Anpil emosyon, anpil kè kontan, anpil fyète, se santiman sa yo ki te anvayi nou lè nou te resevwa lèt envitasyon Prezidan Akademi Kreyòl la pou seremoni jodi a.
Akademi Kreyòl Ayisyen an —foto koutwazi AKA Facebook
Nou pa t ka anpeche n sonje batay nou te mennen ansanm, divès etap nou te franchi, diferan okazyon nou te genyen, pou n te kontan, pou n te pran lapenn, pou n te ranmase karaktè n, jis nou te rive jwenn sa n t ap chache ansanm nan : mete kanpe Akademi Kreyòl Ayisyen an Konstitisyon an te kreye depi lane 1987.
Jounen jodi a, nou kontan paske Akademi an se pitit nou tout. Nou kontan dèske l kanpe djanm, malgre tout jan peyi a vire nan dènye jou sa yo. Nou fyè dèske nou fè pati yon fanmi laj, ki viv yon bèl eksperyans solidarite ak jenewozite, ki pote bon rezilta, nan yon moman nou pa t kwè valè sa yo, santiman sa yo te toujou egziste, te toujou konte nan peyi d Ayiti. Ayibobo yon lòt fwa ankò pou tout manm Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen yo.
Tipa, tipa, Akademi an ap travay, Akademi an ap fè chimen l, Akademi an ap pran plas li nan mitan sosyete a, nan chapant Leta a, kòm ogàn ki gen responsablite fè respekte dwa lengwistik pèp ayisen an.
Nou ka santi pa yo two piti, pa yo twò kout. Nou ta ka fè plis. Nou ta dwe fè plis. Nou gen obligasyon fè plis. Paske travay la anpil. Defi yo pa piti. Epi vre objektif la se pa t Akademi an pou li menm. Akademi an se yon zouti pou nou konstwi yon nasyon egalego sou kesyon lang.
Èske nou konnen nou se yonn nan ra peyi sou latè, kote nou ka jije, kondane yon moun, san l pa janm konprann sa k ap pase a ? San l pa janm konprann pou ki ? San l pa menm konprann sa y ap di sou li, an byen ou an mal ?
Èske nou konnen kesyon lang lan rete yon gwo blokaj ki fè Refòm Edikasyon n ap trennen depi 40 lane a, Refòm Bernard la toujou pa ka ateri ? Ki fè nou pa konn konbyen jenerasyon timoun ki sakrifye, defòme, malfòme ?
Èske n konnen sosyete a toujou diskrimine moun sou baz lang li pale ? Lè se sèl lang manman w ou ka pale, lang natirèl ou, anpil pòt tou femen pou ou, anpil opòtinite pa pou ou. Lang manman w wi ! Lang natirèl ou wi !
Wi, nou konn tou sa. Nou tande yo tout tan. N ap viv ak yo chak jou. Yo vin tankou nòmal, banal. Anyen pa deranje !!!
Enben non !!! Yo pa nòmal. Yo pa banal. Yo deranje nou. Yo gen konsekans grav sou nou tout. Sou tout peyi a. Sou tout sosyete a. Nou pa ka kontinye viv ak yo. Nou pa ka kontinye tolere yo.
Jounen jodi a, anpil nan nou ap mande : sa k ap pase peyi a konsa ? Tout katastwòf sa yo, tout kalamite sa yo n ap viv san pran souf. Katastwòf ak kalamite sosyal, politik, ekonomik. Nou pa rekonèt peyi a. Bèl ti peyi nou te reve a. Bèl ti peyi nou kwè nou travay pou li a. Pouki se nou ? Èske se yon malediksyon, yon kolye maldyòk pa konprann, ki tonbe sou nou, ki fè nou pa wè devan, nou pa wè dèyè ? Sa k ap pase nou konsa ?
Lè w ap viv nan yon sosyete yonn pa ka pale ak lòt, yonn pa konprann lòt, yonn ap pran otè sou lòt sou baz lang li pale osnon lang li pa pale, èske se pa yon rezon ki ka eksplike anpil kalamite peyi a ap viv ?
Èske se pa yonn nan pi gwo fondman pèsistans yon sosyete miwomiba, k ap kale san pran souf ensekirite, enstabilite, destriktirasyon ekonomik, sosyal ak politik ?
Yè maten, nan Rektora a, nou te siyen yon Pwotokòl Akò ak Sekretè d Eta Alfabetizasyon an. Nou te pale de yon seri devwa nou genyen ak pwop tèt nou, kòm sitwayen, kòm sosyete, kòm pèp. Nou te pale de Ajenda Fondalnatal nasyon an.
Jodi a ankò, tankou nou te fè l pou kesyon Alfabetizasyon an, nou vle pwofite seremoni Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la pou n sonnen yon kout lanbi revèy, yon kout lanbi konsyans, bay Leta, bay sosyete a, bay moun ki gen mwayen, bay moun ki gen enterè nan peyi a, pou yo sonje, gen yon seri travay, gen yon seri devwa nou pa ka kontinye bliye, nou pa ka kontinye neglije. Paske si yo pa fèt, peyi a p ap janm pran yon souf, peyi a p ap janm rive modènize, peyi a p ap janm ateri nan 21ème syèk la, peyi a p ap janm rive mache sou 2 pye l, peyi a ap kontinye rate opòtinite.
A la bèl sa pral bèl lè Akademi Kreyòl Ayisyen nou an jwenn bonjan mwayen pou l ranpli tout misyon lalwa ba li, lè Leta, Lajistis, Lekòl fonksyone an kreyòl tou, san pwoblèm, san konplèks, lè sosyete a pran konsyans defisi l ap fè toutotan l kontinye konsidere yon bon pati popilasyon an tankou bèbè sosyal.
Tankou nou te di l yè maten, pwomosyon lang kreyòl, pwomosyon kilti kreyòl, pwomosyon ak defans lang ak kiliti kreyòl, pwomosyon ak defans idantite nou, valè nou, pou nou alèz ak tèt nou, pou nou panse ak pwòp tèt nou, pou nou pa wont sa nou ye, sa nou genyen, sa nou kwè, tou sa yo fè pati travay nou, devwa nou. Tou sa fè pati Ajenda Fondalnatal nasyon an.
Mwen swete nou yon Bon Jounen Lang ak Kilti Kreyòl.