Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne–Hiver 2011

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Le logo de l’Université d’État d’Haïti

Kòlòk entènasyonal

Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ?

Inivèsite Leta Ayiti
Pòtoprens, 27–29 0ktòb 2011

Voyez cet article tel que nous l’avons reçu, au format Microsoft Word

K

òlòk sou Akademi kreyòl ayisyen an dwe ban nou okazyon reflechi ak brase lide dekwa pou nou soti ak yon seri pwopozisyon klè sou ki jan pou nou mete Akademi lang kreyòl la sou pye. Se yon jefò pou montre ijans ki genyen pou nou lanse deba ak diskisyon, pou nou pote eklèsisman epi jwenn yon antant sou yon pwoblèm sosyal pèp ayisyen te vle rezoud ak konstitisyon 1987 la, lè li te prevwa kreye « Akademi ayisyen » pou lang kreyòl la.

Fòk nou sonje konstitisyon 1987 la te manyen kesyon lang nan peyi d Ayiti nan plizyè atik li yo. Pou kòmanse, konstitisyon an prevwa de (2) bagay : Li rekonèt kreyòl kòm « lang tout Ayisyen » epi li deklare kare bare kreyòl ak franse kòm de (2) lang ofisyèl[1]. Li kontinye mande pou kominikasyon ant leta ak popilasyon an fèt nan 2 lang yo, kit se dokiman ofisyèl, kit se zafè lajistis[2], kit se infòmasyon jeneral[3]. Se nan menm lespri sa a, konstitisyon 1987 la mande leta ayisyen pou li mete yon akademi kanpe pou « fikse lang kreyòl la epi pou ede li byen devlope nan pale pawòl lasyans».

Atik sa yo vrèman byen makonnen paske yo bay mwayen legal ak zouti pou jere kesyon lang nan peyi d Ayiti; nan fason yo idantifye chak lang sa yo ni pa rapò ak popilasyon ayisyen an, ni pa rapò ak leta ayisyen. Atik sa yo di ki jan moun dwe sèvi ak lang yo, yo prevwa dispozisyon ak mwayen ki ka ede Leta a aplike sa konstitisyon an mande pi fasil. Se yon bagay ki mande pou moun ta eseye konprann li pa rapò ak sa Pradel Pompilus rele « pwoblèm lang[4]»nan peyi d Ayiti[5], depi nan istwa lang yo. Kòm istwa sa a fè youn ak istwa moun ki pale lang yo, li ta bon pou moun eseye konprann pwoblèm sa a nan rapò pouvwa k ap devlope nan mitan moun anndan sosyete ayisyen an[6]. Se nan sans sa a, konstitisyon 1987 la koupe fache ak lòt ansyen konstitisyon yo, paske li retire lang kreyòl la nan pozisyon lang ki pa ofisyèl, lang ki ta enferyè (kit sa te fèt defakto, kit lalwa te rekonèt li). Men tou, li pote yon repons klè pou revandikasyon popilasyon ayisyen an ki pale kreyòl e ki te bezwen reparasyon ak libète.

Malgre gran pa sa a, vennkatran apre referandòm ak piblikasyon konstitisyon an, ki eksplikasyon moun ta ka jwenn pou fason Leta a kominike ak popilasyon an san li pa vrèman respekte sa konstitisyon an di? Èske se paske atik sa yo pa tonbe daplon ak divès politik otorite leta yo ap deplwaye depi 1987 nan kesyon lang, kilti, edikasyon ak kominikasyon?

Menm jan tou, nou dwe poze tèt nou kesyon sou absans akademi ayisyen pou lang kreyòl la. Èske se ta rapò pouvwa k ap devlope nan mitan moun nan sosyete ayisyen an ki ta lakòz li difisil pou mete akademi an sou pye ? Èske difikilte sa a ta soti nan istwa esklavaj la ki te lakòz lang kreyòl la pran pozisyon lang ki domine pliske li se lang moun ki domine yo pale ? Konsa, èske yo ta sèvi ak sa pou mete majorite nan popilasyon ayisyen an sou kote nan zafè pouvwa a nèt epi pou anpeche li patisipe nan zafè politik peyi a ? Nan mitan Konfizyon sa a ki se reyalite Ayisyen nan peyi d Ayiti, pwoblèm lang lan rete yon pwoblèm ki travèse yon ansanm pwoblèm ki gen rapò ak jan moun ki pale lang lan wè tèt yo anndan sosyete a. Pwoblèm lang gen rapò tou ak pozisyon moun nan sosyete a ki pale lang kreyòl, fason yo konprann egzistans yo, fason yo idantifye tèt yo oubyen yo idantifye lòt moun.

Refleksyon sa a fè nou louvri chemen pou nou abòde yon pwoblèm politik lang nou ta ka anvizaje sou divès fòm epi devlope divès tèm kote nou touche kesyon kilti, idantite, rekonesans, fason moun wè tèt yo, kesyon koloni yo nan sosyete modèn yo. Refleksyon sa a pouse nou manyen tout yon seri pwoblèm ki gen rapò ak patrimwàn kiltirèl peyi a. Li mande tou pou nou gade jan popilasyon ayisyen an kapab rive dekouvri patrimwàn rejyon an ak patrimwàn lemonn nan dokiman ki merite tradui. Li oblije nou kesyone rapò ki egziste ant zèv oral ak zèv ki ekri. Li ta bon tou pou nou reflechi sou kesyon memwa ak achiv. Se nan sans sa a nou ta merite analize pozisyon sou divès dispozisyon legal konstitiyan 1986-1987 yo te prevwa yo, epi dayè yo byen eksplike li nan entwodiksyon konstitisyon an[7], lè yo pale de : elimine diskriminasyon sou kesyon lang, kilti, sou zòn kote ou rete kit lavil kit andeyò, ak diskriminasyon sou devlopman moun sou plan materyèl, moral ak entelektyèl.

Men tou, èske nou pa ta kesyone pwoblèm pou mete akademi an sou pye a nan rapò li ak kesyon lide akademi an menm ? Èske se ta lòt eksperyans ki fèt deja nan sans sa a ki ta nannan pwoblèm lan ? Kouman pou nou ta abòde kesyon akademi ayisyen an ? Èske mo akademi an se yon mo ki ka lage konfizyon nan tèt moun? Ki kalite konfizyon ? Èkse se jan konstitisyon an prezante atik sou akademi an ki poze pwoblèm ? Ki kalite enstitisyon nou ta ka anvizaje pou ede zouti syantifik devlope nan lang kreyòl ? Ki misyon, ki travay ak mòd fonksyònman nou tabli ? Kòm yon enstitisyon leta, kouman pou nou ta mete akademi an sou pye ?

Èske nou pa ta dwe enkyete, lè nou gade jan kreyòl la ap evolye, sitou lè nou konsidere kantite travay ki fèt sou lang lan, menn lè yo konsidere kreyòl ayisyen an kòm modèl poutèt se li ki pi devlope nan tout lòt kreyòl ki gen rasin yo nan lang franse[8] ? Se vre kreyòl ayisyen an vanse. Nou ka site afè kreyòl ki rantre nan lekòl grasa refòm 1979 la Minis Joseph C. Bernard te koumanse nan sistèm edikasyon an, epi yon sistèm òtograf ki ofisyèl depi 31 janvye 1980, san nou pa bliye kreyòl k ap anseye nan Inivèsite. Men, nou konstate yo pa sèvi avè l ase nan edikasyon, nan pwodui liv, nan lajistis ak nan administrasyon. Se sitou nan literati gen plis efò ki fèt pou pwodui yon seri zèv enpòtan an kreyòl. Ann Ayiti, nou wè gen yon gwo mank nan afè rechèch an kreyòl oswa sou lang kreyòl, sitou nan kesyon demontre prensip fonksyònman lang lan, nan sèvi ak li nan divès domèn nan lavi teknik ak syantifik. Nou ka site kèk eksepsyon tankou plizyè liv Yves Déjean ekri (li pibliye yon liv nan lane 2006 kote li reyini sa ki pi enpòtan nan tout sa li janm ekri)[9], liv Pierre Vernet[10] ak kèk lòt otè ak inivèsitè. Nan tout istwa Inivèsite nan peyi d Ayiti, travay rechèch etidyan blije fè pou yo jwenn lisans te toujou prezante an franse, eksepte 4 ladan yo, 2 nan Fakilte zyanzimèn, 2 nan Fakilte Lengwistik Aplike, soti 1998 rive 2005. Men poutan, nou kapab kanmenm fè kèk grenn otè ak inivèsitè konpliman pou detwa travay syantifik yo koumanse fè an kreyòl, paske yo tanmen anseye an kreyòl nan inivèsite a.

Lè yon lang ap devlope, èkse se pa ta yon obligasyon pou demontre prensip fonksyònman li ak divès nivo langaj yo ?

E se la a, nou merite kesyone jan nou sèvi ak de (2) lang ofisyèl konstitisyon an rekonèt la, epi an menm tan an tou Akademi a kòm aparèy enstitisyonèl ki ta dwe travay pou demontre kapasite lang kreyòl la. Tout kesyònman sa yo pèmèt nou dekouvri twa reyalite enpòtan nou ta dwe analize : 1) lang kreyòl la tankou tout lòt lang rete yon sistèm tou louvri kote moun ki pale l yo kontinye ap repwodui li nan fason yo sèvi avèk li; 2) jan lang kreyòl la ap bouje anndan sosyete a kapab yon mwayen ki esplike jan yo sèvi avè l la ; 3) aksyon leta poze anndan politik piblik yo, swa pou li eseye korije kèk bagay oubyen pou li tabli egalite, an menm tan an tou, kalite entitisyon li prevwa pou mete aksyon sa yo ann aplikasyon epi makfabrik enstitisyon sa yo.

Se anndan istwa 2 lang yo nan peyi a ak nan pwoblèm istwa sa a charye, Komite Inisyativ pou monte Akademi a vle gade sa konstitisyon an di sou 2 lang yo, kòm baz legal ak administratif pou tabli yon politik lang toutbon pandan n ap kesyone pwoblèm ki genyen nan zafè mete akademi sou pye. Kòlòk sa a se bonjan okazyon pou nou reflechi sou misyon akademi an, manda li, jan pou l òganize ak fason pou nou ta oryante li. Se nan lide sa a, nou santi li enpòtan pou nou poze yon lòt kesyon ki ta ka dirije refleksyon ki pral fèt sou kreyasyon enstitisyon sa a : Ki akademi kreyòl nou vle pou peyi d Ayiti ? Nan ki rejyon ak nan ki monn ?

Refleksyon ak deba anndan kòlòk sa a sou akademi an kapab ban nou yon bon okazyon pou devlope sa nou ta ka rele yon kreyolofoni syantifik ak kiltirèl pou fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an, pou gaye li plis toujou epi devlope zouti syantifik ak kiltirèl an kreyòl, nan jan nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo ap vanse jounen jodi[11].

Tèm kòlòk la se :

Kòlòk la ap dewoule sou divès tèm enpòtan, tankou :

A. Politik Lengwistik ak Pratik Lengwistik nan peyi d Ayiti

  • Nòmalizasyon, estandadizasyon ak amenajman lengwistik
  • Kreyòl ak Pwodiksyon lengwistik
  • Kreyòl ak Pwodiksyon literè
  • Kreyòl ak Tradiksyon
  • Kreyòl : fason n ap pale l epi fason n ap ekri l
  • Relasyon ant lang yo
  • Kreyòl ak koze devlopman
  • Kreyòl ak nouvo teknoloji enfòmasyon ansanm ak nouvo teknoloji kominikasyon yo

B. Lang, Idantite, Sosyete

  • Lang ak reprezantasyon sosyal yo
  • Lang ak zafè rekonesans lan
  • Lang, nasyon ak nasyonalite
  • Lang ak koze mondyalizasyon

C. Lang ak Akademi

  • Akademi kreyòl la ak lòt eksperyans ki te fèt nan mete kèk lòt akademi sou pye
  • Wòl tradisyonèl yon akademi lang jwe: tout avantaj ak tout pwoblèm ki genyen
  • Akademi ak bilengwis
  • Akademi ayisyen an ; fason pou yo wè l, fason pou yo mete l sou pye, fason pou yo jere l epi fason pou yo dirije l.

Lang kòlòk la

Lang kòlòk la se kreyòl ayisyen ak franse. Nan dokiman rezolisyon kòlòk la, tèks konferansye yo ap pibliye ni an kreyòl ni an franse.

Delè pou voye pwopozisyon kominikasyon yo

Komite òganizasyon kòlòk la ap resevwa kominikasyon yo nan adrès elektwonik : Akademiayisyen.kolok2011@gmail.com ; akademiayisyen.kolok2011@ueh.edu.ht

15 dawou pou pi ta, se dat apèl pou kominikasyon sa a ap fèmen. Pwopozisyon yo dwe genyen :

  • Non moun ki ekri li a, nimewo telefòn li, adrès lapòs ak adrès elektwonik li,
  • Tit pwofesyonèl li ak enstitisyon li reprezante
  • 500 mo pou pi plis sou tèm li chwazi a

Apèl pou kominikasyon sa a konsènen sitou moun k ap evolye nan domèn Syanzimèn, ak Syans sosyal, espesyalman lengwistik, filozofi, literati, antwopoloji, sosyoloji, istwa, elatriye…. Se yon apèl pou moun nan milye ayisyen an ak nan dyaspora ayisyen an k ap evolye toupatou nan lemonn, pou inivèsitè nan zòn Karayib la ak toupatou sou latè, epi pou tout enstitisyon ki enterese nan zafè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an ak kesyon akademi an espesyalman.

Men non enstitisyon ki fè pati komite pilotaj la :

Bon Nouvèl
Bureau Nationale d’Ethnologie (BNE)
Faculté de Linguistique Appliquée (FLA)
Ministère de la Culture et de la Communication (MCC)
Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP)
Presses Nationales d’Haiti
Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS)
Université d’État d’Haïti (UEH)

Men non moun kifè pati komite syantifik la

Jean Léon Ambroise
Darline Cothière
Michel Degraff
Yves Dejean
Fritz Deshommes
Renauld Govain
Laennec Hurbon
Nirva Jean-Jacques
Pierre Michel Laguerre

Nòt:

1. « Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl », « Kreyòl ak Franse se lang ofisyèl Repiblik la » Ayiti, Konstitisyon Repiblik d Ayiti, Pòtoprens, 10 Mas 1987, Jounal Monitè no 5.
2. Men sa ki nesesè pou yo sèvi ak manda sa a : « Rezon ki fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè yo fèmen moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè an kreyòl ak an franse(…). » Yon pati nan atik 24-3a.
3. « Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li simaye bonjan enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tout sa ki an rapò ak vi peyi a. Leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè lwa, ak sou règleman li mete deyò, ak tout aranjman, trete, konvansyon, li siyen ak lòt peyi, sof si gen de bagay sekirite nasyonal mande pou yo rete sekrè ». Atik 24. Konstitisyon1987 la.
4. Sa tou mande pou nou poze pwoblèm de(2) lang nan peyi d Ayiti a lapoula, tout pandan n ap bay tout mezi ki nan konstitisyon an tout enpòtans yo genyen yo.
5. Pompilus Pradel. Le problème linguistique Haitien. Pòtoprens. Edisyon Fardin.
6. Gen yon premye seri kesyon ki ta kapab konsène diferans pou nou ta fè ant lang (tout moun ap itilize a) popilasyon ayisyen an ak lang ofisyèl leta ; kouman nou ka esplike sitiyasyon kote lang leta ap itilize yo pa menm ak lang moun nan popilasyon an ap itilize yo ? Èske te gen yon epòk kote Leta pa t konn pale menm lang ak moun nan popilasyon an ?
7. Konstitisyon sa a la, pou gouvènman an respekte tout dwa tout kretyen vivan genyen ;Dwa pou yo viv lib. Dwa pou yo viv alèz. Dwa pou yo toujou kapab di mo pa yo, nan jan pou peyi a mache, dwa pou tout sitwayen nan tout peyi a bay dizon li nan tout desizyon k ap pran ». Tèks deklarasyon ki entwodui kostitisyon1987 la.
8. An reyalite, lang kreyòl ayisyen an pa t pran tan pou li te gen yon nivo gramè ki avanse e se sa k fè se kreyòl ayisyen ki te pran distans ak lang franse a anvan tout lòt kreyòl ki gen baz leksikal franse a. Se depi nan kòmansman 19yèm syèk la dirijan yo te wè nesesite pou yo kòmanse sèvi avè l nan lavi piblik la. Vintila- Radelscu Iona. (1979), (2yèm edisyon). Le créole. The Hague. Mouton Publisher. P 95
9. Dejean, Yves. 2006. Yon Lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Pòtoprens. Edisyon Henri Deschamps. Nan lane 1990, menm ekriven sa a te pwopoze divès teknik pou moun ekri kreyòl ayisyen an: Comment écrire le créole haitien. Yon liv li pibliye apati tèz li te remèt pou li jwenn tit doktè, yon tèz ki genyen menm tit la tou
10. Vernet Pierre. Technique d’écriture du créole haitien. Pòtoprens, le Natal.
11. Jan nou te montre l la « kreyolofoni sa a ta kapab tounen yon bon mwayen oubyen yon nouvo zouti pou lang kreyòl la rive pran plas li dwe genyen nan tren mondyalizasyon an, Govain, Renauld 2010 « Les pratiques du créole et la mondialisation », tit yon ekspoze li te bay nan yon kòlòk Entènasyonal ki te gen kòm tèm prensipal ‘Penser un humanisme de la diversité’. Tulane University. Nouvèl Oleyan, Etazini, yon evènman Tulane University ak Crenel te òganize nan dat 5 ak 6 Avril 2010.
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne–Hiver 2011

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com