Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Gwo Dokiman sou Orijin Sida!

—pa Fritz Dossous

Doktè Gilbert ak Worobey apre manifestasyon nou te fè toupatou Ozetazini pou te fòse CDC (Centers for Disease Control) retire non nou ofisyèlman nan epidemi 4H la, remakònen, remare Afriken ak tout desandan Afriken avè l ankò ane sa, espesyalman Ayisyen.

Tout ipotèz mesye sa yo baze, chita sou viris Sida yo te jwenn nan 5 grenn Ayisyen nan Miami nan lane 1982–1983. Savan sa yo pa bay lòt enfòmasyon ditou, ditou. Esepte 5 Ayisyen sa yo te antre nan peyi Etazini apre 1975. Savan yo sispèk 5 moun sa yo te pran Sida nan lane 1981. Kidonk, anvan yo te debake Ozetazini. Men gen kesyon savan yo pa ka reponn. Eske 5 Ayisyen sa yo te ale nan lòt State nan Etazini? Eske yo te konn fè bagay ak fanm meriken oubyen gason meriken lan peyi Dayiti? Kouman yo te fè simen jèm Sida Ozetazini? Savan yo rete bèbè. Kidonk, y’ap peche pwason nan dlo twoub. Y’ap naje nan yon oseyan fiksyon. Y’ap maske rasis yo dèyè yon miray syantifik. Men, vijilans Ayisyen solid, vrè pititpitit Jan Jak Desalin, gentan demaske yo. Paske yo pa janm etidye jèm Sida an Ayiti. Yo janm met pwent pye la pou yon ti rechèch syantifik.

Lè m tap ekri pyèsteyat Ajipopo an 1988, yon pyèsteyat ki te ekri pou ede moun pwoteje tèt yo kont Sida, mwen te li yon dokimantè kanadyen ki te rapòte kouman Sida te parèt nan Kazino, Ayiti. Rich touris Meriken masi-gwelay, ki nan sodomimi te rantre Ayiti al pran piyay sou timoun ki nan mizè, jenn moun ak granmoun zafè pa bon. Se te lan fen ane gouvènman Baby Doc la. Eben, se konsa dokimantè kanadyen di viris Sida te jwenn viza pou peyi Dayiti.

M’ voye jete a tout fòs mwen nan fon lanmè sa swadizan rechèchè yo sispèk la. «Rechèchè yo sispèk yon Ayisyen yo pa konn non, gen maladi Sida, debake nan yon gwo vil tankou Miami oubyen New York. Epi li simaye, simen jèm Sida a toupatou. Eben Ayisyen sa genlè se te Don Juan ki resisite. Se yon awozwa Ayisyen sa genlè te pote. Jèm sa flannen pandan plizyè ane Ozetazini, epi apre li pati pou lòt nasyon yo». Bondye bòpè m! Nou wè byen se ensten rasis savan yo kap deblatere. Si nou konn suiv radio ak televizyon meriken fò nou konn tande animatè yo ap di se kote ki pòv, kote mizè ap bat bravo, jwe jon sou tèt malere Sida pran piyay. Kòm Ayiti pote renome peyi ki pi pòv lan emisfè a, savan yo lage pwa senkant Sida sou do li. Aaa yo mechan! Fò nou pa chita bra kwaze. Se pou nou ouvè gagann tout lajè rele anmweeeeee! Yon kretyen vivan kap wonfle, dòmi nan inaksyon lè yo atake, chifonnen fyète li ap reveye nan mitan yon simityè.

Moun fèt pou konnen, piblik meriken sitou savan Ewopeyen yo te enfekte anpil, anpil Afriken ak vaksen polio melanje ak ren chenpanze ki malad. Chenpanze se yon animal ki sanble ak moun. Gen anpil lank ki koule sou kòz ak orijin HIV ak AIDS. Men sa Edward Hooper di nou sou kesyon an:

Pandan ane 90 yo, Edward Hooper yon jounalis Angle te ale ann Afrik. Misye te fini pa dekouvri se pa Papa Bondye ki bay Sida. Pou misye, Sida se èv moun. Li te entèvyouye anpil, anpil moun. Li te ranmase, kolekte anpil, anpil dokiman pou kore teori li a.

An 1999 li te pibliye yon liv ki rele «The River: Ou Yon Jounen pou nou voye je annayè sou Sous HIV ak AIDS». Misye pat ezite kritike kominote ki rele tèt yo kominote syentifik. Hooper rive konekte tout kote yo te bay vaksen Dr. Koprowski a lè yo te dekouvri premye ka Sida yo. Li te rive moutre espas jeografik, tout kote yo te bay vaksen sa.

Nan liv li a, Edward Hooper avanse «Premye ka Sida yo rive nan Afrik Santral, nan menm rejyon yo te bay pase milyon moun vaksen Dr. Koprowski a de 1957 a 1960. Misye di, Hooper kap pale toujou «se la viris chenpanze ki te malad rantre nan kò kretyen vivan».

Hooper ajoute: «Yo te pran ren chenpanze ki te soufri yon maladi ki rele SIV pou mete, brase ak polio vaksen pandan kanpay vaksinasyon Dr. Koprowski a nan ane 1950 yo.»

Nan liv la, Hooper bay evidans. Hooper moutre sa ki te rive 400 chenpanze yo te trennen nan Camp Lindi. Sou lòd Dr. Koprowski, yo te asasinen chenpanze sa yo nan espas 2 zan sèlman.

Christopher Bayelo ki te responsab chenpanze yo nan Camp Lindi, afime, di Hooper menm Dr. Paul Osterrieth ki te nan tèt viwoloji lab la te konn kolekte, retire ògan chenpanze ki nan kan an. Joseph Limbaya, yon enfimye nan kan an sonje yo konn pase l lòd pou li asasinen 2 ou 3 chenpanze pa jou. Joseph Limbaya kontinye pou li di «li retire toule 2 ren chak chenpanze li te asasinen».

Travayè nan Kan Lindi afime gen nan zannimo yo travayè nan Kan an retire ren yo pandan yo tou VIVAN. Mezanmi tande yon mechanste! Hooper ajoute, sa fèt paske Dr. Koprowski te bezwen kolekte tisu vivan («tissus vivants») pou vaksen polio a. Se nan Stanleyville ansyen Kongo Bèlj yo te asasinen chenpanze yo pou benefisye vaksen polio a. Men, Hilary Koprowski di se pa vre!!!!

Byen anvan Pierre Doupagne, chef teknisyen nan laboratwa Stanleyville la aksepte, di Edward Hooper li te konn fè tisu esteril ak chenpanze pou Dr. Paul Osterrieth. Edward Hooper ajoute, moun ki te gen otorite, ki te gen pouvwa pou li sipèvize tout travay ekzekrab sa yo, se te Dr. Koprowski. Si li pat apwouve sa. Sa pa tap janm ka fèt.

Yon gwo evolisyonè biolojis, Dr. Bill Ham-ilton, di teori Hooper gen gwo merit. Nan yon entèvyou avèk CNN li te esplike poukisa li nesesè pou yo gade teori Hooper ak anpil, anpil enterè. Bill Hamilton kontinye: «Se pa sèlman orijin AIDS ki parèt nan teori Hooper a. Men, enkonduit lasyans nan ipotèz li yo ki an kesyon tou. Mwen pap ekzajere, Hamilton kap pale toujou si m dekri ipotèz sa yo kòm medical syans ki pi move, kòm ipotèz ki pi lèd.» Dr. Hamilton mande The Royal Society of Scientists nan London pou yo fè yon deba sou orijin AIDS. Malaria touye Dr. Hamilton lan mwa mas 2000. Se te pi gwo evolisyonè biolojis apre Darwin.

Nan mwa septanm 2000, tout gwo espesyalis nan lemond sou Sida te reyini nan Lond pou yon konferans sou orijin Sida. Konferans sa a te organize pou te bay Edward Hooper yon chans pou li te prezante sa li te jwenn, bay kominote syantifik la evidans teori li a kòrèk. Oo! Konplo! Konplo kont teori Edward Hooper la! Depi nan derapman konferans la yap kalonnen teori misye a. Yap choute sou misye tribò babò. Briskeman gen yon sipriz anonsman. Yo jwenn yon echantiyon, yon espesimenn vaksen Dr. Koprowaki epi yo teste li. Yo pa jwenn ni tras AIDS, ni tras SIV ou DNA chenpanze ladan l.

Konplotay saa te pote yon gwo kou a teori Hooper a ki te moutre klè kou kristal koneksyon Hiv ak SIV viris ki te soti nan chenpanze ki malad yo. Men pita, Hooper fè konnen yo jwenn echantiyon vaksen Koprowski a sere Ozetazini. Li pat janm itilize nan Kongo epi nan tan saa, pat gen vaksen konsa.

Nan lane 2003, Michael Worobey youn nan swadizan syentis ki lage Sida sou do desandan Afriken, espesyalman Ayisyen, te ale nan Kongo pou kontinye travay Dr. Hamilton tap eseye antreprann anvan li mouri. Worobey pibliye nan yon Jounal Syentifik, avril 2004, pa gen okenn koneksyon ant SIV ki soti nan chenpanze bò Stanleyville yo ak HIV. Sa vle di Kominote Syantifik la met yon pwen final nan teori Hooper la. Pa si vit!

Kòm repons, Edward Hooper di chenpanze yo te itilize nan Camp Lindi yo soti nan yon pi laj sifas jeografi pase kote Worobey fè esperimantasyon li a. Kidonk, savan yo pa ka frennen, pa ka pretann yo fini ak teori Hooper la. Jounalis Hooper gen plan pou li pibliye yon liv ane saa pou sipòte teori li a ki konvenki HIV soti nan SIV yon viris chenpanze ki malad. Nap tann!

Anvan Dr. Hamilton mouri li te ale nan Kongo Bèlj pou li kolekte poupou chenpanze. Li te bezwen konnen si chenpanze a te genyen tras SIV ki konekte ak HIV. Misye panse si yo te fè sa, li tap sipòte tèt kale teori Edward Hooper la.

—Fritz Dossous

Referans yo:

Origin of AIDS, Canadian Broadcasting Channel Documentary: www.cbc.ca/documentaries/originosaids/hooper.html

Ezili Dantò Note, Oct. 31, 2007: A new attack on people of African descent, particularly Haitians, as “diseased” people; http://news.bbc.co.uk/2/hl/health/7068574.stm

BBC News: Key HIV strain came from Haiti, by Neil Bowdler, Science reporter, BBC News

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com