Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Nan memwa Georges Castera : Yon jeyan literè

—pa Patrick Sylvain

Papa m’ rele Georges, kidonk tout Georges kreye yon eko nominatif pou mwen. Men, tout Georges pa vibre m’ menm jan an. Anplis, tout Georges mwen rekonèt oubyen gen yon afiliyasyon sosyal, pèsonèl oswa pwofesyonèl avèk yo, pa grave memwa m’ nan menm fason. Ki fè, yon moun tankou Georges Castera gen pwòp efè pa l’ sou mwen etan non sèlman yon Georges, men tou yon powèt.

Georges Castera: 27 desanm 1936–24 janvye 2020; foto Facebook.

Georges Castera : 27 desanm 1936–24 janvye 2020; foto Facebook.

Georges Castera rantre nan vi m’ powetikman avan menm mwen te rankontre l’ materyèlman. Lè nou te resi kontre an jiyè 1996, nan yon sware Vandredi Literè, mwen te gen santiman mwen te deja konn misye atravè vwa powetik li. Yon vwa ki marinade nan yon sòs òganik lokal ki mande pou tout tan w’ap retape, retranpe ladan l’ tèlman sibstans li bon, tèlman li pran lang ou ak gagann ou nan yon kote ou pa t’ atann. Pa te atann sa a se sa ki rele eleman sipriz. Nan yon powèm ki rele «Repondong Lavi», misye ekri: Tout chagren peyi-a desann /ak lannwit / sou branch chive-m. Depi nan prepye liy lan, nan papòt powèm lan, Georges ofri lektè a yon sentaks ki rich, ki nouvo, ki kout, men ki metaforikman jwe ak eleman lokal yo pou etabli yon koneksyon ekolojik e an menm tan an tou, sikolojik. Vèb «desann» lan, non sèlman li endike yon aksyon, men tou li senbolize mòn, li senbolize destriksyon tankou lè nou di dlo desann. Desann lan, lè li marye avèk adjektif «chagren» li ba ou yon santiman imaje ki gen yon rezonans emosyonèl. Anplis, lòt liy powèm lan ap tan lektè a pou li kalifye avèk ki sa chagren peyi-a desann; li desann ak «lannuit». Lannuit ki senbolize fè nwa, ki senbolize finisman yon jounen, yon tan pou al dòmi. Epi, pou fini avèk senbòl tan an, senbòl dezas la avèk tout efè li genyen sou yon endividi, Georges Castera entèlijàmman fini premye estwòf la atravè pèsonalizasyon efè chagren an ki branche, ki lonje ekzistans li «sou branch chive-m». Kidonk, loudè mizè peyi-a ki bay chagren tounen yon sous vyeyès.

Se mòd ak estil powetik sa a ki fè Georges Castera rekonèt kòm youn nan meyè powèt Ayisyen, yon powèt, malerezman, moun pa etidye oubyen konnen nan pwofondè ki merite. Yon powèt ke anpil jèn Ayisyen kopye san yo pa konprann travay estetik, filozofik, lengwistik, ki rantre nan zèv powetik misye pou fè avanse yon lang nasyonal, dekachte yon seri verite emosyonèl epi ekolojik. Lè nou pran yon powèm tankou «Isit Nan Peyi-M», ou jwenn yon konesans lokal ki chavire, relokalize eksperyans kolektif la nan yon pèspektiv ekzistansyèl pou moun ka konprann loudè povrete genyen sou yon popilasyon.

Isit Nan Peyi-M…

Isit nan peyi-m,
lavi moun,
lavi fi, lavi gason,
tankou plòt nan latrin bwa:
li desann, desann
desann tou drèt nan fè nwa

e
p
i
plòk !

Fòm powèm lan, ekonomi langaj ak sentaks powèm lan eksprime yon ijans atravè langaj powetik la san li pa matonnen lektè a nan fason didaktik kote powèm lan riske tounen yon pwopagann, yon trak olye de yon tèks powetik k’ap chemine avè ou nan yon dekouvèt emosyonèl atravè yon reyalite sosyo-politik. Georges Castera pa janm mete atè politik li ; mentou, powèm li yo pa janm, avantou, yon enstriman politik. Se powetik la ki prime sou politik la. Diplis, se atravè powetik la filozofi misye kache, oubyen vehikile.

Georges Castera te fèt de zan aprè Lokipasyon Ameriken nan dat 27 desanm 1936. Lè misye te ti moun nan lane 1940 yo, te gen yon revolisyon powetik ak lengwistik ki te tabli ann Ayiti kote anpil jèn ekriven te jwenn oryantasyon literè-filozofik yo nan travay André Breton ak Jean-Paul Sartre. Se te menm peryòd sa a tou etnològ ak ekriven tankou Jean-Price Mars pral lanse yon gwo apèl bay jèn ekriven, etnològ, sosyològ ak diferan entelektyèl pou aprann konnen pi byen aryè peyi-a, pou yo ka devlope yon sansibilite Ayisyen ki p’ap alyene jenès klas-mwayèn lan avèk ekzistans peyizan yo. Se nan anbrase, valorize kilti lokal la Ayiti te travèse yon peryòd pran konsyans ki pral debouche sou diferan mouvman alfabetizasyon an Kreyòl ayisyen pou devlopman pedagojik Ayisyen. Ki fè lè Georges Castera te kòmanse ekri nan ane 1950 yo, te deja gen yon nwayo ki te la pou ankadre epi soutni talan misye. Pi devan, nan lane 1956, misye pati pou Lafrans pou li te ka kontinye avèk etid inivèsitè li, epitou, se la li ta pral kontre avèk yon jenerasyon Fransè ki te enterese nan revolisyon, nan mouvman Sireyalis ak Marxist (Maksis). Rezilta a, pou Castera se yon maryaj konpatibman agreyab ant pwezi ak revolisyon sosyo-politik, sosyo-kiltirèl.

Georges Castera te arive fè pi gwo sakrifis la, lè li te abandone etid medikal li te kòmanse pousuiv ann Espay pou li te konplètman anbrase pwezi. Zak sa a se te yon souflèt pou manman l’ (Irène Aubry) ak papa l’ (Georges Castera) ki te yon medsen byen renome nan Pòtoprens. Fasinasyon, pasyon ak devouman misye pou pwezi ak chanjman sosyal pral pote misye nan diferan peyi kote li pral reside nan Nouyòk epi fonksyone nan teyat Kouidor avèk moun tankou Syto Cavé ak Hervé Denis. Georges Castera te pase prèske 30 tan ann ekzil. Aprè li te retounen an 1986, misye te konsakre vi li nan pwezi, nan literati pou li te ka fòme yon dividal jèn moun toupatou nan peyi a. Enfliyans powetik Georges Castera lajman laj atravè peyi-a. Se malere, aprè tout tan ap travay pou reve a yon chanjman total pou Ayiti, misye mouri san li pa wè, ni jwi chanjman sa a Ayiti merite a.

Aprè plizyè atak serebral, pèt vizyon ak chagren, Georges Castera mouri le 24 janvye 2020, dizan aprè Goudougoudou te ravaje peyi-a. Castera te gen 83 zan lè li te mouri lakay li nan Petyonvil, Ayiti. Yon potorik gason ki bay literati nou jarèt, ki vanse lang nasyonal la, epi ki te kolabore ak plizyè moun pou li te ka democratize konesans atravè lanmou li pou pwezi.

—Patrick Sylvain ekriven pwofesè lang ayisyen nan inivèsite

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com