Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Gen lè m rete, m sonje lontan

—yon ti memwa Ewald Delva

Lè m te timoun m te renmen goumen, sitou m te konn pran pou sa ki pi piti y ap bat. Kase pari pou m wè fòs mwen, se te bèl mwayen pou m te pran grad ak lonè kòm gwonèg, nèg fò, e brave danje. Anpil lokalite sou kote yo te respekte m pou chak fwa m met do ti pòy mwen atè. Deplis, se pa t sèlman zòn lakay, tout lòt kote m pase, ògèy pa t janm kite m pliye ke m anba vant mwen. Sèdike, m konn chache batay.

Rex Théâtre «atizaye» apre Goudougoudou.

Rex Théâtre «atizaye» apre Goudougoudou.

Kote m te pi renmen kase pari, se ak ti kanmarad klas mwen. Konsa, m te vin gen renome kòm batayè Lwijanboje. Lòt elèv te konn pote plent nan direksyon pou mwen. Sepandan, nan katye lakay pi espesyalman, mwen te vin enpe ralanti kous konkèt la pou papa m ki pa t manje anyen frèt ak nou, sitou pou koze batay.

Kòmandan an te rèd ak nou, e menm souvan li kite l depase pa evènman nan ekzèsis otorite l. Li bay baton pou nenpòt bagay ki san valè reyèl. Parekzanp, pinga yon vwazinaj vin konplent pou youn nan nou, ke l vrè ou fo, n ap pran baton. Li deklare, se nou ki pou fè respè nou, e non yo menm. Anfèt, nou dwe mache sou opa selon deviz li, kòm fanmi apa, e distenge. Dayè, se de okipasyon sèlman li konnen l ban nou, se : lekòl ak legliz. Pou tout lòt anbyans sesisekwendèk, petèt vandredi apremidi, ou samdi aprè nou fin fè travay, etidye leson e fè devwa.

Bagay nou tout te pi redoute nan men patriyach la, se fè enspeksyon liv chak kenz jou almanak. Pinga gen yon sèl rati plim ou kreyon nan liv yo pou n pa pran sanksyon. Li fè nou konnen, liv yo dwe rete byen pwòp pou lòt ti frè nou k ap vini. E si youn nan nou ta pèdi yon atik tankou : règ, plim, kreyon ou kaye, l ap kale non sèlman fotif la, men tout lòt yo pou mank siveyans youn sou lòt. M pa bezwen pale pou pèdi yon liv, ou mèt tou pran wout lanfè pou ou.

Vwalatilpa nan renmen e chache kase batay ak lòt timoun, men mwen pandan m pral lekòl, nan mitan wout, m te vin rankontre yon pi gran k ap toufounen yon pi piti k ap kriye anba zoklo. Menm kote a, m voye valiz lekòl mwen nan yon kwen pou m al vanje ti enkoni mizerab la. E vrèman, ak de bon kout fay, mwen te ranpòte laviktwa sou advèsè a ki pran kouri. Moun te bat bravo tank kè moun te kontan. Sepandan, aprè viktwa a, se pi gwo defèt ke vi m te pral konnen, paske m pa t wè valiz lekòl mwen. Epi latou, lajwa m gentan transfòme an tristès nan tout zantray mwèl mwen.

Pou m byen eksplike etadam jan mwen te vin santi m, m pa t konnen si m te anwo, ou si m te sou tè a. Anndan m te dekonstonbre totalman. M te tan chache valiz lan nan tout rakwen e rekwen zòn nan, men m pa t janm retwouve l. Rivyè Latibonit pa t gen ase dlo ankò pou l te prete m kriye nanm mwen. E sa ki pi rèd, nan senk jou ankò pral gen enspeksyon liv.`

`

Frè m yo an reyalite, pa t ka fè anyen pou mwen lè m te eksplike yo sitiyasyon an, paske nou tout te nan menm bato. M te pase twa jou prèske san manje, e san bwè paske zantray mwen te vire antyèman nan lanvè. M t ap frisonnen tout lajounen, e m te gen lafyèv lèswa tou an jeneral. Sèt liv sa yo ki pèdi : Fransè pa lètèks ; Gramè Klod Oje ; Lekti kourant ; Aritmetik ; Ijyèn ; Jeografi ak Istwa Dayiti. Twa kaye pou devwa opwòp, e yon lòt pou bouyon, akonpaye tout enstriman konpa règ, gòm, plim, kreyon e yon sache ekè pou trase.

Plizyè fwa m te menm rive panse al woule kò m anba yon machin pou m te mete fen ak vi m. Mwen te panse tou a pati, sove ale lwen pou anfen nwaye tèt mwen nan lanmè. Deplis, m pa t menm ka touse sa fò nan kay la pou koze a pa t fuite.

Men apèn si te rete de jou ankò, m pa t konn kisa pou m te fè. M te fè senk jou nan fent, m prale lekòl san valiz. Dayè, ou pa menm bezwen mande si m te konn leson m, je m pa t janm rankontre ak liv.

Nan evazyon lide m yo, m te santi yon transpò nan nanm mwen ki kòmsi anestezi tout panse m pou l resevwa lanmò l kach. Raso ou rigwaz ke chèf kay la konn kale nou, toujou byen sere nan fon bifèt li ki byen klete kote pou rat ak sourit pa manje yo. Wi, yo te byen pwoteje akoz nou te konn byen soupoudre yo eksprè ak grès mantèg pou wonjè yo. Epi se konsa, aprè m te fin fè demann sekou m a Letènèl pou ka a, m te fini pa reziye m pou rèl do m, ki deja tankou nan koma pou m ret tann sa ki pral rive pou mwen an.

Toutfwa, m ap gade toutotou de mwen tankou m vin yon bèt ki deja nan labatwa, se jis m ap tann bouche a vini. Epi yon lide di m : Chache nan kay la pou wè si m pa t kite valiz la pa oubli. Mwen oblije retounen nan nòmal mwen pou m mande tèt m, poudi se ta yon foli ki kòmanse vle atake m la ? Èske tèt mwen deja pati ? Vwa a nan lespri m redi m pou l jistifye l : Ou ka pa t ale lekòl jou sa a avèk valiz, chache nan kay la toujou ? La a, m vin sispèk si se konsa, gen lè m deja manke kèk detwa bon fèy nan bon sans mwen. M deplase.

Malgre m bouke souri lide yo, men, pa dout, m vin ap chache valiz la san chache l veritableman. Avèk yon ri jòn, m chache e rechèche san repons valab devan je m k ap twonpe m an ridikil. Konsa, m mande tèt mwen : Ou santi w satisfè, moun fou ! Pa gen de lanmò nan kondanasyon, reziye w mete detwa gwo rad sou ou, pou ka amòti kout rigwaz yo. E sibtilman, gen de lòt lide ki vin ap batay nan sèvo lespri m. Youn ap di m : Ou rete de jou ankò, men pran san w pou byen jwi jou sa yo. E lòt la redi m : Ou potko fin byen chache nan kay la, retounen al chache valiz la ! M gade tèt mwen nan yon glas, e se premye fwa m pra l ri depi lè evenman an rive m.

De minit aprè, m redi tèt mwen, se vre m rete de jou ankò pou m pran souf, men kibò m poko chache ankò ? E yon vwa pran lespri m, leve tèt mwen anlè pou l montre m galata kay la ki poko janm wè prezans vizaj mwen. Alò la, m souke tèt mwen pou m wè jous ki bò yon transpò lapèrèz ka trennen m. M kanpe, men lespri a di m monte ! Men mwen kounye a ki pran monte sou galata pou m al chache kisa ? E nan gran etonman m, premye rankont ke m pral fè se ak valiz lekòl la ki, byen chita repoze ap tann mwen vin chache l. Komatchouboulout !…

Tank m pa jwenn mo, m lage tout pwa kò m sou valiz la, epi m tonbe kriye mirak Papa Bondye fè pou mwen an. M devide anpil dlo zye, ki pa t sèlman pou kontantman, men sezisman ineksplikab. Èske nou konnen dòmi tou pran m sou galata aprè kenz minit de sezisman satisfaksyon.

M te vin anfen leve e desann ak valiz la pou m remèsye Bondye ankò pou glwa non l. Aprè sa, m pataje solisyon retwouvay mirakilez lan ak rès frè m yo ki te trè kontan pou mwen, e pou yo tou, paske papa m te ka bat yo tou pou mank siveyans youn sou lòt.

***

Sa ki pi bèl nan tout ren istwa a, nan jou enspeksyon liv yo, grandèt la vin remèt mwen yon sezisman sèk tou san pale. Li pran gade m nan tout pwofondè sezisman l ak bouch li ki ouvè men an silans. Li bay plizyè soupi, e li pa tèmine enspeksyon an nan tout lè li te konn fè yo. Premyèman, li t ap prese pou l rive sou mwen ki an dènye avèk fòs, men sanble atant rekòt la detounen plan l.

Mwen ki, toujou poko konprann anyen, mwen vin jwenn yon ti mo ankourajman e padon nan bouch li, pou yon tras plim ki anfen twouve nan yon liv. Li di m : M prete w li, men m pa fè w kado l. Mwen kouri vit sòti devan l nan yon remèsiman grasifye tankou Moyiz ki sovedèzo. Se jous nan pita nan kabann li ak manman m mwen, m potko fin dòmi, paske m bay remèsiman a Dye ki sove m de kout raso sa yo, m tande chèf kay la k ap eksplike a manman m, kijan yon konpè l ki rele Frè Pyè, ki t ap pase, e wè m t ap batay. Li te wè lè m te jete valiz la nan yon kwen, li al ranmase l, e pote l bay papa m. Li te sere l sou galata a ankachèt, men mwen, m rive jwenn li. Men m lè m ta vle vanje kont frè Pyè, m p ap kapab pou de rezon, youn, li fè m rejwenn valiz lan, de, si m al fè frè Pyè eksplikasyon, se atò m ap pran baton nan men papa m.

Alòs sa make m pou tout vi m e m pran anpil leson. Alòs, gen lè m rete, m sonje lontan.

—Ewald Delva (Konpè Zòf)

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com