Yon “Jean Louis” nan koleksyon nou, 2018.
Powèm pa Jean-Robert Victoria (Kwitoya)
Pingga
pa dekode bit akansyèl la
k ap louve baliye
sou zèl demwazèl la
pa pase kle moralite w
ni aksyòm vèdegre w
nan atizay zandolit la
pa bouske dizon raje a
nan konplent pipirit
ak solo krikèt
pingga w peze atizay sa a
nan balans lekòl
patipri ak pwotokòl
pawolitik la kouri boulay la
lè machacha solèy kouve
polenn libète a klaw
lè sa a yon zwilit degre sifi
pou vlope fouyapòt
devan tablopenti.
Nan Machemerilan
lavil la sifokan
jenonm lan cho
jous nan zo l
bò mache a li kanpe
frajil kon rechita
timoun k ap soufri zwing
grangou maladi
ak laperèz
sezon yo pase vit
ak rèv lajenès
e tan an sou tèt li blèm
kon yon vye figi
souri abandone
ala
nan machemerilan
kit syèl la ble
kit jounen an gri
se menm vye solèy la
k ap met pri sou lajenès
se menm vèmin yo
k ap piye gaspiye
mwen ki te wè
madansara kouvri branch
pye chèn mònlavwa a
m ap chache rejwenn
nan memwa m
triyo mayifik bonvan
fèybwa avèk zwazo yo
menm si amonik la
jodiya
ap fè m plis lapenn.
Nan Jofre
tank konpè m ap vanse
nan chan lavi a
maten yo ap plis frajil
chak jou kòme m lonnen
nan jofre landmen
demen an ale pi lwen
bouya kache
twoulonbrik syèl la.
San rakousi
malgre pikan ladan l
fè m mache brete
peyi mwen donnen fanm
ak mango dri.
mango miska se ladouskivyen
lavikivyen an se Mafiz!
fanm sila moute chàm li
pi wo toudebabèl jis
je m pandye lòlòj mwen gaga.
nan kabann letènite
li delala malediksyon orijinèl la
ak alsiyis li.
mwen avè l n ap fiyole
egzistans nou san rakousi.
lòt deyès ka fè m lasisin
si sèlman e sèlman si
m pèdi gou dyòl mwen !
Nan revolisyon l
si m ap bat kò mwen
frape pye m atè
se tansyon m ki moute
pou pyebwa n ap jete
se sankaye ki koud pòpyè m
pou sous dlo fatra ap toufe
krèy malè o
kouvri labanyè mwen… !
si m ap dòmi reve toujou
sèke latè vrèman
gen yon pozisyon
nan revolisyon l
pou zetwal ponmen galaksi
pou dlo remoute anba galèt
opa lanperè.
—Jean-Robert Victoria (Kwitoya), tire nan rekèy powèm Pawolitik, 2018
Powèm pa Denizé Lauture
Vannen, vannen powèm mwen yo
Vannen
Vannen powèm mwen yo
Vannen yo byen
Anndan kè yo
Na jwenn bon kado
Na jwenn kado lespwa
Ak kado lapè
Na jwenn kado pwogrè
Ak kado respè
Na jwenn kado renmen
Ak kado lavi
Vannen, vannen powèm mwen yo
Vannen yo byen.
Nanm ak lespri
Bon pitit danti yo
Ap moute desann
Balanse agoch
Balanse adwat
Vire anwon
Dyayi rale mennen vini
Dyayi rale mennen ale
Nan kadans danble
De gran bagèt majik
Bagèt melodi Vodou
Ak bagèt ritm powezi
Nonm nan se chwal de gran mystè
K ap kode marinen vlope kalbas tèt li vre.
Mwen wè nan yon rèv
Yon rèv tode sèvèl
Lalin nan syèl te san chans
Manman m nan
Yon lalin wouj san
K ap degoute san san san
Dèyè branch san fèy
Yon vye pye figye modi
Kanpe nan yon twou ravin
Nan mitan de gwo mòn grizon
Tonnè ! An n fout fè vye mòn grizon yo
Tounen platon tè gra !
An n fout dechouke vye pye figye a !
Pou lalin ka bay tè manman nou an
Yon beny chans bèl limyè.
Ti pijon pa vole
Ti pijon pa vole
Bri pye nou tande a
Se bri pye yon powèt
Ki pral fè resital powèm li
Kè li plen bèl chante ak lanmou
Menm jan ak ke nou, ti pijon.
—Denizé Lotu Lauture tire nan konpilasyon powèm ayisyen otè a Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a ki kouvri ane 1981–2020, ed. Trilingual Press, Boston.
Powèm pa Tontongi
Simbi nan dlo1
Yon ti van lan, fre, ap karese w
yon dimanch ansoleye
yon jou otòn nan Karayib la ;
ou santi w rajeni
ou reprann fòs ou
yon levasyon ap lanse w
sou bò vag silansye lanmè a
lanmou nan premye rega :
pèsonn p ap janm wè w ankò
sou latè oswa nenpòt ki bò ;
cham Simbi deja konkeri
nan yon mouvman rapid, desizif
alafwa kò ou ak nanm ou
kounye a evapore nan mond mistik la,
manmzèl pran an chay tout emosyon ou,
li se mètrès espas ansanm ak tan ou.
Simbi vin reprann ou
ou se nouvo retounan nan lòt mond la
ou twouve w nan mitan matris oseyan an
Simbi se sèl zanmi w,
nanm ou ak lespri w ret dèyè
ou se envite dlo yo
prizonye ki soti nan mond pase a
ou se nouvo envite Agwe2
eritye lespri zansèt yo
nan mitan pwofondè Twou Nwa oseyan an,
lwa yo ap vwayaje o pa kretyenvivan.
Simbi nan dlo
elegant, majestyez e bèl
raman frape diran lavi yon moun
men lè klòch moun lan sonnen
trè souvan lè ou pa t ap janm atann
nan yon toubiyon demele sakrifis la dwe total,
moun lan dwe envante yon lòt fason pou l ye,
yon nouvo tibonnanj anba kav oseyan an
kounye a vin penetre nan sen limanite
Agwe ak Simbi ansanm ak kretyenvivan
jwenn ansanm pou pataje espas entèdi e pèdi yo
nan nannan oseyan an, yo pran plezi nan vibrans lavi
epi yo jwenn ansanm pou kreye nouvo enèji,
nouvo levasyon, kreyasyon, renouvèlman kosmik,
dlo ak kabòn ki kreye esans moun,
premye koz egzistans èt imen
yo devwale ogranjou mistè a
yo revele sa ki dwe la.
Nòt
1. | Simbi se lwa vodou pou lanmè, dlo, chanson, ki abite nan nannan lanmè. Powèm sa a se vèsyon ayisyen vèsyon anglè orijinal la “Simbi in the water” pibliye nan antoloji Ocean Voices (« Vwa Oseyan yo »), ki edite pa Everett Hoagland, edisyon. Spinner Publications, New Bedford, MA, 02013. |
2. | Agwe se yon lòt lwa vodou pou lanmè, men tou pou vwayaj, legzil. |
Powèm pa Gary S. Daniel
Atakan (3-4-3)
jwe jwèt di
kabre drible pase choute
boulchosèt chire filè
Amikal (3-4-3)
jwè atè choke
voye boul la touch
abit rele doktè
Fokis (3-4-3)
Gade vize choute
pete anvi boulzay dezespwa
sezi rekòt kontantman
Pasyon (3-3-4)
lanmou souse kè-ranm
blayi biva santiman-ranm
absòbe dènye oksijèn san-ranm
Fyète (3-3-4)
tèt-anm byen dwat
tonmak-anm anlè bonbe
opa kaporal-anm map vanse
Senpa (3-3-4)
Fado lavi koryas
mal nan do
savann dyann zanmi ede-m
—Gary S. Daniel, ekstrè nan liv Foutbòl lavi 2 a 1/Life Soccer 2 to 1, pa Gary S. Daniel [ISBN: 978-1-936431-39-7], Edisyon Trilingual Press, Cambridge, Massachusetts.]
Yon pati Parc Historique de la Canne à Sucre nan Pòtoprens.