Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Omaj pou Papadòs

—pa Franz Minuty

Papadòs, André Fritz Dossous.

Papadòs, André Fritz Dossous

Onè-Respè pou nou tout ki chita la a jodi a
ak men nan machwè, kè sere, min mare.
M ap gade nou ak yon voum lapenn
K ap benyen nan Lavoldwòg kriye nou
K ap dangoye nan Latibonit tristès nou.
Lanmò ponyen men nou enpi trennen nou la a
Fòse n vin founi je nou gade
Youn kokennchenn Pye Mapou ki finalman tonbe
Yon potorik gason ki pat pè lonje dwèt-karabin li
Sou kanson-fè tout plim, tout plimay
K ap fè lavi mounn monte syèl la devan-dèyè
On majisyen-lapawòl san tokay
Ki te gen don fè mannèv ak mo, ak fraz
Pou twoke kòn ak tout kalte mank egalite:
Mank egalite ant fanm ak gason
Mank egalite ant mounn analfabèt ak mounn save
Mank egalite ant rich ak pòv, elatriye.
Dòs, chè frè an mwen, ou kouche la a tou long
San souf, san kontwòl, san enèji, san vi.
Ou te konprann ou te kab pran Lanmò nan fent
Pandan plis pase dezan
Ou te tann youn ti pèlen pou li
Pou fòse pès la, vye chòche a, manman dezagreman an
Bay lavi ou yon michan ralonj pou kontinye louvri je nou
Kontinye ban n plezi antan w ap eseye chanje mès nou
Tankou Molière te konn fè ak teknik «Castigat Ridendo Mores» la.
Men, malerèzman, ou pa te rive ni minote Lanmò
Ni met kòd nan kou l, chenn lan pye l
Ni fofile nan fant janm kanbral li.
Finalman, malgre tout senp ou fè, ou pèdi match la
Se Lanmò ki rive fè ladènyè sou ou. Se dilere!
Dòs, monchè, kò w lonje la a ansenèryen
Nan ti kannòt kajou w, nan ti bwafouye w.
W ap reflechi sou lavi w ki lage dyaz la.
W ap titile bò wonn estasyon an
W ap make pa kon youn sòlda ki pral nan lagè
W ap pare kò w pou al fè dènye vwayaj ou
Pou Peyi San Chapo.
CHAPO BA POU OU, frè m!!!!!
Mwen swete, ak tout kè m
Ou rive nan destinasyon ou
San ankenn pichon pa tonbe sou kadav ou
San ankenn malentespri pa detounen w sou chimen ou.
Men mwen konnen ou se nèg ki malen.
Kidonk, mwen pa pè pou ou.
Ou se on nonm ki toujou damou anpil pou syans.
Mwen sispèk ou dwe kouche la a ap kalkile
Ki fòmil matematik, ki konpa, ki GPS
Ou ka itilize pou ateri nan destinasyon final ou.
Ale, frè m. Sige. Bat zèl ou.
Mande Papa Loko pou l gonfle van met nan vwèl ou.
Lanmò fose w pran devan.
Pa bliye voye nouvèl ba nou ki dèyè.
Ale, zanmi, ak youn farinay lawouze sou nanm ou.

—Franz Minuty fevriye 2022

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com