Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Lenous Guillaume-Suprice

Sou nechèl egzistans lan

Nanpwen anyen serye k ap dewoule, lè pousyè fin leve, lè sa k nan ka tonbe nan sa pi fon pase anvan, si anyen serye pa panse ni demare pou efase tou sa k merite demantibile

Apre cha madigra ak bonmas fin pase, rete chen mechan anraje k ap bave, k ap mòde nan jarèt rezistans tout moun ki pa nan grate pis nan menm nich ansanm avè yo, anba kòmannman sousou mèt chen sou plas, pi ba toujou, dejouranjou, anba gwo mèt chen nan kanton outremè

Lè sa k nan sa pi fon konstate, apre bonmas ak madigra demaske fin defile, se chen yo sèlman, sou lòd plizyè mèt, pi gwo kou pi piti, kou nou tout ye la a k ap kontinye mòde, yo reflechi epi pran rezolisyon deklare : nanpwen anyen serye ki va dewoule, si nou pa fòme lansansè, enstwi yo byen enstwi, ositou fabrike lansanswa, boure yo byen boure, limen yo byen limen pou sa k dwe fèt la rive fete fèt li san defèt a tout vitès

An kòdonye byen chose, anpil bravedanje deside di : ant moun de byen, mizapa malfektè ak malfektèz, an nou monte degre nou byen wo nan kase nich tout move myèl k ap antre pikan maloblijans yo nan kò lonè ak diyite yon pakèt bouskadò bèlte ak alemye pou lanasyon

Pou yon vivasyon nòmal nòmal nèt, ak tout nètete li, tabli, blayi tankou lodè fig mi nan fetay kay an pay tan lontan alakanpay, yo repete pi fò, pi fèm pase tout lè : si nou dwe boule loray, si nou dwe rekoud zèklè pou sa, n ap fè l… paske, toutbon vre, nou vle kreve degre tout kalite lafen ki travèse nou sou nechèl egzistans lan.

—Lenous Guillaume-Suprice

Powèm pa Manno Ejèn

Pou swasant kenzyèm mwen

Swasant kenz an
se pa swasant kenz jou.
Se teritwa mwen okipe nan tan an.
Espas chèmèt chèmètrès
mwen make an bouk
pou mwen pa pase inapèsi.

Istwa an dan goyin
Zigzag twa zile mwen travèse
Yon pye mwen rasinen nan Kannaldivan
lòt la anchouke nan Sen Loran

Sukre sale ant lalin avèk solèy
mwen se nonm sa a menm
avèk swasant kenz rekòt limyè
tou cho tou flanm
ekla zetwal tou limen
Liminasyon bouji
etensèl tout koulè
payèt dore fedatifis
byen konte o pwèlyèm sou tèt mwen

Yo di se kache zwazo kache
nan trankilite travèse yo
wout dènye repo elefan
tou make nan lòlòj yo.
Yo fè li an silans
san temwen.
Mwen mwen se zwazo vwayajè a
mwen rete rekòl vennsenk zetwal
pou mwen keyi ankò
yon vòltij san bri san kont
yon bras pou mwen fè ala planch

—Manno Ejèn tire nan paj Facebook li jou 2 jiyè 2021

Powèm pa Ewald Delva (Konpè Zòf)

Pa gen tankou fanmsaj Chansrèl

Manman m te pran yon randevou
Kay yon fanmsaj ki fè m damou
Se la m premye pete kout rèl
Ti non fanmsaj sa se Chansrèl.
Se vwazinaj ri Chalotin
Aviyasyon sèvi l temwen
Tout se zanmi l, mande Hasco
Se la manman m kaselezo.

Li pa t ko la sou tan Lanprè
Nitou, li pa t konn Defile.
Men l fè kwen kay li yon santyè
Pou resevwa kòz malere.
Fanm gwòs ke w pòv, vin wè doktè
Yo menm konn ba w medikaman
Gwòs san papa, fanm yo pa pè
Nan men Chansrèl gen soulajman.

Poutan manmzèl ret meprize
Anba rejim yo ki pase
Twòp trip kòde k gen kakarèl
Fè yo bliye vizaj Chansrèl
Pou yo, li pa t nan bon andwa
Tankou Channmas, Lekòldedwa.
Pou tout byenfè l an Ayiti
Yo lage l pou l «gratesanti».

Chansrèl pa konn jete pitit
Pouki l pa jwenn yon bon merit
Anpil nan moun li bay lavi
Abandone l avèk deden.
Al mande Isaīe Jeanty
Oubyen al wè Léon Audain
Y a di w ki moun fanm sa a te ye
Ki wòl li jwe devan Bondye.
Anpil gwotèt fin pwofite l
Gen mizisyen tou k abize l
Sou pretèks wete l nan poubèl
Yo fè konsè sou do Chansrèl.

Avèk lide pou l jwenn pwofi
Li pa menm jwenn yon ti degi.
De grenn doktè k ap ba l koutmen
Nan lespwa pou l ka wè demen.

Kan lous gwonde, pyebwa forè tranble

Mwen anvayi w militèman
Paske m pa vle w antre nan sa
Pou pa gen plis dezagreman
Se dèyè pye m pou make pa
Sou ou m gen dwa fèedefè
Ak zamfannfwa kraze brize
Pran fo pretèks, pou yon erè
M pa vle Otan, e m debake.

Mwen se pi gwo Lous nan forè
M prèske mwatye gwosè latè
Kò m an Ewòp, pye an Azi
M wè Lamerik an Siberi
Nan tout rakwen, nan tout kote
Sou tout glòb la de je m kale
Lè mouch pike m mwen pran gwonde
Tout zannimo yo pran tranble.

Mwen pa pè Lyon yo pretann rwa
M pi gwo pase l senkant mil fwa
Si pou l batay fòk li an twoup
Poutan mwen menm, m pa bezwen gwoup
Si nou goumen, l pa ka ponyen m
Se sèlman dan l k ka grafonyen m
Men bout pou bout, mwen k ap kraze l
Fòs mwen kapab elimine l.

Si m pa pè Lyon, alevwa Kòk
K ap mache di ke l gen zepon
Deja pou mwen, sa pa yon chòk
Sekrè Achil sa san talon.
Fòk li sonje nan maladrès
Lègnwa te fè l mache ès ès
M ap fè l pi mal ke avanyè
Mwen menm m ap kuit li nan chodyè.

Vwazen Dragon eklere ta
Tankou bègwè k fèt ap vini
Menm lè l ta vle mete l opa
Kakònjenou l poko fin di
Li ka gen moun, men l manke syans
Fè gè mande bon eksperyans
Detwa baton tonbe nan wou l
Li p ap lontan rantre nan twou l.

Sèl bèt mwen krenn, se zwazo èg
Ki etann zèl li toupatou
Grif li ka nui m menm si m gwonèg
De zye l ka wè toutalantou
Li konn sezi w lè l ap plonje
San w pa atann l akapare w
M konn ba l manti pou verite
Se sèl mwayen ki ka sove w.

—Ewald Delva «Zòf»

Powèm pa Denizé Lauture

Yè ! Jodi ! Demen ?

Boula tout NÈG tèt anba sou kwa !
Solèy ap lave je l Wou mwen
Sou zèpòl mwen
Digo mwen nan men m

Lawouze fwèt benyen bwa janm mwen
Mwen nan chimen jaden

Solèy klere yon bò mòn Fwonmi ap mòde m Pikan ap pike m
Mwen do bese
M ap sekle jaden m Solèy sou tèt mòn Mwen do touni
M ap voye wou M ap voye pikwa

Kò mwen pa konnen repo midi Solèy dèyè mòn
Mwen do bese
M ap plante patat ak manyòk
M ap plante pwa ak mayi
Gwo trip mwen ap vale ti trip mwen
Solèy pral kouche
M ap chache manje bèf ak kochon
Pye bannann wou m sou zèpòl mwen

Pakèt zèb digo m anba bra m
Mwen rale sou yon janm nan chimen lakay
Poul fin moute bwa
Mwen janbe bayè gòl metsiyen
Mwen ranje vye kò m sou yon chèz
Pye kase plen pinèz
Yon ran timoun sòti nan kizin
Sa ki douvan pote yon bòl Soupe mwen nan bòl la
Li mete l sou jenou m li chita
Tout lòt yo chita douvan mwen tou Menm si sa ki nan bòl la
Pa bouche yon sèl twou dan m Mwen oblije kite pou yo
Yo tout niche bòl la byen niche Tout pase yon dwèt
De kwi dlo sèvi pou lave pye m
Pou fè twalèt de ba m

Sou mi lakou nan fènwa osnon lalin
Mwen pase men plen zanpoud mwen
Sou vye kò mati mwen

Nan tèt mwen jounen ki fini an retounen
Mwen konte konbyen pikan ki pike m
Konbyen fwonmi ki mòde m

Konbyen fwa digo blese m
Konbyen fwa mwen patinen malpwòpte

Mwen konte konbyen wòch
Ki fwape zo janm mwen

Konbyen branch bwa pwenti ki antre nan kòt mwen
Konbyen fwa mwen pran nan pwa grate

Mwen antre mwen kwochte pòt mwen
Pou lougawou pa vin ouvè l sou timoun yo

Mwen lage kòm sou yon kabann planch di
Matla ranyon plen pinèz
Sò Yèt vin lonje kò l kote m
Nan tout rèv nou
Genyen yon balans ansasen awousa
Nan tout rèv nou

Genyen zobop ak san pwèl
Nan tout rèv nou

Genyen yon gwo larivyè sal ak touhin
Nan tout rèv nou

Genyen yon gwo kwa blanch
Ak yon pakèt sèpan
Yon pakèt zaryen
Yon pakèt eskòpyon
Yon pakèt aganman
Ki foure tye tode yo
Nan tout twou nan kò nou
Yo akwe nou sou kwa dyab la
Gwo kwòk dan yo tounen klou
Pou krisifye nou tèt anba
Chak maten nou leve
Nou rele pè letènèl
Chak dimanch ki tonbe
Nou mete sèl bèl rad nou
Nou fè wout long legliz
Nou kondi nevenn
Nou kondi nevenn
Pou Gran Mèt la wete nou
Nan mizè nannan lanfè
Pou lavi nou kapab vini
Yon verite klè santi bon
Men genlè yo kreve zorèy Gran Mèt
Genlè lasi lè syèk dè syèk
Koud po je Gran Mèt VANYAN GASON

NÈG ki pa pè solèy
NÈG ki mache nan move tan Anba loray
NÈG ki gwonde manman vaksin
NÈG ki eklate lanbi Zekal di
NÈG ki kreve manman tanbou
Ki voye digo wou pikwa
Ak gwo kout « AYIBOBO »
M ap sele chwal mwen
M ap janbe bayè yon divinò
Ki gen ounfò li
Dèyè pik lanfè Pou l sa fè m wè
KI VALÈ BASEN POU M PLEN SAN
Pou m lave lavi mwen
Denmen yo mèt rele m denmon
Men fout pitit mwen pou souse Boul sik lèzany… !

Touf kann lanmò

Mwen swete yon jou
Ya genyen pitit pitit
Pitit ki sonje yo
Pitit ki ranmase zo yo tout
Ki kanpe yon
Hounfò pou yo
Sou tèt yon gwo mòn!
Ka jodi a mwen chache tonm yo
Mwen pasa jwenn tonm yo…
Tak tak tak
Dlo koule nan je manman
Tankou gwo grenn lapli
Sou do kay tòl
Tak tak tak
Dlo koule nan je madanm
Tankou gwo grenn lapli
Sou do kay tach
Tak tak tak
Dlo koule nan je pitit fi ak sè
Tankou gwo grenn lapli
Sou fèy bannann vèt
Tak tak tak
Papa ak frè
Frè ak pitit gason
Tounen pye kòk loray boule
Anba move debòdman
Dal dlo nan je yo
Mouye tout kò yo
Lave janm maleng yo
Kouri sou tout tèt zòtèy yo
Fè yon ma dlo sonb.

—Denizé Lauture tire nan rekèy Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a, edisyon Trilingual Press, 2022.

Powèm pa Charlot Lucien

Enfinitesimalite

Mwen te tou piti
Mwen te tou foumi
Pandan mwen t ap trennen frajilite m
M al tonbe pa aksidan
Nan soulye yon gwo potanta
Ki te konn fèt e defèt nan leta

Li achte li revann bank
Fè travayè monte maswife pa do
Bati kokennchenn chato pou madanm ak mètrès
Peye fè chapèl òfelina ak koudeta
Monte sou fanm, sou timoun kou gason lè lide l di l
Epi gagare bon jan chanpay milezime
Pandan l ap manke dega san krenn
San pè Pèletènèl
Fanm ak gwo otorite.

Gwo potanta a t ap vwayaje
E pou jan mwen t ap frisonnen
Nan fredi machin klimatize a
Mwen te fofile pi fon anndan soulye li
Mwen te jwenn yon twou nan chosèt
E mwen ta l fè nich mwen nan mitan zòtèy li.

Machin gwo potanta a te prese,
Li devore wout la
Li voye pousyè bay foul la,
Voye dlo ak labou sou rad dimanch pyeton ;
Li teke yon ensèk
Ki pa t dwe vole nan mitan wout la ;
Li pase kawotchou
Sou yon chat ki te pèdi wout li

Epi sou yon chen ki t ap boloze ;
Epi pi lwen
Machin pase demantibile yon timoun avèg
Yon ti fi ki te kanpe twò pre wout la…
E gwo potanta a te manke toufe
Lè san pitit la te voltije
Al wouji kawosri ak vit yon machin
Li te konn fè lave ak dlo trete !

Yon papa kouri pwoche,
Endiyasyon, dlo ak pousyè nan je li
Li voye yon madichon
Ak de bra li anlè
Men san nanm…
Ki bò l li t ap janm jwenn kriminèl la ?
Mons la pouswiv wout li
Ak desten li,
Sa te sou ak pwisans
Ak ensousyans…
Mwen mwen foumi, prizonye
Mwen pou kont mwen
Mwen kwense
Anba zòtèy pye potanta a
M ap toufe ak doulè,
Ak chalè, ak lodè ;

Lè mwen pa kapab ankò
Mwen itilize sèl sa Bondye te kite pou mwen
Pou m defann mwen tou piti a :
Mwen foure pens dan mwen
Nan kote fant zòtèy la te pi mou a…
Mwen santi pye potanta a sote
Tankou li t ap choute yon boul
Epi l al tonbe sanzatann sou pedal akseleratè a ;
Machin nan li menm sote devan
L ap kòlte defans li
Ak yon pye mapou
Desten te mete sou wout ap tann yo.
Lè tèt gwo potanta a te plati fè labouyi sou vit la
Li tou pete li
San nan fwon li
Te swente nan yon fant
L al melanje ak san wouj kokeliko
Timoun avèg la
Ki te rete kaye sou vit la.
Papa a ki pa t twò lwen
Te gade, li wè, li kwè.
Li tonbe sou de jenou li
L ap begeye « mèsi papa Bondye »
L ap pote temwanyaj,
San li pa rekonèt,
Enfinitesimalite m…

Mwenmenm, tifoumi
Mwen file pitipiti mwen tou dousman
Mwen soti anndan tribilasyon prizon an
—Chalè ak odè kwui ak pye—
Epi mwen monte desann sou kadav la
Joukaske mwen desann atè
Mwen glise nan yon raje ki pa t twò lwen,
Kote m al fè yon respire
Yon pi bon lè
Pandan m ap reflechi
Sou desten sa ki panse yo pi gran pase nou
Ak wòl desten kite pou nou menm ki panse
Se nou menm ki pipiti
Nan gagè yo rele lavi a…

—Charlot Lucien

Yon vi Channmas nan Pòtoprens, Ayiti, an 2018.

Yon vi Channmas nan Pòtoprens, Ayiti, an 2018.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com