Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Men anpil, chay pa lou : an nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti

—pa Michel DeGraff1

Sa se yon vèsyon korije yon atik ki parèt nan liv Akademi kreyòl ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni? Ak kòlòk entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen an, 26–29 oktòb 2011 (paj 133–166). Editè liv la se: Renauld Govain & Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen. Liv la pibliye an avril 2013 nan Éditions de l’Université d’État d’Haïti. Kèk nouvo koreksyon yo te fèt nan dat mèkredi 23 oktòb 2013 pou edisyon Tanbou a.

Rezime

Youn nan rezon ki lakòz sistèm lekòl Ayiti a fè fayit, se paske lang yo plis itilize pou yo anseye elèv yo se franse alòske pifò Ayisyen—kit se elèv, kit se pwofesè—se kreyòl sèlman yo pale byen. (Gen petèt 500 000 Ayisyen, pou pifò, ki pale franse divès degre pami 10 milyon Ayisyen ann Ayiti.) Koze kreyòl pa ka sèvi nan edikasyon, se sistèm kolonyal la ki te foure lide sa a nan tèt anpil moun. Lide sa a chita sou yon koze goumen pou pouvwa ki la nan peyi a depi lontan. Sa kòmanse depi nan tan lakoloni ak komès esklav pandan XVIIèm syèk la. Epi sa kontinye toujou jis kounye a nan XXIèm syèk la akoz vye prejije ki egziste sou divès pozisyon moun okipe nan sosyete ann Ayiti.

Mwen menm ansanm ak yon ekip kolèg mwen nan MIT epi ann Ayiti, nou lanse yon « Inisyativ MIT-Ayiti » k ap devlope resous pou edikasyon san baryè an kreyòl. N espere Inisyativ sa a ap ka sèvi kòm egzanp pwojè ke Akademi Kreyòl Ayisyen an ta dwe ankouraje. Inisyativ MIT-Ayiti sa a pral ede nou konbat prejije anpil moun genyen kont lang kreyòl la. Pou rezon sa a, gras a nouvo teknoloji nou devlope nan MIT, n ap mete men nan kreyasyon epi evalyasyon bon jan resous ki sèvi ak kreyòl kòm zouti pou rive chanje sistèm edikasyon peyi d Ayiti. Konsa tou, n ap rive bay sistèm edikasyon an plis fòs pou li vin pi djanm. Se premye fwa espesyalis ap kreye divès materyèl ak teknoloji an kreyòl pou aprantisaj aktif nan domèn syans ak matematik pou ansèyman nan inivèsite ak lekòl segondè. Antan travay sa a ap avanse, n ap afiche bon jan prèv ki ka sèvi kòm egzanp pou konfwonte lide ki nan tèt bon kou lengwis, edikatè ak paran ki kwè kreyòl se yon lang ki kokobe—kòmkwa se yon mòd pale ki apa, yon mòd pale ki pi ba pase lòt lang tankou franse, angle oswa panyòl. Gen yon atik ann angle ki esplike bon kou lide nan atik sa a. Mo kle : Ayiti, kreyòl, Edikasyon pou tout moun (ept), nouvo teknoloji, aprantisaj aktif, syans, matematik

« Si m ap ekri an franse, ki se lang peyi mwen, olye de laten ki se lang pwofesè mwen yo, se paske mwen vle pou moun k ap li liv sa a sèvi ak bon sans yo sèlman pou yo rive konprann sa m ap esplike a. Moun sa yo ap rive analize metòd syantifik mwen yo pi byen pase moun ki sèlman kwè nan liv demode ki ekri an laten.» (René Descartes, Diskou sou metòd pou nou byen rezone epi pou nou chache verite nan lasyans, paj 77—se mwen ki fè tradiksyon an)

Objektif

Nan atik sa a nou vle brase lide sou yon koze enpòtan ki nan bouch moun nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (menfp) ak anpil lòt enstitisyon—kit se enstitisyon Leta, kit se enstitisyon prive, kit se enstitisyon ann Ayiti, kit se enstitisyon a letranje. Enstitisyon sa yo toujou ap pale de koze sa a depi kèk tan : « ept » ki vle di « Edikasyon Pou Tout moun ». Paran yo ap mande sa tou, e y ap mande yon ept ki dwe ede pitit yo reyisi nan lavi, ki dwe ede kominote yo devlope. Nou vle antre kòm sa dwa nan konbit ept sa a. E nou panse Akademi Kreyòl Ayisyen an pral gen yon gwo wòl pou li jwe nan sa tou. Kidonk nou pral mande : Ki kalite edikasyon ? Pou ki moun ? Nan ki lang ? Nou pral gade Ayiti kòm yon laboratwa pou nou konprann ki jan sèten fenomèn nan zafè lang ak edikasyon ka bloke ept, epi ki jan fenomèn sa yo sanble ak lòt fenomèn nou jwenn toupatou sou latè. Men youn nan prensipal pwoblèm nou pral egzamine yo : ann Ayiti, ni lang ni edikasyon pa ko janm sèvi pou amelyore kondisyon tout moun nan peyi a. O kontrè, yo sèvi ni ak lang ni ak edikasyon pou bloke devlòpman mas pèp la. Atik sa a vle ede nan debloke sitiyasyon sa a.

Atik la gen 2 pati : Yon pati teyorik ki pral eseye konprann sèten relasyon ki egziste ant fòs pouvwa ak pwodiksyon konesans toupatou sou latè. Nou ka konprann relasyon sa yo selon teyori nou jwenn nan sosyoloji (pa egzanp, nan travay filozòf-sosyològ Michel Foucault ak Pierre Bourdieu). Epi nou pral gade ki jan relasyon sa yo (ant pouvwa ak konesans) vin devlope nan istwa d Ayiti. Aprè sa, nou pral gen yon pati pratik k ap pèmèt nou gade ki jan nou ka kraze sèten baryè—baryè ki pwoteje enterè yon ti klas lelit e ki anpeche mas pèp la devlope. Kidonk objektif nou se pou nou kreye yon sistèm edikasyon ki va fasilite ansèyman pou tout moun tout bon vre.

Yon revolisyon ki pa ko ateri : elit kont mas pèp la (sètadi : « moun anwo » kont « moun anba »)

Kounye a nou pral rantre nan istwa peyi d Ayiti. Deviz peyi a se : « L’union fait la force » ki vle di « Men anpil, chay pa lou ». Deviz sa a soti nan revolisyon ki te fèt nan xviiièm syèk ann Ayiti, kote nèg ak milat, esklav ak moun lib te mete tèt yo ansanm pou yo montre ke tout moun se moun tout bon vre.

Gen yon liv ki enspire m anpil nan travay sa a. Liv sa a rele Silencing the Past : Power and the Production of History (ki vle di : « Kenbe lepase anba dra : Pouvwa enfliyanse jan yo ekri listwa »). Se travay yon kòlèg ki rele Michel Rolph Trouillot—li mouri twò jèn, e se yon zanmi mwen p ap janm bliye. Travay Trouillot sa a enpòtan anpil. Li te sèvi ak teyori Michel Foucault.2 Trouillot rive fè nou konprann ki jan Ayiti se yon egzanp ki montre klè ki jan fòs pouvwa enfliyanse pwodiksyon konesans sou listwa peyi nou an. Nou menm nou pral montre ki jan fòs pouvwa enfliyanse konesans sou lang nou epi sou jan nou sèvi ak li.

Nan listwa peyi d Ayiti, depi nan fen xviiièm syèk te deja gen moun ki t ap goumen pou egalite pou tout moun. Nou ka site, pa egzanp, Toussaint Louverture. E poutan, jouk jounen jodi a, zafè inegalite sa a toujou egziste ann Ayiti : pifò Ayisyen toujou ap travay pou zo. Sa vin parèt klè nèt apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Jounal Boston Globe te pale kare sou sa nan yon atik ki te pibliye nan dat 31 janvye 2010 :

Kounye a nou dwe mande si ti elit ki kontwole pifò lajan nan peyi a pral ede rebati Ayiti epi kreye yon klas mwayèn ki ka vin djanm. Katreven pousan Ayisyen ap viv nan lamizè pandan gen yon ti ponyen moun ki kontwole tout richès peyi a. Pifò nan ti ponyen sa a se milat ki gen zansèt pami blan franse ki te mèt plantasyon kann ak plantasyon kafe nan tan lakoloni anvan Ayiti te vin endepandan nan lane 1804.

Men, se pa sèlman pami milat nou jwenn Ayisyen k ap met baryè devan mas pèp la. Se pami tout elit yo—kit se milat, kit se nwa, kèlkeswa kote zansèt yo soti—nou jwen sèten gwoup ki kontinye ap met baryè devan mas pèp la. Ayisyen ki pale kreyòl sèlman, yo konsidere yo kòm si yo enferyè devan Ayisyen ki konn pale franse.

Nou menm Ayisyen, nou byen konprann zafè inegalite nan peyi a. Nou pale de sa anpil nan kont, nan chante, nan liv. Pa egzanp, gen yon chante anpil moun konnen ki rele « Nèg anwo, nèg anba » ki mande pou nèg anwo bay nèg anba yon chans. Maurice Sixto se yon gwo lodyansè ayisyen, yon moun ki te konn obsève sosyete nou an fen. Sixto te pale anpil de inegalite sa yo nan lodyans li yo : « Sentaniz », « Lea Kokoye », « Jeneral Tikòk », « Mèt Zabèlbòk », eks.3

Politisyen nan peyi a sèvi ak koze inegalite sa a pou yo regle zafè pouvwa yo. Pa egzanp, Jean-Bertrand Aristide, ki se yon ansyen prezidan, te ekri yon liv ki rele « Tout moun se moun» ki preche kont inegalite nan sosyete Ayiti a. Michel Martelly ki se nouvo prezidan peyi a te pale de menm inegalite sa a pandan kanpay prezidansyèl li. Li te pale de goumen ant 2 kan : « entèlektyèl » kont « vagabon » :

« Se yon bagay istorik k ap fèt. Youn veye sou lòt paske m pa konn si nou wè sa k ap pase a : se 2 kan k ap goumen la a wi : kan entèlektyèl [kont] vagabon. Se 2 kan k ap goumen wi. Entèlektyèl la se li ki kenbe nou nan sa nou ye la a jodi a, paske mwen menm mwen sezi lè m ap tande radyo pou m wè se ti vagabon an k ap mande lekòl gratis pou pèp la. Se pa entèlektyèl la… Se pa ti sezi yo sezi, non. Yo pa t janm konnen nou t ap rive la. Yo te panse se betiz mwen t ap vin di. Yo te panse mwen t ap vin chante pou yo kou gwo egare. Podjab, yo pa konn anyen. Yo pa t konnen m te konn pale « franseu » ! Yo panse se yo sèlman ki te entèlektyèl.» (Videyo dokimantè Sweet Micky for Prezidan).

Ki fè, Michel Martelly te pale sou inegalite ki genyen ant nèg anwo ak nèg anba lè li t ap mande pèp la vote pou li. Epi li te sèvi ak diferans ant kreyòl ak franse pou li te montre inegalite sa a : pèp la pale kreyòl sèlman, epi entèlektyèl yo pale « franseu » tou. Lè li di « franseu » olye de « franse », Martelly ap pase pwononsyasyon franse mawon nan betiz—e sa se yon pwononsyasyon nou sitou jwenn nan mas pèp la, pami moun ki pa konn pale franse. Men, menm si li menm li konn pale « franseu », se an kreyòl li te fè kanpay li. Kidonk Martelly byen konprann pouvwa kreyòl la kòm lang li dwe sèvi ak li pou li kominike ak mas pèp la. Kounye a, fòk nou konprann kreyòl la ka sèvi pou edikasyon mas pèp la tou, nan tout nivo lekòl ak inivèsite nan peyi a. Kreyòl pale, kreyòl konprann…

Goumen sou lang nan istwa d Ayiti ak lòt kote sou latè beni depi byen lontan

Gen yon magazen nan Boston ki rele « Revolution Books » ki vle di « Liv pou revolisyon ». Youn nan mesaj nou wè sou vitrin magazen an se yon afich ki di : « You can’t change the world if you don’t know the basics ». Sa vle di : Ou pa ka chanje lemonn si ou pa menm konn anyen sou konesans de baz yo. Deviz sa a enterese nou anpil : se konesans de baz sa yo nou dwe eseye konprann pou nou rive amelyore edikasyon nan peyi d Ayiti. Konesans de baz sa yo pral ede nou konprann ki kalite goumen k ap fèt sou do lang kreyòl la. Pou ki sa goumen sa yo ap fèt ?

Pou nou reponn kesyon sa yo, n ap fè yon antre nan travay Pierre Bourdieu sou kondisyon ki pèmèt pwodiksyon konesans.4 Daprè Bourdieu, pwogrè nan konesans mande pou nou byen konprann sou ki baz konesans sa yo chita. Nan sans sa a, an nou byen analize wòl lang lan kòm baryè ki bloke pwogrè mas pèp la nan istwa peyi d Ayiti epi an nou analize goumen plizyè gwoup ap mennen pou pouvwa, ni anndan peyi a, ni deyò peyi a. Sa va pèmèt nou dekouvri sèten rasin enjistis sosyal ann Ayiti.

Depi Ayiti fonde an 1804, lang ak edikasyon toujou sèvi kòm mwayen pou kreye inegalite sosyal, pou mete yon bann moun a kote nan sosyete a.5 Men, sa se pa yon bagay ki nouvo, e se pa yon bagay ki egziste ann Ayiti sèlman. Nan prèske tout peyi sou latè, lang ak edikasyon se zouti pou kreye klas lelit, epi lang ak edikasyon ka sèvi kòm yon baryè pou anpeche lòt moun rantre nan klas lelit sa a. Se sa sosyolengwis ki pale angle rele « elite closure ». Sa ki vle di : Gen yon elit ki sèvi ak lang yo pale a pou yo mete bon jan baryè ant yo menm ak rès pèp la.6

Sa fè plizyè syèk depi elit yo ap monte baryè sa a pou yo pa pataje richès peyi a ak rès pèp la. Fòk nou di tou ke entèlektyèl, edikatè ak politisyen jwe yon gran wòl nan konstriksyon baryè sa yo. E nou ka wè jan sa te konn fèt nan xvèm syèk lè kreyòl pa te ko menm pran nesans. An nou pran egzanp yon lengwis ki rele Antonio de Nebrija ki te viv ann Espay nan peryòd 1441–1522. Se misye ki te ekri premye gramè sou lang panyòl. Lè misye te ekri premye gramè sa a an 1492, li te remèt rèn Isabella li. Rèn lan te mande li : « Pou ki sa nou bezwen yon travay konsa ? Mwen deja konn pale panyòl. Mwen pa bezwen liv pou aprann pale panyòl.» Nebrija reponn li : « Rèn mwen, lang se yon bon jan zouti pou kolonizasyon vale teren.»7 Ki sa sa vle di ? Sa vle di : Lang se yon zouti pou konkèt enperyalis ak pou kreyasyon baryè ant divès klas sosyal. E nou ka wè sa ata nan diskou yon ansyen prezidan fransè (1974–1982) ki rele Valéry Giscard d’Estaing. Men sa d’Estaing te di sou pouvwa ekonomik lang franse a pou kontwole lòt peyi ki se manm asosiyasyon yo rele « Frankofoni » an :

Pouvwa ekonomik yon peyi ak jan li gaye kilti li toupatou se 2 bagay ki makonnen ansanm… Sa vle di : Se pa sèlman prezans materyèl yon peyi ki kreye wout pou prezans entèlektyèl li. Men tou, se gras a lang peyi a li rive kreye yon dinamik ekonomik pou mache mondyal la. Se poutèt sa nou dwe toujou ap kore lang franse a, epi gaye kilti franse a toupatou sou latè san rete… Se poutèt sa kominote lengwistik ak entèlektyèl ki rele « Frankofoni » a, nou dwe konsidere li kòm yon eleman enpòtan nan ajanda politik nou. (Le Monde, 21 avril 1974)

Pawòl Giscard d’Estaing sa yo eksplike klè ki sa Frankofoni ye tout bon vre : se yon zam k ap sèvi enterè ekonomi peyi Lafrans. Misye bay yon bèl leson sou ki jan Frankofoni se yon kokennchenn zam, se yon bon jan zouti pou fè enterè enperyalis peyi Lafrans pike devan. E nou menn Ayisyen nou dwe byen konprann sa pou nou veye zo nou devan Frankofoni sa a, pou li pa tounen yon Franko-foli ki pral kraze pwòp enterè ekonomik pa nou. Gen yon ti elit k ap enpoze franse kòm lang prensipal pou edikasyon ak pwogrè ekonomik. Epi se yon ti pousantaj Ayisyen sèlman ki ka benefisye. Se tout peyi a ki soufri lè mas pèp la pa ka sèvi ak sèl grenn lang li pale a pou li rive jwenn bon jan edikasyon nan tout domèn—soti nan li ak ekri nan lekòl primè rive nan syans, matematik epi tout lòt matyè jis nan lekòl segondè epi inivèsite.

Premye fraz nan atik nimewo 5 nan konstitisyon peyi d Ayiti deklare : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl.» Epi dezyèm fraz la di : « Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.» an nou gade ki lojik ki ka konekte 2 fraz sa yo : Kreyòl simante tout Ayisyen. Men, nou gen 2 lang ofisyèl : kreyòl ak franse. Nou ka santi chaj ideyolojik ak presyon politik ki vin kreye ni dezekilib ant 2 fraz sa yo, ni dezekilib ki egziste ant atik 5 la ak pratik lengwistik Leta ak lekòl ann Ayiti : si kreyòl se sèl grenn lang ki simante tout Ayisyen, ki jan fè se 2 lang ki ofisyèl (kreyòl ak franse) menm si majorite pèp la pa pale franse ? E pou ki sa se franse ki plis sèvi ni nan biwo Leta, ni nan tribinal, ni nan lekòl ak inivèsite, eks. ? E pou ki sa gouvènman ayisyen an mande pou se franse, olye de kreyòl, ki pou sèvi kòm dezyèm lang ofisyèl nan caricom a kote angle ?8 E poutan gen plis moun ki pale kreyòl pase franse toupatou nan Antiy yo. Sa se anpil kesyon ki merite repons. Men, nou p ap rete sou sa.

Kounye a gen yon lòt atik ki enteresan tou pou travay n ap fè sou kesyon « ept » (Edikasyon pou tout moun). Se atik 32-2 nan Konstitisyon an ki di : « Premye travay Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan pou tout moun rive al lekòl.» Lè nou sonje ke sèl lang tout Ayisyen pale se kreyòl (selon atik 5 lan), nou wè konklizyon an klè : si travay Leta a se fè tout moun al lekòl, epi si tout moun pale kreyòl, enben fòk lekòl sèvi ak kreyòl nèt ale. Men, malgre konstitisyon, malgre lalwa, malgre reyalite peyi a, sa pa ko janm fèt. Sa fè m sonje yon pwovèb ki di « Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.»

« Konstitisyon se papye, bayonèt se fè » : Yon Plan Operasyonèl ki pa ka opere

An nou konpare papye konstitisyon an ak bout fè reyalite a. Men yon premye bout fè : Gen apeprè ant 3 ak 10 % moun ann Ayiti ki pale franse san pwoblèm, pandan tout popilasyon an nèt pale kreyòl. Kreyòl ak franse se 2 lang diferan, kwak nan sikonstans istorik ki konsène yo, youn an rapò ak lòt. Sa yon ti jan tankou rapò franse ak laten. Pifò mo kreyòl Ayiti a ak anpil modèl fraz soti nan franse. Men, modèl son, sentaks ak sans konn diferan, bon jan diferan, nan anpil kontèks. Epi tou, nan kreyòl nou an, nou jwenn enfliyans lang yo pale nan zòn Nijè-Kongo ann Afrik. Moun ki pale kreyòl sèlman ka konprann ti moso franse malman, epi moun ki pale franse sèlman ka konprann ti moso kreyòl malman. Ki fè, franse kòm lang pou enstwi elèv lekòl ann Ayiti, se tankou yon baryè ki klete nan figi pifò Ayisyen. An jeneral, konesans transmèt pi byen lè ni etidyan ni pwofesè sèvi ak yon lang ki rele yo « chè mèt chè mètrès ». Kanta metòd modèn pou aprantisaj aktif nan syans ak matematik, yo mande pou etidyan yo sèvi ak bon sans yo pou yo fè anpil rezonnman ak anpil brase lide pandan y ap rezoud pwoblèm pratik pou yo bati pwòp konesans pa yo. Aktivite pratik sa yo pa fouti reyisi nan yon lang ke etidyan yo pa konnen byen.

An nou kwaze reyalite lengwistik sa a ak yon lòt bout fè : yonn nan aktivite yo fè nan lekòl ak inivèsite nan peyi a, se anseye elèv AN franse. Nan pifò ka, yo pa menm montre elèv yo pale franse. Yo sèlman montre yo AN franse : yo montre yo an franse menm lè yo pa konn pale franse pyès, menm lè y ap viv nan kominote kote pèsonn pa pale franse. Epi tou, yo ba yo kokennchenn egzamen an franse. Ki fè, pifò elèv yo ap redi di pou yo eseye aprann nan yon lang yo pa menm konnen, epi yo dwe pran egzamen yo nan lang sa a—yon lang yo pa ko rive konnen byen. Enben, elèv yo oblije aprann leson yo pa kè, san yo pa konprann, e se konsa pifò ladan yo pa ka pase egzamen an franse sa yo. Se yon sistèm ki oblije baze sou memorizasyon, sou aprann pa kè—kote tèt elèv yo tounen tankou yon sak y ap boure ak pawòl an franse ki p ap sèvi elèv yo nan lavi yo, pawòl an franse ki p ap janm ka sèvi elèv yo pou yo rezoud pwoblèm nan kominote yo. E poutan, peyi a chaje ak pwoblèm pou nou rezoud. Nou pa dwe gaspiye enèji nou nan pawòl ki pa ka bati konesans ke nou ka mete an pratik nan lavi nou.

Te gen yon refòm ki te rele Refòm Bernard9 ki te fèt nan ane 1979 e ki te gen twa gwo objektif. Premye objektif la se ankouraje lekòl sèvi ak lang kreyòl kòm yon lang « tranzisyon » pou anseye elèv yo lè yo kòmanse nan lekòl primè. Dezyèm objektif la se travèse nan ekri franse aprè elèv yo fin aprann li ak ekri an kreyòl. Objektif final la se kreye yon peyi ki bileng kote tout moun pale kreyòl ak franse fen. Nou jwenn menm objektif sa yo nan Plan Operasyonèl 2010–2015 Ministè Edikasyon Nasyonal la.10 Plan Operasyonèl sa a vle pou peyi a tounen yon peyi bileng—sa vle di : yon peyi kote tout moun pale kreyòl ak franse fen.

Objektif « bilengwis ekilibre » sa a (pou tout Ayisyen ta vin maton nan kreyòl ak franse) se yon objektif ki enterese m anpil kòm lengwis. Ki « operasyon » gouvènman an pral devlope pou li fè tout Ayisyen vin pale franse nan menm nivo yo deja pale kreyòl ? Ki sa gouvènman an deja fè pou li vreman mete kreyòl ak franse nan menm nivo alòske majorite sa ki pibliye nan menfp ak nan lòt biwo Leta se an franse sèlman yo pibliye ? Piblikasyon sa yo pa « ekilibre » ditou nan zafè bileng lan. Ki fè, Leta pa pratike sa l ap preche ni nan Refòm Bernard, ni nan Konstitisyon an, ni nan Plan Operasyonèl la. Nou nan yon sitiyasyon dezekilibre kote ekip menfp a (ak pifò biwo Leta) ki deja gen bon jan konesans lengwistik ak lòt resous nan men yo pou yo pratike yon « bilengwis ekilibre » pa ko janm gen volonte pou yo aplike bilengwis sa a nan pwòp aksyon pa yo. Pale ak fè se 2 ! E poutan Plan Operasyonèl la deklare pou mas pèp la vin bileng. Men, èske sa posib pandan pèp la ap benyen nan kreyòl sèlman e pifò mas pèp la pa gen mwayen pou yo jwenn bon pwofesè ak bon materyèl pou yo rive aprann franse ? Se kon sa « Plan Operasyonèl » ak pratik lengwistik Leta ak lòt moun ki « anwo » yo voye yon mesaj klè bay paran ak pwofesè pami moun « anba » yo : pou moun anba yo rive moun tout bon, yo dwe kouri aprann franse sou ban lekòl—nenpòt ki kalite franse—menm si yo p ap janm ka rive vin maton ni nan lekti, ni nan ekriti, ni nan syans, ni nan matematik ! Sa vle di : pifò Ayisyen ale lekòl pou yo redi aprann pale franse menm si yo pa rive aprann anyen ki ka itil yo nan lavi. Ala yon gaspiyaj !

Men sa ki pi rèd : Objektif « bilengwis ekilibre » sa a pa ka reyalize nan kondisyon peyi a ye la a : Pa gen okenn gwoup kretyen vivan sou latè beni ki ka aprann yon lang si yo pa ka ni benyen nan lang lan, ni jwenn bon pwofesè ki pale lang lan byen oswa bon materyèl pou yo aprann lang lan. Antouka, yo pa te janm vreman mete Refòm Bernard a ann aplikasyon, e yo pa ko janm kreye kondisyon pou tout Ayisyen ka pale kreyòl ak franse nan menm nivo. Nan ka Refòm Bernard a, yo te planifye yon refòm, epi menm moun ki te genyen pou te mete li an plas yo, yo te sabote li tout jan, depi lè li te kòmanse. Sa fè pa te gen okenn chans pou refòm sa a te reyisi.11 Jis jounen jodi a, edikasyon pou tout moun (« ept ») pa ko janm egziste ann Ayiti.

Nan Plan Operasyonèl 2010–2015 lan, lòt objektif yo se : kreyasyon sant pou preskolè ; lekòl pou tout timoun ; yon nouvo segondè ; yon ministè pou ansèyman siperyè, rechèch epi inovasyon ; refòm Inivèsite Leta Ayiti ; kreyasyon inivèsite piblik nan pwovens yo ; eks. Tou sa se objektif ki nesesè pou devlòpman peyi a. Men, sa difisil pou mwen wè ki jan tout objektif sa yo ka reyalize pandan majorite kay nan peyi a pa gen ni kouran, ni dlo, pandan majorite popilasyon an pa ko rive jwenn ni bon lekòl, ni bon bibliyotèk, ni bon pwofesè pou okenn matyè (ale wè pou franse), eks. E poutan, tout priyorite sa yo se priyorite ki pi enpòtan pase « bilengwis ekilibre » nan kreyòl ak franse : fòk tout Ayisyen ka aprann li ak ekri kòm sa dwa, pou yo vin metrize fondasyon syans ak matematik, eks. Fòk ansèyman syans ak matematik fèt yon jan pou etidyan yo ka rive bati konesans solid ki koresponn ak bezwen pratik yo. Konesans sa yo dwe bati ak « sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm ». Se konsa nou menm nan MIT nou te deside kreye yon « Inisyativ MIT-Ayiti » pou nou antre nan konbit ak menfp, inivèsite ak lekòl ann Ayiti ansanm ak tout lòt enstitisyon ak kominote (ngo, paran, etidyan, eks.) k ap travay pou amelyore edikasyon nan peyi a.

Plan Operasyonèl ki posib la se yon plan ki dwe sèvi ak youn nan pi gwo resous peyi a genyen : lang kreyòl la ki se yon lang tout popilasyon an pale. Sa se yon gwo avantaj anpil lòt peyi pa genyen. Se yon avantaj ki ta dwe sèvi pou fè tout popilasyon an vin maton nan konpetans ki nan fondasyon edikasyon li, ekri, syans, matematik, eks.

« Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba »

Kounye a nou pral pran yon egzanp byen rapid sou pwoblèm ki genyen lè n ap fè lekòl an franse pou timoun ki pa menm pale franse. E trè souvan, ata pwofesè yo pa alèz an franse.

Sa se yon sitiyasyon mwen te obsève ak 2 je m an 2011 nan yon lekòl Leta nan Lagonav. Nan yon klas 3èm ane lekòl fondamantal, pwofesè a ekri yon ti devwa sou syans natirèl kote elèv yo gen chwa ant plizyè repons. Men sa nou wè sou tablo a, an franse : « Qu’est-ce qu’un arbre ? Les arbres sont des : a) êtres vivants ; b) êtres non vivants ; c) êtres passedant des pieds

Nou ka poze tèt nou kesyon ki kote pwofesè a soti avèk pawòl « êtres passedant des pieds » sa a ? « Passedant » se pa yon mo franse. Genlè se yon erè pwofesè a fè lè li te vle ekri « possédant ». Men, kote « des pieds » sa a soti ? Pou ki sa a kote « vivants » epi « non vivants », nou jwenn « [possédant] des pieds » ki vle di « ki gen pye » ?

Esplikasyon an senp. An franse, lè yo di « un oranger », an kreyòl nou di « yon pye zoranj ». An franse, lè yo di « un bananier », an kreyòl nou di « yon pye bannann ». Epi, mo kreyòl ki koresponn ak mo franse « arbre » se « pye bwa ». Ki fè, pou pwofesè a se ka yon bagay nòmal pou li mande elèv yo èske yo defini yon « arbre » kòm yon bagay ki gen pye (« possédant des pieds »).

An nou analize reyaksyon yon elèv ki bay repons B a : yon « arbre » se yon « être non vivant ». Mwen te nan klas la, m al mande elèv la : « Yon pye bwa, èske l ap viv oubyen èske li p ap viv ? » Elèv la reflechi, epi li di : « Yon pye zoranj, li bay zoranj, li bay fèy, li mouri, li grandi. Enben, l ap viv.» Donk elèv la konprann ki jan yon pye bwa se yon bagay k ap viv. Nou wè ki jan elèv la byen konnen ki repons ki kòrèk. Men, pou ki sa li te chwazi repons ki te di ke yon pye bwa se yon « être non vivant » ? Enben, se dwe paske an kreyòl nou jwenn espresyon « kretyen vivan » ki vle di « moun ». Lè konsa, ki sa elèv la fè ? Li fè yon koneksyon nan tèt li ant pawòl « kretyen vivan » an ak pawòl « moun » lan. Yon pye bwa se pa yon moun, se pa yon kretyen vivan. Donk li bay yon repons ki lojik pou li selon konesans pawòl « kretyen vivan » an : yon pye bwa se pa yon « être vivant ». Repons elèv la baze sou konesans lang kreyòl ki nan tèt li a. Li pa konnen ke an franse mo « vivant » an ka sèvi pou pye bwa tou. Sa se nòmal : elèv sa a se yon timoun ki pale kreyòl sèlman lakay li, se yon timoun k ap viv nan yon kominote kote pifò moun pale kreyòl sèlman, yon kominote kote mo « vivan » an sèvi pou dekri moun, li pa sèvi pou dekri pye bwa.

Ki sa nou wè ? Nou wè kit pwofesè yo kit elèv yo, yo sèvi ak konesans yo genyen nan lang yo pale a lè pou yo ni bay devwa ni reponn devwa, menm si travay la ap fèt nan lang franse. Se sa ki fè kolèg nou Yves Dejean analize pwoblèm sa a nan yon liv ki rele Yon lekòl tèt anba, nan yon peyi tèt anba. Se yon kokennchenn liv an kreyòl sou pwoblèm sa yo. Nan liv sa a, Dejean fè 2 remak ki trè enpòtan nan refleksyon n ap fè ansanm la a. Premyèman, lè nou gade peyi ki endepandan depi plis pase 100 lane, Ayiti se youn nan ra peyi kote gen yon grenn lang tout sitwayen pale, epi lekòl pa sèvi ak lang sa a kòm lang prensipal pou ansèyman epi pou egzamen. Sitiyasyon sa a vin kreye yon baryè ki anpeche elèv yo fè pwogrè, ki fè yo pa fouti jwenn bon jan edikasyon.12 Dezyèmman, Yves Dejean remake kouman fason yo sèvi ak lang franse nan lekòl ann Ayiti bloke devlòpman peyi a.

Batistè lang kreyòl ann Ayiti ka esplike vye prejije kont kreyòl

Ki jan pou nou rezoud pwoblèm sa a ? Ki jan pou nou fè pwogrè ? Ki jan pou nou mete pi bon lekòl nan peyi a ? Ki jan pou etidyan nou yo vin pi maton pou yo ka rezoud pwoblèm peyi a ? Ki jan pou peyi a vin pi bon pou tout moun ?

Pou nou konprann pwoblèm sa yo pi byen, nou pral suiv pawòl Pierre Bourdieu ak Michel Foucault. Se konsa nou pral chache konesans de baz pou nou wè kouman pou nou fè pwogrè. Se konsa nou pral gade batistè lang kreyòl la. Sa enpòtan pou nou sonje ki jan lang kreyòl la se youn nan rezilta kolonizasyon ak komès esklav ann Ayiti. Pwojè enperyalis sa yo te vin mete lang ewopeyen, lang amerendyen ak lang afriken yo an kontak. Se nan xviiyèm ak xviiiyèm syèk kreyòl premye parèt kòm yon nouvo lang nan Sendomeng nan tan lakoloni. Chapant lang kreyòl ayisyen an soti nan kontak pami dyalèk franse avèk lang afriken ki te soti nan zòn Afrik de Lwès ak Afrik Santral. Se anbisyon ekonomik ki te fè Ewopeyen yo konsidere Amerendyen ak Afriken yo pi ba pase yo. Ewopeyen te deklare Afriken ak Amerendyen pa te moun tout bon. Deklarasyon sa a se pou yo te ka jistifye esklavaj sou plan moral ak sou plan entèlektyèl. Nan menm epòk sa a, Ewopeyen te deklare ke sèvo moun enferyè se sèvo ki kokobe, epi yo di ke se sèvo kokobe sa yo ki fè moun sa yo pale lang ki kokobe (sètadi : lang ki enferyè). Se konsa prejije kont kreyòl vin devlope tankou yon konsekans misyon komèsyal Ewòp te mete sou pye ann Afrik epi ann Amerik.13 Men, èske prejije sa yo ka vreman fè kreyòl tounen yon lang enferyè devan lòt lang tankou franse oubyen angle ?

Sou kesyon sa a gen sa yo rele diskou dominan. Diskou dominan an se diskou yon kategori moun « anwo », moun ki gen plis vwa pase lòt, moun ki gen plis otorite pase lòt… Nou pral jis site kèk pawòl ki soti nan bouch sèten zotobre ki te panse yo maton sou kesyon lang ak istwa d Ayiti—kit se Ayisyen, kit se etranje. Nou gen Anténor Firmin, antwopològ ayisyen, ki se yon poto mitan nan etid sou Ayiti. Li te pibliye yon liv an 1885 ki rele De l’égalité des races humaines, kote li te vle pwouve ke nwa ak blan egal ego sou plan entèlektyèl. E poutan, selon Patrick-Bellegarde Smith,14 Firmin te panse se franse ki pou fè Ayisyen vin devlope entèlektyèlman, pou yo vin egal ego ak blan franse. Li te di pa gen pi bon zouti pase lang franse pou ede yon Ayisyen ki vle devlope mantalman. Sa vle di : Tout Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa ka egal ak Franse. Ala vye rezonnman nan yon liv sou « egalite » ant blan ak nwa ! Apre sa, nou gen Aimé Césaire, ekriven matinikè, ki te di menm vye kalite pawòl sa yo kont kreyòl. Aimé Cesaire te ekri yon bèl diskou kont kolonyalis. Men, se menm Aimé Césaire sa a ki te di : « Youn nan rezon ki fè Matinik gen reta nan kilti li, se akoz nivo kreyòl li a. Lang kreyòl la toujou rete nan yon etap devlòpman brid sou kou. Li pa ka sèvi pou esplike lide ki abstrè.»

Gen yon lòt save ayisyen ki rele Hénock Trouillot ki te di : « [Kreyòl] fèmen tèt li nan chapant ki etwat epi ki limite… Òtograf li pa fikse, sentaks li pa fikse.» Li te ekri sa nan yon liv li te pibliye an 1980 : Les limites du créole dans notre enseignement. E poutan, Hénock Trouillot se tonton Michel Rolph Trouillot ki te pibliye, an 1977, yon bèl liv sou istwa d Ayiti an kreyòl : Ti dife boule sou istwa d Ayiti. Liv Michel Rolph Trouillot sa a, ansanm ak tout lòt travay ki te deja fèt an kreyòl, te deja byen montre ki jan chapant kreyòl la djanm—li pa ni « etwat », ni « limite ». Epi, an 1980, Hénock Trouillot, kòm gwo istoryen, te dwe konnen te gen yon evènman istorik ki te fèt anvan piblikasyon liv li an : an 1980, te deja gen yon òtograf ofisyèl kreyòl. Leta ayisyen te « fikse » òtograf kreyòl la an 1979. Yon lòt moun nou dwe site se Raphaël Confiant, yon lòt moun Matinik ki ekri anpil liv an kreyòl matinikè e ki resevwa plizyè gwo pri pou liv li yo. Confiant ekri yon liv ki rele Eau de café (ki vle di « Dlo kafe ») kote gen yon pèsonaj ki di : « [N]ou ka amize nou ak Kreyòl la, nou ka sèvi avè l pou nou di sa yon fi gen nan kè li, epi nou ka apresye kèk ti odyans tankou kèk fri ki ra e ki bon nan bouch.» Kidonk, lang kreyòl nan Matinik se yon bèl zam pou file fanm ! Epi nan yon entèvyou li te bay nan jounal Chronicle of Higher Education an 2000, Confiant te di : « Pwoblèm kreyòl se paske ou ann afè ak yon lang kote ou pa ka fè refleksyon ki abstrè… » Si pawòl sa a te bon pawòl, mwen pa ta ka mennen refleksyon n ap fè la a nan atik sa a an kreyòl. Tèt chaje…

Gen anpil lòt moun ki panse konsa. N ap rete sou Lesly Manigat pou nou pa site twòp egzanp. Lesly Manigat se yon gwo istoryen ki te prezidan Ayiti. An 2010, misye te di nan yon diskou li te bay nan Inivèsite Leta d Ayiti : « Kreyòl se pa sèlman yon limitasyon. Men, se yon enfimite.» Sa vle di kreyòl se yon lang ki kokobe, selon Manigat.15 Fòm diskou dominan sa yo egziste depi syèk, menm pami lengwis yo. Sa fè nou sonje kòlèg nou Félix Prudent, yon lengwis matinikè, ki ekri yon liv ki rele Des baragouins à la langue antillaise : Analyse historique et sociolinguistique du discours sur le créole (1980) ki se yon bèl analiz sou yon dividal vye lide sou lang kreyòl yo. Nan liv sa a, Prudent te analize fenomèn li te rele « minoration linguistique » kote divès savan ap bay kreyòl kout lang pou yo gaye prejije kont lang lan. Se prejije sa yo nou te deja wè nan pawòl Anténor Firmin, Hénock Trouillot, Aimé Césaire, Ralph Confiant, Lesly Manigat. Prejije sa yo toujou ap gaye nan sa moun ap ekri sou kreyòl.

Nou ka pran 2-3 lòt egzanp kreyolis k ap bay lang kreyòl la kout lang. An 1872, Saint Quentin te ekri sou lang kreyòl yo pale an Giyàn : « [Lang sa a] pa mande moun ki manke entèlijans pou yo fè gran efò ak sèvo yo ».16 Bickerton se yon lòt Kreyòlis ki bay kreyòl kout lang. Daprè misye, « lang kreyòl yo se fosil lengwistik nou t ap chache a… se tankou sa Galapagos reprezante pou Darwin ». Sa vle di ke lang kreyòl se lang ki anba nèt pa rapò ak lòt lang—yo pa ko devlope tankou lang Ewopeyen yo. Bickerton te di sa nan yon atik ki te parèt nan Newsweek an 1982. Gen Albert Valdman tou anpil moun ka konnen. Li fè bèl travay sou gramè kreyòl ak diksyonè kreyòl. Men, misye te di konsa : « Lang kreyòl kit yo vle kit yo pa vle, yo fèt pou yo fonn nan gran lang yo nan yon manèv ki rele dekreyolizasyon.» Nan senaryo sa a, « dekreyolization » se yon pwosesis ki ka rive koze « lanmò yon lang kreyòl » lè kreyòl sa a pèdi tout karakteristik « kreyòl » li. Selon Valdman, paske kreyòl pa ko lang ase pou li rete djanm akote franse, l ap vin fonn nan franse lè li gen pou li evolye akote franse—tankou ann Ayiti.17

Pawòl sa yo se voye monte. Anpil nan lang kreyòl yo jwenn orijin yo nan trafik esklav epi trafik komès. E se konsa kreyòl te vin parèt kòm si se yon lang ki melanje plizyè lang an menm tan. Antouka, nou ka montre ki jan tout lang se « lang melanje » yo ye. Mwen deja fè plizyè rechèch kote mwen montre ki jan vokabilè angle se yon vrè melanj li ye—melanj lang jèmanik, franse, laten, eks. Epi tou, vokabilè angle pi melanje pase vokabilè kreyòl ayisyen. Nan kondisyon sa a, angle pi « kreyòl » pase kreyòl.18

Lè nou aplike teyori Bourdieu ansanm ak teyori Foucault yo (sou jan chache pouvwa ak chache konesans se 2 bagay ki makonnen ansanm), nou ka rive konprann baz istorik tout vye prejije nou jwenn kont kreyòl. Prejije sa yo toujou vle mete kreyòl kòm yon lang ki kokobe devan franse ak lòt lang yo rele « lang entènasyonal » yo. Prejije sa yo fè anpil moun kwè kreyòl se lang ki pa ka sèvi pou bagay serye tankou lekòl, Leta, lajistis, eks. Baz istorik vye prejije sa yo se anbisyon ekonomik peyi ki te kolonize nou yo : pou Ewopeyen te malmennen esklav yo san remò, yo te oblije fè tout moun kwè ke moun nwa peyi d Afrik yo pa te moun tout bon. Epi, se kòm si Afriken yo pa te moun, se kòm si yo pa te ka pale bèl lang tankou franse, yo sèlman te ka pale kreyòl. Epi, se kòm si kreyòl se move franse, franse ki fin mawon nèt. Se kòm si Kreyòl pa lang tout bon. E kòm Ewopeyen yo te vle kwè Afriken yo pa te moun tout bon, yo te bay tèt yo tout dwa pou yo te « sivilize » Afriken yo, esplwate yo, maspinen yo, fè yo tounen esklav pou peyi Ewòp yo vin pi rich, eks.

Apre lendependans ann Ayiti, vin gen yon elit lokal (yon ti ponyen milat ak nwa) ki vin ranplase blan franse yo, e ki vin sèvi ak franse kòm baryè pou yo asire dominasyon pa yo sou mas pèp la. E se konsa yo menm tou yo vin gaye yon pakèt vye prejije kont kreyòl pou eseye fè mas pèp la ret « nan plas li ». Se konsa pakèt vye prejije ki te deja egziste nan tan lakoloni kont kreyòl vin gaye pi rèd toujou apre lendepandans.

Prejije sa yo te vin antre nan konsyans anpil moun nan tout klas sosyal ann Ayiti, ata pami mas pèp la. Se konsa moun sa yo menm (ki pami « moun anba » yo) te vin konsidere tèt yo kòmkwa yo enferyè devan moun elit yo (« moun anwo » yo) paske moun anba yo pa rive pale franse. Se kòm si se entelijan elit la pi entelijan ki fè yo rive pale franse. Men, sa se manti : rezon ki fè timoun elit yo rive pale franse, se paske yo leve nan kay kote yo tande franse k ap pale tout lajounen ; epi tou, yo jwenn bon pwofesè franse nan bon lekòl ki ka montre yo bon franse. Timoun nan mas pèp la, yo pa jwenn ni youn ni lòt pou yo rive aprann franse : yo pa jwenn bon franse lakay yo e yo pa jwenn bon franse nan lekòl yo. Se sèlman yon ti kantite tou piti pami mas pèp la ki janm rive pale franse, lè yo gen yon ti chans pou yo jwenn bon pwofesè epi yo gen kokennchenn talan pou yo aprann lang (se sèlman yon ti ponyen kretyen vivan ki ka gen talan sa a). Se pa sòt yo sòt ki fè majorite pèp la pa ka pale franse : yo pa pale franse paske pifò moun nan kominote yo se kreyòl sèlman yo pale tout bon, ata pwofesè lekòl yo. Menm timoun pèp sa yo, lè yo rive Miyami oswa Nouyòk oswa Boston, yo aprann angle kou rat paske y ap viv e y ap laye maten-midi-swa nan kominote kote yo tande angle k ap pale tout lasentjounen.

Edikasyon pou tout moun—tout bon vre—ak yon plan ki vreman « operasyonèl »

An nou note kèk efò k ap fèt pou eseye chanje sitiyasyon an. Youn nan pi gwo efò gouvènman ap fè se « Programme de Scolarisation Universelle Gratuite et Obligatoire (PSUGO) ». Pwogram sa a kòmanse an 2011 e li ta vle pou li voye 1 500 000 timoun lekòl gratis, lekòl soti nan 1e ane rive nan 6èm ane. Sa se yon pwojè kle k ap eseye enplemante [egzekite] Atik 32 nan Konstitisyon 1987 la. E nou dwe aplodi yon efò konsa. Men, nou dwe mande tou : Èske pwogram sa yo ka pote solisyon pou pwoblèm lang ak pwoblèm nan mètod aprantisaj nan lekòl ann Ayiti ? Èske yo ka, vreman vre, amelyore edikasyon ke timoun sa yo pral jwenn lè yo rive chita sou ban lekòl gratis sa yo ? Èske pwogram obligatwa sa yo ap rive kraze baryè lang ki bloke reyalizasyon EPT depi lontan nan peyi a ? Baryè lang ak baryè metòd pa sèlman egziste nan ane fondamantal lekòl primè. Baryè sa yo chita tou patou nan sistèm edikasyon nan peyi d Ayiti—soti nan jadendanfan rive nan inivèsite.

An nou gade plizyè dokiman ke yo ekri apre tranblemanntè ki te pase ann Ayiti an 2010 la. Nan dokiman sa yo, yo pale de jan edikasyon dwe ede nan diminye inegalite sosyal, fè pwomosyon valè kiltirèl ak patrimwàn peyi a. Nan Plan Operasyonèl 2010–2015 lan, gouvènman an deklare yon objektif « bilengwis ekilibre » pou tout peyi a vin maton nan franse ak kreyòl. Men, an nou sonje pwovèb ki di : « Konstitisyon se papye bayonèt se fè ». Oswa : « Pale ak fè, se 2 bagay diferan ». Pou rezon sa yo, an nou mande : Ki sa k ap fèt tout bon nan koze redui inegalite sosyal ann Ayiti ? Ki jan yon ti peyi pòv tankou Ayiti kote 90 % moun pale kreyòl sèlman ka vin yon peyi kote tout moun pale 2 lang kou rat ?

Malerezman, malgre tout bèl pawòl k ap pale sou kreyòl kòm sèl lang ki simante tout Ayisyen (atik 5 nan konstitisyon an), malgre tout lòt bèl pawòl nan divès plan pou rebati peyi a, malgre bèl pawòl nan divès bèl atik k ap pibliye sou sèvi ak patrimwàn nasyonal nou nan edikasyon, yo kontinye ap anseye timoun toupatou an franse ann Ayiti (nenpòt ki kalite franse !) menm lè timoun yo pa konn pale franse, menm lè ata pwofesè yo pa konn pale franse, e menm lè yo pa janm ka rive montre timoun sa yo pale franse pyès. Nan plizyè lokalite, elèv k ap pran egzamen sètifika oswa bakaloreya trè souvan pa rive jwenn egzamen yo an kreyòl. E menm lè timoun yo rive jwenn egzamen an kreyòl, genyen ladan yo ki prefere pran egzamen yo an franse paske tèks yo te memorize pou egzamen yo, se an franse yo te ye (trè souvan, elèv yo pa jwenn liv an kreyòl, sitou pou syans ak matematik nan nivo avanse). Trè souvan, sèl egzamen ke yo ka fè an kreyòl se egzamen sou kreyòl la. Pou tout lòt egzamen yo, pifò etidyan yo voye « pa kè » monte, an franse.

Epi elèv lekòl k ap pale kreyòl kontinye ap pran senbòl19 lè yo pale kreyòl nan klas yo—esepte lè yo nan klas k ap montre yo li ak ekri an kreyòl. Ki fè, se yon sistèm ki bloke ladrès ak kreyativite timoun yo. Epi gen de rechèch enpòtan ki montre ki jan sou 10 timoun ki antre lekòl nan premye ane lekòl fondamantal, se sèlman yon grenn (sètadi : 10 %) k ap rive fini lekòl. Epi sa k enteresan an sèke 10 % sa a se apeprè menm pousantaj timoun ki pale franse ann Ayiti.20 Baryè lang sa a, nou byen konnen ke li se youn nan rezon sou-devlòpman ann Ayiti menm jan ak nan anpil lòt peyi ki nan menm sitiyasyon sa a kote yo pa sèvi ak lang mas pèp la nan lekòl peyi a. Gen yon edikatè ki rele Stephen Walter ki fè yon gwo etid ki montre gen yon koneksyon dirèk ant peyi ki pa ko rive devlope ak peyi kote lang nasyonal la se pa lang prensipal lekòl yo.21

Kounye a, an nou travèse nan domèn pratik, jan nou te anonse nan kòmansman atik la. N ap kòmanse pati sa a avèk kèk egzanp pwogram ki gen pou wè ak ept tout bon vre—nan « Edikasyon pou tout moun », pou tout moun tout bon vre, san baryè lang. Malerezman, anpil nan pwogram sa yo pa ko rive jwenn apui nan men gouvènman peyi d Ayiti. Sa klè, egzanp sa yo p ap rive gaye nan tout kwen peyi a si gouvènman an pa ba yo apui.

Premye egzanp n ap pran an se yon pwogram k ap fèt nan Lekòl Kominotè Matènwa (lkm) ki nan zile Lagonav ann Ayiti—yon lekòl Abner Sauveur ak Chris Low te fonde an 1996. Lekòl la gen 240 elèv soti nan preskolè rive nan 9èm ane lekòl fondamantal. Men youn nan prensip ki enpòtan nan lkm : timoun yo aprann li ak ekri nan lang manman yo ki se kreyòl. Yo kòmanse tande franse oral depi nan 1è ane. E se sèlman nan 3èm ane yo kòmanse nan li ak ekri franse.

Lè nou mezire rezilta esperyans lkm lan, nou wè timoun sa yo bay pi bon rannman pase timoun ki nan divès lòt lekòl toupatou ann Ayiti. Pa egzanp : Nan lkm, timoun ki nan 3èm ane yo, yo rive li 60 mo an kreyòl pa minit an mwayèn, tandiske nan yon etid ki te fèt nan yon pwojè Bank Mondyal, timoun nan 3èm ane yo te rive li sèlman 23 mo pa minit an mwayèn—kit se an kreyòl, kit se an franse.22 Rezilta lkm yo enteresan anpil paske yo montre pouvwa lang kreyòl la nan aprantisaj li ak ekri pou timoun ki pale kreyòl sèlman. Timoun sa yo aprann pi byen lè aprantisaj la fèt an kreyòl. Rezilta sa yo konfime sa divès espesyalis nan edikasyon ak lengwistik toujou ap di nou depi lontan : lang natif-natal elèv yo se pi bon zouti pou edikasyon yo.23

Prensip pou timoun yo aprann li ak ekri an kreyòl sèlman lè yo kòmanse lekòl, sa pa ka anpeche timoun sa yo aprann franse oswa angle oswa panyòl apre sa. Okontrè, yon timoun gen yon grenn chans pou li aprann li ak ekri. Lè timoun sa a kòmanse aprann li ak ekri, si li ka sèvi avèk lang manman l, l ap ka aprann teknik pou li ak ekri pi byen pase si li t ap aprann nan yon lang li pa konnen. Sa se nòmal paske lè yon timoun ap aprann li nan yon lang li deja konn pale, li pi fasil pou li konprann pawòl ki kouche sou papye yo. Timoun lan deja konn pale pawòl sa yo. Kidonk li pi fasil pou li konekte pawòl nan bouch li ak pawòl sou papye devan je li. Lè timoun lan ap aprann li ak ekri nan yon lang li pa konnen, trè souvan l ap goumen ak pawòl sou papye ki pa koresponn ak pawòl ki nan bouch li. Ki fè, timoun sa a pral oblije ap li epi ekri san konprann ; l ap vin tounen yon jako repèt ki pa janm konn li ak ekri tout bon vre. L ap sèlman ka kopye oswa repete pawòl ke li pa vreman konprann—menm jan ak pawòl « êtres vivant » nan move devwa syans natirèl nou te deja analize a.

Lè yon timoun gen chans pou li aprann li ak ekri nan lang manman l, apre li fin konn li ak ekri nan lang li deja konn pale a, timoun lan ap ka aprann li ak ekri nan yon lòt lang depi timoun lan jwenn bon pwofesè ak bon materyèl pou l aprann lang sa a oswa timoun lan rive laye kò l nan lang lan. L ap ka transfere konpetans li ak ekri a soti nan lang manman li rive nan yon dezyèm lang l ap aprann. Men, si timoun lan aprann li ak ekri nan yon lang li pa ko konn pale, timoun sa a p ap fouti konn li ak ekri byen ni nan lang pa li ni nan okenn lòt lang. Timoun sa a ap andikape pou rès lavi li : li p ap janm rive li ak ekri byen nan okenn lòt lang. Nan ka sa a, sèvi ak yon lang timoun lan pa konnen ap vin kreye yon andikap pèmanan pou timoun lan. E timoun sa a p ap janm rive aprann franse byen. E sa ki pi rèd, timoun sa a p ap ka maton nan ni li, ni ekri, ni syans, ni matematik, eks. Anpil moun ki pwofonde nan rechèch sou aprantisaj lekti ak ekriti dakò sou sa.24

Nan menm pwogram an kreyòl sa a nan lkm, timoun yo rive fè pwòp liv pa yo tou. Sa se selon teknik pou aprantisaj aktif kote etidyan ap aprann pandan yo angaje tèt yo nan travay pratik ak zouti y ap aprann nan oswa nan esperimantasyon ki fè yo mete men yo nan nannan aktivite yo vle aprann nan. Nan kalite aprantisaj aktif sou li ak ekri k ap fèt nan lkm, timoun ki pale kreyòl, timoun k ap viv nan kominote kote tout moun pale kreyòl sèlman, timoun sa yo ap fè pwòp liv yo. Pwosesis kreye liv nan lang manman yo, sa ede timoun yo antre fon nan konpreyansyon ak pratik òtograf epi gramè kreyòl pandan y ap ekri bèl ti istwa sou lavi yo, sou kominote yo, sou anviwonnman yo, sou peyi yo. Y ap fè ti analiz lengwistik pandan y ap ekri istwa ki konsène yo. Kreye liv fè yo anvi li plis. Sa ba yo anpil kè kontan ak anpil fyète pou yo ekri pwòp liv pa yo. Lè timoun yo fin ekri liv sa yo an kreyòl, yo chita ansanm pou youn li pou lòt. Epi, apre sa, yo li liv yo pou tout kominote a nan reyinyon « nan gran wonn » ki fèt nan lekòl la chak jedi. Lè konsa, timoun kou granmoun rive pran plezi yo ak bèl ti istwa timoun yo ekri. Gen lòt moun ki tradui istwa timoun yo ni an franse ni ann angle. Sa se pou yon echanj k ap fèt kote timoun Ayiti ap ekri liv pou timoun lòt bò dlo oz Etazini, epi timoun lòt bò dlo ap ekri liv tou pou timoun ann Ayiti. Epi nou gen espwa ke lè timoun lkm yo vin pi gran, lè yo antre nan pi gwo klas, y ap ka aprann li pwòp liv pa yo nan 2 lòt lang : franse ak angle.

Pwofesè yo kontan fè esperyans sa a tou. Kounye a, pwofesè sa yo ap fè fòmasyon pou lòt pwofesè pou metòd aprantisaj aktif sa yo vin gaye nan lòt lekòl nan zòn nan. Nou pati sou yon prensip ki di fòk nou kolabore avèk ni elèv ni pwofesè ni paran pou inisyativ nou yo ka reyisi. E nan ka sa a, se yon inisyativ k ap jèmen nouvo metòd, nouvo pwojè pou aprantisaj aktif an kreyòl. Pou nou reyisi, nou bezwen pou tout kominote a sipòte inisyativ la. Pwojè lkm lan te tèlman gen siksè, li vin jwenn finansman apre li te genyen pri nan konkou ke usaid, World Vision ak Australian Aid te òganize an 2012 ki rele « Tout timoun ap li » (« All Children Reading » ann angle). Finansman sa a vin kreye yon pwojè pilòt nan 5 lòt lekòl nan Lagonav ki pral suiv egzanp lkm lan.25 Nan menm pwojè sa a, lkm ap goumen pou elimine zafè bat timoun kit se nan lekòl la kit se lakay yo. Men, sa se yon lòt koze grav ki gen rasin pwofon nan istwa d Ayiti—ti atik sa a pa gen plas pou nou brase lide sou sa.

Ki sa demach pedagojik nou an ye nan zafè lang ? N ap di li klè, n ap di li fò : Nou pa kont franse, nou pa kont angle, nou pa kont panyòl, nou pa kont okenn lang. Mwen se lengwis, mwen renmen tout lang, e mwen ta renmen pou tout Ayisyen ka aprann plizyè lang. Epi tou, nou tout, nou ta renmen tou pou tout Ayisyen manje byen, pou yo gen kouran lakay yo, pou yo gen anpil liv sou etajè yo, pou yo jwenn òdinatè nan lekòl yo, eks. Men, nou konn limitasyon ekonomik peyi a ansanm ak pwoblèm politik k ap kraze nou. Kidonk, nou sèlman mande pou timoun yo jwenn bon jan fondasyon. Pou timoun ki nan lekòl fondamantal, bon fondasyon an se metrize baz lekti, ekriti, matematik, syans, eks. Pou sa fèt, fòk timoun yo ka aprann nan sèl grenn lang ki rele yo « chè mèt, chè mètrès ». E se konsa y ap ka rive aprann lòt matyè epi lòt lang kòm sa dwa. Menm si ou tande se franse ki pou ouvè fenèt kay ou sou lemonn (kòm si franse se « windows on the world », jan pawòl la di ann angle), si fondasyon kay ou ap kraze, ou p ap janm ka rive bati okenn fenèt. Si ou pa gen yon fondasyon ki solid, si kay ou ap kraze, e si se naje w ap naje pou w soti, ou p ap janm ka rive poze men w sou okenn fenèt pou louvri tèt ou sou lemonn. E sa nou menm ann Ayiti, nou plis bezwen, se pa fènèt. Nan bati kay, se fondasyon ki pi enpòtan, se fondasyon nou dwe mete an premye—anvan nou mete fenèt. Nan bati fondasyon edikasyon ann Ayiti, nou dwe sèvi ak sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm.

Yon « Plan Operasyonèl » ki deja gen bon metòd ak bon zouti pou anseye syans ak matematik

Kounye a mwen ta renmen pale de yon pwojè ki rele « Inisyativ MIT-Ayiti ». Se mwen-menm ak yon kolèg MIT, Doktè Vijay Kumar, k ap dirije pwojè sa a. Sa se yon pwojè k ap devlope, evalye epi disemine nouvo teknoloji ak nouvo resous an kreyòl pou ansèyman syans ak matematik nan lekòl segondè epi inivèsite. Inisyativ sa a te pran rasin nan travay nou te deja ap fè nan lekòl primè (2 premye sik fondamantal yo) Lekòl Kominotè Matènwa (lkm) nan Lagonav. Selon esperyans nou deja fè nan lkm, nou wè jan timoun yo vreman renmen fè matematik nan lang yo avèk lojisyèl ke nou mete an plas yo.26 Sa pa fè nou sezi pyès. Moun ki pwofonde nan rechèch sou edikasyon deja montre nou ki jan aprantisaj aktif dwe sèvi pou elèv yo devlope konesans. Metòd aprantisaj aktif sa yo—obsèvasyon, esperyans pratik, esperimantasyon, rechèch, travay pratik ki baze sou pwojè, ankèt sou teren, travay ann ekip, eks—ka ede elèv yo konprann epi konstwi konsèp ki pi konplike toujou. Epi tou, lè elèv yo sèvi ak lang yo deja konn pale byen pou yo bati konesans yo, sa fè lide yo vin pi klè epi sa fè konpetans lengwistik yo vin pi djanm. Lè konsa, elèv yo ka pi alèz pou yo rakonte sa yo menm yo wè etan y ap devlope lide syantifik pa yo, epi yo ka kontwole si lide sa yo vre, si yo bon. Nou ka di pifò aktivite syantifik ke elèv dwe metrize sou ban lekòl, yo depann de fasilite timoun yo genyen pou yo kominike klè ak tèt yo epi pou yo kominike klè antre yo—plis kominikasyon an klè, plis etidyan yo ka aprann pi byen. Pou rezon sa a, klas matematik ak klas syans dwe sèvi ak esperyans pratik, kesyon, obsèvasyon epi esperimantasyon ki soti nan lavi elèv yo. Epi elèv yo dwe sèvi ak lang yo pale pi byen an pou yo esplike lide pa yo epi boukante lide ak lòt moun—kit se lòt elèv parèy yo, kit se pwofesè yo, ki se lòt moun nan kominote yo. Fòk tout pawòl sa yo ka koule klè tankou dlo kokoye, e se sa ki fè kreyòl la endispansab pou kreyativite etidyan yo nan tout matyè y ap etidye.

Pratik pedagojik ki chita sou travay pratik, sou esperimantasyon epi sou lang ki pale tout tan nan kominote timoun yo, sa enpòtan anpil. E se yon prensip nou deja dekouvri nan gwo rechèch k ap fèt sou wòl lang nan aprantisaj aktif pou yon pi bon edikasyon. An nou repete prensip sa a : Lè nou sèvi ak lang natif-natal nou pou nou bati fondasyon konesans gras a aktivite pratik nan lekti, ekriti, syans ak matematik, elèv la ap pi alèz pou li transfere konesans sa yo nan nenpòt ki lòt lang li pral aprann pi ta, kit se franse, angle, panyòl, eks.

Prensip sa a gen yon konsekans lojik ki enpòtan tou : Si nou vle kreye yon sistèm solid pou aprantisaj aktif epi pou rechèch pwofonde ki pral kreye inovasyon ann Ayiti, yon sistèm ki pou pèmèt tout elèv ak tout etidyan—soti nan lekòl primè rive nan inivèsite—jwenn chans pou yo vin maton nan syans ak matematik, se an kreyòl nou dwe fè sa, se an kreyòl pou materyèl yo ekri. Se konsa pifò etidyan nou yo ap rive jwenn plis chans pou yo tounen syantis, enjenyè oswa matematisyen ki ka rive fè bon jan rechèch pou rezoud pwoblèm pa yo, pwoblèm kominote yo ak pwoblèm peyi a. Si nou pa fè sa, se toujou yon ti ponyen Ayisyen k ap rive jwenn yon edikasyon ki djanm, epi peyi a p ap ka develope kòm sa dwa.

Nan pwojè pilòt nou te fè nan lkm lan, nou te wè jan timoun yo te alèz, jan yo te gen kè kontan lè yo te ka fè matematik pandan y ap sèvi ak materyèl yo ka manyen oswa materyèl ke yo ka jwe ak yo sou laptòp [òdinatè pòtab].

Materyèl sa yo rele « manipilatif ». Sa vle di : bagay etidyan yo ka manyen, bagay yo ka « manipile », bagay k ap pèmèt yo aprann pi byen—aprann pandan y ap bati konesans yo. Elèv yo sèvi ak reglèt—reglèt an bwa oswa reglèt vityèl ki nan lojisyèl sou laptòp. Epi yo jwenn lòt lojisyèl ki rann aprantisaj matematik vin pi fasil, pi bèl, pi dinamik. Pa egzanp, gen lojisyèl ki pèmèt timoun yo jwe foutbòl sou òdinatè kote timoun yo fè gòl lè yo jwenn bon rezilta pou yon operasyon. E sa ki pi enpòtan an : tout lojisyèl yo an kreyòl. Men, travay la pa rete la…

An nou soti nan lekòl primè pou nou monte nan inivèsite

Gen yon bagay nou wè pandan n ap gaye teknoloji pou aprantisaj aktif an kreyòl nan lkm pami elèv ak pwofesè. Menm si n ap fè gwo efò nan lekòl primè, efò sa yo pa ka bay bon rannman si pwofesè yo, yo menm, yo pa alèz avèk teknoloji ki rann aprantisaj la aktif. Nan Inisyativ MIT-Ayiti a, n ap devlope zouti ak metòd ki sèvi ak kreyòl pou aprantisaj aktif nan syans ak matematik nan inivèsite ak lekòl segondè. Resous sa yo ka ede nan fòmasyon pwofesè k ap vin maton ni nan teyori ni nan travay pratik pou ansèyman syans ak matematik selon objektif Plan Operasyonèl 2010–2015 lan. Nou pran lojisyèl kote nou ka fè esperimantasyon vityèl sou jenetik (pa egzanp, sou kwazman jenetik), epi nou mete yo an kreyòl. Nou fè menm bagay la pou yon dal lòt resous : lojisyèl kote ou ka wè molekil an twa dimansyon pou aprantisaj nan biyochimi, lojisyèl kote ou ka fè esperimantasyon sou fizik (elektwo-mayetis, elektrisite, mouvman, eks.), lojisyèl kote ou ka vizyalize sèten ekwasyon matematik (pa egzanp, ekwasyon diferansyèl), eks. Nou tradui tout lojisyèl sa yo an kreyòl, epi nou fè sa pou yon pakèt lòt resous pedagojik ki soti MIT.27

Pwofesè ayisyen k ap patisipe nan pwogram sa a esplike nou ki jan etidyan yo gen anpil difikilte, menm sa ki pale franse yo, lè yo rive sou yon pwoblèm nan biyoloji, yon pwoblèm nan fizik oswa yon pwoblèm nan matematik : trè souvan yo pa ka rezoud pwoblèm nan byen paske yo nan yon sistèm memorizasyon. Sa ka eksplike pou ki sa nou pa ko janm gen gwo rechèch avanse k ap fèt nan peyi a nan okenn domèn syantifik.

Kidonk, lè nou entwodui kalite lojisyèl sa yo an kreyòl pou aprantisaj aktif, nou wè byen vit ki jan ni etidyan ni anseyan rive konprann sèten prensip ke yo pa te janm rive byen konprann anvan sa. Youn nan patisipan yo te ekri nan rapò ke yo te voye ban nou sou atelye biyochimi yo : «…Gen anpil bagay mwen te konn ap gade nan liv san mwen pa t konprann kòman yo reyalize yo, kounye a mwen ka esplike estrikti yo.» Yon lòt patisipan te di nou : « Sa m te pi renmen : paske se kreyòl ki te lang sipò a, sa te fè bagay la pi klè toujou.» Se pou sa menm n ap sèvi ak nouvo teknoloji sa yo an kreyòl pou etidyan yo ka rive vreman konprann sa y ap aprann yo. Yon lang etidyan an pale lakay li, nan kominote li, se lang sa a k ap pèmèt li esprime sa ki gen nan nannan sèvo li pou li fè bon jan rezonnman sou syans ak matematik, pou li ka rive aplike sa l ap aprann lan pou li rezoud pwoblèm konkrè nan kominote li, nan peyi li.

Teknoloji ak resous pedagojik ekip MIT-Ayiti a ap devlope pou fè aprantisaj aktif nan syans ak matematik an kreyòl, sa diferan nèt ak ansyen abitid memorizasyon ki egziste ann Ayiti ak anpil lòt kote depi lontan. Lè timoun yo ap aprann syans ak matematik nan yon lang yo pa metrize, yo oblije aprann pa kè, san yo pa konprann tout bon vre. Epi, pifò nan anseyan yo, se konsa yo menm tou yo te aprann. Se rezon sa a ki fè nou te deside al travay ak pwofesè ki nan domèn syans ak matematik nan inivèsite. Paske se inivèsite sa yo ki ta dwe fòme anseyan ki pral anseye syans ak matematik nan tout nivo—lekòl primè, lekòl segondè, ansèyman siperyè…

Gen yon lòt rezon enpòtan ki fè nou dwe fè syans ak matematik an kreyòl nan nan tout nivo ansèyman nan peyi a. Daprè Nasyon Zini, tout moun sou latè beni gen dwa pou yo jwi avantaj ki genyen nan lasyans.28 Men, ann Ayiti sa pa te janm rive fèt. Pifò Ayisyen pa ko janm rive jwi de dwa sa a pou yo rive aprann syans nan lang pa yo. Sèvi ak lang franse kòm lang prensipal pou ansèyman ak egzamen soti nan lekòl primè rive nan inivèsite, sa se yon baryè kont avansman lasyans ann Ayiti, sa se yon baryè ki anpeche popilasyon an benefisye nan lasyans ak aplikasyon lasyans, e sa se yon baryè kont devlòpman peyi a tou. Anvan Inisyativ MIT-Ayiti a te kòmanse, pa te gen materyèl pou syans ak matematik an kreyòl nan okenn inivèsite ann Ayiti. Nou jwenn yon remèd pou maladi sa a. Se yon remèd ki pral sèvi ak sa ki rele ann angle « Open Education Resources ». Sa vle di : « Resous pedagojik san baryè » oswa « Resous pou edikasyon san baryè ». Resous sa yo ap ede nou gaye syans ak matematik gratis ti cheri an kreyòl sou entènèt—oswa sou « kle usb » pou kote ki pa ko gen entènèt yo.

Nou menm nan MIT n ap kolabore ak plizyè patnè ann Ayiti epi oz Etazini. Gras a konbit sa a, Inisyativ MIT-Ayiti a ap fè kichòy ki pa te ko janm fèt anvan sa. Dapre sa m konnen, se premye fwa vre yon pwojè ap devlope yon dividal materyèl an kreyòl pou syans ak matematik nan nivo ansèyman siperyè ak nivo lekòl segondè. Epi nou nan faz kote n ap teste kalite materyèl sa yo anvan pou n eseye gaye yo nèt nan peyi a.

Bon, ki jan nou te chwazi ki teknoloji ak ki lòt materyèl pou nou entwodui ann Ayiti ? Ki jan nou te deside ki sa nou pral fè ann Ayiti avèk zouti pou aprantisaj aktif sa yo ? Ann oktòb 2010, MIT ak fokal te òganize yon konferans ak yon gwoup lidè ansanm ak pwofesè k ap travay pou yo amelyore ansèyman siperyè ann Ayiti.29 Ki sa nou te eseye fè ? Nou te eseye jwenn yon jwen ant sa MIT ak inivèsite ann Ayiti genyen kòm resous ak bezwen. Nou te fè kalkil sa a pou nou te rive kolabore ansanm, pou youn aprann nan men lòt. Se konsa nou te deside pou nou pwodui plizyè lojisyèl ak lòt materyèl an kreyòl pou anseyan ayisyen yo ka sèvi ak aprantisaj aktif nan diferan domèn : fizik, biyoloji, matematik. Tout materyèl yo nèt an kreyòl epi esperimantasyon yo, vizyalizasyon yo ak modelizasyon yo, yo tout fèt an kreyòl. Lè nou fè atelye fòmasyon yo, tout sesyon yo tradui an kreyòl. Nan esperyans sa a, nou wè ki jan patisipan yo angaje tèt yo nèt al kole (tèt kale !) nan aktivite yo. Metòd sa yo diferan nèt de ansèyman tradisyonèl ann Ayiti kote se pwofesè sèlman k ap pale devan klas la oswa k ap ekri nòt sou tablo pandan timoun yo sèlman ap kopye oswa repete tankou jako repèt.

Defi ak opòtinite—« M ap panse. Ki donk, m egziste »

Men, bagay yo pa fasil. Nou gen gwo defi pou nou leve pou nou vreman reyisi nan pwojè sa a. Premye defi a se kouman pou nou kreye yon nouvo vokabilè pou syans ak matematik an kreyòl ? Vokabilè sa a pa ko egziste pou nivo avanse nan domèn sa yo. Se nou k ap kreye nouvo vokabilè sa a pandan n ap travay sou pwojè a. Pa ko janm gen yon politik ki ankouraje save ak pwofesè pwodui an kreyòl. Sa vin fè dokiman syantifik an kreyòl yo ra, epi anpil nan sa ki genyen yo pa fin twò bon. Edikatè k ap devlope materyèl an kreyòl pa rive jwenn menm kalite sibvansyon nan men Leta Ayisyen ak nan men bayè de fon yo—selon sa sèten nan edikatè sa yo di m, gwo sibvansyon yo sitou ale nan bidjè gwo konpayi k ap pibliye pifò liv pa yo an franse. Men, kòm lengwis nou konnen ki jan vokabilè yon lang se tankou bibit yon moun : vokabilè a ap devlope pandan n ap sèvi avè l. Plis n ap sèvi avè l, plis l ap vin gwo, plis l ap vin gen fòs pou li fè sa nou vle pou li fè a…

Gen yon lòt defi tou ki se kouman pou nou chanje abitid anpil anseyan ak etidyan ann Ayiti ? Pifò nan yo fin abitye nan memorize, nan aprann pa kè. Enben, n ap eseye kreye yon lòt kilti, yon nouvo seri abitid, yon nouvo seri metòd aprantisaj aktif pou anseyan ak etidyan rive fè etid apwofondi an kreyòl nan syans, matematik ak tout lòt matyè. N ap eseye kreye yon seri abitid ki pral pèmèt timoun yo rantre fon nèt nan sa y ap aprann lan.

Antouka, nou gen tan fè premye pa a. Nou menm nan Inisyativ MIT-Ayiti a (pwofesè MIT ansanm ak pwofesè ann Ayiti ansanm ak plizyè enstitisyon ki antre nan konbit la avè nou), nou gen tan kòmanse pwodui bon jan materyèl pou syans ak matematik an kreyòl, epi nou kòmanse sèvi ak materyèl sa yo nan atelye fòmasyon sou aprantisaj aktif.

Gen anpil moun—kit se moun anba, kit se moun anwo, kit se entèlektyèl, politisyen, edikatè, lengwis, paran, etidyan, eks.—ki pa vle kwè travay sou syans ak matematik ka fèt an kreyòl. Yo toujou kwè se franse sèlman ki ka sèvi pou anseye matyè sa yo ann Ayiti. Yo panse franse se yon lang ki djanm ase pou anseye matyè konplike sa yo, epi yo panse kreyòl se yon lang ki kokobe. Yo di vokabilè kreyòl la twò fèb pou ansèyman syans ak matematik. Men, gen yon fenomèn istorik enpòtan yo genlè bliye. An nou fè yon bak pou nou tounen nan dat nèg save ann Ewòp te konn ekri pi plis bagay an laten oubyen an grèk. Lè sa a, lang mas pèp la (pa egzanp, franse pandan mwayennaj) pa te sèvi pou lasyans. Konsa, yon lang tankou franse pandan mwayennaj, se te tankou kreyòl kounye a : franse pa te ko gen bon valè mo pou syans ak matematik. An 1637, filozòf fransè René Descartes se youn nan premye savan ki te pibliye liv an franse. Lè sa a, yo te konsidere franse kòm yon « lang vilgè », yon lang « gwo soulye » devan laten ak grèk. Lè sa a, franse te tèlman yon lang ki pa te ka sou moun, etidyan nan Inivèsite Pari te konn pran bon jan baton lè pwofesè yo te bare yo k ap pale franse.

An 1637, lè Descartes te pibliye liv ki rele Diskou sou metòd an franse olye de laten, se paske li te vle gaye metòd syantifik li yo. Li te vle pou plis moun nan peyi Lafrans vin konnen metòd syantifik sa yo. Se pou sa li te chache ekri liv li a nan yon lang ki klè tankou dlo kokoye, nan yon lang konpatriyòt li yo te ka konprann pi fasil pase laten. Li pa te vle pataje konesans li yo ak sèlman yon ti lelit save ki te ka pale laten. Nan menm liv sa a kote Descartes te fè bèl rezonnman filozofik « Je pense, donc je suis » (ki vle di : « M ap panse. Kidonk, m egziste »), li te di tou :

« Si m ap ekri an franse, ki se lang peyi mwen, olye de laten ki se lang pwofesè mwen yo, se paske mwen vle pou moun k ap li liv sa a sèvi ak bon sans yo sèlman pou yo rive konprann sa m ap esplike a. Moun sa yo ap rive analize metòd syantifik mwen yo pi byen pase moun ki sèlman kwè nan liv demode ki ekri an laten.» (René Descartes, Diskou sou metòd pou nou byen rezone epi pou nou chache verite nan lasyans, paj 77—se mwen ki fè tradiksyon an)

Si n ap suiv rezonnman Descartes la, se konsa nou menm Ayisyen nou dwe kreye materyèl pedagojik pa nou yo an kreyòl si nou vle gaye bon jan konesans pami pifò Ayisyen nan peyi nou. E sa pral pèmèt etidyan nou yo sèvi ak bon sans pa yo tou pou yo vin kreyatif nan tou sa y ap aprann olye pou yo kontinye ap etidye pa kè san konprann. E sa pral ede lang lan develope yon vokabilè ki pi djanm ansanm ak nouvo abitid ekriti pou lang lan ka sèvi kòm sa dwa nan tout domèn konesans. Se kon sa franse, li menm tou, te vin devlope anpil mo nouvo pou lasyans ak lòt kalite konesans lè moun save te kòmanse ekri an franse pandan mwayennaj (lontan anvan Descartes) olye pou yo te kontinye ekri an laten oswa grèk.

Se kon sa nou menm nan Inisyativ MIT-Ayiti a, n ap ede prepare yon nouvo vokabilè ak nouvo zouti pou syans ak matematik an kreyòl, yon nouvo mòd panse kiltirèl pou etid wo nivo ann Ayiti.

Nouvo mòd panse kiltirèl sa a diferan nèt ak move abitid ke yo toujou ap devlope nan lekòl ann Ayiti. Wi, nouvo metòd aprantisaj sa yo diferan nèt ak mòd aprann pa kè yon pakèt pawòl ki ekri an franse—aprann tankou jako repèt, aprann tèks ak fòmil yon ti pòsyon elèv sèlman ka konprann byen oubyen konprann malman. Etidye pa kè gen plas li nan edikasyon nenpòt ki moun (pa egzanp, pou pwezi, pyès teyat, sèten fòmil nan syans ak matematik, eks.). Men, si se sèlman nan abitid pa kè a timoun yo rete, nou p ap fouti kreye pwofesyonèl oswa savan ki maton e ki kreyatif e ki ka sèvi ak entelijans yo pou yo fè rechèch ki pou kreye inovasyon ak devlòpman ekonomik.

Pou pwojè sa a reyisi tout bon, nou bezwen fè bon konbit ak divès enstitisyon pou youn ede lòt reyalize objektif ept yo : Ministè Edikasyon Nasyonal, òganizasyon ki bay finansman pou edikasyon, direktè lekòl yo (sitou lekòl kote elèv toujou ap pran senbòl lè yo pale kreyòl), biwo Leta, tribinal, ong, eks. Epi tou, enstitisyon sa yo ka ede nou chanje vye prejije ki di kreyòl pa ka sèvi pou bagay serye tankou syans, matematik, egzamen Leta, administrasyon, lajistis, eks.

An tou ka, nou wè gwo avantaj Inisyativ la ka kreye pi devan. Yon premye gwo avantaj se pou milyon lòt moun sou latè a ki pale lang tankou kreyòl ayisyen. Gen anpil elèv ak etidyan pami moun sa yo ki swaf pou yo metrize lasyans e ki bezwen jwenn materyèl nan lang pa yo tou pou yo ka aprann pi byen. Inisyativ nou an kreye yon egzanp pou yo tou. Men yon lòt gwo avantaj : pwojè nou an montre ki jan lengwis, syantis, edikatè, enjenyè, enfòmatisyen, eks., ka kolabore ansanm pou yo vreman atake yon seri pwoblèm k ap afekte milyon elèv, milyon etidyan, milyon anseyan sou latè beni.

Prensip ak objektif

Pou nou fini, an nou di objektif nou se ede nan devlòpman pi bon metòd pou ansèyman ann Ayiti. Metòd sa yo chita sou 2 prensip poto-mitan :

Premyeman : Se ak kreyòl nou dwe sèvi pou nou fè aprantisaj timoun yo vin aktif tout bon vre. Aprantisaj aktif nan syans ak matematik mande anpil rezonnman, anpil kolaborasyon, anpil kominikasyon. Nou pa ka fè sa nan yon lang nou pa pale byen. Ann Ayiti, se sèlman an kreyòl pifò etidyan ka fè aprantisaj ki aktif tout bon vre.

Dezyèmman : N ap sèvi ak teknoloji pou nou amelyore ansèyman syans ak matematik selon metòd aprantisaj aktif. Gras a teknoloji (pa egzanp, divès lojisyèl pou esperimantasyon, similasyon, vizyalizasyon, eks., kit sou entènèt oswa sou « kle usb ») tout pwofesè, tout etidyan ann Ayiti ta dwe ka jwenn yon laboratwa vityèl sou pwòp laptòp pa yo oswa sou laptòp kanmarad yo. Si pa gen ase laptòp nan yon klas, anseyan a ka sèvi ak laptòp pa li oswa ak laptòp pa lekòl la epi li ka chache yon pwojektè pou li mete imaj yo sou yon ekran pou tout klas la ka wè esperimantasyon ki ka fèt ak lojisyèl yo. Sa pral pèmèt etidyan yo fè esperimantasyon ak lòt travay pratik kòm sa dwa pou yo rive antre fon nan sa y ap aprann lan, epi pou yo fè travay pratik ki pral kore konpreyansyon yo sou divès teyori ak konsèp abstrè ki konplike anpil.

Youn nan manman anbisyon Inisyativ MIT-Ayiti a se ogmante konpetans nan ansèyman ann Ayiti. Gras a pwojè sa a, pwofesè nan peyi a ap vin pi maton nan metòd aprantisaj aktif ki chita sou nouvo teknoloji. Pwofesè ki patisipe nan atelye MIT-Ayiti yo gen pou misyon pou yo gaye nouvo konesans sa yo pou pèmèt anpil lòt anseyan ak etidyan nan peyi a aprann pi byen. E sa deja kòmanse fèt : sèten pwofesè ki te patisipe nan atelye MIT-Ayiti yo deja kòmanse òganize pwòp atelye pa yo pou yo montre zouti MIT-Ayiti yo bay kolèg ak etidyan yo. Epi genyen ladan yo ki kòmanse ap kalkile ki jan yo pral fè seminè sou zouti sa yo nan divès depatman jeyografik peyi a. Nou gen lespwa efò sa yo pral tabli yon gran rezo resous pedagojik san baryè nan tout peyi a. Resous sa yo ap an kreyòl, kidonk y ap « san baryè » tout bon vre, pou pa gen okenn pwoblèm dekodaj nan yon lang (franse) timoun yo pa fin alèz ladann. Kalite efò lokal sa yo ap bay pwojè a plis garanti pou li pran rasin pwofon nan peyi a. Sa pi bon si peyi a ka devlope resous lokal tan pou li depann de resous k ap soti aletranje sèlman.

Apwòch sa a (kreyòl ak teknoloji pou nou kore aprantisaj aktif) pral ede nou kreye yon Ayiti k ap vin pi maton e pi dinamik, yon Ayiti k ap rive granmoun tèt li pou yon devlòpman ki pral dire.30

An nou fini chapit sa a ak yon nouvo ti chante :

Nèg anwo ak nèg anba, tout Ayisyen ak tout Ayisyèn,
An nou mete men ansanm pou nou bay peyi nou an yon chans.

Nòt

1.Se non pa m sèlman ki parèt la a. Men, se tout yon ekip solid ki dèyè atik sa a : Ekip MIT-Ayiti a , tout pwofesè ki te patisipe nan atelye nou te fè an mas 2012 epi janvye 2013, epi pwofesè ak elèv nan Lekòl Kominotè Matènwa nan Lagonav. Se mwen ak Vijay Kumar k ap dirije ekip MIT-Ayiti a. Epi gen anpil pèsonalite ak òganizasyon enpòtan n ap di gran mèsi pou bèl konbit sa a. Nou pa gen plas pou nou mete non tout moun—padon wi. Men, nou dwe site moun sa yo : Lourdes Alemán, Audy Alvarez, Yves Armand, Paul Belony, Tatiana Behrmann, Sara Bonner, Fedo Boyer, Alison Brauneis, David Bruchon, Ivica Ceraj, Pierre Michel Chéry, Yves Dejean, Moise Derosier, Iramène Destin, Cecilia d’Oliveira, Peter Dourmashkin, Ilio Durandis, Dominique Fattier, Ruthly François, Elena Geretti, Renauld Govain, Lesha Greene, Mary Grenham, Josiane Hudicourt-Barnes, Janin Jadotte, Nirvah Jean-Jacques, Dale Joachim, Philip Khoury, Jessica Kloss, Tom Kochan, Janet Kolodner, Judith Leonard, Chris Low, Serge Madhere, Kenneth Manning, Haynes Miller, Brandon Muramatsu, Jacques Pierre, Jean Milou Pierre, Agnès Pierre-Louis, Michèle Pierre-Louis, Carline Rémy, Abner Sauveur, Chuck Shubert, Glenda Stump, Lindja Trouillot, Jocelyne Trouillot, Nuriel Vera-DeGraff, Emily Wade, Flore Zéphyr, CreoleTrans, EducaVision, Ekòl Siperyè Enfotwonik Ayiti, Ekòl Nòmal Siperyè (ueh), Fakilte Lengwistik Aplike (ueh), Fakilte Syans (ueh), Fondasyon Konesans ak Libète (fokal), Haiti Fund of Boston Foundation, Inivèsite Karayib, Inivèsite Kiskeya, Komite Òganizasyon Kòlòk sou Akademi Kreyòl Ayisyen, Komite Entènasyonal Etid Kreyòl, Lekòl Kominotè Matènwa, MIT, natcom, National Science Foundation (usa), Office of Educational Innovation & Technology (MIT), Open Course Ware (MIT), Open Society Foundations, Otèl Le Plaza, Rektora (ueh), Wade Fund.
2.Men 3 liv enpòtan Foucault ekri : Les mots et les choses : une archéologie des sciences humaines (Paris : Gallimard, 1966). L’archéologie du savoir (Paris : Gallimard, 1969), Power/knowledge : Selected interviews and other writings (New York : Pantheon, 1980).
3.Rozevel Jean-Baptiste fè yon analiz sou rapò ant kreyòl ak franse nan lodyans Maurice Sixto : « Fenomèn Derilis la : ki jan Siksto wè rapò ant lang yo ? » nan Journal of Haitian Studies (Oktòb 2010).
4.Men yon ti echantiyon liv Pierre Bourdieu : Le sens pratique. Paris : Minuit, 1980. Ce que parler veut dire : L’économie des échanges linguistiques. Paris : Fayard, 1982. An invitation to reflexive sociology. Chicago : University of Chicago Press, 1992.
5.Nou ka wè pwoblèm sa a byen nan liv Edner Brutus : Instruction publique en Haïti, 1492–1945 (Port-au-Prince : Imprimerie de l’État, 1948) epi nan liv Louis Auguste Joint : Système éducatif et inégalités sociales en Haïti : Le cas des écoles catholiques (Paris, L’Harmattan, 2006).
6.Se Carol Myers-Scotton ki te entwodui pawòl sa a an 1993 nan yon atik ki rele « Elite closure as a powerful language strategy : the African case » nan International Journal of the Sociology of Language.
7.Antonio Martínez de Cala y Xarava (Lebrija 1441–Alcalá de Henares 1522), plus connu comme Antonio de Nebrija, était un humaniste et grammairien espagnol.
8.Haïti-Caricom : Le Créole haïtien plutôt que le Français comme langue officielle, plaident deux institutions
9.Non minis Edikasyon Nasyonal nan epòk la.
10.Plan Operationnel: Vers la Refondation du Système Éducatif Haïtien Plan Opérationnel 2010–2015; Les recommandations du Groupe de Travail sur l’Éducation et la Formation
11.Hadjaj, Bernard (2000) unesco Monograph: Education for All in Haiti Over the Last 20 Years: Assessment and Perspectives
12.N ap jwenn plis enfòmasyon sou pwoblèm sa a nan yon dokiman unesco ki rele « World Data on Education, Haiti ».
13.Mwen bay plis detay sou vye prejije sa yo nan yon atik mwen te pibliye an 2005 : « Linguists’ most dangerous myth. The fallacy of Creole Exceptionalism » nan revi Language in Society.
14.In the shadow of powers : Dantès Bellegarde in Haitian social thought. Atlantic Highlands, NJ : Humanities Press, 1985.
15.Lemète Zephyr te fè yon kritik pawòl sa a nan yon atik li ki te parèt nan liv Entre refondation et reconstruction : Les problématiques de l’avenir post-sismique d’Haïti. Se Wilson Dorlus ki te pibliye liv sa a an 2011 nan Éditions de l’Université d’État d’Haïti. Epi Suze Mathieu te reponn Manigat nan Le Nouvelliste : « Yon lèt tou louvri pou Mesye Vernet Henry Rektè Inivèsite Leta Ayisyen » (21–22 out 2010).
16.Saint-Quentin, Alfred de (1872 [1989]). Introduction à l’histoire de Cayenne… with Étude sur la grammaire créole by Auguste de Saint-Quentin. Antibes : J. Marchand. 2nd ed., Cayenne : Comité de la culture, de l’éducation et de l’environnement, Région Guyane.
17.« Le cycle vital créole et la standardisation du créole haïtien » Études créoles 10(2), 1987.
18.N ap jwenn plis detay sou analiz sa a nan plizyè atik ki sou sit entènèt mwen.
19.Senbòl oubyen jeton se yon bagay ke anseyan yo remèt elèv pou imilye yo lè yo bare yo k ap pale kreyòl nan lekòl. Se yon zouti pou represyon. Bagay sa a toujou egziste non plizyè lekòl ann Ayiti malgre tout efò k ap fèt pou kreyòl sèvi nan lekòl.
20.Yves Dejean (2010) «  Creole and education in Haiti » nan The Haitian Creole Language : History, Structure, Use, and Education. Se Arthur Spears ak Carole M. Berotte Joseph ki pibliye liv sa a (Lexington Books/Rowman & Littlefield, Lanham, MD)
21.Stephen Walter: “The language of instruction issue: Framing an empirical perspective” nan Handbook of Educational Linguistics (Blackwell Publishers, 2008). Yon lòt travay ki montre sa se yon atik Benjamin te pibliye an 2012 : “French and underdevlopment, Haitian Creole and devlopment: Educational language policy problems and solutions in Haiti” nan Journal of Pidgin and Creole Languages, 27 (2) : 255–302.
22.Souhila Messaoud Galusi ak Emily Miksic. 2010. Haïti : Early Grade Reading Assessment (EGRA) : Rapport pour le Ministère de l’Education et la Banque Mondiale (Research Triangle Park : rti International).
23.Sa fè 60 lane, depi 1953, unesco te pibliye yon dokiman enpòtan sou prensip fondamantal sa a : The use of vernacular languages in education. Monographs on Fundamental Education.
24.Stanislas Dehaene. 2011. Apprendre à lire : Des sciences cognitives à la salle de classe. Paris : O. Jacob.
25.A Connected Planet Foundation.
26.Nou ka wè Chrisla ak Dieuricarme k ap chante matematik nan yon videyo ki sou YouTube.
27.Nou ka wè yon echantiyon resous sa yo an liy sou sit.
28.Selon Atik 15 nan « International Covenant on Economic, Social and Cultural Rights ».
29.N ap jwenn plis detay sou sa nan sit sa a.
30.Nou ka tcheke sit sa yo pou nou gade plis detay sou inisyativ la : http://haiti.mit.edu epi http://web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff/work_in_haiti.html

—Michel DeGraff MIT Linguistics & Philosophy / degraff@mit.edu

Outdoor art installation in Old San Juan, Puerto Rico; photo by Andrew Lutz.

An outdoor art installation in Old San Juan, Puerto Rico —photo by Andrew Lutz.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com