Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Konklizyon :

Diskou pou fèmen kòlòk la

—pa Fritz Deshommes Vis Rektè Rechèch Inivèsite Leta dAyiti

N ap salye Rektè Inivèsite Leta a, pwofesè Jean-Vernet Henry,
N ap salye Senatè Melius Hyppolite,
N ap salye tout enstitisyon, tout zanmi, tout kanmarad, Komite
Akademi an ap onore aswè a ak tout fanmi yo,
Tout zanmi ki soti byen lwen vin patisipe nan kòlòk la,
Tout entèvenan kòlòk la,
Moderatè, animatè,
Tout patispan,
N ap salye tout envite espesyal pou sware sa a.

Nan non tout enstitisyon, tout pèsonalite, tout manm, tout komite k ap pote kole pou Akademi Kreyòl nou an kanpe—komite Inisyativ, komite pilotaj, komite syantifik, komite sipò, komite òganizasyon—n ap salye tout moun alawonnbadè. Nou rive nan bout twa (3) gwo jounen refleksyon ak deba sou yon sijè ki enpòtan anpil pou peyi d Ayiti. Lang kreyòl la, lang manman nou, lang ki simante tout pèp ayisyen an tankou konstitisyon an di l, rive mete nou dakò youn ak lòt sou sa nou dwe fè pou trase chemen pou nou fini ak yon seri diskriminasyon ak enjistis ki dire twò lontan nan peyi d Ayiti.

Twa gwo jounen refleksyon sa yo fè nou kwè plis toujou jan li enpòtan pou nou kontinye lite san pran souf pou nou rive sèvi avèk lang nou ak fyète ak diyite nan tout sitiyasyon, tout kote, nan tout domèn.

Nou te konprann nou te gen anpil divèjans. Nou te konprann nou pa t ap ka antann nou. Epi lè nou pale yonn ak lòt, lè nou diskite, lè yonn tande lòt, lè yonn konprann lòt, nou rann nou kont nou pa t pi lwen pase sa, yonn ak lòt. N ap goumen pou menm kòz, nou gen menm rèv pou lang nou ak pou peyi nou. Se pou sa, alapapòt, tout atelye yo ak nou tout ansanm pa t pran tan pou nou antann nou sou nesesite yon biwo, yon enstans, yon enstitisyon, yon zouti, ki dwe la, ki dwe egziste, pou travay sou lang kreyòl la menm, pou lang kreyòl la menm, pou pèmèt sosyete nou an konnen lang li pale a pi byen, pou ede li dekouvri jan lang li a fonksyone, pou ede li gen konesans sou pwòp lang pa li a, tankou sa fèt nan pi fò peyi sou latè.

Nou sot antann nou jodi a sou definisyon, sou oryantasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an e nou pral travay nèt al kole pou vizyon sa a byen grave nan memwa tout Ayisyen. Kreyòl kòm yon vrè lang ofisyèl, kreyòl kòm lang ansèyman, kreyòl kòm lang lajistis, kreyòl kòm lang administrasyon piblik, se yon lit ki kòmanse depi plizyè lane e ki dwe pran plis jarèt toujou, dekwa pou politik lang nan peyi a sispann mete majorite a sou kote, dekwa pou nou genyen yon sèl peyi. Yon sèl peyi ki chita sou prensip jistis ak ekite. Men youn nan lide ki dwe senbòl akademi an !

Yon Akademi Lang Kreyòl pou fè pwomosyon konesans popilasyon ayisyen an, yon Akademi pou gaye koze lasyans an kreyòl (jan doktè Iv Dejan te di l nan ouvèti kòlòk la), yon Akademi pou sèvi referans pou moun ekri lang nan kòrèkteman (tankou anpil lòt lengwis di nou), yon akademi ki reflete tout sa nou ye an fas tout pèp sou latè, sitou ak evolisyon nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo. Se yon obligasyon pou nou fini ak pratik woule nan enfòmalite.

Si m pran di mèsi nou p ap fini. Paske pou travay sa rive fèt, gen anpil anpil moun, anpil anpil institisyon ki pote kole. Nou tande pale de komite yo : komite inityativ la ki vin laji an komite pilotaj kòlòk la, komite syantifik, komite sipò, komite òganizasyon. Fò nou di mèsi tou pou tout intèvenan sa yo. Nou te gen avèk nou prèske 40 save nan divès domèn : domèn lang, istwa, filozofi, sosyoloji, antwopoloji, ekonomi, dwa, enfòmatik, teknoloji e latriye. Genyen ki sòti anndan peyi d Ayiti, kèk sòti lòt bò dlo, gen lòt ki se Ayisyen ki ap viv nan divès peyi etranje men ki ap travay sou lang kreyòl nou an. Nou gen tou, intèvenan ki soti nan twa (3) zile diferan, zile nou ka konsidere tankou zile frè nou : nan peyi Kiba, nan peyi Babad, nan peyi zile Moris.

Se pou sa kòlòk la te bon kon sa. Anpil espesyalis ki maton pa senpman sou kesyon lang men tou sou tout kesyon ki pèmèt nou konpran pi byen pwoblematik lang lan. Se te yon bèl bagay, se te yon bèl eksperyans. Sa k te pi bèl ankò : prèske tout moun pale kreyòl. Se premye fwa nan peyi d Ayiti yon woumble kon sa fèt nan lang manman nou ak tout espesyalis sa yo, tout ekspè sa yo. Kilès ki te di kreyòl pa ka pale pawòl lasyans. Si n te wè jan tout moun te alèz, entèvenan kou patisipan. Tout moun te ka pale, tout moun te ka konprann, tout moun te ka bay dizon yo. Aa ! sa te bèl tout bon !

Nou t ap pale de zile nou konsidere tankou frè nou. Nan premye jou a, lè n t ap louvri kòlòk la, prezidan Akademi Morisyen lang kreyòl la, zanmi nou Vinesh Hookoomsing, te fè yon kokennchenn entèvansyon. Li te raple nou sa nou ye kòm pèp. Li te di nou yon lòt fwa ki sa nou menm pèp Ayisyen, premye peyi ki montre tout lòt pèp yo chimen leve kanpe kont esklavaj, kont rasis, kont dappiyanp sou ti peyi, nou reprezante nan listwa lemonn. Zanmi nou Vinesh te fè akademi nou an premye kado nan non pèp morisyen an : yon diksyonè kreyòl morisyen. Nou vle di prezidan Akademi Kreyòl Morisyen an jan nou apresye jès sa a e jan nou kontan pou prezans li. Ou soti byen lwen pou w vin pote kole ak nou, pou ou vin pataje esperyans ou nan kesyon monte akademi kreyòl la. Mèsi anpil, Vinesh.

Nou dwe di yon mèsi espesyal pou pwofesè Iv Dejan—papa Iv tankou anpil nan nou pran abitid rele l. Papa Iv ki montre nou kouman li se yon moun ki konn sa l ap fè a, sa l ap pale a. Yon moun ki gen anpil konesans men tou yon moun ki gen anpil noblès, anpil jenewozite. Prezidan akademi kreyòl morisyen an te di : « Papa Iv se yon veritab patriyach ». M ap ajoute : yon potorik gason ! Menm si nou wè l piti. Menm si li pa pale fò. Yon gwo mèsi pou Senatè William Jeanty. Li pa t reflechi anpil lè nou te mande l pou l di yon ti mo nan seremoni pou louvri kòlòk la. Pawòl li yo, se te yon veritab sewòm pou tout militan kreyòl ak tout kanmarad k ap batay pou peyi d Ayiti chanje tout bon vre. N ap di mèsi tou pou tout patisipan yo. Yo te anpil. Yo rete depi kòmansman jouk nan bout kòlòk la. E yo te patisipe nèt al kole. Anpil kesyon poze : Okontrè si n t ap pran tout kesyon yo nou pa t ap fini. Epi anpil bèl kesyon, ki fè anpil sans.

Nou pa konn kijan pou n di prezidan seyans yo mèsi. Se te petèt djòb ki te pi difisil nan kòlòk la. Anpil entèvenan ki gen anpil bagay enpòtan pou yo di, anpil patisipan ki te anvi poze anpil kesyon. Reyèlman vre, kòlèg ki te prezidan seyans yo te gen anpil pwoblèm. Menm mwen menm, m te nan piblik la, sa te fè m mal anpil lè yo te sètoblije koupe kèk konferansye lapawòl paske lè a t ap pase. Menmsi m se premye moun ki ta dwe konprann nou gen yon tan pou nou jere, lè tan sa a fini, nou oblije kanpe. Fò m di tou yo te fè sa ak anpil koutwazi. Mèsi anpil. Chapo ba !

Gen anpil lòt moun tou pou nou di mèsi. Moun nou pa wè, moun nou pa wè travay yo, moun ki nan komite, moun ki pa nan komite, moun ki manm enstitisyon ki nan komite nou yo. M ka di nan tout enstitisyon ki pote kole avè nou yo, nou gen moun nou wè e gen moun nou pa wè. Si m ap pran Rektora a kòm egzanp, nan Rektora a gen moun ki nan komite yo men gen anpil lòt moun. Si m ap pran sekretè direksyon rechèch yo, si n ap pran grafis edisyon UEH la, si m ap pran tout lòt sèvis nan UEH la, sèvis administrasyon, sèvis infòmatik, e latriye. Se moun nou pa wè men ki travay anpil anpil anpil.

Mèsi pou laprès. Nou pa t gen anpil mwayen pou n te fè kòlòk la. Anpil radyo, anpil jounal pase piblisite nou yo gratis. Anpil jounalis radyo, televizyon, jounal ranmase kòlòk la. Yo te montre jan yo te konprann enpòtans aktivite sa a.

Yon gwo mèsi pou Biwo Karayib AUF (Agence Universitaire de la Francophonie). Se gras a li twa (3) nan kòlèg nou k ap viv aletranje te ka rantre vin pataje ak nou rezilta rechèch yo sou lang lan. Mèsi pou Radyo Edikativ, Ministè Edikasyon Nasyonal, espesyalman, Direktè Jan Klod Cheri. N a pral jwenn tout sa n te di nan kòlòk la, nan yon dvd Radyo Edikativ ap prepare pou nou. Sa pral pèmèt nou reponn yon premye kesyon yo gen tan poze nou : ki sa sa n ap fè aprè kòlòk la, ki suivi kòlòk la.

Enben ban m tou kòmanse reponn : ak travay sa a Radyo Edikativ ap ede nou fè a, n ap kapab satisfè demand anpil patisipan ki mande pou travay nou kòmanse a, travay nou fenk fè la ak kòlòk la, ka rive gaye nan tout peyi a, nan tout radyo kominotè, nan tout televizyon nan peyi a, nan tout radyo nan peyi a otan sa posib. Deja nou genyen pwomès kèk enstitisyon tankou saks (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal) ak lòt ankò k ap pote kole ak nou.

Kòlòk la fini, men travay nou fenk kòmanse. Nou mete nou dakò sou ki sa pou akademi an ye, ki jan pou l fèt, ki kalite akademi nou vle, ki kalite enstitisyon li ta dwe ye, ki wòl li… Nou mete n dakò tou sou aprè kòlòk la ki travay ki gen pou fèt, ki kalite moun ki ta dwe nan komite suivi a. Inivèsite Leta d Ayiti ak tout enstitisyon ki pote kole ak nou yo, ba nou garanti travay sa a p ap ret nan wout. L ap kontinye paske yo ba nou manda pou sa, paske nou tout ki la a ap kontinye pote kole pou nou rive mete Akademi Kreyòl la kanpe tout bon.

Mèsi.

—pa Fritz Deshommes (26 oktòb 2011) fritzdeshommes@yahoo.fr

Enfòmasyon : “Ou ka jwenn liv Ak Kolòk la Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ?lakay Éditions de l’Université d’État d’Haïti: 18, rue Cheriez, HT 2115, Port-au-Prince, Haïti (tel. 22.27.79.49/50/54). Adrès sou Facebook, EdUEH: https://www.facebook.com/pages/Editions-de-lUniversite-dEtat-dHaiti-EdUEH/350165535000429?id=350165535000429&sk=info

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com