Otè Fred Edson Lafortune louvwi nouvo liv powèm li a, An n al Lazil, avèk yon ti konfidans ki di limenm ak pwezi te fè konesans depi tan lontan, e li makonnen avèk li « yon lanmou ki te anvayi lespri m depi lè m te tou piti ». Pi devan li di w sa l panse de pwezi pa l :
« Pou mwen, pwezi s’on kalfou kote monn lan rankontre ak tout sivilizasyon. Pwezi ka fòme, defòme, transfòme epi bay sans ak monn lan. Chak powèm s’on monn nan li menm. Yon espas pou nou chache konprann tèt nou, epi rapò ke nou genyen ak tout sa ki antoure nou. »
Otè a kontinye pou l di :
« Chak fwa m’ap pale de pwezi, mwen toujou pale de manman m. Se li menm ki, depi m te tou piti, te kòmanse antre m nan foli mo yo. Dousè yo. Doulè yo. Li te fè m aprann yon bann powèm pou m te resite nan legliz. Se gras avèk li ke mwen te kòmanse renmen pwezi. »
Avrèdi se pa chak jou ou jwenn yon powèt ki di w pami tout liv li li « liv ki tache nan souvni m se Bib la ». Epi l site Efezyen, vèsè 1-4, yon vèsè ki mande pou timoun yo : « Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou nou obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye / Respekte papa ou ak manman ou. »
Men, touswit nan paragraf aprè a, li avèti w sou asanblay powèm yo, yon melanj toksik :
« Powèm mwen yo melanje foli, rèv ak reyalite. Se yon konplisite ant mizik, dans, espastan, pwoblèm ekzistansyèl ak bagay espirityèl. Mwen itilize yon tèm tankou lanmou kòm metafò. Yon imaj. Se yon espas kote tout sa ki la pa la. Oubyen tout sa ki pa la pa la. Yon sòt de anyen ki pa anyen. »
Powèm yo tou pa senp, kouwè lè n pale de yon bagay kou yon mistè nou pa ka entegre byen nan lide n :
tout batan pòt fèmen sou douvanjou
depi lè w pati
yon gwo pwela pandje sou fenèt mwen
isit pa gen solèy
pa gen bonjou
isit pa gen lanmou
pa gen je dou
chak fwa lannuit pwente
mwen panse avè w
tout bagay te fini yon lè konsa
lè lavi pase trepase tankou rad mal pase
Se donk yon istwa damou, yon long istwa damou. Men li presize pou l di n, lanmou pa l la se « tankou lanmou kòm metafò. Yon imaj. Se yon espas kote tout sa ki la pa la. Oubyen tout sa ki pa la pa la. Yon sòt de anyen ki pa anyen. »
Kou nou konnen, lanmou toujou melanje ak desepsyon, desatisfaksyon, ti gou anmè nan bouch. Li mande cheri li pou yo fè yon bagay ak sa :
an n al lazil cheri
an n al gade plezi lavi
an n al gade kantite rèv k’ap mi sou pye
arebò galèt rivyè sèpan (…)
an n al lazil cheri
n’a monte mòn oko
n’a kase fèy kouvri malè
n’a tire lobe
n’a wouke zanj nan dlo
n’a trase vèvè
n’a danse marinèt
n’a vole lougawou
n’a mare lapli nan pwent jipon
pou nou ka pran lannuit daso
Sepandan, li pa pran lontan pou lanfannkè a ki t’ap ekzòte obeyisans pou Papa Bondye vin pran chimen malediksyon :
an n al lazil cheri
yon bann rara fèk pran lari
de kout fwèt kach
yon vè kleren
majòjon danse an rabòday
tout fòm tan an abite nan men l…
Lè w li Fred Edson Lafortune, li pouse w devlope yon lanmou pou jwe avèk lang kreyòl la. Bèl imaj li anplwaye yo oubyen li fè reviv nan liv la fè w admire richès lang lan, kou nou ka wè nan vè sila yo :
chak fwa loray gonde
nou pale an daki
lang zèklè ak lakansyèl
chak fwa lapli tonbe
nou gen foli bwouya
foli goutyè sou do tòl
foli krapo nan kanari
boul je toufe nan marekay
Nan tou dènye paj koleksyon powèm lan, otè a kontinye vwayaj nan sansasyon ak eksperyans lanmou an, lanmou pou lavi, lanmou pou manman l, lanmou pou madanm li, Joanne, men kou nou wè nan tout rès liv la, li ekri li, li transkri l nan mond fizik la ak yon pwezi ki koule kou lwil sou po fèy bannann :
mwen bliye kè m bò kot joanne
tout flè lazil fè jalouzi
yon bann koulè nan galrida
yon bann penso sou wout lanmou
aplodisman jekwazandye
yon kout twonpèt plezi gaye
yon kòd gita san batistè
yon bann rara lakontantman
Jiska lafen powèm lan—paske liv la ekri kouwè yon long powèm —, e menmlè ou konnen Fred ak Joanne vin evantyèlman marye, li kenbe yon sispens, yon sans antisipasyon, yon pwezi entrensèk ki fè bèlte zèv la. Kouwè Jean Pierre Richard Narcisse di nan prefas la, pwezi Fred Edson Lafortune « se yon pwezi alafwa dekouvèt yon kilti, sa kilti sa a reprezante pou li, ki konotasyon k’ap bouyi anndan l, e tranplen vè yon lòt bagay, vè lòt reyalite…».
Liv sila a se yon moniman nan pwezi kreyòl ayisyen, yon rekèy pwezi alafwa klasik e avangad.
—Tontongi mas 2014
Vous pouvez commander ce livre sur la page de la Presse Trilingue.