Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Prezantasyon

Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a

—de Denizé Lotu Lauture, prefas de Tontongi

Denizé Lauture k ap resite powèm nan galri Atizan, nan Cambridge, Masachousèt, an 2009.

Denizé Lauture k ap resite powèm nan galri Atizan, nan Cambridge, Masachousèt, an 2009

Denizé Lauture avèk Max Manigat e Patrick Sylvain, nan okazyon Omaj Inivèsite Harvard bay Paul Laraque nan Cambridge, Masachousèt, an me 2002.

Denizé Lauture avèk Max Manigat e Patrick Sylvain, nan okazyon Omaj Inivèsite Harvard bay Paul Laraque nan Cambridge, Masachousèt, an me 2002.

Denizé Lauture avèk Max Manigat, Patrick Sylvain e Jill Netchinsky, nan okazyon Omaj Inivèsite Harvard bay Paul Laraque nan Cambridge, Masachousèt, an me 2002.

Denizé Lauture avèk Max Manigat, Patrick Sylvain e Jill Netchinsky, nan okazyon Omaj Inivèsite Harvard bay Paul Laraque nan Cambridge, Masachousèt, an me 2002.

Denizé Lauture k ap nan galri Atizan nan Cambridge, Masachousèt, an 2008, an konpayi (apati dwat) Nekita Lamour, Doumafis Lafontan, Daniel Laurent e Tontongi.

Denizé Lauture k ap nan galri Atizan nan Cambridge, Masachousèt an 2008, an konpayi (apati dwat) Nekita Lamour, Doumafis Lafontan, Daniel Laurent e Tontongi.

Denizé Lotu Lauture : Epifani powetik yon lansè alèt [ISBN 13: 978-1-936431-38-0 / ISBN 10: 1-936431-38-6 ; konpilasyon powèm ayisyen, 200 paj, Edisyon Près Trileng, 2021.]

Kouwè kritik Frantz-Antoine Leconte di nan yon bèl ti kout plim sou pwezi Denize Lotu Lauture, michan powèt sa a, ansyen soudè nan Harlem ki vin pwofesè nan gwo lekòl Etazini, otè plizyè liv byen note, se yon nonm « ki aspire pou l pou l tradui yon chay lespwa miltip » nan lavi l—yon lespwa ak defi tou ki layite nan twa lang : ayisyen, franse e angle. Twa inivè powetik.

Fwa kounye a, se nan lang manman l ak papa l Denize Lotu bay pwezi li lavi, anpil ladan yo te deja pibliye nan jounal. Nan liv sila a, Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a, kou m te di nan yon ti lwanj pou li, lektè ak lektris yo ap jwenn menm « fòs entwisyon, penetrasyon powetik, sivòlman nan reyèl, nan sireyèl e nan natirèl » li te fè nan rekèy powèm franse li Les Lunes d’or du cactus (2017).

Anfèt, ou ta di, pwezi Denize Lotu se yon inivè miltidimansyonèl ki dyakoute tout kalte planèt ak evennman kosmik, ki ale de sa ki pi senk rive ak sa k pi konplèks, anbrèf se sa Frantz Leconte rele a, palan de Denize Lotu, yon « yon epifani powetik ».

Epitou, powèm Denize yo touche tout kalte happening, tout sa ki rive ak tout kalte koze ki pale nan lakou a, keseswa nan powèm « Lannwit ounsi yo » kote nan yon sèl souf li devwale tout kondisyon malsite zonbi yo—« Batwèl lou adwat / Boul savon wòch agòch / Ganmèl plen rad sal / Nan mitan janm / Men yo ap fwote / Men yo ap tòde / Y ap lave kanson ble sal / Kanson ble ki pase de senmenn / Nan fouye twou patat ». Oswa nan powèm « Mereng yon fanm sanba » a, kote li rann omaj ak Premyè fanm vanyan nan kontinan an—« Anakaona ou te yon sanba / Ki te gen tèt Simbi nan dlo / Yon sanba ki te genyen je dous ti pijon damou / Yon sanba ki te genyen bouch bon jan siro myèl. / Move nanm yo te fè kadejak sou ou / Ak yon gwo kwa malediksyon blanch », pwezi Lotu konsène tèt li ak sa konsyans li obsève l depi premye vyòl zile a rive nan tan jounen jodi a.

Sa ki denominatè komen nan tout dimansyon inivè powetik Denize yo, se jwèt li jwe avèk lang ayisyen an, jan li zatiyèt mo yo, dezantere pawòl nan ansiklopedi sosyal la ki te pèdi anba mank izaj ; li bay onè ak tout sila yo lavi dezavantaje yo. Se nan dans avèk inivè pawolik lang manman l lan li jwenn delivrans e ka jwi plezi lavi, e nan ka sa a, souvnans manman l ba li gran plezi, dotanplis li fè l rekreye yon chelèn pawolik, kou nou wè nan powèm « Jou fèt manman » an kote, alafendèfen—alamanyè George Floyd ki rele pou manman li anvan jenou polisye Chauvin fin pran dènye souf li—ou santi souvnans manman l ba l yon santiman kalm, pezib : « Manman dòmi / Pran yon bon repo / Kabès mwen plen lanmou / Li kapab fè koulèv / Tounen lakansyèl / Zaryen tounen zetwal / Eskòpyon tounen konmèt / Pikan tounen dwèt dous zany nan syèl / Manman kabicha fè bèl rèv / Fè bèl rèv jis douvanjou…»

Wi, lanmou ka fè mirak e pwezi Denize Lotu Lauture yo ka voye w nan plizyè inivè kote w pa ka soti jan w te ye.

Se te zanmi defen Pòl Larak ki te pale m yon jou de Denize Lotu, li di m : « Fòk ou rankontre ak Denize Lauture, yon michan powèt, misye ekri yon powèm ki di yo bay Ayiti yon “Kout poud desounen”. » Wi, efektivman, lè w li powèm lan ou ka wè poukisa Pòl Larak te enpresyone konsa, Denize Lotu di sa l wè e eksperyanse yo ak yon aksan inik ki fè bagay ki pi òdinè yo gen yon aspè mistik, anviwonnan, totalizan : « Yo badinen figi peyi nou ak poud desounen / Yo simen poud desounen nan tout syèl peyi nou / Yo kouvri tout ti fèybwa ak poud desounen / Tout branch bwa tout rasin bwa ak poud desounen… »

Si m sonje byen, se te sou youn nan rejim atoufè san-manman Ayiti konnen twòp yo misye te ekri powèm sa a, men li ka refere tou ak tout istwa d Ayiti ki suiv lanmò Desalin lan an 2006. Peyi a pran poud desounen depi lè sa a. Dènye estwòf powèm lan tabli konsta madichon an : « Desounen poud desounen / Yo maspinen solèy peyi nou ak poud desounen / Yo simen poud desounen nan nawèje tout Ayisyen / Gwo kout poud desounen rann avèg / Tout nèg tèt lespri / Tout nèg vanyan gason / Desounen poud desounen / Yo vole nanm nasyon nou ak poud desounen… »

Denizé Lotu pa endike nan powèm ki antidòt ki nesesè pou retire Ayiti anba cham poud desounen an, se posib li vle kite wòl sa a pou politisyen ak militan pou chanjman yo, men limenm li vle rete nan wòl li kou yon lansè alèt, paske l konnen, kouwè Jean-Paul Sartre : « Nonmen se chanje », wi lè w nonmen, pwente dwèt sou yon malè, ou deja a mwatye chanje li.

—Tontongi powèt, eseyis, editè an chèf revi Tanbou, 13 avril 2021

Dyakout liv la

Remèsiman
5
Prefas
7
Denizé Lotu Lauture : Epifani powetik yon lansè alèt
7
Alapapòt
11
Pye plan lanmou an
12
Mwen se yon zonbi
14
Bonnanj nasyon bat zèl li l ale
16
Madichon Sanba Dlo Nan Sensè a
23
Dènye mo
31
Ti zetwal sou latè
32
Kout manch pilon nan mitan sèvèl tèt
34
Desalin 1806–2006
40
Boula pou yon metamòfoz zèklè nan peyi a
42
Kreyòl mwen an !
43
Yon gran pon lakansyèl sou tèt senk syèk
44
« San nasyon an bande tout venn mwen ak flanm wouj »
52
Tanpri souple sèt fwa ! (I)
53
Vizyon lontan pa janm kite bon nanm nasyon an
56
Raso lavi mwen
59
Flanbo nanm nasyon an
61
Tanpri souple sèt fwa ! (II)
64
Kout zepon anba ti vant
69
Manman toujou manman
70
An nou koze koze kreyòl nou an
73
Kout zepon nan nawè je
74
Yè ! Jodi ! Demen ?
78
Touf kann lanmò
82
Kout zepon dèyè tèt
87
Koze bò dife
88
Kout zepon nan mitan sèvèl
102
Kòk michan mouri nan mitan gadyè
113
Ayiti ekri li ak flanm dore !
114
Kòk michan
116
Manman zanfan mande anraje
117
Mizik lavi
119
Timoun ki pran son mizik nan pèlen
120
Aprann kè nou renmen tout moun
122
Vye Pèp
124
Vòlè Zonbi Bèl Powèm
125
Sonje Ti Mimich !
126
Mereng yon fanm sanba
127
Vèvè
130
Je mwen ouvè
132
Wochan pou Chanbo ! Wochan !
134
A la fout yon bon kòk
136
Powèm pou Madanm Paul Laraque
138
Sèpan tyeklòch tè menreken
.140
Yon powèt se yon nèg ki rakonte lòt moun rèv li lè li nan mitan rèv !!!
141
Mwen pèdi anpil bèl powèm
142
L’avalanche noire
143
Yon nonm ki pa fou
145
Powèm premye resital mwen
146
Zafè renmen Pòl ak Masèl Larak
148
Oun gason konsekan ale
149
Genyen yon lyann ki rele powezi
150
Move rèv
151
Yon jou pi rèd pase lòt
152
Bon jan lapenn
153
Jou fèt manman
154
Desalin (I)
156
Desalin (II)
158
An nou Bouyi Boula Dlo A
159
Powèm (2003)
162
Lakòl kreyasyon galaksi
163
Bibi Achouboulou
165
Kafou Lanmò (Pandemi Kowona lane 2020)
166
Liv mwen
167
Vannen, vannen powèm mwen yo
168
Ti pijon pa vole
170
Sa nou ye mezanmi ?
171
Limyè egalego
172
Onè respè muzac (ak lanbi, tanbou, vaksen)
173
Kout Kreyon Granmoun II
174
Powèm mwen yo gen chans
175
Kout poud desounen
176
Myèl tè manman m
178
Kout kreyon granmoun
179
Nègmòn–Soudè–Powèt
180
An nou koze koze kreyòl nou an
181
Rèv lanmò ou lavi ?
182
Sa pitit gason m nan tounen nan peyi blan ?
183
Jenerasyon chawony
184
Tanbou granpapa m nan
186
Yon pitit gason yon pye monben
187
Bay dyab la dife
189
Nèg ak fanm powèt nou
190
Tè flè granmoun lontan yo
191
Dènye kouplè
192
Pwofil otè a
193

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com