Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Dezyèm rezolisyon òtograf lang kreyòl ayisyen

—Akademi Kreyòl Ayisyen septanm 2023

Entwodiksyon

Akademi Kreyòl Ayisyen logo

Depi refòm Minis Joseph C. Bernard (1979) ki pote non Refòm Bèna, òtograf kreyòl la kontinye ap devlope selon bezwen itilizatè yo. Konstitisyon 1987 la kreye Akademi Kreyòl Ayisyen (Atik 213). Konsa, avèk Lwa kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan ane 2013, mete ak enstalasyon premye Akademisyen yo nan ane 2014, AKA vini jwe wòl li kòm enstitisyon Leta Konstitisyon peyi a bay responsablite pou li travay e pou li pran desizyon sou lang kreyòl ayisyen an.

Nan mwa jen 2017, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) pibliye Premye Rezolisyon sou Òtograf lang kreyòl ayisyen an avèk kolaborasyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP). Men, Premye Rezolisyon an pa te kouvri tout aspè AKA te prevwa abòde yo.

Tousuit apre piblikasyon Premye Rezolisyon sou Òtograf la, Akademisyen yo kontinye travay sou aspè yo pa te boukle nan Premye Rezolisyon an avèk lòt demann ki vin genyen nan sosyete a. Se konsa Akademi Kreyòl Ayisyen prepare yon Dezyèm Rezolisyon pou li prezante bay itilizatè yo.

Pou Akademi an rive nan Dezyèm Rezolisyon sa a, enstitisyon an reyalize divès jounen atelye travay. Kèk nan enstitisyon patnè ki kolabore avèk AKA nan kad reyalizasyon atelye sa yo se: MENFP, Ministè Kilti, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon (SEA), (Inivèsite Leta Ayiti (ILA), Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), Jounal Bon Nouvèl, elatriye. Anpil pèsonalite ak reprezantan enstitisyon ki ap travay sou lang kreyòl la te patisipe nan atelye sa yo. Pami yo, nou ka site : pwofesè kreyòl, direktè lekòl, kreyolis, pawolye, editè, tradiktè, reprezantan inivèsite, reprezantan enstitisyon piblik kou prive, asosyasyon pwofesè kreyòl nan depatman Nò, depatman Sant ak depatman Latibonit. Biwo Sekretarya egzekitif AKA a ranmase reyaksyon ak pwopozisyon tout patisipan yo, epi li soumèt yo bay Komisyon syantifik Akademi an. Sou bò pa li, Komisyon syantifik la, selon kad teyorik li te tabli nan demach travay la, pran tan ki nesesè pou li konsidere tout remak patisipan yo te fè yo. Apre sa, Akademi an òganize plizyè jounen atelye ant manm Konsèy akademisyen yo epi Konsèy Konsiltatif la. Manm enstans sa yo reyaji sou travay la epi yo vote pou yo adopte li nan okazyon Asanble jeneral enstitisyon an ki te fèt nan mwa janvye 2023.

Konsiderasyon legal

Lè nou konsidere atik 5, atik 24-3a, 40, 213, 215 ak atik 216 Konstitisyon 1987 la;

Lè nou konsidere Lwa 18 septanm 1979 la ki entwodui Kreyòl Ayisyen an kòm lang ansèyman epi kòm matyè nan ansèyman;

Lè nou konsidere Lwa 18 septanm 1979 la bay Depatman Edikasyon Nasyonal misyon pou li esperimante grafi ofisyèl la pandan kat (4) lane anvan adopsyon li si rezilta esperimantasyon an pozitif;

Lè nou konsidere yon lèt sikilè Ministè Edikasyon Nasyonal mete deyò nan dat 31 janvye 1980 sou òtograf Kreyòl Ayisyen an;

Lè nou konsidere Lwa 7 avril 2014 ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an epi atik 4, 5 ak atik 12b menm lwa sa a ki fikse misyon Akademi an ak travay li ;

Lè nou konsidere Pwotokòl akò Akademi Kreyòl Ayisyen an siyen avèk Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan dat 8 jiyè 2015;

Pou tout rezon sa yo, Akademi Kreyòl Ayisyen kontinye fè etid ak analiz sistèm òtograf 1979–1980 an. Gen yon premye revizyon ki soti an 2017 e ki sèvi kòm referans pou itilizatè yo.

Apre rechèch pou kadraj teyorik ak atelye travay plis divès konsiltasyon, Akademi Kreyòl Ayisyen prezante Dezyèm Rezolisyon sa a sou Òtograf kreyòl ayisyen an.

Chanjman nan alfabè kreyòl la

Son, siy grafik, lèt ak grafèm nan lang kreyòl ayisyen an.

Nan dat 31 janvye 1980, Ministè Edikasyon Nasyonal soti yon sikilè sou òtograf kreyòl la. Ministè a te itilize konsèp “siy grafik” pou itilizatè yo ekri “son” ki nan lang kreyòl la.

An 2017, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) rekondui sistèm òtograf la. Rezolisyon 2023 sou òtograf kreyòl ayisyen an se pwolonjman Rezolisyon 2017 sou òtograf la. Rezolisyon 2023 a pote yon seri presizyon nan sèten pwen ki te deja la nan Rezolisyon 2017 la. Nan ka ta genyen yon konfizyon sou yon pwen, se Rezolisyon 2023 a ki gen priyorite.

Nouvo Desizyon nan Rezolisyon 2023 sou Òtograf kreyòl la

  1. Rezolisyon 2017 la te vini ak konsèp grafèm nan nan plas lèt pou reprezantasyon son yo. Rezolisyon 2023 a pote plis presizyon kote li distenge lèt ak grafèm.
    Yon “grafèm” se yon “lèt” oswa yon konbinezon “lèt” ki pèmèt yo reprezante yon son. Konsa konsèp “grafèm” nan pi presi pase konsèp “lèt” la.
  2. Rezolisyon 2023 a bay lis “lèt” nan alfabè a ki sèvi pou yo fòme grafèm yo;
  3. li bay non chak “lèt” ki nan alfabè a ak non chak eleman ki nan lis “grafèm” nan;
  4. li rekonsidere son /ɥ/ (ki sanble avèk yon « h » tèt anba) kòm vwayèl espesyal. AKA pwononse li “ui”, menm jan avèk alfabè fonetik entènasyonal la. Grafèm « u » se yon demi vwayèl ki ka mache avèk lòt vwayèl.
  5. li konsidere diferans ant mo ak pawòl: pawòl se tout sa moun atikile nan chenn pale a ; mo se tout sa ki ka antre nan yon kategori gramatikal oswa leksikal ;
  6. li chwazi ekri mo olye li transkri pawòl ;
  7. li konsidere “anchennman” (makònay son yo nan fwontyè de (2) mo);
  8. li mete aksan sou “alomòf”, sa vle di, divès fòm yon seri mo ka pran nan lang nan;
  9. li sèvi ak teyori sou “aglitinasyon” an ki se yon faktè kle nan konstriksyon yon seri mo kreyòl. Aglitinasyon an se yon mekanis ki sèvi ak rapò plizyè mo genyen ansanm pou li fè yo tounen yon sèl mo;
  10. li konsidere nonb yo, soti 0 rive 19 kòm “ven” mo senp nan lang kreyòl la pou yo ekri chif ak nonb;
  11. li fè rekòmandasyon sou kouman yo ekri lè ak laj;
  12. li fè rekòmandasyon sou tipografi.

Dispozisyon 1: lèt ak grafèm nan òtograf kreyòl la

Dispozisyon 1 Sistèm òtograf kreyòl la genyen 24 lèt. 24 lèt sa yo sèvi nan fòmasyon 32 grafèm ki reprezante 32 fonèm (son) nou jwenn nan lang kreyòl la.

1.1 Lis 24 lèt nan òtograf kreyòl la ak non yo chak
Lèt Non Lèt Non Lèt Non Lèt Non
A a a G g ge M m me T t te
B b be H h he N n ne U u ui
C c se I i i O o O V v ve
D d de J j je P p pe W w we
E e e K k ke R r re Y y ye
F f fe L l le S s ès Z z ze
1.2 Lis 32 grafèm ki nan sistèm òtograf kreyòl la, ak non yo
Grafèm Non Grafèm Non Grafèm Non Grafèm Non
A a F fe N ne R re
An an G ge Ng nge S ès
B be H he O o T te
Ch che I i Ò ò U ui
D de J je On on V ve
E e K ke Ou ou W we
È è L le Oun oun Y ye
En en M me P pe Z ze
1.3 Lis vwayèl oral yo ak egzanp
Grafèm Non Transkripsyon
fonolojik1
Egzanp
A a /a/ ale, naje, matla / pàn
E e /e/ elèv, plezi, melanje
È è /ε/ èd, malèt, oslè
I i /i/ imite, limit, peyi
O o /o/ ochan, solèy, rido
Ò ò /ɔ/ ògàn, pòt, gadò
Ou ou /u/ ouvriye, goud, kalalou
1. Pou senplifikasyon, reprezantasyon son yo Akademi an itilize transkripsyon fonolojik
1.4 Lis vwayèl nazal yo
Grafèm Non Transkripsyon
fonolojik
Egzanp
An an /ã/ anvayi, manje, ban
En en /ɛ̃/ enfimyè, pentad, lapen
On on /ɔ̃/ onz, ponp, pantalon
Oun oun /ũ/ oungan, mazounbèl, kandjanhoun
1.5 Lis konsòn yo ak egzanp
Konsòn oral
Grafèm Non Transkripsyon
fonolojik
Egzanp
B be /b/ bak, anbake, kapab
Ch che /ʃ/ chat, rache, wòch
D de /d/ dodin, radote, pèd
F fe /f/ fèmen, lafanmi, chèf
G ge /g/ gato, ragou, bag
H he /h/ hap, hihan, enhen
J je /ʒ/ jako, aji, garaj
K ke /k/ kaye, rekòlte, kòk
L le /l/ limyè, aliyen, pil
P pe /p/ pale, rapòte, tap
R re /γ/ rakonte, arete, sèr (nan Nò)
S ès /s/ sak, resi, rès
T te /t/ tas, retay, dèt
V ve /v/ valiz, revòlte, rèv
Z ze /z/ zanmi, razwa, wòz
1.6 Lis konsòn nazal yo ak egzanp
Konsòn nazal
Grafèm Non Transkripsyon
fonolojik
Egzanp
M me /m/ matla, remèd, lam
N ne /n/ nap, analiz, pàn
Ng nge /ŋ/ zing, touhing, hinghang
1.7 Twa (3) Demi vwayèl / demi konsòn yo, ak egzanp
Grafèm Non Transkripsyon
fonolojik
Egzanp
U Ui /ɥ/ uit, kuit, pwodui, sue
W We /w/ wa, wowoli, kaw
Y Ye /j/ yanm, ayewopò, kay

1.8 Grafèm “u” se yon demi vwayèl ki ka mache avèk lòt vwayèl. Egzanp:

  • Nuit, lalt, sue, juen2. Se pa yon vwayèl pou kont li tankou nan ka lèt « u » fransè a.

2. Lòt pwononsyasyon posib: Nwit, lalwèt, swe, jyen / jen / jwen.

Dispozisyon 2-5: sitiyasyon kote yon segman nan chenn pawòl la bay youn osnon plizyè mo.

Dispozisyon 2 Nan ka ekspresyon fije Lè yon segman nan chenn pawòl la se yon fraz oswa yon bout fraz ki sòti nan yon lang etranje epi li antre an blòk nan lang kreyòl la, itilizatè a ekri l kòm yon sèl mo.

Egzanp:
sètadi, ladouskivyen, dekilakyèl, dekiprevyen, alawonnbadè.

Dispozisyon 3 Segman ki pa ka dekoupe Lè yon segman nan chenn pawòl la se yon konbinezon epi gen yon pati nan segman an ki pa ka kanpe pou kont li kòm mo nan lang kreyòl la, itilizatè a ekri segman an kòm yon sèl mo.

Egzanp:

  • Pidetwal, alamòd, aladriv, alatèt, alaverite, alamen, alabaz.
  • mizanplas, mizannèv, mizansèn, mizangad, mizanpli.
  • disid, dite (Nan Nò), Lèzanglè, Lafrans.
  • dodomeya, dèmè (fèt dèmè).

Dispozisyon 4 Verifikasyon mo kole avèk modifikatè3 Si itilizatè a ka mete yon modifikatè anndan yon segman, epi fraz la vin pa kòrèk, oswa fraz la vin pèdi sans li, itilizatè a ap ekri segman an kòm yon sèl mo.

Demonstrasyon:

  • li gentan vini (li deja vini)
  • « * » li gen ase tan vini
  • (asteriks la « * » montre fraz la pa gramatikal)

3. Adjektif avèk advèb se de (2) nan modifikatè yo AKA konsidere la a.

Egzanp:

  • Li gendwa grangou.
  • Li gendwa lakay li kounye a.
  • Li gendwa ap lapriyè.
  • Li gentan ale nan kanaval.
  • Li gentan dòmi.

Dispozisyon 5 Verifikasyon mo dekole avèk modifikatè Si itilizatè a mete yon modifikatè nan mitan segman an, depi fraz la kenbe gramatikalite li, epi, li pa pèdi sans li, itilizatè a ap ekri segman an an de (2) mo.

Demonstrasyon :

  • Li gen dwa fè grèv li
  • Li gen tout dwa fè grèv li
  • Sans fraz la pa deparye epi li kenbe gramatikalite li

Egzanp:

  • li gen tan pou l dòmi.
  • (li gen kont tan pou li dòmi).
  • li gen ase tan pou li dòmi.
  • li gen dwa defann tèt li.
  • li gen tout dwa defann tèt li.
  • li gen tan devan l pou devwa a.
  • li gen ase tan / li gen kont tan devan l.

II. Dispozisyon 6-8: òtograf nan ka patikil ‘an’, ‘de’ ak ‘o’

Dispozisyon 6 Nan ka “an”: Nan ka “an’’ an, sistèm òtograf la mande pou itilizatè yo dekole « an » an paske l se yon prepozisyon.

Egzanp (1)

  • An bwa.
  • An asye.
  • An brik.
  • An pòslèn.
  • An kachèt.
  • An aliminyòm.

Egzanp (2)

  • Nan ka milye jewografik.
  • An Ayiti, an Iran.
  • Frè m nan ap viv nan peyi Iran. Li an Iran depi 4 an.
  • Mwen Etazini, men nanm mwen an Ayiti.
  • Simon an Espay depi an jen, men madanm li an Itali.

Men gen ka kote ‘an’ se yon silab ki aglitine avèk yon lòt leksèm, de mo yo vini fè yon sèl:

Egzanp (3)

  • Anwo.
  • Anba.
  • Anlè.
  • Annalan.
  • Annarivan.
  • Anchantan.

Dispozisyon 7 Nan ka “de”: Nan ka ‘‘de’’ ak ‘‘d’’, analiz montre prensip efasman an kote « de » ak « d »; ka disparèt san pwoblèm.

Egzanp:

  • Mwen fèt nan peyi Ayiti.
  • Mwen fèt an Ayiti.
  • Non peyi a se Ayiti.

Lè lokitè a pa ka fè efasman, sitou nan ka yon seri espresyon fransè ki gentan chita nan lang nan, se pou lokitè yo konsidere yo tankou ka patikilye.

Egzanp:

  • Pale de.
  • Pale m de li.
  • L ap pale de egzamen an.

Nan menm ka espresyon fransè ki gentan chita nan lang nan kòm ka patikilye e nan lespri tolerans òtografik, li toujou posib pou itilizatè a ekri d Ayiti tou. Men AKA ankouraje aplikasyon prensip efasman an jan li deja parèt pi wo a: « Moun peyi Ayiti ».

Nan ka non oswa siyati yon moun, lokitè a ka ekri Dayiti jan li ye nan dokiman ofisyèl li.

Dispozisyon 8 Nan kòmansman non pwòp peyi oswa rejyon Devan kèk non pwòp peyi oubyen rejyon, AKA rekòmande itilizatè yo sèvi ak non pwòp peyi a oswa rejyon an, selon prensip efasman an:

Egzanp:

  1. Mwen rete Etazini / mwen pral Etazini, m ap viv Etazini, mwen sot Etazini.
  2. Mwen rete Brezil / mwen pral Brezil, m ap viv Brezil, mwen sot Brezil.
  3. Mwen rete Japon / mwen pral Japon, m ap viv Japon, mwen sot Japon.
  4. Mwen rete Meksik / mwen pral Meksik, m ap viv Meksik, mwen sot Meksik.
  5. Mwen rete Kanada / mwen pral Kanada, m ap viv Kanada, mwen sot Kanada.

Nan ka kote itilizatè a vle sèvi ak patikil “o” oswa “oz” devan sèten non peyi, li ka fè yon aglitinasyon selon modèl Okap, Okay, Ozanglè, Otwou, Obòy tankou nan ka Ozetazini, Ozenn, Ozantiy, Okanada, Omeksik, Ojapon.

III. Dispozisyon 9-14: òtograf chif ak nonb4

Dispozisyon 9 Òtograf nonb 0 rive 19: Sòti 0 rive 19, Sistèm òtograf la ekri nonb yo avèk yon sèl mo (mo senp).

Egzanp:

0 zewo 4 kat 8 uit 12 douz 16 sèz
1 en/youn 5 senk 9 nèf 13 trèz 17 disèt
2 de 6 sis 10 dis 14 katòz 18 dizuit
3 twa 7 sèt 11 onz 15 kenz 19 diznèf

Dispozisyon 10: Òtograf nonb 20 rive 99 Pou nonb ki sòti 20 rive 99 yo, Sistèm òtograf la separe eleman ki konpoze nonb yo nan respè prensip òtograf 0 rive 19 la; sof venteyen, tranteyen, karanteyen, senkanteyen ak swasanteyen.

Egzanp:

  • Venteyen (21).
  • Karanteyen (41).
  • Swasanteyen (61).
  • Senkann sis (56).
  • Swasann dis (70).

4. Nòmalman chif yo se ‘nonm’ tou, men AKA chwazi pou l ekri ‘nonb’ pou li evite konfizyon ant ‘nonm’ (chif) avèk ‘nonm’ (moun gason).

  • Katreven dis (90).
  • Katreven disèt (97).

Dispozisyon 11 Òtograf 21, 31, 41, 51, 61 Sistèm òtograf la ekri nonb venteyen, tranteyen, karanteyen, senkanteyen, swasanteyen ; menm jan avèk venteyinyèm, tranteyinyèm, karanteyinyèm, senkanteyinyèm, swasanteyinyèm tout ekri nan yon sèl mo. Men, sistèm nan ekri pito swasant dizyèm… katreven dizyèm an de (2) mo.

Dispozisyon 12 Òtograf nonb apati 100 Sistèm òtograf la separe mo yo epi li suiv prensip ki deja fikse kouman pou yo ekri nonb ki pi piti yo, nan respè prensip òtograf 0 rive 19 la.

Egzanp

  • Mil kat san swasant kenz (1 475).
  • douz milyon kat san sèt mil nèf san katreven diznèf (12 407 999).

Dispozisyon 13 Òtograf trant / trann, karant / karann, eks Pou òtograf trant / trann, karant / karann, eks, Sistèm òtograf la rekonèt 2 fòm yo, men li fè diferans ant ven, trant, karant, senkant, swasant li konsidere kòm fòm jenerik epi venn / vent, trann, karann, senkann, swasann li trete yo kòm varyant; men sistèm òtograf la ekri “sant an” pou 100 an.

Dispozisyon 14 Òtograf nonb òdinal Lang nan sèvi ak tèminezon “èm” pou li eksprime adjektif nonb òdinal epi “man” pou li eksprime advèb nonb òdinal

Egzanp:

  • 2èm /dezyèm, 99èm / katreven diznevyèm.
  • 2èman /dezyèmman.
  • 99èman / katreven diznevyèmman.

IV. Dispozisyon 15–16: laj ak lè

Dispozisyon 15 Konsènan ‘laj’: Sistèm òtograf lang kreyòl la itilize ‘an’, ‘ane’, ‘lane’, ‘zan’ pou li eksprime laj.

Egzanp

  • Frè m nan genyen 55 ane /55 lane /55 an sou tèt li.
  • 2 zan, 23 zan.
  • 23 an / ane / lane / zan (venn twa an, venn twa ane, venn twa lane, venn twa zan).

Dispozisyon 16 Konsènan ‘lè’ Sistèm òtograf la itilize mo ‘è’ oswa zè pou li eksprime ‘lè’ selon kontèks yo.

Egzanp

  • Li 5 è / li senk è. Li 8 è / li uit è.
  • Li 2 zè, 3 zè, 6 zè, 10 zè / li de zè, twa zè, sis zè, dis zè.
  • Men: 4 è, 5 è / li kat è, li senk è.

V. Dispozisyon 17: konsènan tirè

Dispozisyon 17 Itilizasyon tirè nan sistèm òtograf la

Sistèm òtograf la sèvi ak tirè ‘‘-’’ pou separasyon mo syantifik ki genyen omwen de (2) prefiks.

Egzanp:

  • Mono-klowo-fliyo-metàn5
  • 17.1. An jeneral, de (2) vwayèl diferan pa rankontre anndan yon mo. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ pou li evite yatis nan mitan 2 vwayèl:

Re-antre osnon reyantre ; ko-editè osnon koyeditè.

  • 17.2. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ nan ka de (2) leksèm ki esprime nasyonalite.

Ayisyen-Dominiken/ayisyano-dominiken.

  • 17.3. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ nan ka non pwòp oswa siyati konpoze: Jan-Pyè, Jan-Wèla; Pyè-Jewòm
  • 17.4. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè dyalòg “-’’ kòm siy ponktiyasyon pou montre dyalòg endepandan ak replik nan mitan yon tèks literè (woman, elatriye)

Li di:
-mango
-Kote ou ye ?
-mango.
-Mwen la !

5. Egzanp yon chimis pataje avèk AKA

Egzanp

  • 17.5. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ pou endike yon valè negatif nan nonb yo: -3-5= -8 (mwens 3 mwens 5 egal mwens 8).
  • 17.6. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ nan yon lis enimerasyon:

Tanpri, pote anpil fwi :
-mango
-melon
-zoranj.

  • 17.7. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ nan mitan dat pou separasyon jou, mwa, ane: 23-01-2022.
  • 17.8. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ nan mitan 2 nonb ki endike yon entèval oswa yon distans.

Egzanp :

  • 20–30 km.
  • 1960–1980.
  • Akayè–Monwi, Jeremi–Pòtoprens, Okap–Opèch.
  • 17.9. Sistèm òtograf la sèvi ak tirè “-’’ pou ekriti nimewo telefòn:

Egzanp:

(509) 4999-0100.

(778) 888-9087.

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)

20, Avni Lamartinière (Bwa Vèna) HT6114 Pòtoprens, Ayiti.
Telefòn: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 3333-0817
imel: enfomasyon@akademikreyol.net; Sitwèb: www.akademikreyol.net

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com