Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Prezantasyon Tyaka Poetica

—de Tontongi [ISBN : 978-1-936431-37-3 ; esè, powèm, memwa, 400 paj, Edisyon Près Trileng, 2021.]

Tontongi avèk Franck e Paul Laraque lakay dènye a nan Queens, Nouyòk, an 2004.

Tontongi avèk Franck e Paul Laraque lakay dènye a nan Queens, Nouyòk, an 2004.

Lektè ak lektris yo ap apèsi nou fè nan liv sila a yon melanj de jan ak tematik ki parèt pafwa toudisan. Se yon estil mwen eksprèseman chache mwen rele estil tyaka. Kouwè tyaka—yon manje ayisyen ki fèt de melanj mayi, pwa, krèm joumou, lèt kokoye, vyann, epis, elatriye, pou konpoze yon repa koupe-dwèt—, mwen melanje engredyan diferan e ki aparamman pa ale ansanm pou kwit yon pwodui final ki gen yon estetik ak yon flavè varye ki mete an valè chak grenn engredyan yo pandan y ap pwojte konpleksite kalite ansanm lan.

Liv sila a gen ladan li de (2) liv, avèk kwazman tematik ak jan (memwa, esè, powèm, pwofil, tematik konik, elatriye).

Nou tout fè pati yon tijan de yon Totalite rasanblè, menm si nou plase plis atansyon n ak fokalizasyon n sou patikilarite nou ak endividyalite nou. Lafrans komemore an me 2018 senkantyèm anivèsè evennman Me-1968 yo. Se te pandan adolesans mwen. Byenke m te fèt e t ap viv nan Pòtoprens pandan evennman eklatan e fantastik sa yo, mwen te aplodi yo e twouve yo gen yon frechè rejwisan, dotanpli mwen t ap konfwonte, kouwè tout jèn jenerasyon m yo nan bò kote lanmè Karayib sila a, mond fèmen, menasan, represif diktati Papa Dòk la, avèk tonton-makout li yo, dwèt yo toujou pre gachèt revolvè ’45 oswa Uzi yo a.

Tyaka Poetica se yon ti jan tout sa, e plis ke sa : li se emosyon m ak esperyans endividyèl mwen ansanm ak koneksyon mwen, nou ta ka di, avèk totalite eksperyans èt imen yo, nan sans Edouard Glissant konsevwa li. De dimansyon sa yo de mwen-menm-nan-lemond ak mwen-menm-endividi-otonòm reprezante isit la nan kèk fason. Si nou ka konpare tèks avèk optik oswa avèk reyon solèy, mwen ta di tyaka se tankou yon kaleyidoskòp oswa yon akansyèl ki konpoze de anpil koulè diferan men ki fòme alafen yon inite esplandid e mèveye. Se omwen sa m swete.

Tontongi avèk Georges Anglade lakay Berhmann Narcisse nan Hyde Park, Masachousèt, an 2005.

Tontongi avèk Georges Anglade lakay Berhmann Narcisse nan Hyde Park, Masachousèt, an 2005.

***

Nou konnen kouman konplezans, lachte ak abdikasyon klas politik e entelektyèl alman an te fasilite monte o pouvwa rejim nazi a an 1933, men moun pa twò konnen ke sa ka rive tou nenpòt ki kote jounen jodi a, kouwè nou wè nan ane 2016 nan Etazini kote elektora a lese yo pran lòlòj li (zonbifye se yon pi bon mo) avèk demagoji yon entreprenè anbisye, eritye richès papa li.

Koutje an revè mwen voye sou Oksidan an pa soti sèlman de yon raj kont zak babari ak degradasyon èt imen moun ap fè onon « libète » pou antrepriz, pou posede bagay ki te dwe bagay tout moun, oswa onon « sekirite », dènye mo paspatou sa a vin tounen lakrèm pretèks pou jistifye zaksyon ki pi orib Leta pwotektè ap koze ansanm ak reklamasyon otorite ak fòs ki pi orib yo pou veye lòd sosyal la, ki vin deplizanpli pi militarize e fachize nan Etazini sèdènye tan. Se egalman yon rejeksyon fòs sa yo, ki rive enstore yon sitiyasyon kote yon polisye nan nenpòt kèl minisipalite, piti kou gran, ka tiye avèk enpinite nenpòt kèl moun ras nwa.

***

Yon moun pa ka pa pale de « fenomèn Trump » la nan yon koleksyon esè ak powèm ki ekri nan ane 2016–2020 yo nan Etazini. Se te kòmsi ou ta pale de Sad nan prizon Bastille san w pa mansyone Revolisyon Fransèz a.

Tontongi avèk madanm li Jill e ti gason l Jonah nan Boston, Masachousèt, nan okazyon louvèti pon Leonard Zakim Bunker Hill jou 30 mas 2003.

Tontongi avèk madanm li Jill e ti gason l Jonah nan Boston , Masachousèt, nan okazyon louvèti pon Leonard Zakim Bunker Hill jou 30 mas 2003.

Pou m eseye konprann Trump, mwen aplike osijè li sa mwen rele a antwopoloji revèse oswa envèse, sètadi yon rega ki diferan de sa Oksidan pote sou tèt li a, yon rega diferan de pwòp imaj de li menm li reflekte nan inivè nasisis li a. Sa, mwen menm, mwen wè nan swadizan fenomèn Trump la, se fayit ak demisyon de tout yon klas politik ki vin sou ladefansiv akoz de konbin ak vorasite yon prens privilejye sistèm kapitalis k ap triyonfe a. Li pa pè avili sistèm lan paske kapitalism triyonfan li reprezante a ap mennen bann lan.

Etazini sot konfwonte ak yon demon ki ba li yon sèl altènativ : oswa li kontinye demantibilasyon sistèm dwa a jiska vin enpoze diktati yon sèl moun (kouwè Trump te eseye a), oswa li reprann kap li. Kriz enstitisyonèl oswa konstitisyonèl etazinyen an, ki te agrave pa abi san rete Trump te fè de sistèm de dwa a, vin rezoud nan afimasyon Leta de dwa a, e sa te ede gras ak rezistans popilasyon an ansanm ak vijilans medya yo, jounalis yo ak jij kouraje yo. Gras ak rezistans li kont otoritarism, peyi a ap vin rejwenn ekilib demokratik li e nou espere l ap vin tire tou yon leson pozitif de lannwit penib istwa sila a. Men menas yo toujou la e reyèl.

***

Kanta lit liberasyon ayisyen an, li ap dewoule jounen jodi a sou plizyè teren e sou plizyè ang. Li dewoule byennantandi, dabò ann Ayiti kote pèp la ap konfwonte ak yon boujwazi patripòch, reyaksyonè, totalman endiferan ak malè pèp la, ki alye l ak enperyalism ewo-etazinyen an, ki limenm nan tou pa l an kwalezo avèk gouvènman santral la, yon gouvènman ki espesyalis nan montre sa l pa ye e ki alye l ak gangstè pou kenbe pouvwa.

Tontongi nan yon lekti nan galri Out of the Blue nan Cambridge, Masachousèt, de goch a dwat : Danielle Legros-Georges, Everett Hoagland, Askia Touré, Jill Netchinsky, Tontongi e Michel Degraff vè lane 2013.

Tontongi nan yon lekti nan galri Out of the Blue nan Cambridge, Masachousèt, de goch a dwat : Danielle Legros-Georges, Everett Hoagland, Askia Touré, Jill Netchinsky, Tontongi e Michel Degraff vè lane 2013.

Lit liberasyon ayisyen an ap dewoule tou sou teren idantite kiltirèl e lengwistik la kote, malgre gran konba gason ak fanm vayan, pami yo Iv Dejan ak disip kreyolis li yo ap mennen, minorite ki annamoure pou franse yo poko vle de bon gre pèdi privilèj yo estime ki vin pou yo daprè dwa yo.

Solisyon pwoblematik sila a, nan kondisyon sa a, parèt klè pou nou : valorizasyon lang matènèl ayisyen an, non pa nan dezavantaj franse, men nan yon vizyon liberasyon k ap rann li alafwa egalego avèk franse e ki ap tabli li kou enstwiman predileksyon devlopman ekonomik Ayiti.

***

Nan liv sila a, mwen eseye tou kaptire pwoblematik egzistansyèl, sosyoekonomik, politik e moral k ap sakaje epòk nou an e ki anpeche rejwisans anpirik lavi nou. Epi chèche tou nannan pwofondè rasin yo ki ini nou youn ak lòt e ki idantifye nou antanke èt ki panse, ki kreye itopi e ki kapab reyalize li.

Nan tèks nan fen liv la ki titre « Etazini anfas doub kriz KOVID-19 ak kontestasyon kont rasism sistemik » la, mwen fè yon toudorizon sou de kriz sa yo ki akable Etazini apati mas 2020 jiska jounen jodi a (mas 2021). Iripsyon pwoblematik sa yo devwale tandans fachis yon sèten klas ak yon sèten milye politik nan peyi Etazini, ansanm ak posiblite solidarite ant diferan gwoup sosyal e rasyal yo pou chanje lavi. Chanje lavi, se menm tèm lan ak souwè nou evoke nan yon tèks pi devan an sou pwoblematik Ayiti a. Nou swete lektè ak lektris yo yon bon lekti.

—Tontongi Boston, oktòb 2021

Ou ka jwenn liv nan adrès lyen pi devan yo:
Vous pouvez obtenir le livre en suivant ces liens:
You may purchase the book by following these links:

Trilingual PressAmazon

Tablo kontni (dyakout liv la)

Remèsiman
5
Entwodiksyon
7
Anvan-koze
15

Premye pati
Ane Trump yo nan Etazini

Konik tan an
17
I. De premye ane administrasyon Trump lan (2017–2019)
19
II. Zafè « Ukrainegate » lan ak pwosesis destitisyon an (impeachment)
83
III. Etazini anfas yon doub kriz KOVID‑19 ak kontestasyon kont rasism sistemik
118
IV. « Yon fayit lidèchip fenomenal e katastwofik »
147
V. Toubiyon kawo : Kriz kòm posiblite pou rekòmansman
154
VI. Sou koudeta enzireksyonèl rate 6 janvye 2021 an
181

Dezyèm pati

Entwodiksyon
207
Simbi nan dlo
211
Teworism sou Nanm moun
213
Ayiti de kriz an kriz men lavi ap kontinye
217
Goudougoudou pa dous ni dou
220
Yon pèp anvi
222
Mizikal pou Mirabo
223
Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato
225
Pou sa ki twomatize yo ak sa ki ale yo
230
Orevwa, Matant Lili
232
Manno Charlemagne nan lavi kou lanmò
234
Vizyèl
250
Vizit mwen ann Ayiti an jiyè 2016 : Yon memwa
269
Vizit mwen ann Ayiti…
289
Souvmans 17 oktòb 2018 ann Ayiti
309
Chanje lavi : Pledwari pou yon apwòch otojèn ann Ayiti
326
Post-Scriptum : Sou asasinay Jovenel Moïse la
337

Anèks franse
Annexe française

Rezime yon istwa sosyolengwistik opresif
349
Résumé d’une histoire sociolinguistique oppressive
351
Chronique d’une fenêtre ouverte sur le règne du pseudo-Néron
354
Un coup d’œil sur ma poésie
369
En observance du dixième anniversaire de la mort de Paul Laraque
373
Finalité et coups de la décrépitude
373
La mort de Papa Doc
375
Le terrorisme de l’esprit
377
L’osmose de la proie et l’ombre
381
Simbi dans les eaux
383
Nòt pou chapit ak tèks yo
385
Annex / Anèks
395
Profil de l’auteur
396
Pwofil otè a
396

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com