Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Zanmi m Idi : yon pwofil

—pa Tontongi

Anvan Koze

Zanmi m Idi Jawarakim al jwenn linivè zansèt yo samdi 30 avril 2022, alaswit konplikasyon maladi Pakennsonn. Se te yon nonm eksepsyonèl, yon vrè Ginen. Konnen maladi a te ka anpeche l vin pale sou tèt li, sou ki moun li te ye, sou sa l te reprezante, mwen te ekri pwofil sila a. Esè sa a se yon chapit dènye liv mwen Tyaka Poetica, ki soti an 2021 lakay edisyon Trilingual Press. Sè li, Danielle, di mwen misye te kriye lè l te li pou li pwofil la. Nan yon konvèsasyon apre sa, misye repwoche m an blangan ke m « ponpe l monte twò wo ».

Anpil kominote ayisyen yo ann Ayiti kou nan Dyaspora, espesyalman nan zòn Boston ak Nouyòk, ap soufwi pèt michan gason sila a. M voye chay senpati ak kondoleyans bay tout fanmi, zanmi ak kolèg Idi Jawarakim yo ki afekte pa lanmò l.

Préambule

Mon ami Idi Jawarakim est parti le samedi 30 avril 2022 pour l’univers des ancêtres, suite aux complications de la maladie Parkinson. C’était un homme exceptionnel. Sachant que l’affliction pourrait l’empêcher de parler sur lui-même, sur le genre d’être humain qu’il était et sur ce qu’il représentait, je lui ai consacré le profil qui suit. Cet essai est un chapitre constitutif de mon dernier ouvrage Tyaka Poetica, publié en 2021 chez Trilingual Press. Sa sœur, Danielle, m’a dit qu’il a pleuré après qu’elle a lu pour lui le profil ; dans une subséquente conversation, il m’a reproché en plaisantant de l’avoir « érigé trop pompeusement ».

Beaucoup des communautés haïtiennes en Haïti comme en Diaspora, particulièrement dans les zones de Boston et New York, sont affligées par la perte de ce grand homme. J’envoie ma sympathie et mes condoléances à toute la famille, tous les amis et tous les collègues d’Idi Jawarakim affectés par ce deuil.

Idi Jawarakim k ap jwe tanbou alantou ane 2010 yo.

Toudenkou maladi a tonbe sou li. Anpil moun konnen maladi sila a daprè tranbleman kò li ba ou, selon jan yo wè aktè Michael Fox, ki kontinye pèfòme nan televizyon ak sinema apre maladi a grape kò misye. Yo rele li maladi Parkinson oswa Pakennsonn. Men li pa toujou trè amenajan, kontrèman ak sa pèfòmans sinematik Michael Fox yo ta sigjere a.

Mwen te fèk fè konesans ak maladi sa a lè doktè bay kouzen madanm mwen, Steve, movèz nouvèl dyagnostik la pou sentòm redè kò, doulè nan vètèb, sot dimè inesplikab ak ralantisman nan lapawòl li t ap santi yo. Apre m te fin wè ak zanmi m Idi aprèmidi a, mwen santi yon vag souvnans sou ka Steve la. Mwen remake dega maladi a fè sou li konpare ak dènye fwa mwen te wè li sa gen prè de enn an. Deja mwen pa t renmen jan mwen te wè li. Kò li te yon tijan tonbe e l te gen difikilte pou l deplase. Fwa jodi a, trè sa yo te vin pi pwononse, pi andikapan.

Se byen dezolan ke m kòmanse istwa Idi avèk sa li pèdi oswa sa li pa genyen. Pou kisa mwen pa pale de preferans sou kiyès li ye ak ki sa li genyen an tèm konvivyalite, sajès imen, jenewozite, grandè dam, ekselans entelektyèl, talan mizikal e powetik, ak chalè imen ?

Mwen te deja byen tabli antanke imigran nan vil Kanmbridj (Cambridge), nan Eta Masachousèt, lè zanmi mwen Yvon Lamour te di m : «  Fòk ou rankontre Idi, w ap renmen misye ». Mwen te deja zanmi ak frè misye, Simon, donk lè Yvon prezante m ak li nan yon fèt lakay ansyen madanm Simon, Marie-Yolette, nan Elm Street nan Cambridge, nou tou lè de te gen santiman nou te deja zanmi.

Idi te antre nan Etazini’ dabò nan banlye Bouklin, nan vil Nouyòk’ lè li te apèn soti nan adolesans li. Antanke yon ansyen etidyan nan lekòl Seminè Kolèj Sen Masyal nan Pòtoprens, li te gen yon fòmasyon entelektyèl solid, menm si, evantyèlman, pè Sen Masyal yo ekspilse l paske gen yon pitit gwo boujwa Pòtoprens ki fè yon tapaj nan klas la e monpè enstititè klas la blame Idi pou li. Misye resanti eksperyans sa a kou yon enjistis ki make li pou tout rès lavi li e ki ranfòse santiman rebelyon ki toujou t ap bouyi nan li yo.

Lè l fèk rive nan Bouklin, premye bagay Idi fè se òganize yon minidjaz avèk kèk zanmi katye a, kote li jwe gita e chante. Nan Boston’ kote li vin pase pwochen karant ane nan lavi li’ Idi kontinye pwodui mizik. Konsa nan ane 1980, 1990 ak kòmansman 2020 yo, ou ka wè l souvan nan aktivite kiltirèl kominote ayisyen nan anviwon Boston ak Cambridge yo, ak gita l an bandoulyè, oswa k ap jwe l kè kontan, nanm li jwenn ansanm ak asistan yo nan yon efè syenbyotik pou fè mizik li yon eleman pozitif nan rejwisans lavi kominote a.

Diran epòk lè kominote ayisyen an nan Boston ak Cambridge t ap solidarize yo ak tribilasyon pèp ayisyen ann Ayiti, ki te anba bòt diktati divalyeris-janklodis la, Idi te patisipe nan plizyè manifestasyon pou mande lajistis ak demokrasi ann Ayiti. Li te si tèlman bay tout li menm nan manifestasyon politiko-kiltirèl kominote yo, ke, a yon sèten moman, nou te deziyen li, pa plezantri, kou yon « byen nasyonal », espesyalman pou lefèt ke gen lè se lavèy jou li pral pèfòme a li aprann li te nan pwogram lan. E li toujou fè ak de prezans !

Idi te dotanplis chofe pou l patisipe nan manifestasyon anti-janklodis yo ke anpil nan manm mouvman demokratik la rejim lan te asasinen yo te zanmi li e moun li te leve nan menm katye ak yo, moun kouwè Gasner Raymond, Ezéchiel Abellard, elatriye.

Li se youn nan pi gran mizisyen mwen konnen, men malerezman li pa ni òganize, ni fè pwomosyon konpozisyon mizikal li yo, e l pa menm done l lapenn pou anrejistre pi fò nan yo. Yon admiratris te di li yon jou li gen yon estil Georges Brassens, Jacques Brel ak Jean Ferrat konbine ; mwen menm te toujou wè li kou yon Ti-Paris, Manno Chalmay ak Brassens konbine ki ba li yon estil orijinal pwòp pa l.

Pou kisa Idi pa janm vin yon gran vedèt mizikal ayisyen ? Mwen ta di, dabò, paske se pa t anbisyon li menm si li ta renmen sa, epitou Idi devlope pou tèt li yon filozofi mwen ta rezime konsa : « Sa k rive rive, toujou gen yon pòt sòti. » Se pa yon fatalism, men yon kouraj ak sajès estoyik ki asepte ke lavi genyen toujou de bò, de kote, yon kote bon ak yon kote move. Yon kote pou pran plezi de bèl okazyon lajwa lavi ofri, epi yon lòt kote pou aprann asepte advèsite ki inevitabman ap twouble l yo e chèche opòtinite nouvo yo ofri an menm tan an.

Soti de lè yo ba l dyayostik la rive ak ravaj maladi a sou kapasite fizik Idi, li pa t pran anpil tan, apeprè oplis dezan. Men li reziste l otan l kapab. Natirèlman, pi gwo chagren ak emosyon difikilte fizik yo koze ka Idi, se lefèt ke li pa ka jwe gita ak saksofòn e chante jan li ta renmen. Pou kontrekare diminisyon sa a, li menm te al wè yon terapis pawòl ak chante ki ede l ralanti efè sentòm yo, men sa pa jiskisi ede l jwenn kapasite fizik li ta renmen an.

Pou gran etonnman mwen’ men konfòm ak fason Idi ye’, yon jou l leve konsa e pran desizyon pou l al vizite Ayiti apre karann-senk an depi l te kite l. Pou gran etonnman m ankò, li rete la plis tan ke m te panse li t ap pase : plis ke yon ane. Nan retou li nan Etazini, mwen te al pran l nan ayewopò Logan nan Boston. Mwen pa t renmen deteryorasyon fizik mwen obsève jou sa a’ lantè, koubati do, diminisyon reflèks konsiderab’, men kapasite mantal li te ret djanm. Lè n kite ayewopò a, li ban m direksyon pou yon restoran nan Dòchestè, pati sid-ès Boston. Nou pase yon bon tan ap pase an revi sejou l ann Ayiti a anba bèl plat manje nan yon restoran endyen.

Li penn pou mwen yon tablo negatif sou sejou l ann Ayiti a. Li di li te santi l abandone nan yon kay e manke opòtinite pou l soti. Moun ki te anplwaye pou okipe l la pa t enterese nan sa l gen pou l di, menm nan jan l ta renmen pou l prepare manje l. Lè l mande l, antanke vejetaryen, pou moun lan pa kuit manje ak okenn vyann oswa pwodui animal, moun lan di l si l panse se kabrit li ye. Repòtaj misye fè m de premye sejou li ann Ayiti a te tèlman negatif m te panse li pa t ap janm met pye ann Ayiti ankò. Sè di ke, pou yon lòt fwa, mwen te trè etone lè m aprann li vle retounen ann Ayiti sèlman kèk mwa apre premye sejou a.

Li deside evantyèlman ret ann Ayiti nèt pou pi fò tan l. Frè l yo Michel ak Simon, k ap viv ann Ayiti, kenbe men avè l, e sè li, Danielle, fè va-e-vyen Nouyòk-Ayiti pou l sèten tout bagay pratik yo ret an règ.

Youn nan rezon yo Idi deside ret ann Ayiti, mwen ta espekile, se lefèt ke yon moun ka viv pi byen ann Ayiti avèk revni pansyon l ak revni depatman Dezabilite oswa Sekirite sosyal ba li ke nan Etazini, san retire mwayen pou peye yon moun pou okipe l lakay li. Yon lòt rezon, natirèlman, se yon sèten eksitasyon nan reviv nan yon peyi li te kite depi jenès li. Dènye fwa mwen wè Idi, sètadi anvan m ekri mo sa yo, li pa t ka atikile long fraz, pafwa long mo, se ki te fè konvèsasyon nou limite, dotanplis sal la te chaje ak plizyè pitit li yo, frè li Simon ak zanmi ki te vin vizite. Men konesan misye, konesan tandans kontrekouran ki anime konduit li, mwen ka wè efè atraksyon yon Pòtoprens dezòdone ka gen pou li, san retire chalè imen ki adousi lavi ladann.

***

Pami tout zanmi mwen, se avèk Idi mwen plis santi yon alter ego, yon lòt mwen menm, yon kominalite rega sou lavi, sou iwoni li, sou fason kontenjans montre figi li. Menm laj, menm pwovenans ak eksperyans pòtoprensyen, menm emigrasyon nan jenès nou. Lè m te aprann li renmen Sartre, Camus, Jak Roumen, Kastro, Mandela ansanm ak Brassens, Brel e Ferrat, sa sele fratènite nou.

San nou pa janm di li, nou konsidere amitye nou kou yon chanm rezonans kote nou jwenn eko aseptasyon sa nou vle di e sa nou ye kou allant de soi, san kontrent, kou senp bagay ki egziste nan lavi. Nou pa janm jije youn ak lòt, antouka pa nan entèaksyon nou. Mwen te plis atire pa yon imanism pwofon ki sanble dirije enpilsyon ak praksis li, paske se menm elan sa a ki anime m. Li rejte totalman lòd sosyal boujwa a ak prensip moral jideo-kretyen ki ennivre mantalite yon bon pòsyon pèp ayisyen an ak milye konfòmis etazinyen yo. Yon lòt bagay nou gen an komen, se imèsyon nan sosyete ak nan lavi peyi Etazini. Nou aprann lang lan, nou fè zanmi nan tout kategori moun obyen ras nan peyi a.

Pi gran diferans ant nou sè ke mwen panse nou dwe itilize plis praksis soyal e politik pou chanje kondisyon sosyopolitik anviwonnman yo, pa senpman sibvèti oswa « transande » yo. San yon praksis disipline pou sistematikman « chanje lavi », rèv Rimbaud a p ap ka reyalize paske reyalizasyon, materyalizasyon menm yon rèv mande yon praksis pwogramatik pou gide e soutni egzekisyon aplikasyon li.

De goch a dwat : (deyè) Lizandre Lamour, Joel Theodat, Emmanuel Védrine, Jean Hoet, Idi Jawarakim, Michel Degraff ak pitit gason l Nuriel, yon jèn etidyant, e (devan, akwoupi) Nekita Lamour, nan yon prezantasyon politiko-kiltirèl nan MIT an 2004. —foto Tanbou.

Idi pase plis ke ven tan ap travay nan lopital Cambridge kòm prensipal entèprèt pou kreyòl ayisyen ak franse. Li te yon figi venere nan lopital la, alafwa pa pasyan e pa estaf. Li te gen yon etik travay ki makonnen men nan lamen avèk konsyans li e ki pa t toujou aliyen ak deskriksyon wòl travay la asiyen l, ni ak rijidite kòporatif yon milye d travay. Li te wè wòl li plis ke yon entèprèt ki la pou tradui echanj lengwistik ant pasyan ak donè swen, men plis kou alafwa yon koutye kiltirèl, yon defansè sosyal, yon konseye ak yon konsolatè. Doktè ki gen pasyan difisil oswa rekalsitran fè apèl ak li pou amoli sitiyasyon an. Pa egzanp, avèk eksperyans li e konesans pwofon li genyen de kilti pèp ayisyen an, li ka remake pwoblèm ki dèyè konplenn yon pasyan gen plis a wè ak difikilte lavi l nan moman an ke avèk yon maladi kòporèl e kan doktè ka geri maladi kòporèl, li fen ase pou l santi lòt bezwen ki pa satisfè yo. Se konsa, trè souvan, apre yon sesyon ak pasyan e donè swen, li fofile nan koulwa a pou l bay pasyan an yon esplikasyon siplemantè pou ranfòse rekòmandasyon donè swen an. E genyen ka, menm si ra, si li detèmine pou l ede yon pasyan se lajan pa l pou depanse, li fè sa san reflechi, comme si de rien n’était. Li te renmen lefèt ke li te la osevis kominote a. Se te gratifikasyon l. Menm lè premye faz maladi a te pouse l pou l plis panse ak sitiyasyon pèsonèl li, li kontinye ede pasyan lopital yo.

Lespwa ak aspirasyon Idi, pou lontan, te toujou rete pou l vin pwodui yon jou mizik li pou yon gran piblik, ann Ayiti kou aletranje, men dega maladi a sou fakilte fizik li rann posiblite sa a deplizanpli elwaye. Natirèlman, etandone devlopman lasyans nan domèn lamedsin, toujou gen chans envansyon yon metòd terapetik ki ka revèse dega maladi a’ men malerezman pou kounye a (jen 2021), ravaj maladi a ret reyèl.

Yon pèsonaj sartriyen vivan

Yon jou nan yon konvèsasyon avèk Idi, li di mwen anpil jefò adaptasyon maladi Pakennsonn lan mande ka malad yo fè li, li menm Idi, yon resipyendè ideyal pou li. Nou toulè de tonbe ri. Mwen te konprann trè byen sa li te vle di. Efektivman, Idi se yon pèsonaj sartriyen vivan ki egzanplifye depasman iwonik advèsite. Yon jou yon dife pran lakay mwen, yon apatman nan Cambridge. Mwen pèdi anpil bagay nan dife sa a : mèb, rad, papye, ekri, elatriye. Sware jou dife a, mwen rele Idi nan telefòn, teknikman sanzabri menm si, erezman, Lakwa Wouj te ba nou, mwenmenm ak lòt ko-okipan kay la, yon chanm otèl pou n rete pou pwochen twa ou kat jou yo. Avèk yon gwo doulè nan kè m, mwen rele Idi pou m pataje ak li sa k sot pase m lan, sonje ke te gen yon dife ki te pran lakay li kèk ane de sa. Ann atant yon moun ki pral komisere e senpatize ak sitiyasyon m lan, Idi reponn mwen : « Ou konnen, li di m ak yon ton plizoumwen endiferan, mwen te desi lè m te reyalize dife a pa t boule tout bagay ; mwen te deja prepare pou m al rekòmanse a nèf, jan m te vin sou latè, san okenn akseswa materyèl k ap ankonbre m. » Se sajès estoyik, fason mwàn sa a, m panse ki ede l konbat maladi Pakennsonn lan.

De goch a dwat : (deyè) Patrick Casky, Atibon Legba, (devan) Elsie Suréna, John Barnes, Josiane Hudicourt Barnes e Idi Jawarakim (foto Tanbou, 24 desanm 2003).

Idi gen tou yon kote pwovokatè danje ki distenge l de anpil moun, pou miyò oswa pou pi mal. Pafwa li manifeste pwovokasyon danje sa a nan ka ki ta ka koute l libète l. Jou 27 avril 1999, de Boston, mwenmenm ak Idi ale nan yon manifestasyon politik nan Filadèlfi, Eta Pennsilvani, pou n pwoteste kont pèn mizamò Mumia Abu Jamal, yon aktivis pou dwa sivik Nwa Ameriken yo. Toudenkou, pandan n chita nan yon eskalye dantre yon bilding nan mitan Filadèlfi kote manifestasyon an estope nan yon klimaks eksitasyon ak lansman eslogan, Idi limen yon dje (yon sigarèt Marijuana) e rale yon gwo pouf. Li pase li ban mwen, mwen poufe l tou, men m di li pa kontinye ankò paske pami ti gwoup polisye ki kanpe sèlman apeprè ven mèt de nou yo, gen youn ki pran sant dje a e li t ap chache ki kote sant lan ap soti. Men, sito rega enkizitè polisye a lache vijilans li, Idi limen rès dje a. E ankò yon lòt fwa, polisye a rekontinye ap chache, ak rega l e ak fakilte òlfaktif li. Anyen pa t rive nou, men m konprann se kote pwovokasyon danje sa a ki toujou anime l.

Li konn ban m istwa, lè l te jèn ti gason, anba otorite gran frè li, Michel, apre manman yo te pati al nan Etazini. Idi pa t renmen lefèt ke gran frè l la te bay tèt li tout otorite l te pran yo. Yon jou misye komèt yon dezobeyisans lòd li ki parèt grav pou gran frè a e misye fè jès pou l al « korije » Idi. Misye di Michel, ak yon ton deside : « Si w mete men w sou mwen, m ap rele “Aba Divalye !”. »

Nou konprann efè depèswadan yon enpètinans konsa genyen nan kontèks rejim Pada Dòk la ! Natirèlman, mwen tire istwa sa a de vèsyon Idi rakonte m, Michel ka gen vèsyon pa l.

Jean Adam di yon ti mo sou Idi Jawarakim

Mwen te mande Jean Adam, yon zanmi trè pwòch Idi nan lopital Cambridge, pou l te di de ti mo omaj pou Idi. Men sa misye ekri :

M rankontre Idi pou premye fwa lè m te kòmanse travay kòm entèprèt nan lopital Cambridge la gen 20 ane desla. Idi te resevwa m a bra louvri. Se li ki te antrene m e depi lè sa a nou vin bon zanmi.

Idi se yon nèg notwa nan lopital Cambridge. Depi soti nan Prezidan direktè jeneral lopital la, tout moun konn Idi. Gen plizyè rezon ki eksplike sa. Pami rezon sa yo, Idi se yon nèg ki janti anpil ; li toujou salye tout moun li rankontre sou chimen l epi li gen drèd (cheve rasta long). Kidonk, si yon moun pa ta konn non li, yo idantifye l pa entèprèt ki gen drèd la. Lòt rezon ki rann Idi popilè anpil se paske l se yon nèg ki toujou pre pou l ede tout moun, anplwaye kou pasyan. Gen anplwaye ki tèlman renmen Idi, yon jou yo mande l pou l al reprezante yo nan sendika lopital la. Li pase 6 ane kòm vis-prezidan sendika a. Men Idi pa renmen zafè chita nan reyinyon tout lasent jounen. Konsa, lè lè a te rive pou l ta redouble pou yon twazyèm manda, li rele kèk nan anplwaye yo e di yo li p ap poze kanditati l ankò. Konsa Idi kite administrasyon sendika a.

Si tout anplwaye nan lopital renmen Idi anpil, kanta pou pasyan yo, jennmoun kou pèsonaj yo, se pa pale. Idi se yon moun ki gen bon kè anpil, li toujou pre pou l ede moun ki nan bezwen. Kote gwo pwofesyonèl yo pa gen solisyon pou yon seri pwoblèm, Idi toujou ap chache solisyon menm lè se pou l ede ak lajan nan pòch li, oswa mande madanm li pou l kite yon moun k ap pase yon moman difisil vin pase detwa jou lakay li. Pou jis jounen jodi a, twa ane apre l fin pran retrèt li, pasyan yo ak anplwaye yo toujou ap mande pou li.

Idi se yon potorik gason ki chaje ak konesans. Li pale yon pakèt lang. Kreyòl ayisyen an se lang manman l, li fè sa l vle ak li. Li pale fransè, anglè, panyòl ak pòtigè kou rat. Epi li konn detwa mo nan yon pakèt lòt lang tankou kreyòl kapvè, italyen elatriye. Idi gen anpil konesans nan domèn medikal tou. Anplis, li te prèske diplome kòm enfimyè, li toujou ap fè lekti sou sa doktè yo di lè l te konn ap entèprete pou yo.

Idi se yon defansè tout moun ki ba nan sosyete. Konsa, li pa t janm gen pwoblèm si l oblije twoke kòn li ak kèk zotobre k ap fè enjistis. Yo te mete Idi deyò nan mitan ane lè l te nan katriyèm segondè nan Seminè Kolèj Sen Masyal paske l te kase mèt nan men yon frè ki te fè yon frekan avè l. Manman Idi ki t ap viv New York te degage l tankou mèt Janjak pou l te fè Idi antre nan peyi Etazini anvan tonton makout te manje l ann Ayiti paske li te aprann Idi te konn ap fè chòk avèk detwa ki te rete sou katye lakay li nan vil Pòtoprens. Yo te mete Idi deyò tou nan yon dènye semès yon pwogram enfimyè anrejistre nan Etazini paske te gen yon pwofesè ki te a cheval anpil e tout etidyan te konn ap plenyen de li. Yon bon jou konsa, Idi fè yon gwo chòk ak li epi klase l byen klase. Apre sa, li vin tounen yon gwo aktivis nan Boston ak Cambridge kote l defann koz imigran, an patikilye koz Ayisyen yo nan zafè lekòl ak lojman.

Pou m fini, an n di, Idi ontijan dezòd tou wi. M te toujou ap di l pou l mete yon ti dlo nan diven l. M panse laj met dlo nan diven Idi kounye a. L ap viv ann Ayiti konye a. Li kite m ap bwè fredi Masachousèt la pou kont mwen. Men nan chak peryòd ete li fè yon pase vin wè nou e nou toujou kontan pou n ka wè youn lòt.

Pa gen okenn Ayisyen ki ka ranplase Idi nan lopital Cambridge paske soulye sa a twò gwo pou nou.

—Jean Adam

Yon koudèy sou yon zèv Idi

Idi pa sèlman yon mizisyen, li se tou yon powèt totalkapital ki ekri nan plizyè lang. Nan piblisite pwogram kiltirèl kominote a, nou konn refere ak li kou yon « powèt-mizisyen ». De chante li aliyen nan CD mizik Idi te fè soti a, « The Pugilist » (« Boksè a »), montre kalite sa a. Genyen tou youn nan de mizik yo ki eksprime kote rebèl misye, yon dimansyon l ki rasinen nan opresyon li te viv e obsève nan anviwonnman l. Li ekri e konpoze « The Pugilist » alantou ane 2003-2004, kidonk nan mitan lanfè lagè Etazini t ap mennen kont Irak la. Lirik mizik la pale de yon boksè entimidatè ki reve pou l vin prezidan. Li imajine tout deblozay ak malfezans li ta ka koze avèk toutpwisans pouvwa l genyen an. Lirik la di boksè-prezidan an gen « tout diskou ak drapo » l byen planifye, viktim yo kòm « manman kadav nan sak yo » deja asepte kòm dega lagè ; se « pou lanmou pou Bondye ak peyi » belijeran mobilize yo dakò fè lagè, men lektè a oswa melomàn lan ka wè tou iwoni dezapwouvman anti-lagè lakay otè miziz la.

Kouvèti albòm mizik Idi Jawarakim “The Pugilist” («Boksè a») ki te soti nan Boston an 2003. Li gen yon dedikas pou otè tèks sa a ki di : « Monkonpè Tontongi, yonn nan ra moun ke m ta di ki konnen kote m kanpe sou kesyon yo. Mèsi anpil pou amitye w ak sipò w. Idi. »

***

Lè w konnen kontèks istorik mizik la, li klè lè Idi ap pale de yon « bully », yon entimidatè « kareman deplezan », se ak George W. Bush, prezidan etazinyen alepòk la, l ap fè alizyon. Li montre tou nan lirik la ke lagè se yon antrepriz enperyalis ki bay pèp yo fo lennmi ki ka tounen kont enterè yo. Li menm sigjere yon sòt de rezistans pasif, menm bò kote fezè lagè ki mobilize yo : « Nan lagè li pi bon pou rive an reta / E lè w gen dout, kalewès ou. »

Men yon tradiksyon nou fè de kèk nan estwòf lirik mizik « The Pugilist » (« Boksè a ») a, ke Idi Jawarakim alafwa konpoze e chante nan CD a :

Lè mwen grandi, mwen pral
Yon boksè, yon entimidatè reyèl,
Kalte moun kareman deplezan
Lè lòt moun pa dakò senpleman
Sa nan san mwen, se nati mwen
Rezondèt mwen, lavni mwen
Bondye ! M ka jis santi aplodisman
Fanatik fidèl m yo, ak eksitasyon an ?

.........................................................

M ap panse, apre ring lan, wi,
Lè djanmmite koutpwen an vin febli
Mwen pral kite sa san penitans
E lanse kanpay mwen a laprezidans
Prezidan ! kounye a sa se yon bèlte
K ap an chaj anpil lame miskle,
M ka bonbade peyi tyèsmond yo jan m vle
Pou popilarite m vin ranfòse
Nan lagè li pi bon pou rive an reta
E lè w gen dout, kalewès ou

.........................................................

Anndan pochèt CD a, li ekri yon dedikas ki di : « Pou pitit mwen yo, Pascale, Luciana, Sharif, Kamau, Musa, Damali, Aaron, ak Imamou, se pou nou pa janm jwenn tèt nou ap delibere si wi ou non n ap touye oswa yo touye n nan lagè yon lòt moun. Mwen espere n ap toujou fè jefò pou n ret lwen sitiyasyon kote touye yon konpayon chimen n ap jamè an konsiderasyon. »

Anime ak gratitid e jenewozite, li tyen pou l remèsye non sèlman timoun li yo ak madanm li, DeAnn, men tou tout zanmi pwòch li nan moman an oubyen nan lepase : Andre Romain, Gerard Hilton, Tontongi, Atibon (Legba) Smith, Pierrot, Brother Rumas. Li pa bliye zanmi travay li, kouwè Isabel, Welton, Pape, Nadege, Henry, Zenith, Avlot, Kettly, Atika, Guy, Cira, Feroza, Gabriela, Aixa, Cassia, Andrea, Betsy, Filomena, Idyle, Vinod, Jean, Elsie ak Spike. San bliye Beto, ki ede l nan estidyo plak la sòti a, Artdrums Studio. Lòt moun li remèsye se Berthe, Steve, Pierre ak Marco pou èd yo ba li nan enjinering, li di li vrèman apresye pwofesyonalism yo.

Li pa bliye menm Achero, « pi jèn ti vwazen m ki, nan eksploze zòrèy mwen ak estereyo l, ekspoze m ak yon jan mizik mwen pwobableman pa t ap koute pa chwa ».

Li remèsye paran l yo, Sylvestre ak Chimene, epitou, « in memoriam », Ezechiel Abelard, Lionel Mellon, Gasner Raymond, Miriam Bergman, pami yo zanmi li ki tonbe anba represyon divalyeris. Li fini remèsiman ak dedikas yo avèk Pope, Prez eYaambo, li di yo : « Ou se lidè ne ; dirije. »

Nan fen pochèt CD a, Idi mete fraz sila a (alamanyè Abbie Hoffman. ki titre yon liv li ekri an 1970 Steal that book, « Vòlè liv sa a ») : « Si ou reyèlman pa kapab peye pri detay senk dola demo CD sa a’ tankou anpil nan zanmi m’ mwen ba ou pèmisyon pou w fè yon kopi pou tèt ou e jwi li ak lòt moun. » Yon fraz trè Idièsk.

Lirik mizik sa a reflekte anpil trè tanperaman Idi. Dabò, santiman solidarite li te genyen avèk yon peyi tyèsmond lan (Irak) ke yon sipèpwisans (Etazini) t ap toupizi. Se menm santiman solidarite sa a avèk moun ki viktim enjistis ki fè l te al pwoteste kondanayon a mò Mumia Abu Jamal an 1999. Epitou, genyen atitid li vizavi lagè an jeneral ke l konsidere kou yon antrepriz rapasitè ki ale alankont enterè pèp peyi dominan agresè yo ansanm ak pèp peyi domine yo agrese yo : « Richès gaspiye nan ladefans / Lennmi yo ban n kont enterè n », li di nan chante a.

Ke se ankourajman li bay sou pochèt CD a pou nenpòt moun kopye l, ke se ti tchotcho li bay pasyan ki an difikilte yo, oswa ospitalite li bay moun ki gen pwoblèm kay, kouwè Jean Adam mansyone piwo a, tout bagay sa yo egzanplifye detachman Idi parapò ak byen materyèl, yo manifeste sitou jenewozite l ak santiman enpati pwofon li genyen pou moun.

***

Mwen te peze lepou e lekont lè m te pran desizyon ekri ti pwofil sila a. Mwen chache evite otan ke posib tout enfòmasyon ki klase nan domèn prive, eksepte sa yo m panse Idi p ap gen pwoblèm pou yo sikile eke li menm menm ap kontan m met deyò. Antan k atis li menm, li konnen enpòtans anekdòt nan literati, e lavi Idi se yon kontinuite anekdòt yon istoryen mizik e literati ka akeyi tankou yon ja richès. Mo sa yo, se sitou yon omaj, yon leve-chapo pou yon endividi eksepsyonèl, yon gran imanis, yon bon zanmi.

—Tontongi me 2021. Ce poème est soumis pour publication également au quotidien port-au-princien Le Nouvelliste, à l’hebdomadaire newyorkais Haïti Liberté, et aux revues en ligne Potomitan et Tanbou.

Kèk lòt foto Idi Jawarakim avèk zanmi Boston l yo

Ronald, Doumafis Lafontan, Patrick Sylvain, Idi Jawarakim e Pierrot Duchemin nan Boston vè ane 2010 yo. —foto Tanbou

De goch a dwat: Brother Rumas, Idi Jawarakim, Curtis Willis vè ane 2005–2010 yo. —foto Tanbou

Idi Jawarakim (dwat) avèk Patrick Lakwa nan Boston vè ane 2005–2010 yo.

Idi Jawarakim (goch) avèk Atibon Legba nan Boston vè ane 2005–2010 yo.

De goch a dwat : Yvon Lamour, Tontongi, Kaptenn Koukouwouj e Idi Jawarakim, nan yon aktivite nan Boston.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com