Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Four poems for Konpè Filo / Kat powèm pou Konpè Filo

(Gary Daniel, Manno Eugène, Lamos Paul ak Tontongi)

Powèm Gary Daniel (Nèg Gonbolyen)

Konpè Filo OoooooO !

Filo Oooo !

Companion Filo sent this photo to Professor Carolle Charles on July 21st 2020, a week before his death.

Konpè Filo voye foto sa a bay Pwofesè Carolle Charles, 21 jiyè 2020, yon semèn anvan l mouri.

Yon chapo pay
yon djakout an pay
pi lou pase tranpe lay
nan boutèy asotò lekzistans
se jan sa a li te pran lavi a pou sa li ye

Oooo !
Yon mikwo lanbi kònen
yon nonm, yon nanm
yon souf zetwal file
yon non san siyati
se sa li te vle ye

Filo Ooooo !
Ou soufle
van lespwi ponmen dap grap
simayen mayi peyi san pay fen
san baboukèt sere
se konsa li te pran lavi a

Filo Oooo !
Men krèy lanmou peyi
jayi plizyè koulè
bab rasin kreyòl fleri
yon bawobab pentire

lonbray mapou blayi
e se konsa li pase nan mitan nou

Konpè Filo Oooo !
Anpil lafrechè pou jou

kon jodijou kadre
sous yon fo lapè devide
anpil solèy pou move tan fredi
blan kanni nan ouragan malsite charye

an lavalas deboundare

Konpè Filo Oooo !
anpil fèy lespwa nan pawoli van
vant vid deboutonnen
san pote kout je
san konte souf je kont bouki

nan Bèbè Gòlgota
se boulatcha tousa li t ap brase

Filo Ooooo !
bwat lamayòt ou

pa chaje pikèt filalang
men reyalite chiktay lavi kache
pou maspinen klou gagit
lè pantouf papye malere chire
sou malsite latè pyange
san li pa founi je gade lonbraj li

Konpè Filo Ooooo !
Ou soufle
pou lavidiran nanchon yo
danse kongo ibo nago petwo
lakay nan Vilokan
ou plante lanmou wouj
rasin nwa nan Soukri

ma mil bowòm kadanse
layite chak fwa Souvnans katakata
ti tanbou
manman tanbou
grann tanbou
pèse fen fon lavi grandèt ye,
ye w ye an
jodi kon demen

nanchon boukmannman

sou tichèz li chita

File file w Filo
Konpè Filo Oooo !
nan koridò Mibalè w trepase
lòtbò letan lekzistans

ou janbe jwenn Grandèt yo.

s on gwo kou
bout soupi anmè
san souf
Hm ! Hmm ! Hmm ! Men
alespwiwye !
Alesprilaye !

—Gary Daniel (Nèg Gonbolyen)

Powèm Manno Eugène

Buddy Filo is crossing!

The news just fell here.
Have a good trip we say to you, my friend!
We are dry leaves,
same generation,
Same feather,
in the wind boast.
Woukoukou buddy!

Only, your Wongol goes ahead.
In front, in front.
From your front,
you see how it is.
Since you are in your night,
Do you see the country is kangole?
The country has changed on us,
without sweating for him.
Woukoukou buddy!

You take the front,
you bring the news to come for us.
You would say,
we are on our way.
We won’t be hard.
Just, we’re waiting for our own.

Wow! Wow!

—Manno Eugène

Powèm Lamos Paul

A Creole mapou go ahead

Leave us out of the rigòl blood
It’s been flowing for too long
He’s never tired of life
But life doesn’t want it to stay zombie
Zombie deplimen can forget the road
Back home to do a kombit.

Tell Jando that justice disappears
He never let us change the owner.
Say Manno sends a guitar
To sing another libera.
The kids have become grilled.
Young people take the road to Lamazoni.
The adults sit in the big way.
Watching the loser of a bread maker.

Your buddy is in front of us and behind.
Because y’all are making the same way.
Your chemistry has been drawn in the desert.
There is to take us to Kanaan.
Because we won’t go round the door
Without finding the end of the colonial.
There are many divinities in your simplicity
There is a lot of civility in your immunity
Thank you for this legacy.
Go in peace old brother.

—Lamos Paul

Powèm Tontongi

Souvnans yon ti wikenn

(Yon powèm pou Konpè Filo ki gen non tou Anthony Pascal ki mouri ann Ayiti de sentòm maladi kè sou wout pou lopital Mibalè jou 31 jiyè 2020.)

Li pase nan vi m
kou yon meteyò
diran yon wikenn
pou vin potekole
pou youn nan koze
deyò te konn degòje
pou fè levekanpe
pou dekwape Pitit tig.

L al jwenn zanmi m
defen Jilyann ki te renmen
jantiyès li, Anglèz la
enpresyone pa kantite
trezò sajès moun lakay
lè l temwen trete lapè
samba a negosye ant
fanmi l ki nan zòn lan
sèlman yon demi èdtan.

Pyè Klitann te la tou,
konpayon l nan dizon
pawòl deranjan ki koze
Pitit tig vòltije yo ale
lòtbò dlo apre fòs malè
fè desandelye kaki ble
jounen 28 novanm 1980.*

O ! Jounen makab krazezo
gen sa k te fè yon ti sejou
nan kacho Fò-Lanmò ;
genyen yo tòtire, kout baton.
Ewo sakrifisyèl yon koz pou
chanje lavi ki te pi gran k yo.

Koralen te la tou wikenn sa a,
li pran machin li rapidoespreso
pou l vin wè Konpè Filo ki te di
Koralen te youn pami yon ti grenn
kanti moun li ta renmen yon jou
rankontre nan lavi l isiba sou latè
anvan zetwal li file al nan Ginen.

Janrobè Bwawon ak Ivon Lamou,
bon sòlda pou gouvènans lawoze
desann nan vwati ale jis Nouyòk
pou grapinen de konferansye yo
ki di konpatriyòt nan Boston yo
sa moun lakay Ozanfè ap sibi
e pou tout lespri yo met ansanm
ansanm ak tout desandan Vanipye
pou jete dlo ladelivrans, jete sèl
liberasyon alawonnbadè
pou nanm zonbifye yo,
pou blayi solèy levasyon
ak lòt fason pou rebati lavi,
yon lòt fason pou moun ye.

Ayibo pou Kompè Filo !

—Tontongi Boston, 1e out, 2020

* Pami viktim represyon fòs polis sekrè Janklod Divalye yo jou «vandredi nwa» 28 novanm 1980 an te genyen : Konpè Filo, Liliane Pierre-Paul, Michèle Montas, Harold Isaac, Marvel Dandin, Jacques Price Jean, Jacques Jean-Baptiste, Henry Alphonse, Jean J. Dominique (Radio Haïti Inter) ; Marcus Garcia, Elsie Ethéart (Radio Métropole), Jean-Robert Hérard, Pierre Clitandre (Le Petit Samedi Soir) ; Dr Nicole Magloire, Viviane Duroseau, Jean-Jacques Honorat, Gabriel Hérard, Richard Brisson, elatriye [pami sous nou: Radyo Kiskeya]

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com