Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm an kreyòl pa Emmanuel Védrine

Premye ak dènye

Personnages, acrylique sur toile —par Louisiane Lubin. Tirée de Haïti au toit de la Grande Arche, 1998.

Li te premye pitit Afrik
E kounyeya, yo konsidere l
Kòm dènye
An Amerik

Li te gen kat las yo nan men l.
Li te genyen premye fwa a
Se te yon sipriz pou ènmi l yo.

Kounyeya, y ap moke l
Paske yo te viktim yon lè
E yo sonje viktwa sa a ankò

Istwa inoubliyab sa a
Toujou ba l espwa
Malgre yo konsidere l
Kòm dènye
Se li k te premye.

Refleksyon sou Onz-Septanm

Yon kout chapo pou tout kretyen vivan
Ki te tonbe anba bal sanmanman,
Yon kout chapo pou fanm vanyan,
Yon kout chapo pou gason kanson
Ki te viktim de malveyan
Anba kout kouto
Nan Legliz Sen Jan Bosco.
Se yon dat enpòtan
Pou tout ayisyen konsekan
Pou fè yon refleksyon
Nou pa bliye san inosan ki te koule,
Nou sonje Brasa Wouj yo ki merite jije
E kondane.
Yo ka kraze brize,
Yo ka boule,
Yo ka touye pitit Bondye
Yo ka ponyade moun konsekan
Pou eseye fè lòt pantan
Men sa p ap sispann lit la vanse
Paske pèp souvren an p ap dòmi
Li la ap veye.

Reken yo kontinye ap fete

Reken yo kontinye ap fete
Pou frè m yo y ap manje
Kè yo kontan
Pou nouriti yo jwenn tout tan
Yo kontinye ap fete
Paske frè m yo kontinye ap vwayaje
Se pa vle yo vle
Men fò n gade nan ki sitiyasyon yo ye
Reken yo kontinye ap fete
Paske yo toujou jwenn manje
Yo konnen frè m yo
Pral Gwanntanamo
Yo pa janm di yon mo
Frè m yo kontinye ap pati
Paske yo pa gen peyi
Reken yo toujou jwenn manje
Paske frè m yo toujou ap deplase
Reken yo toujou jwenn lanouriti
Paske frè m yo kontinye ap mouri
Reken yo kontinye ap fete
Pou frè m yo y ap manje

Te kwè nou tout se Ayisyen

Lòt pòsyon gonfle
Genyen ki gonfle chak jou
Gen lòt k al dòmi grangou
Ou mal bat kat la
Ou kenbe tout bon zèl yo
Rebat li pou mwen
Mwen pa nan koken
Brase chodyè a
L ap bouyi yon sèl bò
Separe manje a
Separe l ankò
Yon pòsyon pa jwenn.
Nou tout se frè ak sè
Ann eseye viv an pè
Pa pete m
Sispann blofe m
Ann pale
Ann diskite
Nou tout fèt menm kote
Ann chita pou n pale.
Gade m ap penpenyen
Epi n ap byen mennen
N ap manje van plen
Epi m ap mouri lafen
N ap avanse
Epi m ap rekile
N ap naje
Epi m ap koule
Te kwè se frè ak sè nou ye
Te kwè nout tout se Ayisyen.

Trantan anprizone

Tantan anprizone
Abraham di sètase
Frè m yo, pa dekouraje
Lè ou sonnen
Pou kase chenn sa yo ki te mare
Ou tout kote
Konbyen ou soufri!
Konbyen ou lite!
Pa dezespere!
Lè delivrans lan sonnen,
Priyè ou ekzose:
Soti nan yon kacho
Byen cho.

Pòv k ap mande nan Pòtoprens

Yo bò Koridò Marengwen
W ap wè pòv yo nan tout rakwen
W ap wè yo nan zòn Bwavèna
Si w al Mache Anba, yo la

Yo grangou, yo bezwen manje
Se rezon ki fè yap mande
Ak yon ti kwi kenbe nan men
Y ap mande moun tout lajounen.

Fanm Ayiti

(akostich pou fanm lakay)
Fanm Ayiti ap fè dal mèvèy depi lè
Amerik panteko anba grif atoufè
Nou dwe bat anpil bravo pou Fanm brav sa yo,
Merit pou tout rezistans dyanm Fanm Kreyòl yo

Anakawona, ou menm Rèn brav Kiskeya,
Yanvalou pa ta sifi pou danse pou ou
Imaj pozitif bravou ou sèvi miwa
Tyovi Ayiti Cheri pou gade lespwa
Istwa d Ayiti ap toujou nonmen non ou

—Emmanuel Védrine (tire de Kri pou liberasyon, 2008)

Powèm pa Jean Dany Joachim

Demokrasi

Si w vle kwè m, kwè m
Se bon pawòl wi
Veye zo w ak demokrasi tande
Yo di se yon plant ki dwòl
Li voye pye l jan l vle
Si w pran simen grenn ni toupatou
Nan jaden ak teritwa depase lizyè w
Li ka pran pyafe poukont li
Detire bra l byen long
Tankou zèl gwo zwazo,
Enpi fofile rasin ni anba tè
Janbe pakèt rivyè ak lanmè
Al leve jouk nan ziltik
Pou fè zanmitay ak lòt kalite moun
Ki gen pwòp pawòl pa yo
Gendefwa tou li donnen lòt plant
Ki bay lòt kalite grenn pou simaye
Veye zo w ak demokrasi tande
Se bon pawòl wi!

Chen Plenn (ekstrè)

Yon makòn kamyonèt devandèyè k ap kouri toupatou
Kamyonèt k ap kouri dèyè lalin pou pantan sou sosyete chen plenn
Chen plenn nan kanbiz pèlen chwal malentespri
Kamyonèt san pòt, san limyè, van pran lwen mennen pre
Kamyonèt k ap koute dèyè pòt
Kamyonèt fanmasi kouto de bò
Kamyonèt trip chen plenn
Makòn chen detounen ki tounen kamyonèt k ap jape depaman
Kamyonèt foskouch tètsankò kap ouke malkadi
pou dyoke tretman ginen
Kamyonèt chalan machin lanmò
Yon flonn kamyonèt nan fetay, repozwa fil zarenyen
Ki tounen pèlen pou kraze kay chen plenn de pye long
Kamyonèt k ap fè chen plenn filalang zoboukechen
Kamyonèt malè pandye sou tèt tout chen
Chen plenn
Chen k sou wout plenn
Chen plenn anba chal
Kamyonèt ki bouske dèyè tèt mòn k ap veye chen plenn
Chen plenn k ap kouri devan kamyonèt taptap
ki anbreye sou woulib lanmò
Gen yon pakèt kamyonèt avòtman chen plenn k ap kondi
eskwad kamyonèt taptap al kraze latriye chen plenn de pye long
Gen anpil chen plenn ki tounen kamyonèt taptap anba kòd
Lò yo kòmanse chanje plim dèyè bawo
Yo fin pèdi tout jap yo
Jou ap pase, jou leve nan fènwa
Yo blije vann sèvèl yo
Yo tounen kamyonèt taptap k ap mache pwazonnen
nich tout lòt chen plenn
Gen lòt chen plen ki konn tounen kamyonèt
nan woulib kamyonèt taptap
Chen sa yo konn tout degenn chen plenn
Lò se sezon malè, kouman yo jouke bwa tankou poul
Kouman yo naje tankou kanna
Kouman yo fè lakilbit pou evite frap kamyonèt taptap
ki tounen chalan k ap charye chen plenn
Ou poko janm pantan babpoubab
ak sosyete kamyonèt taptap k ap pare anbiskad?
Ou poko janm tande bri bòt yo klap klo klap klop
k ap kraze somèy lannwit, detounen rèv timoun pedevi k ap pise sou nat?
Wa di se malfini k ap veye nich poul
Yo ba w yon gouyad yanvalou makònen ak pyanga
Pou neye bri souf yo nan rèv tout chen plenn
Yo sige kou zèklè k ap chache tras lakansyèl
Se pa nòmal pou kamyonèt taptap melanje ak chen plenn
Se pa nòmal pou kamyonèt tap ap melanje ak chen plenn…

(1988)

—Jean Dany Joachim

Powèm pa Edner Sait-Amour

Transandan

Chak fwa ou bay Bondye yon fas
grenn je mwen wè grimas
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
2
Chak fwa ou bay Bondye yon vizaj
mwen wè yon grimas san lizay
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kaze fenèt kraze pòt
3
Chak fwa ou bay Bondye yon pòtrè
mwen wè sendenden kap trase vèvè
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
4
Chak fwa ou bay Bondye yon imaj
mwen wè yon grimas san lizay
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
5
chak fwa ou bay Bondye yon figi
mwen wè aktè kap jwe komedi
ki fè mwen tounen ti milèt pòt
voye kout pat kraze fènet kraze pòt
6
Lwa kou Bondye se yon lespri
filozofi di lespri pa gen figi
Bondye se pa yon bagay ki gen mezi
se limyè lespri ki konprann lespri
6
Chak fwa ou fè mwen sonje koulè po
lespri santi li fèmen nan kacho
mwen se moun ki gen lespri
ki rive bout jouk nan lenfini
7
Chak fwa ou fè mwen wè koulè po
ou fè mwen santi mwen nan gueto
mwen genyen lespri pou konprann
konprann tout bagay ki transandan
8
Chak fwa ou tabli diferans koulè po
mwen wè komedi jwet lagolago
mwen gen yen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
9
Chak fwa ou mete aksan sou koulè po
ou fè mwen santi mwen se zonbi nigo
mwen genyen lespri pou konprann
konpranntout bagay ki transandan
10
Chak fwa mwen wè baryè koulè po
mwen wè limit andedan fon sèvo
mwen gen yen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
11
Chak fwa mwen wè limit koulè po
mwen wè tèt sèvo nan recho
mwen genyen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
12
Nan moun mwen wè
limanite
Nan moun mwen wè
valè
13
Nan moun mwen wè
lemond
Nan moun mwen wè
kòsmòs
14
Nan moun mwen wè
fratènité
Nan moun mwen wè
linite
15
Sajès filozofi di: Bondye pa gen figi
Zòt ki pèdi nan kwayans di: sa se foli
Sajès filozofi di: lougarou djab pa egziste
zòt ki kwè nan mit di: tafya kap pale
16
Toujou yon milyon kesyon
ki toujou genyen de repons:
Mit tradisyon fè moun kwè nan Orezon
Sajès filozofi fè moun kwè nan rezon

Bonè

Bonè se yon eta lespri
ki mache ak yon filozofi
ki prezan nan tout sa nap fè
san nou pa tonbe nan leksè
2
Bonè chita nan grenn je
ki wè lavi nan bon kote
feblès kalamite detrès
yon pasaj nan rout sajès
3
Bonè se yon santiman konfò
kifè moun toujou vin pi fò
kòd zantray chaje trankilite
kap naje nan yon basen sekirite
4
Bonè se yon reyalizasyon
ki rete chita nan zaksyon
akonplisman osinon denouman reyisi
ki mache ak pròp eta nanm ak lespri

Pòtrè bonè

Nan zanviron bonè
Nou santi bonè
nou tande bonè
nou manyen bonè
nou konnen bonè
2
Nan kout refleksyon vizyon
nan kòd zantray santiman
nan zaksyon reyalizasyon
nan chenn volonte desizyon
3
Nan fè zèv lacharite
nan fè zaksyon imanitè
nan jefò bonsamariten
nan kout men ede zanmi
4
Nan fratènite akolad
nan amoni tètansanm
nan respè youn pou lòt
nan chaje lide pou wè pi klè
5
Nan rimolin rivyè kap desann
nan grenn zetwal kap klere nan syèl
nan bèl solèy kap leve devanjou
nan boul lalin kap vwayaje lannwit
6
Nan zeklè kap griyen grenn je
nan jaden flè nan sezon prentan
nan lodè flè kap salye lanati
nan vwa tizwazo kap chante

Timoun yo

Nou tande vwa yo
nou tande rèl yo
nou tande bri yo
nou tande kri yo
2
Timoun nan Lazi
timoun nan Lafrik
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
3
Timoun Ayiti
Timoun Etyopi
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
4
Timoun nan Dafou
Timoun nan Perou
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
5
Timoun Guatemala
timoun Ouganda
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
6
Timoun tout peyi
sou latè beni
timoun nan lapenn
timoun nan chagren
7
Tande vwa yo
Tande rèl yo
Tande bri yo
tande kri yo

(me 2006)

Ansanm Lespwa

Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Leta
Leta ba li koudeta
2
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Boujwa
boujwa vann li nan mache
3
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Lamas
Lamas rele li kaptenn grimas
4
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Legliz
Legliz di se kwayans satan betiz
5
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men solda
solda arete li maspinen l nan bouda
6
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Jozafa
Jozafa ba li yon pakala
7
Mwen mache chèche moso lespwa
pou pran devan fè pa nago pa kita
Lespwa sove tonbe nan men Mata
Mata twaze li derotanba
8
Ayisyen, aprann kole tèt nou ansanm
anpil mizisyen men yon sèl ansanm
Konsa lespwa va sispann fè zonbi
kap mache kouri nan tout lari
9
Ayisyen, aprann kole tèt nou ansanm
anpil mizisyen men yon sèl ansanm
Konsa lespwa va jwenn kay pou li rete
konsa lespwa va jwenn kote pou li repoze

Kote lespwa rete

Lè mwen pa fè jefò rete san fè anyen
chita grate santi toutlasentjounen
bay blag ribanbèl kalewès banbile
ou rele mwen mèt pareze
2
Lè mwen bat dlo pou fè bè
travay di pou fè lajan
travay jodi, demen vini grannèg
ou rele mwen arivisgrandan
3
Kèlkeswa sa mwen fè pou linite
gita nou pa janm rive akòde.
Ou kwè nan pase ki bay lespwa
mwen kwè nan lavni ki pote lespwa
4
Grangrangran papa w se te minis
ki tap travay nan ministè lajistis
vye papa m se te abitan gwo zòtèy
ki tap siye blanch pou fè sèkèy
5
Kèlkeswa sa mwen fè pou linite
gita nou pa janm rive akòde.
Ou kwè nan pase ki bay lespwa
mwen kwè nan lavni ki pote lespwa
6
Ou kwè nan patrimwàn eritaj zanzèt
mwen kwè nan kout pikwa kout manchèt
ou kwè nan lòd mit senbòl lonè
mwen kwè nan mouvman pwogrè
7
Kèlkeswa sa mwen fè pou linite
gita nou pa janm rive akòde.
Ou kwè nan pase ki bay lespwa
mwen kwè nan lavni ki pote lespwa
8
Ayisyen, aprann kole tèt nou ansanm
anpil mizisyen men yon sèl ansanm
Konsa lespwa va tounen yon reyalite
kote kwayans ka dòmi tèt repoze

Kote lespwa ye

Ou te ban mwen lespwa
fè konnen lapli prale tonbe
mwen te rete tann kou jaden pwa
sezon lapli tounen sezon sèk lete
2
Ou te ban mwen lespwa
fè konnen larivyè prale desann
mwen te rete tann kou pye nwa
larivyè teri, menm tè tape fann
3
Ou te ban mwen lespwa
fè konnen rigòl prale anvayi
mwen te rete tann kou pye zaboka
lapli pat tonbe, menm zèb te mouri
4
Ou te ban mwen lespwa
fè konnen prale gen tanpèt rimolin
mwen te rete tann kou pye zakasya
solèy boukannen menm pwason nan ravin
5
Lespwa ap viv nan lekzil
mwen pa konnen nan ki vil
Lespwa ap viv nan prizon
mwen pa konnen nan ki kanton
6
Moso lespwa moso lavi
moso lespwa moso lavni
an nou tout fouye chèche
pou jwenn kote lespwa kache

Lespwa

Lè ou souri ban mwen
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni

Lè ou lonje lanmen ban mwen
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
2
Lè ou ban mwen akolad
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
3
Lè abitan fè konbit plante diri
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
4
Lè gen travay di siye syè nan fron
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
5
Lè machann sara ap vann nan mache
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
6
Lè entrepriz envesti kreye travay
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
7
Lè leta mete lôd bay lajistis
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
8
Lè gouvènman pran pouvwa san malis
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni
9
Lè moun mete soysyete nan mouvman
solèy lespwa klere
mwen wè lavi
mwen wè lavni

Lespwa yo

Lespwa pou pitit grandèt
chita sou eritaj gran zanzèt
Lespwa pou pitit sòyèt
chita nan voye kout ponyèt
2
Eritaj zanzèt frape pòt ekonomik
Eritaj zanzèt frape pòt politik
Grandèt louvri pouvwa pou grandèt
Grandèt louvri pòt lespwa pou grandèt
3
Eritaj zanzèt
pouvwa grandèt
lespwa grandèt
se konsa li fèt
4
Sòyèt kanpe nan touse ponyèt
voye kout ou voye kout manchèt
touse ponyèt pou bat dlo fè bè
touse ponyèt pou moute chodyè
5
touse ponyèt pou fè demwatye
touse ponyèt pou koupe tare
touse ponyèt pou fè konbit
touse ponyèt bouyi dlo nan mamit
6
touse ponyèt pou rekòl agrikòl
touse ponyèt voye timoun lekòl
touse ponyèt
konbit sòyèt
lespwa sòyèt
konsa li ye nèt

(jwen 2006)

—Edner Sait-Amour

Powèm pa Roberto Strongman

Rèv Latousen

M’ap leve senyen
Komsi koray lanmè dechire mwen
Ou fé kabann mwen rèd
Depi jou ou koumansé pran dan a mwen
M pa gen lapè

M’ale chache kote ou dòmi pandan lajounen
M’ale jwen kibo ou kite lapo’w chak swa
M pral met lasel anndan vye rad ou
M ta renmen wè ou sèch nèt
Kisa w’ap fè lè w wè mwen anndann lapo’w?
Eske ou prale koche m tankou kabrit?

Ou pa vle di m kote ou rete
gwozanj ou mouye
Ou pale ak yon aksan panyòl
Mwen rekonèt ou soti lwen zile nou an
Nan lot bò lanmè kontinan

Ou kriye lè ou rele mwen “yich”
Zo m yon kote, kè m yon lot koté
Ou vann manman w pou yon bèl kòb
Pou li ale fè travay nan peyi blan an
Depi mwen pati nan bato ou bliye m

Fè m yon ti punch
Mannyè mwen toujou renmen
Wom kakao, miskad
Kannèl, vaniy ak sik ou sywo myèl
Rele mwen lè ou bwe tas la
M’ap vini tou dous pou wè bèl figi w
M pa kab fè w pé

Lè m dòmi aswè a
M’ap sonje leve bonè pou suiv ou
Anba dlo jiska lakay ou
M’ale aprann non ou
Lè m’ap vése bweson w
nan wòch simityè

—Roberto Strongman, PhD

Powèm pa Melissa Beauvery

Pye Famn

Pye Fanm
Toujou bay wout pousyè karès
Byen bonè
Anvan jou ta fè frekan
Pou l parèt
Avan solèy la ta sou moun pou zongle l
Ala jounen san wont O!
Malgre sa ou wè pye fanm ap pran poz
Li pa ko pran desepsyon

Chemiz dechire
Fè zepòl bay cho
San l pa vle
Pou wè tout zo kap fè jefò pou yo kenbe la
Menm chemiz la fatige
Li pran trop kout batwèl
Menm swe li paka kenbe ankò

Malgre sa tay toujou byen mare
Tout koulè ap bay fòs!
Pou anpeche dezòd
Pou kenbe jip pa bon
Men ki tro gwo

Ala karès
Tè pousyè pran
Se pat ti karès pye fanm bay
Zago pa chich non!

Malgre gen wòch ki pete sapat
Malgre gen zenglen vè ki chire do pye
Malgre gen bèt mouri nan lari kaye at kras san
L ap toujou jwenn karès
Ou wè yon lavi?

Tankou zepòl ki tou zo
Se pa vle pye famn vle bay karès la non
Dayé pye fanm pa janm masaje

Se chwa li pa genyen
Se jwenn li jwenn wout yo konsa
Depi sou manman manman
Pye fanm ap bay move wout karès!
Pito toujou gen karès olye gen goumen
Pito gen espwa pou wout la chanje

(Oktòb 2007)

Tonton Nwèl

Kote w kache konsa?
Mwen fè plis pase 200 lane ap chèche w, wi!
Malgre sa ou pa janm met lèpye
Men m poko dekouraje non,
E m pap janm bay vag

Tonton Nwèl,
Tanpri souple, lave figi mizè m nan non
Tonton Nwèl,
Ranje zo do reyalite ki vle manje m nan non,
Pou kontantman sispann fè m lasisin

M ap soupliye w,
Tonton Nwèl!
Kwape grangou nan lestomak mwen souple
Se pa dat m ap chèche Papa Bondye,
men sanble l two okipe

Tonton Nwèl
Ankò, m ap mande w kote w kache konsa?
M ap tann ou, wi, lane sila
yon lòt dènye fwa
M ap tann ou pote kado libète
Ou sere pou mwen anba kazak lespwa

Demen m yo ap pote souri anba moumou lajwa
Nwèl mwen yo ap pote libète

(Desanm 2007)

—Melissa Beauvery

Home Page • Table of Contents • Send your writings and your letters to: Editors@tanbou.com