Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Kilti lakay nan zèv Manno Chalmay

—pa Lunine Piere-Jérôme, Ed.D.

Kilti : Yon konsèp inivèsèl

Pou nou pale de kilti lakay nan zèv Manno Chalmay se antann nou dabò sou konsèp kilti a, kisa li reprezante an jeneral, paske konsèp la pou kont pa li charye yon bann lòt konsèp e gen plizyè definisyon selon fòmasyon moun, konpreyansyon yo, orijin yo, oryantasyon pwofesyonèl yo, elatriye. Kidonk, kilti se yon tèm ki ka gen kontwovèsi ladan l, se sa ki fè li ka difisil pou defini. Gen plis pase 60 lane konsa, te gen kèk antwopològ Ameriken ki te manyen konsèp ak definisyon kilti e yo te jwenn apepre 164 definisyon (Kroeber & Kluckhohn, 1952). Nan diksyonè Myriam Webster1 nou jwenn yon definisyon pou kilte ki se « Kwayans, abitid, relijyon, pratik chak jou yon pèp ». Men, yo ajoute tou, «kilti se tandans konesans moun genyen, kwayans, konpòtman ki baze sou kapasite aprantisay ak transmisyon konesans bay lòt jenerasyon » (tradiksyon otè a).

Manno Chalmay nan restoran Tap-Tap nan Miyami an 2017.

Manno Chalmay nan restoran Tap-Tap nan Miyami an 2017.

Malgre gen yon dividal definisyon pou tèm kilti a, youn nan definisyon ki plis enterese m se definisyon Sonia Nieto, yon edikatè ki fè konnen kilti se : « Valè, tradisyon, relasyon sosyal ak politik ki pa kanpe anplas, ak jan nou konprann lemond, se yon gwoup moun ki marande ansanm akòz yon bann faktè tankou istwa yo, kote yo plase jewografikman, lang yo, klas sosyal nou, relijyon nou ak kijan sila yo ki marande ansanm yo pataje bagay sa yo » (Nieto, 2002). Kifè, jan m konprann kilti a, se pa yon lamàn ki sot anlè tonbe anba pou kont kò li kont pa li, se pito pa filyè lang nan, rityèl yo, lodyans yo, istwa/kont yo, pwovèb yo, mit yo, lejann yo, chante yo, elatriye ; li fè wout li, ankre nan nou, e nou pase li bay soti an yon jenerasyon ale nan yon lòt. E travay pasasyon sa a kòmanse fèt depi nan tete, lè nou ti kat kat, nan laj sosyalizasyon nou. Nan kontèks sa a, Manno Chalmay se te yon pèsonaj kiltirèl ki t ap viv nan yon kontèks istorik, sosyal, politik, ekonomik byen espesifik. Li te gen yon bann pratik kiltirèl ki te parèt klè kou dlo kokoye a travè diskou l sitou sou fòm mizik malgre idantite li, moun li te reprezante a, te gen plizyè tèt.

Rapò mwen ak Manno Chalmay ?

Malgre nan fen ane 70 yo, mizik Manno Chalmay te kòmanse pran lari pou vin pran plas li anndan kilti a, donk nan patrimwàn kiltirèl la—chante grann nan sitou—men akòz kalite chante Manno t ap chante yo, li te difisil pou mizik Manno yo te antre nan konpetisyon ak chansonèt fransèz, (Dalida, Mireille Mathieu, Nana Mouskouri, Georges Moustaky, Joe Dassin, elatriye). Poudayè, m te gen pout nan zye m, kidonk, mwen potko vrèman konprann afon kesyon inegalite ki te egziste nan sosyete a, dikotomi (divizyon) ant nwa/blan, fanm/gason, moun anwo/moun anba, nèg sòt nèg lespri, moun andeyò moun lavil, sak nan bòl grès yo ak sa k ap bat dlo pou fè bè, jan Manno Chalmay ta ka di, m pat vrèman konprann dekantasyon ant « Leta, Lepèp, ak Laboujwazi » pou m te rive konprann « Leta pa janm sèvi lepèp ki toutouni, malere k ap peri, sa k pa ka jwi lavi, men leta byen plase pou l kraze brize lè l vle enterè pi piti pou l fè laboujwazi plezi ». Pou mwen, se konsa lavi te ye depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Mwen pa t gen okenn rezon pou kesyone lòd sosyal la.

Pemye bonjan lakonesans mwen ta pral fè ak zèv Manno Chalmay se te an 1982 ak plak li « Manno & Marco » ki gen 13 chante (m konn 12 nan ladan yo). M vle note Lapli, Grann, Jebede, Zanj nou tout se zan ak lòt toujou. Se a travè plak 33 tou sa a mwen t a pral devlope yon apresyasyon pou pèsonaj la nan lirik yo ak melodi yo. Dayè, se menm epòk la tou mwen ta pral fè konesans ak yon lòt diskou sou lavi a, sosyete a, inegalite ant ras, moun, sèks, elatriye. Nan diskografi zèv Manno Chalmay gen 84 chante (malgre gen yon bann zèv ki pa sou mache a, m konnen tou), se uit nan bann nan m kapab di mwen pa konnen vre, e se plis chante li chante an franse yo.

Maryaj Manno Chalmay an 1970

Maryaj Manno Chalmay an 1970.

Kidonk, nan ane 80 yo ak nan ane 90 yo, se kalite mizik angaje tankou mizik Manno Chalmay m te konn tande si tan, jounen jodi a, pitit mwen ki gen 31 an ki leve isit, ki pa gen okenn rapò ak Manno Chalmay, gen yon bann mizik Manno Chalmay sou iPod li e fè konnen se sa sèlman li te konn tande lè li te piti. Konsa, li menm tou li devlope yon lanmou pou mizik Manno Chalmay sitou chante ki rele Zanmi an (Zanmi pre, m pral kay zanmi lwen). Alòske, sa fè m konprann gen yon tranch verite nan fason Myriam Webster defini kilti tankou « tandans konenans moun genyen, kwayans, konpòtman ki baze sou kapasite aprantisay ak transmisyon konesans bay lòt jenerasyon ». Li klè definisyon sa a chita paske se pa manti, transmisyon an fèt. Richès kiltirèl sa a nan men yon lòt jenerasyon alekilè.

Manno Chalmay : Yon nonm konsyantize

Pa gen moun ki ka vrèman vre kesyone nivo konsyantizasyon Manno Chalmay antan yon Ayisyen ki te defye plizyè baryè sosyal. Malgre se yon pèsonaj ki anpil fwa te trè kontwovèse, li te asosye mizik li yo ak tout bagaj kiltirèl Ayisyen, tankou pa egzanp istwa li ak kontèks konjonktirèl li t ap viv la, pozisyon klas sosyal li, tankou nou jwenn nan chante Chalmay Peral, Defile, Lobo, Gasner Raymond, Imigrasyon Tenten, ak tandòt ankò. Konsa, nan konsepsyon pa li, li pa t plase tèt li, jan l ta di, « an viktim rezizye ». Li te pozisyone l kòm yon pèsonaj ki diferan, ki konstwi e pataje istwa l atravè mizik li, tankou pa egzanp chante Mwen Gen 37 Rekòt Kafe, Ti Manman, elatriye.

Ki fè, mwen kapab di angajman Manno antan yon sanba, se te pou kesyone, kritike, analize, men fè sa nan yon fason pou transmisyon yo an te fèt libreman e pèmèt lòt jenerasyon pran avantaj richès sa a. Se dimansyon sa a ki enterese m nan Manno Chalmay. Dimansyon kote li marye lide li yo pou li pozisyone li kiltirèlman. Pou mwen, se yon pwotektè lakilti. Vizyon li sou lemond, idantite kiltirèl, etnik ak rasyal li ki baze sou kontni diskou li atravè chante li yo ak enpòtans diskou sa a. Pifò valè, koutim, lang, relijyon, konpòtman, ak eritaj Ayisyen prezan nan diskou mizikal Manno Chalmay. Kontrèman ak anpil moun nan sosyete a ki pa rive libere tèt yo, ki entènalize yon seri kwayans ki fè nou konprann nou enferyè, kote nou kreye yon fòm depandans nètalkole sou tout sa ki pa Ayisyen e valorize yo, Manno, li, te antre anndan kilti a pou fè valwa vaksin, tanbou, banbou, rara jan nou te ka wè sa nan Koral Konbit Kafou.

Manno Chalmay : Sosyalizasyon, entegrasyon ak chwa kiltirèl

Nan youn nan seri ki fèt sou Manno Chalmay yo, Manno Chalmay : Konviksyon, (CIDIHCA, 2010), Manno Chalmay fè konnen li leve nan chante, men se chante popilè yo ki te plis atire li tankou rara, kanaval, ak chante vodou kay Madan Nènè, yon manbo. E, depi byen bonè nan lavi l, li te plis panche sou mizik popilè, tankou « Awoyo ewa ewa, li midi lage travayè yo pou al manje » malgre li aksepte li pa t limite ak tip mizik sa a yo senpman. Donk, fòmasyon li nan mizik nan sans sa a te konplèks. Pa egzanp, menm jan Manno Chalmay te konn tande mizik rara yo oswa vodou, se menm jan an tou li te tande Nemou, Guy Durosiers, Gerard Dupervil, Martha Jean-Claude, djazz (Ameriken Nwa) ak tandòt, dapre sa l di. Epoutan, li rete klè mizik vodou genyen yon enfliyans an patikilye nan mizik li e se aspè kiltirèl sa a ki enterese mwen.

Vodou : Yon konpozant kiltirèl lakay Ayisyen

Kilti fòme idantite nou paske li anbrase valè, nòm ak langaj grenn moun ki nan yon gwoup. Se defen Ati Max Beauvoir ki te di : «Vodou a se nanm pèp Ayisyen e pa gen anyen nou kapab fè san fondas kiltirèl sa a. » Se yon mòdvi. Alòske an gwo mwen gade mizik Manno Chalmay ki chita sou espirityalite, pratik vodou a an patikilye, kote li devlope yon konpetans kiltirèl ak enfliyans vodou a, nou ta kapab di ki esans kilti ak idantite Ayisyen an. Manno te gen chwa pa antre vodou nan chante popilè yo piske zòt toujou asosye vodou ak tout sa ki mal. Donk, travay mobilizasyon a travè pawoli mizikal li te gen dwa pa rive lwen akoz vodou, pou anpil moun, te reprezante : analfabèt, kilt, adoryasyon dyab, move zespri, chòche, sakrifis moun, elatriye.

A travè chante li yo, Manno Chalmay, olye li detwi tradisyon, kwayans, valè espirityèl sa yo, li adapte yo nan mizik li e kominike tradisyon sa a nan yon langaj fò, puisan, li pale langaj nan yon kreyòl ayisyen ki chaje ak pawoli, tenasite ak rezistans kont atwosite lavi pèp Ayisyen an ap sibi chak jou. Sa vle di, menm lè yo pa t ka manje, lespri pèp la te kanpe djanm, tou pare pou ranmase ak aksepte pawoli Manno Chalmay nan mizik li ki kode anpil.

Pa egzanp, lè l chante « Lopozisyon, fè w konsètasyon se nou ban m rechanj kaki a na ba li non pou mwen tanpri souple—midòl midole danbala wèdo pa wè m deja koulè krapo ou pasa vale mwen » Manno Chalmay envoke non Danmbala Wèdo ki reprezante sou fòm yon koulèv, yon koulèv ou de (Ayida Wèdo) nan panteyon vodou a, sitou nan vèvè lwa sa a. Se lwa ki asosye ak kreyasyon, yon papa bon kè ki renmen pitit li. Prezans li siyifi amoni, lapè, sous lavi, zansèt nou, e kreyasyon sa a se fanm ak gason ki mete ansanm ki bay li. Kidonk chante a, dapre jan nou konprann li, fòs fè nwa yo te mèt sote ponpe, ti mari p ap monte li p ap desann paske se dwa yon pèp pou l goumen kont move zangi pou l gen lapè, amoni, ak lavi konsèp Danbala reprezante menm nan vodou. Nan sans sa a, nou kapab di Manno nan epòk li, se te yon lòt Bookman Duty, houngan nan tan lesklavaj ki te sèvi ak yon sistèm kominikasyon konplèks pou l te soulve pèp la e fè yo pran fòm kò yo kont lesklavaj. Menm jan nou ka di Bwa Kayiman se te pon ant relijyon ak politik, se menm jan an tou, chante Manno Chalmay yo sèvi kòm kritè pou soulèvman kont yon sistèm ki bezwen chanje.

Li klè pou vodouyizan, fondas vodou a chita sou kwayans sa a : tout bagay konekte nan lavi a e lavi pa nou santre sou mond vizib la ak mond envizib la. Pou sèvitè, nan tout eksperyans mounans yo, se fòs espirityèl yo ki gide aksyon yo ak silans yo. Ki fè, lespri a prezan menm apre lanmò. E se sa ki fè nan tradisyon vodou a, mò yo gen plas yo nan lavi nou, nou kwè yo pwoteje nou, yo gide nou, e nan kèk ka, lè yon moun mouri li ka vin yon Gede. Petèt Manno Chalmay se youn. Ou pa janm konnen. Youn nan chante l yo, se kesyonman nan non Bawon : « Bawon mande tout moun ki la yo èske se Bondye k touye yo. Se pa Bondye k touye yo. Se vèditè k touye yo, se asasen k touye yo. Yo touye yo touye moun sa yo. » Ou jwenn tou nan chante l : « Pou Lobo—yon mwa nou konnen se sa l pote, se mwa gede mwa revòlte…»

Alòs, kisa yon Bawon ye? Se lwa ki reprezante premye moun ki te mouri a, se Bawon ki anchaj simityè. An fèt, yon Bawon se yon Gede. E tradisyon vodou an fè konnen Gede yo travèse ale vini ant lavi ak lamò. Gede yo se yon fanmi kontrèman ak lòt gwoup lwa yo rele nanchon yo paske gen yon pil ak yon bann Gede piske gen yon pil ak yon bann moun ki deja fè vwèl pou peyi san chapo. Li pa enpòtan, nan kontèks sa a, dekilakyèl. Yo mouri e genyen ladan yo ki tounen Gede. Poutan, nan pratik vodou a Gede se toujou lwa ki di betiz, yo konsidere l kòm yon lwa sal, men se menm Gede sa a ki kesyone lòd sosyal la, soti anba rive anwo. Se sa k fè chante Manno a di « Bawon mande », l ap kesyone enjistis sosyal, opresyon, majinalizasyon kriminalite, elatriye.

Youn nan tèm ki parèt anpil nan chante Manno yo se tèm lafanmi an, tankou mizik manman, grann, elatriye. Nan pratik kiltirèl nou, granmoun gen anpil valè dèske se yo menm ki transmèt konesans bay pi piti yo, se yo menm ki transmèt valè tradisyonèl yo, nan oraliti. Lè w gade valè granmoun nan kilti Ayisyen, a travè vodou, li parèt sou Lwa Grann (Grann Èzili, Grann Ayizan, Grann Aloumba, elatriye). E se grann sa yo ki montre valè onètete, ak mennen yon vi dwat : « Grann tande mizè mwen, m tounen yon Ogou san tèt nan peyi mwen. » Kòmkwa se yon plent Manno Chalmay ap pote bay grann.

Youn nan mizik Manno yo sou lafanmi se « Lafanmi vin peye san, seremoni an bèl ». La a se fason, a travè chante vodou, pou montre jan nou dwe aprann nan men youn lòt, sipòte youn lòt, goumen pou nou djanm e pran responsablite nou pou vanse ak tradisyon. Nan sans sa a, se onore ak respekte dizon nan vodou ki tradui nan tèm sa yo : lanmou, sipò lafanmi, jenewozite, benediksyon, byenfè, depi nou menm, antan pratikan nou mache chimen nou dwat, sa vle di fè sa ki byen san gade dèyè. Donk, se filozofi lavi a, e se viv Manno te viv li nan tout esans li jan Manzè (Mimose Beaubrun) di, fòk ou viv li pou konnen l paske se Lespri a, Mistè a, Envizib la, sa w pa konnen an. Se yon koneksyon ant kominote a ak lafanmi (fanmi nan trip ou pa), se sistèm lakou a, sistèm kolektivis olye endividyalis, se sistèm inifikasyon ak solidarite, se yo nou jwenn a travè mizik lafanmi, grann, elatriye Manno Chalmay t ap chante yo.

Lòt chante Manno itilize ki soti nan vodou, pa egzanp se : « Laplas kay la ki malad kouche Sayil o Bondye va gade—Anjenikon an ki malad kouche Sayil—Pòt drapo—Jenikon—Danbala wèdo pa wè nou sou lapay o. » Laplas enpòtan nan yerachi vodou akòz wòl moun sa yo jwi nan yon lakou anba yon peristil, e anpil fwa yon sèvis ta kapab kanpe si Laplas la pa prezan. Pase, se Laplas ki dirije seremoni pote drapo a e li jeneralman gen yon manchèt nan men l, manchèt Ogou. Seremoni sa a se pou salye poto mitan an, pou salye tout lwa yo.

Gen yon lòt lwa enpòtan tou Manno Chalmay rele nan chante li yo se lwa Marasa nan mizik Elouwe :

Elouwe—Marasa grandi pou mache—pa jodi nou la—anwo pa desann anba pa monte—ti gason pwen granmoun sa ou pran—fòk ou konprann ou pa la pou gran mèsi fòk ou met lespri w tou pare—pou ka mache tou pare ak moun tankou w ki konsène—sonje se ou k ap chwazi. Lwa marasa an nou sispann betize leve kanpe pou n mache kontre—chèche verite nan tout rakwen leve kanpe pou n gen libète.

Nan chante sa a, Manno Chalmay ap rele lwa marasa pou leve kanpe, paske se pa pou gran mèsi yo la, yo gen itilite yo e fòk yo dispoze pou sèvis popilasyon an (lafanmi) pou ka pran aksyon ki dwe pran an.

Nan vodou, lwa marasa se lwa ki gen fòs paske li double. Se lwa lafanmi, e nan sèvis se li yo rele touswit apre yo fin rele Legba pou ouvri baryè pou seremoni an. Kwayans nan marasa chita sou twa wòch dife : lespwa, lafwa, ak lacharite. Nan kwayans vodou, Marasa gen anpil pouvwa, yo kapab fè mèvèy tank yo gen pouvwa. Kidonk, yo kapab gen kontwòl anpil bagay. Marasa de, marasa twa, marasa Lafrik yo, reprezante lafwa, lespwa ak lacharite. Yo gen zye pou wè, pou geri, donk Manno Chalmay fè yo konnen yo pa la pou granmèsi alòs ki sa y ap tann pou antre nan batay delivrans pèp la anba atoufè.

Konklizyon

Li klè gen yon bann lòt chante Manno Chalmay ki akse sou vodo tankou « Sedye m ta kraze kay la », « Vèse san vèse san—Bagay la melanje ginen yo tèt anba san pwèl ap manje moun yo di yo se Vodou, yo bouche je tout lwa pou yo fè plis lajan », « Pran batwèl la pou mwen », « Ya bezwen mwen », « Gran rivyè koule l tonbe nan lanmè—N ap mennen pwen nou nan kalfou yo—mennen pwen nou tou dousman—pitit sòyèt pa bezwen kou zonbi k ap tann sèl o », «Pèp Ayisyen ou se malagèt… Ayisyen jou lanmò w pa prese yo pa bezwen w pou te ya bezwen w pou konprès », « Pou Gasner Raymond—Antèman k chante nan banbou nan kiriye eleyison se menm », «Pran batwèl la pou mwen… M se Ayisyen kòm kwa m t ap janm fout kretyen…», ak lòt toujou ki mande refleksyon afon sou siyifikasyon yo nan kilti Ayisyen ak mesaj Manno Chalmay te vle fè pase a travè pawoli sa yo. Men akote tout sa, Manno kesyone lwa yo, pratik vodou a menm a travè chante li tankou lè l di « Lajenès pa inosan, fòk li pa ka ensousyan ». Li mande yo pou lite kont move zangi, fòk yo kenbe labanyè laviktwa a.

Anfèt, Manno Chalmay kesyone wòl houngan/manbo yo, kòmkwa yo rete de bra kwaze, yo bese tèt yo, yo fèmen zye yo tankou yo pa tande. Alòs, piske dapre Manno Chalmay klòch ason an mare ak yon twal siye, donk li pa ka sonnen byen pou rele lwa yo, zansèt yo, pou trete malad la, nan ka sa a Ayiti, sinon li p ap chape. Ki vle di Ayiti p ap jwenn delivrans. E se sak fè nan mesaj sa a, Manno Chalmay mande pou nou boule kwa mazakwa lespri yo epi trennen sann nan nan Latibonit, sa vle pou divòse ak pratik rete bouch koud la. E se konsa, nan pran responsablite nou antan yon pèp, vodouyizan ou non, n a jwenn tretman pou malad la, donk delivrans pou Ayiti, e pèp Ayisyen an a dezantòtiye pou l viv nan lapè ak amoni selon jan prensip vodou a mande l la, anba labanyè Danmbala.

Referans

Beaubrun, M. (2010). Nan dòmi : Le récit d’une initiation Vodou. Vents d’ailleurs, La Roque d’Antheron, France.

Culture, Merriam-Webster Dictionary, www.merriam-webster.com/dictionary/culture. Retrieved on January 19, 2019.

Nieto, S. (2002). Language, culture, and teaching: Critical perspectives for a new century. Mahwah, NJ: Lawrence Erlbaum Associates Publishers.

Moloney, A. (Jan. 2015). Voodoo priests, doctors on frontline of Haiti's mental healthcare. Thomson Reuters Foundation, www.reuters.com/article/us-haiti-earthquake-anniversary-mentalhe/voodoo-priests-doctors-on-frontline-of-haitis-mental-healthcare-idUSKBN0KI1NC20150109. Retrieved on January 19, 2019.

Voltaire F. (2010). Manno Charlemagne Konviksyon. Mini Records—CIDIHCA, www.youtube.com/watch?v=-EfNtb0uJlE . Retrieved on January 19, 2019.

Manno Charlemagne (2006). Manno Charlemagne, 30 Ans de Chansons, Educavision, 2006.

—Lunine Piere-Jérôme, Ed.D. January 19, 2019

1 www.merriam-webster.com/dictionary/culture

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com