Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Womansye Lyonel Trouillot fè apèl ak ekriven e atis pou yo denonse pwojè entèvansyon militè « imanitè » a

Foto Lyonel Trouillot, prete lakay BookNode.com

Atelye Jedi Swa, byen konsyan wòl ekriven kapab chwazi asime nan kominote a, ap melanje vwa li ak vwa pèsonalite e enstitisyon ki opoze a tout fòm entèvansyon militè nan peyi a. Okenn solisyon swadisan « imanitè » p ap pèmèt rezoud pwoblèm estriktirèl e konjonktirèl peyi a ap fè fas.

Sou plan estriktirèl, sosyete a pwodwi twòp inegalite pou li ta kontinye ap fonksyone byen trankil. Egzijans pou jistis sosyal ak ekite se plent mas popilè yo e se yon ijans istorik pou nou tande yo. Sou plan konjonktirèl, revandikasyon yo senp : demisyon gouvènman defakto M. Ariel Henry a, epi mete sou pye yon gouvènman transzisyon ki kapab mennen yon minimòm aksyon nan sans jistis sosyal ak ekite repibliken, epi òganize eleksyon san pas pouki.

Se nan kontèks sila a yon gouvènman ilejitim e enpopilè deside double pri gaz la, yon ogmantasyon pèsonn pa t ap janm aksepte san chòk nan okenn peyi sou latè, menm lè li ta soti nan yon pouvwa lejitim. San nildout, gen yon pakèt enterè mafya anndan pouvwa a tankou deyò pouvwa a ki anje, epi gang yo PHTK ap itilize kòm zam politik e ki te federe anba de je Madanm Hélène Lalime, reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, pran yon sètenn otonomi epi yo pwofite sityasyon malouk pwòp pouvwa a kreye a pou yo etann pouvwa pa yo.

Vizibilite gang sa yo pran an pa dwe fè nou bliye, depi plizyè lanne y ap koupe rache nan katye popilè yo, anpil ladan yo fè anpil masak nan anpil katye popilè san gouvènman PHTK yo pa janm enkyete yo. Vizibilite sila pa dwe fè n bliye nonplis se tout peyi a ki leve kanpe, k ap manifeste. Se nan tout depatman yo, nan tout vil yo, lavi sa ki pi sanble ak lanmò fè yon estop. Lide pou yon kelkonk fòs etranje, yon fòs militè sou pretansyon imanitè, pa koresponn ak reyalite a.

Ajoute sou sa, gouvènman defakto a pa gen okenn lejitimite enstitisyonèl pou li mande èd yon fòs etranje. Nan kontèks nou ye la a, okenn fòs militè p ap byen parèt devan je grann majorite popilasyon an, epi popilasyon an ap konsidere kelkeswa fòs militè a tankou yon alye pou gouvènman defakto a pandan demisyon gouvènman sila se sa tout moun ap tann.

Kòman yon fòs militè etranje pral ka fè distenksyon ant gang ak manifestan, ant bandi ak senp sitwayen ki jis ap reklame dwa yo nan lari a, pandan yo entèdi yo tout kad enstitisyonèl yo ? Kisa ki ta ka anpeche gouvènman defakto a pa egzanp pou li ta dekrete kouvrefe oubyen etadijans sou pretèks l ap konbat « gang », si l ap benefisye èd yon fòs militè etranje ? Gouvènman defakto a, ak premye minis li an, diplomat li yo ak minis kominikasyon li an bay de pawòl devan laprès ak enstitisyon entènasyonal yo : tanto yo pretann yo konprann manifestan yo, tanto yo pretann se gang ki nan lari a. Yon idantifikasyon konsa (manifestan = bandi) se yon souflèt pou yon pèp k ap revandike dwa l, epi sa tou louvri pòt pou ravaj represyon an plis toujou si yo ba li mwayen militè pou sa.

Kidonk, pakèt dizèn milye moun k ap manifeste nan Potoprens, nan Okap, nan Jeremi, nan Tigwav, nan Okay, nan Gonayiv, tout se manm gang ? Enbyen, se yon pèp gang ! Jou lendi 10 oktòb la, se yon pakèt milye manifestan ki te pran lari. Nèg ak inifòm, ki di tèt yo yo nan lapolis ak nan lame, tire sou yo. Demann èd militè gouvènman defakto a vize, klèman, ogmantasyon zak represyon yo epi pou mete fen nan mouvman revandikatif la.

Pou sila ki ret yon ti kras memwa toujou yo, sa k pi mal la se pandan dis dènye lane sa yo prezans etranje yo, soti nan vèsyon militè pou rantre nan vèsyon sivil, pa t janm fò konsa. Anpil santèn ak milyon dola, yo pran nan men senp sitwayen nan mond lan, te depanse san yo pa pwodui okenn rezilta pozitif sou plan ekonomik tankou sou plan politik : degradasyon enstitisyon yo epi katastwòf ekonomik. Efè ki pi konkrè e pi senbolik nan memwa pèp Ayisyen an, se kolera sòlda Nasyonzini yo te pote ban nou. Prezans etranje an Ayiti fè pati pwoblèm nan, pa solisyon an.

Epi pou sila yo, anpil ladan yo pa mechan, ki wè nan distribiye gaz la solisyon an, an n poze kesyon an : Ki pri ? Kiyès k ap ka peye l ? Èske yo pral double salè moun yo ? Èske pwoblèm politik yo p ap egziste ankò ? Fòk nou remake gouvènman defakto a pa anonse okenn mezi sosyal konkrè, li pa moutre okenn volonte konkrè pou li negosye ak enstitisyon sivil epi politik ayisyen yo pou jwenn yon solisyon ak kriz la.

Evantyèl « misyon militè imanitè » sa a, se yon rakousi « kominote entènasyonal » la pran pou kouri pou responsabilite li genyen nan sityasyon malouk peyi a. Se soutyen li bay yon pil gouvènman ilejitim, konwonpi epi represif ki kenbe pouvwa sa yo nan tèt peyi a kont volonte pèp la.

N ap reyafime li : yon fòs militè etranje se ap yon èd an favè represyon pouvwa a ap egzèse kont pèp la k ap mande demisyon li. Solisyon pwoblèm sekiritè yo se yon eleman nan solisyon pwoblèm politik yo ki dwe voleponpe pase nan mete kanpe yon gouvènman ki soti nan pwopozisyon tout sosyete ayisyen an.

N ap envite entèlektyèl, ekriven ak atis peyi a pou yo pwononse yo kont vini fòs militè sa a nan peyi a. N ap envite entelektyèl, ekriven ak atis lemond antye pou yo pran pozisyon kont lide pou yo depanse kòb yo nan voye fòs militè k ap vin konplis nan represyon. N ap mande enstitisyon defans dwa moun yo pou yo denonse represyon k ap egzèse kont manifestan yo ki pou laplipa ladan yo soti nan katye popilè kote gang yo ap koupe rache. Sou pretèks lit kont gang yo, yo vle fèmen bouch prensipal viktim gang yo.

—Lyonel Trouillot

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com