Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Prezantasyon

Foutbòl lavi 2 a 1

Prezantasyon liv “No Sh**hole Mister President” nan Monreyal, ak Roland Bain, Gary S. Daniel, Vox Sambou, jou 18 me 2019.

Prezantasyon liv “No Sh**hole Mister President” nan Monreyal. De gòch pou ale a dwat : Roland Bain, Gary S. Daniel, Vox Sambou, jou 18 me 2019.

Life Soccer 2 to 1 by Gary S. Daniel [ISBN: 978-1-936431-39-7, 114 paj, Edisyon Près Trileng, Cambridge, Massachusetts, 2021.]

Foutbòl se yon relijyon e li gen Dye l ak kwayans li. Pami kwayan yo, ou jwenn tout kalte eleman, tankou vandè dwòg kolonbyen an ki touye defansè ekip nasyonal kolonbyen an, Andrès Escobar, paske l te bay tèt li yon gòl ki lakòz eliminasyon ekip kolonbyen an nan koup di mond 1994 la. Genyen tou, natirèlman, mas pèp ayisyen an ki anbrase foutbòl tankou yon sejou nan yon inivè sireyèl e transoyèl.

Gran kritik irigweyen an, Eduardo Galeano, te detekte toulè de kote alterite pèvès foutbòl la, nan liv li, El fútbol a sol y sombra (« Foutbòl nan solèy ak lonbraj »). Menm lè li menm kòm fanatik te pran gran plezi nan gade jwèt la, Galeano kritike alafwa entelektyèl konsèvatè yo ki panse foutbòl se relijyon pèp la merite pou l ka kenbe l andeyò pwoblematik politik yo, ansanm ak entelektyèl de goch yo ki, li di « denigre foutbòl paske li kastre mas yo e deraye pasyon revolisyonè yo ».

Gary Daniel, pou li menm, plis enterese, si n ka di, nan rityèl teknik jwèt la ; se pou tèt sa li ekri tout yon liv pou l repwodui yo sou papye pou jwisans entelektyèl fanatik yo. Ansyen foutbolè, li blije vin kite jwe foutbòl apre l kase bra goch li nan twa kote, epitou bra l te kase twa kote a, li fè senk a sis operasyon nan jenou gòch nan yon chanpyona katye sou Channmas Okap la. Gary Daniel di « se plis pwoblèm jenou a ki fè m te kraze yon kite sa nan foutbòl ! ». Sa l pa t ka jwi nan reyalite, li reyenvante li nan nivo siblimite.

Nan Foutbòl lavi 2 a 1 / Life Soccer 2 to 1 Gary Daniel ranplase teren foutbòl la, jwè yo, abit yo ak antrenè yo avèk yon plim ak papye (oswa yon òdinatè) kote se sèl imajinasyon l ak pasyon l pou jwèt la ki an aksyon. Men sa l ekri sou Maradonna, avèk ki li louvri liv la kòm omaj pou salye memwa li lè l aprann misye fèk trepase an novanm 2020 :

Diego (4-2-4)
souf balon won ou
chire filè
sou gazon vè lemonn

(pa te gen VAR nan tan misye) *
Diego (4-2-4)
the breath of your round ball
tears up the net
on world green lawn

(there was no VAR during his time) *

Avrèdi, bò kote Gary Daniel, se pa sèlman adorasyon pou jwèt foutbòl ki motive li e ki fè li konsakre tout yon liv pou l kodifye teknik li yo, men tou lanmou li pou lang ayisyen. Lè ou li Foutbòl lavi 2 a 1 / Life Soccer 2 to 1, ou santi Gary Daniel renmen jwe ak lang lan ; li manipile l kouwè yon jwèt oslè, kote l ap vire l tounen alamanyè powèt franse Jacques Prevert ki pran plezi pou l satouyèt lang franse a, oswa tou Langson Hughes nan Etazini ki fè langaj powetik la tounen yon klavye pou l jwe—men nan ka Gary Daniel, li fè l tounen yon teren foutbòl pou l choute boul.

Kritik defen Doktè Ernst Mirville, ki ekri prefas liv sila a, di nou pwezi « Gary Daniel fè lapwezi tounen yon jwèt foutbòl. Oun jwèt k ap kwaze nepe avèk lavi. Yon jwèt ki pa lan jwèt. (…) Fòmil balansman fraz-pwezi Nèg Gonbolyen an raple [nou] ritmik oun lòt grandèt lan pwezi, sètadi Emile Roumer ».

Nou remake tou bèl omaj Gary Daniel voye pou Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) ak Henri-Claude Daniel (alyas Jan Tanbou) nan fen liv la :

Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen) avèk powèt Emmanuel Eugène (Manno Ejèn), a goch, diran yon vizit nan Monreyal an novanm 2015.

Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen) avèk powèt Emmanuel Eugène (Manno Ejèn), a goch, diran yon vizit nan Monreyal an novanm 2015.

San Banbou ni Tanbou
Pa gen rara pou mwen
Tout moun ape kriye
Tout moun ape rele
Vanyan yo janbe
Van wouke woukoukou
Yo ale san kenken

***

Lonbray Jan Tanbou
Nan senti ladouskivyen
Pawoli woulawoup lekzistans
Liminasyon tètgridap
Layite koulè sou kavo
San Banbou ni Tanbou
Pa gen rara

Gary Daniel montre nou foutbòl pa sèlman yon pastan, men tou, se yon etadam ak yon fason de viv. Daprè sa m konnen, se premye fwa yon powèt transkri yon jwèt foutbòl nan ekriti pwezi, yon pwouwès ki osi ra kouwè Spinoza te transkri langaj filozofik avèk fòmil jeyometrik.

Foutbòl lavi 2 a 1 / Life Soccer 2 to 1 Gary Daniel la se zèv yon kreyatè ki pa bay enspirasyon l okenn limit ; yon trezò imajinasyon, zèv yon anmoure literati ak jwisè bèl gòl ki kreve yon filè—e ki reyini toulè de avèk briyans e inovasyon. Yon vanyan kout fòs.

—Tontongi pou revi Tanbou

* VAR = Video Assistant Referee / Videyo Abit Asistan oswa Videyo Abit Revizè.

Ou ka jwenn liv nan adrès lyen pi devan yo:
Vous pouvez obtenir le livre en suivant ces liens:
You may purchase the book by following these links:

Trilingual PressAmazon

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com