOVID-19 de 70%. Jounal la site Michigann kote Afriken-Ameriken yo reprezante 34% popilasyon Eta a ak to mòtalite 40%. Se menm dekalaj la pou vil kouwè Chikago « ki reprezante 52% ka kontaminasyon vil la konfime yo ak 72% desè », ki fè l depase de lwen kantite pwòposyon pa yo—30.1%—parapò ak popilasyon vil la ». Yon sitiyasyon ki eksplike, jounal la di, pa lefèt ke : « Nwa yo pi pòv, pi siseptib pou yo sou-anplwaye, kondane ak lòjman kalite enferyè e yo resevwa swen sante enferyè akoz de ras yo. Faktè sa yo esplike poukisa Afriken-Ameriken yo 60% pi siseptib pou yo gen dyayostik dyabèt ke Ameriken blan yo, e poukisa fanm nwa yo 60% pi siseptib ke fanm blanch yo pou yo gen tansyon ateryèl yo elve. Disparite sila yo kantilsaji lasante se otan makè de inegalite rasyal ke anprizonnman de mas oswa diskrininasyon nan lòjman.3 »

Genyen tou sa m rele a atant enposib yo nan pwotokòl distansyasyon sosyal la. Wi, nan lari yon moun ka rete a dis pye oswa de mèt de distans de yon lòt moun, men se pa tout moun ki ka fè l kit lakay yo kit sou lye travay yo. Sa fè anpil moun konkli ke distansyasyon sosyal la se yon privilèj klas.

Rebelyon kont rasism sistemik

Toujou anba kout masou pandemi KOVID-19 la, peyi a vin sekwe pa yon kriz politik kòm konsekans asasinay Gorge Floyd nan Minneapolis, jou 25 avril 2020, sila a se dènye asasinay—anvan pa Rayshard Brooks la jou 12 jen—de twa Afriken-Ameriken pa lapolis ak vigilantes blan, nan yon peryòd de de mwa. De jou apre asasinay Floyd la, Trump poste yon twit (tweet) pou l denonse non pa kat polisye ki responsab lanmò a men inikman tapajè nan manifestasyon yo ki brile kèk etablisman.

Trump sigjere nan twit la pou otorite yo anplwaye fòs kont manifestan yo : « Mwen pa ka rete pasif e gade sa k ap rive nan yon gran vil ameriken, Minneapolis », misye di, e kalifye manifestan ki fache pou lanmò nèg nwa yo de « vwayou ». Li kontinye, pou l fè yo konprann li pi klè : « Lòske piyaj yo kòmanse, tire yo ap kòmanse », li di, reprann eslogan blan sipremasis lane swasant yo ki sigjere pou lapolis tire sou foul manifestan k ap defann dwa sivik yo. Platfòm medyatik yo rele Twitter a akonpaye twit Trump lan ak yon « avi enterè piblik » ki kalifye l de tidifevole « anflame k ap glorifye vyolans ».

Pou reprezay, Trump siyen yon dekrè egzekitif ki sanse « sansire » Twitter ak lòt òganizasyon medya sosyal yo, yon pouvwa misye pa menm genyen etandone lendepandans enstitisyonèl òganism ki an chaj regilasyon medya yo : Komisyon federal pou kominikasyon (FCC).

Jou 3 novanm 2020 pwochen an, Etazini pral eli yon prezidan, se karant-sizyèm nan istwa peyi a. Prezidan sa a ap pwobableman Joseph Biden oswa Donald Trump. Si nou jije sa pa vot masif anti-Trump nan eleksyon lejislatif mi-manda novanm 2018 yo, se pwobab peyi ap vin rejte opsyon Trump lan e konfye desten li nan men yon nonm pi « modere », yon pwototip apezan an Joe Biden reprezante. Men tèt yon moun pa ta la si w ta espere de misye chanjman estriktirèl peyi a bezwen yo.

Si w panse Donald Trump se yon « epifenomèn » ki pa reprezantif de sistèm sosyo-politik etazinyen an eke w annik bezwen ranplase l pa yon moun « adilt » pou tout bagay retounen nan nòmal politik yo, sonje ak plis ke san trant mil mò peyi a anrejistre a sèlman twa mwa apre premye ekspansyon viris la—fot de yon repons adekwat delapa Eta federal la. Sonje tou ak asasinay, nan mitan pandemi an, de kat Afriken-Ameriken—George Floyd, Oroonna Taylor, Ahmaud Arbory ak Rayshard Brooks—, ki te asasinen pa polisye blan, e yon vigilante blan nan ka Arbory a ke yo te akize de yon krim ki pa t janm komèt. Sonje ak rediksyon taks administrasyon Trump lan te fè vote, an konplisite avèk majorite repibliken nan Sena a, an favè moun rich yo odepan de bezwen sosyal popilasyon an. Sonje sitou ke Lachanm reprezantan an te plase Trump nan enstans destitisyon (impeachment) eke majorite senatè yo te akite l.

Asasinay George Floyd la nan Minneapolis, anba men kat polisye blan, te soulve yon pakèt sekous nan opinyon nasyonal e entènasyonal, koze anpil manifestasyon de mas ak lapagay nan laplipa grann vil Etazini kouwè Minneapolis, Sen-Pòl, Lòs Anjelès, Atlanta, Nouyòk, Chikago, Detwa, Dannvè, Syattlo, Boston, elatriye. Aktivis antirasis yo, ki repwoupe Nwa, Blan, Latino, Azyatik ak LGBT, desann nan lari yo, yo di Abraham-di-sètase pou asasinay plizyè douzèn Afriken-Ameriken pa polisye blan rasis, an flagrandeli dwa yo.

Kriz kowonaviris la vin mangonmen ak kriz koze pa lanmò Floyd la paske zak abi polisye yo sou Nwa, Latino ak Natif yo soti de yon menm sous : inegalite enstitisyonèl e estriktirèl yo, ki esplike ravaj akablan viris la sou menm etnisite sa yo. Se yon mekanism sistemik ki panse ke eskli, eksplwate, enferyorize Zòt—yon swadizan Zòt—se meyè mwayen pou yo pwoteje pwofi ak privilèj de klas yo.

Asasinay George Floyd la patikilyèman endiyan pa lefèt ke li akonpli nan bon mitan jounen an, pa kat polisye, anba zye temwen k ap sipliye polisye yo pou yo lese sispèk la, ke yo kenbe alonje sou beton an, respire, jenou youn nan yo plase sou kou li kou yon masi. Sèn sovaj sa a dire prè nevè d tan, kat polisye blan yo afiche yon atitid relaks, kalm, sistematik, tandiske George Floyd—kouwè Eric Garner anvan li an 2014—t ap kriye avèk plent : « Mwen pa ka respire ! »

Imaj nonm nwa sa a ki kouche sou beton an, afebli, vilnerab, k ap plede avèk kat polisye rasis yo pou yo kite l pran souf4, se yon imaj ki dwe endiye tou èt imen desan. Li degrade nou tout e li regrese nou nan lannwit ansyen tan yo, nan abitid ki pi vil e baba yo anpil moun te pretann ki te disparèt men ki toujou la, patisipan nan nòmalizasyon atwosite, patisipan nan kotidyennte lenjistis ak demounizasyon Zòt. Asasinay George Floyd la—san retire asasinay Breonna Taylor, Ahmaud Arbery ak twòp lòt trajik ankò—jwenn ansanm ak inegalite sosyo-ekonomik kowonaviris la met devan zye moun yo, vle di nou pa dwe repoze nou sou ansyen lit ak viktwa pase yo eke se obligasyon chak jenerasyon pou li angaje li nan pwòp lit pou dwa sivik e politik pa l. Anyen pa janm tabli pou toujou. Fwa sa a revandikasyon yo dwe konsantre sou estrikti anrasine enstitisyon ak konpòtman yo.

Jistis, reparasyon, revolisyon : entèkonektivite tribilasyon ak demann yo

Nan yon ekselan esè li pibliye nan jounal New York Times an jen 2020, Nikole Hannah-Jones fè yon toudorizon sou 400 zan istwa Nwa yo o Zetazini, li raple nou de peripesi yo nan inivè esklavajis la ansanm avèk lit yo, viktwa yo, desepsyon yo ak lespwa yo. Enpinite sistèm lan bay polisye blan rasis e asasen yo se pa yon aberasyon ni yon ekzajerasyon sistèm lan, men yon politik byen kiltive e konsolide pandan plizyè syèk, ke yo chak fwa reenvante nan nouvo rekonfigirasyon. Hannah-Jones montre nou pakou sa a atravè tout esè a, ke l ouvri avèk yon epigraf ki byen aksyomatik (axiomatique) : « Si yon vrè jistis ak egalite ta dwe janm vin reyalize o Zetazini, peyi a dwe finalman pran o serye sa li dwe Nwa Ameriken yo. »

Epi, li layite yon long tradisyon lit Nwa Ameriken yo pou yo fè respekte dwa yo, trè souvan, kouwè nou wè, fas ak opozisyon djanm e vyolan Blan yo. Lit sa yo ranpòte de tanzantan kèk ti viktwa. An 1968, apre asasinay Martin Luther King, apre deblozay anflame nan plis ke 100 vil o Zetazini, Kongrè a vote yon lwa an favè lòjman ekitab—Fair Housing Act—, ki entèdi diskriminasyon baze sou ras, sèks ak relijyon nan jwenn lòjman piblik, yon lwa ki t ap pouri jouk lè a nan tiwa Kongrè. « Sèt jou sèlman apre lanmò King, prezidan Lyndon B. Johnson pwomilge yon lwa nan kapital an dife a », Hannah-Jones raple nou. Yon ti dire kout ki montre ke lit yo souvan pote fwi, menm si « laplipa ditan soulèvman sa yo koze anpil tèt chaje ak emosyon men yon tikras chanjman estriktirèl ki nesesè yo ».

Nikole Hannah-Jones obsève ke anpil lit Nwa yo pandan kat syèk ak plizyè deseni ki sot pase yo pou yo fè rekonèt dwa yo, toujou plizoumwen desi oswa refwadi pa Establishment blan an ki toujou fini pa jwenn mwayen pou l kontoune, inyore, minimize e souvan menm revèse akizisyon Nwa yo te genyen yo : « Enklinasyon pou aplike pansman [sou pwoblèm yo] e pouse ann avan se yon karakteristik ameriken ki byen notab », Hannah-Jones di. Aboutisman enklinasyon sa a se fè kwè pwoblèm rasyal la deja rezoud e depase. Manmzèl site yon etid Depatman sikoloji ak Enstiti etid sosyal e politik de Inivèsite Yale ki fè konsta sa an 2019 : « Nou kwè fèmeman e avèk pèsistans ke lawont nasyonal la osijè opresyon rasyal te kaba—menm si se te nan lit—eke egalite rasyal te vin grannman atenn. »

Hannah-Jones sanble panse fwa sa a diferan, konpare ak lòt konjonkti lit yo : « Semèn pwotestasyon yo depi asasinay George Floyd la pouse lejislatè yo entèdi tekni trangle polisye yo itilize a, yo anvizaje siprime aplikasyon lalwa sou iminite kalifye ki rann prèske enposib pou arete polisye ki touye moun yo, e y ap diskite posiblite pou transfere yon pati enpòtan bidjè sèvis polis yo nan finansman sèvis sosyal yo », manmzèl di.

Kouwè anpil lòt obsèvatè remake, Hannah-Jones souliye karaktè miltirasyal e miltijenerasyonèl pwotestasyon yo ansanm ak potansyèl revolisyonè yo genyen : « Kontrèman ak lòt fwa nan tan pase kote Nwa yo te souvan mache e pwoteste sèl pou egzije rekonesans total imanite ak sitwayènte yo, genyen fwa sa a yon lame miltirasyal e miltijenerasyonèl ki desann nan lari yo pandan mwa dènye a. Pwotestatè yo te epapiye nan tout 50 Eta yo, nan andwa gran kou piti, san retire vil ki istorikman blan kouwè Vidò, nan Tekzas, ki rete a 91% blan e 0,5% nwa, ki òganize yon rasanbleman Black Lives Matter o kòmansman mwa jen. »

Otè a souliye de pratik nan lepase ki kontinye gen konsekans malere sou tan prezan an. Premye a, menm si li remonte depi plis ke yon syèk edmi, kontinye ap enfliyanse konpòtman ak reflèks moun : patwouy k ap chase esklave ki mawon yo. « Sa fè 150 ane, Hannah-Jones raple nou, ke Ameriken blan yo kapab aplike lalwa sou esklave yo ki estipile ke Blan k ap aji nan enterè klas plantè yo p ap pini pou asasinay yon Nwa, menm si enfraksyon yo akize Nwa a ensiyifyan. Lwa sila yo vin transfòme an kòd nwa politisyen blan nan zòn Sid yo adopte nan fen lagè sivil la pou kriminalize konpòtman Nwa yo, kouwè lefèt ke yon moun pa gen yon okipasyon. »

Lòt pratik la gen de volè : yon kote esklizyon Nwa yo nan pataj richès peyi a epi, lòt kote a, avantaj ak konsesyon ekonomik yo bay Blan yo, ki vin ogmante privilèj yo t ap jwi deja antanke Blan. Nikole Hannah-Jones site ekonomis William Darity Jr, otè prensipal yon rapò Inivèsite Duke ki pibliye an 2018 e entitile : « What We Get Wrong About Closing the Racial Wealth Gap (Sa nou pa t konprann nan rediksyon eka richès ant ras yo) » kote otè yo chache lokalize e pase anba analiz enstitisyon etatik yo, ajisman, konpòtman, abitid e reflèks ki kondisyone e detèmine sitiyasyon aktyèl Nwa yo, brimad ak lòt fren ostrasizan ki kontinye ap opere.

Hannah-Jones panse ke reparayon yo dwe chita nan mitan tout inisyativ ak mezi redrèsman lenjistis rasyal yo o Zetazini : « Darity te di m ke "pwosesis kreyasyon eka richès rasyal la kòmanse avèk enkapasite pou founi bay ansyen esklave yo 40 kawo [tè] yo te pwomèt yo a… Kidonk, restitisyon an pa t janm fèt e li te an reta de 155 lane.» Richès yo pase de paran ak timoun, e tou, nan ka Blan etazinyen yo, de Eta federal la ak imigran blan yo, san retire lalwa Homestead Act la (Lwa sou pwopyete) ki vin yon kado pwovidansyèl ak sila yo pami « Aryen » yo ki vle kreye ti inivè Apartheid pa yo.

Manmzèl raple nou ke tout privilèj gen yon anteryorite : « Sito yo fin deside Nwa yo pa merite restitisyon, gouvènman federal la kòmanse bay Blan nan zòn Wès yo dè milyon kawo d tè daprè lalwa Homestead Act la, pandan menm l ap ankouraje etranje blan yo pou yo imigre avèk òf tè gratis. » Byenke Nwa yo te elijib pou lalwa Southern Homestead Act ki pwomilge an 1866 lan, yo te anpeche yo pran avantaj de li akoz diskriminasyon de fakto ak lòt obstak enstitisyonèl yo, e tikras tè yo resevwa oswa yo te ofri yo a te pou laplipa non pwodiktif e difisil pou jere. Sa vin bay pou rezilta yon kondisyon inegalite sosyo-ekonomik ki pèsiste e ki nan kè revandikasyon manifestan Black Lives Matter yo : « Disparite revni ant ras yo pa diferan jodi a de jan yo te ye nan deseni ki te anvan Mach sou Wachintonn lan. An 1950, daprè yon etid pa ekonomis Moritz Schularick, Moritz Kuhn ak Ulrike Steins ki pral vini nan Journal of Political Economy, revni mwayen fwaye Nwa yo te anviwon mwatye pa Ameriken Blan yo, e sa rete menm jan an jodi a. »

Se nan fen esè a Nikole Hannah-Jones rezime sa ki esansyèl nan anje, objektif ak aspirasyon manifestan Black Lives Matter yo ap goumen pou yo a : « Pou lavi moun nwa vrèman konte [o Zetazini] d Amerik, nasyon sa a dwe ale pi lwen ke eslogan ak senbolism yo. Sitwayen yo pa erite sèlman laglwa nasyon yo, men fot li yo tou. Yon peyi ki vrèman gran pa inyore ni eskize peche l yo. Li konfwonte yo epi li fè jefò pou l korije yo. Si nou ta renmen pou nou ekspye mal la, si nou ta vle pou n alawotè ideyal mayifik ki fonde nou yo, nou dwe fè sa ki jis. Li tan pou peyi a peye dèt li. Li tan pou nou pwosede bò kote reparasyon yo.5 »

Yon gwo epe Damoklès ki pandye sou tèt Nwa yo

Pouvwa egzekitif etazinyen an sou wont plonje peyi a nan yon gwo gouf, e klas politik la pa wè sa kou yon ijans ; yo prefere ret tann eleksyon novanm 2020 yo. Se yon fòm lachte ak demisyon politik. Prezidan Trump konnen byen ke pouvwa prezidansyèl la ba l mwayen pou l fè anpil bagay, san retire padone e komye lapenn prizon konplis li yo kouwè l fè pou Roger Stone—e menm revoke pwokirè tribinal anchaj ka ki touche zafè fanmi l ak zanmi l yo. Li ta bon pou yo te prevwa—e l toujou posib pou fonde—yon mekanism enstitisyonèl ki pre pou kontrekare tout ti tirano prezidan ki akite de impeachment e ki kwè li gen lavwa lib pou l « dekonstwi » Leta de dwa a, pandan ke l ap fè tidifevole pou ankouraje yon eta jeneral de rayisman rasyal ak izolman tribalis nan sen popilasyon an.

Eleksyon Donald Trump lan, manda prezidansyèl li a, akitman l de impeachment an, pouvwa yo ba li pou l reponn oswa non ak pandemi KOVID-19 la, kontinyasyon l o pouvwa menm apre tout enkonpetans ak endiferans li montre vizavi ravaj maladi a nan peyi a, ensitasyon l ak egzòtasyon l popilasyon an anfavè layèn rasyal—oubyen tou toutpwisans ak enpinite li fè tout sa li fè yo—, tout sa di plis e otan sou karaktè peyi a ke sou karaktè Donald Trump. Sistèm kapitalis dominan an ki gouvène peyi a twouve misye aseptab e bon pou biznis yo. Wall Street twouve li aseptab, san retire senatè pwisan nan majorite repibliken nan Sena a, pami yo ansyen senatè Alabama, Jeff Sessions, yon rasis repite, ak lidè majorite senatoryèl aktyèl la, senatè Mitch McConnell, ki gen madanm li, Elaine Chao, kòm minis di Travay nan administrasyon George W. Bush la de 2001 a 2009…

Byen anvan aparisyon kowonaviris la ak destabilizasyon kalkil elektoral Trump yo, mwen te reyalize avèk alam konbyen pwobab reeleksyon Trump te ye, malgre mechanste li komèt kont imigran yo, malgre pawòl akomodan l yo anvè Ku Klux Klan, malgre rasism li ak mansonj an seri l yo, malgre deplimen l ak sibònasyon l enstitisyon Leta yo, malgre impeachment l lan—menm si yo evantyèlman akite l—pou abi pouvwa ak obstriksyon kont Kongrè, e malgre avilisman l de imaj peyi a.

Malgre tout bagay sa yo, barèm popilarite Trump rete alantou 44%–46%. Nan yon sondaj opinyon jou 24 janvye 2020 pa ABC News ak Washington Post, yon majorite 56% Etazinyen di yo satistè ak fason jan Donald Trump jere ekonomi a, yon ogmantasyon 10 pwen parapò ak septanm. Elektè enskri yo sonde yo bay Joe Biden, konkiran Trump lan, 50%, e 46% pou Trump ; kèk mwa anvan, se te 56% kont 39%, kidonk yon gen de sèt pwen pou Trump.

Natirèlman, kowonaviris la ak fason abominab Trump jere li vin chanje grannman estatistik sa a, jodi a (fen oktòb 2020), sondaj opinyon yo bay Biden yon pi gwo e miyò chans pou l genyen eleksyon 3 novanm 2020 an.

Sa fè kè m mal wè Etazini ap soufri konsa, akable anba yon dezas toudenkou e ak yon detrès ki koze pou laplipa pa enkonpetans lidèchip nasyonal li a, yon bann moun opòtinis e lach. Chòk ekonomik la vin ankò pi katastwofik, espesyalman pou mas moun semi-anplwaye yo nan sektè enfòmèl la ak sektè sèvis konsomasyon ak divètisman yo, san retire sektè atizay ak aktivite kiltirèl yo an jeneral.

Yo revoke an mas yon dal travayè ak travayèz. Sa k pi chanse yo ka kolekte alokasyon chomaj pou kèk mwa, men tanpi pou lòt sila yo ki pa t gen yon travay oubyen ki fini ti lajan chomaj yo ba yo a. Anpil moun nan klas ouvriye yo, ki vin jwenn tèt yo sibitman an chomaj, pa gen ase manje pou yo manje e yo pa ka peye lwaye oswa ipotèk kay yo. Gen kèk minisipalite ki dekrete yon moratwa sou eviksyon pou non-pèyman lwaye, men li dire sèlman kèk mwa. Anpil eviksyon ak fòklizyon kòmanse deja, moun ap tann ankò yon layite k ap vini. Ti kras lajan Leta federal la te bay moun yo pa dire anpil e yo poko konnen si Leta ap bay yo plis. Pandemi a ofri patwon ak manajè yo yon bèl okazyon ak pretèks pou yo abize redevans kontraktyèl yo, kidonk, yo revoke e « re-òganize » travayè ak travayèz agogo. Moun yo malere, anpil lòt bò abim dezespwa.

Divèsite etnik, rasyal, sosyal e jenerasyonèl manifestan Black Lives Matter yo, majorite ekrazan de jèn moun de tout klas sosyal ki fòme yo a, entèkonektivite rekriminasyon ak demann yo—ki gen ladan yo lenjistis sistemik dwa penal la, rasism enstitisyonèl, inegalite ak disparite sosyoekonomik e politik yo, diskriminasyon seksyèl e seksis, chomaj andemik, travay ki pa peye, deteryorasyon klimatik, elatriye—, tout bagay sa yo fè nou panse ke se yon mouvman nouvo ki devan nou la a, yon mouvman ki soti nan e nouri pa zantray vivan nasyon etazinyen an. Li fè dezòmè pati de biyopolitik kritik e desizyonèl fòs ajisan peyi a, li la pou l dire, sou yon fòm oswa sou yon lòt osi lontan rekriminasyon ak demann yo pa satisfè ; li la pou l refasone, re-ekilibre, re-estriktire, redrese, revolisyone e imanize sosyete esklizyon ak lenjistis ki degrade èt imen e ki deja dire twò lontan yo, senpleman paske yo kamoufle anba aparans nòmalite enfami enstitisyonèl la.

Nòt

1. Tcheke Nicolas Martin, « Virus créé en laboratoire : les théories fumeuses de Luc Montagnier », France Culture jou 20 avril 2020.
2. Kominike Intelligence Community sou kowonavirus la jou 20 avril 2020, tradiksyon pa nou.
3. Tcheke Keenga-Yamahtta Taylor, “The Black Plague”, The New Yorker, 16 avril 2020.
4. Pami kat polisye yo, te gen de Blan, yon Birasyal ak yon Azyatik. An n remake pou yon moun rasis oswa pou l akonpli yon zak rasis li pa bezwen Blan oswa yon koulè rasyal an patikilye : li ka andoktrine e pwograme pa sistèm rasis ki alantou l la.
5. Nou tire tout sitasyon nan pasaj sa yo nan esè Nikole Hannah-Jones lan, « What is owed? (Ki sa ki dwe ?) » ki parèt nan New York Times jou 20 jen 2020 [nou tradui noumenm pasaj yo de angle.

—Tontongi 2020 ekstrè sa a tire de liv mwen an preparasyon Meditasyon sou opresyon politik ak deliryòm lapwisans, 2020–2021 ; atik sa a pibliye tou nan revi Potomitan, edisyon fen oktòb 2020.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com