Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Marc-kensen Curvinglines

Vèb konn jije pwovèb

Pwovèb lakay gen lojik
Yon lojik ki ta sanble majik
Se plim je li fè lèd kidonk kaka je pa linèt
Sa a se gwo koze nèt

Pa ban m fil mòl paske tout voum pa do
Pawòl kremòl p ap fè moun lespri dodo
Kidonk pale franse pa di lespri
Ni ekri kreyòl pa eple simagri

Kote ki gen ti dezòd pa toujou al chache mete twòp lòd
Sa yo mare twò sere pa rete apre l fin kase kòd
Dayè timoun fèt pou yo chache fouye
Se kon sa menm yo aprann ki jan mond lan ye

Lè boulon twò sere
Kawotchou pa vire
Dayè se nan fouyapòt timoun dekouvri konesans
Kidonk se kon sa menm pou yo rive franchi pòt lasyans

Choukoun bèl marabou
Diran w ap kouri pou lapli ou ka rive tonbe nan labou
W ap jete bèje pou plantè
Men sa pa vle di plantè chaje tè

Dayè chodyè ize ta pi konn monte recho dife pase chodyè nèf
Kidonk pa salopete ti towo paske l pa konn fè ti bèf
Dayè devan lanati
Pa gen moun ki ka oze bay manti

Krapo fè kolè li mouri san dada nan ravin bwavèna
Poutan li te ka aprann chita kwaze pye tankou Bouda nan Nivana
Lè ti koulèv bezwen grandi se nan twou wòch li kache
Dayè se li menm menm tankou bwapen rat bwa ap chache

Men si yo p ap siye kou l
Kote y ap deplimen poul
Kodenn pa ri
Ni souri

Avantou
2 janvye konn tonbe jou dimanch tou
Kidonk lè bab kanmarad ou pran dife
Se tranpe pa w Ife

Se zegui ki toujou koud rad lamarye
Poutan se zepeng ki envite donè nan nòs manzè Larye
Kidonk lakay nou konnen
Se bourik k ap travay pou chwal galonnen

Se engra
Pou l sonje se bagay ki ra
Li ta di w sa wosiwòl te di bèf lan wi
Dayè se sou do bèf lan menm li monte
Pou l pale l mal san rete

Mango ki vle mi sou pye rete anba fèy
Dayè gòl keyi tout grenn ki twò akrèk dèyè reyon solèy
Ti pousen ki pa sispann beke bòk pou mouri poul
Malfini pa janm kite yo tounen kòk ni poul

Ou pa moun fou
Kidonk bòkò pa ka ba w pwen pou w ale dòmi nan kafou
Ou pa te tonbe sou tèt Elifèt
Ni san tèt ou pa te fèt

An nou repete
San pwovens pou fè te
Lavil pa ka fè mye
Sa vle di pa gen maladi ki fè mye san fèmye

Wi yon moun te gen dwa analfabèt
Men sa pa vle di pou sa li te janmè bèt
Li pa te ale lekòl
Paske li pa te ka fè l pou kò l

Pa kouri di se te fòt paran
Ki fè li pa te rive kanpe nan ran
Ou pa te janm nan reyalite nesesite reyalite yo
Kidonk ou pa ta dwe jije yo avan w dekouvri verite yo

Se nan solèy menm kabrit ki gen twòp mèt rive peri
Paske pou ba l dlo youn nan yo p ap mache prese ni kouri
Dayè sak vid pa kanpe
Alevwa pou sa ki vid ta ranpe

Talan se sa ou genyen
Men jefò se sa ou bay san plenyen
Kidonk youn se pwomès
Men lòt la se dèt karaktè nou peye kont vye mès

Atansyon pa kapon lè l evite fennwa kote lwijanboje ap bat nay
Menm si l ta pran nan kraponnay
L ap antere manman l avan
Paske manman l pa te pouse l de pye devan

Aloufa tèlman gouman
Li pèdi yon founo pou yon grenn pen sèlman
Depi w pèdi pasyans
Ou pèdi bonsans

Nan dezè
Swaf dlo pa konn fè fèzè
Nan sa a pa gen manti
Depi w la se bouche nen w pou w bwè dlo santi

Fè atizay difisil
Men se kritike l ki ta sanble pi fasil
Poutan twò souvan pa sèlman dèfwa
Sa ki rive motive kritik se movèzfwa

Nan lavi chaken asonkina
Kit li te Sizàn kit li te Nana
Daprè sa m konn tande anba bouch granmoun saj
Chak pen gen fwomaj

Kidonk li te mèt long oswa kout
Tout ap jwenn parèy yo koutkekout
Alekout Kabich oswa Pen tranche
Toujou gen fwomaj ki ret branche

Pami diri ti wòch goute grès
Nenpòt nimewo ki pa zewo divize zewo san kite rès
Okontrè
Zewo pa pitimi san gadò kidonk sou li nou pa ka pase trè

Metye
Menm si l te vann zouti, li pa t ap bliye
Menm si l ta anfe
Bèf ke long pa dwe janbe dife

Chak chen niche anba l jan l konnen
Sa ki pa konnen, lajistis yo pa trennen
Baton ki t ap bat chen nwa an depi lontan
Se li menm menm konye la ki ap bat chen blan an

Bouch manje sa li vle men se pa tout koze li dwe pale
Po fig ou lage sou wout ou lè w prale
Se li ki kase dan w lè w ap tounen
Paske ou wè jodi men ou pa konn demen

Bay kou bliye men sa ki toujou sonje se sa ki pote mak
Poutan kout manchèt nan dlo li menm pa janm kite mak
Paske depi dlo defòme
Li ka toujou refòme

Ou tande bèf ale wè kòn
Sa pa ka tann pou l wè kò n
Poutan li son vye kòk pye vèt
Youn ki pa ka menm beke ravèt

Bèk atè pa gen zepon pou kòk gagè
Kidonk yo pa touye kokobe kote gerye avèti lagè
Se pye kout pran devan
Paske dèyè pye long toujou gen gwo van

Bouda l won
Poutan l ap vire an won
Pou l wè si l ta pete kare
Men talè kon sa se vant ki pral mande kòd pou l mare

Tout koukouy klere pou je
Men se pou ki je ?
Je pa li sèlman
Kidonk sa se koze moveje rayisman

Nou ta dwe repete
Emosyon pa ta dwe detwi lonètete
Kidonk rayi chen men di dan l blan
Dayè fè lòt bite pa bay zèl pou pran elan

Moun ki jèn
Yo gen grenn pase berejèn
Pou ta bay kout lang
Yo te konn ki jan pou yo te vire lang

Bon ki sa frize te gen tan fè koukou la
Pou manzè fè pitit li pou li ta rele l frizelya
Bon an jwèt kon sa…
Sa ki te gen tan gen la pou tout koze sa ?

Se kon sa
Yo menm pretann sa nèg fè nèg Bondye ri sa
Yo te sòti pou fè nou konprann adye
Se pwotektè blan sèlman Bondye ta swadizan ye

Se Nana yo vle ban nou pou Sizàn poutan
Paske se kon sa pou yo pran pòz enpòtan
Pretann se sèl yo ki ta pitit Bondye toutbon
Se kon sa yo vize pase pou pi bon

Si nou pral reve pou nou pran larelèv
Nou ta dwe atò chwazi fè kokenn chenn gwo rèv
Olye pou n ap te reve ti kras
Nou ta dwe reve pito n ap monte nan lespas

San chenn nan tèt ni mizo nan bouch tout moun fèt
Kidonk tout moun fèt san mèt
Si yon moun ta gen mèt
Li te ka atò sèlman pwòp tèt

Joumou pa donnen kalbas
Kidonk yo swadizan pa konn pèdi bon ras
Men la ankò
Larezon pa fin dakò

Paske jeni konn akouche kokobe tout tan
Epi kokobe konn elve savan poutan
Sikonstans pa destinasyon
Kidonk senp peyizan konn fonde gwo nasyon

Di l pa kouri
Dayè jou fèy la tonbe se pa lè sa l pouri
Kidonk pou ou rive ale la
Fòk ou deja konn la

Pale se youn men fè se de
Pale met la pa fè men vid posede
Pou w ka kouche lèswa kote w rive reve lapè byen
Fòk ou konn kanpe lajounen pou wè lagè byen lwen

Kote ki gen chenn pa gen kou
Poutan moun la pa janm p ap pran kou
Paske an ba kout mato nan men otorite k ap bay eto
Yo fòse malere pran menm kaka bèf pou gato

Bwè tafya men respekte boutèy
Pa kite move lalin fè l kase tèt solèy
Sa a se vre : twò prese pa fè jou louvri
Ni bon kè pa toujou parèt nan miwa dan k ap souri

Se ti kal pa ti kal swazo fè nich li poutan
Paske tout bon bagay pran tan
Bon rezilta
Sa pa janm pa an reta

Priye men toujou veye
Dayè nan kokoye
Se pa tout moun ki konn kot dlo sòti pou l rantre
Poutan chaje moun yo menm ki konn ki jan dlo sa fè penetre

Mache chèche pa janm dòmi san soupe
Men si l fè move wout dekoupe
Pandan soupe pretann l ap tann
Mache ka rive menm tonbe nan pyèj zòt te deja tann

Yon sèl dwèt pa manje kalalou
Kidonk men anpil chay pa lou
Se sa ki fè foumi ka bwode elefan rantre nan twou
Se sa ki fè pa gen machin ki kouri sou yon sèl wou

Lonje dwèt sou reyalite pa garanti bravo
Men sa pa vle di manti te janmè vo
Verite pa gen anpil zanmi
Men moun ki di l lan pa fouti lennmi

Se rat kay ki manje pay kay
Men se pa sèlman pou moun lakay
Paske moun deyò
Pa vle di miyò

Mete dlo nan diven w bonga
Pou w pa tonbe sou gaga
Si kleren di men kwa manman men kwa papa
Ou pa dwe janm vin pile l Tipapa

Pou tout kò ki bèl oswa lèd
Al dousman ta pi gwo remèd
Chaje priyè ki pa gen amèn
Paske se pa tout moun ki limen balèn pou Sent Filomèn

Ou ta pral monte mòn apye pou wè Lèlèn
Paske w wè bourik ou te gen tan pito pral desann Laplèn
Yo di w twou manti pa fon
Lè yo pran w atò pran bal ou ofon

Gade yon mèvèy
Wòch nan dlo pretann li pa konn doulè wòch nan solèy
Poutan sa ki te retire wòch nan dlo nan solèy avanyè
Se te timoun ki te sòti pou te konble rivyè

Apre tout fèt tanbou toujou lou
Depi w se anyo se ou k pou veye pou w pa tonbe nan vant lou
Dayè lè rat manje kann, kilès ki vèse san ?
Eben se zandolit wi ki mouri inosan

Wi se kon sa pawoli
Pale pou li
Se kon sa menm aksyon vèb
Yo konn rive jije non pwovèb

(6 Me 2019 Bwouklin, Nouyòk)

—Marc-kensen Curvinglines

Powèm pa Charlot Lucien

18 Novanm 1803 : Batèm Capois-La-Mort

Dessalines gade jeneral li yo ki kanpe an ran
Li gade solda li yo ki kouvri ak san,
Pye a tè, san chemiz, pantalon dechire
Depi plizyè jou yo pa dòmi yo pa manje ;
Desalin t ap manje dan li, figi li te make anraje
De je l te wouj tankou de moso chabon dife

Li voye je li sou jeneral yo : Lamartinière !
«Wi Komandan !»
Pran kèk vanyan, mache pran Vertière.
François Capois ?  Prezan !
W ap monte sou Butte Charrier
Pou al koresponn je nan je ak lennmi lalibète !
Mwen pa bezwen konn si se sou chwal, si se a pye
Mwen pa bezwen konn konbyen kadav ou kite sou wout,
Men nan dezèdtan mwen vle ou fann bit mòn nan de bout
Pou antere Donatien de Rochambeau,
Sòlda Napoléon li yo, ak tout chen kiben li yo.
Capois voltije sou chwal li : Grenadye ! Alaso !

Sòlda yo plonje dèyè Capois sou chwal li : Ann avan !
Men pou atake, fòk yo pase anba ren mòn nan.
Grenadye franse lage yon rafal dividal bal !
San blayi, gason vanyan tonbe anba yon mitray fatal !
Capois vire, menm nan solèy la, je l ap fè zèklè :
Alaso! Yon bal kreve chapo panach li, voye l atè !

Li pase men sou tèt li, li leve epe l : Grenadye !
Sòlda franse tranble lè Capois leve !
Yo rale yon kanon !
Boulèt tonbe tankou lapli !

Capois devan ! Yon boulèt kanon teke chwal li !
Lè sòlda franse kòmanse chante «Nous l’avons eu cette fois !»

Yon mas benyen ak san leve anba kadav chwal la : se Capois !
Li vole sou yon lòt chwal, epe l anlè : Grenadiers, à l’assault !
Nan pwen manman ! Nan pwen papa !
Sa k fout mouri zafè a yo !

Yon woulman tanbou blayi nan mitan batay la !
Yon lespri di jal Rochambeau : Kanpe la !
Si bal ak kout kanno pa fese nèg sa a a tè
Fòk ou kwè li pa senp ;
Al peye li lonè !
Rochambeau fè leve yon drapo blan,
Li voye de ofisye al di ochan !
«Compliment, à l’officier indigène, au général noir,
qui vient de se couvrir de tant de gloire !»
Sa ou tande a, grenadye yo te di ki sovaj yo
Kite ofisye franse yo tounen nan pòs yo.

Epi la mitray te tonbe grennen pi rèd ankò…
Se depi jou sa a
François Capois te batize
Capois La Mort…

—Charlot Lucien tire nan rekèy bileng La tentation de l’autre rive / Tantasyon Latravèse, Trilingual Press, Cambridge, Massachusetts, 2013

Powèm pa Jean-Dany Joachim

Yon Litani Pou Pòtoprens

Pòtoprens santi mwezi
Pòtoprens kòd lonbrit mwen

Pòtoprens nan fo mezi

Pòtoprens rasin rèv mwen

Pòtoprens toupizi

Pòtoprens lekòl enjistis mwen

Pòtoprens an pàn koutwazi

Pòtoprens makòn tristès mwen

Pòtoprens moun fou pou degi

Pòtoprens espektak gratis mwen

Pòtoprens levanjil patati

Pòtoprens legliz degriji

Pòtoprens kalòj maladi
Pòtoprens lavi retresi

Pòtoprens pawòl daki
Pòtoprens dyòl fizi

Pòtoprens lasini
Pòtoprens fatra blayi

Pòtoprens rasin pouri
Pòtoprens chato manti

Pòtoprens pouvwa pakoti
Pòtoprens an pàn lespri

Pòtoprens zanj andòmi
Pòtoprens maleng kay mwen

Pòtoprens boul pik mwen
Pòtoprens salon peyi m

Pòtoprens repozwa lavi m
Pòtoprens kòd lonbrit mwen

—Jean Dany Joachim citynightreadings.com

Powèm pa Tontongi

Kwizin kreyòl pou lajwa nan lapenn

Desè janjanbrèt
apre mayi moulen
kuit ak lwil doliv
mawonnen nan aransò
degiste ak zaboka
plis sòs kalalou nan poul,
se te koupedwèt, mezanmi !

Nou te bwè tou dlo kokoye
nan yon tibouk nan Leyogàn
koupe anba je swaf gozye
se te yon lanjelis
ant dènye klate jou kouche
e envazyon Mèt Lannwit.
Rive lakay lanbi boukannen
nan pikliz fin kwafe jwisans.

Se te jou lantèman manman m
moman kè dezole t ap chache
yon nanm jwaye pou layite
yon ti lesperans anba kontenjans.

Jill ak Jonah te la tou
Zanmi Malèb ak Lèlèn te la tou
ansanm ak tout pitit an yo
anvan yo dekwape yo lòtbòdlo
ti inosan san fason.
Nou kondi anba vant mòn Jakmèl
e retounen pou n al lakay
anba zèsèl swadizan sekirite
okipan LONI relaksan
je yo kale kou yon mistè danje
Ayiti ant de tan
ant fo pwoteksyon sekirite
ak dezolasyon jou lapenn.

(Ayiti, 28 novanm 2004)

—Tontongi

Powèm pa Serge Moïse

« Anmwe »

Si nou ap rele anmwe
Sè ke nou fout bouke
Bagay la rive twò lwen
Li lè pou nou mete fren
II
Nou refize kenbe men
Kouwè chen manje chen
N ap plede jape pou zo
Epi nou kouche sou do
III
Ou gade menm lan Nò
Nou pa gen gason bòzò
Lè li desann lan kapital
Bagay la rèd pou li pi mal
IV
Papa gede tout an nwa
Paske li wè tout nwa
Li p ap monte o palè
Pou yo pa di li se flatè
V
Nou menm ki lan dyaspora
Nou kòmanse sanble ak rat
Nou pale nou pale nou pale
Paske nou ape byen manje
VI
Nou tèlman gen pwotokòl
Ke nou refize pale kreyòl
Nou pale anglè kou ti blan
Pou franse menm se pi rèd
VII
E pi nou se jèn jan bwòdè
Nou p ap jam tounen dèyè
Et ti mal nou pa lan batay
Si nou bliye ke sote ponpe
Lakay ap toujou rete lakay

—Serge Moïse

Powèm pa Wilson Thelimo Louis

An nou retounen lakay

Sa se youn nan pi bèl bagay
Lè n ap kontanple souvni lakay
Kote tout fri dòdòy pou piyay
Nan plenn kou nan mòn se lonbray

Lawouze lè maten k ap mande ekleray
Ti flè yo nan solèy k ap tann lawouzay
Nan forè kou dezè se zwazo bèl plimay
K ap pawaze pou anbeli peyizay

M sonje lè m te titaktak zo mangay
Mwen pran pwa gras a ze bèt volay
Nan jaden lakay kou kay vwazinay
Aprè keyay ak triyay toujou gen pay

Nan alawonnay, tout ti bway fè twouvay
Madan sara, pentad ak lòt ti zwezay fè piyay
Mango lèwa, djaka, zaboka an gaspiyay
Yanm bakala, tablèt nwa, gwayav ak papay

Fèy akoulèv, zepina, kachiman san bouskay
Gen anpil kalalou, bitasyon yo byen travay
Pwason gwo sèl, kasav, nou chaje lamanjay
Plaj yo gen bèl sab ak kokiyay bèl lizay

Patat, veritab ak bannan fri, se bon fritay
Nan yon mesaj ki pa chay bò yon rivay
M ap di tout Ayisyen retounen lakay
Ayayay ! An nou retounen lakay.

—Wilson Thelimo Louis

Powèm pa Denizé Lauture

Ti zetwal sou latè

Mwen se youn ti zetwal
Nan mitan kafou
Mwen file desann nan mitan kafou
Pou m sa fè Mèt Minwi gaga
Pou m sa fè lougawou ak zobop
Pèdi lòlòy yo
Pou m sa fè yo kwè
Latè se lesyèl
Lesyèl se latè
Konsa ya kraze kò yo
Sou pye bwa plen pikan
Ya kraze kò yo
Sou zo tèt wòch plen dan

Mwen file desann nan mitan kafou
Pou m sa balanse limyè mwen
Anba fèy plen lawouze fre
Pou m sa klere chimen
Moun ki kite fènwè bare yo nan wout
Pou m sa di nèg vanyan
Ki pral nan jaden «Onè ! Respè !»
Pou timoun lekòl matinal
Sa mache sou mwen
Pou yo sa wè tout ti kwen mwen
Konte tout ti pwent mwen
Repase leson yo nan limyè mwen

Mwen file desann nan mitan kafou
Pou kè mwen bat
Anba pye tout moun
Ki vle wè latè pi bèl
Mwen se youn ti zetwal sou latè
M p ap janm bezwen tounen youn zetwal nan syèl.

Sete yon apremidi
Yon apremidi
Toupre lanjelis
Toupre lannuit
Yon apremidi modi
Yon madi apremidi
Premye jou madi
Apre premye sòti Madigra
Yon jou madi madichon
Yon jou madi lanfè.

Sanble primvant latè te vid
Li te bezwen moun pou li manje
Li te bezwen san pou li bwè
Sanble zantray latè
Tap vale lòt zantray latè
Sanble trip latè tap kòde
Sanble twou gòj li te sèk
Li te bezwen manje moun
Li te bezwen bwè san.

Li koube vye zo do long li
Tankou yon koulèv lanfè
K kite sèlman tye li ak tèt li
Touche atè
Li soukwe kò li
Li soukwe kò li
Tankou yon move milèt plen pis
Tankou yon baka mil pye mil men
K mande anraje

Mèt agwe di li non
Li pa tande
Ayida Wedo di li non
Li pa tande
Simbi Nan Dlo di li non
Li pa tande
Li pa okipe yo
Li pa pran ka yo

Li pouse yon ronf
Yon wonf ki pi fò
Pase kout kanno lanmè Jakmèl
Yon wonf tankou
Bri loray nan syèl

Tout sa ki te debou
Tout sa ki t ap mache

Menm tout sa ki te kouche
Te chavire adwat
Te chavire agoch
Te tonbe agoch
Te tonbe adwat
Yo blayi tounen farin atè
Depi Potoprens rive jis Jeremi.

Beton glasi te fann di mil kote
Pou san kretyen vivan
Te ka antre nan gagann latè.
Yon katafal nwaj blanch
Yon poud lanmò blanch
Kouvri tout vil yo.

Timoun tankou granmoun
Vivan tankou mò
Tounen zonbi blanch
Zonbi blanch k ap rele anmweee !
Moun tonbe moun tonbe moun tonbe
San vide san vide san vide
Sezon madigra nou
Ak sezon rara nou
Antre nan twou
Anba pye sabliye
Nou pa tande ni wonf banbou
Ni son tanbou
Nou tande sèlman
Son tris lanbi lanmò.

Je ki te rete ouvè
Wè A B C lanmò toupatou
Wè pil liv lanmò toupatou
Wè bibliyotèk lanmò toupatou
Nan vwal lanmò blanch lan
Nan letan pousyè blanch lan
San Ayisyen trase piramid
Li trase chimen k fè de branch
Li trase ling dwat twonse
Li trase kwa
Ayisyen rich tankou malere
Tounen fèy papye anba mi kay
Pye nou tankou janm nou
Janm nou tankou ponyèt nou
Ponyèt nou tankou tèt nou
Kraze anba mi pwa senkant
Tankou si yo te pase
Nan moulen mayi
Tankou si yo te pase
Nan moulen kann.

Kadav Ayisyen blayi
Sou tout twotwa
Nan tout kafou
Nan mitan tout lari
Gri anba sann nan
Tankou kò gwo mabouya.
Moun ki gen yon tikras chans
Janbe kadav apre kadav
Kadav ranje tankou lèt A
Ranje tankou lèt Y
Ranje tankou lèt I
Ranje tankou lèt T
Ranje tankou lèt I
AYITI menm tounen kadav.

Anba pye yo wouj
Ak san frè yo ak sè yo
Yo mache de men nan tèt
De men dèyè tèt
De men nan machwè
Vant mare byen sere
Lè yo pantan sou kò zanmi yo
Kò granpapa yo
Kò grann yo
Kò frè yo
Kò sè yo
Kò papa yo
Kò manman yo
Kò pitit yo
Yo rete san mouvman
De bra ouvè
Tankou kwa
De bra ouvè tankou kwa
O pov pitit tè manman m nan !
De bra ouvè
Se jezikri k desann
Fè plas pou nou sou kwa ?

Kwa kwa kwa !
Kwa isit
Kwa lòt bò fontyè
Kwa lòt bò lanmè
Ala kwa nou gen pou nou pote !
Nou fout pote kwa
Jous nou tounen kwa
Nou swe san anba kwa
Nou vomi san anba kwa
Nou pise san anba kwa
Nou poupou san anba kwa
Kwa avan yè kwa ayè
Kwa jounen jodi a
Annou fout di kwa denmen an
NON ! NON ! NON !

Nap fout lage kwa nou
Sou zèpol Granmèt
Sou zèpòl Papa Legba
Sou zèpòl Mèt Danbala
Zèpòl Larenn Èzili
Mèt Agwe
Ayida Wèdo
Sou zèpol tout tèt sankò yo

Tout lespri sans kò yo.

N ap ranmase mò nou yo
N ap benyen yo ak fèy santi bon
N ap antere yo nan yon fòs lavi
Sou tèt fòs lavi a
N ap kanpe yon pye Mapou Renmen
Renmen a tonbe pou lavi
Lavi a tonbe pou renmen
Pitit nou yo a grandi
Ak renmen ak lavi nan kè yo.
Ak Lavi ak renmen tout moun nan lavi yo
Malfini a sispann fè bap piyank
Sou tipoul nou k san manman

Nou pran yon kout manch pilon
Nan mitan sevèl
Men fout lè tèt nou fann
Se lavi ak renmen
K antre anndan li
Lespwa toujou ap fè miyan miyan
Nan kè nou
N ap jwenn bon chimen nou
Nou nan yon chimen lanfè
Men nou se pitit pitit gran Ginen
Ginen k konn manje dife
Ginen k konn danse nan lav vòlkan
Ginen k konn vole dife solèy
Na rive ! Wi na Rive !

—Denize Lotu (Lauture) tire nan rekèy Kout manchèt nan mitan sèvèl tèt, Trilingual Press 2020

Mache-an-fè Pòtoprens lan an 2016 anvan destwiksyon pasyèl li a an fevriye 2018.

Mache-an-fè Pòtoprens lan an 2016 anvan destwiksyon pasyèl li a an fevriye 2018.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com