Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne–Hiver 2011

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Ochan Manman

—pa Kwitoya

G

en souvni ki fò pase lodè jaden mi solèy ap lanbe. Gen dizon k mate parèy pledman labrenn pou travayè konte bèl rèv nan koton somèy. Gen non anonim ki sonnen long tankou non Jislènjòj ! Non sa ki ban m defi bliye l menm jan m pa ka pa sonje vwa tifi nan rèv mwen ki t ap chante ti zwazo ki kote w prale… mwen prale kay fiyètlalo… fiyètlalo konn manje timoun… si w ale l ap manje w tou… brikolobri brikolobri wosiyòl manje kowosol… mesye je swi fatige.. woule woule woule…

Sou Bèlè nan Pòtoprens gen non ki fè kriye genyen ki fè ri—zwazo sou flèch palmis kopye tenkantenk souri oswa grimas kretyenvivan. Konpoz pipirit se dlo dousman li koule swa menm sou blayi galèt nan savann.

Imajine jan sa te bèl lè pipirit t ap chare deklarasyon lanmou Sonson te fè Mantoun ! Mwen m sonje kijan m te ranmase chèlbè m pou m te di Jislèn : mademwazèl voulevoudanse ?… Yon min souri monte sou figi l. Bèl kon yon jaden kote flè yo fèy yo ak très lyann toupatou vin dyandyan. Ou ta di tout boujon woz wouj tout woze yo drese dosilman pou aspire yon maten galan. Rega l mi an ponpon fè kè m bat nan menm rit ak solo nwit. Se te yon rega san grimas. Se te yon souri an velou plen ak pafen. Prelid yon lanmou tètsyèl rich an koulè lavi ak nyaj e akansyèl. Dan l nan espas sonb nou te okipe a se ekla yon plènlin. Nou te danse ploge. Pa t gen lapli pou efase chemen nou pral pase ni desten nou pral konnen. Men nan men nou pral renmen. Nou koze. M te reponn tout keksyon li. Mani vòlè bèl tan pa t nan pratik lavi jenerasyon nou sou Bèlè. Ou mande ak tout kè w ou jwenn ak volonte. Sanble katye a vil la pataje eko vwa moun ki damou menm nan sekrè silans yon nwit apre lapli. Jislèn ak mwen nou damou ! Chak swa nou te fè menm rèv tank nou te dòmi kole. Ou ta di Bèlè kèk fwa se yon granmoun kannay yon sitirèz yon lakou konfyolo pou jenngason ak jennfanm kanpe piye san respekte sipa ! Lòlòj Jislèn tache nan fon katye sa a. Bonnanj mwen chita nan fondè sibtilite ak kourandè tou de sezon katye sa a : sezon sèch ak sezon lapli. Kòd lonbrik mwen asire anba pyechèn mòn lavwa a ki te konn fè m dòmi gwo midi nan frechè. Pyechèn sa te mare lalo ak anfas mwen nan gete bote ak fòs pouvwa konpoz madansara. Sosyete madansara konn kite pyechèn lan bonè nan maten pou y al pike mango Laplèn kannale monte rive Mòn Kabrit. Apremidi anvan labrenndiswa sosyete an tounen an dodomeya kon kap mwen an lè m ba l filmòl. Madansara kouvri pyechèn lan klaw. Y ap jwe tirekont fè lanmou chante. Ou ta di pyechèn lan an pwezi ak madansara. Pwetik la nan espas Mòn Lavwa a fè kò ak boulay loulouz lanm lanmè van ap farinen. Yo ak mwen te konn rete nan kalfou a jis labrenndiswa kouvri n. Nou danse pale m te tou piti. Anverite Pòtoprens te dous Bèlè te cho pou vi m te plante ladan l. Menm si m ale peple lòt kote m pa fouti bliye Bèlè nan vil Pòtoprens kapital Ayiti.

Pou lòbèy ou ka wè sou Bèlè nan Pòtoprens epi tande si tèt ou pa fò ou ka pèdi l lamenm. Pòtoprens pa sèlman gen Bèlè kòm zòn cho li gen Chandmas tou ! Bèlè ak plas sa te pran lòlòj mwen.

Chandmas te yon cham yon tablo koulè ak vibrasyon. Bèl moun bèl flè te fè kenken la. Pijon tout plimaj ap bat zèl yo taye banda roukoule. Konsè mizik ! Defile fanfa ! Fanm gran kreyè ! Kokobe ap vann grimas ! Machann move lavant anba farinay lapli k ap chante pou andyoze lavi ! Dyandyan limyè ! Flach wayalach fè plidetwal sou tout kò tinèg Pòtoprens. Timoun ap kouri kabrèt roule bisiklèt. Ekolye ap detaye jeografi ak lesondechoz. Liseyen ap bat pakè literati chimi fizyoloji e latriye. Yon mouvman pliryèl byen sengilye. Yon gouyav fòlklorik imans. Yon melanj silans ak chichotaj dyab ak madigra. Yon tanboula espant swing : vwa moun k ap pale chante koze priye joure ranse sou podyòm gratis Chandmas. Galri piblik ! Sou Chandmas moun ale vini. Lavi te sanble brase tèt li la ak tout sa ki te ka fè sans pou moun renmen Pòtoprens menm sèlman pou plezi Chandmas.

Malgre traka mizè plas sa te toujou fre. Nenpòt kwen w te parèt pou salye Chandmas yon bon van te gentan ba w respè kidedwa. Farinay jèdlo melanje ak pafen divès kalte pyeflè losyonnen w. Depi w te rive sou plas sa a ou te pran galon. Donk se tout jistis pou Desalin ak Petion te monte lagad la sou cheval yo pa twò lwen palènasyonal kazèndesalin katyejeneral sine otèl galrida mize elatriye… tou bon bagay ki te konn lemante kiryozite etranje ak abitan lakay. Vantezon atis penyen pyeflè. Mannouba gratwa glas machann fresko—m te renmen fresko pa m lan ak siwo kokoye plis yon mezi pistach griye ladan l. Chandmas ap fè laloz yon bò Bèlè ap lote espektak nan chak kalfou yon lòt bò.

Anpil kay sou Bèlè te ba. Youn de twa chanmòt te kenbe eskanp achitekti lakoloni. Gran ri yo paralèl asfalte. Sèvis vwari sanitè travopiblik te kenbe vil la pwòp. Koridò fofile katye sa an vètikal an orizontal an oval an trese e detravè… Koridò yo ede flannè kouvri anpil kote san riske mache long sou lari. Evite pibon pase kriye soufri rele. Epi mò kraze nan nannan sèvèl kwayan peyi sa pa fin twò byenvini nan syèl. Bèlè sa se tout yon kòbèy bouch moun fou ak kozman saj. Rèv ak souf zile Ayiti. Farinay savwa sou cheve tan mawon tan pedi tan retrouve. Bri nan lari silans nan kay. Enkyetid. Kouwòn marabou tete kanpe fanm seksi fanm mi. Chichotaj dyab ak madigra. Manyè sibtil. Awogans gratis. Tout antwopoloji ayisyen an sanble chita la ! Se regretan sosyograf ayisyen sanble pèdi lavwa devan grosè madriye sila ki chita nan Pòtoprens ak tout sa li pote kòm swif souf prejije sansiblite lanmou raj klivaj ak charabya… Mwen ka di m toujou te konn tande : platon Bèlè (anwo Bèlè) se pis kabrit. Yo di li pa sanble ni ren, ni anbabèlè. Move lang souvan di : anba Bèlè pa Bèlè paske li dòmi kole ak Kwabosal e li flannen ak Lasalin. Pawòlitik mabouya nan savann dèyè Brant ! Kakarat dèyè kès nan depo kilti lakay politisyen ap kajole miyonnen touye resisite lè yo vle. Koze tyaw ki sanble tètkoupe ak anpil lòt vye klivaj vèbal Ayisyen ap kouve san konnen pouki. Poutan entèlijans kèk matifnatal ak etranje konvwate anba Bèlè. Di m sa w vle li leve mayòl : pliske se la komès Pòtoprens lan te fè tiyon. Ren Bèlè menm ap toufe ak yon pretansyon kabrit. Kòmkwa li pote Ayiti sou do l : se la yon flonn ekreyandwa maton nan zafè politik ak zouti entèlektyèl chita kalejilbrèt. Pananpwèl te konn di : si se vre vye katye sa te gen ren, rive jodi a li pa gen sentiwon. L ap mache ak kanson l kenbe ak men l. Apre sa si w ta mete nò ak sid Bèlè nan menm lo ou t ap bezwen yon manman penba inivèsite pou idantifye dokimante obsève analize modelize prefere pwopoze deside pwojè apre pwojè sou mozayik Bèlè. Sansiblite ak frajilite wouj lavi moun katye sa a. Anverite m pa kwè gen yon sikoloji yon sosyoloji yon syans kominikasyon ansyen kon modèn ki bay zouti entèlektyèl pou te idantifye san mank Dyovolsi se nèg Bèlè.

Pou te wè Dyokrab Dyokleren Dyobawozi Dyogong epi w te tou konnen yo se nèg Bèlè. Lè w te wè Lwijanboje ou te kareman di li se nèg Bèlè. Ou te wè yon michan fanm tankou Madanbatay Madansonsonlatè Mafiz Anavolsi Janètbawozi se pou te ranje kanson w oswa pliye jipon w paske ou te devan yon fanm Bèlè. Lè mèt Sibyenvrè t ap pale se pou te tou di misye se nèg Bèlè. Lè Libyen kanpe se pou di sila se yon nèg Bèlè ! Lè Bòszèb nan estad Silvyokatò kanpe epi l rele kaseee l Tonpous se pou te deja di wifout sila se yon nèg Bèlè !

Nanpwen lekòl siperyè ki ko sènen fondamantal zak nèg ak nègès Bèlè. Men yon lòt defi : di m ki mikwo ekonomik inivèsite te bay Ivònpananradòt pou l fè tout prensip ak ladrès byen konte levasyon 9 gason ak yon mamit poud kafe ? Ki lekòl ki te bay Madanyanyan menm prensip pratik kapasite syantifik pou l fè jou leve san solèy ? Yon jan pou l gen tan demele trip machandiz nan mache pwovens ak senkant goud. Nan ekonomi peyi n Ayiti lavi pratik moun sa yo tèlman fè mirak ekonomis yo jebede. Sanble tout sa k ap fèt nan peyi sa gen dwèt mirak ladan l ! Mwen m mache sou sèt pou m pa pile katòz. Pliske kèlkanswa sa w wè tande ki nòmal oswa anòmal nan peyi sa merite respè.

Sou Bèlè m wè manman ki fè laye pistach griye pwodi avoka doktè ebenis agwonòm enjenyè komèsan atis kontab elektrisyen chapant mason pwofesè… Donk tande moun tounen kodenn se krèktibèt an rapò ak degre enpòtans savwapratik sitwayen sa yo nan bak sosyete a. Sou Bèlè m te tande jou bare Grannfiyòl sou do kay Metilyen an… Kouzen ZakaTinènè pèdi nan prizon. Menm si Legba pa nesesè pou konprann sa k fè sans epi jete nan boukan dife betiz santi ou oblije plen bouch ou dlo devan tout sa w wè epi tande nan Pòtoprens sitou sou Bèlè. Se sou Bèlè m te tande : yon machann dlo kole nan fè bagay. E wè Maryela grenpe monte kanpe epi danse sou tèt sanfil la nan yon batman je. Kouman li te fè sa ? Jis jodi a m pa tande syantifik yo pote eksplikasyon. Mwen m kite yo nan plas yo. Se pa nan tout bagay Bondye ak Lasyans nesesè ! Daprè kourandyòl Ezili fè yo kenbe madan Atyaka toutouni nan chanm yon lòt gason… yo pran Mayimoulen nan vòlè : kèk moun kontan lawont ap touye lòt. Bann masisi an pou premye fwa al danse kay Kore wounouwounou vonvonnen tou ba nan tout zòrèy. Schwischwischwi satouyèt vwazinay. Poutan se menm katye sa bravo kouri nan tout koridò lè rezilta sètifika bakaloreya nan radyo. Toubiyon lajwa bwote chay lou al jete pou kèk tan. Savwa lespri lasyans danse anba tonèl anndan chapèl nan laboratwa nan mozole. Yo fè konsè entèlijans ak kontestatè etènèl depi madankolo rive Vèsay pase Afrik tonbe an n Amerik. Nouvèl viktwa lage mizè atè menm pou yon sezon. Bon rezilta fè doulè vole. Tout moun kontan pou tout timoun ak jennjan. Bal salon. Fèt chanpèt devan Pèpetyèl. Tedeyòm nan Katedral. Bouyon banbòch nan chak baz… Lajwa lanmò lavi sou Bèlè se yon trinite konplike…!

Sevre mizè fè kòn nan fon malere sou Bèlè men li pa t gen priz pou l te kanpe plezi popilè. Reyisit elèv lekòl ! Sevre lavi di t ap manje zo jenn gason ak jenn fanm sou Bèlè men yo te refize bay legen. Yo te desann Kwabosal epi yo fè chay pou yo te travèse move tan. A kote sa gen faz moudong moun sa yo. Sitou jenn fanm.

Si w te gen okazyon tande yon natifnatal Bèlè k ap tope ak yon machann Kwabosal ou te jwenn pou defann tèt ou lè moman vini kont demeplè ! Si yon jou ou te tande sou Bèlè bouzen ak vagabon k ap di kaka ou te jwenn pou tire revanj sou rejiman maren alman ki te vin imilye Ayisyen apre eskandal misye Lidès an n Ayiti. Vyèjtimenn mwen nevèn betiz revandèz Kwabosal k ap ranvwaye frazeyèz move pri se gwo koze. Ki kote w te ka wè e tande yon jenn fanm retire pantalèt li, li mete pantalèt sou yon wòch epi li di yon lòt jenn fanm : retire pa w la pou n wè ki direksyon mouch yo ap pran. Sa w tande a eskandal pete. Gratis nan lari Pòtoprens sou Bèlè. Anverite Bèlè asosye ak Kwabosal plis Chandmas se tout Pòtoprens ! Youn lòt pa ka kite memwa m. Pòtoprens pa t konn dòmi. Malgre tout koze satan etranje pote ba nou tout istwa dyab fenyan relijye monte pou nou sou Bèlè m pa t konn wè zonbi chanpwèl bizango manman ranyon bwapiwo grennpwomennen lòmsantèt kimawoyo baka blengbendeng etsetera etsetera… Lajounen timoun te konn rapouswiv lakobat papiyon. Lannwit jenn gason nan tout kwen ap tyeke fanm chelèn. Lavi pa t bèl menm jan ak akansyèl nan syèl an desanm men tèlman te gen ti van toupatou k ap soufle rat te mòde w ou pa t santi sa. Menm chalè solèy 29 jiye te gen cham ak dousè pa l. Pòtoprens te dous e cho tankou tout bèl kreyè bouzen ladan l ki te manke fè m fou.

Lapli te mèt pare m ap pran lari dèyè yon grenn. Pandan vakans youn de twa nay nan Pòtoprens se te peye pote. Pòtoprens peyi machacha ! Peyi koridò ! Peyi petidemele fyawfyaw flapflap. Menm lò malis kolektiv t ap kònen Ayiti se tè tif timoun te kouri bisiklèt anba gwo lapli. Yo te woule kabrèt, manje mayilò ak chanmchanm souse piwouli bwè fresko moulen chiklèt sote kòd piye sou syèl nan marèl dimanch apre midi. Koze ak bèl flè aliyen lafrans sou kanivo pou jouda santimantal li akwostich solèy trese pou papiyon. Jwe pench flay avyon pètpèt fyaw fedatifis chare vonvon bay zanmi kouran dèyè pijon. Menm lò rekòt pa t bon travayèlatè pa t jwenn prete mòn lakay te kòmanse griyen fatra te kòmanse pran adrès li nan rivyè danre pèdi peyizan ayisyen te ka fè pwovizyon pou elèv lekòl lavil.

Pòtoprens pa t dòmi san soupe. Sou Bèlè nwèl pa t pase san reveyon. Fanmi ak etranje manje diri kole ak pwa wouj souse zo poul kraze kòt kabrit moulen po griyo ak bannann peze bwè likè oswa kremas kola koka. Timoun tire revolvè kapsil san pwoblèm ak lapolis tontonmakout oswa jandam. Sonsonlebatè kage yon gwòg sèk dèyè tèt li apre yon zagatay sòs chat mawon byen pike ! Menm lò lavi pa t swa nou menm sou Bèlè nou pa t grandi nan fènwa ! Anba limyè kalfou lavwa a twa zè maten Mòtèl ak mwen Janèt ak Jinèt nou t ap kraze istwadimond plen tèt nou bèt san priyè. Nan bal salon kay Madan Era, Tipyè ak Titant ploge swa. Jislèn ak mwen, nou te danse kole. Nou te gouye jous san n cho, kò n vin dous. Nan kominyon nou chante que la terre, toute entière… se consacre… Pandan vakans jennjan kon jennfi te lage nan konkou chansonèt. Lè kèk nan nou al fè vakans andeyò youn vin rakonte lòt jan l benyen nan sous oswa nan rivyè anba kaskad dlo dous epi pran lari byen bòzò san kè sote ni kè plen. Vakans sou Bèlè Sonson ap jwe domino Andriyèz ap jwe pench. Janèt tanzantan fè Mòtèl jedou. Madanjan pote kafe bay Misyejan la bò tab la. Wayal ak kreson epi limonad kabich ak kola pita katpouzenk ak zaboka pa t ban m dyare ni vomisman. Peyi an t ap trese riban danse konpa kadans ranpa wannchera gwalatya rabòday. Selon nivo ren w dapre gou dyòl ou san prejije mabouya. Jennjan ak jennfi tire kont nan lakou… kaptenn dèyè pòt pa t ni bòz ni krak touwonsanfon pa t ni amèn ni ensiswatil.

Anba tonèl sou Bèlè se la Nègmawon te boule zètòk kolon blan. Sou Bèlè m te viv trinite nan mwèl : manbre ak laplas ki t ap dedouble kriye Ayibobo levanjil ki t ap manifeste papa m teke m frape amèn sou tout panno katolik ki t ap miyen ensiswatil woule chaple siydelakwa… Yon flonn moun zannana kou pengwen k ap tate lafwa sou wout lavi pou asire aprelamò—chemen pèdi kanal touying—dèyè limyè etènèl pliske nan koulwa makawon lavi isiba yo pa wè klè. Men yo tout anbake nan yon sèl kannòt. Sa a te sèten ! Yon sèl kouran anba yon sèl drapo !

Plizyè bokit ak anpil priyè nesesè sitou lè bato nasyon an prèt chavire. Kidonk pasaje maren ap retire dlo jete. Kit li vle fè sa ak amèn ayibobo ensiswatil. Kit li vle fè sa san yon mo nan non okenn bowòm se te trè byen tou. Anpil nen pa fè malè ni simaye latwoublay nan fon lanmè. Ni tou se pa nen ki jamè di dlo lanmè sale ! Devan pèpetyèl timoun te fè lagokache ak tontonbab. Yo te louvri silabè sou paj mitan l tank yo te swaf tope modpas ak solèy langaye ak lalin. Lapli te toujou jwenn respè anba tonèl la chak fwa li te di onè. Peyi m te konn rele lapli epi lapli te vini timoun benyen toutouni. Manman pitit ranmase dlo pou l lave. Menm lò Ayisyen pa t gen ase bonbon pou l te peye reverans yon jan osnon yon lòt ou ka di li te sere dlo lapli nan respè pou lavi moun. Nan renmen solidarite ak lanmou. Rivyè te gen wout ! Lanati te ka mire solèy pou bontan ta peple menm lò kèk kote solèy te deregle.

Nan plamen prentan jodi a n ap vantaye boukan ala lanjelis deja sifoke. Tank sanba ap fwote dan l kont jansiv li lang li filange miyèt moso. Konpoz la senyen. Elèv lekòl boule nan jwe ak dife timtim bwa sèch… konbyen kou ? Anba tonèl la jodi a anpil nan nou fin zonbi tank n ap grennen jilbrèt pran kaka poul pou jòn ze. Nou pote kòd bay fèzè zonbi mare n. Zopope griyen zo kòt li pou grenn zaboka. Ren Banda pèdi woulawoup. Andriyèz pa ka yanvalouye tank li fin legede. Mafiz pèdi vwa l nan kriye mizè grangou endiyasyon ak imilyasyon. Timoun pedevi ap rele manman imouch ka manje ledada e kite la tèt. Plis kouri (…) tanzantan.

Jodi a soufrans vwazen an pa sifi. Doulè manman pitit k ap chache soup pou pitit li pa dòmi san grangou pa sifi. Lòt lan ratpakaka ap dechire nan kalfou an pa sifi. Ayisyen Arab k ap mennen operasyon Bagdad sou Bèlè san fwa ni lwa pa sifi. Tout moun pè moun nan peyi sa a kote tout moun te respekte moun pa sifi. Lavi bese tèt lanmou kaba valè nou depatya tablo lekòl fè labanyè nan ven mil rara tout sa pa sifi. Jenn gason ap boze sou plas piblik kokayin fè fling san nan je Makoul sa pa sifi. Timoun kwatyòkò k ap rale kachimbo osnon prize lodè siman kòdonye dèyè yon koulè pa sifi. Nou pèdi ason nou pèdi chaplè nou bliye priyè nou pèdi lanmou pou lavi sa toujou pa sifi pou sila yo k ap tann nou tout gaga. Sila yo k ap tann nou fin zonbi. Sila yo k ap tann nou pil sou pil nan yon eskandal zosman kadav . Eskandal lanmò tout yon pèp. Eskandal efasman yon nasyon. Eskandal dènye kras moun ki vle kwè peyi sa a pa ka fini… Y ap tann eskandal la rive pou yo wè sa pa t bezwen rive la.

La a pa twò lontan (30 septanm 1990) Lame te fè desandelye sou Bèlè. Militè touye granmoun kon timoun enganm kon kokobe. Militè asasen detripe yon manman. Rafal mitrayèt depatya yon chelèn fanm kouray. Yon nègès kayimit. Li mouri kite timoun piti : youn te gen senk ane lòt lan te gen twa. Jis jodi a y ap chache afeksyon yon manman ki te konn fè kat sezon kontre nan yon jounen pou yo pa t dòmi grangou. Bèlè pèdi yon kreyè fanm yon fanm solidè yon fanm pou moun renmen jis ou mouri pou li. Ayiti pèdi yon fanm vanyan yon modèl fanm chèvrèt yon fanm nanchon yon fanm relekouri… Mwen m pèdi yon zanmi yon kamarad yon sè yon kouzin. Pou fanm sila a m pa vle souri dou. Pou Jislènjòj m vle ise drapo jongle chapo latanye m roule tanbou soufle kone taye frètkach ranvwa mazanza kont enjistis manti ak dejeneretit ki anvayi peyi m Ayiti. Kont degrengolad valè lakay m vle rele m vle hanni m vle krache kolè. Men tou e an premye m ap rele pou tout valè ak fantezi ki te fè Ayisyen solidè youn ak lòt.

Menm lè batay pou kole tout rezon lavi ansanm pa kakakòk m apliminen pou konsyans mwen rete entak. Pou konba lavi kont maspinaj lespri ak rezistans fizik Ayisyen rete grave sou fon orizon. Pou Jislènjòj fanm mwèl ki te ban m yon rezon anplis pou m te viv ak tout sa ki te konn fè n kriye tout sa ki te konn fe n ri :

Jislèn se yon woulawoup sipriz
yon kolye cham ak bonte
lamò pa ka kase
tout vi l fè rezon ak pouvwa
ochan Manman ochan !

—Kwitoya

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne–Hiver 2011

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com