Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Tribin lib

RRA Haiti Map

Nòt sou konjonkti a

Fòs yon pèp chita sou bon jan oganizasyon !

Pòtoprens 24 jen 2019

Nòt sou konjonkti sa a se pou tout militan ak senpatizan RARA. Se pa yon analiz konjonkti jan nou konn abitye fè l la. Se yon nòt pou pote plis limyè sou moman an, men k ap makonnen ak tout sa nou diskite deja sou konjonkti n ap viv la.

Manifestasyon sou Channmas, 17 oktòb 2018.

Manifestasyon sou Channmas bò Sine Triyonf, 17 oktòb 2018.

Reyalite jounen jodi a se atikilasyon pwoblèm estriktirèl sosyete a ak pwoblèm konjonktirèl ki la yo. Nan sans sa a, depi 213 lane, yon ti gwoup minoritè pran chaj tout richès peyi a pandan yo an menm tan ekskli pèp la. Yo mennen peyi a nan kafou tenten jounen jodi a kote peyi a fè fayit total. Epi, yo pa gen kapasite pou vini ak okenn solisyon ki nan enterè peyi a, ni nan enterè mas popilè yo, pa menm nan enterè klas mwayèn yo, ni jenn gason ak jenn fanm ki etidyan oubyen ki pa genyen okenn estati. Nan kout kat sa a, nou gen yon peyi depandan ekonomikman, politikman, kiltirèlman de enperyalis la ak boujwazi a, prensipalman oligachi a. Yon peyi eksplwate, bloke epi domine nan kad sistèm sa a. Sou sa, reyalite aktyèl la makònen lavi chè, pri tout bagay se tèt blan, ak koripsyon, enpinite, ensekirite jeneral ki nan peyi a kote moun ak zàm kontwole anpil moso nan teritwa a nan lespri pou pwoteje sikilasyon dwòg la, trafik zàm ak anpeche pèp la okipe beton an nan kad revandikasyon li yo.

Anplis, pouvwa PHTK a, yon pati ki kòwonpi depi nan pye rive nan tèt. Li ap fè represyon kont pèp Ayisyen an ki ap egzèse dwa lejitim li genyen pou li revandike nan manifestasyon pasifik. Poutan, fondman revandikasyon pèp la chita sou dèt Petwokaribe a ki plis pase de (2) milya dola, kote pèp la ap peye yon lajan li pa depanse. Objektif akò ak pwogram Petwokaribe a, Ayiti siyen ak peyi Venezuela se te pou ogmante pwodiksyon agrikòl la ak agroendistriyèl epi mete enfrastrikti nesesè pou bay pèp la sèvis li merite. Men olye dirijan Leta a bay pèp la sèvis, se vòlò yo vòlò lajan an epi yo kanpe an kanson fè pou pwosè Petwokaribe a pa fèt.

Lòt kòz ki fè pèp la move se monte ak desann dola peyi Etazini Amerik la sou mache echanj lan an Ayiti epi lavi chè ki pa sispann vale tèren. Kanta sou koripsyon, chak kontra nan dosye Petwokaribe a pèmèt nou dekouvri anchennman koripsyon an nan plizyè nivo nan peyi a. Petwokaribe, se finalman yon vas operasyon koripsyon, vòl ak gaspiyaj. Fòk nou ajoute : dosye Petwokaribe la ap alimante kriz estriktirèl peyi a ki la a nan ogmante dèt nasyonal la epi ogmante povrete popilasyon an paske fòk nou konnen nou tout dwe plis pase mil senk san swasann twa (1563) dola meriken. Pou rapèl, dèt peyi a an dezyèm (2èm) pozisyon nan bidjè Leta a. Li tèlman wo, prèske pa gen lajan ki rete pou lopital, lekòl, sante, elatriye.

Manifestasyon sou Channmas, 17 oktòb 2018.

Manifestasyon sou Channmas, 17 oktòb 2018.

Ki Pozisyon aktè yo sou kriz sa a

Nou divize aktè yo an plizyè gwoup. Premye gwoup la se sektè ki vle kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa kèlkeswa kondisyon yo. Sektè sa a genyen ladan li : oligachi a, Sheriff Abdalah an tèt, Renold Deeb, elatriye, ki toujou sèvi ak Leta pou ranmase lajan ; machann dwòg yo, tout gwo babin ki lye ak komès dwòg la nan peyi a. Nan gwoup sa a, nou jwenn gwo zotobre nan Leta a : tout majistra kominal ki ap sipòte pouvwa kale tèt la ; ou jwenn delege depatmantal, senatè ak depite kowonpi yo; jij kowonpi nan lajistis la.

Dezyèm gwoup aktè yo vle Jovenel Moïse kite pouvwa a men se nan sans pou kenbe sistèm nan. Sa vle di, kategori moun sa yo dakò pou chanje ekip ki la a, epi makiye sistèm peze souse a san chanje anyen nan nannan li. Aktè ki nan gwoup sa a vle genyen kontwòl tranzisyon an pou byen fè makiyaj la.

Twazyèm gwoup aktè yo se entènasyonal la, sou bò pa li, li vle si pou Jovenel Moïse kite pouvwa a, fòk se yo ki kontwole ekip tranzisyon an soti nan moun yo ap nonmen jis rive nan kontni tranzisyon an. Pozisyon entènasyonal la vize mare pouvwa tranzisyon an nan pye tab li pou kontinye piye richès peyi epi gen yon pouvwa restavèk ki ap ekzekite tout lòd li pase, men se kont enterè pèp ayisyen an.

Katriyèm gwoup aktè yo se pèp la ki vle pou Jovenel ak gouvènman defakto malatchong lan kite pouvwa san kondisyon epi mete fen ak rejim PHTK a ki mete pèp la nan yon mizè san parèy. Pozisyon gwoup sa klè, chak jou li ap vin pi radikal, sitou se yo k ap sibi lavi chè a, represyon pouvwa ap fè sou moun nan kad manifestasyon yo ak masak ki fèt nan katye popilè yo tanzantan.

Kisa aktè yo pare pou fè ?
Gen 3 pozisyon ki degaje nan moman an :

Pozisyon 1: Prezidan an, gouvènman ak tout blengendang ki avèk li yo plis machann dwòg yo epi yon moso nan oligachi a ki di : « Yo p ap fè yon pa kita, yon pa nago.» Blan meriken sanble pataje menm pozisyon sa a. An plis, raketè nan òganizasyon rejyonal ki se OEA debake nan yon delegasyon ofisyèl pou mande pèp la kite Jovenel Moise fè manda li epi pou opzisyon an ale nan eleksyon si li vle pran pouvwa. Se menm OEA sa a ki pase anba pye menm prensip sa nan peyi Venezyela. Estrateji yo se fè tan pase epi yo di : « Y ap pran pèp la sou rezistans paske yo p ap kapab kenbe manifestasyon pandan lontan.» An menm tan yo lanse yon kanpay ideyolojik manch long ki marye ak denigreman rapò Petrokaribe, fè manti sou moun epi pase match foutbòl chak jou pou demobilize pèp la epi fè divèsyon. Lòt aks goumen aktè ki nan pozisyon sa a, se tanmen represyon sou tout teritwa avèk lapolis epi gang yo k ap travay pou pouvwa a kale tèt la.

Pozisyon 2: Yon seri aktè ki pou chanje gouvènman an ki la epi mete yon tranzisyon nan lide pou fè yon makiyaj nan administrasyon piblik la apati yon dyalòg pikekole. Aktè ki ap soutni pozisyon sa a vle pou Jovenel Moïse tonbe sou pouvwa a, kraze palman ak egzekitif la. Se ka yon volim pati ladwat. Objektif kache a se fè tan pase pou pwosè Petwokaribe a pa fèt, paske moun ou pa ta panse gen men li tranpe nan krim finansye Petwokaribe la, nan tout kan. Oum !

Pozisyon 3: Aktè sa yo vle Taboularaza, chavire chodyè a : kraze palman ak egzekitif la (Prezidan ak tout gouvènman de fakto ki la a) ak Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Nan pozisyon sa a, anvan tranzisyon an monte se fè rapid rapid Petwodechoukaj. Objektif tranzisyon an se chanje rejim politik la san manyen sistèm la. Y ap fè tan pase nan lanse konferans nasyonal pou soti ak yon pwojè peyi.

Kouman nou (RARA) wè sa ?

Nan nimewo 2, volim 3, desanm 2018 Jounal 1804, editoryal la te klèman di chanje sistèm lan ap mande yon kokenn chenn goumen nan sosyete a. Jounen jodia, genyen yon diskou tout moun, tout klas sosyal genyen : se chanjman sistèm nan ki rive nan bout li. Kouman pou nou konprann koze sa a ? Èske lè yo di chanjman sistèm lan tout moun ap pale menm bagay, menm koze ?

Oligachi a, divalyeris yo di sistèm lan rive nan bout li. Menm Jovnèl ak Mateli (PHTK) di li pa kapab bay anyen ankò. Sou koze sa a, gen moun ki di depi ou wè kalte ensekirite ki blayi la a, kriz lejitimite sa yo, bout… Nou menm, nou (RARA) di sistèm lan bout depi byen lontan pou plizyè milyon moun nan pèp la. Sa ki fè diferans lan, se paske jounen jodi a, pourisman ak dekonpozisyon sistèm lan koumanse atenn sèten moun nan jwisans yo. Se sa ki fè yo reyalize brid sou kou : sistèm lan bout. Men, sou ki sistèm n ap pale epi sa nou di sou li ? Chak moun selon klas sosyal li ye a gen yon fason li wè pou chanjman sistèm sa a ta fèt. Kidonk, chanjman sistèm nan pa menm pou tout moun, se sa ki fè tout moun pa wè li menm jan. Nou jwenn dapre ankèt nou fè nan mitan popilasyon an 2 kalte jan, chanje sistèm lan poze :

I: Pou plizyè moun se sèlman yon chanjman nan rejim ki la kounye a yo vle. Nou vle di ant boujwa, ti boujwa reyaksyonè ak klas mwayèn nan, diferans lan pa anpil. Nan tèt tiboujwa ki koumanse pran frap jounen jodi a, chanjman sistèm lan vle di pou yo gen mwayen pou yo kapab woule, epi fè biznis. Sa vle di pou yo gen aksè ak kredi, touche byen, epi genyen diferan kalite resous pou yo sa rive viv tou menm jan ak boujwa yo. Nan tèt boujwa yo menm, se pou Leta a kreye mwayen nan peyi a pou yo kapab fè plis lajan. Kidonk, pati politik ki rete makonnen ak klas sa yo epi lòt moun k ap defann lide sa yo ap mande dyalòg ak Jovenel Moïse epi ap tann gwo dyòb pou al piye kès Leta a.

II: Pou plizyè lòt moun se yon chanjman pi pwofon pou mas popilè yo, an jeneral, klas ouvriyè a, ak peyizan, mete ansanm ak etidyan, klas mwayèn pòv yo elatriye, ki yo menm viktim sistèm kapitalis la, sistèm dominasyon an, opresyon, eksplwatasyon, eksklizyon sosyal, ekonomik ak politik ki deplotonnen nan peyi a depi nan ane 1806, chanjman sistèm lan pi pwofon pase sa nou panse. Se menm bagay tou pou yon moso nan klas mwayèn privilejye yo. Men la a tou nou jwenn 2 kouran lide :

1: Pou yon pòsyon nan yo, ki poko rive nan nivo konsyans klas pou l genyen an, li kwè se chanjman prezidan, gouvènman, palman ki pou fèt touswit epi pote koreksyon pou mete mwens volò sou pouvwa a pandan yo ap rezoud pwoblèm kondisyon lavi pèp la : kreye lekòl ak travay, rezoud pwoblèm enpinite a, epi fè jijman tout volò ak kòwonpi k ap piye peyi a sitou pou sa k gade pwosè Petrokaribe a. Pouki pa menm lajan CIRH la tou ? Pou yo menm pa gen Leta (yo wè li nan sans machin administratif Leta a menm: administrasyon piblik, palman, meri plis KASEK ak ASEK epi sistèm lajistis la). Pou yo menm, se yon verite, peyi a genyen yon dividal, yon bann ak yon pakèt moun ki pase nan eleksyon men ki gen yon sèl objektif : vin rich rapid rapid nenpòt kouman, nan piye bidjè Leta a, nan fè rakèt, trafik dwòg, elatriye.

2: Pou yon lot pòsyon moun, se abolisyon sistèm peze souse a tout bon vre. Pou yo, se pa kreye sèlman yon pil lekòl men chanje kalte ak tip lekòl antipèp sa a ki la a. Pou yo, se epanouyisman kiltirèl. Pou yo, se pwodiksyon san eksplwatasyon ak nan respè anviwonnman an, san latriye pèpè ki ap lote nan tout move kondisyon nan televizyon, radyo, legliz, ak sou tout twotwa nan lari a, elatriye. Se kreye yon Leta ki ap panse pou popilasyon an, pou chanje kondisyon lavi pèp la tout bon vre. Yon Leta ki ap travay ak pèp la, pou pèp la. Fòk nou raple : Ayiti sou chimen reyaksyonè, anti-pèp ak anti-nasyonal sa a depi ane 1806. Okenn sistèm, okenn rejim p ap janm bon pou Ayiti, sosyete a p ap janm gen respè li ak diyite li, lè 80% popilasyon an ap viv nan eksklizyon ak nan kondisyon ki bay kè plen. Pou mas popilè yo, pou klas ouvriyè a, pou peyizan pòv yo, pou pwogresis yo, pou revolisyonè yo, chanjman sistèm lan mande pou Ayiti pran yon lòt chimen jounen jodi a: SE CHIMEN REVOLISYONÈ A.

Objektif Revolisyon an se fini ak mòd Leta kowonpi sa a ki chita sou eksklizyon, fini ak klas dominan iresponsab sa a k ap vòlò popilasyon an epi, mete ak enperyalis la, fè tout bagay pou detounen li, desounen li epi demounize li ; fini ak tout fòm eksplwatasyon, retabli diyite peyi a, REFONDE AYITI ! Fòk nou konstwi inite nan mitan nou pou EMANSIPASYON TOTAL popilasyon yo.

Pozisyon RARA

Okenn pwosè Petwokaribe pa kapab fèt ak ekip PHTK a sou pouvwa a. Pou rezon sa a, RARA apiye tout fòm batay popilè ki pral nan sans goumen kont lenmi komen moman an ki se PHTK a pandan l ap apwofondi goumen pou chanje sistèm nan. Nan sans sa a, RARA mande :

  1. Kontinye goumen an pou demisyon san delè Prezidan Repiblik la ;
  2. Kraze gouvènman defakto a epi voye manm li yo ale ak gwo komi, gwo chabrak nan Leta pou al tann lajistis peyi a ;
  3. Kraze palman an epi voye ale tout palmantè antipèp sa yo, men pou yo rete disponib pou lajistis ;
  4. Kraze Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a epi voye tout manm li yo ale, san pèditan ;
  5. Tout otorite nan Leta a ki ap apiye represyon an, plis tout sektè nan lapolis la ki ap fè represyon ak maspinay sou pèp la an dwe ale ansanm ak Jovenel Moïse, jije epi ale drèt nan prizon ;
  6. Defini kontni ak manda tranzisyon an nan tèt ansanm. Nan kad yon pwosesis patisipatif, òganize gwo chita tande nan tout tèritwa peyi a pou soti ak yon pwojè peyi ;
  7. Siyen yon pwotokòl akò kote règleman pou jere tranzisyon an byen defini ;
  8. Fòme yon gouvènman trazisyon kote Premye Minis lan (PM), Minis yo, Sekretè Leta yo pa dwe sòti nan sektè politik la ak sektè prive ;
  9. Fòme yon Tribinal Espesyal pou fè pwosè Petwokaribe la epi jije tout vòlò, koupab ak konplis lajan Petwokaribe la ;
  10. Retire tout Direktè Jeneral òganis otonòm yo epi lanse operasyon pou refome òganis sila yo ;
  11. Satisfè revandikasyon ouvriye ki nan faktori yo sou salè minimòm nan ; satisfè tout revandikasyon salè ak avantaj sosyal anplwaye Leta yo (ti pèsonèl, pwofesè ak pèsonèl medikal) tanmen depi kèk tan nan administrasyon piblik la epi lanse pwogram pou ankadre peyizan yo ak rès mas pep la ;
  12. Refè ULCC, UCREF, OPC, CEP elatriye ;
  13. Pran desizyon ak mezi pou bese dola a sou mache a ;
  14. Fòmasyon yon komisyon verite ak jistis pou ankete sou krim finansye ak krim politik tout kalite ki fèt nan peyi a ;
  15. Jije tout moun ki nan koripsyon yo epi envesti lajan Petwokaribe nan devlòpman peyi a ;
  16. Kontinye ranmase revandikasyon mas yo, epi pouse mobilizasyon popilè, pou fè pwosè Petwokaribe a tout bon pou enpinite sispann nan sistèm jistis Ayiti a.

Rasanbleman Revolisyonè Ayisyen (RARA) mande tout manm li yo, revolisyonè ak tout pwogresis an jeneral pou kenbe mobilizasyon an pèmanan kont sistèm peze souse a. Epi kontinye kanpay esplikasyon sou ansanm rezon ki kòz soufrans pèp ayisyen an nan lide pou kenbe konsyans popilè a mobilize. Lit la pèmanan. Sa ki fè nenpòt gouvènman ki vini tranzisyon ou byen sa ki soti nan eleksyon, batay la ap kontinye pou monte yon veritab kan popilè pou rive chanje sistèm peze souse a.

Pou tout modòd espesifik : kontakte responsab selil yo ou byen kouwòdinasyon kominal yo. Moun k ap goumen pa janm mouri !

—Pòtoprens, 24 jen 2019

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com