Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Istwa Marimod

—yon ti istwa kout pa Edna Chery

An pasan pa bò isit la, mwen pwofite pou m rakonte nou istwa Marimod, yon ti fi ki te rete bò lakay mwen nan kay Frè nan Petyon-Vil. Marimod te anvi viv men podyab tout moun te make l mal viv.

Edna Chery, Joane B. Dumont, Roberto Gabriel alyas Roga, e Evangéline Roussel. Roga te atis envite ki te sot Ayiti pou vin nan Ekspozisyon nan Tapped Apple Winery, nan vil Westerly, Rhode Island, an me 2018.

De goch a dwat : Edna Chery, Joane B. Dumont, Roberto Gabriel alyas Roga, e Evangéline Roussel. Roga te atis envite ki te sot Ayiti pou vin nan Ekspozisyon nan Tapped Apple Winery, nan vil Westerly, Rhode Island, an me 2018. —foto Chrispin Dragon, koutwazi Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts (AAAM).

Ban m kòmanse di nou kote Marimod te rete. Si tout kay nan katye a te gen baryè, galri ak balkon, lakay Marimod pa t gen fasad. Te gen yon ti kay do tòl san galri ni lakou, li pa t menm gen pòt ki louvri sou lari. Se sèlman yon ti fenèt ki louvri lè w ap pase, ki te fè ou konnen te gen yon boutik ladan li. Lè ou voye je ou anndan li, sou yon ti etajè ki chaje ak pousyè, ou te ka wè kèk ti bwat lèt, kèk sache sik, kèk ti bwat pat tomat, ak de, twa ba savon.

Pèsonn nan katye a pa t konn non mèt boutik la, e se an kachèt pou sèvant yo te al achte ladan li, amwenske se yon ba savon. Granmoun yo te pase lòd. «Pa al achte ladan li. Ti boutik sa a twò sal», yo te konn di nou.

Mèt boutik la yon jou te gen Azoumounou, depi lè sa boutik la te pote non «boutik Dran Dran», «boutik Azoumounou». Se gras a ti machann k ap sòti Laplenn pou ale vann Petyon-Vil ki fè ti boutik sa a te toujou ret louvri.

Epi pou ki pou yo ta ale achte nan yon ti boutik san non sa a lè Madan Oksius avèk Madan Daniel gen bèl boutik, etajè boure ak tout kalite bagay ? Madan Daniel gen boulanjri dèyè boutik li. Madan Oksius li menm fè tout kalite dous ke tout lòt boutik vin achte. Epi, pitit Madan Daniel ak Madan Oksius yo te nan menm lekòl ak tout lòt timoun katye a. Nan ti boutik sa a te gen timoun tou wi, men pèsonn pa t konn non yo.

Se pa dèyè ti boutik sa a nan you ti pyès kay ke Marimod te rete, ak frè l, ak maman l ki t ap travay ka madanm pou li te ka ba l lavi.

Marimod se te yon ti fi lanati pa t fè twòp kado. Lè w ap gade bouch li ou ta di ke moun ki te taye l la te fè yon move kout sizo. Bouch li te fann prèske dèyè zorèy li. Lè Marimod ap ri tout 32 dan l parèt, li te gen yon pè bòkyè bò bouch li. Je l te toujou wouj kòm si li te gen Azoumounou. Rad li toujou tankou bagay ki sot nan bouch bèf. Tèt li ou ta di li te dòmi nan nich pay, malgre li pa gen cheve li toujou penyen chou pou l ka sanble ak lòt tifi nan zòn nan, li refize sanble ak Choukoun, paske nan peyi l yo chante Marabou men yo prefere Grimèl.

Yon jou Marimod parèt devan baryè lakay Richa, yon bèl ti gason, grimo, cheve siwo, ki te sou yon gwo pye mango. Li mande l lage de mango pou li. Richa, timoun edike, chwazi kèk bèl mango li voye bay manmzèl. A A A sa te fè kè l kontan. Sa ou tande a, li mache di tout moun ti gason sa a renmen l. Gade bèl mango li ban mwen. Li te mache fè piblisite nan tout Petyon-Vil Richa se mennaj li.

Men sa li pa t konnen sè ke, Richa bèl ti grimo tèt siwo sa a, t ap simen lakangrin dan lopera nan mitan tout bèl tifi nan Petyon-Vil. Tout sèvant lakay Richa t ap griyen dan sou malerèz la. Gen youn menm ki gen tan louvri yon biznis aranje zafè. Pov Marimod. Tout ti degoudin l te fin pase nan peye, pou yo fè l bon nan ti gason an. Yon jou li pote di goud ba Loria, aranjez zafè a, pou l ba Richa, pou l achte kat pou mennen l nan sinema. Loria manje lajan l lan, epi li di l ou mèt al tann li devan sinema a, tout bagay regle. Men sa Loria pa t konnen sè ke Richa te gen pou l al sinema ak zanmi li jou dimanch sa a.

Dimanch apremidi rive, misye kanpe devan Étoile Ciné bò plas Saint-Pierre, ak yon kolonn bèl ti fi, yon kolonn ti milatrès elèv ka Mè k ap fé zizi pale pwenti. Timoun manman yo ak papa yo ap fè gwo bras. Timoun pen yo sou fou, lanmori yo sou gri. Ti modèl wòch nan dlo ki pa konn doulè wòch nan solèy yo.

Marimod parèt swe kou pitit bouki. De barèt bò tèt li. Ou ta di se tepe yo tepe yo. Pye l blanch tankou mèt dans. Lè ou gade rad la sou li, w ap eseye devine ki laj li te genyen lè li te nèf. Li rele Richa. Ti gason an gade l depi nan tèt jouk nan pye, l ap mande kiyès sa a ? Kote sa sòti ? Timedam yo menm mande, èske se on grenn ki chape nan men chalan ? Bann timedam tilititi yo mande, d’où vient-elle celle-là ? Tu la connais ? D’où vient-elle ? Marimod ap gade, li pa konprann anyen nan sa y ap di. Ou ta di se yon ekip Chinwa ki kanpe devan manmzèl. Ki kalite lang sa y ap pale la a ? Li toujou wè ti gason an men li pa janm pale avè l. Li pa janm konnen ke yo pa pale menm lang. Epoutan se sou menm bout tè a ke toulè de ap viv, nan menm katye. Kouman fè li paka konprann anyen yo di !

Men, menm si li pa t konprann pawòl yo, li te konprann jès yo. Li te wè li pa labyenvini. Kalite dwèt k ap lonje sou li, ak ri kenbe vant sa yo, fè l konprann fòk li dekanpe rapidman. Paske si l pa t konprann anyen, mo Chalan sa a te sonnen fò. E li te konenn sa ka ba l gwo pwoblèm lakay li. Lawont lan melanje ak pawòl sa mete yon gazolin nan pye manmzèl, pentad mawon pa ka file pase l nan moman sa a. Ou ta mèt lage senk chen anraje dèyè l, youn pa t ap ka mòde l. Li tèlman t ap kouri, gen de moun ki wè l ki pran kouri tou san yo pa konn poukisa. Yo pa konn si se Makout, si se Chalan, si se chen anraje, men yo kouri, pase kèlkeswa sa l te ye, se pa sou yo l ap fè ladènye.

Lè li rive lakay li, li lage kòl sou vant kòm si li t ap kache pou yon sosyete zobop. Apre, li sètoblije bwè yon ti dlo pou desann sezisman an. Men sa pa dekouraje l paske li wè ti gason grimo, tèt siwo sa a, se nan men l pou li ta ye. Li kontinye fè sa l kapab pou atire misye. Li pale fò, li ri fò, li mache dèyè l, li te menm rive mache menm jan avè l. Men nan je Richa ak lòt moun sou katye a, Marimod te envizib. Menm pastè Niko ki te gen yon gwo lekòl twa chanmòt, malgre madanm li te toujou sou balkon ap veye tout zen, kou tifi k ap pale ak ti gason, li pa t janm wè Marimod ta bezwen ale lekòl.

Tan pase, sila ki marye, sila ki pati. Moun pa menm remake lè Marimod ale. Dayè, li te envizib. Epi yon jou nan Petyon-Vil, m al parèt bab pou bab avèk manmzèl. Mwen wè lanati pa janm amelyore l. Li resevwa m ak yon souri jouk dèyè zòrèy. Sa te fè m plezi.

«Mezanmi gade pitit la ! E Richa, ban m nouvèl li, li toujou bèl ti gason ? Li pa janm chanje ? Mwen ta renmen wè l. Si w ta ban m telefòn li m ta fè ti pale avè l», li mande m.

Mwen di li : «Richa pa isi. Epi li marye.»

Li di : «O O O, li marye se regretan. Jan m ta renmen fè yon ti pitit pou li. Wa di l bonjou pou mwen.»

Lontan apre, yon jou m t ap vizite yon zanmi m, Marimod frape nan baryè a. Yo fè l antre. Zanmi m nan deplase pou al pale avè l. Mwen pa t kite l wè m pou l pa mande m pou Richa. Lè zanmi m nan retounen, mwen di l : «Men se te Marimod ?» Li di : «O, kote w fè pou konnn moun konsa ?» Mwen di l : «E ou menm ?» Li di m : «Ri Oge, Ri Louverture, Ri Metellus nan Petyon-Vil, se katye jeneral jamè dodo. E baz Marimod te devan lakay mwen.» Mwen bouke pale avè l pou l al fè lòt travay. Li di m : «Madan Bob, mwen pa gen metye paske m pa t al lekòl. Jodi a, li vin mande m lajan pou l achte remèd pou pitit li ki malad. Paske yèswa li fè nwit la deyò, li pa jwenn anyen menm pou l achte yon bout pen.»

Koze sa te antre fon anndan zòrèy mwen, se kòmsi li te desann li pike m jis nan fon kè m. A a wi, Marimod pa t al lekòl.

Anvan lontan mwen vin ouvri yon lekòl kouti mwen panse si m te montre Marimod koud petèt yon jou li te va chanje metye.

Mwen rele zanmi m nan, mwen mande l si l wè manmzèl. Li di m Marimod te pran nan sida mizèrere ki mennen l ale nan peyi san chapo. Li kite dèyè kat pitit san papa.

Sa te ban m gwo lapenn paske Marimod tankou tout moun te gen dwa a lavi. Mwen pa t jwenn anyen pou m di. Zanmi m nan di m, ou sezi, ou gen lapenn. Men ki sa ou te ka fè pou sa pa t rive la ? Wa di m se pa ou menm, men manman ou, manman m ki sa yo te fè ? Konbyen lòt Marimod ki mouri ke ou pa konnen ? Ki sa ou deside fè pou sove Marimod ? Vire je ou gade sou kote ou, konbyen Marimod ou wè ?

M ap di w yon pawòl. Si nan katye li grandi a, Marimod pa t envizib, si chak moun te kotize yon dola pou te voye l lekòl, pase li mouri ak sida, kite kat pitit dèyè, petèt li ta kite kat sitwayen onèt. Chak ta ka li menm chandèl nan tèt kat lòt ti Marimod nan sosyete a. E jodi a, peyi a pa ta nan blakawout.

Frè m, sè m, an n bay lamen pou sove lòt Marimod.

—Edna Chery

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com