Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Nesesite ak Idantite : Bezwen pou pwodiksyon ekritoryèl nan lang ayisyen

—pa Tontongi (Eddy Toussaint)

Entwodiksyon

Antanke lang ki gen yon istwa delejitimasyon ak enferyorizasyon kote yo konsidere lokitè kreyòl yo kou bèbè k’ap pale yon non-lang, yon lang ki pa konsidere kou yon lang totalkapital, lang ayisyen an (yo rele jeneralman « kreyòl » oubyen « kreyòl ayisyen » avèk yon souzantandi pejoratif), ap mennen yon konba alafwa kòm ekspresyon idantitè, kòm medyòm refleksyon e afeksyon ideyèl e kòm mwayen kominikasyon an danje.

Nan esè sila a m’ap chache soutni esansyèlman rapò ant nesesite pou yon reapwopriyasyon idantite yon lang sipoze enferyè donk menase de meprizasyon e ostrasizasyon pèmanan, ak enpòtans pou kreyasyon ak tablisman enfrastrikti lengwistik e entelektyèl ki nesesè yo pou andjanmen lang lan.

Objektif sila a ap bezwen pou moun aji sou twa plan : 1) plan lengwistik/entelektyèl ; 2) plan politik/praksis volontaris ; 3) plan enfrastriktirèl/medyatik.

Selon nouvo done sou evolisyon ki vin bay espès imen an, nou ka di limanite pase plizyè milyon ane anvan alfabetizasyon vin tabli kou konpleman oralite. Sa vle di, ekritoryalite (pou m anplwaye yon neolojis Patrick Sylvain) nan limenm pa ka defini « esans » yon endividi oubyen yon pèp. Li pa ni tou pwoteje kont perisman lengwistik, si se konsa grèk ak laten pa ta konsidere jodi a kou lang mòt. Sepandan, pa p ka gen yon valorizasyon serye lang ayisyen an si administrasyon Leta yo ak lekòl kontinye ap fonksyone an fransè e si ekriven yo kontinye ap itilize lang ayisyen an antanke matyè premyè oubyen talisman folklorik.

Ajisman lengwistik / entelektyèl

Pou enfliyanse jan sosyete ayisyen an trete e valorize lang ayisyen an, ekriven, pwodiktè entelektyèl, syantifik ak edikatè ayisyen yo dwe ekri e pwodui zèv nan lang ayisyen. Sa nou vle di pa ajisman lengwistik / entelektyèl, se travay moun kouwè Felix Morriseau-Leroy, ouswa Yves Dejean ouswa Michel DeGraff pou demistifye prejije kont wòl enferyè yo bay lang kreyòl ayisyen an. Pou kontrekare tandans ak pratik sila yo, ekriven, pwodiktè entelektyèl, syantifik ayisyen yo dwe montre lang ayisyen an se yon lang totalkapital, yon lang nan li ou ka ekri, diskite e pibliye « bagay serye ».

Ajisman politik / Praksis volontaris

Nan yon sitiyasyon diglosi oubyen nan yon rapò sosyolengwistik ant de lang kote gen yon relasyon dominasyon oubyen enferyorizasyon—kouwè relasyon lang kreyòl ayisyen an avèk lang fransè a—, yon ajisman politik oubyen praksis volontaris konsekan dwe fikse atansyon l sou nonsèlman kreyasyon literè ansanm ak piblikasyon/pwodiksyon bibliyografik, men tou e sitou sou kreyasyon baz enstitisyonèl ki ka non sèlman konsolide degre prestij palan-lokitè yo bay lang yo pale a, men sitou li ka kreye yon nouvo dinamik epistemik valorizan kote alafwa estanda gramatikal yo bay lang la, plas li nan sistèm valè sosyete a, e fyète idantite li fè palan-lokitè yo santi, vin kreye yon anviwònman kalitatif nan lavi yo. Fenomèn sa a te rive an Frans nan sèzyèm ak disetyèm syèk yo, atèlpwen soti de lang meprize, enferyorize, zonbifye parapò ak laten, lang fransè a vin rive non sèlman tabli l kòm lang ki respekte tèt li e ki fè yo respekte l, men tou kòm lang dominan nan lemonn.

Natirèlman li pa nesesè pou lang ayisyen an swiv menm modèl elitis e enperyalis lang fransè a pou l vin fè yo respekte l. Men li ka aprann leson praksis volontaris entelektyèl fransè sèzyèm ak disetyèm syèk yo te deplwaye, sipòte ak jefò Leta fransè e Kadinal Richelieu an patikilye, pou met resous Leta fransè kòm repondonng pou fè lang fransè a avanse.

Konsènan ka lang ayisyen an, fwa sa a tou se entèlektyèl, atis, pwofesyonèl, atizan, syantifik ayisyen, elatriye, ki dwe pran inisyativ konkrè pou pote jarèt bay pwomosyon/devlopman lang ayisyen an. Ann atandan Leta vin kore l avèk tout resous li.

Ajisman enfrastriktirèl e medyatik

Kou nou konnen, sitiyasyon lang ayisyen an prezante pwoblèm alafwa nan aseptasyon li antanke lang totalkapital, donk nan konpetans li, e nan kapasite pèfòmans li (si nou kwè kèk movèz lang ki pa rekonèt menm potansyèl pou moun di sèten bagay ladan li). Ki donk, m’ap ensiste sou enpòtans plan enfrastriktirèl/medyatik la, sètadi sou nesesite pou devlopman e simayennasyon esfrastrikti entelektyèl e enstitisyonèl yo (ekriti ann ayisyen, kreyasyon ann ayisyen, tablisman mezondedisyon pou devlopman zèv ayisyen, fondasyon yon Akademi Ayisyen, kreyasyon medya k’ap pwomouvwa lang ayisyen kouwè radyo, televizyon, sit entènèt ann ayisyen, elatriye). Paske kouwè mwen di nan liv mwen Critique de la francophonie haïtienne, pawòl sèlman pa ase : « Yon kritik konsekan sou pwoblematik fransè-kreyòl oubyen anglè-kreyòl ann Ayiti ap ret kokobe si l rete sèlman sou pratik istorik ak ideolojik ejemonism kiltirèl lan. Li dwe pote atansyon l tou sou sa nou rele manman enfrastikti-sipèstrikti ki fè li fonksyone yo (les ‘infra-suprastructures génératrices’). Paske kilti dominan an domine non paske li pwoklame tèt li ‘siperyè’ ; li domine paske l gen Inivèsite, lekòl, medya kominikasyon de mas yo, mezondedisyon yo, enstiti detid yo, revi syantifik yo, bibliyotèk yo, enprimri yo, sit Entènèt yo, pouvwa Leta ak mwayen Kapital pou bay pwoklamasyon l nan repondonng. (...) Nan ka kreyòl la, li bon pou nou kontrekare patipri ideyolojik yo, pawòl abitrè yo e fo agiman swadizan syantifik yo ki jistifye dominasyon lang fransè a, men fòk nou kapab mete tou sou pye yon enfrastrikti ki ka fè fas ak li. » 1

M’ap fè tou nan esè sila a yon ti ralemennenvini sou rapò ant langaj ak idantite, nan sans Adam Schaff diskite l daprè tèz Wilhelm von Humboldt yo ki di « genyen nan chak lang yon vizyon mond lan ». (…) Men vizyon sa a vin ranfòse ak langaj, paske koulye a mo a limenm vin tounen yon objè parapò avèk nanm moun lan, e li vin pote yon patikilarite siplemantè ki distenge l de sijè a si tèlman gen twa bagay ou wè nan konsèp la : anprent objè a, fason sijè a resevwa li, e efè mo a pwodui antanke son lengwistik. Efè sa a mo a pwodui a nesesèman domine nan chak lang pa yon analoji konstan ; epitou kou nou konnen nan chak nasyon gen yon sijektivite omojèn ki deja ekzèse aksyon li sou lang lan, genyen donk nan chak lang yon vizyon sou mond lan (…) Divèsite ant lang yo se pa divèsite son ak siy, men yon divèsite ant diferan vizyon sou mond lan ». 2

Ekritoryalite ak idantite

Menmlè oralite te fason prensipal moun te kominike ak fè literati kreyòl ayisyen an pase,

eksperyans ak pratik ekriti nan kreyòl ayisyen te ekziste depi sou tan lakoloni, omwen depi vè zòn mitan dizuityèm syèk nan kalandriye ewopeyen an. Yo te jwenn yon pakèt kont, powèm, pyèsteyat, lèt ak anpil lòt dokiman ki te ekri an kreyòl ayisyen byen lontan anvan Endepandans 1804 la. Anpil nan kolon yo yomenm te konn ekri an kreyòl ayisyen, kouwè Duvivier de la Mahautière, yon gwo chabrak nan Pòtoprens. Anpil mètesklav yo, lè yo te bezwen pou esklav yo te byen konprann yo, te ekri diskou yo an kreyòl ayisyen, yon pratik reprezantan ofisyèl koloni fransè a kontinye fè, kou paekzanp Léger-Félicité Sonthonax ki ekri Pwoklamasyon Esklav yo (1792) an kreyòl ayisyen, oubyen tou Napoleon Bonaparte ki ekri Pwoklamasyon pou l envite ansyen esklave yo pou yo byen akeyi espedisyon Leclerc a (1801). Juste Chanlatte te ekri ann ayisyen, nan ane 1818, premye chapit pyèsteyat li a, L’Entrée du Roi dans sa capitale en janvier 1818.

Kou nou wè, malgre lang ayisyen an te gen yon eksperyans ekritoryèl ki monte depi sou tan lakoloni, ann Ayiti, klas dominan ayisyen yo—ki deside chwa politik edikasyon kòm chwa langaj, sijè edikasyon ak lang enstriksyon—, pa t janm panse yon moun ka ekri bagay serye nan lang ayisyen an. Se konsa, akoz alafwa mepri nouvo klas dominan ayisyen yo te genyen kont lang ak kilti ayisyen an, mepri milye entelektyèl fransè yo kont lang ak kilti ayisyen an e valè entelektyèl nouvo dirijan ayisyen yo, epitou volonte nouvo klas dominan yo pou yo kenbe « gwo pèp » la a distans, nouvo dirijan ki pran pouvwa apre Endepandans lan vin fè yon chwa estratejik pou yo adopte lang, edikasyon, kilti ak kanon entelektyèl franca lingua—e pita frankofoni—kou idantite lengwistik, kiltirèl e entelektyèl yo. Nou konnen rezilta ak enplikasyon chwa sila a : lang ak kilti fransè a vin tounen modèl estanda inivèsèl e konesans obligatwa nan yon kirikilòm, yon sistèmpanse ak pwogram edikasyonèl ki privilejye valè kiltirèl ak lengwistik ewopeyen yo odepan de valè kiltirèl e lengwistik afrikano-ayisyen yo.

Se konsa ou ka wè yon sitiyasyon, toudabò vè ane 1804-1940 yo kote lang ak ekriti ann ayisyen an pa t gen ankenn enpòtans nan literati otke kou atifis fòlklorik kote ekriven yo vin sèvi avè l kòm matyè premyè pou fabrikasyon bèl chelèn zèv frankofòn.

Langaj kou afimasyon sa w ye

Lè nou konsidere wòl fondamantal langaj jwe nan alafwa konpozisyon biyolojik sèvo yon moun ak nan idantite pèsonèl li antanke yon lokitè nou ka gen yon ide sou kantite domaj represyon lang kreyòl ayisyen an koze nan amoupwòp yon moun.

Kèk otè nou pral site la yo ka ba ou yon mwèlyèm sou rapò ant langaj ak sa yon moun ye antanke èt imen. Gen Noam Chomsky, paekzanp, ki di pa gen yon diferans kalite ant langaj de kretyenvivan, ke youn te soti nan Titwou-de-Nip, ann Ayiti, e lòt la nan Katye Sòbòn a Pari, an Frans : « Karakteristik jeneral estrikti gramatikal yo, Chomski di ansitan Descartes, se menm nan tout lang e reflekte kèk kalite fondamantal sèvo moun. » Pliske langaj se yon resous biyolojik ine e inivèsèl, tout moun gen menm « konpetans lengwistik » depi nesans yo epi lang yon pèp ka diferan de lang yon lòt pèp sèlman nan tip de « pèfòmans » yo fè nan lang la. Chomsky klè sou kesyon an, li di : Se posib aspè jeneral nan estrikti yon lang ka reflete, pa sitèlman trajè-eksperyans yon moun, men pito karaktè jeneral kapasite yon moun genyen pou l aprann. »3

Nan ontoloji sou moun Jean-Paul Sartre elabore nan zèv majistral li L’Être et le Néant (« Sa w Ye ak Anyen »), li akòde yon wòl santral ak langaj, patikilyèman ak lapawòl oubyen « nonmen », anfèt yon ekspresyon misye anpil moun konnen se lè li te di « nonmen yon bagay se chanje bagay la », nan sans ke « lapawòl », sètadi ekspresyon lengwistik yon moun lanse nan bouch li (oubyen pa lòt vwa) gen yon enfliyans definitif, konsiderab, sou ajisman lòt moun. Ki jan sa fèt ? Sa rive paske jan Sartre di lapawòl se yon aksyon ki gen siyifikasyon e ki bay siyifikasyon. Antanke otopwoklame « ajan deziye » lokitè a gen yon libète total pou l chwazi objè a jan konsyans li oubyen sèvo li byen grape sitiyasyon an :

« Pou konprann yon fraz konpayon w lan di, anfèt konprann ki sa li ‘vle di’, ki sa li siyifi, sètadi marye m avèk mouvman transandans li, jete kò m ansanm avè l bò kote tout posiblite, tout finalite, e retounen ankò bò kote tout ansanm mwayen òganize yo pou m ka konprann yo apati fonksyon ak finalite yo. ».4

Pou Georges Gusdorf, ki te enfliyanse pa konsepsyon fenomenolojik Jean-Paul Sartre yo sou lapawòl antanke libète kreyatif, lapawòl se « trezo mond moun » lan sètadi papòt ki mennen l « de animalite ak limanite ». Misye remake « lòt animal yo pa konprann siy, men sèlman siyal » eke kouman ak lapawòl la limenm endispansab e fondamantalman esansyèl nan konstitisyon yon èt imen : « Chak èt imen ki vin nan mond lan reprann poutèt li travay espès imen an, yon travay ki esansyèl depi kòmansman moun : vini nan lemonn se kòmanse pale (pran lapawòl) pou chanje eksperyans nan yon inivè diskou. »

Pou Gusdorf, souverennte langaj oubyen pi presizeman lapawòl « enplike, gen ladann yon pwojeksyon lemonn nan » ; ak vwa lapawòl yon priz konsyans vin antre nan moun lan, donk lapawòl « se èt yon moun ki pran konsyans de tèt li—li se ouvèti sou kote transandans ».5

Si nou layite sitasyon sila yo se pou nou ka tabli enpòtans langaj ak lapawòl nan kalite yon moun, epi kan lapawòl, sètadi pwodui fakilte langaj sa a, denye, alyene, meprize, denigre, enferyorize, kriminalize e zonbifye nan sosyete moun nan ap viv la, ki jan de dega emosyonèl e ekzistansyèl li ka koze ka endividi a oubyen kominote lokitè yo.

Oralite kont ekritoryalite

Nan istwa moun genyen twa (3) sistèm ekriti ki rekonèt kòm sous orijinèl tout ekriti modèn apre yo pase nan yon pakèt seri chanjman. Twa sistèm sa yo se sistèm ekritoryèl Ejipsyen an (dekouvri vè zòn 3100 Anvan Epòk Kretyen an), sistèm Chinwa a (dekouvri vè zòn 1200 Anvan Epòk Kretyen an), e sistèm Amerik Santral la (dekouvri vè zòn 600 Anvan Epòk Kretyen an). Anpil akewològ (espesyalis ki fouye ansyen kilti) fè remonte ekriti senk mil lan anvan sa, depi envansyon « tokenn » an Mezopotani, ki te ti pyès ajil oubyen tè kuit yo te moule nan diferant fòm alepòk koumansman tan neyolitik (vè zòn 8000 Anvan Epòk Kretyen an) pou reprezante byen yo (grenn plant, nouriti, lwil, betay, elatriye). Li enteresan pou nou souliye sistèm ekriti Ejipsyen an te enfliyanse devlopman alfabè lang ewopeyen yo kouwè grèk paekzanp. Filozòf Tasit (Tacitus) vin rekonèt sa vè zòn premye syèk ewopeyen Apre Epòk Kretyen an. Anpil rechèch lengwistik e antwopolojik montre gen entèrelasyon ant plizyè lang azyatik, ewopeyen ak afriken yo.

Li pa t pran lontan apre dekouvèt teknik sistèm ekriti yo—keseswa an Mezopotani, ann Ejip, an Chin oubyen ann Amerik Santral—pou pèp yo wè valè li alafwa antanke èd-memwa, grefye pou listwa, bayèdenoblès ki kapab bay prestij ak klas. Depi anvan ekriti, oralite oubyen lapawòl te gen tan genyen yon ora, yon prestij otorite ki bay otorite ak admirasyon ak sila yo ki konn byen manipile teknik langajye yo. Dekouvèt ekriti vin kwafe yon epistèm ak paradig yerachi ki kontinye ap fonksyone jouk jounen jodi a.

Endyen Maya yo te elabore yon gran sistèm enskripsyon senbolik pou fòmalize rityèl relijye yo e fòmile chematikman demann ak aspirasyon yo. Women yo, pita, vin itilize lang laten an ansanm ak kasetèt ekriti laten an pou yo enpoze enperyalism lengwistiko-kiltirèl yo (ki se konpayèl enperyalism militè, politik e ekonomik lan). Se konsa evantyèlman lang ak kilti laten an vin tounen kanon lengwistik ak referans kiltirèl inivèsèl pou yon pakèt peyi nan plizyè kontinan.

Byenke estrikti sentaks lang ayisyen an gen plis awè avèk lang afriken ke ewopeyen, li swiv pratikman menm trajè parapò ak fransè ke fansè parapò ak laten. Eksepte jan de anbrasad jeneral fransè a vin konnen kay anpil ekriven, filozòf, atis ak syantifik fransè, ki te vin fyè de lang yo e deside fè li yon lang primòdyal pou pwodiksyon ekspresif yo, poko rive ann Ayiti. Sitiyasyon epistemik sa a poko rive ann Ayiti. Tiboujwa entelektyèl ayisyen an ki tire pwofi privilèj ak sans pouvwa pratik lang ak kilti fransè a ba li, fè tout sa li kapab pou l delejetimize lang ayisyen an, jiska fè l parèt tankou yon vyolasyon règ byenseyans pou yon moun pale kreyòl ayisyen an piblik. Yo dekonsidere itilizasyon li kou yon medyòm lengwistik enpòtan nan zafè administrasyon Leta, nan lekòl, nan inivèsite, nan sen medya yo, e menm nan relasyon pèsonèl.6

Iwonikman, menm diran epòk laj dò retorik ak laglwa oralite ak éloquence ann Ewòp ak nan peyi Gol (Gaul oubyen ansyen Lafrans) nan katriyèm syèk Apre Epòk Kretyen an, prestij ak enfliyans tèks ekri kontinye ap jèminen. Te gen anpil demann pou tèks ekri pou ranfòse e andjanmen teknik retorik oubyen fòs diskou oral yo. Fenomèn primòdyalite oralite sou ekritoryalite rive tou ann Ayiti, paske tou dabò ekritoryalite pa t janm yon opsyon pou yon mas pèp non sèlman yo kenbe analfabèt men tou yo fè yo konnen lang yo pale a pa yon lang ou ka ekri anyen serye ladann l. Malgre jefò admirab ekriven kouwè Felix Morrisseau-Leroy, Frankétienne, Max Manigat, Patrick Sylvain, Michel-Ange Hyppolite oubyen otè esè sila a, pou avansman ekriti nan langay ayisyen, grann majorite ekriven ayisyen refize pwodui zèv an kreyòl ayisyen. Nou di « pwodui zèv » e non « ekri », paske anpil nan yo, kouwè Edwidge Danticat, ekri tou an kreyòl ayisyen, men yo pa pibliye yo ni ba yo enpòtans yo merite (paske epistèm entelektyèl an vigè a pa valorize ekriti an kreyòl ayisyen, ni rekonèt li kòm lang lejitim).

Pou simonte e rezoud pwoblematik sila a, gen de enperatif, de ekzijans, de objektif enpòtan ki jwenn youn ak lòt : 1) Nesesite pou yon prizdekonsyans sou enpòtans rekonesans lang kreyòl ayisyen an kou lang lejitim nasyonal pèp ayisyen, ki gen dwa parite (dwa trètman egalego) avèk tout lòt lang nasyonal nan lemonn ; 2) enpòtans praksis e pratik ekritoryèl, sètadi nan ka pa nou an, pwodiksyon ekri nan lang ayisyen keseswa nan atik jounal, nan lèt pèsonèl, nan dokiman administratif, nan tèz ak rechèch inivèsite, nan liv oubyen nan ekriti elektwonik sou Entènèt.

Lengwistik anpirik e rapò de pouvwa ann Ayiti

Antanke ekriven, lang oubyen langaj gen yon fasinasyon espesyal pou mwen. Ekri nan twa lang (ayisyen, fransè ak anglè) ogmante amou mwen pou lang anmenm tan ak efè majik li yo. Ann Ayiti pale pa inosan e sa yo ki gen pouvwa pale toujou kontwole pouvwa politik ak pouvwa ekonomik la. Depi l te monte opouvwa an 1957 jiska ranvèsman li an 1986, rejim diktati divalyeris la toujou kontwole lapawòl, san wetire sa ki ekri. Men lapawòl te toujou domine e kontwole pa klas sosyal e politik yo ki pran pouvwa a apre Endepandans. Trajè kontwòl lapawòl pa lelit frankofonis oubyen frankolonize ann Ayiti a, selon bèl mo Idi a, pa diferan de kontwòl divalyeris la : toulède anpeche moun denonse enjistis e eksprime dwa yo. Anfèt se klas dominan yo ki trase chemen an, akoz politik lengwistik yo chwazi adopte depi okòmansman, kote yo pa pran lontan pou reyalize kontwòl lengwistik se yon bon zam pou enpoze lòd ak obeyisans—e anmenm tan an konsève grapman menmiz politiko-ekonomik lan.

Wi, lapawòl, ni ekri, pa inosan. Sa nou refere sou tèm « lengwistik anpirik » nan soutit pi wò a, se fonksyonalite nan reyalite yon langaj, kouman li sèvi oubyen pa sèvi kominote lokitè yo nan sitiyasyon anpirik y’ap viv lan. Parèyman a sitiyasyon lengwistik anpil lòt peyi, men avèk yon ekzajerasyon pwononse ann Ayiti, langaj fransè a gen lòt itilizasyon ke medyòm pou kominikasyon e enfòmasyon. Li se dabò yon referan idantitè de klasifikasyon ki idantifye e kataloge ran sosyal palan-lokitè a. Nan echanj langajye pami lokitè yo, objektif la se pa ni konpreyansyon, ni literasyon, ni entèleksyon, ni edikasyon, ni enfòmasyon. Se yon echanj ki la inikman pou epate, pou enpresyone entèlokitè a sou fòmasyon e kapasite entelektyèl lòt entèlokitè a, montre kouman li ka itilize lang fransè a avèk tout difikilte ak pyèj gramatikal li gen ladann. Byennantandi, wòl senbolik yo bay langaj ann Ayiti pa toutafè diferan de jan li anplwaye nan lòt peyi, men nan ka itilizasyon fransè ann Ayiti a ou wè yon sistematizasyon, yon politik esklizyon, yon estrateji de bèbètizasyon ki pi pwononse e pi jeneralize.

Prejije kont ekri nan yon lang jije « enferyè » parapò ak « opsyon » pou ekri nan yon lang dominan jije « siperyè », se yon pwoblematik anpil ekriven lang vènakilè ewopeyen te konfwonte nan epòk Mwayennaj yo kote se te lang laten ak grèk ki te sèl lang « serye » e konvenab nan administrasyon Leta, nan edikasyon, nan pwodiksyon entelektyèl, elatriye. Pita, avèk konsolidasyon anpi fransè a ann Ewòp, ann Afrik e ann Amerik, lingua franca, sètadi hejemoni lang ak kilti fransè a, vin sèl kòk chante e layite (deplwaye) menm represyon kouwè laten kont lang pèp anpi fransè a te konkeri.

Rezistans ak Praksis volontaris

Byenke diktati janklodis la, avèk refòm alfabetik an 1979 nou konnen sou non Refòm Bernard a, vin akonpli premye jefò serye Leta ayisyen nan sans respektabilite lang ayisyen an, li pa vrèman chanje rapò inegalite politiko-lengwistik, ni rapò inegalite prestij entelektyèl ki genyen ant lang fransè ak lang ayisyen an.

Genyen anpil pwogrè ki fèt de epòk lang ayisyen an te konsidere kou yon non-lang, yon patwa enferyè ki pa t gen vwaochapit, ak epòk koulyea kote gen ekriven k’ap ekri ladann li, lektè k’ap li li (menmsi yo pa anpil) e kolòk k’ap òganize osijè l. Sepandan sa pa di aseptasyon lang ayisyen an vin inivèsalize, menmsi sa endike pwogrè nan pwosesis lejitimasyon ak valorizasyon li. Sa pa vle di sitou blòk opozisyonèl retranche, kòryas, kont lang ayisyen an pa toujou la—okontrè.

Sa sa vle di, sa li montre sèke praksis militan pou vansman lang ayisyen an koumanse ap antre nan anpil nanm eke pwosesis konsyantizasyon an ap kontinye. Konbyen tan li pral pran ankò pou Leta ayisyen an dekrete lang ayisyen kòm lang prensipal e primòdyal ? Nou pa konnen, men travay pou pwodui nan lang ayisyen an pa bezwen ret tann Leta.

Gen anpil leson valab nou ka aprann nan inisyativ volontaris tigwoup entelektyèl fransè yo nan sèzyèm ak disetyèm syèk ewopeyen an ki te ensiste ekri an fransè, ansanm ak aksyon Kadinal Richelieu a kan li te kreye Académie Française la, nan lespri, jan nou konnen, pou chanje estati lang fransè a, de lang enferyè parapò a lang laten an lang de prestij dominan (menmsi nan ka pa lang ayisyen an nou pap chache dominasyon).

Wi, presedan tablisman Académie Française gen anpil leson valab ki ka ede n nan praksis volontaris nou ka met soupye pou chanje sitiyasyon oubyen estati lang kreyòl ayisyen an, de lang domine kalifye « enferyè », ki pa gen dwa nan majistralite entelektyèl « lang serye », an lang lejitim, lang totalkapital ak kapasite egalego avèk lòt lang etabli yo.

Se vre, nan ka fransè a, otorite politik e entelektyèl fransè yo—ki vin antre an konfli avèk otorite Wòm yo e otorite lang laten an—, praksis volontaris la te detèmine pou yon grann pati pa pwòp objektif dominasyon Leta enperyal fransè a. Sètenman. Men leson nou ka retni a—kou nou wè nan ka retablisman lang ebre ann Izraèl—, sèke lang ak langaj yon kominote se yon kò vital, sètadi dinamik, ki kapab anime, fonksyone, vivifye e repwodui nan tout anviwònman ki kiltive l e ankouraje l.

Yon praksis militan pou defann e andjanmen lang ak kilti ayisyen an vin ankò pi enpòtan jounen jodia, apre dal destriksyon tranblemanndetè a—pèp la batize sou tinonjwèt « goudougoudou »—vin koze nan nonsèlman nan lavi moun ak kay moun e edifis piblik yo, men tou nan patrimwàn kiltirèl pèp ak nasyon an kote ou wè anpil sèk pwotestan (anpil nan yo ki enfliyanse ak remak rasis pastè Pat Robertson yo), vin denonse e kondane relijyon vodou ayisyen an kouwè l ta reskonsab pou kalamite ayisyen yo « paske yon fè yon pak ak Satan lè yo te pran endepansans yo ».

Akademi Ayisyen : Jefò pou yon nouvo epistèm

Yon Akademi Ayisyen, Leta ak sosyete sivil la ansanm ak gwoup aktivis kiltirèl ou sitwayen aktif pran angajman pou yo soutni, ka jwe yon wòl desizif nan jefò valorizasyon lang ayisyen an epitou nan jefò pou kreye yon nouvo epistèm ki ranvèse sistèm de valorizasyon ki koumanse depi sou lakoloni a e ki benefisye sèten klas sosyal e ki ankouraje lakay pèp la jakorepetisyon, rayisman pwòp tèt yo e asimilasyon absid ak yon sistèm lengwistik etranje ki zonbifye idantite palan ayisyen yo.

Se pou tout rezon sa yo, mwen rele pou tablisman yon nouvo epistèm, sètadi yon nouvo òddevalè, yon nouvo sistèmdepanse, sistèmdekwayans e sistèmdaji ki valorize pwodiksyon entelektyèl e atistik an lang ayisyen. Nouvo epistèm lan ap mete aksan sou kalite estetik zèv ki ekri ann ayisyen e degre seryozite travay la. L’ap bay bèl pri ekselans, ki glorifye otè ki eki bèl chelèn literè an lang ayisyen, e avili sa yo ki kreten ladann e ki pa respekte règ li yo.

Gen moun ki panse paske se lang ayisyen li ye tout bagay ka pase. Sa a se ansyen epistèm. Nouvo epistèm ayisyen an ap vin adopte menm kritè otantikasyon ak koreksyon ke tout lang etabli nan lemonn, dominan ou non, ki gen kritè ak sa ki bon eki pa bon nan itilizasyon lang lan. Tout bagay pa ka pase, paske konesans ak kominikasyon enplike yon entelektyalite ki ap benefisye de nyans ak sofistikasyon langaj.

Yon Akademi Ayisyen, si li pran yon praksis volontaris nan avansman lang ayisyen an (e ba li yon baz enstitisyonèl djanm), ka jwe yon wòl pozitif premye plan ki ap ede l tabli respektabilite, donk nòmalite, donk pwojeksyon alafwa sengilarite e inivèsalite li nan afimasyon idantite ayisyen an. Akoz de praksis volontaris pyonye kouwè Felix Morrisseau-Leroy, Frankétienne ak Yves Dejean, aseptabilite lang kreyòl ayisyen an koumanse antre nan reyalite òdinè klas entelektyèl ayisyen an, menmsi gen yon rezidyèl, yon ti kras, sitou nan konsèvatism elitis la e pami tiboujwa entelektyèl alyene yo, ki vle lite kont travay liberasyon lengwistik la, e ki wè li kou yon menas kont kontinyasyon estatiko (statu quo) dominasyon fransè a (ansanm ak anglè a) sou lang ayisyen an.

Kou nou di pi devan an, langaj pa inosan, nou ta ka di tou, lang, kilti ak konsepsyon yon fòs dominan pote avèk li pa inosan ; li ranfòse e konsolide tout lòt karakteristik fòs dominan an, keseswa sou plan ekonomik, militè, kiltirèl e entelektyèl.

Nou ka di tou, yon epistèm pa senpleman yon sistèmdekwayans e fonksyonnman sosyal e ideolojik yon lòt ka depase, li se tou yon sistèmdekwayans e fonksyonnman sosyal e ideolojik yon praksis volontaris segonde, ki si tèlman ankre nan sosyete a e nan sèvo sitwayen yo ke l vin otodetèmine e otokiltive jiska yon pwen ki fè l vin parèt kou yon segonn nati. Jounen jodia pèsonn pa ta ka panse lang fransè ak kilti fransè a pa ka lang ak kilti dominan nan pwòp peyi Lafrans. Sepandan sa te rive an Frans sou tan dominasyon women.

Tablisman yon Akademi Ayisyen ap patisipe nan jefò pou kreye nouvo epistèm lan, nan sans sa a Konstitisyon 1987 ayisyen an te fè yon bon chwa lè li te entegre tablisman yon Akademi Kreyòl Ayisyen kou yon objektif fondamantal nan koreksyon ak respè dwa pèp ayisyen e nasyon ayisyen an—chwa sa a endike Konstitisyon an byen konprann e anbrase karakteristik lengwistik e kiltirèl pèp la kou atou idantitè li dwe fyè de li.

Anplis, yon Akademi Ayisyen ka jwe yon wòl estimilatè konsiderab nan lefètke l demontre respè yon enstitisyon Leta genyen pou lang lan, epitou l ka ankouraje—e layite resous pou—, pwodiksyon entelektyèl nan lang ayisyen an, patikilyèman onivo ekriti ak enprimri, san retire pwodiksyon elektwonik oubyen nimerik (konmpuitè).

Epitou, yon Akademi ka se yon Depozwa oubyen Ogatwa kiltirèl, kote tout laye ekspresyon kiltirèl e lengwistik pèp ayisyen, patikilyèman pwodiksyon an lang ayisyen, ap vin jwenn refij pou branle e vivifye richès kiltirèl tout nasyon an. Yon Akademi tou, menmlè li pa ta defini estanda, sètadi nivo kalite aseptab, yon zèv entelektyèl ouswa atistik (yon fonksyon ki pa nesesèman pa bon menmsi li pa endispansab), li ka sitou ede nan pwodiksyon ekritoryèl e nan valorizasyon ideyèl lang ayisyen an.

Nou vle ensiste di tablisman yon Akademi Ayisyen ann Ayiti pa dwe nesesèman imite modèl Académie Française la, ki li te adopte pètinamman yon apwòch elitis e enperyalis sou langaj. Fò n pa bliye tou, alepòk Académie Française la te vin fòme (1634), deba nan douzyèm syèk ewopeyen an pami gwoup entelektyèl ki te konn li e ekri yo—prèt, ekriven, doktè, avoka, powèt, elatriye—ant sipòte pliralis/eteodoksi ak sipòtè santralizasyon / òtodoksi te deja deside anfavè òtodoksyen-santralizasyen yo (tcheke Richard Leo Enos).

Okontrè, nan jefò k’ap mennen koulye a pou alafwa estriktire e valorize lang ayisyen an, mwen sigjere pou fè lekontrè apwòch Académie Française la. Olyede yon apwòch esklizivis oubyen elitis kote nou seleksyone inikman travay yon ti gwoup privilejye nan klas entelektyèl la kòm sèl reprezantatif de kalite ak valè zèv Akademi Ayisyen an rekonèt, mwen prefere—e li ap pi bon—pou Akademi Ayisyen an adopte yon apwòch akimilatris oswa konplemantaris kote l’ap ede chèche, idantifye e rasanble zèv ki ekri nan lang ayisyen toupatou yo pwodui yo. Sèl kritè rejeksyon ta zèv fantezis, kreten, parese ki pa respekte minimòm entegralite lang ayisyen an ansanm ak minimòm desans entelektyèl.

Yon Akademi Ayisyen se yon enstriman enstitisyonèl osèvis de alafwa yon chwa ideyolojik, yon praksis volontaris ak yon angajman moral pou vansman valorizasyon ak nòmalizasyon, sètadi fonksyonnman maksimòm, yon lang istorikman klas dominan ak lelit entelektyèl yo (ki kontinye ret opouvwa jouk jounen jodia) konsidere kou enferyè e ilejitim.

Konklizyon

Youn nan rezilta enpòtan mwen ta renmen soti nan nannan Kolòk la, apa tablisman yon Akademi Lang Ayisyen ann Ayiti, se yon sòt de presyon, yon sòt de obligasyon enperatif pou ekriven ayisyen ekri tou ann ayisyen. Pou yo pa bezwen pou yo sèvi sèlman ak lang kolon an pou yo afime yon idantite kiltirèl e fè sikile yon kominikasyon ouswa refleksyon.

Nou dwe tou evite tout politik lengwistik demagojik ki ta vle fè tidifevole pou mennen yon lagè kont fransè ann Ayiti, yon pwendvi trè reduizif ki badijonnen pliske de syèk kilti ak literati ayisyen an lang fransè, yon eksperyans ki lese pou nou yon patrimwàn mèveye ki fè fyète Ayisyen. Okontrè yon vrè bilengism ann Ayiti, ki respekte prensip parite, sètadi trètman egalego ant de lang ayisyen yo, ap ede tou simayennasyon e ogmantasyon moun ki pale e ekri fransè.

Menmlè fason yon moun itilize yon lang kondisyone pa faktè itilizab kouwè bezwen nan yon sitiyasyon anpirik, paekzanp nesesite pou negosye yon tranzaksyon oubyen pou eksprime yon santiman, sosyete fè de lang tou lòt anplwa, kou paekzanp ann Ayiti kote langaj itilize kòm enstriman pou pwoteje e mentni yon sitiyasyon sosyo-ekonomik enjis ak yon sistèm politik opresif. Wi, langaj pa inosan.

Jounen jodi a li endispansab pou milye pwogresis ayisyen yo angaje yo nan travay pwomosyon ekriti nan lang ayisyen an. Plis yon ekriven ekri e pibliye nan lang kreyòl ayisyen a, se plis l’ap valorize lang lan e se plis l’ap ede l kreye yon epistèm valorizan e estandadizasyon kalitatif. Epistèm valorizan nan sans kreyòl ayisyen an vin tabli kòm referans lengwistik inivèsèl peyi Dayiti—kouwè lang fransè vin ye nan peyi Lafrans nan disetyèm syèk ewopeyen an. Pa estandadizasyon kalitatif nou vle di nan sans respè règleman gramatikal e ekritoryèl lang ayisyen san l pa limite ni tou andikape kreyativite entelektyèl, filozofik e atistik nan lang lan.

Yon endividi, yon pèp oubyen yon nasyon pa bezwen sèlman konfò ekonomik ak lòd sosyopolitik pou li santi l atenn potansyèl elevasyon ekzistansyèl li ; li bezwen tou atenn potansyèl ideyal li, sa l reve pou l ye e viv avèk amoupwòp pou sa li ye. Yon dominasyon politik pa konplè si li pa konplemante ak dominasyon entelektyèl ak kiltirèl. Pami fòs li te reyini pou envazyon Ejip la, Napoleon Bonaparte te met ladann anpil entelektyèl, pwofesè, filozòf ak savan, pou l te asire l konkèt la te konplè.

Si donk yon dominasyon konplè enplike yon opresyon kiltirèl, entelektyèl e lengwistik, li klè liberasyon nasyonal ayisyen an p ap konplè si li pa gen ladann liberasyon lengwistik e kiltirèl. Travay pou valorizasyon lang ayisyen an patisipe nan pwosesis liberasyon e devlopman tout peyi a.

Nòt

1. Tcheke Tontongi, « Sou langaj ak idantite », nan Critique de la froncophonie haïtienne, ed. l’Harmattan, Pari, Lafrans, 2007.

2. Tcheke Langage et connaissance, pa Adam Schaff, edisyon Anthropos, Pari, Lafrans, 1969.

3. Cf. Noam Chomsky, Language and Mind, site pa Fred Dallmayr nan Language and Politics, UNDP près, Lond, Angletè, 1984.

4. Tcheke Jean-Paul Sartre, L’Être et le Néant, ed. Gallimard, Pari, Lafrans, 1943.

5. Cf. Georges Gusdorf, Speaking (La Parole, 1953), site pa Fred Dallmayr nan Language and Politics, UNDP près, Lond, Angletè, 1984.

6. Natirèlman gen pwogrè ki fèt, patikilyèman nan medya oral yo, kote itilizasyon lang ayisyen an deplizanpli asepte kòm nòmal.

Bibliyografi

Adam Schaff, Langage et connaissance, Edisyon Anthropos, Pari, Lafrans, 1969.

Jean-Paul Sartre, L’Être et le Néant, Edisyon Gallimard, Pari, Lafrans, 1943.

Georges Gusdorf, Speaking (La Parole, 1953).

Fred Dallmayr, Language and Politics, UNDP près, Lond, Angletè, 1984.

Roland Barthes, Roland, Le bruissement de la langue, Edisyon Seuil, Pari, Frans, 1984.

Pierre Bourdieu, Pierre, Ce que parler veut dire, Edisyon Fayard, Pari, Frans, 1982.

Noam Chomsky, Rules and Representation, Edisyon Columbia University Press, Nouyòk, 1978; 2) Studies on Semantics in Generative Grammar, series Minor, 1971; 3) Aspects de la théorie syntaxique; Edisyon MIT Press, 1965, 4) Syntactic Structures, Hague, Edisyon Mouton, 1957.

Yves Dejean, « Créole, école, rationalité », Revi Chemins Critiques, 2002 / Revi Tanbou, 2002.

Frantz Fanon, Peau noire, masques blancs, Edisyon Seuil, Pari, Frans, 1952.

Michel Foucault, Les mots et les choses, Edisyon Gallimard, Pari, Frans, 1966.

Paulo Freire, La pédagogie des opprimés, suivi de Conscientisation et révolution, Edisyon Maspero, Pari, Frans, 1974.

Maximilien Laroche, La littérature haïtienne, Edisyon Leméac Inc., Ottawa, 1981 ; 2) Prensip marasa, Edisyon Grelca, Kebèk, Kanada, 2004.

Edward W. Said, Culture and Imperialism, Edisyon Alfred Knopf, Nouyòk, Etazini, 1993.

Richard Leo Enos, Oral and Written Communications, Edisyon Sage Publications, Kalifòni, Etazini 1990.

Andrew Robinson, The Story of Writing, Edisyon Thames and Hudson, Lond, Angletè, 1995.

Roy Harris and Talbot J. Taylor, Landmarks in Linguistic Thought Vol. I, Edisyon Routledge, Lond e Nouyòk, 1989.

Ou ka jwenn liv Ak Kolòk la Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? lakay Éditions de l’Université d’État d’Haïti: 18, rue Cheriez, HT 2115, Port-au-Prince, Haïti (tél. 22.27.79.49/50/54). Adrès sou Facebook: EdUEH: https://www.facebook.com/pages/Editions-de-lUniversite-dEtat-dHaiti-EdUEH/350165535000429?id=350165535000429&sk=info

—Tontongi Editè, Revi Tanbou

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com