Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann Ayisyen

Powèm pa Gary Daniel

Dezespwa

Chak fwa m louvri zye-m
Ti zetwal blan klere kon soud
Ap filange nan sèvèl-anm
Fè payèt janmdebwa
Boulvese moral-anm
Menmjan tivan tranble plastik
Kay sinistre apre goudougoudou
Pou limanite tout bagay oke,
Pou tout mounn sinistre.
Adje! M’kanpe drèt m’ap tranble
Mwen santi-m fèb,
M’se papye fen san koulè
M’defriche, m’bouke mande,
Rele, m’dekouraje
Dyòl be m’ap toufe
Sèvèl-anm ap tranble
L’ap pyafe
Galope, pyafe
Kanpe
Tout ti zetwal tenyen
Kache pou mwen sa lavi sere

Powèm pa Tontongi

Goudougoudou pa dous ni dou

Tras li rete sou po
sou koulè janm kankannen
sou jan li defigire lavi yo
sou jan li kòlboso lavni.

Tras li rete nan kè
nan dlo je yon manman
ki poko kwè sa ki rive
e ki pèdi bousòl ki jou
ki lannwit ni maten.

Tras li rete nan kan sanzabri
anba tant ki pa kaponnen lapli
nan dezespwa sou zye fanmi yo
menmsi ou te wè yo de lwen.

Dezas se manbràn lavi
Pòtoprens pa pèdi sa li ye
menm apre goudougoudou layite l
apre menm lespwa te vle delalay.

Goudougoudou se sèl yon mouvman
yon ti moman nan fimaman
ki dechalbore zantray Ayiti Toma
men li se tou byennerezman
limyè ki klere lavwa Miyòla
menm nan lanfè malsite malakwa.

Li se yon langouf san souf
tanntann malè ki pa janm estope
kochma miltipliye pa milyon pas
men l se tou ekleraj nan fè nwa
tinèl k mennen nan klate solèy
kalbas k’ap vòltije sou lapli Bèlè
malpouwont ki nan jèn
dènye kou ki pat rive tiye koukou.

Goudougoudou pa dous ni dou
men l fè sonje bèlte anvan lakoloni
li pat epaye menm tipoulèt nan ze
men l ka blayi lide pou fè debwazeman
nan sèvo kolonize sou pewòl.

Goudougoudou detwi sa k te kontwi
ansanm avèk sa mechan te neglije
ann fè l derasine malfektati
Goudougoudou se yon gwo twou latè
ann fè l ranpli bèl pwòmès lanati.

Goudougoudou pa te konnen
sa yo li dekale ni sa yo l epaye
li chante libera Minustah
anba epidemi maladi kolera
menmlè li ede fè eli Mateli
prezidan Dayiti anba cham
menmlè alèd klenwonnaj masmedya
li fè pase sipòte panzouyis pou sovè
anba makaka popilas abize.

Goudougoudou pa dous ni dou
pou manman ki pèdi pitit li
ak mari dekaskile nan fos komin
ni pou Tita k nan mitan dezespwa
espere tounen wòch ki pa gen santiman
olye sibi lontan malsite anba tant.

Goudougoudou pa dous ni dou
men li te fòse Aganman ogranjou
li demaske lamayòt anba bwat
pouse chawony nan wout sanwont
louvri baryè fontyè pou diktatè
nonmen neokolon nouvo gouvènè
anba bravo depitejapwouj nan LONI.

Goudougoudou se mak listwa mete
nan konsyans tout pitit Ayiti Toma
lekzanp dekonstonbray ak malè
pou leve flanbo wo nanm Ginen
pou libere nom Toma nan makaka
kouwè gen de san zan nan Amazoni.

—Tontongi janvye 2011

Powèm de Kwitoya

Si demen dlo monte

Si m te konnen kote m soti
m ta pote l kon yon sètifika
Si vi m pa t kwoke nan de poto
m ta fè alevini sou fil egzistans

Se dilere li kouve jèm sa m wè
sa m manyen tande epi santi
Nan kalbas inivè lavi kou lamò
pote menm mak fabrik

Chak jou k leve panse m fele
lanmè lanse m dèyè dizon lavi
M ap mache kouri benyen dòmi
aprelamò pa gen plas nan trajè m

Peyi m gen anpil mòn ak falèz
epi pye l tranpe nan dlo sale
Sou lanmè lalin ranje ajantri l
solèy mayize kouve jefò mònye

M ap rale orizon didi san priyè
san metamòfoz san chenn
M ap vèvènen rèd zantray forè
san tik ni eksploziv jis m mouri

Menm lò lapli ra m ap chouke
lespwa sou mòn solèy ap flanbe
Si demen dlo monte pyebwa rèk
zwazo tounen Ayiti Cheri va bèl.

Jou pa bezwen leve

chak swa dèyè yon sèman swa
parèy toubote lalin
m ap lonnen lèzè nwa

chache kote nwit lan trankil
bèl e mistè
tankou souri ti bebe

kap rèv mwen apik san lapatèt
lwen avlaw pwenkadino
nan fon fènwa

m pa ka eskive lans jounen zobop
ni blaze briyay ajantri
san ranfò fènwa

a ! jou pa bezwen leve si solèy
si solèy anverite
pa p chanje kazak !

Bouton apre bouton

ala bèl ou bèl Manzè !
ou bèl pase twoubote lalin
ou se yon sipriz wololoy
ou se yon cham

ou fre ou dous cho
pou solèy fè bèk atè bèl
ou tèlman bèl mwen dou
nan pye w kon toutou

pou ou vi m ranje
nou ka fwonte swe depale
bride rechiya syèl la
san chaplè ni chaplèt

rekondi lanmou nan sous li
san gòtchyè ni dengdeng
epi jenmjenm frè seksis
pou sa ki bèl rete dous

sa ki dous rete fò
jis limanite pran foto n
epi debwaye fèbagay
bouton apre bouton.

San pwen fini

solèy desann nwit tabli

m ap klòche modpas danti
kwoke nan lespri m

m ap klòche l monte

tanzantan li roule desann
foule dèy nan ravin

m fè tèt dèyè l

pou m klòche l remonte
bitay kadav ralanti jefò m

jou vini tan ale m ap klòche

modpas danti kole ak vi m
pou m dòmi pòt louvri

lanmò ka antre soti epi kite m

ap reve san pwen fini (…)
san penda ni kataw.

Fou pou li

m ka manke san regre

gangans jou k leve

pwès kon jòn ze bouyi

dèyè mòn Kenskòf

m ka gade san doulè

lè pòtre m demwatye

san fa ni blengbleng

a midi boul san priyè

m te ka kriye anyen sa

si m ta bliye yon bèl rèv

si etwal pa ta dyenminen

sou somèy mwen a minwi

ala m pa ka rate miyannay

dyandyan Andoufiz

k ap lonnen fon nwa syèl la

bèl kou yon grap galaksi

Doufiz se yon senfoni kreyòl

yon noyo byen paye

si tèt dyòl li kwoke w

ouragan pa ka dekole w !

fanm sa pa sèlman anfòm

pou w renmen l tengplaw

li bèl pou anvi mouri

nan pye l san rondonmon

Doufiz se yon penba wanga
Bondye ki fè l fou pou li !

Nou blan mannan

Peyi a nwa kou lank

Lirèz ak Tipe fini alimèt

nan chèche selilè

(…)

teknoloji prematire desiyale

dagi koki lanbi

nan bagas pèpè foumi

ap trennen jefò revandèz

dijital totolo konpoz sanba

k ap rape « alarive » nan fènwa (…)

peyi n nwa kon lank

nou blan mannan ladan l

san jeografi san filozofi.

Li rayi chenn

jou apre jou m ap dekouvri

lang mwen dougou
li pale chante ekri boutbout

Bouki mime l trennen

san manke yon vwayèl nen
Malis trese l an tikouri

Kreyòl la dougou

li gwonde gra kou grandou
nan atiray bon van

sou vwal lespas li glise dous

nan mabi istwa li boutbout
ak konplèks sans li chante

Kreyòl mwen ap jete zètòk

dyanmen kouch sou kouch
pwele chèvrèt gous pa gous

avè l m pyete an zigzag

rezon total egzistans mwen
nan lizyè total mond lan

anverite m pa ka fè

wout dekoupe ak Kreyòl mwen
paske li rayi chenn (…)

m piye l sou syèl

nan marèl endous encho
pou yon son yon vokabilè
yon sans yon dizon.

—Kwitoya

Powèm pa Patrick Sylvain

Mazimaza

M’ rele Mousa Nsugle Ogidi,
isiba yo rele m’ Jean-Paul.

M’ bite isit kèk karantan avan larevolisyon,
Wa Agadja te vann mwen bay Franse.

Yon bann mazimaza ki azikrekre pou lajan.
Nou tounen ranyon sou agbètò.

Terè tanpèt lakataw awoyo sou agbètò
nou anba kal batiman k’ap feraye jouk aziboutou.

Twòp ganga mouri nan dlo, agwètawoyo padone
mazimaza a yo ki vann Ginen pou karabin ak gwòg.

Yon travèse sifokan, yon travèse kouto nan flan.
Nan flan batiman an, moukmouk pafimen ekzistans
kwense nou. Nou se afiba yon mond an kawo,

yon mond apoura pou san bòkòvi.
(Me 2011)

Madichon

Nèg ti zòrèy vale pawòl Lakwa
ki di nou pote po madichon.

Tòchon nou ye, touye n’ san benediksyon,
kouche fanm nou ki gen po madichon.

Madichon nou ye, men fòs travay nou
bay benediksyon nanchon moun blan

ki siwote lavi yo nan siwo kann.
Kann kangrennen kè blan jouk yo agoulou.

Konbyen nanm plantasyon konsonmen?
Madichon se karanklou ki kannannan

yon ras nan kann. Yon ras ki rabougri
anba frètkach lakoloni. Kolon madichon.

Nèg ti zòrèy vale pawòl kanni anba soutàn
pandan Vatikan karanklou beni plantasyon.

(Avril 2011)

Bazoudi

M’ap chache mo avan memwa m’ kanni
pou rakonte lemond ekzistans rabyay mwen.
an 1921, se sou nat manman m’ te kase
lèzo nan Sayira, Leyogàn. Yo rele m’ Bazil.

Mwen te aprann ekri nan ta,
pawòl fè lago-kache nan sèvo m’,
men pafwa yo anvayi m’ tankou gwo vag
lanmè epi dyayi nan sèvèl mwen.

Mwen renmen mo, m’ renmen pawoli
men sa ki ekri van pa ka pote ale,
alò m’ eseye naje nan fon ekrito, fè lank
degize paj pou yon kanaval istwa defile.

Defile se te non madanm mwen, men
li pa te fòl. Foli pa l’ se te viv yon vi
ki pa t’ rabi. Yon vi san gètapan, san wistiti,
yon vi san mizèrere pa pandye nan fetay lavi.

M’ap chache mo avan memwa m’ kanni
pou m’ enstale ekzistans mwen sou chemen lavi m’.
Lavi degrabya m’, lavi matrake jenès mwen, e si
se pa t’ pou lanmou Defile, lavi t’ap kontinye bazoudi m’.

(Janvye 2011)

1935

Jewografi fanmi m’ se trip foumi,
manman m’ se te tout avwa m’.
Tantin, tonton, papa, parenn
se nan vwazinaj m’ te konn tande sa.

“Yon sèl pitit, yon sèl badjo”
se te lapriyè manman m’ lè m’ te konn
pleyen doulè longè rasin kòd lonbrik mwen.
“Yon sèl pitit, yon sèl badjo”.

Se jouk kòve te fin depeyize manman m’,
Grann Siya te gen koze pou li te kase.
Lakay, sèl Grann Siya ki te gen lese-pase,
Sèl Grann Siya ki te konn pwofondè rasin mwen.

Mwen pa t’ fèt nan alsiyis chaman,
ni akoz siwo-dòja, osnon poud wanganès.
Chalè yon foubi-bouk, yon rabòday kout fouk
ki te fè yon ti sòlda pyafe manman m’

nan yon chan bannann. Lawont fè l’ bwachat,
paran l’ ki te fèk rantre nan advantis ba li non
azizwèl, Jezibèl akoz yon sòlda foban te madrinen
ekzistans li nan yon mayilò lawont.

Milnèfsantrannsenk, ane lanmò manman m’,
ane kadav verite dezantere pou souflete
mounans mwen ki te kore nan “yon sèl pitit,
yon sèl badjo”. M’ san jewografi, san trip fanmi.

(Avril 2011)

Monte nan syèl —foto pa Patrick Sylvain, 2010.

Tranbleman

Latè fann pou l’ goute san plis pase twasanmil
Ayisyen ki t’ap madebat pou lavi pa te toufe
yo anba chay politik azekò ki azikòkò pwogrè.
Ekzistans nou toutouni nan bòl mandyan n’
pandan lanasyon ap avòte malere ki kouche

nan baryè gwo mouche k’ap konte lamama
san règleman pou tant vanipye ponpe dola.

Azekò asosye ak mazanga pou mayoyo
danse sou pouvwa a tèt kale, mizè kale mizè,
medyokrite kale mayoyo pou karanklou
lòt bò dlo fòse tounen poul mouye sou teritwa
latousen ki avòte diyite pou plat manje djoke.

Goudougoudou djoke granmounans nou
nan bòl sinistre pou mayoyo danse tèt kale.

Nou boukliye nan yon pasasyon mayoyo
k’ap pike-kole ak karanklou sou tonb Toussaint.
Goudougoudou kase kolòn vètebral nou
pou nou awona lavni n’ nan yon kontra
ak mazanga k’ap detere grandèt nou pou zigzage

dantèl depandans sou kazak nasyonal
kote tout grandèt dyanm Vètyè yo vin pope.

Nou epapiye san epope, twèl depandans vlope n’
nan pwomès degouden. Nou bliye bouden
grandon depi dikdantan ki toufounen solèy nou
nan fouwo denigreman menm avan premye Janvye.
12 Janvye krisifye n’ sou baryè ti lòlòj gwo mouche.

Goudougoudou djoke granmounans nou
nan bòl sinistre pou mayoyo danse tèt kale.

(30 me 2011)

(Powèm sa yo soti de rekèy powèm Masuife, pibliye pa Trilingual Press, ki pral parèt pwochènman)

Zanmi Manno

Gen dis dwèt k’ap graje kokoye pou kòk-graje
ka monte tab sou fòm lakòl pou maymay ka al lekòl
pou flann sou ray pa tounen opa nan Lamanten.

Gen dis dwèt k’ap graje kòd pou monte Senròk
ak lespwa nan vwa pou toutrèl Simalo pa nan rèl
lè Gwo Jowèl vin komokyèl depi nan fòfyèl.

Gen dis dwèt k’ap graje ak tout fyèl pou lajenès
pa rantre nan bavòtay Laklas ’71 pou tache lespwa
pi fonse sou ble dakwonn ki fè toutrèl pa ka wè syèl.

Gen dis dwèt k’ap graje kòd pou fa pa re mi sou do
lè grangou fè sè n’ dodo san mezi ki bay tyovi san papa
pa pè Pap, pap-pa-da kote papa. Nou baskile dis pa.

Gen dis dwèt k’ap graje san graj, san cha-blennde
sèlman yon vwa ak yon gita ki salanbe tout dra
ki vlope malpwòpte kay gwo mouche. Nou pa ti sale.

Gen dis dwèt k’ap eseye lote, gen dis dwèt k’ap graje
kwak gen anpil kòd ki kase, lòt ki mal akòde; men ou,
Santinèl lakonsyans, vwa ou deja grave plizyè jenerasyon.

(2 janvye, 2010)

Literati pa jwèt

Mwen vwayaje sou lanmè literè avèk Lorka, Neruda,
Cèsaire. Batiman m’ pi dyanm pase Titanik, mwen gen
Castra, Laraque ak Komunyakaa abò. Ti mal, soufle bak ou
nan kanal lespwa.

Lespwa ou mal pentire, ou konfonn lanmè ak kivèt dlo, syèl
pou tè. Dwèt ou kanna pou ta pent, ou pa gen ni vizyon, ni teknik,
ale wè talan pou youn nan tablo ou yo ta resevwa ayibobo.

Ki moun k’ap bo ou, lè w’ap bow-bow tankou klorat ak medizan
Omwen, fè zòrèy ou tande Lobo, Belo ak Manno pou ka do
san ou pa dodomeya lespwa sou do. Pa adore sa ki pa mi.

Literati pa jwèt timoun, jwèt mab mò-dous. Isiba se mò-rèd!
Bika literati m’ se: Dostoevsky, Tolstoy, Pushkin, Roumain,
Condé, Laferriere, Danticat, Camus. Oumenm ou grizonnen!

Grizonnman sèvo ou se prizon konesans ou, pa rayi m’
si libètinaj pa m’ inivèsèl, Dai Sijie, Gao Xingjian, Tony Morrison
ak Emile Olivier pale menm langaj: literati. Ou nan blackout!

Pa rayi m’ si salon lespri m’ limen pandan w’ap tann koukouy
pou klewonnen ou. Menm lalin kuipe ou tèlman konesans ou
kounouk, yon pensèt limyè bòbèch derefize rantre.
Koukouy blakawout!

Mwen vwayaje sou lanmè literè avèk Lorka, Neruda,
Cèsaire. Batiman m’ pi dyanm pase Titanik, mwen gen
Castra, Laraque ak Komunyakaa abò. Ti mal, soufle bak ou
nan kanal lespwa.

Depi m’ piti m’ap tande pwesi sou ban an mab granpapa m’
Kote Manno Chalmay chame lespwa pou dezawa pa wa
ak yon gita, yon vwa, yon mant alta. M’ la ap bwè pwezi

Podyab, vwal ak zaviwon ou kole ak krache fòlklò, pa fè fon
Batiman kapitèn yo deja nan ziltik; ou konnen, ti pwason pa
suiv gwo kouran! Pa kite koukouy klewonnen ou, elektrifye lespri ou!

Vini! Si Neruda twò lou, si Césaire pa klè, si Laraque twò rak
si Philoctète ba ou mal tèt, an nou tande Manno ki di: “boule
kwa mazaka lespri n’,” frè, lajenès pa inosan e literati pa jwèt.

(2 Janvye, 2010)

—Patrick Sylvain

Powèm pa Andre Fouad

Sandriye

M’etenn chak moso foli’m
s’on bout sandriye an mab
ki ranmase’l

lafoli’m mezanmi
s’on ti pye flè lorye
mwen wouze’l
ak gwo dlo je sole.

La Patèt

La patèt lanmou nou kase
ou pa wè kouman
nwaj yo fese kò yo
nan yon penti PREFET DUFFAUT

ou pa wè sa ADELINA ADELI
ou pa wè sa k’ap pase.

Tout dlo

Mwen devizaje’w
lò lannwit tonbe bat do’m
jwèt san paspouki
tout dlo lannwit vinn rankontre’m

Ti farinay lapli t’ap fè
yon premye balerinaj sou flè yo

Nou sele nan sèso letan
epi nou grenpe dousman dousman
sou do lannwit.

(3 powèm sa yo tire nan rekèy Souf Douvanjou, 2010)

Kadans fanm kreyòl

Mwen pentire tout mo k’ekziste
ak 7 koule lakansyèl yo
pou’m salye k-dans fanm kreyòl yo
fanm larèn solèy Bondye beni
fanm 4 sezon yo
fanm gran rivyè bay lanmen

Mwen satiyèt tout sa mwen jwenn
sout wout lekzistans
pou’m salye yon bann fanm zile kreyòl
k’ap kontinye bay limyè tandrès
lavi lanmou
lespwa ak anpil kouray

Fanm kreyòl s’on bèl mizik pou douvanjou ka leve
fanm kreyòl s’on bèl solèy k’ap kabicha
sou tèt mòn peyi Dayiti
fanm Kreyòl s’on grap zetwal nan syèl peyi Lamatinik
fanm kreyòl s’on flè prentan mwen keyi
nan jaden zile Seychelles yo

Nou fè lavi klere jouk nan fon kè plimeyank yo
lavi bèl jouk nan kè mizisyen yo
nou fè papiyon lasenjan
vole san kè sote
nou fè nou fè latè pyafe
nou fè rèv pouse nan tout jaden

M’ap fè nouvèl la gaye
pou zwazo yo ka tande vwa’w
m’ap mache sou tout chimen
pou drapo la vi’w pa janm desann
K-dans fanm kreyòl yo se la jwisans
mwen renmen w, pi fò, pi pre’w, pi lwen w.

—Andre Fouad

Powèm pa Nicole Titus

(powèm pou timoun)

Twa bon konsèy

Timoun piti, senkan, sizan,
Ki bon konsèy pou m ta ba nou ?
Obeyi vwa papa, manman ;
Yo konnen mye sa k bon pou nou.
Se bon konsèy sa a m ka ban nou.
Timoun piti, nevan, dizan,
Ki bon konsèy pou m ta ba nou ?
Nan lekòl travay seryezman ;
Se sa demen ka ba n randman.
Men bon konsèy m ka ban nou.
Timoun piti, douzan, trèzan,
Ki bon konsèy pou m ta ba nou ?
Evite move konpayon.
Nan bon chemen ret lwayalman.
Swiv konsèy sa a ke mwen ban nou.
Sa ma p di n la a se pou byen nou.

(26 novanm 1999)

Yon timoun ki byennelve

Lè maten li leve bravman,
Li fè priyè li pyezman,
Li salye paran l jantiman,
Li bwose dan li pwòpreman.
Li pran dejene l antyèman,
L ale lekòl kotidyènman,
Salye zanmi li jwayezman,
Mete l an lyn kòrèkteman.
Li antre nan klas kalmeman,
Salye pwofesè l poliman,
Li chita nan plas li dousman,
L koute enstriksyon yo sajman.
Li fè devwa l kòrèkteman,
Reponn kesyon respektyezman,
Repete leson li klèman,
Konpòte kò li dosilman.
Apre lekòl natirèlman,
Li jwe avèk zanmi l brèvman,
Antre lakay li pwompteman,
Dezabiye l imedyatman.
Li fè devwa li kareman,
Manje repa li kopyezman,
Ede paran li fidèlman,
E detann kò li libreman.
Li monte kabann li a tan,
Li fè priyè li kòdyalman,
Li salye paran l egalman,
E fè somèy li pezibman.
Demen maten l leve menm jan,
Rekòmanse kourajezman,
An noutout aplodi l vivman ;
Paske li byennelve vrèman.

(29 novanm 1999)

De zèt

De zèt. M ap gade yo ansanm k ap mache
Kòtakòt byen sere sou twotwa
Ki bòde gran rivyè nan mitan Nouyòk la.
De zèt. Yo mete yo ansanm pou fè fas a mal la—;
Gran mal k ap gade tout lèzòm anfas la.
Yo mete yo ansanm
Pou fè fas a tan k ap kouri tout tan an,
K ap vole, k ap pase, nan yon sèl sans sèlman an—
Sans inik—;
Ki monte nan charyo l ak tout van,
K ap pote tout vi nou ak li an kouran.
De zèt. Lè tou lède ansanm,
Yo ka pafwa bliye—;
Yo ka bliye sonje
Yo se de kondane—;
Yo ka pafwa bliye, epi yo ri.
Ti moman oubli sa a,
Ak ti ekla ri sa a,
Se avèk yo yo konkeri.

(7 fevriye 1994)

Restavèk

Nan tan lontan nou te nan esklavay.
Tout lajounen se anba fwèt nou t ap travay.
Ansèt nou yo te domestik ak restavèk depi yo fèt ;
Chenn te nan pye yo ; yo te trete yo kouwè bèt

Se granmoun
Ki pou ede timoun.
Se pa timoun
Ki pou ede granmoun.

An dizhuisankat nou te twouve se te ase
Pou n wè tout vi nou pase nan travo fòse.
Nou te pran kouray leve nou revòlte n ;
Anba batay nou te retire chenn nan pye n.

Se granmoun
Ki pou ede timoun.
Se pa timoun
Ki pou ede granmoun.

Kounye a nou fyè gen desanzan nou libere.
Men nan peyi nou tout moun pa gen libète.
Nou pran chenn ke nou wete nan pye n
Nou sere li pou pye youn ki pi piti pase n.

Se granmoun
Ki pou ede timoun.
Se pa timoun
Ki pou ede granmoun.

Tout tan n ap di n bezwen w ti moun ki pou ede n
Pou kuit manje, lave, pase, menm netwaye n.
Se pa pou sa Bondye te kreye timoun.
Timoun pa t fèt pou pote fado granmoun.

Se granmoun
Ki pou ede timoun.
Se pa timoun
Ki pou ede granmoun.

Sa se twò lèd pou yon timoun sizan, huitan,
Ap bwote dlo sou tèt li depi m maten pipirit-chantan,
Tandiske jenn gason kanpe gade fè tankou yo pa wè,
Ba yo do nan kè yo, kouwè nou tout ansanm nou fè.

Se granmoun
Ki pou ede timoun.
Se pa timoun
Ki pou ede granmoun.

Pèp Ayisyen pa fè tankou nou pa wè.
Tankou dizhuisankat fè sa n konnen ke nou dwe fè.
An n revòlte an n mete fen nan sistèm restavèk
Pou Bondye pa ret tann nou demen pou l trete nou tèk-a-tèk.

Se granmoun
Ki pou ede timoun.
Se pa timoun
Ki pou ede granmoun.

(7 desanm 2010)

—Nicole Titus

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com