Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Fè pwomosyon ekri nan lang kreyòl ayisyen an : poukisa epi kouman?

—pa Frenand Leger

Rezime

Objektif atik sa a se demontre rapò dirèk lojik ki egziste ant valorizasyon lang, kilti kreyòl la, sitou kreyòl ekri a, ak reyisit nenpòt pwojè serye pou devlopman ekonomik, politik, kiltirèl epi sosyal nan peyi Dayiti. Apre yon analiz sitiyasyon kreyòl ekri a nan peyi Dayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, atik la pwopoze kèk rekòmandasyon sou wòl Akademi kreyòl yo ap mete sou pye a ta dwe jwe nan pwomosyon lang ak kilti kreyòl ann Ayiti.

Mo kle: Amenajman lengwistik, akademi kreyòl, keyòl ekri, (re)konstriksyon Ayiti

Résumé

L’objet de cet article est de démontrer les liens directs de cause à effet qui existent entre la revalorisation de la langue et la culture créole, particulièrement le code écrit de cette langue, et la réussite de tout projet sérieux de développement économique, politique, culturel et social envisagé dans la société haïtienne. Après une analyse de la situation du créole écrit en Haïti après le séisme du 12 janvier 2010, l’article propose des recommandations sur le rôle que la future Académie du créole haïtien devrait jouer dans la promotion de la langue et de la culture créole en Haïti.

Mots clé: Aménagement linguistique, académie de créole, créole écrit, (re)construction d’Haïti

Abstract

The purpose of this paper is to demonstrate the direct causal links that exist between the revalorization of the Haitian Creole language and culture, particularly the written code of this language, and the success of any serious project for economic, political, cultural and social development in Haiti. After an analysis of the situation of written Creole in Haiti following the earthquake of January 12, 2010, the paper proposes recommendations on the role that the future Creole Academy should play in promoting the Haitian Creole language and culture in Haiti.

Key words: Language planning, Creole academy, written Creole, Haiti’s reconstruction

Entwodiksyon

Si nou chwazi debat sijè dokimantasyon lang kreyòl ayisyen an, se paske nan estad lang sa a rive nan evolisyon l, se nan domèn ekri a li bezwen yo ba l plis jarèt. Sa vle di se nan domèn ekri a yon akademi kreyòl ta genyen plis travay pou l fè. Aktyèlman, gen anpil lide k ap brase sou koze rekonstriksyon peyi d Ayiti apre tranblemanntè douz 12 janvye 2010 la. Anpil nan refleksyon sa yo gentan kouche deja sou papye. Gen yon pakèt dokiman ki gentan ekri epi pibliye deja sou koze sa a. Kisa nou konstate lè nou analize tout dokiman sa yo ki ekri anrapò ak tranblemanntè douz janvye 2010 la ? Konsta sa a nou fè apre analiz dokiman sa yo—ki pwoblematik anpil—se kisa k lakòz li ? Si Leta ak lelit yo nan sosyete sivil la pa pran responsabilite yo pou rezoud pwoblèm sa a, sa k pral rive pi devan ? Si pa gen anyen ki fèt pou chanje sityasyon pwoblematik sa a, ki konsekans sa pral genyen sou rezilta pwojè (re)konstriksyon oswa refondasyon Ayiti a ? Ki wòl yon akademi kreyòl pral genyen pou l jwe nan gwo travay nesesè pou rezoud pwoblèm sosyal sa a ? E kouman, ki aksyon konkrè yon akademi kreyòl kab antreprann pou ede rezoud pwoblèm lengwistik, idantitè ak edikatif nan sosyete ayisyen an ? Se tout kalite kesyon sa yo nou pral chache reponn nan atik sila a.

1. Kad teyorik ak metodolojik

Pou reponn kesyon sa yo nan yon fason ki objektif, nou te analize yon kòpis dokiman ayisyen ki anrapò ak tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Nou te analize dokiman sa yo pou chache konnen si sityasyon lang kreyòl la nan domèn ekri a evolye, fè bak oswa rete menmman parèyman nan lane 2011 lan. Kòm sipò teyorik ak metodolojik, nou baze n prensipalman sou de travay. Tit premye a ki an franse se Vitalité et disparition des langues. Dokiman sa a se rezilta yon etid syantifik yon gwoup lengwis entènasyonal ekspè UNESCO (Òganizasyon Nasyonz ini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti) te antreprann nan lane 2003. Dokiman referans sa a pwopoze yon metòd evalyasyon pou mezire vitalite nenpòt ki lang espesyalman sa k an danje yo. Metòd sa a pwopoze nèf kritè ki kab pèmèt nou detèminen sitiyasyon ak fonksyon yon lang, si l ap byen fonksyone oswa si l ap depafini nan sosyete kote y ap itilize l la. Epitou, metòd sa a pwopoze plizyè fason pou revalorize epi fè pwomosyon lang k ap depafini yo.

Dezyèm dokiman an li menm gen pou tit : La lecture, moteur de changement. Mo « chanjman » an nan kontèks tit sa a vle di « devlopman ekonomik e sosyal ». Dokiman sa a prezante rezilta ankèt entènasyonal OCDE (Organisation de Coopération et de Développement Économiques) te fè nan lane 2000 pou detèmine nan ki pwen elèv k ap fini lekòl fondamantal pare pou leve defi sosyete modèn nan. E nou tout konnen defi prensipal pou fonksyone nan sosyete modèn nan chita nan metriz lekti ak ekriti. Dokiman OCDE a enteresan pou de rezon : premyèman, li fè resòti lyen ki genyen ant metriz lang ekri a e reyisit anndan lekòl. Nou konnen lekti ak ekriti se konpetans transvèsal yo ye. Sa vle di, si yon elèv pa konn li ak ekri kòmsadwa, li p ap reyisi nan lòt matyè eskolè yo tankou matematik, syans natirèl, syans sosyal, elatriye. Dezyèmman, dokiman OCDE a konsidere konpetans ekri kòm yon nesesite pou bon jan devlopman sosyal e ekonomik nan sosyete modèn yo. Daprè dokiman OCDE a, « La littératie n’est pas seulement l’un des fondements essentiels de la progression dans d’autres matières dans le cadre scolaire, elle est aussi la condition sine qua non de la réussite dans tous les domaines de la vie d’adulte. Le monde d’aujourd’hui impose aux citoyens de pratiquer l’apprentissage tout au long de la vie. Pour y parvenir, les élèves doivent être préparés à traiter l’éventail d’écrits qu’ils seront amenés à lire durant toute leur vie » (OCDE, 2003, p. 3).

Donk, devlopman sosyal e ekonomik sa a nou swete pou sosyete ayisyen an, l ap vin yon reyalite sèlman lè chak grenn Ayisyen, timoun kou granmoun, fanm kou gason, moun lavil kou moun andeyò, ava konn li e ekri kòmsadwa. Men, konn li e ekri nan ki lang ? An franse oswa an kreyòl ? Sa se yon deba ki egziste depi lontan. Nou pa gen lentansyon pase anpil tan sou koze sa a nan atik sila a. Men nan kontèks Ayiti a, kòm se yon kesyon ki gen yon enpòtans kapital, nou oblije fè yon ti rale sou li. Si nou baze n sou prensip ki di moun pi maton lè yo aprann li ak ekri nan lang manman yo, lojikman, se nan lang kreyòl la pou edikasyon ak alfabetizasyon ta fèt. Men, fè lekòl an kreyòl, kisa sa enplike legalman e ekonomikman ? Nan peyi d Ayiti, pakèt materyèl didaktik ansanm ak lòt kalite tèks elèv yo pral genyen pou yo itilize pandan tout lavi yo a, se nan ki lang yo ekri ? Ann gade pou n wè ki kalite dokiman ekri ki genyen disponib pou elèv, etidyan ak pwofesyonèl ayisyen anrapò ak yon sijè presi ki konsène tout kouch sosyal nan peyi d Ayiti.

2. Dokiman ekri sou tranblemanntè douz janvye 2010 la

Koze rekonstriksyon oswa refondasyon apre tranblemanntè douz 12 janvye 2010 la se yon sijè ki ta sanse konsène tout Ayisyen alawonnbadè. Gen plizyè dokiman ki gentan ekri epi pibliye deja sou sijè sa a. Nou kab klase yo nan de gwo kategori : kategori tèks ofisyèl yo epi kategori tèks ki pa ofisyèl yo. Nan kategori tèks ofisyèl yo, se sitou dokiman administratif ki egziste. Nou jwenn dokiman administratif tankou rapò, bilan ak dokiman pwojè. Nan kategori tèks ki pa ofisyèl yo, gen diferant kalite dokiman ki sòti nan sektè prive a, ONG lokal ak entènasyonal yo, ak gwoup kongreganist yo. Pami dokiman sa yo, gen tèks syantifik, jounalistik, administratif, literè, elatriye. Tèks syantifik yo parèt sitou sou fòm atik men gen apeprè ven liv tou tankou pa Samuel Pierre a ki se Construction d’une Haïti nouvelle : vision et contribution du GRANH epi genyen Refonder Haïti Pierre Buteau, Rodney Saint-Éloi, ak Lyonel Trouillot te dirije. Yon lòt gwoup dokiman ki enpòtan nan kategori sa a se tèks literè yo. Otè ak ekriven nou yo, kèlkelanswa kote yo ye—isit ann Ayiti oswa nan dyaspora a—gentan pwodwi plizyè tèks literè sou fòm powezi, istwa, ak temwayaj pou eksprime epi pataje eksperyans yo pandan e apre tranblemanntè a. Pami dokiman otè ak ekriven literè yo ekri, n ap mansyone liv Yanick Lahens lan ki gen pou tit Failles ; genyen pa Dany Laferrière a limenm ki se Tout bouge autour de moi. Nan liv kolektif yo, gen Haïti parmi les vivants epi gen How to write an earthquake. Anplis de liv sa yo, gen yon pakèt temwayaj literè. Yon bon egzanp konpilasyon temwayaj literè se Nimewo Le Nouvelliste 12 janvye 2011 lan ki te sòti pou komemore premye anivèsè tranblemanntè a. Nimewo sa a genyen disèt tèks ladan l. Kèk non selèb pami otè tèks sa yo se Frankétienne, Gary Victor, Lyonel Trouillot, Louis-Philippe Dalembert, Rodney Saint-Éloi, Syto Cave, ak Kettly Mars. Pami 17 tèks sa yo, se sèl pa Louis-Philippe Dalembert a ki ekri an kreyòl. Sèz lòt tèks yo se an franse yo ekri. Sa vle di pousantaj tèks kreyòl nan nimewo jounal sa a, sou yon sijè ki konsène tout pèp la, se sèlman 5.8 % li ye. Fò n pa bliye Le Nouvelliste se jounal ayisyen ki pi ansyen epi se youn nan sa ki pi popilè nan peyi a. Otè 17 tèks sa yo, ki soti nan jounal sa a, fè pati pi bon ekriven ayisyen yo. Lè nou konpare tèks ofisyèl ak sa ki pa ofisyèl yo, nou jwenn youn nan resanblans ki genyen ant de kategori sa yo se abondans dokiman administratif ak pwojè yo. Nan toulede kategori yo, gen anpil dokiman pwojè yo ekri pou mande finansman pou rekonstriksyon an. Anplis tout dokiman pwojè yo, gen plizyè bilan, rapò ak plan daksyon. Paegzanp, tit dokiman Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a (KERA) se Plan d’action pour le relèvement et le développement national d’Haïti. Dokiman sa a ak tout lòt rapò ou jwenn sou sitwèb KERA a ekri an franse e an angle sèlman. Pa Fowòm Dyaspora Ayisyen an limenm se an angle li ye. Se sèl PNUD ki fè yon ti efò pou mete kèk ti enfòmasyon an kreyòl sou sitwèb yo a men dokiman enpòtan yo pa ekri an kreyòl.

Pou fini, genyen dokiman Òganizasyon pou Lafrankofoni an ki se Propositions d’actions de la Francophonie pour la reconstruction d’Haïti. Nou kab remake pa gen okenn dokiman pwojè ki ekri an kreyòl pami tout sa nou mansyonen la yo. Si chans ta fè nou jwenn youn ou de dokiman an kreyòl, konnen se dokiman yo te deja ekri an franse oswa an angle yo tradui an kreyòl apre. Angwo, lè nou konsidere tout kategori dokiman ki pibliye ann Ayiti depi janvye 2010 pou rive jounen jodi a, kit se tèks ofisyèl, kit se tèks ki pa ofisyèl, nou jwenn sityasyon kreyòl ekri a pa tèlman chanje. Menm si gen yon ti amelyorasyon tou piti nan kantite atik jounal ki pibliye an kreyòl, lang sila a kontinye ap sibi dominasyon lang franse a nan domèn ekri a. Dapre rezilta yon ankèt Coriolan te fè nan lane 2010, prèske tout tèks ofisyèl yo se an franse yo ekri. Ankèt Coriolan an menm demontre genyen plis dokiman an angle k ap sikile nan peyi d Ayiti pase dokiman an kreyòl. Enfòmason Coriolan yo koresponn ak rezilta pa nou yo. De lang k ap domine diskou ekri a sou kesyon (re)konstriksyon Ayiti a se franse ak angle. Kidonk, mizanplas teyorik pwojè (re)konstriksyon Ayiti a fèt nan de lang ki etranje pou pèp ayisyen an.

Nou kwè tout ekriven, sitou ekriven literè yo, gen dwa chwazi eksprime yo alekri nan lang yo vle oswa nan lang yo santi yo pi alèz. Se pou sa ki fè gen ekriven ayisyen ki ekri an franse sèlman ; gen kèk lòt menm ki ekri nan toulede lang yo. Men li ra anpil e sa prèske pa egziste pou jwenn ekriven ayisyen ki ekri an kreyòl sèlman. Nan domèn atistik ak literè, lè yon ekriven oswa yon atis chwazi pou li eksprime l an franse sèlman, nou dwe respekte sa paske tout ekriven ak atis ta sipoze lib pou eksprime lide yo nan lang yo santi yo pi alèz la. Nan domèn literati ayisyen an paegzanp, gen anpil tèks powetik ak pyès teyat ki ekri an kreyòl paske de jan literè sa yo makònen ak tradisyon oral la. Men, lè nou pran woman ak istwakout yo, pifò ladan yo se an franse yo ekri. Si kalite tèks sa yo se an franse yo ekri se pa paske tout womansye ak ekriven istwakout yo derefize ekri an kreyòl. Se paske kalite tèks literè sa yo plis chita nan yon tradisyon ekri ki poko vrèman egziste nan lang kreyòl la jan Georges Castera eksplike l nan De la difficulté d’écrire en créole. Nan atik sa a, Castera gen rezon fè deklarasyon sila a : « De plus, l’écrivain bilingue que je suis, prend continuellement conscience (avec quelques autres) que l’écrit créole est toujours un écrit en construction, dans une langue écrite à construire. Et que c’est sa tâche d’y prendre une part active. » (Castera G., 2001, p. 6).

Si ekriven ak atis dwe gen libète pou chwazi pwodui dokiman atistik ak literè nan lang yo vle, ta dwe gen lwa ki defini nan ki lang pwodiksyon ak piblikasyon dokiman ofisyèl yo dwe fèt. Nan yon peyi kote kreyòl se yon lang ofisyèl e kote plis pase 85% moun se lang sa a sèlman yo pale, Leta gen pou obligasyon ekri epi pibliye tout dokiman ofisyèl yo dabò an kreyòl epi tradwi tradui yo an franse apre si posib. Sa ta dwe fèt konsa pa respè pou Konstitisyon an, pa respè pou 90% pèp la ki pa konn pale franse a, e pa respè tou pou rès 10% an menm si yo konn pale toulede lang yo. Apretou, menm si genyen yon ti minorite moun nan peyi a ki konn pale franse, sa pa chanje anyen nan reyalite a paske nou tout Ayisyen, « se kreyòl nou ye » (Boukmann Eksperyans). Apre analiz sa a ki konfime se franse ak angle k ap mennen ann Ayiti nan domèn ekri a, an n chache wè poukisa li enpòtan pou fè pwomosyon dokiman ekri nan lang kreyòl ayisyen an.

3. Poukisa nou bezwen fè pwomosyon dokiman ekri an kreyòl ?

Pou ki rezon Ayisyen dwe aprann li ak ekri an kreyòl tandiske domèn ekri a se franse ak angle ki ap taye banda ladan l ? Èske lè yon moun aprann li nan yon lang, se pa pou li kapab kontinye li epi fonksyone nan lang sila a ? Men, si nan lang kreyòl la pa gen ase dokiman ekri pou moun li, ki enterè yon moun ta genyen pou aprann li ladan l ? Kòm se nan lang franse a ki gen tout kalite dokiman ekri pou moun li, èske li pa ta pi bon pou Ayisyen kontinye aprann li an franse ? Anpil moun ta vle fè kwè konn li ak ekri an franse ta plis nan enterè Ayisyen sou plan ekonomik. Moun sa yo panse, kontrèman a kreyòl la, lang franse a, se sa ki pèmèt Ayiti rete konekte ak mond sivilize a, ak kèk gwo peyi oksidantal kote yo pale franse tankou Lafrans, Kanada, Laswis, Labèljik elatriye.

Tout sa se vye agiman degrenngòch ou tande souvan nan bouch kèk entèlektyèl frankofòn etranje ak ayisyen. Youn nan lòt vye agiman anpil Frankofòn ayisyen alyene yo itilize souvan pou dekouraje pwodiksyon dokiman ekri an kreyòl se pwoblèm Ayisyen ki analfabèt yo. Agiman an chita sou yon vye lojik ki di si mwatye pèp la pa konn li ak ekri, sa pa fè okenn diferans si dokiman yo ekri an franse oswa an kreyòl paske tout jan moun sa yo pa kapab li nan okenn lang. Agiman sa a pa kòdyòm paske menm si yon moun analfabèt, li kab toujou konprann lè yon lòt moun li yon tèks pou li nan lang manman l oswa nan nenpòt lòt lang li konn pale. Jan pawòl la di l la, « analfabèt pa bèt ». Gen anpil Ayisyen ki pa konn li ak ekri men ki rive pale panyòl ak angle mete sou kreyòl la ki se lang manman yo. Pou devalorize konpetans lengwistik oral Ayisyen sa yo ki pa t gen chans al chita sou ban lekòl, yo di se angle waf ak panyòl batey yo pale. Antouka, menm si Ayisyen sa yo pa janm al lekòl, yo rive aprann angle ak panyòl nan de tan twa mouvman tandiske moun eskolarize yo ki nan klas mwayèn nan ansanm ak anpil moun nan lelit la pase tout vi yo ap aprann franse sou ban lekòl san yo pa janm rive metrize l kòmsadwa. Kisa ki eksplike fenomèn sa a ? Èske se pwoblèm feblès sistèm edikatif la sèlman ki lakòz sa ?

Gen plizyè faktè negatif ki responsab nivo medyòk elèv, etidyan ak pwofesyonèl ayisyen nan lang franse. Nou kapab klase tout faktè sa yo nan de kategori. Nan premye kategori a, gen yon bann faktè ekonomik ki gen move enfliyans sou kapasite sistèm edikatif la. Pami yo n ap site mank estrikti ak enfrastrikti epi mank resous materyèl ak bon jan pwofesyonèl ki kalifye. San nou pa minimize enpòtans faktè ekonomik sa yo sou rezilta medyòk elèv ak etidyan ayisyen yo nan lang franse a, n ap di ke se pa yo-menm ki reprezante pi gwo pwoblèm nan. Manman pwoblèm nan chita nan dezyèm kategori faktè yo ki yo-menm pi fondamantal paske se faktè sosyo-istorik yo ye. Pakèt faktè sosyo-istorik sa yo responsab yon bann pwoblèm sosyo-afektif ki anpeche elèv ak etidyan ayisyen fè aprantisaj lang franse a kòmsadwa. Fòk nou ajoute se pa sèlman nan aprantisaj lang franse a elèv ak etidyan yo gen pwoblèm men yo gen anpil difikilte tou nan prèske tout lòt matyè eskolè yo. Jan nou di l deja a, lang, patikilyèman lang ekri, se matyè de baz transvèsal li ye. Si odepa, gen difikilte pou chwazi lang zouti ak lang objè nan ansèyman, se tout lòt matyè yo anseye lekòl yo k ap soufri. Dayè, tout moun okouran difikilte elèv yo ap rankontre nan egzamen bakaloreya paske yo pa konprann franse. Anpil ladan yo pa reyisi nan matyè syantifik yo paske yo pa konprann kesyon ak konsiy egzamen yo ki ekri an franse. Apre nou te fin pran endepandans nou, te gen yon pwoblèm kantite moun kalifye nan peyi a. Se poutèt sa otorite nou yo te oblije voye chache blan Franse nan peyi Lafrans pou vin fè lekòl ann Ayiti. Ansyen kolon sa yo te toujou itilize franse a nan yon fason ki defavorab pou lang kreyòl la. Nan domèn ekri a, sitiyasyon sa a rete menmman parèyman jouk jounen jodi a.

Pwosesis kreyasyon Eta-nasyon ayisyen an te koumanse ak yon pwoblèm sou idantite kolektif kiltirèl pèp ayisyen an ki ap pèsiste jouk jounen jodi a. Èske Ayiti se yon peyi kreyolofòn oswa frankofòn ? Èske se yon sosyete bileng oswa inileng ? Ki estati reyèl lang kreyòl ak franse ann Ayiti ? Toutotan nou pa gen bon jan repons klè sou kesyon fondamantal sa yo, dapre yon antant jeneral ki reflete nan yon konsyans nasyonal, gwo kokennchenn pwoblèm sosyo-afektif sa yo ki anpeche elèv ak etidyan nou yo reyisi, ap toujou pèsiste, rete la rèd kou ke makak. Daprè noumenm, pwoblèm idantitè sa a, se youn nan eleman esansyèl ki lakòz peyi d Ayiti nan eta li ye a. Se youn nan faktè ki lakòz soudevlopman sosyete a nan entegralite l, sa vle di nan domèn ekonomik, politik, jiridik, edikatif, epi kiltirèl.

Malgre sa anpil entèlektyèl frankofòn ta vle kwè, pami tout faktè ki gen yon enpak negatif sous sistèm edikatif ak ekonomi nan peyi d Ayiti, itilizasyon lang franse a se youn nan sa ki pi enpòtan yo. Se vre, lang franse a, kòm mwayen kominikasyon, pa reprezante yon pwoblèm an li-menm. Sa ki pwoblèm nan jouk jounen jodi a, se fason yo kontinye ap sèvi ak lang sa a nan sosyete ayisyen an. Jan nou di l deja, depi peryòd lakoloni, itilizasyon lang franse a te toujou defavorab pou lang kreyòl la nan domèn kominikasyon ekri ak nan pifò sityasyon fòmèl yo. Men, malerezman, gen kèk entèlektyèl ki chwazi minimize enpak negatif itilizasyon lang franse a sou sistèm edikatif ayisyen an. Sèten lengwis ak didaktisyen tankou Berrouët-Oriol Robert, Cothière Darline, Fournier Robert ak St-Fort Hugues menm rive deklare se pa itilizasyon lang franse a ki responsab echèk edikasyon nan peyi d Ayiti. Dayè, menm lengwis ak didaktisyen sa yo konsidere franse a kòm yon lang ayisyen ki, dapre yo- menm, fè pati patrimwàn lengwistik peyi d Ayiti menm jan ak lang kreyòl la. Se pou sa, nan dènye liv yo a, ki rele L’Aménagement linguistique en Haïti : Enjeux, défis et propositions, lengwis sa yo pwopoze yon sistèm edikasyon bileng ideyal kote kreyòl ak franse ava gen menm plas nan sosyete ayisyen an, kote tout sitwayen ava aprann li ak ekri epi fonksyonnen efikasman nan toulede lang yo. Nou di tout sa a se bèl lide teyorik ki kouche sou papye men ki pa reyalis ditou. Li ta bon vre pou tout Ayisyen ta rive metrize kreyòl ak franse nan nivo ekri ak nan nivo oral. Men kouman pou sa rive fèt ? Èske sa posib nan sitiyasyon peyi a jounen jodi a ?

Nan kontrandi kritik ki rele Déménagement linguistique Yves Dejean pibliye nan AlterPresse, 30 jiyè 2011 lan sou liv L’Aménagement linguistique en Haïti a, li demontre avèk anpil bon jan agiman tout lakin ak feblès ki genyen nan pwopozisyon apwòch bileng otè yo fè nan liv sa a. Daprè Dejean, gen plizyè etid pratik sou teren otè liv sa a yo pa te fè avan yo fè pwopozisyon yo a. Toujou daprè Dejean, si otè yo te fè etid sa yo, rezilta yo t ap pèmèt yo konprann li pa posib pou mas pèp kreyolofòn ayisyen an vin bileng an kreyòl epi an franse grasa yon edikasyon bileng sèlman. Si sa te posib, nan peyi d Ayiti kote se an franse lekòl te toujou fèt, ta dwe gen plis moun ki konn pale lang sa a. Li lè, li tan pou tout Ayisyen sispann bay tèt yo manti, pou yo aksepte reyalite lengwistik peyi a pou sa l ye a. Franse se pa yon lang ayisyen. Se yon lang etranjè li ye pou majorite pèp la. Kreyòl se sèl lang mas pèp la pale. Se lè sistèm edikatif la ak tout lòt sektè nan sosyete a va fonksyone dapre reyalite sa a, n a va koumanse jwenn solisyon nan twoub idantitè ki makonnen ak yon bann pwoblèm sosyo-afektif.

Nan koze itilizasyon lang ann Ayiti, sitou nan domèn ekri a, anpil moun gen tandans wè bagay yo nan yon fason ki senplis anpil. Anpil fwa, yo pa konsidere fenomèn lang nan nan tout konpleksite l. Anpil agiman pou edikasyon bileng ann Ayiti chita sèlman sou fonksyon kominikatif lang yo pandan ke yo neglije fonksyon ekpresif ak idantitè yo. Yon lang, kontrèman a sa anpil entèlektyèl frankofòn ta vle kwè, se pa yon senp mwayen kominikasyon ou kab itilize nenpòt kouman oswa ou kab ranplase oubyen asosye avèk yon lòt lang etranjè san sa pa gen okenn konsekans sou sosyete a. Paegzanp, devalorizasyon lang kreyòl la nan peyi d Ayiti, retisans ki toujou genyen pou sèvi avè l nan tout sektè sosyal yo, se youn nan faktè negatif ki lakòz soudevlopman sosyal e ekonomik nan peyi a. Prezans franse ak kreyòl nan kominote a se pa yon bagay senp jan anpil lengwis frankofòn ta vle kwè l. Gen anpil etid ki demontre ke lang se yon eleman idantitè ki chaje ak valè senbolik fondamantal. Sa vle di, lang ak idantite se Kòkòt ak Figawo. Yon lang se yon mwayen idantifikasyon ki reflete tout eksperyans lavi yon moun, yon gwoup moun oswa yon pèp. Kèlkelanswa sa yon pèp vle reyalize, nan nenpòt ki domèn, se atravè lang nasyonal li, li pi fasil kab reyalize l. Nan sans sa a, yon lang nasyonal, si yo sèvi avè l kòmsadwa, se yon zouti ki kab jwe yon wòl esansyèl nan devlopman sosyal, ekonomik, politik, ak kiltirèl nan yon peyi.

Pandan n ap pale sou (re)konstriksyon, oswa refondasyon Eta-nasyon ayisyen an, fò nou pa bliye yon nasyon se pa yon konstriksyon politik li ye sèlman. Yon nasyon, se avan tou, yon antite kiltirèl. Dayè, konsèp « nasyon » an pa egziste san yon idantite kolektif kiltirèl e youn nan eleman fondamantal ki jwe yon wòl primòdyal nan konstriksyon idantite kolektif kiltirèl sa a se lang nou pale a. N ap repete ankò : Ayiti se pa yon peyi frankofòn, se yon peyi kreyolofòn li ye paske se kreyòl pifò moun nan peyi a pale. Jan atik 5 ki nan Konstitisyon 1987 la di l la « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. » (Konstitisyon 1987, ch.1, at. 5). Mo « simante » a pa retwouve l nan atik la pa aza. Li fè referans a desizyon zansèt nou yo te pran pou konstwi yon nasyon lib e endepandan. Lang kreyòl la se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, paske se sèl lang mas esklav revòlte yo te konn itilize pou kominike antre yo nan planifikasyon, òganizasyon epi egzekisyon konba ki te pèmèt yo soti anba jouk lesklavaj blan franse yo.

Anplis tout rezon istorik e sosyokiltirèl fondamantal sa yo, gen plizyè lòt rezon konkrè, pratik e evidan ki fè tout tèks ofisyèl ann Ayiti ta dwe ekri an kreyòl. N ap mansyonen twa rezon sèlman nan atik la. Premye a chita nan lwa manman peyi a ki etabli kreyòl la kòm youn nan de lang ofisyèl peyi a, e li deklare tout dokiman ofisyèl yo ta dwe ekri nan lang sa a tou. Dezyèm nan chita nan lojik ki di kominikasyon posib sèlman si enfòmasyon an prezante nan yon kòd moun ki resevwa mesaj la konnen. Nan ka pèp Ayisyen an, kòd lengwistik li konnen e abitye avè l la se lang kreyòl la. E twazyèm rezon an limenm chita nan wòl fondamantal ekri jwe nan devlopman tout lang. Pou devlope epi anrichi lang kreyòl la, nou bezwen ekri tout kalite dokiman ladan l. Yon lang ki pa ekri gen tandans disparèt. Lè nou ekri sa pèmèt jenerasyon k ap vini yo pwofite de sa ki pwodui nan lang nan. Kidonk, nou dwe ekri an kreyòl pou fikse epi asire vitalite lang manman nou an. Jan nou wè l la, gen anpil bon jan rezon valab ki eksplike poukisa Leta ayisyen ta dwe ankouraje pwodiksyon ekri nan lang kreyòl la. Nan dènye pati koze sila a, nou pral pale sou fason pou Leta ayisyen ta fè pwomosyon kreyòl ekri a.

4. Kouman pou n fè pwomosyon kreyòl ekri a ?

Premye sa nou ap di nan pati sa a, sèke pwomosyon kreyòl ekri a se youn pami plizyè lòt entèvansyon enpòtan Leta ayisyen ta dwe fè pou rezoud pwoblèm lang nan peyi d Ayiti. Nan moman an la, kote k gen yon diskou nasyonal sou (re)konstriksyon oswa refondasyon Ayiti, gouvènman ki la a ta sipoze gen yon politik lengwistik kote li deklare entansyon li sou koze lang nan peyi a. Se daprè politik lengwistik sa a Leta ta dwe mete yon amenajman lengwistik sou pye.

An jeneral, gen de moman nan tout amenajman lengwistik e de moman sa yo souvan mache youn ak lòt. Premye a se moman entèvansyon sou estati, fonksyon ak wòl sosyal lang nan oswa lang yo ap jwe nan kominote kote yo itilize yo a. Entèvansyon sa a souvan fèt sou fòm yon lejislasyon lengwistik kote yo pibliye yon lwa ki detèmine si lang sa a ofisyèl ou pa e nan ki domèn sosyal yo ap itilize l. Èske yo gendwa sèvi avè l anndan lekòl, nan administrasyon piblik, nan komès, laprès, afichaj elatriye. Se tout kesyon sa yo ou jwenn nan premye moman amenajman lengwistik la. An prensip, tout sa se desizyon politik yo ye. Lè desizyon fin pran pou itilize lang nan, fòk Leta asire tèt li lang sa a kapab ranpli tout fonksyon yo ba li yo nan sosyete a.

Kounye a, nou rantre nan dezyèm moman amenajman lengwistik la kote Leta genyen pou li entèvni sou kòd lengwistik la ki alafwa ekri e oral. Entèvansyon Leta sou kòd lengwistik la fèt an jeneral atravè yon enstitisyon otonòm tankou yon akademi, paegzanp, ki mandate pou fè yon travay nòmatif sou koze alfabè, òtograf, gramè, vokabilè, pwononsyasyon elatriye. An jeneral, lengwis ki itilize yon apwòch deskriptif pa vle tande koze akademi an paske yo kwè enstitisyon sa a plis kab apovri lang nan pase pou l ta anrichi l. Se poutèt sa anpil lengwis kreyolis pa dakò ak lide kreyasyon akademi kreyòl la. Noumenm, nou kwè li posib pou yon akademi fè travay nòmatif ak estandadizasyon nan yon lang san l pa apovri l. Dayè, travay yon akademi lang pa sèlman chita nan nòmalizasyon ak règlemantasyon. Yon akademi kapab bay tèt li misyon pou l anrichi epi valorize lang nan tou. Kidonk, Akademi kreyòl la pa ta sipoze kalke sou modèl Académie française oswa Office de la langue française du Québec tou senpleman paske kreyòl la se yon lang ki te fòme epi evolye nan yon kontèks ki diferan de jan franse a fòme epi evolye. Dayè nou pa kapab konpare sityasyon lengwistik peyi d Ayiti nan moman an ak sityasyon pa Lafrans nan disetyèm syèk. Se menm jan tou, li pa fè sans pou n konpare sa n ap fè isit ann Ayiti ki se yon peyi ekonomikman soudevlope ak sa k ap fèt nan Kebèk oswa nan Kanada ki se de kominote devlope. Men anmenmtan, sa pa vle di tou nou pa kapab pwofite de eksperyans k ap fèt nan peyi devlope sa yo. Nou sèlman bezwen fè atansyon pou nou itilize kèk modèl nou kapab adapte a sityasyon ayisyen an.

Paegzanp, lè Académie française te kreye nan lane 1635, youn nan premye travay yo te fè se te kreye yon diksyonè franse monoleng. Sa se yon bon egzanp Akademi kreyòl la ta kab swiv e gen anpil rezon valab pou sa a. Premyèman, lè nou fè istwa leksikografi, nou jwenn elaborasyon yon diksyonè monoleng se premye travay fondamantal nan devlopman leksikal ak estilistik yon lang. Yon diksyonè monoleng se pa sèlman yon zouti referans nòmatif li ye, se yon zouti deskriptif li ye tou. Aladiferans yon diksyonè bileng, yon diksyonè monoleng mande anpil refleksyon teyorik ak konseptyèl pou rive elabore yon metalangaj an kreyòl ki pou pèmèt lang sa a dekri pwòp tèt li atravè definisyon ak egzanp an kreyòl nou jwenn nan diksyonè monoleng nan. Si akademi kreyòl la ta rive reyalize yon bon jan diksyonè monoleng kreyòl ayisyen, sa ta sèvi kòm baz pou gwo travay konseptyèl sa a ki gen pou fèt nan konstriksyon kòd ekri lang kreyòl ayisyen an. Epitou, travay rechèch etimolojik ki genyen an jeneral nan yon diksyonè monoleng ta ede nou konbat fenomèn disparisyon tout ansyen mo ak ekspresyon kreyòl nou yo. Menm si, apre yon sèten tan, lokitè natif yo deside natirèlman pa itilize mo ak ekspresyon sa yo ankò pou kominikasyon oral, se pa yon rezon pou yo disparèt konplètman. Youn nan fonksyon yon diksyonè monoleng, se fè envantè yon maksimòm mo ak ekspresyon menm si genyen ladan yo lokitè natif yo pa itlize ankò nan kominikasyon toulejou.

Anplis elaborasyon diksyonè monoleng nan ki ta dwe pwojè fondamantal la, gen anpil lòt estrateji ak aksyon konkrè Akademi kreyòl la ta dwe antreprann pou pèmèt lang kreyòl ayisyen an atenn yon nivo ki pèmèt li byen jwe wòl Leta ayisyen ba li a nan atik 40 Konstitisyon 1987 la. Paegzanp, nou bezwen yon nouvo gramè kreyòl ki konsidere tout kalite varyasyon ki genyen nan lang kreyòl la tankou varyasyon dyakwonik, dyatopik, dyastratik, ak dyafazik yo. Objektif nouvo gramè sa a se pou dekri kòmsadwa prensip òganizasyon entèn lang kreyòl la epitou pou mete aladispozisyon ekriven, jounalis, edikatè, tout moun k ap pwodui dokiman an kreyòl, yon zouti referans gramatikal sou fason pou ekri lang nan. Sou koze nòm nan, n ap site yon lengwis yo rele Raphaël Confiant ki ekri : « On ne peut pas contraindre un locuteur à parler d’une manière particulière mais il est tout fait possible de l’amener à adopter progressivement une norme écrite. » (Confiant, 2001, p. 15) Ou kab fè akizisyon kòd oral nan tout lang paske se yon fenomèn natirèl. Men, ou pa kab fè akizisyon kòd ekri a paske limenm, li kiltirèl ; se aprann pou w aprann li nan liv oswa sou ban lekòl. Se poutèt sa, ap toujou gen enstitisyon ki la pou detèmine fason pou ekri yon lang. Lè pa gen otorite ofisyèl ki detèmine kouman pou ekri lang, sa kab lakòz plizyè pwoblèm. Pami pwoblèm sa yo, gen manfouben ak lesegrennen an. Yon bann moun konprann yo kab ekri kreyòl la jan yo vle. Gen lòt menm ki deside pa respekte òtograf ofisyèl la pou plizyè rezon. Se vre gen nan rezon sa yo ki syantifik, men pifò ladan yo sitou ideyolojik. Tout sa va fini lè va gen yon otorite djanm Leta ayisyen mandate pou mete lòd nan dezòd lengwistik ak sosyolengwistik sa a.

Lè Akademi kreyòl la, nan tèt kole ak tout sektè nan sosyete ayisyen an, va fin met lòd nan dezòd, Leta ayisyen ap kapab lanse yon kanpay nasyonal pwomosyon tout kalite dokiman ekri an kreyòl daprè règ gramatikal ak prensip lengwistik Akademi kreyòl la pral gen pou l etabli. Pou pwomosyon sa a kab byen fèt, li ta bon pou Leta kreye, 1) yon konsèy nasyonal pou pwomosyon liv kreyòl k ap reflechi anpèmanans sou yon plan daksyon nasyonal pou yon politik liv kreyòl ; 2) yon mezondedisyon ak enprimri nasyonal ki privilejye tèks kreyòl ; 3) plizyè pri literè ak pri syantifik pou rekonpanse moun ki ekri bon jan dokiman valab an kreyòl. Toujou nan menm lojik sa a, Akademi kreyòl la ta dwe prevwa yon komisyon jeneral ki pou travay nan domèn tèminoloji ak neyoloji epi plizyè sou-komisyon syantifik espesyalize ki atache ak ministè yo. Paegzanp, ta dwe gen yon sou-komisyon syantifik ki ap travay nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal pou elaborasyon manyèl eskolè ak lòt materyèl didaktik e pedagojik an kreyòl. Sa ta pèmèt Leta mete yon fren nan dezòd pwodiksyon manyèl eskolè swadizan an kreyòl men ki se tradiksyon kopi konfòm mànyèl eskolè franse.

5. Konklizyon

Pou fini, nou ta renmen di si se franse ak angle k ap taye banda nan domèn ekri a ann Ayiti jouk jounen jodi a, se paske Leta ayisyen pa respekte tèt li. Si Leta ayisyen t ap fè travay li kòmsadwa daprè konstitisyon an, se pou l ta degaje l kou mèt Jan-Jak, pou l fè edikasyon ak alfabetizasyon tout sitwayen ayisyen nan lang manman yo epi pèmèt yo fonksyone nan peyi a ak menm lang sa a. Jan nou te di l deja a, kòd oral yon lang se yon fenomèn natirèl ki kab evolye epi devlope san entèvansyon sistematik yon enstitisyon ki okipe zafè lang. Men, kòd ekri a pa kapab devlope pou kont li. Se konstwi pou yo konstwi l e se yon otorite Leta oswa prive ki toujou fè sa. Paegzanp, nan peyi tankou Lafrans ak Kebèk se Leta ki entèvni pou pwopoze referans ak nòm sitou nan domèn ekri a. Men Ozetazini se sektè prive a atravè kèk gwo mezondedisyon ak piblikasyon ki pran koze lang angle a anchaj. Nan toulede ka yo nou wè gen otorite k ap detèminen kouman pou moun ekri franse ak angle. Se sa ki fè gen franse ak angle estanda ke tout moun dwe adopte sitou nan kominikasyon alekri.

Nan kontèks aktyèl la kote tout moun ap pale sou koze rekonstriksyon oswa refondasyon nasyon ayisyen an, fòk nou pa bliye lang manman yon pèp toujou jwe yon wòl fondamantal nan pwosesis kreyasyon yon Eta-nasyon. Se poutèt sa, yon akademi kreyòl ayisyen, si se pa magouy ak demagoji ki pral fèt ladan l, ava genyen yon wòl nesesè pou l jwe nan gwo pwojè rekonstriksyon oswa refondasyon Eta-nasyon ayisyen an. Lè nou valorize epi fè pwomosyon lang manman nou ak kilti peyi nou, nou voye tèt nou monte kòm pèp. Si nou vle reyalize rèv yon Eta-nasyon ayisyen kote ki gen akò ak antant ant Leta ak pèp la pou bon jan devlopman fleri, nan respè youn pou lòt, an n mete ansanm pou voye lang kreyòl ak kilti lakay monte pi wo.

6. Referans bibliyografik

2011, « Hommage aux victimes, aux survivants, aux héros, à nous tous… », nan Le Nouvelliste et La Direction Nationale du Livre.

1987, Constitution de la République d’Haïti. Soti nan sitwèb Political Database of the Americas soti nan sitwèb http://pdba.georgetown.edu/constitutions/haiti/haiti1987.html

Alleyne, M., 1999, « Problems of standardization of Haitian Creole languages », nan Language and the social construction of identity in Haitian Creole situations, M. Morgan (Ed.), Los Angeles : University of California at Los Angeles, Center for Afro-American Studies, pp. 7–18.

Barthélemy G., 1990, L’univers rural haïtien : Le pays en dehors, Paris : Harmattan.

Berrouët-Oriol R., 2011, « Le “système” linguistique d’Yves Dejean conduit à une impasse » soti nan sitwèb AlterPresse http://www.alterpresse.org/spip.php?article11392

Berrouët-Oriol R., Cothière D., Fournier R., St-Fort H., L’Aménagement linguistique en Haïti : Enjeux, défis et propositions, Edisyon CIDHICA, 2011.

Buteau P., Saint-Éloi R., Trouillot L., (dir)., 2010, Refonder Haïti, Montréal, Mémoire d’encrier.

Confiant R., 2001, Dictionnaire des néologismes créoles, tome 1, Ibis Rouge, Guyane.

Castera G., 2001, « De la difficulté d’écrire en créole », nan Notre Librairie 143 (janvier–mars), pp. 6–13.

Coriolan A.-M., 2010, « Situation linguistique et éducative d’Haïti », nan Études créoles—Société, langues, école en Haïti, Chaudensson R, (dir)., L’Harmattan/OIF.

Dejean Y., 2011, « Déménagement linguistique » nan AlterPresse, 30 jiyè, soti nan sitwèb http://www.alterpresse.org/spip.php?article11343

Douyon F., 1996, Sortir du marasme : réflexions pour une croissance économique durable en Haïti, CIDIHCA.

Fanon F., 1952, Peau noire, masques blancs, Paris : Seuil, Points.

Fortuné G., 1977, Haïti, une nation au service d’une minorité, Édition Vie ouvrière.

Haitian Forum Diaspora, 2010, Contributing to a strategic plan for reconstruction and development in Haiti.

Joseph L. Janvier, 1973, Les Affaires d’Haïti (1883–1884). Paris : C. Marpon et E. Flammarion, 1885.

Joseph L. Janvier, 1977, Les Constitutions d’Haïti (1801–1885). Vol. I, Port-au-Prince : Éditions Fardin.

KERA, 2010, Plan d’action pour le relèvement et le développement national d’Haïti.

Laferrière D, 2010, Tout bouge autour de moi, Montréal, Mémoire d’encrier.

Lahens Y., 2010, Failles, Paris, Éditions Sabine Wespieser.

Métellus J., 2003, Haïti, une nation pathétique, Ed. Maisonneuve et Larose.

OCDE, 2007, L’enseignement Supérieur Transnational : Un Levier Pour Le Développement, Ed. OCDE.

OCDE, 2003, La lecture, moteur de changement. Ed. OCDE.

Òganizasyon pou la Frankofoni, 2010, Propositions d’actions de la Francophonie pour la reconstruction d’Haïti.

Pierre, Samuel (dir)., 2010, Construction d’une Haïti nouvelle : vision et contribution du GRANH, Montréal, Presse Internationale Polytechnique.

PNUD, 2010, « Donner à Haïti les moyens de construire un meilleur avenir », soti nan sitwèb PNUD http://www.ht.undp.org/public/cashforwork.php?PHPSESSID=60aa4264f2ffac4d949e88c32bbea771

Price Mars J., 1959, De Saint Domingue à Haïti : Essai sur la culture, les arts et la littérature, Paris : Présence Africaine.

UNESCO, 2003, Vitalité et disparition des langues, Paris, Ed. UNESCO.

UNESCO, 1953, The use of vernacular languages in education, Paris, UNESCO, fevriye 2012

—Frenand Leger University of Toronto, Department of French

Enfòmasyon : Tèks sa a, avèk kèk revizyon, pibliye nan Ak Kolòk la ki titre Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? Ou ka achte l lakay Éditions de l’Université d’État d'Haïti: 18, rue Cheriez, HT 2115, Port-au-Prince, Haïti (tél. 22.27.79.49/50/54). Adrès sou Facebook: EdUEH: https://www.facebook.com/pages/Editions-de-lUniversite-dEtat-dHaiti-EdUEH/350165535000429?id=350165535000429&sk=info

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com