Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Hiver 2008

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Jak Roumen e lang kreyòl: Li t’ap ekri l plis sil te viv pi lontan

—pa Tontongi

E

sè sila a baze sou yon sipozisyon, yon enferans ak yon konklizyon sou yon seri bagay ki yomenm tou sikonstansyèl osijè lavi yon moun ki te ekziste tout bon e ki mouri nan flèdaj li. Sepandan, si li pa fasil pou w detèmine evolisyon ideolojik yon endividi nan yon seri kondisyon e sitiyasyon sosyopilitik objektif, li pa two difisil pou w prevwa kontinwite santiman li apati de sa limenm li di e fè, apati de tandans li. Se sa ki fè m’al eseye konprann tandans Jak Roumen parapò avèk lang e pwoblematik kreyòl la, apati de nonsèlman zèv literè li, men tou apati de praksis endividyèl li.

Jacques Roumain

Nan yon liv mwen ki fèk soti kay l’Harmattan, Critique de la francophonie haïtienne, mwen kritike ekriven mouvman endijenis e pòs-endijenis yo pou lefètke yo pat ekri tou an kreyòl. E menmlè ekriven sa yo (pami yo Roumen, Filip Tobi-Maslen, Emil Roumè, Kal Bouwa, Maglwa Sentod, elatriye) te revandike otantisite sous afriken kilti ayisyen an e mande pou valorize li, preske yo tout te kontinye ap ekri inikman an franse, antouka tout zèv pibliye yo te preske tout ekri an franse. Kouwè m di nan liv la sou sijè a: «Paekzank Jak Roumen, Jak Estefèn Aleksi ak Rene Depès, twa pi gran nan pi gran ekriven ayisyen yo, ki chak nan yo ekri yon zèv admirab anba tèm liberasyon sosyopolitik e kiltirèl ann Ayiti, men ki pa rann yo kont liberasyon an pap ka total-kapital sil pa genyen tou valorizasyon lang kreyòl la menm jan l valorize kilti zansèt afriken yo, ke yo tout selebre e ke yo konsidere, kòm sadwa, tankou afimasyon otantisite idantite Ayisyen yo.» Sepandan, san restitisyon kreyòl la nan wòl santral li nan sosyete a, idantite a toujou rete yon idantite an mawonnaj.

Malgre ekzistans yon tradisyon ekriti kreyòl ki date depi sou koloni franse (kouwè paekzanp tèks chanson Lisette quitté la plaine, Duvivier de la Mahautière, yon kolon frankofòn, te ekri vè zòn ane 1757, oubyen tou premye sèn nan pyès teyat Juste Chanlatte ekri an 1818 L’Entrée du Roi en sa capitale en janvier 1818, oubyen ankò Cric? Crac!, yon tradiksyon kreyòl fab La Fontaine Georges Sylvain sòti an 1901, an pasan pa Choucoune, yon long powèm lirik kreyòl Oswald Durand pibliye en 1896), wi, malgre tout pratik ekritirèl sila yo, ekriven nan tan Jak Roumen yo (e malerezman jouk jounen jodia) te toujou konsidere kreyòl la tankou yon «patwa», yon langaj woywoy ou pat ka ekri bagay serye ladan l men ou ka itilize tankou yon matyè premyè oubyen tankou yon efè fòlklorik nan ekriti bèl chedèv-chelèn liv franse.

Sepandan, lè m etidye jan Roumen ekri Gouverneurs de la rosée, patikilyèman langaj kreyolize li itilize nan estrikti naratif ak nan dyalòg woman an, epitou lè nou plase Roumen nan kontèks tan l tap viv la, e nan kontèks sa li te fè e sa li te kwè ladan l, kou paekzanp opozisyon li kont kanpay pèsekisyon Legliz Katolik kont relijyon vodou a, mwen dedui Roumen tap vin evantyèlman adopte ekriti kreyòl (yon kreyòl ekri poukont tèt pa l, nan otonomi li), ansanm avèk ekriti franse sil te viv pi lontan.

Genyen tou anpil lòt eleman sikonstansyèl ki sipòte dediksyon mwen fè a lè mwen di Jak Roumen tap ekri an kreyòl tou sil te viv pi lontan, kouwè paekzanp pozisyon favorab pati kominis la, patikilyèman Christian Beaulieu, kolaboratè Roumen nan L’Analyse schématique 1932–1934, ki prekonize alfabetizasyon an kreyòl nan sen pèp la. Genyen tou powèm Roumen te ekri antyèman an kreyòl, tankou «M’allé la riviè», li te ekri pandan l te prizonye nan Pénitencier National an novanm 1935 (Tcheke sou sa liv Léon-François Hoffmann lan Jacques Roumain: Oeuvres complètes, 2003).

Natirèlman, pi gwo endikasyon Roumen te gen tandans pou l ekri an kreyòl, antouka tandans pou l favorize ekriti lang kreyòl la, se fason li ekri Gouverneurs de la rosée, ki te kontrè de pratik anvan yo kouwè pratik «relasyon entèlang», yo vin rele pita «encrustation» an, sètadi anplwaye bout fraz kreyòl «en filigrane» nan ekri bèl chelèn chedèv franse. Fò n raple nou Roumen fini ekri Gouverneurs de la rosée sèlman 42 jou anvan li mouri, e liv la te vin pibliye apre lanmò li. Nou pa gen ankenn dout Roumen tap vin rive keksyone rapò de pouvwa ki gen ant kreyòl e franse a, e nesesite pou konfronte kontinuasyon enferyorizasyon lang kreyòl ak kilti kreyòl pa klas dominan yo, nan sans yon pèspektiv pou chanjman.

Mwen pa dakò avèk kritik kouwè Pradel Pompilus oubyen Alessandro Costantini ki sijere ke Roumen ta vle kreye yon «nouvo langaj» palefètke li itilize e melanje fraz, mo, espresyon, chanson e menm sentaks kreyòl nan yon liv franse (GDLR). E kritik sa yo pran kòm ekzanp jan Roumen manye «incrustation» ak makonnaj filannaj kreyòl nan franse nan Gouverneurs de la rosée. Anfèt, anpil disip Roumen te adopte pwendevi sa a, kòmkwa pou yo montre se sa Roumen te vle fè tou.

Mwen montre nan Critique de la francophonie haïtienne, ke anplwaye kreyòl nan jan sa a se kontinye kenbe l nan pyej wòl matyè premyè sa a yo asiyen l la, ban m site liv mwen an: «Pratik sa a ann Ayiti, byennantandi, dire preske tout disnevyèm syèk la e mwatye ventyèm syèk la. Li reparèt jounen jodia ka anpil ekriven an Matininik e Guadeloup sou nouvèl lekòl literè yo rele ‘kreyolizasyon’ oubyen ‘kreyolite’ prekonize pa ekriven kouwè Aimé Césaire, Edouard Glissant, Jean Bernadé, Patrick Chamoiseau, Raphaël Confiant, elatriye. [Pratik sa yo] pa depase itilizasyon lang kreyòl tankou materyèl brit e ajou folklorik nan elaborasyon liv chelèn ki ekri an franse. Aranjman sa a pa ede anyen avansman lang ak kilti afro-kreyòl antiyè yo, pwiske li kenbe yo nan menm wòl enferyè yo ba yo nan yon rapò pouvwa ki benefisye lang-kilti dominan an.»

Selon anpil kritik literè pratik filannen kreyòl nan franse a remonte depi omwen de frè Nau yo (Emile Nau ak Ignace Nau) nan mitan disnevyèm syèk la ki te prekonize melanje kreyòl nan franse. Tout zèv literè yo te rele «woman peyizan» yo kontinye «encrustation» oubyen filannen kreyòl nan franse a, pami yo Justin Lhérisson (ekzanp Zoune chez sa ninnaine, 1901). Depi tan de frè Nau yo jiska tan Roumen, sètadi preske yon syèk apre, izaj kèk mo ak fraz kreyòl nan woman ki ekri antyèman an franse yo rete nan menm estaj la. Gouverneurs de la rosée se premye zèv woman ki depase estaj wòl fòlklorik la e ki foure, penetre kreyòl la nan nonsèlman dyalòg e chanson, men ki penetre kè liv la, ki antre nan kontwiksyon sentaks liv la. Kontrèman ak sa anpil kritik literè di, enpòtans Roumen nan ekriti kreyòl se pa jefò pou l «encruster» oubyen «filannen» kreyòl nan franse, ni entansyon pou l kreye yon lòt, yon «twazyèm lang», men pito yon jefò pou l entwodwi lang kreyòl la nan majistrati ekriti, ki te rezève sèlman kòm domèn prensipal lang franse, menmsi te gen dezoutwa ekriven ki te ekri powèm oubyen pyès teyat an kreyòl. Entansyon Roumen se pa pou l te anbeli lang franse a, men entwodwi kreyòl la kòm lang lejitim pou ekriti. Pratik encrustation an vin kòmkwa defigire jefò orijinèl Roumen an, kote li te vle montre ou ka itilize sentaks ak imajri kreyòl pou ekri «bagay serye».

Nan tan Roumen misye tap chache chanje anpil bagay ki pat tap mache dwat nan sosyete li a, pami yo, e se te trè enpòtan nan epòk la, pozisyon kouraje li pran kont pèsekisyon relijyon vodou a pa Legliz Katolik, e afime li tankou espresyon otantik idantite pèp ayisyen an. Se te yon gwo plonje e yon gran chanjman paradigmatiik, sou yon plan epistemolojik. Men malerezman gen yon lòt bò plonje paradigmatik la Roumen pat gen tan janbe: se te ekri e pibliye zèv kreyòl pou ede ranfòse lang kreyòl la antanke lang nasyonal lejitim. Malgre sa misye te kite yon siyal enpòtan ban nou.

Mouvman endijenis la te fè erè li pat mete keksyon langaj la nan santralite keksyonnman l sou afimasyon idantite ayisyen an. Kouwè Maximilien Laroche di, entansyon Desalin lè l te chanje non «Sen Domeng», non kolon franse te bay koloni an, pa «Ayiti», ansyen non Endyen yo te bali, se te pou l fè yon ripti, yon dekanpaj total avèk enpriz kiltirèl e senbolik kolon yo, men entansyon sa a vin delalay akoz de enfliyans nouvo klas dirijan yo ki te konsidere franse ak kilti franse a antanke dlo beni ki bay moun sivilizasyon. Laroche souliye lefètke Desalin, ki pa te konn pale franse, te pwononse diskou endepandans la an kreyòl, men touswit aprè Boisrond Tonnerre te wè li nesesè pou l te ekri e pwononse Ak Endepandans la an franse. Daprè Laroche sa a limenm te endike yon devyasyon enpòtan, yon chanjman desizif parapò premye zak senbolik Desalin yo.

Youn nan rezon fondamantal ki fè Roumen pat poze keksyon franse-kreyòl la nan tèm otonomi lengwistik kreyòl nou konnen jodia, gen awè avèk sa Michel Foucault rele epistèm yon epòk, sètadi konesans ak mòddepanse dominan ki oryante epòk la. Nan sosyete ayisyen an, omwen depi 1804 rive ane 1950 yo, san wetire tan Roumen tap viv la, epistèm dominan an te tabli lang peyi ewopeyen dominan yo—lang franse a nan ka pa nou—antanke sèl langaj lejitim pou fè sikile konesans. Ann remake tou, malgre tout lwanj yo bay Oswald Durand pou lefètke l ekri powèm «Choucoune» lan an kreyòl, powèm sa a se sèlman youn nan de powèm kreyòl nan rekèy li a Rires et pleurs ki gen yon total de 162 powèm.

Roumen tou te enfliyanse pa epistèm sa a, e se sa ki fè li ekri tout zèv nou konnen de li yo an franse (gen kèk esepsyon kouwè powèm «M’allé la riviè» nou mansyone piwo a). Epistèm epòk Roumen te gen de pilye, de potomitan byen solid: youn se te ejemoni relijye e ideolojik Legliz Katolik te vle enpoze sou tout sosyete ayisyen an, lòt la se lang ak kilti franse a. Roumen te rive chanje youn nan de pilye sa yo, men l pat rive touche lòt la.

Enferans ak dediksyon nou fè a sou pwobabilite Roumen tap ekri an kreyòl tou si li te viv pi lontan baze tou, an pati, sou priz de konsyans e sou chwa radikalite lengwistik ki vin rive kay ekriven kouwè Félix Morisseau-Leroy e Frankétienne ki vin ekri zèv antyèman an kreyòl. Se yon pakou ki tap nòmal pou Roumen sitou lè nou plase evantyalite pakou sila a nan kontèks ekriti Gouverneurs de la rosée, e nan kontèks prizpozisyon Roumen sou keksyon vodou a. Efektivman, nan Gouverneurs de la rosée, Roumen esprèseman deside pou l respekte fason pale Ayisyen an, fason nou jwe ak mo yo, imajri metaforik nou renmen deblayi nan nannan nanm langaj kreyòl la. Ou ka wè sa menm nan premye paj woman an, pa ekzanp kan li di de Délira Delivrance: «…elle appelle le bon Dieu. Mais c’est inutile, parce qu’il y si tellement beaucoup de pauvres créatures qui hèlent le bon Dieu de tout leur courage que ça fait un grand bruit ennuyant et le bon Dieu l’entend et il crie: Quel est, foutre, tout ce bruit.» E se nan tout liv la tip de rapwochman ak pale kreyòl sa a fèt, san konte anpil chanson ak dyalòg ki fèt antyèman an kreyòl tankou repwodiksyon chanson hounsi yo: «Bolada Kimalada, o Kimalada / N’a fouillé canal la, ago / N’a fouillé canal la, mouis dis: ago yé / Veine l’ouvri, san koule, ho / Bolada Kimalada, o Kimalada.»

Kidonk, meyè fason jounen jodia pou nou selebre e onore memwa Jak Roumen se kontinye nonsèlman revolisyon politik li te rele pou rive a lè li te fonde Pati kominis la, men tou revolisyon kiltirèl e lengwistik li te siyale a nan Gouverneurs de la rosée, e nan praksis e travay pratik li te fè pou defann kilti popilè a, kouwè fondasyon Biwo Nasyonal Etnolojik la.

Pou konklizyon, ann di, menm jan se yon eskandal pèp ayisyen an kontinye ap viv nan kondisyon malouk e souzimen nou wè yo, se yon eskandal kreyòl la toujou rete, jouk jounen jodia an 2007 (kou nou ka wè nan reprezantasyon li nan Kolòk entènasyonal kap fèt la), yon lang maltrete, meprize e enferyorize menm apre yo nonmen li lang nasyonal ofisyèl. Wi, se yon gwo chòk kreyòl la pa lang dominan nou anplwaye nan echanj politik, entelektyèl e kiltirèl nou genyen antre nou e avèk tout lòt peyi. Izraelyen yo fè li avèk hebre ke yo enpoze kou lang dominan, e si yo izole se pa akoz de sa. Grèk yo, Danwa yo ak Krowasyen yo, ki gen demografi ki konparab a Ayiti, ap fonksyone nan lang pa yo, poukisa noumenm Ayisyen nou pa ka fè sa. Se defi sa a Jak Roumen ta renmen pou nou leve, kouwè li te leve defi pou valorize kilti vodou afriken an.

—Tontongi revi Tanbou, novanm 2007

(Otè a te li tèks sa a nan Kolòk Entènasyonal «Panse avèk Jak Roumen» òganize pa Inivèsite Deta Dayiti de 28 novanm a 6 desanm 2007)

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, automne 2008

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com