Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Le livre d’Ethson Otilien sur Maurice Sixto, «Maurice Sixto ou le phénix de l’oraliture», 2017.

Le livre d’Ethson Otilien sur Maurice Sixto, «Maurice Sixto ou le phénix de l’oraliture», 2017.

Santenè nesans Maurice Sixto:

Rezolisyon 2019 pou yon Jounen Sivik Maurice A. Sixto nan lekòl ayisyen yo

Lane 2019 la fè 100 an depi kontè e lodyansè Maurice A. Sixto te fèt nan vil Gonayiv. Ane sa a (2019) nan Pòtoprens, yon ekip inivèsitè, lodyansè, kontè, ekriven, militan kiltirèl te rann santenè li omaj nan yon kolòk ki te fèt sou zèv li nan mwa me (mwa nesans ak mwa lanmò Sixto). Apre kolòk sa a, òganizatè yo, nan lide pou yo fè pwomosyon zèv Sixto ak lòt lodyansè, te deside kontinye jefò yo rive mwa oktòb 2019 ki se mwa selebrasyon lang kreyòl la.

Rezolisyon sa a, se pou lanse nan memwa Sixto, yon apèl solanèl pou zèv li, ansanm avèk travay lòt lodyansè, jwenn yon plas espesyal nan sistèm edikasyon peyi a. Se yon fason pou ede jenès peyi nou an ak sosyete a chanje mantalite, grandi sivikman epi mantalman, sou baz plizyè aspè nan zèv Sixto. Tankou pa egzanp:

  • Travay Sixto, ak kèk lòt otè, kapab rive konsyantize plizyè jenerasyon, granmoun, jèn moun, pou yo kapab rive apresye pwofondè sosyal, imanitè, moral ak istorik kont ak lodyans sa yo, ki denonse diskriminasyon sosyal, kiltirèl ak lengwistik, koripsyon, enkonpetans, tirani, eksplwatasyon restavèk, abi sou fanm, moun andikape, elatriye.
  • Travay Sixto demontre fason li metrize lang ak kilti peyi nou, e li kapab pèmèt mesaj li pase nan tout kouch popilasyon an si zèv li rantre fon nan sistèm ansèyman an.
  • Travay Sixto kapab fasilite devlopman materyèl didaktik ki dwe ede plizyè domèn enpòtan nan ledikasyon, tankou syans sosyal, sosyoloji, devwa sivik, literati, pou nou site kèk nan yo.
  • Travay Sixto kòm lodyansè, ansanm ak travay lòt lodyansè ki travay nan domèn oraliti a, dwe jwenn plas yo menm jan ak travay tout otè tan lontan yo ak otè kontanporen pou yo anrichi ledikasyon jèn yo an jeneral sitou nan domèn literati, oraliti, istwa, kesyon etik ak kesyon sivik nan peyi a.

Apati konsiderasyon sa yo, siyatè rezolisyon sa a mande pou :

  • Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pran tout dispozisyon pou li dekrete yon Jounen Anyèl Refleksyon sou Sixto nan lekòl ak tout kalite medya. Jounen sa a, ki ta dwe tonbe nan dat 23 me, ki se jou fèt Sixto, ta sèvi kòm kanal pou itilize zèv li yo nan sal klas pou ede tout elèv reflechi sou pwoblèm sosyal ak responsablite sivik yo nan peyi a.
Reproduction of the DVD cover entitled “Here’s Maurice Sixto: The Great Eternal Front Luminous”.

Repwodiksyon kouvèti DVD «Men Maurice Sixto : Gran lodyansè devan Letènèl».

  • Leta entegre zèv Sixto nan kourikouloum syans sosyal, oraliti ak literati, oubyen pou ranfòse yo, kote sa deja kòmanse fèt.
  • Tout lekòl piblik, prive ak tout antite ki angaje nan edikasyon ak lakilti kontribye nan jefò sa a, kòmanse chèche resous ak zouti pou yo rive kouvri objektif sa yo.

Siyatè rezolisyon sa a rekonèt enstitisyon yo kapab gen limitasyon oswa manke resous ak kapasite lojistik. Se sa k fè, yo rete dispoze, nan mezi mwayen yo, pou yo ede reyalize objektif sa a apati 2020, epitou pou yo onore santenè Maurice Sixto.

Reprezantan komite a dispoze rankontre ak reprezantan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ansanm ak lòt patenè konsène e enterese sou reyalizasyon objektif sa a.

An nou fè lodyans Sixto yo tounen non sèlman yon zouti pou moun pran konsyans, men sitou yon zouti edikasyon pou transfòmasyon mantal ak sosyal konkrè nan ane santenè li a.

Kontak pou kowòdinasyon ak otantifikasyon :

Kontak Ayiti :

Gertrude Séjour ; sejourgertrude@gmail.com
Ethson Otilien, Byograf; ethsotilien@gmail.com

Kontak Aletranje :

Charlot Lucien, Boston; Charlotlucien@yahoo.com
Frenand Léger, Ottawa ; frenandleger@carleton.ca
Ludovic Comeau Jr, Chicago lcomeau@depaul.edu
Michel-Ange Hyppolite, Ottawa michelangehyppolite@rogers.com

Téléphones (Fondation Maurice Sixto) :
Haïti : (509) 3449-3583
International : 718-355-8201

Maurice Sixto dans le livret commémoratif de la Fondation Maurice Sixto, réalisé en septembre 2008. Photo intitulée «Le premier groupe d’enseignants haïtiens au Congo» et le président Kasa Buvu, en 1962.

Sous foto a: Maurice Sixto (dezyèm a dwat nan fon foto a) nan livrè komemoratif Fondation Maurice Sixto fè soti an septanm 2008. Foto a titre «Premye gwoup pwofesè ayisyen nan peyi Congo» ak prezidan Kasa Buvu, an 1962. Koutwazi Gertrude Séjour.

Centenaire de la naissance de Maurice Sixto:

Résolution pour une « Journée de réflexion civique Maurice Sixto » dans les écoles haïtiennes

Repwodiksyon kouvèti magazin: Mesyedam lasosyete, men Maurice Sixto.

Le conteur et lodyansè Maurice A. Sixto est né aux Gonaïves le 23 mai 1919. En mai 2019, qui marque aussi le 100è anniversaire de sa naissance, une conférence internationale avait été tenue à Port-au-Prince par un groupe d’universitaires, de conteurs, d’écrivains et d’animateurs culturels pour lui rendre hommage. Suite à cet évènement, les organisateurs résolurent de continuer leur effort à l’effet de sauvegarder et de valoriser l’œuvre de Sixto, et celle d’autres lodyansè, à l’occasion de la célébration de la langue créole pendant le mois d’octobre 2019.

Cette résolution est un appel solennel lancé aux instances culturelles et éducatives haïtiennes pour demander l’intégration des œuvres de Sixto et de celles d’autres lodyansè dans le système scolaire du pays. Du fait de leur richesse littéraire et de leur portée sociologique, ces œuvres sont des outils didactiques susceptibles de contribuer à l’épanouissement mental et civique de la jeunesse et de la société en général. Spécifiquement :

  • La portée du travail de Sixto, de pair avec celui d’autres auteurs, est à même d’amener des générations d’adultes et de jeunes à réaliser la profondeur sociale, humanitaire, morale et historique de ces lodyans qui dénoncent l’injustice, les discriminations culturelles et linguistiques, la corruption, l’impunité, le népotisme, l’incompétence, la tyrannie, l’exploitation des enfants en domesticité, les abus faits aux femmes et aux handicapés, etc.
  • Le travail de Sixto démontre une maîtrise certaine de la langue créole et de la culture haïtienne. Le message véhiculé dans ses lodyans deviendra plus accessible si l’œuvre qui le porte est systématiquement étudiée dans le système éducatif.
  • Le travail de Sixto peut favoriser le développement de matériels pédagogiques dans d’importants domaines éducatifs, tels que les sciences sociales, la sociologie, l’éducation à la citoyenneté, les genres littéraires, etc.

L’œuvre de Sixto et celles des autres professionnels haïtiens de l’oralité (conteurs, lodyansè) devraient occuper la même place que celles des auteurs des siècles passés ou des auteurs contemporains afin d’enrichir l’éducation des jeunes en général dans les domaines particuliers de la littérature, de l’oraliture, de l’histoire, du civisme, de l’éthique, etc.

Sur la base de ces considérations, les signataires de cette résolution demandent :

  • au Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) d’instaurer une journée de réflexion annuelle sur l’œuvre de Maurice Sixto dans les écoles et d’en inciter la promotion dans tous les médias et autres milieux appropriés. Cette journée, qui devrait tomber le 23 mai, permettrait d’utiliser les lodyans de Sixto et d’autres conteurs et lodyansè en salle de classe comme plateforme pédagogique destinée à aider les élèves à réfléchir sur les questions sociales et citoyennes ;
  • aux organes appropriés de l’État d’intégrer les œuvres de Sixto aux programmes de sciences sociales, de créole, d’oraliture et de littérature ou, au cas où elles en feraient déjà partie, d’en renforcer l’utilisation ;
  • à toutes les écoles publiques et privées et à toutes les institutions engagées dans l’éducation et la culture de contribuer à cette entreprise et de rechercher des ressources et des outils pour atteindre ces objectifs.

Les signataires de cette résolution admettent la possibilité que les institutions sollicitées confrontent des limites, en termes de ressources et de capacités logistiques, qui puissent les empêcher de satisfaire les demandes ci-dessus dès cette année 2019. Ils les exhortent, le cas échéant, à utiliser les moyens et ressources disponibles pour contribuer à la réalisation de cet appel d’ici 2020.

Des membres du comité sont disposés à rencontrer des représentants du MENFP, ainsi que d’autres partenaires concernés, en vue d’envisager conjointement les modalités d’atteinte de l’objectif poursuivi par cette résolution.

Faisons des lodyans de Sixto, non seulement un outil de sensibilisation, mais aussi et surtout un outil pédagogique pour une transformation mentale et sociale concrète à l’occasion du centenaire de sa naissance.

Coordination et authentification :

Gertrude Séjour, Fondation Maurice Sixto (Haïti)
Ethson Otilien, Université d’État d’Haïti
Charlot Lucien, Assemblée des Artistes Haïtiens, Boston
Frenand Léger, Carlton University, Ottawa
Ludovic Comeau Jr, DePaul University, Chicago
Michel-Ange Hyppolite, Sosyete Koukouy, Ottawa

Rezolisyon 2019 Jounen Refleksyon Sivik Maurice Sixto—Lis siyatè

Lis moun ki konfime

Prenon / Non

Tit/Okipasyon/Afilyasyon edikatif/kiltirèl

Eta/Vil

Akademi Kreyòl Ayisyen Enstitisyon akademik Port-au-Prince
André Lapierre Pardo Pwofesè Inivèsite, ekriven, kontè, Thespyen / Thespian Miami
Bernard Duly Fanfan Ekriven, edikatè retrete, Miami Dade Community College Santo Domingo
Alix Emera Pwofesè, École Normale Supérieure (ENS) Port-au-Prince
André Fouad Powèt, pwofesè Miami
Angelucci Manigat Powèt, direktè Jounal Haitian Voice Stamford, CT
Arnold Antonin Sineyas, Centre Simón Bolívar Port-au-Prince
Anivince Jean-Baptiste Ekriven, Direktè Rewoupman Ekriven Kreyòl (REK) Port-au-Prince
Augustin Nelson Direktè lekòl, Collège Canado Haïtien Port-au-Prince
Carey Dardompré Pwofesè, ekspè nan kesyon lodyans, Haitian Artists Assembly of MA Boston
Carl Fombrun Pèsonalite medya, jounalis kiltirèl, blogè, Le Coin de Carl Miami
Carl Henri Prophète Pwofesè, Université Quisqueya Port-au-Prince
Carole Bérotte-Joseph Edikatè, Prezidan inivète retrete (MA, NY) Houston
Carole Demesmin Atis chantèz, lidè espirityèl, United Artists Miami
Castro Desroches Ekriven, pwofesè, lodyansè New York
Cécile Accilien Pwofesè, Depatman Etid Afriken ak Afriken Ameriken Kansas University KA
César Amos Dizè, komedyen, lodyansè Port-au-Prince
Charlot Lucien Kontè / Lodyansè, Asanble Atis Ayisyen MA, GRAHN-USA Boston
Charlotte Dagobert Edikatris retrete nan Collège Roger Anglade Port-au-Prince
Christophe Charles Ekriven, kritik literè Port-au-Prince
Claude Bernard Célestin Pwofesè Inivèsite Quisqueya Port-au-Prince
Claude Moïse Istoryen, konstitisyonalis, pwofesè inivèsite Montréal
Claudy Delné Pwofesè inivèsite, ekriven Miami
Clotaire Saint Natus (Madan) Ekriven, Akademi Kreyòl Ayisyen Port-au-Prince
Daniel Dupiton Rektè, Université Publique de l’Artibonite aux Gonaïves (UPAG) Gonaïves, Haïti
Denizé Lauture Ekriven, powèt, edikatè, New York
Dorcena Dorzilme Ekriven, Emisyon Bouyon Rasin Montréal
Eddy Toussaint / Tontongi Ekriven, powèt, Trilingual Press / Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts Boston
Ethson Otilien Pwofesè inivèsite, ekriven Port-au-Prince
Eustache Henry Agwonòm, tradiktè Port-au-Prince
Féquière Vilsaint Editè, Educa Vision Pompano Beach
Fabienne Lozis Jiris, Emisyon Bouyon Rasin Ottawa
Fondation Maurice Sixto Enstitisyon kiltirèl Port-au-Prince
France Medeley Guillou Powèt, aktris Boston
Fred Lafortune Powèt, antolojis, Écho Culture Providence
Fred Williams Jounalis retrete Voix de l’Amérique Maryland
Frenand Léger Pwofesè, Carleton University Ottawa
Gabrielle Paul Edikatris, pèsonalite medyatik Jérémie
Gaëlle Clarisse Séjour Fotograf, Fondation Maurice Sixto Port-au-Prince
Gary Daniel Powèt, Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK) New York
Geneviève Dagobert Daler Edikatris New Hampshire
Gérard Marie Tardieu Edikatè, editè, Akademi Kreyòl Ayisyen Port-au-Prince
Gerdes Fleurant Etno-mizikolojis, Sant Gawou Ginou Mirebalais
Gertrude Séjour Filantwòp, Fondation Maurice Sixto Port-au-Prince
Ghyslaine Kénol Zanmi Maurice Sixto Gonaïves
Haitian Artists Assembly / MA Oganizasyon kiltirèl atis Ayisyen nan Massachusetts Boston
Henri-Robert Durandisse Ekriven, Sosyete Koukouy Montréal
Hugues St Fort Lengis, edikatè, ekriven New York
Jacques Garçon Atis pent Tampa
Jacques Pierre Pwofesè, Duke University North Carolina
Jan Mapou Librè, ekriven, Sosyte Koukouy Miami
Jean-Claude Martineau Powèt, kontè, pawolye, Haïti Culturelle Montréal
Jean Dany Joachim Edikatè, powèt Boston
Jean-Eddy Saint-Paul Sosyològ, Direktè Fondatè Enstiti Etid sou Ayisyen Brooklyn College, CUNY New York
Jean-Marie Théodat Jewograf, pwofesè Université d’état d’Haïti Port-au-Prince
Jean Odile Étienne Rektè, Université Publique de l’Artibonite, UPAG Gonaïves,
Jean-Pierre Antoine Pwofesè, Université d’État d’Haïti Port-au-Prince
Jean Wilner Pascal Ekriven Port-au-Prince
Jesler Mézidor Kontè, lodyansè Miami
Jobnel Pierre Anseyan, Sosyete Koukouy Canada
Jocelyn McCalla Militan Dwa Moun New York
Johnny Celestin Edikatè, direktè, Centre Haitien du Leadership et de l’Excellence Port-au-Prince
Johanne Brinius Banatte Pwofesè, Externat Saint Joseph Les Cayes,
Jude Jean-François Travayè sosyal, Sosyete Koukouy Canada
Judite Blanc Pwofesè, rechèch nan sikològ, Atizan Wellbeing, LLC Miami
Kiki Wrainwright Powèt, mizisyen, Sosyete Koukouy Miami
Fritz Deshommes Rektè, Université d’État d’Haïti Port-au-Prince
Kethly Mars Ekriven, pwofesè, Sant PEN, Ayiti Port-au-Prince
Lenous Suprice Ekriven, Komite Kreyòl Sant N A Rive Montréal
Ludovic Comeau Jr Edikatè, kritik literè, imitatè Sixto, ekonomis, pwofesè (DePaul U.), GRAHN Chicago
Luna Gourgue Edikatris, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) Port-au-Prince
Lunine Pierre-Jérôme Edikatris, Chiktay Literè, Randolph Public Schools Boston
Lochard Noël Ekriven, Rezo Kreyolis Ayisyen (REKA) Miami
Maguy Métellus Animatris kiltirè, militan afrofeminis Montréal
Manno Eugène Powèt, Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK) Montréal
Marlène Chouloute-Hyppolite Anseyan retrete, Samedi Littéraire Haïtiano-Canadien Ottawa
Marie-Thérèse Torchon Edikatris retrete, vèv / ansyen madanm Maurice Sixto USA
Maude Herteulou Ekriven, Kontèz, Educa Vision Pompano Beach
Max Dorismond Ekriven, antreprenè, Haiti Connexion Montréal
Max Manigat Pwofesè retrete, ekriven, kolèg ak zanmi Maurice Sixto ann Afrik Miami
Ménes Déjoie Pwofesè, ekriven, sikològ, Espas kreyòl New York
Michel-Ange Hyppolite Pwofesè retrete, ekriven, Akademi Kreyòl Ayisyen Ottawa
Michel DeGraff Pwofesè / MIT Linguistics, Inisyativ MIT-Ayiti, AKA Boston
Michel A. Péan Société Haïtienne d’Aide aux Aveugles (SHAA) Port-au-Prince
Michel Morisette Evèk, Mission Eben Ezer des Gonaïves Gonaïves
Michèle Voltaire Marcelin Powèt, Atis New York
Miguel Jean-Batiste Prèt, Direktè Foyer Maurice Sixto Carrefour
Mirlande Rouzard Butler Edikatris, Archipel University Port-au-Prince
Nicolas André Lengis, pwofesè inivèsite, Florida International University Miami
Patrick Lucien Filantwòp, EDEM Foundation Torbeck
Pascale Millien-Faustin Ekriven, Sosyete Koukouy Connecticut
Patrick Dodard Pwofesè Gonaïves
Patrick Sylvain Pwofesè, powèt, Brown University Boston
Pierre Splendeur Toussaint Pwofesè, etidyan ISTEAH Cap-Haïtien
Raynold Billy Sikològ, pwofesè inivèsite ; Université Notre Dame Port-au-Prince
Regwoupman Ekriven Kreyòl Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK) Entènasyonal
Reynald Orival Edikatè, Institut Provincial Gonaïves
Renauld Govain Lengis, pwofesè nan Faculté de linguistique Appliquée Port-au-Prince
Reynald Altéma Doktè, ekriven, Association des médecins haïtiens… Florida
Roosevelt Desronvilles Editè, JEBCA Editions Boston
Samuel Pierre Pwofesè, syantis, GRAHN-Monde Montréal
Sauny Pierre Pwofesè, direktè lekòl, L’école du village Île-à-Vache
Sauveur Joseph Lengwis, Komite Kreyòl Sant N A Rive Montréal
Sosyete Koukouy Oganizasyon kiltirèl International
Stéphanie Séjour Sosyològ, mizisyèn, Fondation Maurice Sixto Miami
Sterlin Ulysse Pwofesè inivèsite, kritik da, ENARTS Port-au-Prince
Suzy Castor Istoryèn, pwofesè inivèsite Port-au-Prince
Thierry Prinston Pwomotè kiltirèl Port-au-Prince
Wally Steven Laguerre Zanmi Maurice Sixto, Fondation Maurice Sixto Port-au-Prince
Watson Denis Profesè, Université d’État d’Haïti / Centre Challenge Port-au-Prince
Wilson Paulémond Direktè, Direction Nationale du Livre Port-au-Prince
Yvon Lamour Pwofesè, konseye sikolojik, Sant Devlòpman Kreyòl Ayisyen (SDKA) Boston
Zermatt Scutt Edikatris / Ekriven, Fondatris Edisyon 2 Kreyòl Yo Jacmel

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com