Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Bravo pou vot lwa sou Akademi Kreyòl Ayisyen an nan Palman :

Valorizasyon nan dyeksyon yon chanjman epistemik ann Ayiti

—pa Tontongi

Avèk vot pa toude chanm Palman Ayisyen an jounen 1 ak 2 jiyè 2013 ki sot pase yo kont objeksyon Martelly pou tablisman lalwa sou Akademi Kreyòl Ayisyen an, yon travay ki posib gras ak kouraj depite ak senatè yo e gras ak travay san lachepriz Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an, lang kreyòl ayisyen an antre nan yon faz pratik e itilizatris kote sa m rele yon chanjman epistemik ap lantman e asireman pran pye. Premye vot lalwa a an desanm 2012, ki gen tit ofisyèl « Lwa Pou Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen An », ansanm ak konfimasyon dezyèm vot Palman an, ki enfimize objeksyon Martelly yo, se yon aksyon pozitif. Objeksyon Martelly yo pa etonan lè n mete yo nan kontèks desizyon li pran pou se lang fransè ki sèvi nan CARICOM. Vot la reyisi kont yon opozisyon anti-kreyòl kay Martelly ak kay anpil lòt ann Ayiti e ki sanble li motive plis pa reflèks frankolonyal ke pa konviksyon. An n espere Martelly pap kontinye ap jwe yon wòl obstriksyonis kont yon pwojè nasyonal ki gen enplikasyon ak konsekans e benefis estratejik si enpòtan pou alafwa yon nouvo naratif sou Ayiti ak yon pwojè devlopman kalitatif.

Lalwa a gen 17 konsiderasyon jistifikatif ki ale de afimasyon dwa konstitisyonèl pou kreye e fonde ann Ayiti yon Akademi Kreyòl Ayisyen, ak modalite pratik pou li akonpli misyon li. Lalwa a te orijinalman prezante e parene pa Senatè Jean William JEANTY, Westner POLYCARPE, Jean Maxime ROUMER, Francois Lucas SAfNVIL, Simon Dieuseul DESRAS, Jean Baptiste BIEN AIME, Riche ANDRIS, Joseph Joel JOHN, Pierre Franky EXIUS. Kò Lejislatif la vote laIwa sa a pa majorite toude chanm yo.

Ann site kèlke grenn nan konsiderasyon yo :

« Lè nou konsidere reyalite lengwistik peyi Dayiti kote tout popilasyon an pale kreyòl, konprann kreyòl epi viv tout lavi Ii an kreyòl ; »

« Lè nou konsidere dwa popilasyon an genyen pou Ii viv nan lang Ii san rezèv kit se nan pale kit se nan ekri ; »

« (...) Lè nou konsidere pwoblèm edikasyon nan peyi d’Ayiti se yon baryè pou popilasyon ayisyen an fè devlopman politik, ekonomik, sosyal peyi a ... »

Lwa a site wòl prensipal jwe pa Komite Inisyativ pou mete Akademi Ayisyen an kanpe (konnen tou sou son Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an), nan kreyasyon lalwa a, li raple prewogatif konstitisyonèl desizyon an : « Lwa sa a kreye “Akadcmi Kreyòl Ayisyen” an jan Konstitisyon 1987 amande a mande 1 nan atik 213 ak 214-1. »

Atik 2, 3 yo endike : « Syèj ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen an nan Pòtoprens. Konsèy Akademisyen yo ka deside transfere Ii nenpòt kote sou teritwa nasyonal la si sa nesesè. »

« Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon Leta. Li endepandan e Ii kouvri tout peyi a. Li gen karaktè administratif, kiltirèl ak syantifik. »

Premye pwen nan Chapit 1 Chat enstitisyon an gen awè ak estrikti administraktif li : « Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fonksyone ak kat (4) ògàn : a) Yon Konsèy Akademisyen ; b) Yon Konsèy Administrasyon ; ch) Yon Konsèy Konsiltatif ; d) Yon Sekretarya Egzekitif. » (Atik 13)

Plizyè lòt seksyon ak souseksyon endike wòl respektif chak ògàn yo. Premye seksyon an souliye misyon ak travay Konsèy Akademisyen an : « Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se Ii ki dwe bay oryantasyon pou Akademi an fonksyone kòmsadwa » (Atik 14). « Konsèy Akademisyen an gen pou Ii :

a) Defini politik jeneral Akademi an ; b) Fè eleksyon pou chwazi manm Konsèy Administrasyon yo ; ch) Pran desizyon kraze Konsèy Administrasyon an si sa ta nesesè apre dizon 2/3 nan Konsèy Akademisyen an ; d) Konvoke Konsèy Administrasyon an pou mande Ii rann kont sou travay I ap fè. » (Atik 14, 15)

Souseksyon 1.2 ki vin apre a, titre « Kondisyon, kantite, reprezantasyon ak manda Akademisyen an », bay plis detay sou kesyon ki nan bouch tout moun : Ki sa yon Akademi ye ? Ki wòl li jwe ? Atik 19 lan reponn li : « “Akademisyen” se yon tit onorifik. Moun ki gen tit “Akademisyen” p ap travay pou lajan, Ii pa gen salè, jan atik 214 Konstitisyon 1987 amande a mande Ii. » Atik 20 an etale kondisyon kalifikatif elemantè yo : « Pou yon moun vin gen tit Akademisyen ... li dwe : a) Ayisyen, fi kou gason ; b) gen 40 lane pou pi piti ; ch) ap jwi dwa sivil ak politik Ii, epi Ii pa gen pwoblèm ak lajistis ; d) moun ki travay, ki fè rechèch nan lang kreyòl la osnon sou lang kreyòl la ; ki pwodui an kreyòl osnon sou lang kreyòl bon jan travay ki gen bon jan valè pou avansman ak devlopman lang kreyòl la ; moun sosyete a deja rekonèt zèv Ii ap fè pwomosyon pou avansman lang kreyòl la. » Atik 21 an endike : « Kantite Akademisyen yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen an se 33 pou pi piti, 55 pou pi plis. » Atik 22 : « Akademisyen yo ap soti toupatou nan peyi a nan tout domèn. Se enstitisyon ki ap travay sou lang kreyòl la k ap pwopoze moun sa yo. »

Sou kesyon ki reprezantasyon ak kalifikasyon moun ki dèyè vot lalwa e ki pral dirije li, Atik 23 a klarifye ke se : « Enstitisyon ki fòme “Komite Inisyativ pou mete Akademi Kreyòl Ayisyen an kanpe” ak enstitisyon ki te aktif nan oganize Kolèk oktòb 2011 lan, k ap gen pou chwazi premye manm yo nan lis yo va resevwa. Enstitisyon sa yo se : Inivèsite Leta d Ayiti ; Ministè Levasyon Nasyonal ak fòmasyon Pwofesyonèl ; Ministè Kilti ; Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ; Jounal Bon Nouvèl ; Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen ; Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS). » Atik 23-1 di se « Konsèy Akademisyen an ki ap genyen pou chwazi lòt manm ki pou rantre yo ».

Atik 24 la klarifye : « Akademisyen yo kapab soti nan nenpòt sektè, nan nenpòt kote nan peyi a, depi yo respekte kondisyon ki nan atik 20 an. »

Kèk pwen enpòtan : « Yon moun Akademisyen pou lavi diran. (...) Yon Akademisyen pèdi tit Ii lè Ii pèdi dwa sivil ak politik Ii, lè Ii pa respekte prensip etik Akademi an tabli. » (Atik 25)

Se nan dènye atik lwa yo ou jwenn endikasyon ke fondasyon Akademi an, menmsi li se yon enstitisyon « kiltirèl », li ka jwe enfliyans konsiderab nan rapò de fòs avèk lòt pouvwa ak enstitisyon Leta yo : « Chak lane, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè yon rankont travay ak chak pouvwa yo separeman : youn ak Palman an, youn ak Pouvwa Jidisyè a epi yon lòt ak Pouvwa Egzekitif la sou travay yo fè pandan lane a, pou pataje satisfaksyon ak pwoblèm yo genyen—youn parapò ak lòt—epi pou diskite sou bidjè Akademi an. »

Atik 47 la etale pouvwa fòs Leta Akademi an genyen : « Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou Ii veye : a) Pou tout fonksyonè Leta jwenn fòmasyon nan lang kreyòl, nan yon delè 3 lane ; b) Pou tout Iwa yo tradui nan lang kreyòl nan yon delè ki pa depase 3 lane ; ch) Pou Palman an vote tout Iwa yo ni an kreyòl ni an franse nan yon delè 6 mwa ; c) Pou Leta pran angajman pou tout anplwaye Ii yo ak tout administrasyon Ii yo kapab fonksyone nan lang kreyòl. »

Atik 48 la afime ke « Lwa sa a anile tout Lwa ak Dispozisyon Lwa, tout Dekre Lwa ak Dispozisyon Dekre Lwa, tout Dekre ak Dispozisyon Dekre ki depaman ak Ii ». Epi Atik 49 la konkli : « Lwa sa a gen pou pibliye epi pou aplike san pèdi tan sou tout teritwa nasyonal la. Vote nan Sena Repiblik la, jou ki lendi 10 desanm 2012, nan 209èm ane Endepandans Ian. » Siyen pa Steven Irvenson BENOIT, Simon Dieusel DESRAS, Joseph Joel JOHN, Gluck THEOPHILE, Jean Tholbert ALEXIS et Ogline PIERRE.

Se lwa sa a, ki pase depi ane pase Martelly te bloke a eke toude chanm Palman yo debloke e reyafime jounen 2 jiyè 2013 la.

Korelasyon estriktirèl : Pou yon ekriti kreyòl

Nan esè m ekri kòm kontribisyon pa m nan Kolòk Entènasyonal Pou Akademi Kreyòl la, yon tèks ki pibliye nan Ak Kolòk la, mwen pale de enpòtans pwodiksyon ekritoryèl, sètadi ekriti, piblikasyon ak sikilasyon an kreyòl ayisyen liv, atik ak rechèch, nan jefò valorizasyon lang lan. Enpòtans tablisman enfrastrikti enstitisyonèl ki endispensab yo pou fè valorizasyon an yon reyalite. Nan sans sa a, piblikasyon Ak Kolòk la, ki rezime eta panse ak bilan travay valorizasyon an, san konte travay rechèch Michel Degraff, avèk sipò enstitisyonèl MIT, ap mennen pratikman sou teren ann Ayiti, epitou, pi patikilyèman, travay lokitè ak lokitris yomenm, lokal kou aletranje, pou yo devlope lang ayisyen an, promote l, ba li jarèt pou l vin yon medyòm valorize ki bay fyète lè w metrize e itilize l—, wi tout faktè sa yo ap kontribye jodi a nan yon nouvo rega sou kreyòl, yon nouvo apresyasyon de wòl zouti fondamantal li ka jwe nan pwojè devlopman ak valorizasyon peyi a.

Akozke nou konsyan de prejije anti-kreyòl nan sen non sèlman sektè frankofil yo, men tou pami popilasyon monokreyolofòn yo yomenm, san wetire grann majorite ekriven yo, nou chwazi konsantre jefò nou nan pwodiksyon zèv kreyòl.

Anfèt, menmlè ekriti an kreyòl ekziste depi sou tan lakoloni, pou lontan pèsonn pat janm ekri tout yon liv an kreyòl, menm edisyon bileng se yon bagay ki te ra. Eksepsyon yo se tradiksyon kreyòl fab La Fontaine yo pa Georges Sylvain an 1901, oubyen Dyakout ak Wa Kreyon/Antigòn ak Félix Morisseau-Leroy nan ane 1950 yo, oubyen tou Dezafi pa Frankétienne an 1975. Ann remake ke Choucoune, yon long powèm lirik kreyòl Oswald Durand pibliye en 1896, se sèlman youn nan de powèm kreyòl nan rekèy li a, Rires et pleurs, ki gen yon total de 162 powèm !

Li pa difisil pou jwenn korelasyon twa mouda ant yon kote enferyorizasyon ak zonbifikasyon lang ak kilti kreyòl ayisyen te konn e ap kontinye sibi yo, yon lòt kote ranfòsman kontwòl enperyalis etranje (Lafrans ak Etazini an patikilye) sou peyi a ; epitou yon lòt kote pwosesis degradasyon ekonomik ak anvlopman, mangonmennay jeneral tout peyi a.

Pwopòsyon moun ou tèks ki ekri an kreyòl rete trè minim konpare ak fransè. Nan etid Frenand Léger a « Pwomosyon ekri nan lang kreyòl ayisyen an : pou ki sa epi kouman ? » ki parèt nan Ak Kolòk la, misye bay ekzanp konpilasyon temwayaj literè nan nimewo Le Nouvelliste 12 janvye 2011 lan pou komemore premye anivèsè tranblemanntè a. Nimewo a gen 17 tèks, misye di : « Kèk non selèb pami otè tèks sa yo se Frankétienne, Gary Victor, Lyonel Trouillot, Louis-Philippe Dalembert, Rodney Saint-Éloi, Syto Cave, ak Kettly Mars. Pami 17 tèks sa yo, se sèl pa Louis-Philippe Dalembert a ki ekri an kreyòl. Sèz lòt tèks yo se an franse yo ekri. Sa vle di pousantaj tèks kreyòl nan nimewo jounal sa a, sou yon sijè ki konsène tout pèp la, se sèlman 5.8 % li ye. Fò n pa bliye Le Nouvelliste se jounal ayisyen ki pi ansyen epi se youn nan sa ki pi popilè nan peyi a. » Leger konkli : « Menm si gen yon ti amelyorasyon tou piti nan kantite atik jounal ki pibliye an kreyòl, lang sila a kontinye ap sibi dominasyon lang franse a nan domèn ekri a. » Pou sipò ak travay potansyèl Akademi an ka fè misye ensiste : « nan estad lang sa a rive nan evolisyon l, se nan domèn ekri a li bezwen yo ba l plis jarèt. Sa vle di se nan domèn ekri a yon akademi kreyòl ta genyen plis travay pou l fè. »

Chanjman epistemik

Avantaj yon chwa lengwistik ki defann parite—dwa egalego—ant kreyòl ayisyen an ak fransè genyen, se lefètke li gen aladisponiblite li plizyè milyon moun ki deja fòme nan lang lan e ki deja pare pou yo itilize l. Li pa difisil pou konprann sa ap ede edikasyon tou senpleman paske li pi fasil pou w aprann nan lang vènakilè pa w ke nan yon lang etranje, kouwè fransè ye pou anpil Ayisyen.

Si w ale sou sit libreri « Livres en Folie » oubyen nan nenpòt timache vant liv, w’ap wè yon layite liv an fransè k’ap fè w mande tèt ou si toutbonvre peyi a genyen de lang ofisyèl, fransè ak kreyòl. Dekalaj, fòskote sa a ka enkyetan etandone kreyòl se lang grann majorite pèp ayisyen an pale. Sa enplike gen yon abitid, yon koutim, yon reflèks ki toujou ap opere e kiltive nan sen sosyete a e ki ap repwodui nan manisfestasyon kiltirèl yo. Li pa etonan sitou lè w konsidere barikad rezistans enstitisyon ak enterè frankofil yo deplwaye pou yo prezève estatiko a (statu quo).

Sepandan, sou yon lòt plan, si ou gade byen nan menm timache sa a oubyen nan lòt timache vant liv, ou ka wè nan kantite liv ki soti an kreyòl ki kantite chimen lang ayisyen an travèse. Prezantasyon liv Ak Kolòk Entènasyonal la ki rele Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni ? nan timache « Livres en Folie » , fè nou wè kalite pwogrè ki fèt lè w wè yon bon kantite gran save ak manm intelligentsia entelektyèl ayisyen an k’ap voye kreyòl monte nan tèks enpòtan yo ekri an kreyòl (anvan yo tap sèlman mete kèk tibout fraz kreyòl nan yon gwo tèks an fransè). Si se pa ankò chanjman nan sa Michel Foucault rele a yon epistèm (kantite konesans, kwayans, abitid, pwodiksyon syantifik ak kiltirèl dominan yon epòk), omwen genyen yon efò depasman konsepsyon frankolonize yo (selon ti bon mo kanmarad Idi) ; omwen genyen yon konpreyansyon bò kote anpil lokitè kreyolofòn ayisyen yo ansanm ak kreyatè e ekriven yo ke lang ayisyen an se yon lang totalkapital kouwè tout lòt lang totalkapital nan lemond.

Yon chanjman epistemik osijè chwa lang posib ann Ayiti daprè alafwa evolisyon rasyonèl lang ak sosyete nou obsève nan Listwa, kouwè paekzanp evolisyon lang fransè parapò ak lang laten, men tou kapasite revolisyonè pèp ayisyen an genyen nan jan li kapab itilize e mete alterite kanpe djanm kont fòs dominan estatiko a. Se kapasite sa a ki te rann rezistans anti-esklavaj e anti-kolonyal la posib e ki te asire siksè li.

Sa ki sitou ranfòse optimism mwen santi lè m di lang kreyòl ayisyen ap vin yon jou epistèm inivèsèl sosyete ayisyen an—nan sans lang ak kilti fransè a ye jodi a an Frans—, se konfyans yon eleman si enpòtan nan reprezantasyon idantitè yon pèp pa ka rete oprime twò lontan. Evantyèlman, yon jou ap rive zonbi ap vin wè si l goute sèl l’ap reprann nanm li, kouwè yon moun yo bay baboukèt ka wè si l wetire mizo a l’ap ka vin pale e revandike dwa li.

Relasyon—oubyen korelasyon—ant dwa alapawòl ak dwa (reprezantasyon) politik se yon bagay ki rijid e dirèk. Jou oprime monoleng ayisyen an ap vrèman genyen tout dwa li e vin yon moun konplè se kan li respekte e fè moun respekte lang li pale a, e afime san konplèks fason ak patikilarite pa l, nanm ideyalite pa l, konpreyansyon pa l de Kosmos la. Nou gen konfyans mouvman pou valorizasyon lang ak kilti kreyòl la ap vin rive kreye yon nouvo sistèm-de-valè ak enfrastrikti entelektyèl ki plase konesans ak abilite nan lang kreyòl la kòm faktè santral alafwa nan akimilasyon konesans ak nan afimasyon idantitè Ayisyen an, kouwè fransè a ye pou Fransè oubyen anglè a pou Anglè ak Etazinyen.

Mwen gen konfyans epistèm valorizan an ap vin lalwa inivèsèl pou Ayiti lè nou wè yon gran entelektyèl ayisyen kou Max Manigat voye imèl ban mwen plizyè fwa pou li repwoche yon movèz izaj nou fè de yon mo kreyòl, oubyen tou lè nou wè National Science Fondation bay pwofesè MIT Michel Degraff yon milyon dola meriken pou li devlope « rechèch lengwistik epi pou kreyasyon zouti pou aprantisaj aktif syans ak matematik an kreyòl », kouwèt sit MIT a di li.*

Nan rezime esè Iv Dejan ekri pou Kolòk la, titre « Lang kreyòl : prensipal mwayen konesans pèp ayisyen », misye di : « Akademi Kreyòl la dwe ede tout Ayisyen sèvi ak tout richès lang kreyòl yo a : akademi an dwe ankouraje rechèch sou tout branch sistèm lang kreyòl nou an. Akademi an dwe ankouraje tout popilasyon an aprann li, aprann ekri lang kreyòl ki deja nan tèt yo depi yo te timoun piti. Baton ou gen nan men w se avè l ou pare kou. » Nan tèks sa a Dejan fè yon ti rale sou absidite ki fè Ayisyen pa aprann nan lang yo ak sou lejitimite konstitisyonèl yon Akademi, yon jefò li di ki pa yon « dekorasyon » kouwè yon Akademi ka ye, men : « Ayiti bezwen tout kalite rechèch sou tout fòm kreyòl yo pale nan nò, nan Latibonit, nan zòn Jakmèl, nan Sid. Ayiti bezwen bon liv an kreyòl pou gaye konesans lasyans an kreyòl. Dwe gen yon gwoup save serye ki ta jwenn èd ak mwayen nan men Leta pou sa. Gwoup la ka pote non Akademi oubyen yon lòt non. Men, travay serye sou lang pa dekorasyon. E travay serye bezwen fèt ann Ayiti sou zouti yo rele kreyòl la, ki deja nan tèt tout ayisyen pou yo sèvi ak li toutbon nèt. »

Grann pouse lengwistik Ayiti prepare pou l al fè a gen anpil avantaj, apa avantaj ki deja evidan yo, paske l ap prezante langaj kreyòl la kou yon pwodui rantab e maketab ke menm kapitalis liberal yo ka jwi e benefisye. MIT ak National Science Fondation konprann dyalektik sa a trè byen, otreman yo pa tap depanse yon klou nan rechèch sou lang kreyòl ayisyen. Devlopman lojisyèl òdinatè ap benefisye de yon politik inivèsalizasyon izaj lang kreyòl la ann Ayiti, patikilyèman nan enstriksyon lekòl, nan administrasyon Leta yo, ak nan sistèm finansye e ekonomik la an jeneral, paske y ap bezwen pou sistèm kominikasyon yo a adapte yo e reponn ak bezwen izaj jeneral kreyòl la ap vin jenere.

Jefò endividyèl ak ranfòsman enstitisyonèl

Avrèdi epistèm dominasyon lang fransè a poko toutafè disparèt nan rapò pouvwa ant de lang ak kilti k’ap twoke tèt yo ann Ayiti depi anvan menm endepandans lan. Lelit dominan an, tradisyonèlman frankofilize, poko deside bay legen nan privilèj disparite pouvwa a ba yo. Se konsa li pa entònan ou wè sekèl, rès manifestasyon reflèks dominasyon sa a, nan desizyon Michel Martelly pran lè li mande pou CARICOM itilize fransè, olyede kreyòl ayisyen, kòm lang travay Ayiti.

Sepandan malgre tout rezistans ak andigman bò kote lelit frankofil dominan an, gen bèl ti pwogrè k’ap fèt nan jan intelligentsia a (klas entelektyèl la) ap konpòte l nan deba koulyea sou valorizasyon nasyonal lang kreyòl la. Menmlè, nan pakou tout istwa Dayiti, ou te toujou jwenn de zou twa grenn manm intelligentsia a ki pran pozisyon pou avansman ak valorizasyon lang kreyòl a, kouwè paekzanp frè Nau yo (Emile ak Ignace) nan ane 1850 yo, oubyen Chritian Beaulieu nan ane 1930 ak Félix-Morrisseau-Leroy nan ane 1950-1960 yo, se sèlman nan tan resan, presizeman nan dènye de dekad ki sot pase yo, ke ou wè yon tandans k’ap mennen bò kote aseptasyon validite entelektyèl lang kreyòl la pami klas entelektyèl la. Chanjman atitid sa yo koumanse manifeste apati dimoman klas entelektyèl ayisyen an wè anpil enstitisyon ak inivèsitè enpòtan nan lemond, Ozetazini sitou kote michan inivèsite kouwè Brown, Indiana, MIT, UMass, elatriye, ap prezante klas an kreyòl e sou kreyòl ayisyen. MIT rive jiska konsakre tout yon pwofesora osijè lang kreyòl ayisyen an, pwofesora a okipe jodi a pa lengwis ayisyen Michel Degraff. Kalite moun ki patisipe nan Kolòk Entènasyonal sou Akademi Kreyòl la an 2011 e ki gen tèks yo pibliye nan liv Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni (pami yo Iv Dejan, Michel Degraff, Manno Eugène, Fritz Deshommes, William Smarth, Renauld Gauvain, Jean Vernet Henry, Michael-Ange Hyppolite, Frenand Leger, Renauld Govain, Rosanie Moïse-Germain, pou site sèlman kèk grenn) deja ba w yon ide sou grandè pa ki fèt yo, li kodifye mach, lan men asire, bò kote valorizasyon ak enstitisyonalizasyon nasyonal lang kreyòl la.

Konklizyon

Jefò pèsonèl chak grenn Ayisyen nan relasyon li avèk lang kreyòl la, yon lang ki idantifye l pozitivman, ap kontribye nan chanjman epistemik lan. Ekzanp ekriven ayisyen yo ki oze ekri tout yon liv an kreyòl ayisyen menmlè yo konnen yo pa gen yon piblik akeyan k’ap achte liv yo kou pate cho ; ekzanp pwofesè Degraff ki fè kreyòl onore kou lang vivan enpòtan nan inivèsite MIT Ozetazini ; ekzanp KEPKAA ki enpoze mwa oktòb kou Mwa Kreyòl Ayisyen Okanada, yon aktivite ki vin jodi a yon evennman entènasyonal, tout bagay sa yo se otan inisyativ k’ap ede nan valorizasyon an. Noumenm nou deside fonde revi Tanbou ak mezondedisyon Trilingual Press (Près Trileng), kote alafwa nan metodoloji redaksyon, nan chwa otè ak nan chwa tematik, nou eseye mentni yon parite, sètadi yon rapò egalego, ant kreyòl ayisyen, fransè ak anglè. Kèk nan dènye pwodiksyon zèv kreyòl nou soti se yon tradiksyon zèv Platon (Apoloji, Krito, Fedo) pa Nicole Titus, yon koleksyon powèm bileng pa Doumafis Lafontant (Krik? Krak! Dèyè Mòn Gen Mòn), yon koleksyon powèm inikman an kreyòl ayisyen pa Patrick Sylvain (Masuife). Nou gen nan founo pou fen ane 2013 la, yon koleksyon bileng pa otè tinòt sa yo (Memwa Baboukèt / La Gueule du Trublion), yon roman kreyòl pa Ewald Delva (Angelina), yon roman kreyòl pa Patrick Sylvain (Anba Bòt Kwokodil), yon zèv bileng (fransè-kreyòl) pa Charlot Lucien La tentation de l’autre rive / Tantasyon latravèse, elatriye.

Jounen jodi a, apre Palman an fin konfime vot lalwa ki tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an e anile objeksyon Martelly a, nou ta renmen pou Ekzekitif la asepte ranfòse pouvwa enstitisyon ayisyen yo, san wetire Akademi Kreyòl a, yon enstitisyon ki gen yon wòl estratejik si enpòtan li ka jwe nan avni peyi a. Nou vle jwenn vwa nou avèk vwa Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an pou mande pou gouvènman Martelly a pibliye lalwa a e onore bidjè fonksyonnman li prezante ba li a.

Dominasyon klas dominan yo ak anpriz neo-kolonyal la pap konplè si yo pa kore ak dominasyon kiltirèl, lengwistik, entelektyèl e espirityèl. Demèm pou rezistans pèp la : Liberasyon l pap posib si l pa akonpaye pa liberasyon kiltirèl, lengwistik, entelektyèl e espirityèl.

—Tontongi 28 jiyè 2013, revi Tanbou

* Pou plis detay sou bous sa a, ale sou sit MIT sila a : http://shass.mit.edu/news/news-2012-interview-with-michel-degraff

** Tèks sila a parèt tou nan nimewo dawout 13–19, 19–20, 21–27 jounal Haïti Liberté ; li soumèt bay jounal souliy AlterPresse ak Potomitan ; li gen pou l parèt tou nan edisyon otònn 2013 revi Tanbou.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com