Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Yon moman nan istwa Kreyòl Ayisyen an

—pa Wilner Auguste

Nan mwa septanm 2017, Boston te ouvè premye pwogram modèl li ki itilize kreyòl ayisyen ak anglè, an menm tan, pou anseye timoun Ameriken ak Ayisyen-Ameriken ki fèk antre lekòl. Pwogram lan itilize 70% kreyòl ak 30% anglè. Nan tout gran pwogrè lang kreyòl ayisyen an fè, evennman sa a pote anpil kè kontan nan kè m, sitou lè mwen sonje kouman kèk Ayisyen te rejte lang nan, e ki traka kèk nan nou te pase, nan lane swasant yo, lè n ta p travay pou avansman lang ak kilti kreyòl la.

Kèk manm Klib Prentanye a.

Kèk manm Klib Prentanye a.

Epòk sa a, nou te genyen yon òganization ke nou te fonde an 1960 nan ri Senmaten, nan zòn Kantin di Bèlè, tou prè Lakou Manbo Sasa. Se te yon òganizasyon pou n te fè wòl, ki se te fèt teyatral nan gwo vakans d ete yo. Klib Prentanye ke nou te rele l te vin tounen you gwo òganizasyon kiltirèl lè nou te monte ak gwoup la nan Sanfil nan lane 1962 a. Klib Prentanye te konn òganize ekspozisyon atistik ansanm ak fèt teyatral. Li te menm fè yon pèfòmans dans ak chan nan yon pwogram nan radyo Pòtoprenns ak Rèks Teyat, elatriye. Gen plis ke 10 ansyen manm Klib Prentanye k ap viv nan leta Massachusetts.

Klib Prentanye te antre nan Mouvman Kreyòl Dayiti ki te fonde an 1965. Kèk manm òganizasyon an te patisipe nan Fondasyon Sosyete Koukouy, yon sosyete ki t ap defann kilti Ayisyen an. Mouvman Kreyòl la te gen yon emisyon sou Radyo Karayib chak dimanch maten a 7è ki te rele Radyo Solèy. E pou site Jean Mapou nan sit entenèt Sosyete Koukouy Miyami an, nan emisyon an, yo te pibliye rechèch laboratwa Mouvman Kreyòl la, enfòme piblik la sou aktivite ki gen rapò a lakilti ; òganize konferans, fè konkou literè, elatriye. Manm Mouvman Kreyòl la te itilize bon jan non kreyòl pou ekri. Nou te gen Jan Mapou, Pyè Legba, Pyè Banbou. Mwen te itilize Nènè Kokoye, e Sekretè Klib la, Roro Lanbi.

Klib Prentanye te konn òganize kèk konferens nan lokal li nan Sanfil avèk manm Mouvman Kreyòl yo pou pale de lang kreyòl la e montre moun ekri l. Mwen sonje bèlmè mwen, you gwo fanatik Klib la, Dieudonne Pasket, te konn sèvi yon sandwich aransò, kasav, zaboka, ak bon jan sòs piman nan konferans yo. Anpil jèn ak timoun nan Sanfil te kòmanse ap ekri an kreyòl. Kèk nan nou menm te patisipe nan premye konkou sou pwezi kreyòl an Ayiti ki te fèt nan okazyon fèt manman nan mwa me 1967. Mwen te dezyèm nan konkou sa a e tout pwezi ki te genyen yo te pibliye nan you ti liv ki te rele Choublak ak Kamelya.

5 premye moun yo se manm Mouvman Kreyòl Dayiti a, de dènye yo se manm Klib Prentanye. De gòch ou a dwat: Jean Mapou, Dr. Ernst Mirville, mwen pa sonje twa nan mitan yo. Sizyèm nan se mwen, Nènè Kokoye ki te Prezidan Fondatè Klib Prentanye, dènye a se Rodive Metellus, Roro Lanbi, ki te sekretè jeneral Klib Prentanye.

Senk premye moun yo se manm Mouvman Kreyòl Dayiti a, de dènye yo se manm Klib Prentanye. De gòch ou a dwat: Jean Mapou, Dr. Ernst Mirville, mwen pa sonje twa nan mitan yo. Sizyèm nan se mwen, Nènè Kokoye ki te Prezidan Fondatè Klib Prentanye, dènye a se Rodive Metellus, Roro Lanbi, ki te sekretè jeneral Klib Prentanye.

Aktivite pou pouse lang ak kilti kreyòl la pa t antre nan santiman anpil gran moun ki te rete nan zòn Enpas Senfelix nan Sanfil kote Klib Prentanye te ye a. Malgre se lang kreyòl la ke yo tout t ap pale, yo te fache, yo te boude kont afè montre moun ekri nan lang lan. Menm kèk manm nan fanmi m te kont Mouvman Kreyòl la.

Reyaksyon sa a pa t etone nou nan Mouvman Kreyòl la. Pou anpil Ayisyen lang kreyòl pa t yon lang, se te yon patwa, yon defòmasyon de lang fransè. Lekòl te entèdi pou elèv te pale lang kreyòl la menm sou lakou lekòl yo. Kèk paran te voye timoun yo lekòl tou senpleman pou yo aprann fransè pou yo k ap jwenn djòb pou sove fanmi an.

Nan domèn relijye, Legliz Katolik te fè mès an laten e pè yo te preche an fransè. Gran pastè legliz pwotestan yo te preche an fransè. Se te kèk ti pastè ki t ap fè yon melanj kreyòl ak fransè. Tout pwogram nan radyo yo te fèt an fransè. Si m kapab byen sonje, te gen 4 pwogram mwen te konn swiv an kreyòl lè m t ap leve.

Premye pwogram lan se te yon ti pati nan yon emisyon pwopagann pou gouvènman Prezidan Magloire a ki te pase kat fwa pa jou sou Radyo Komès, radyo gouvènman an. Tout radyo nan kapital la ak nan pwovens yo, eksepte Radyo Ayiti, te konn releye emisyon sa a. Yo te kòmanse pwogram lan ak yon mizik Djaz Dèjèn ke Pyè Riche, chantè Djaz Dèjèn, te chante ki te gen refren ki di : « Zòt pale fransè, zòt pale laten, zòt pale anglè, mwen pale kreyòl, mwen konnen lang mwen. » Anpil moun te konn tande radyo sa a nan opalè ke gouvènman an te mete nan yon seri de zòn malere yo t ap viv. Menm ekip radyo a te konn itilize kreyòl pou montre kèk dokiman pwopagann pou gouvènman ke yo te konn pase anplennè nan mitan pèp la sou Bèlè, Lasalin, Mònatif, etsetera, era.

Theophile Salnave, yo te rele Zo, se te premye Ayisyen ki te pale kreyòl nan radyo. Li te gen yon pwogram ki te konn fèt sou Radyo Karayib de lendi ak vandredi nan zòn midi. Misye te konn konpoze chan patriyotik ke li te konn chante nan pwogram lan. Youn ladan yo, li te konn fini l konsa : « Aba ladezinyon, ansanm viv lanasyon. »

Foto a se mwen menm lè m te ti jènjan.

Foto a se mwen menm lè m te ti jènjan.

Twazyèm pwogran ki te konn fèt nan lang kreyòl la, se te yon pwogram komèsyal toujou sou Radyo Karayib la nan zòn 7è lèswa. Se te yon dramatizasyon avèk yon nèg sòt ki te rele Gwo Djo ki t ap fè reklam komik ak madanm li.

Katriyèm pwogram lan te konn fèt lè dimanch aprèmidi toujou sou Radyo Karayib avèk pastè Andre Azor ki te konn ap atake minis ak direktè nan gouvènman prezidan Duvalier a, men pa prezidan Duvalier. Li te toujou ap di : « Si m te minis X, Si m te dirèktè Y… mwen ta fe isit mwen ta fe laba.» Pastè Azor te vin ouvè radyo pa l an kreyòl an fas mache an fè a, sou Gran ri a. Aprè, li te monte Kafou avèk radyo a.

Mouvman Kreyòl Ayisyen an ak Sosyete Koukouy la te vin kanpe pou yon sèten tan. Daprè kouzen Jan Mapou nan sit entènèt Sosyete Koukouy Miyami a, nan jou Dimanch Pak ki te 6 avril 1969, yon ekip Volontè Sekirite Nasyonal (VSN), yon gwoup Makout Prezidan Duvalier ki te gen nan tèt yo Rene Brenevil, Gwo Rene, te antre nan Radyo Karayib pandan emisyon Radyo Solèy la, yo te arete tout manm Mouvman Kreyòl yo. Yo menn pran moun ki pa t nan mouvman an. Y al fèmen yo tout nan prizon Fò Dimanch san di pouki. Gen moun ki te fè yon jou, gen lòt ki te pase sis mwa tou. Avèk bagay ke nou, nan Klib Prentanye, te genyen nan achiv Mouvman an, nou konnen makout yo ap jwenn non nou, e, a nenpòt ki moman, yo t ap vin arete nou tou.

Se pa chans tou ke nou de, manm Klib Prentanye, pa t nan gwoup yo te arete jou sa a. Se mwen menm, Nènè Kokoye ak sekretè gwoup la, Rodive Metellus (Roro Lanbi), ki te konn fè pwogram tou nan Radyo Karayib. Rodive avè m te konn patisipe nan pwogram Radyo Solèy la. Men jou 6 avril la, nou te gen pou n ale nan menm lè a pou n t al prete you aparèy pou n t al anrejistre yon seremoni vodou. Te gen yon manbo nan Sanfil ki te mouri e paske li te gen yon ane ak you jou apre, yo ta pra l retire nanm li nan dlo pou mete l nan « Govi ». Nou te deside pou n ale nan Kwadèmisyon pou n al anrejistre seremoni a. Rodive pa t vin chèche m paske domi te twonpe l.

Mwen konnen si yo te pran m, fèmen mwen nan Fò Dimanch, mwen pa t ap soti vivan. De rezon : Yo pa t ap resevwa m twò byen nan prizon paske mwen se pitit Andre Auguste ki te gen yon boutik kòdonye sou Pòtay Sen Jozèf, nan kwen Ri Sen Maten ak Gran Ri. Bòs Pent, ki te chèf makout ki te responsab zòn la, te manke fizye papa m yon dimanch maten devan boutik kòdonye a. Bòs Pent te di yo rapòte l ke papa m t ap fè reyinyon nan boutik la pou planifye retou ansyen prezidan egzile, Daniel Fignole, sou pouvwa a. De plis, mwen se yon moun ki maladif depi mwen te ti katkat, mwen pa t ap ka reziste lavi nan prizon Fò Dimanch lan.

Arestasyon manm Mouvman Kreyòl yo se te yon gwo viktwa pou moun sa yo nan Enpas Sen Feliks la ki pa t vle tande pale de zafè lang kreyòl la. Yo tonbe fè kouri yon bann rimè sou bagay sa a. Te gen yon manbo nan Enpas Sen Feliks la ke yo di ki te si tèlman konn travay trè byen se tout lajounen l ap gen vizit militè ki dèyè grad, fanm ki bezyen kenbe mizisyen ki mari yo, etsetera. Te gen yon kapitèn Palè Nasyonal ki te konn vin lan kay la. Bri t ap kouri ke kapitèn lan se te anvwaye Palè a pou mennen ankèt sou nou e a nenpòt ki moman l ap pran nou e mennen nou nan prizon nan Palè a.

You lòt rimè ki te vin gate bagay yo nèt, se te yon vizit nan zòn lan pa Madanm Max Adolph, chèf makout Fò Dimanch lan. Moun fè kouri bri ke Madan Adolph te vin nan zòn lan pou mennen ankèt pa li sou Klib Prentanye, e li pral voye makout li yo vin pran nou. Anpil nan nou menm te oblije al mawon. Lapèrèz pran manman m ak marenn mwen kote yo pran tout bagay Klib Prentanye yo, kit se te inifòm, achiv, yo boule tout. Sèl kèk grenn foto yo pa t wè te rete.

Klib Prentanye te kraze, emisyon Radyo Solèy la te disparèt. Men sa pa t mete wou nan mouvman kreyòl la, ki de jou an jou ap avanse pou pi devan.

Wilner Auguste

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com