Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Vizit mwen ann Ayiti an jiyè 2016 : Yon memwa

(Premye pati—konbine ak Dezyèm pati a pi ba)

Pwològ

Vwayaj nou ann Ayiti—mwen menm, madanm mwen ak pitit gason nou—tonbe nan yon konjonkti istorik nan Etazini, patikilyèman nan vil Dalas, nan Eta Tekzas, kote yon frantirè nwa anbiskade e tiye sèt polisye ki vin sipèvize yon manifestasyon moun nwa meriken ak sipòtè yo te lanse pou denonse lanmò moun nwa anba men polis blan rasis alawonnbadè nan Etazini.

Yon semèn anvan nou antre ann Ayiti, te gen de lanmò-moun-nwa-anba-men-polis-blan-rasis (oswa anba men polis nwa pwograme pa enstitisyon/anviwonnman rasis la) : lanmò Alton Sterling nan Baton Wouj, nan Eta Lwizyàn, jou 5 jiyè 2016, ak lanmò Philando Castile nan vil Sen Pòl, nan Eta Minoseta, jou 6 jiyè 2017. Te gen plis ke de zan depi militan mouvman Black Lives Matter (Lavi Moun Nwa Konte) a t ap denonse, pa vwa manifestasyon nan lari ak ekzòtasyon nan medya, fasilite lapolis ap tiye moun nwa nan enpinite e ak konplisite sistèm jidisyè a.

Sèdike nou te atann nou, lè nou rive nan ayewopò Logan lan nan Boston, ak yon anbyans eta masyal ak Swat Team ak Uzi, kamouflaj, lans-grenad, elatriye. Okontrè, sa nou te wè nan ayewopò a se te yon anbyans kalm, pwofesyonèl, trè konpetan sou sèvis yo.

Anpirikman palan, byenke mwen pa yon teworis, fason daji nou, mwen menm ak madanm mwen, nan ayewopò a (twa malèt chaje, difikilte pou nou avanse, fason evazif mwen, yon swetay ki pa janm rete goumen avèk mouchwa mwen, elatriye), tout sa te bagay ki ta ka fè siyale m kou sispèk.

Sa te fè m plezi wè zaksyon teworis 11 septanm 2001 an, ansanm ak lòt zak ki rive nan Kalifòni ak nan Florid, pa t fè travayè ayewopò nan Boston yo vin sinik et wè tout moun ki « diferan » kou yon menas pou sekirite, kouwè Izrayèl, e petèt lòt peyi e lòt Eta etazinyen yo, ap fè. Nan bwouhaha estrès tèt chaje vwayaj la ak mekanism sekirite yo, mwen bliye pran bous mwen ke m te plase nan yon ti panye pou woulo detektè sèvis sekirite yo. Mwen reyalize sa dis minit apre, kidonk asedtan pou yon movesije t a fofile bous mwen an nan pòch li. Mwen kouri prese retounen nan seksyon sekirite a, ki te yon distans de yon tyè kilomèt.

Erezman, e an lonè pwofesyonalism ofisyèl sekirite yo, ki te kenbe bous la pou mwen nan biwo youn nan sipevizè yo (ki sèlman apresye ke l te rann mwen yon sèvis), mwen te jwenn bous la, e sa te fè kè m kontan.

Mwen jwenn menm akèy pwofesyonèl sa a nan vwayaj-retou a nan ayewopò Logan lan. Apre tout pasaj preliminè yo, avan-dènye ajan sekirite a gade paspò mwen nan yon ton kazwèl, kòmsi deryennetè, e mande mwen ki rezon vizit mwen ann Ayiti. Mwen te ka reponn li « This is not your business » (sa pa konsène w), men ton kalm ak ekspresyon amikal sou vizaj misye asire m li pa t ap fawouche m. Akèy la fè mwen te kontan retounen nan Boston, yon rejyon o Zetazini mwen atache avè l pou karant tan.

Natirèlman, yon moun ki nan swasantèn li pa jenere menm kriz nèvozite kou yon jenòm nan ventèn li…

Ann Ayiti

Mwen antre ann Ayiti an jiyè 2016, apre prèske nèf ane depi dènye fwa mwen te la, nan kad kolòk entènasyonal sou santyèm anivèsè lanmò Jak Roumen an desanm 2007, ki te òganize pa Inivèsite Deta d Ayiti. Vizit fwa sila a—sis lane apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te dekonstonbre yon bon pati nan Pòtoprens ak nan zòn sid la, pi patikilyèman Leyogàn ak Jakmèl—se yon vizit ki gen yon aspè plis yon pelerinaj, yon gran pwomnad kontanplatif, kote kè kase, apreyansyon, antisipasyon, sipriz ak eksitasyon melanje ak yon pwofon chagren mekontantman, anvayi tout nanm mwen.

Avrèdi, menmlè m abite aletranje, mwen toujou kenbe yon enterè nan tout enfòmasyon sou Ayiti, keseswa sou plan sosyal, edikatif, lengwistik, literè, oswa politik ; se fason pa m mwen chwazi, depi karant tan, pou m viv alterite lavi m nan legzil an deyò Ayiti.

Kouwè m te fè apre patisipasyon m nan kolòk 2007 la kote mwen te fè yon kontrandi toudorizon sou tout sa m te eksperyanse diran sejou a, tout moun mwen te rankontre ak tout santiman mwen te santi, m ap eseye fè menm bagay la pou dènye sejou sa a, selon ke memwa mwen fasilite m.

Natirèlman, kou nou tout konnen, memwa se yon eleman ki selektif e ki fè sa priyorite emotif moun enpoze l. Ojis, mwen pa te konnen sa mwen t a pral santi devan temwayaj dega goudougoudou koze nan Pòtoprens mwen an, Pòtoprens vil nesans mwen nan Lopital Jeneral, apre manman m te deja fè m nan yon taksi bò Plas Sent Àn. Imaj detrès, dekontonbrasyon vil mwen an te koze m anpil lapenn, chak zòn, katye, komin ak lokalite jewografik ki te afekte yo se te tout anviwonnman ki te jwe yon gwo wòl nan jwisans emosyonèl mwen lè m te timoun nan Pòtoprens.

Natirèlman, pi gwo chok emotif ki te boulvèse m se lè m te wè eskèlèt katedral Pòtoprens lan, yon moniman ki te toujou rejwi m lè m te ti jèn jan. Fason kwòk mò moun nan ti « abita » mwatye tant, mwatye kalòj pou kretyevivan, ou t a di ki soti nan yon lòt mond. Mwen pa t renmen jan yo vle anvayi ti gwoup mwen an, ki te gen mwen menm, yon ti nèg ayisyen, ak madanm mwen, yon blan Amerikèn, pitit mwen yon milat ayisyen-etazinyen, ak sè m yo Claudinette ak Sherlyne. Yo sanble yo te wè nou kou yon kado Lapwovidans pote ba yo, alòske nou te la pou n sèlman gade domaj goudougoudou koze nan katedral la, yon batis achitektirèl ki te fè fyète zanfans mwen.

Ansyen Kazèn Desalin lan apre tranblemanntè 2010 a, jiyè 2016.

Mwen sonje premye fwa mwen te wè katedral Pòtoprens la, lè manman mwen te mache avè m, de Pòtay Leyogàn, tou pre Matisan, pou rive nan lekòl primè mwen Tertulien Guilbeaud, ki te chita an fas tou de katedral yo, ansyen ak nouvo katedral yo, de katedral ki te kanpe anfas youn ak lòt, tou lè de enpozan, majesteryèl, ranpli ak venerablite e eksperyans istorik. Tout espas la te bèl, te gen yon bèl plas ak jedo ranpli ak divès flè bò balistrad lekòl la. Lekòl la li tou te enpozan, yon pati lès ki te Tertulien Guilbeaud, yon lekòl pou ti gason, ak yon pati lwès ki te gen ladann République du Venezuela, ki te yon lekòl primè pou tifi. Lè m te rewè mwen nan zòn lan, plis ke yon demi syèk apre, mwen te fache wè sa ki te ranplase bèlte majesteryèl plas la : yon layite ankonbreman machann lari k ap vann tout kalite saltenbank okenn moun p ap goumen pou achte. Bèl pak ki te sou kote lekòl la vin tounen yon mache sikilè kote tout moun ap chache vann yon komodite. Ant lonbray kadaverik katedral la ak liye machann-tout-bagay ki makonnen nan tout zòn lan, san retire pak la, pa t gen plas pou moun deplase. Pa t gen tou anyen ki rete pou konsole m.

Men mwen te kontan antre nan Mache-an-fè a, ke yo te rebati apre dekonstonbray goudougoudou. Lè mwen antre nan labirent koulwa mache a ki te aliyen ak machann ak machandiz, anpil nan yo zèv atizay ak atizana, mwen te genyen yon santiman nostalji lè m te la, jèn ti gason, ansanm ak manman m e matant mwen. Mwen sonje kouwè yè konvèsasyon yo t ap mennen an. Fwa sa a, m te plis ap reziste presyon machann yo ki t ap rivalize pou atansyon nou. Erezman, machann yo, malgre ke l te konble, te kenbe mache a pwòp, avèk yon kalm prèske mistik nan kèk kolòn rekile 1.

Seksyon vodou nan Mache an fè a, jiyè 2016.

Ti gwoup nou an pa t ret lontan nan zòn lan. Nou fofile sou Pòtay Sen Jozèf e lonje sou wout Dèlma a, nouvo wout yo bati a kote machin nou t ap kondui a tonbe an pàn jis devan Katye Jeneral CIMO (brigad espesyal lapolis la). Yon jandam soti deyò a e mande nou pou nou deplase machin nou an ou ti jan pi lwen antre kazèn lan. De sekouris benevòl ki te sou wout la rete e ofwi nou èd yo. Yo ede nou chanje kawotchou a avèk zouti yo te genyen ak yo.

Vizit Akademi Kreyòl Ayisyen an

Fòk mwen di nou pi gwo sit « touristik » mwen te pi eksite pou m al vizite, se te lokal Akademi Kreyòl Ayisyen an, yon bèl bildin ak karaktè semi-ofisyèl ki enpoze l sou katye a. De semèn anvan, mwen te ekri yo e anonse yo vizit pwochen mwen. Sekretè egzekitif Akademi an, Luna Gourgue, te reponn mwen avèk jantiyès e envite m pou m rankontre Konsèy administratif Akademi a. Lè jou a rive, yon vandredi maten byen ansoleye, Madam Gourgue resevwa nou, mwen menm ak madanm mwen Jill, avèk alafwa chalè imen e pwofesyonalism. Li fè aranjman pou kèk Akademisyen te prezan, san retire vis-prezidan Akademi an, Rodney Esteus [ansanm ak Adeline Magloire, Rogeda Dorcé Dorcil, Marcelle Buteau Racine, elatriye]. Macky Jean-Pierre patisipe nan reyinyon an depi Lwizyàn, o Zetazini, pa vwa videyo Skyp. Mwen menm ak Macky fè yon rale sou souvenans premye fwa nou te rankontre nan vil Boston, lane anvan an, nan kad Premye Komemorasyon Anyèl Mwa Kreyòl Ayisyen nan Eta Masachousèt, ann oktòb 2014. Misye konplimante m pou yon tèks mwen ki titre « Itopi tankou posiblite : Ayiti e pwojè imen inivèsèl la », mwen te pibliye nan jounal ak nan liv mwen Sèl pou dezonbifye Bouki, yon esè m ekri apre tranblemanntè a pou mwen dekonstwi e demantibile « naratif » ke Ayiti se « peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la ». Mwen reponn an patikilye ak pastè Pat Robertson ki di tranblemanntè a te rive paske Ayiti te fè yon pak ak Satan pou li pran endepandans li. Yon lòt otè meriken, David Brooks, bay misye repondonng pou l di se mank « kilti akonplisman » ki fè Ayiti an reta « an konparezon ak Repiblik Dominikèn ».

De goch a dwat : Pierre-Michel Chéry, Marie Rodney Laurent, Roger Dorcé Dorcil, Luna Gourgues & Tontongi nan Akademi Kreyòl Ayisyen, jiyè 2016.

Mwen te raple yo ke, kontrèman ak imajinè pwodiktivis peyi oksidantal yo ki defini richès an tèm de posesyon materyèl ak resous itilizatris, richès ayisyen an repoze sou etadam peyi a, santiman diyite pou limanite ki anime lit pèp la, kapital defi li poze kont ejemoni kolonyalis e enperyalis peyi dominan nan Ewòp de lwès yo ansanm ak tandansyalite enperyalis Etazini. Mwen montre, avèk temwayaj Istwa kou prèv, ke Ayiti se manman Lamerik Latin, peyi ki bay solidarite l ak lòt pèp k ap goumen pou endepandans yo, menm opri izolasyon, represyon ekonomik, envazyon militè. Kont naratif sou yon Ayiti ki apovwi e mizerab, mwen montre yon defi ke Ayiti te kòmanse e ki bezwen kontinye. Ayiti se yon pwojè imen inivèsèl.

Tontongi avèk Luna Gourgues nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), jiyè 2016.

Mwen te santi mwen onore pa deklarasyon Macky Jean-Pierre ki di li anseye tèks mwen sa a nan klas li. Nou ka raple lektè yo ke Macky Jean-Pierre limenm devlope nan ansèyman li yon metodoloji pou li demistifye movèz kwayans sou lang ayisyen an. Se byen domaj nou pa t gen plis tan pou nou pale, men ti tan mwen te pase avèk Akademisyen yo ansanm ak Konsèy administrasyon an te konfime m Ayiti chaje ak moun ki briyan ak konesans e sajès politiko-egzistansyèl ki fè richès li. Konvèsasyon an, kwak kout, te dewoule dous ant noumenm yo ki pataje menm kwayans nan kapasite ak potansyèl lang kreyòl ayisyen an genyen, e nou te fyè nou tout te makonnen ak kilti ayisyen an, donk nanm otantisite pèp la.

Vizit kèk kolèg-zanmi

Anvan m antre ann Ayiti, mwen voye yon imèl bay plizyè moun mwen konnen e m ta renmen rewè. Pami kolèg-kanmarad mwen te rankontre, apa resepsyon nan AKA a, te genyen Robert Arisma. Li te sèl moun ki te ka vini nan yon envitasyon mwen te voye bay kèk zanmi kolèg pou yo te pase wè m nan otèl Le Plaze, kote mwen menm ak madan mwen te desann. Sèten nan lòt envite yo ki pa t kapab, te ban m randevou pou lòt lè. Natirèlman mwen te kontan wè Arisma ankò. Mwen te rankontre misye nan kolòk sou Jak Roumen an ki te fèt an 2007–2008 la, kote nou te fè yon bon ti tan ap pale. Anfèt mwen te konnen misye byen anvan kolòk la paske mwen site l nan liv mwen Critique de la francophonie haïtienne, an sipò pou bezwen tablisman enfraekstriti pedagojik pou kreyòl la : « Ansèyman kreyòl la ap bite tou devan mank manyèl eskolè, tèks ak lòt dokiman didaktik pou travay swa nan saldeklas, swa lakay. »

Tontongi avèk Robert Arisma, jiyè 2016.

Mwen te etone wè Arisma te kont Akademi Kreyòl Ayisyen an ; li reprann ide anpil lòt kritik ki di yon lang pa bezwen gen regilatè ki la pou « fikse » l, yo pran egzanp lang anglè a ki jodi a se lang dominan e ki pa genyen yon Akademi pou regile l. Mwen di Arisma ke m dakò ak tout sa li di yo ; efektivman yon lang pa bezwen antrav enstitisyonèl ki pou anpeche l deplwaye zèl li e kwape enfinite potansyèl li. Men kote mwen pa t dakò ak moun ki kont Akademi Kreyòl la, se avègleman yo parapò enpòtans senbolik kapital yon gwo enstitisyon Leta genyen si l ap travay pou valorize lang ayisyen an, yon lang meprize, enferyorize.

Anfèt, apa « fikse » lang fransè a, yon lòt jistifikasyon Académie Française la te bay tèt li, se te pou plase prestij Leta enperyal fransè a osèvis valorizasyon lang nasyonal fransè a ki te enferyorize pa elitism nan anplwa lang laten an Frans. Byenke li pale de « fikse » lang kreyòl la, atik 123 Konstitisyon ayisyen an ki mande tablisman Akademi Kreyòl Ayisyen an plis vle sifiyi yon enkyetid sou eta enferyè, non-reprezantatif, lang pèp ayisyen an nan mitan sosyete a. Akademi an se yon fason pou bay lang lan jarèt.

Mwen te pran plezi tande Robert Arisma pale de « medyakrasi » ann Ayiti, ki se selon li paladyolè nan radyo ak televizyon « k ap eksplwate yon vid pou pwòp enterè pa yo ». Misye di chak estasyon radyo gen jounalis « ki rele tèt yo dyektè opinyon pou yo otorize tèt yo pou dikte bay piblik la mòd gouvènman yo vle pou yo ». Malerezman, medyakrasi Arisma denonse jodi a a egziste nan lemond antye, kote gwoup enterè ki kontwole medya kominikasyon de mas yo kontwole tou dyeksyon politik peyi yo.

Lòt nan moun mwen te kontan wè se te Fritz Deshommes lè finalman nou rive jwenn yon lè ki bon pou nou rankontre. Li fè m yon sipriz : li vin avèk Myrtha Gilbert, avèk ki m t ap eseye fè aranjman pou nou wè nan landmen. Mwen konplimante Deshommes pou materyalizasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an ak travay lidèchip li pèsonèlman pou ede l met sou pye. Nou rememore sou lè nou te fè yon echanj lèt sou Entènèt sou sa nou panse yon Akademi Kreyòl Ayisyen ka ye e ka fè. Yon echanj ki te fèt apre m te bay repondonng ak yon apèl Fritz Deshommes te lanse pou nou egzekite demann Konstitisyon 1987 la ki mande pou gen yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Mwen remèsye Deshommes pou lefètke li pran yon enjonksyon konstitisyonèl de estad konseptyalizasyon e vanse li nan estad estratejizasyon e finalman materyalizasyon. Se te yon viktwa pou volonte chanjman pou liberasyon èt imen, e pou liberasyon pèp aysyen an an patikilye. Misye pote pou mwen yon kopi liv li a Ce pays qui s'ignore / Yon peyi ki pa konnen valè li (2013), kote li repwodui echanj lèt nou te fè nan jounal Alter Presse la. Sa te fè m plezi wè li te apresye echanj la opwen pou l repwodui l nan liv li a.

Tontongi avèk Fritz Deshommes & Myrtha Gilbert, jiyè 2016.

Wè Myrtha Gilbert jou sa a te ogmante kontantman m lè m te wè Fritz Deshommes. Dènye fwa mwen te wè tou lè de se te diran Kolòk Entènasyonal sou santyèm anivèsè nesans Jak Roumen an, nèf ane oparavan. Myrtha gen yon ensten trè pwenti kantilsaji defann dwa travayè ak travayèz nan peyi d Ayiti. Li pote yon kopi dènye liv li a ban mwen, Chronique d'une extravagante escroquerie (2012), ki se yon gran ankèt ak kondanasyon ekspwopriyasyon tè peyizan ayisyen yo pou plante pyebwa kawotchou pou ede jefò lagè Etazini nan ane 1941–1944 yo. Nou konnen rès listwa a : peyizan yo viktimize yo desann nan Pòtoprens, anpil nan yo vin deklase e ogmante ran yon lupenn-pwoletarya ak sipè-pòv yo ki, jiska ane 1980 yo, te rete chita nan bòdmè ak kèk rekwen Pòtoprens yo, nan zòn tankou Lasalin bò lanmè a, oswa Bèlè, yon kilomèt de la. Sa k vin rive evantyèlman nan Pòtoprens ak zòn alantou l yo—menm anvan tranblemanntè 12 janvye 2010 la—, se yon lasalinasyon tout Pòtoprens, ki kòmanse nan zòn Bwouklin, Site Solèy, kontinye sou Bizoton, Kafou, atake Bwa-Vèna, e menm Tijo ak Petyonvil, elatriye.

Pou respè konoloji, fòk mwen di tou, anvan mwen te wè Fritz Deshommes ak Myrtha Gilbert, mwen te resevwa James Darbouze, youn nan sa mwen te rele « triumvirat » ki te mikwojere Kolòt Jak Roumen an an 2007–2008 (lòt de manm triumvirat la te Fritz Deshommes ak Yaïssa Arnaud-Bolivar). Darbouze se yon filozòf e enjenyè amenajman sosyojewografik ki enterese nan yon apwòch mwen ta ka rele « anpirisis » sou chanjman sosyetal. Mwen te trè kontan wè misye, espesyalman apre l fèk fin pase tan li pou li ekri yon revi sou liv mwen La Parole indomptée / Memwa Baboukèt, ke l pibliye nan revi Haïti-Monde. Mwen remèsye l e felisite l pou atik la, epitou sou travay li an jeneral nan peyi a. Avèk kiryozite mwen mande l ki santiman li sou Akademi Kreyòl Ayisyen an, li di m : « Fòk nou rann omaj ak sa yo ki goumen pou mete AKA sou pye. » Li nonmen Fritz Deshommes ak Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an kou moun pou yo kredite kreyasyon AKA. Darbouze di li enpòtan e li dakò ak moun kouwè Robert Berrouët-Oriol ki mande pou ta genyen e met sou pye « yon apareyaj pou fè aplike » yon lwa sou amenajman lengwistik ann Ayiti. Yon lwa ki analize e ki jere rapò ant lang yo. Yon sosyete de dwa se yon sosyete ki respekte dwa moun. Yon dwa fondamantal ki egziste se dwa alapawòl, dwa pou w pale, pou w siyifye anviwonnman w avèk pwòp mo pa ou, avèk jayisman sovaj nanm ou, avèk tou eblouyisman ou ideyalize e fantasme pou tèt ou.

Jill, Jonah & Eddy Toussaint Tontongi avèk James Darbouze, jiyè 2016.

Kouwè li prèske enposib pou yon machann esklav konprann e byen santi kondisyon lesklavay la, li prèske enposib tou pou yon lokitè (palan) yon lang dominan—avèk tout privilèj e etadam li ofwi yo—konprann e santi santiman yon monolengwal kreyòl ke yo di lang li pale a pa yon lang nòmal e pa gen dwa o chapit.

An reyalite politik lang ann Ayiti rete jiska jounen jodi a yon kap fòs kote. Kote yon bò ap rale desann lòt bò a. Nan otèl Le Plaza kote nou te desann lan, nou remake dabò tout resepsyonis, sèvè ak sèvez yo adrese nou an fransè, menm si yo pa janm ensiste e reponn ak plezi lè m reponn yo an kreyòl. Kofrefò sekirite nan chanm otèl mwen an (« safe deposit box ») bay enfòmasyon pou opere li nan dis lang (fransè, anglè, espayòl, alman, italyen, japonè, chinwa, ris, koreyen ak arabik), men pa an kreyòl ayisyen. Nan dizèn emisyon televizyon mwen te ka wè sou televizyon otèl la, sèlman youn ladan yo te gen emisyon an kreyòl ayisyen. Fransè ak anglè te domine tout pwogram emisyon yo. An verite, anplis de jefò endividyèl ak kèk batisman enstitisyon kouwè Akademi Kreyòl Ayisyen an, se tout yon revolisyon politik e kiltirèl an pwofondè ann Ayiti k ap vin tabli lang ak kilti pèp ayisyen an kou manifestasyon lejitim sa li ye otantikman.

Rès katedral la apre tranblemanntè a, jiyè 2016.

Vizit mwen te fè devan e alantou katedral Pòtoprens lan te boulvèse m anpil. Mwen te deja wè nan televizyon e konnen kantite dega, degradasyon anviwonnman ak espas vivab yo tranblemanntè a te koze, men wè li ak pwòp zye m, se te yon lòt bagay. Pwosesis bidonvilasyon oswa lasalinasyon ki vin rive nan Pòtoprens ak zòn alantou l yo menase tout espas ayisyen an si pa gen jefò ki fèt pou kontrekare li. Se tip enkyetid sa yo ki fè mwen te mande James Darbouze : « Sa w panse ki ka fèt pou revèse kondisyon salte malouk ak povrete k ap ravaje tout Pòtoprens ak zòn alantou l yo ? » Darbouze di gen « yon dekalaj ant Ayiti ideyalize pa Dyaspora a ak Ayiti reyèl la ». Li bay egzanp yon kochon nan yon zòn ann Ayiti yo t ap tiye pou prepare manje. Okenn timoun nan zòn lan pa t twomatize pa espektak tiye kochon an : li te fè pati lavi òdinè yo. Alòske etranje ak moun ki sot nan Dyaspora a te ofiske.

Darbouze di li fè pati de yon kolektif ki rele « Assumer Haïti/Asime Ayiti », yon gwoup politiko-kiltirèl k ap chache kreye yon « sursaut », yon leve-kanpe, yon priz konsyans sou idantite Ayisyen an san retire kilti vodou a. Li di m kolektif la ap fokalize sou amenajman teritoryal Ayiti, sou pwoblèm lòjman, sekirite, elatriye. Dayè tèz doktora li, misye di, se sou rekonstwiksyon Ayiti li te fè l. Misye te fèk fin pèdi papa li lè mwen te wè l la, ou santi sa te chagrine li anpil, men sa te fè m plezi misye te pase vin wè mwen e ke l te kenbe djanm nan jefò l pou fè Ayiti miyò. Nou pale sou plizyè pwojè nou ka kolabore, youn ladan yo se fondasyon yon enstiti sou ibanism ann Ayiti, ki t ap travay ak minisipalite yo pou met sou pye yon politik anbelisman vil yo ann Ayiti, patikilyèman Pòtoprens ak lòt gran vil yo.

Jonah Toussaint ak Claudinette Pierre-Toussaint : Pann kawotchou devan kazèn CIMO nan Pòtoprens, jiyè 2016.

Vizit kay FOKAL

Nan lis moun madanm mwen Jill Netchinsky te gen nan tèt li pou li vizite, te gen Michèle Pierre-Louis, dyektris òganizasyon FOKAL la ke l te rankontre lè Pierre-Louis te vizite Inivèsite Harvard nan Masachousèt nan ane 1990 yo. Jill te toujou renmen jantiyès ak sans misyon pou byennèt Ayiti li te wè Madam Pierre-Louis te egzibe. Se konsa mwen menm, Jill ak Jonah fè yon desandelye sou FOKAL, nan lokal riyèl Rwa a, yon lendi mitan mwa jiyè kote Pòtoprens te cho kouwè chodyè sou dife. Menmlè nou pa t nan pwogram li, Madam Pierre-Louis te resevwa nou avèk kè kontan, li di wi li sonje Jill. Nou tou lè twa te renmen bèl akèy li ba nou a. Mwen ba l kèk kopi liv pa m ak liv nou pibliye nan Trilingual Press/Près Trileng e li ban mwen yon kopi yon tèks papa li Max U. Duvivier te ekri sou Okipasyon Ameriken, L’occupation américaine d’Haïti (1915–1934). Li ede edite e pibliye liv la, yon gran memwa temwen sou kòmansman okipasyon an. Sa te fè Pierre-Louis vizibman plezi lè m te di l mwen te tande pale de papa li nan kontèks rezistans kont okipasyon an.

Jill & Tontongi vizite FOKAL & Michele Pierre-Louis, jiyè 2016.

Pou di franchman, mwen se yon kritik tout pwojè ki finanse pa bòn volonte yon gwo bacha ; trè souvan lè gwo bacha a pèdi enterè—e kèlke swa lakoz pèt enterè a—, tout pwojè a vin kaba, paske se pa t yon fòs kolektif ki t ap soutni li. Nan ka FOKAL nou wè yon bagay diferan, nou wè dabò yon ideyalizasyon ak yon santiman aspirasyon byennèt pou Ayiti ki wè nesesite finansman pa gwo bacha men ki pa kite kontinwite ak lejitimite pwojè a depann de bòn volonte bacha a. Li chache divèsifye sous finansman li. Michèle Pierre-Louis te pale de Pak Matisan sou Abitasyon Leklè a, ki bay popilasyon an ak vizitè Ayiti yo yon kad ekolojik vital ak yon repè istorik kote yo depiste bèl bagay Ayiti ofwi moun.

Jill Netchinsky & Jonah Toussaint avèk Michèle Pierre-Louis, jiyè 2016.

Rekoneksyon mwen ak Pòtoprens

Tout lòt fwa yo mwen te al ann Ayiti, mwen te toujou desann swa nan Kafou, nan Petyonvil oswa Taba, men pa nan Pòtoprens, vil nesans mwen kote anpil katye m konnen yo te dechalbore anba laterè goudougoudou. Fwa sa a, mwen desann pou senk premye jou yo ak dènye jou a nan otèl Le Plaza, sou Channmas. Sa te fè m lapenn wè Pòtoprens nan eta dezolab sila a. Apremyè vi, ou ta di tout vil la se yon gwo mons wonjè w ap lese devore tèt li jiskaske l degrade konplètman e pase kou yon lafimen.

Natirèlman, e erezman, Pòtoprens pa sèlman dezolasyon, malgre kondisyon sib-imen anpil moun ap viv ladann. Malgre lasalinasyon l, vil la toujou ret anvi, katye yo, menm defigire, toujou gade cham yo, kouwè yon fi ki te bèl nan jenès li toujou gade yon bote anbachal. Men ou ta di tou, vil la se yon vil yo lese pou kont li, lese l deperi nan sipopilasyon, nan makonnen tout espas yo ak mache e machandiz, lese l tounen yon milye prèske inabitab.

Yon vi Mòn Lopital la depi Channmas, jiyè 2016.

Anfèt, youn nan bagay ki te emèveye m se vitalite Pòtoprens, vitalite moun yo menmlè yo ap koegziste avèk lamizè, kawos ak demisyon bò kote otorite Leta yo, ki plis enterese nan chache « demele » pou tèt yo ak fanmi yo ke nan zafè bezwen lasosyete an jeneral.

Vitalite a, nou te wè l tou sou Channmas ki, menm nan defigirasyon l parapò ak bèlte pase li, toujou konsève yon cham, yon atirans kache. Sa te fè m plezi wè ke menm nan mitan dezolasyon ak sipopilasyon, Channmas kenbe yon elegans ki manifeste nan alafwa bèlte achitektirèl plas la, plasman li ki fè Mòn Lopital la parèt kou chapo l.

Yon bagay ki te patikilyèman enpresyone m, se rasanbleman chak jou sou Channmas, pandan prèske tout jounen an, gwoup moun—jèn, mwen jèn, fi kou gason—k ap diskite sou politik peyi a, ak sou tout sijè ki gen enpòtans pou avni peyi a. Pandan ti bout tant mwen pase nan zòn lan, mwen patisipe nan de deba sou Channmas, youn te gen awè ak enperyalism Etazini sou Ayiti, lòt la sou relijyon vodou a.

Mwen te enpresyone pa nivo entelektyèl deba yo e pa seryozite debatè yo. Diskisyon yo te fèt nan disiplin ak respè pou agiman debatè opoze a. Anfèt, nan dènye deba m patisipe a te gen yon eleman ki sou e ki pa t two kondyòm nan atikilasyon agiman l yo e ki t ap chache fè diskisyon pou sèlman fè diskisyon. Debatè opoze l la, ki t ap dirije deba yo, mande misye pou li trankilize l, men l pa t a oken moman trete misye kou lennmi, ni kou yon endezirab. Mwen espere diskisyon patriyòt sa yo k ap chache yon solisyon ak pwoblematik ayisyen an ap vin jèminen dyeksyon pou yon nouvo fason pou fè bagay yo mache ann Ayiti.

Menmsi gwoup debatè yo te pou laplipa gason, te gen fi tou ki te la e ki patisipe nan diskisyon yo. Yon peyi ki gen moun k ap diskite sou sò li ak sou lavni li, se yon peyi ki gen chans pou l sove, sitou lè, kouwè nou te wè sou Channmas, gwoup moun sa yo te reprezante diferan gwoup daj, avèk yon majorite jèn ant dizwit a karant tan. Patisipan yo, sètadi tout moun ki te nan rasanbleman an, te la paske yo te vle patisipe nan yon diskisyon sou Ayiti, peyi yo. Se te pou mwen yon fòm elve sivism kote sitwayen ak sitwayèn peyi a desann sou plas piblik e diskite sou chanjman, mande pou gen chanjman nan jan sosyete a ap opere. Sa te rive nan epòk Revolisyon Fransèz la, e sa te rive tou nan epòk Revolisyon Ayisyen an. Se yon moman kote tout peyi a, omwen majorite sant entelektyèl, politik e afektif li, wè nesesite pou bagay yo chanje. Obsèvasyon sa a—sitwayen ak sitwayèn k ap diskite sou yon plas piblik sou oryantasyon peyi yo—te ranpli kè m ak lajwa paske li te montre m gen yon eleman kritik ki egziste e ki pa lese li kowonpi ni dekouraje pa zaksyon kontraryetan lennmi pwogrè pèp la, ni pa fo paradi peyi dominan, enperyalis yo ofwi kou swadizan rekonpans pou mank satisfaksyon egzistansyèl nou. Kouwè nou di piwo a, yon peyi ki gen gwoup sitwayen ak sitwayèn k ap diskite sou pwoblèm ak sou avni li se yon peyi ki gen anpil chans pou l sove.

Fowòm diskisyon sou Channmas, jiyè 2016.

Chache repons a kesyonnman lavi se yon kesyon ki alafwa filozofik, nan sans panse kou ideyalizasyon posiblite, men sèlman nan nivo vizyon, vizyon kou objektif iltim ideyalizasyon an. Men li se tou yon kesyon pratik sou kouman fòs ak resous objektif Leta yo, avèk sipò lasosyete tout ansanm, vin fòse anplwaye pou tablisman yon nouvo paradigm, yon nouvo orizon pou sa moun ye. Sou kouman yo ka konplètman chanje jan yo ap viv si yo vle angaje yo politikman pou chanje kondisyon politik lasosyete lè l jan l ye a p ap mache pou yo.

Obsèvasyon mwen fè sou Channmas la te ranpli m ak lespwa Pòtoprens ap yon jou reprann esplandè bèlte li, l ap vin reviv avèk yon nouvo vizyon sou sa li ye e sa li reprezante ; l ap retounen bèl Pòtoprens jenès mwen te konnen an, Pòtoprens kè mwen.

Vizit mwen ann Ayiti an jiyè 2016 : yon memwa

Dezyèm pati

Pwològ

Konpare ak kalm endiferansye mwen te eksperyanse nan ayewopò Logan lan nan Boston, kawos ayewopò Tousen Louvèti a nan Taba trè frapan pou tout moun ki mete pye yo nan li. Gen dabò dè dizèn ajan iregilye k ap ofwi èd yo pou pri yon ti kraze pandan yo fè w konprann se bon kè ki motive yo.

Lè w soti deyò ayewopò a, ou ta di w vin tounen yon sib enterè entans delapa yon bann ofwè èd epapiye nan kat pwen kadino ayewopò a. Natirèlman, mwen senpatize ak konpatriyòt sa yo, viktim yon chomaj andemik ki frape majorite popilasyon moun ki gen laj pou travay yo. An jeneral, mwen twouve ajan iregilye sa yo trè itil : yo ede w jere kawos ayewopò a.

Nou te nan kategori moun ki gen chans gen fanmi pou rankontre yo nan ayewopò a. Se konsa neve m yo Jean-Eddy ak Mackensy Lafontant ak zanmi yo Charles Denis Jacques te vin rankontre nou ; Charles Deni te trè jenere pou kondui nou nan machin prive li. Apre nou anrejistre nan otèl Le Plaza, nou depoze chay malèt nou yo nan chanm nou e kanale ale nan yon restoran nan yon paviyon sou plas Channmas la ki rezève esklizivman pou restoran ak lwazi, anpil ladan yo nan mi-chimen ant fritay sou Pòtay ak restoran nòmal. Manje a—griyo, bannann peze ak diri-kole—, te bon, koupe-dwèt, men malerezman mwen pa t jwenn menm kalite ekselans sa a nan lòt restoran mwen eseye lòt fwa yo m retounen nan paviyon restoran an.

Yon siy solidarite mwen remake : restoran nou chwazi a pa t gen diri-kole, kidonk nou di nou p ap ka rete danseka ; sèvez restoran an di, non, non, pa gen pwoblèm. Konsa l ale ka restoran vwazen sou kote a e pran diri nou kòmande a.

Nan paviyon restoran sou Channmas. De goch a dwat : Jean-Eddy Lafontant, piti Jean-Eddy, Tontongi, Charles Denis Jacques ak Mackensy Lafontant, jiyè 2016.

Flannay avèk John e Josiane Barnes e vizit lakay Bernard Diederich

Zanmi nou John Barnes ak madanm li Josiane Hudicourt Barnes te ban nou—mwen menm, madanm mwen ak tigason nou—kèk bon konsèy pratik konsènan lavi chak jou ann Ayiti, keseswa sou sekirite, ijyèn oswa prevansyon maladi. Tou lè de te viv plizyè dekad nan Kanmbridj (oswa Cambridge), nan Eta Masachousèt, anvan yo te deside pase majè pati tan yo ann Ayiti kote yo travay nan plizyè pwojè nan edikasyon ak sipò e pwomosyon atis ak atizay.

Yon konsèy mwen menm pèsonèlman te apresye delapa Josiane, se detèminasyon l pou l pa monte taksi motosiklèt yo, ki donnen kou djondjon sèdènye tan ann Ayiti. Depi jou yon zanmi jenès mwen te mouri nan yon aksidan motosiklèt, mwen toujou kenbe yon santiman « anbivalan » sou mwayen transpòtasyon sila a. Alafwa yon machin « seksi » ki glorifye maskilinite, yon mwayen transpòtasyon plizoumwen konvenab, e yon risk mòtèl aksidan, motosiklèt ban mwen anpil egzanp anpirik ki montre m li chaje ak risk. Plase sa nan kontèks ayisyen an kote pa gen okenn regleman ni respè pou regleman sekirite wout, ou wè monte motosiklèt se yon bagay ou pa jwe ak sa. Men malerezman, pou lebyen oswa pou lemal, li vin sèjousi yon mwayen transpòtasyon ki itil pou anpil moun.

Gras ak John Barnes, ke m konnen depi ane 1980 yo nan Kanmbridj (tou pre Boston), diran premye jou mwen pase nan Pòtoprens yo, mwen te gen yon ti chans wè Bernard Diederich lakay li, lavèy yon gwo gala fanmi li t ap òganize pou selebre 90èm anivèsè nesans li. Mwen te rankontre misye de fwa deja anvan, yon fwa nan yon konferans nan Miyami, an Florid, lòt la nan Boston lè li te vin prezante liv li, Le prix du sang, yon sòt swit liv misye ekri avèk Al Burt la, Papa Doc et les tonton macoutes.

Vizit lakay Bernard Diederich, apati de goch : Josiane Barnes, Jonah Toussaint, Phillipe Diederich, Tontongi, John Barnes (dèyè) & Ginette Diederich, jiyè 2016.

Liv sila a te enpresyone m anpil lè m te fèk rive nan Bouklin, Nouyòk, nan fen ane 1970 yo. Se pou lapremyè fwa mwen te wè yon layitay ekspozisyon si konplè ak yon denonsyasyon si sistematik kont malfektasyon rejim sanginè divalyeris la. Misye te gen respè mwen depi lè sa a. Ojis, lè mwen te rankontre misye nan konferans Miyami an, se te mwen menm misye te admire (se John Barnes ki rakonte m sa), apre m te leve kanpe kont yon konferansye Inivèsite Harvard te envite ki t ap di yon pakèt bann pawòl fatra sou Ayiti. Pwofesè a te gen yon vwa ki vle di li gen otorite entelektyèl, jès li ak langaj kò li endike asirans yon nèg ki konsidere analiz li yo kou kategorik. Li di Ayiti ak pèp ayisyen kaba e kondane pou yo viv nan abjeksyon diktatoryal pou rezon pwofesè a di li pa t konnen. Mwen leve kanpe e mande lapawòl pou m di pwofesè a tout sa l ap di yo se jebede, pawòl van, eke li pa konn anyen de listwa d Ayiti ak enpòtans Ayiti nan emisfè oksidal la. Se apre mwen vin aprann Diederich te renmen reyaksyon m lan e aplodi di.

Lè m vin li, kenz zan apre konferans Miyami an, yon liv memwa misye ekri sou anpil ekriven ayisyen ki te zanmi li nan ane swasant ak swasant-dis yo, mwen reyalize poukisa li te renmen sa m te di konferansye a : Diederich idantifye tèt li ak pwoblematik ayisyen an e li te santi menm endiyasyon avè m lè l te tande pawòl dwategoch konferansye a. Sa fè m plis plezi ankò lè m te aprann misye te marye avèk matant Josiane Barnes, Ginette.

Tontongi avèk Bernard Diederich, jiyè 2016.

Diran vizit lakay Diederich la, mwen te kontan tande l di Lucien Daumec te zanmi li. Li pa t di twòp sou Lucien Daumec nan okenn nan liv li ekri sou Divalye yo menmsi l mansyone misye nan kèk pasaj. Mwen te menm gen enpresyon misye te blame Daumec pou pwòp lanmò li petèt akoz de entimite Daumec avec Divalye yo (li te zanmi Divalye e li te marye ak yon sè madan Divalye). Men lè misye di mwen, avèk yon vwa tris, « Lucien te zanmi mwen », mwen santi li toujou gen yon chagren nan limenm ki koze pa trajedi lanmò Lucien Daumec la ki pa t janm kite l. Lucien Daumec se kouzen bò papa manmanm m, lè m te timoun mwen te eksperyanse doulè lanmò l ak frè li Dato Daumec te koze kay fanmi an, espesyalman manman yo, Madan Auguste, ki pa janm reprann li de chagren sa a.

Mwen te kontan wè Diederich ap pouse fèm nan travay ekriven li. Antanke yon egzile « volontè » ki kite peyi m pou m al viv aletranje, mwen toujou admire etranje kouwè Bernard Diederich ki pran desizyon pou y al viv nan peyi ki diferan de peyi yo, kouwè m te fè lè m te al viv an Frans ak o Zetazini. Natirèlman, ou ka jwenn ka vwayaj pou evazyon oswa legzilasyon nan tout sosyete oswa sivilizasyon. Lè li ka parèt se pa menm bagay ant yon blan ki deside viv ann Ayiti ak yon « boat-people » oswa egzile ki oblije kite Ayiti akoz de kondisyon malouk politik e ekonomik yo, si ou mete eksperyans blan an nan pwòp kontèks egzistansyèl pa l, nan peyi pa l, ou ka vin jwenn anpil resanblans ak pwòp boulvèsman egzistansyèl pa w.

Tontongi avèk Bernard Diederich, jiyè 2016.

Nan liv li Un petit goût de goyave, yon liv memwa li ekri sou plizyè ekriven ayisyen li te konnen lè l te fèk vin ann Ayiti, Bernard Diederich di li renmen Ayiti depi premye fwa li antre nan peyi a an 1949, antanke rezidan korespondan pou magazin Time 2. « Mwen dekouvri, misye di, Ayisyen te moun ki inivèsèlman amikal. Moun alantou m yo souri lè y ap akeyi mwen avèk yon “bonjou blan”. » Li rakonte nan liv sa a lè yon sware nan mwa desann 1949 li te fè konesans yon « triyo powèt : nèg gran e mens Roussan Camille, bèl jèn jan Jean Brierre ak Félix Morisseau-Leroy, yon nèg ki gen yon souri kontajye ». Yo t ap diskite mizansèn powèm Roussan Camille lan « Nedjé ». Yo te bezwen yon « blan » sou sèn lan. Pèsonaj Diederich te reprezante a « pa t gen okenn liy pou l resite, si mwen sonje byen. Mwen te sèlman bezwen gen lè yon “enperyalis”, kouwè Morisseau-Leroy di mwen avèk yon ekla ri ».

John Barnes di li jwe menm wòl la lè Jean-Claude Martineau t ap chache yon blan pou jwe nan yon pyèsteyat li.

Vizit nou nan Jakmèl

Lè mwen te di John Barnes mwen menm ak fanmi mwen te konte vizite Jakmèl pandan n ann Ayiti, misye ofwi nou tout lojistik nesesè yo : woulib pou n ale ansanm ak kote pou n abite. Gen kèk tan John ak Josiane deside pou yo pase anpil nan tan yo nan Jakmèl menmsi rezidans prensipal yo te nan Petyonvil. Jenewozite John, fason janti li ye ak tout Ayisyen, e lefètke l pale kreyòl « kou yon rat », anpil moun te deja pale m de li anvan m te rankontre l lè m te fèk antre nan Kanmbridj, Masachousèt, an 1977. Limenm ak Josiane rankontre lòt kèk ane apre ; yo fòme yon koup fòmidab nan Kanmbridj kote yo goumen pou fè respekte dwa Ayisyen e pou revandikasyon pou edikasyon bileng—anglè ak kreyòl ayisyen e nan sèten ka fransè—nan lekòl piblik yo, sètadi bay timoun ayisyen yo yon edikasyon ki respekte konesans yo genyen deja an kreyòl ak fransè e sèvi ak yo kou ekivalans lejitim parapò edikasyon nan lang anglè. Politik ak zaksyon militan sa yo te ede pou lontan anpil Ayisyen nan lekòl o Zetazini paske yo te aprann yo nan lang pa yo (jiskaske yo pare pou aprann nan ansèyman anglofòn konvansyonèl la).

Nou pase yon bon tan nan kay John lan ki te tou pre plaj lanmè a, an konpayi Michel Télémaque, yon pwofesè lekòl ki te an vizit ann Ayiti, ak elèv li Rocky Cotard, yon jèn ti Ayisyen ki te pran plezi aprann listwa glorifye peyi d Ayiti a. Pandan n nan Jakmèl nou te gen chans rankontre anpil moun ki fè grann diferans nan kominote yo a. Rankont nou avèk dyektris Ciné Institute a, Paula Hyppolite, te yon konfimasyon de sa volonte ak detèminasyon moun ka akonpli. Manmzèl rantre ann Ayiti apre 25 kan ap viv o Zetazini. Li itilize fòs pèsonalite li ansanm ak bòn volonte e solidarite lòt moun ki vle ede l pou akonpli avèk David Belle fondasyon enstiti a, ki layite kò l bò bèl rad lanmè Jakmèl la, avèk yon ekip konplè, plis machin e òdinatè modèn pou anrejistreman miziz ak fim.

Mwen te rankontre tou moun òdinè k ap viv lavi moun ki pa privilejye nan yon pwovens ayisyen. Mwen te apresye wè ti jèn jan ki konn vizite John yo ak pèspektiv pozitiv yo genyen sou lavi. Mwen te kontan rankontre Madan Orel. Li pèdi mari li okòmansman nouvo syèk la ; yo gen senk pitit fi ansanm. Madan Orel di mwen, avèk fyète, kouman li travay tè l chak jou, grenpe yon montay apik pou l al pran pwodui tè yo pou l vin vann nan vil Kay-Jakmèl kote l ap viv la. Li gen yon sal devan lakay li a ki sèvi kou yon famasi ki vann medikaman pou swen ijan ak swen konik. Li vann fèy tabak seche, li montre nou kouman li asenzonnen tabak la pou l ba li bon sant ; li di n, avèk entwisyon yon ekspè, ki tip kliyan ki renmen tabak fòtman asenzonnen, pa egzanp jèn yo ki souvan sèvi avè l pou woule sigarèt marijuana. John te prezante m Madan Orel kou modèl rezilyans ak imajinasyon peyizan yo. Yon lòt egzanp rezilyans ak enjenyozite peyizan yo John te montre m, te tip de ranfò peyizan yo konstwi, avèk tè ak wòch, pou anpeche inondasyon anvayi yo lè lapli tonbe.

Tontongi avèk Madan Orel ak premye pitit li Manilia Orel, jiyè 2016.

John te prezante m tou a yon jèn ti fi ki te anbarase paske l pèdi youn nan de dan anlè devan l yo. Li jennen pou l ouvri bouch li lè l ap pale. John di m l ap chache met sou pye, avèk èd yon bèlsè li ki dantis, swen dantè pou rekonstwi oswa ranplase dan ti jèn fi a pèdi a. Sa te fè m plezi tande sa. Sa te dwe toujou yon eskandal lè yon bagay ki aksesib a yon gwoup moun oswa nasyonalite pa aksesib a yon lòt gwoup moun oswa nasyonalite. Ti fi sila a te youn ki te chanse pami petèt dè milye ki pa gen yon bon samariten kouwè John pou ede yo.

Pandan m nan zòn Jakmèl ak Kay-Jakmèl la, mwen te gen opòtinite pou m rankontre kèk atis enpòtan nan kominote a, dabò Ismael Legacy Saincilus ki nòmalman abite nan Latibonit men ki pase anpil tan nan Kay-Jakmèl. John montre m kèk dodin misye desinen jan atis lontan yo te konn fè li. Lè m wè bèl estil penti atizay Ismael yo, e lè m aprann papa li, Ismer Saincilus, te yon gran atis rekoni nan tan li, ou di tèt ou misye gen bon avni nan kreyasyon atistik. Mwen te sèlman espere teren glise e enprevizid Ayiti a pa dechimennen misye. Yon bon ti mo Saincilus : « Si ou viv nan Pòtoprens ou ka vin nan lanfè. »

Mwen te gen chans tou rankontre Renold Laurent, yon jèn powèt e atispent k ap fè yon travay eklerasyon nan bouk l ap viv la. Li kòmanse kolekte liv pou yon bibliyotèk pou moun nan zòn nan. Mwen pote yon douzèn liv pou li ki pibliye pa Trilingual Press ansanm ak kèk kopi liv pa m ki pibliye pa L’Harmattan. Lè m te di John mwen pèdi nimewo telefòn Renold, di di m : « An n rele Rose-Marie Lamour ». Sito ke l tande rezon nou rele a, Rose-Marie di John : « O, se menm noumenm nan ! ». Se konsa nou fè aranjman pou nou wè ak Renold lelandemen nan galri Rose-Marie Petit Lamour a ki lokalize nan mitan vil Jakmèl, kote nou te gen chans rankontre Renold Laurent ansanm ak mari Rose-Marie a, Philippe Petit, yon blan Fransè ki te vizite Ayiti, ki tonbe damou pou li e ki pa janm retounen.

John, ki pran gran plezi pou l fè tout moun ki vizite l ann Ayiti dekouvwi bèlte kache peyi a, fè nou vizite tou (mwen menm, madanm mwen ak Michel Télémaque, yon pwofesè atizay nan Boston Academy), Didier Civil, yon lòt gran atispent ayisyen, renome pou mask papye-kole (oswa papye-mache) li fè yo, ansanm ak divèsite estil atizay li. Mwen te konn misye anvan paske li te konn kolabore avèk yon kolektif atis ak ekriven nou gen nan Boston ki rele Asanble Atis Ayisyen Nan Massachusetts.

Nan otèl Florita nan Jakmèl. De goch a dwat : Renold Laurent, Jill Netchinsky, Michel Télémaque, Rose-Marie Petit Lamour e John Barnes, jiyè 2016.

Mwen te gen plezi fè konesans Ronald Mews ki jwenn kalite ak konpleksite atistik li avèk yon kritik sosyete ayisyen an ki penetran. Li te montre yon pakèt jantiyès anvè mwen, madanm mwen ak pitit mwen. Lè mwen te fèk tande non « Mews » la, mwen bay yon min kontraryete ki poze yon kesyon ke Josiane Hudicourt Barnes konprann rapidman : « Non ! misye pa menm Mews ou konnen yo ! », li di m. Mews mwen konnen yo se yon fanmi voras ki domine nan biznis enpò-ekspò ann Ayiti, e ki eksplwate pèp la nan tout mwèl zo li pandan l ap anrichi tèt li nan vann pwodui ki fabrike oswa finalize pa fòs pèp la ke yo peye ak yon ti kichòy pou l pa mouri debou. Sa Josiane te vle di e ke m te konprann trè byen, sèke Ronald se yon eksepsyon. E lè mwen te rankontre l mwen wè li reprezante sa ki bon ann Ayiti, sa ki fè bèlte nou e li sanble li dedye lavi li pou l fè sa ki bon alafwa nan atizay li ak nan lavi prive li otan l kapab.

Sejou mwen nan Jakmèl te ede m wè lòt kote Ayiti ki te plizoumwen kamoufle anba pwosesyon dal kalamite ki akable peyi a pandan dènye senkant ane ki sot pase yo. Mwen te wè la yon santiman diyite pwofon ka chak grenn moun mwen te rankontre, gason kou fi, timoun kou granmoun, pov kou rich ak mwen rich.

Tontongi avèk Ronald Mews, jiyè 2016.

Pandan m te kay John lan nan Kay-Jakmèl, mwen rankontre plizyè timoun ki konn pase vin wè l ; menm lè gen kèk nan yo ki vin ofwi l bagay pou l vann pou yo, lòt sèlman vini pou ba l nan men e pran nouvèl li, men tout toujou montre, nan posti ak atitid yo, yon sans diyite ki te toujou enpresyone m. Nan jan timoun sa yo—ant laj 10 a 16 zan—apwoche e salye John, ou ta di yo vle montre John yo egal avè l nan yon sans metafizik, menm si, aparamman, John gen plis laj, mwayen, enfliyans ak otorite ke yo. E fason john tou aji avèk yo ankouraje yo pou yo kenbe fyète pwòp tèt pa yo. Mwen te rankontre santiman diyite sa a ka Madan Orel mwen mansyone anvan an. Wi sa fè m plezi wè Ayiti sa a, yon Ayiti ki kenbe sa zansèt yo te goumen pou li a : santiman yon moun ki egalego avèk tout moun sou latè menm si kondisyon sosyoekonomik li diferan de lòt moun yo.

Atispent Ismir Saincilus avèk John Barnes, jiyè 2016.

Sa fè m tou gen retni pou m pale de « mantalite » moun. Keseswa moun k ap viv nan dyaspora, nan kapital la, « an deyò » oswa nan prizon. Kote lè gen sitiyasyon mank, kote lè pa gen twòp pou moun pataje, tout e chak grenn objè nesite vital (san pale de sa de liks yo), vin gen valè ki plizyè fwa pi elve ke valè reyèl yo. Mwen te fè eksperyans ak eksperimantasyon presèp sila a lè m t ap travay nan yon refij pou moun ki sanzabri nan Boston an 1986–1987. Mwen te remake nan etablisman an te gen yon kantite de objè, de valè oswa san valè, k ap plede pèdi prèske chak jou. Pafwa, pou amize tèt mwen, mwen konn mete yon pòch sigarèt ak kèlke grenn ladann oswa yon bwat alimèt sou yon kontwa e evalye konbyen minit l ap pran pou youn nan sanzabri yo grape li [mwen pa vle di « volè » paske tèm « volè » a gen yon asepsyon kriminèl, alòske sanzabri yo pa t kriminèl]. Souvan li pran mwens ke yon minit pou pwodui a disparèt !

Pou moun ki ap viv lòt sikonstans e ki prese pou pote yon jijman « moral », an n di vèdik moun sa yo a p ap konte. Ou t a di obsèvasyon mwen an konfime yon presèp maksis ki di kondisyon ekonomik yo detèmine ideyoloji dominan an (oswa santiman moun), nan sans ke se pa degradasyon moral ki fè moun lan volè pòch sigarèt la, men pito yon adaptasyon nan yon milye rijid, malouk e demini.

Nan longè moman lavi yon moun, toujou genyen anpil evennman tanjansyèl ki rive à l'improviste, kouwè yo di an fransè, ki parèt san okenn moun pa t atann li e ki antre nan lòd natirèl « moman » an. Diran sejou mwen ann Ayiti nan mwa jiyè 2016, mwen te eksperyanse anpil nan moman sa yo. Tout moun ak eksperyans mwen relate la yo fè pati moman nan lavi yo e yo te frape m ase pou make yo isit la.

Nan mitan moman sa yo genyen mini-moman ki ka alafwa rejwisan, sous estrès ak dezagreman, pafwa sajès pwofon. Sila yo ka kouwè moman lè mwen menm ak madanm mwen te fè konesans Jibé Liautaud, yon Ayisyen k ap viv o Kanada e ki t ap vizite apre l te pase yon tan ap mande tèt li si l dwe jamè retounen nan yon peyi kote zenglendo te kidnape li e l te pre pou l pèdi lavi li. Etandone pwofondè rasin li ak peyi zansèt li yo, li deside pou l pa kite twoma eksperyans sa a separe l avèk Ayiti. Lè w wè li nan Jakmèl, ou ta di li pa t janm kite Ayiti. Li te trè janti ak nou e ak pitit nou, Jonah. Li ede misye oryante l nan estaj li te fè nan Ciné Institute a nan Jakmèl.

Ti Mouyay in/nan Kay-Jakmèl, 2016.

Genyen moman tou lè m pa t rennen jan pitit gason m lan t ap viv kay Ronald Mews la apre yo te garanti l yon pi bon aranjman (yo ba l ak Rocky mitan salon an pou yo dòmi). Mwen deside manfout mwen de tout pwotokòl sosyal e adrese kesyon an dirèkteman a Mews. Lwen pou l ta fache, Mews di m antanke papa tou limenm li konprann enkyetid mwen e ofwi pou l plase Jonah nan yon lòt kay sou kote a ki te ba l plis vi prive. Epi Mews envite mwen, madanm mwen ak tigason mwen pou n al manje yon gwo kabrit li te boukannen pou okazyon vizit chantè Tito Maréchal ki te sot o Kanada. Alèd kabrit, wonm, byè, bannann peze ak lòt komodite, yon anbyans chanpèt te kreye akonpaye pa mizik, dans, rejwisans. Tito Maréchal chante pou nou kèk moso nan yon nou CD li te fèk soti.

Te gen moman yon chanpyona foutbòl nan Kay-Jakmèl kote kominote a te konn, chak aprèmidi, vini aplodi ekip foutbòl respektif li nan yon anbyans banbòch ak kè kontan. Malerezman chanpyona a fini nan goumen lè yon gwoup ki sot nan yon lòt zòn pete yon deblozay, kouto te rale, panik te pran asistans lan. Òganizatè yo sispann chanpyona a, e sa te fè m mal paske mwen te amize m anpil nan asiste foutbòl lokal la.

Yon moman ki te enkyetan pou madanm mwen se lè mwen menm ak John, akonpaye pa Ira Lowenthal, tonbe nan yon diskisyon nan yon ba-restoran ki te sou kote kay John la. Diskisyon an te osijè atitid ak opinyon nou sou gouvènman Jan-Bètran Aristid la, ke nou tou lè de te sipòte pou prezidan an 1990. Dezakò nou te sou sa k rive Aristid an fevriye 2004 la.

Mwen toujou rann klas politik ayisyen an—ki gen tandans rejeksyonis e konspirasyonis—responsab de eskalad ak iredantism ki abouti a 29 fevriye 2004, kote peyi d Ayiti pèdi endepandans li pou premye fwa depi 1936. Dotanplis pèt endepandans sa a pa t nesesè si sèlman eleman opozisyon anti-Aristid yo te asepte yon solisyon kriz la ki akomode pou Aristid ret prezidan pou yon ti tan ankò. Yo te pito fè magouy e prefere yon mond enkoni san Aristid avèk tout potansyèl destabilizasyon li te gen pou nouvo demokrasi ayisyen an.

Nan yon moman nan diskisyon avèk John lan, mwen di li se enfliyans boujwazi ayisyen, ki te an majorite anti-Aristid, ki eksplike antipati li devlope pou Aristid la. John pa t renmen karakterizasyon sa a e montre li avèk ekspresyon fizik vwa li e li pa t kache mekontantman li. Menm lè madanm mwen te dakò ak opinyon m yo, li dezapwouve ke m montre dezakò mwen ak John avèk yon tèl fòs pandan ke m ap viv lakay li ! An reyalite sa pa t yon pwoblèm pou mwen. Mwen te toujou santi m trè alèz ak John. Mwen di Jill, John avè m gen prè de karant ane n ap diskite konsa. Kit pou John, kit pou mwen, diskisyon nou nan swaye sa a te kontinwite yon relasyon nòmalize—ant yon blan etazinyenn ak yon nwa ayisyen—nan reyalite ak imanite nou tou lè de pataje, menm si gen kèk nyans.

Sa ki enteresan an, apre nou kite ba-restoran an, e tout lòt moun al dòmi, mwen menm ak John nou pase rès sware a ap bwè e pale anba galri lakay li a. Li pale m de relasyon l ak papa li. Lè w tande istwa papa li, ou konprann kote li pran predispozisyon filantwopik ou wè lakay li a. Papa li te yon pastè pwotestan ki vin dyektè mezon edisyon Doubleday. Li sèvi ak gwo ran li nan konpayi a pou l anplwaye moun nwa e defann yo lè rasis blan meriken atake yo, opwen yo te bal non jouman « Nigger's lover », ki vle di yon moun ki renmen moun nwa men ke rasis yo itilize kou yon jouman. Pozisyon papa John lan te riske e admirab lè w mete li nan kontèks mouvman pou dwa sivik nwa yo ki t ap anime sosyete Etazini an nan lane 1960 yo.

Kanta John limenm, byenke li gen anpil relasyon ak boujwazi ayisyen, li toujou kenbe yon pozisyon kritik anvè l, men sa li di sou li : « Boujwazi ayisyen an pa gen enterè oswa envèstisman ann Ayiti. Yo pase weekend yo aletranje, Ayiti se yon machin ATM pou yo. (…) Enjistis san pou san ann Ayiti. No sense of solidarity. No one helps anyone. »

Avrèdi, pozisyon anti-Aristid yon moun pa sèl paramèt pou mezire validite konsepsyon politik moun lan. Mwen menm tou mwen te yon senpatizan mouvman lavalas la ki vin tounen yon kritik apre Aristid asepte retounen ann Ayiti anba pwoteksyon marin meriken e anba kondisyon yon nouvo okipasyon Ayiti. Mwen te toujou panse pwoteksyon marin meriken yo te yon kado pyeje : Si w ba yon moun dwa pou l mete o pouvwa, ou ba li dwa tou pou l retire w lè l vle.

Mwen plis enterese jodi a nan sa Ayiti ye, sa li ka devni, ki moun ki gen entere l akè, ki leson listwa ki dwe retni. Mwen sèten, anpil nan ekriven e manm klas entelektyèl ayisyen yo ki te klewonnen pou Aristid ale, pa t renmen rezilta rejim semi-fachis ki te ranplase l la, san bliye sa ki vin bay sa nou gen kounye a. Se byen malere eksperyans Aristid la te vin gen derapaj pa l ki ede lennmi yo konfime pwòp pwofesi yo.

Tan pèsonèl

Fanmi m yo ak relasyon m yo ann Ayiti te toujou enpòtan pou mwen e kontak ak yo ede m kenbe yon kontinwite imajinè ant Ayiti m te kite a ak Ayiti kounye a ki egziste nan Reyèl. Sepandan, refizan tout diktati moralite sosyal, mwen pa enpoze sou tèt mwen okenn obligasyon anvè yo. Antanke viktim peyi-repouswa diktati divalyeris yo te vin fè Ayiti tounen an, mwen te toujou plis enterese nan mouvman pou sakaje l, destriktire l e reestriktire l nan yon pèspektiv revolisyonè. Mwen pa t janm vrèman enterese—malgre patisipasyon m nan kèk zèv filantwopik—nan pase pansman sou yon kansè ki bezwen yon entèvansyon pi rasinal.

Premye ane m yo aletranje, mwen pa t gen twop kontak ak Ayiti, menm si m toujou rete atache ak li e enterese nan praksis politik k ap mennen yo pou ede chanje l. Men m eseye otan ke posib pou m pa lese m kontamine pa mesyanism dyasporik ki afekte anpil nan diskou politik osijè pwoblematik ayisyen an.

Natirèlman, mwen te kontan rankontre tou fanmi mwen yo ak zanmi mwen yo ki ap viv ann Ayiti. Yo gen yon desten ki pi mal ke sa m ap viv kounye a, men mwen te deja viv menm desten sa a lè m te ann Ayiti e pandan premye ane mwen yo aletranje. Anfèt, menm lè mwen gen yon djòb kèlkonk e m gen mwayen pou m manje e peye kote m ap dòmi, sitiyasyon m pa pi anvye ke sa. Apre près karant tan m ap travay nan peyi a, ou t a di mwen t a sove ; men an reyalite, kouwè 99 pou san moun k ap viv o Zetazini, tranzisyon de yon moun ki gen kay pou l rete oswa ki gen ase pou l manje, ak yon sanzabri k ap domi nan lari e ki grangou oswa totalman demini, se yon zafè de de semèn pèyman nan yon travay. Otreman di, si ou pèdi yon travay ou ladann e vin yon chomè pou sèlman de semèn, ou ka twouve w nan lari, sanzabri, grangou, demini…

Sa pa t anpeche m wè m kou yon privilejye, ki gen yon alyennkat, yon djòb o Zetazini, kidonk yon nonm ki pa bezwen chaje tèt li sou malsite ann Ayiti. Se rezonnman sa yo ki fè mwen pa janm santi m siperyè okenn moun, e ki fè m kenbe yon anpati, yon senpati ansanm-ansanm, avèk vrè demini yo. Se nan pèspektiv rezonnman sa a ki fè mwen konprann remak James Darbouze la lè li pale de koutje papa-bon-sovè-ki-konnen-tout-bagay (tèm pa mwen) dyaspora ayisyen yo voye sou Ayiti lè yo vizite zile a : « Yon dekalaj [depamantasyon] ant Ayiti ki ideyalize pa dyaspora a ak Ayiti reyèl la », Darbouze di.

Mwen te pran plezi pase tan ak fanmi m yo, an patikilye sè m yo, Sherlyne, Claudinette e Yvrose, neve m ak nyès mwen yo Mackensy, Jean-Eddy, Ricardo, Matou, Bianca, pitit Claudinette yo. Yo tout montre yon grandè despri nan kalamite jeneral peyi d Ayiti, yo kenbe pèseverans pou fè lavi kontinye bat zèl li menm lè pa gen twòp van.

Mwen te kontan wè zanmi m yo, an patikilye Reginald ak Boulou Leroy ki fè de Ayiti yon nouvo refij apre yo retounen ladann apre anviwon ven tan o Zetazini. Mwen te fèk rankontre yo nan yon apatman nan Bouklin, nan Nouyòk, lè mwen te fèk vin o Zetazini. An jeneral, moun pa two chanje de yon laj adilt ak yon lòt e sa te fè m plezi wè sa kay Reginald ak Boulou : yo toujou kenbe menm penetrasyon ak pèspektiv filozofik yo sou lavi ke m te toujou renmen lakay yo. Lè youn ka pi « rasyonalis » ke lòt (Reginald) e toujou pran desizyon pou akonpli otasi (otonomi) nan sivivans, Boulou limenm toujou kenbe yon atitid pi egzistansyalis sou lavi. [Malerezman misye pèdi lavi l anba yon absè ki vin enfekte an novanm 2018. Mwen pale de sa nan yon lòt memwa.]

Se te twazyèm fwa madanm mwen ak ti gason m Jonah te vin ann Ayiti ; fwa sa a, pou Jonah, nan yon moman kote li ka pi konprann fonksyonnman jeneral peyi a (dènye fwa a li te gen sèlman nèf an). Madanm mwen toujou genyen yon afinite natirèl avèk pèp ayisyen an, e li alèz avèk moun rich kou moun pov. Li leve e elve nan yon fanmi kote papa l ak manman l te montre l enpòtans tout kretyenvivan epi sitou dwa egalego natirèl e politik yo tout genyen e dwe genyen. Fòmasyon sa a ede l wè Ayiti avèk yon rega senpatik, san l pa tonbe nan sendwòm patènalis, ni nan awogans etranje-bon-samariten-sovè-malere. Se atitid sa a, san konte bèlte natirèl li, ki te atire m avè l e m trè kontan li kontinye montre li nan relasyon l avè m, avèk fanmi mwen e avèk pèp ayisyen an.

Konklizyon

Mwen te apresye anpil, menm lè m te lwen Ayiti, santiman solidarite ak jefò sovtay reyèl anpil peyi nan lemond antye te manifeste anvè Ayiti apre tranblemanntè a. Mwen konnen pi grann pati kòb peyi bayè fon yo te ofwi Ayiti a pa t janm debouse, e sa k te debouse yo pa t janm al jwenn moun ki te afekte yo. Men m rekonèt entèvansyon peyi kouwè Etazini, Kiba, Venezyela, Lafrans, Brezil, Repiblik Dominikèn ak Kanada, te ede anpil nan sivivans yon bon pati moun ki te viktim yo.

Panèl pwetik piblik nan Jakmèl, jiyè 2016.

Sepandan, mwen te remake tou nan enterè kontinwite yon paradigm charitabilis, asistansis e depandantis, anpil moun nan demann èd yo, te fè parèt tankou se te tout Ayiti ki te peri anba tranblemanntè a, alòske, ojis, an tèm de sipèfisi jewografik peyi a, se te yon kantite piti (yon pati Pòtoprens, Kafou, Leyogàn ak Jakmèl) ki te afekte. Tout lòt rès Ayiti pa t two oswa pa t ditou afekte pa tranblemanntè a. Men si w te koute pwopagann charitabilis la ou t a di se te fen Ayiti !

Se pwopagann sa a, ansanm ak bonsamaritanism anpil ONG yo, ki fè naratif sou Ayiti a—sou yon Ayiti apovri e san defans—, vin diskou dominan. Men, natirèlman, reyalite a se tout yon lòt bagay. Ojis, menm anvan okenn èd ONG oswa entènasyonal rive ann Ayiti, te gen anpil ti komite ad hoc ki te òganize espontaneman pa vwazen moun menm katye, san konte moun lòt komin oswa lòt bouk ki vini pot lamen nan jefò sovtay yo. Gen anpil egzanp ak temwayaj ki konfime fè sa yo.

Mwen te dezole lè m te wè eta dekonstonbray Pòtoprens ak Kafou, pi espesyalman kondisyon wout Kafou a plis ke sis ane apre tranblemanntè a. Malgre tout pwopagann gouvènman Michel Martelly a fè sou yon « Ayiti ki louvri pou biznis », avèk tout anonsman nan wopalè dal malèt lajan « pwisans enpòtan de baz » (« core countries ») yo te klewonnen pou vin « rekonstwi » Ayiti, mwen wè nan Pòtoprens yon mank total enfrastrikti iben, yon layite salte, fatra, kondisyon delabre bildin apre bildin, moun sou moun nan chak mèt kare, mank ijyèn piblik, pòv k ap mande toupatou, brèf, mwen te gen sans yon nòmalite dyabolik ki makonnen tout espas lavi.

Anpil moun estime chomaj nan Pòtoprens (petèt nan tout Ayiti)—chomaj nan sans moun ki pa gen yon travay ki peye l ap fè—, pliske 80 pou san nan popilasyon an. Se yon to elve ki montre pa gen yon politik piblik byen reflechi sou fason moun ap viv e sou kouman peyi a ap fonksyone kòm antite sosyo-antwopolojik rasyonèl. Nan sans sa a, gouvènman Martelly a ansanm ak sa anvan l yo, te yon grann echèk, paske yo kontinye e agrave konsepsyon fonksyon gouvènman Leta a kou poul ze dò w ap plimen.

Anfèt, sanble ke nòmalizasyon sitiyasyon malouk Ayiti a se yon prensip lelit ak klas dominan Ayiti yo—entelektyèl kou sosyoekonomik—adopte pou jistifye yon mank zaksyon ijan pa Leta pou chanje reyalite malouk la. Genyen yon sòt reziyasyon egzistansyèl oswa defetism ontolojik ki bwouye posiblite yon liy daksyon konsekan pou radilman chanje etadchoz yo.

Natirèlman, obsèvasyon nou fè nan memwa sa a pa depase fen jiyè 2016, lè nou te kite Ayiti e rantre o Zetazini. Apre sa, kouwè yo di, gen anpil dlo ki vin koule anba pon an.

Nòt

1. Malerezman mache a vin devaste nan lannwit 12 a 12 fevriye 2018 pa yon dife ki ravaje tout manbràn li. Jounal Nouvelliste repòte ke kamyon ponpye yo rive nan mache k ap anflame a san oken dlo pou tiye dife a, e se apre anpil lè pase lòt kamyon ponpye vin finalman ede tiye dife a. Menm mache sa a te angonmen pa yon lòt dife nan mwa d me 2008, epi totalman detwi pa tranblemanntè janvye 2010 la. Konpayi Digicel ede rekonstwi li e fòme yon sosyete anonim miks pou jere l.
2. Tcheke Bernard Diederich, Un petit goût de goyave, 2015. Tradui de anglè an fransè pa Ketly Mars.

Foto Degi

Akoz de kondisyon sikonstansyèl ki detèmine ekriti memwa sila a—e fason non-fòmèl mwen chwazi pou m manniganse li—, genyen anpil moun mwen te entèaji ak yo, anpil kote m te vizite ak eksperyans mwen te viv ke m pa rapòte nan memwa sa a. Tout moun konnen memwa se yon bagay ki selektif, omisyon lòt bagay sa yo pa vle di yo pa t enpòtan pou mwen, ni ke yo pa t gen valè pa yo.

Nou layite pi devan an kèk lòt foto moun ak peyizaj—ki mansyone oswa pa—nan memwa a pou divètisman lektè yo.

—Memwa sa a pibliye tou nan revi Potomitan ak Haïti Liberté, mwa janvye 2020

Nan galri atizay Rose-Marie Petit Lamour a nan Jakmèl. De goch a dwat: Jill Netchinsky, Tontongi, Rose-Marie Petit Lamour, Philippe Petit ak pitit yo & John Barnes, jiyè 2016.

Nan banbòch kabrit, mizik ak kleren lakay Ronald Mews nan Jakmèl. Nou remake Tontongi, Jonah Toussaint, Michel Télémaque, Rocky Cotard, ak lòt banbochè anba serenad tanbou ak gita pa Tito Maréchal, jiyè 2016.

Tontongi ak Didier Civil, nan galri atizay Civil la nan Jakmèl.

Tontongi ak Jibé Liautaud k ap pataje yon lakontantman nan lakou Ciné/Artist Institute a nan Jakmèl, jiyè 2016.

Tontongi ak Jibé Liautaud nan lakou Ciné/Artist Institute a nan Jakmèl, jiyè 2016.

Nan Mize MUPANAH (Musée du panthéon national) nan Pòtoprens, de goch a dwat: Michel Télémaque, Jonah Toussaint, a French visitor, John Barnes, Rocky Cotard, Tontongi & Jill Netchinsky, jiyè 2016.

Yon vi estidyo Ciné/Artist Institute a nan Jakmèl, jiyè 2016.

Tontongi ak James Darbouze nan lakou otèl Le Plaza sou Channmas, jiyè 2016.

Nan lakou otèl Le Plaza sou Channmas. De goch a dwat : Fritz Deshommes, Myrtha Gilbert, Jonah Toussaint, Marc Prou & Jill Netchinsky, jiyè 2016.

Nan atelye Atis Rezistans nan Pòtoprens, jiyè 2016.

Tontongi ak André Eugène nan atelye Atis Rezistans nan Pòtoprens, jiyè 2016.

Kèk manm estajyè ak travayè Ciné/Artist Institute a nan Jakmèl. De goch a dwat: François Macchiagodena, Louiguens Istrop, Jibé Liautaud, yon estaf Audio /Artist Institute an & Jonah Toussaint, jiyè 2016.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com