Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Ochan pou Frank-Kouraj

—pa Max Manigat

Pèsonn moùn pa konnen kote dlo soti pou li antre lan bwa joumou. Pèsonn moùn pa konnen pouki sa yon jou apremidi chemen m kwaze ak pa Frank lan youn sal Teacher’s College Columbia University, Nouyòk. M te la ap fè yon konferans sou kreyòl epi Pwofesè Frank Larak te envite. Dat la deja fin anfouye lan tèt mwen—anpil lanne deja pase—men m ta di se te lan mwa me 1970. Sa pral mare 41 an.

Frank ak Pòl Larak, lakay Pòl nan vil Nouyòk an 2004.

Frank ak Pòl Larak, lakay Pòl nan vil Nouyòk an 2004. —Foto Tanbou

Pwofesè a te koute ak atansyon ; li te poze kèk kesyon solid, mwen te gan tan wè ki gason ki te chita devan m la.

Apre pale a, mwen te pwoche al fè konesans ak li. Nou te fè youn bout tan ap koze. Misye te envite m vin wè li lan biwo li lan City College of New York lan Harlem. Depi jou sa a jouk kounye a Frank avè m ap mache bradsou bradsa tankou de frè bra nou vin tounen.

Plizyè kanmarad voye papa a, mari a, frè a, zanmi sensè a, ekriven pwogresis la, militan wete nechèl la, monte. Mwen pa vle repete sa anpil ki konnen Frank byen deja di, men n a ban m chans raple dezoutwa eksperyans plis moùn pa okouran :

a) Fondasyon ak devlòpman Depatman Black Studies CCNY

Mouvman afriken-ameriken pwogresis la t ap pran chè. Frank te fenk konmanse ap anseye franse lan City College of New York. Limenm ak kèk lòt pwofesè pran devan pou yo kreye yon depatman Black Studies lan Kolèj la. Tan yo t ap chanje : etid ètnik sa yo—se konsa yo te rele yo—t ap demare lan tout peyi a.

Depi jou Depatman Black Studies City College la derape Frank konsidere li tankou yon ti pyebwa li te plante ; se li ki pou okipe li, veye li ap grandi. Li lage tout entelijans li, tout devouman li pou Depatman an devlope : kreyasyon nouvo kou, chèche bon pwofesè, enterese edidyan pran kou yo, mande etidyan yo menm pou yo sijere kou yo ta renmen. Kanta pou etidyan ayisyen yo, li toujou ankouraje yo aprann lang yo, literati yo, istwa yo. Se konsa li te fè mete kat kou lan kourikoulòm lan—m ta di espesyalman pou yo : Creole Languages in the Caribbean ; The Haitian Revolution and the Black Experience ;Black Literature of French Expression ;Fanon and the Third World.

Devan pouryanis anpil jenn Afriken-Ameriken, Karibeyen-Ameriken ak Ayisyen-Ameriken, lan Kolèj la, k ap mache san direksyon, li pouse pou Depatman an adòpte lòt kou tankou : Negritude as a Cultural Movement ;Race and Politics in the Caribbean : Caribbean Leaders ; Malcom X : His Life, Leadership and Legacy ; Martin Luther King, Jr. and the Mass Non-violent Movement ; The Politics of Hunger.

Nou pa bezwen chèche lwen pou nou wè kote pwofesè a te kanpe. Lan yon peyi kote pwoblèm yo poze tankou se moùn blan k ap kraze moùn nwa—racism [rasizim], kalite kou sa yo te vin mennen deba a sou teren lit klas la—sa anpil etidyan te konn rele classism [klasizim]. Detwa pwofesè pwogresis yo te bay kou yo pou ouvri je etidyan yo sou reyalite a : « se pa rasism ki mennen eksplwatasyon ekonomik la se revè a » tankou Eric Williams te ekri lan Capitalism and Slavery.

Frank te konsidere Depatman Black Studies kou yon bon mwayen pou konbat ni eksplwatasyon an ni donezon li a : rasism. Li te travay san pran souf pou Depatman an te ranpli misyon li san faya. Menm apre retrèt li, chak fwa nou pale, se ak lapenn li toujou ap sonje jan bèl espwa nou an fin depafini jodi a.

b) Pwofesè a ; gid la ; konseye a

Frank pa te pwofesè sèlman ; li te « mentò » [gid, konseye] tou. Se pa yon manyèl konduit li te prete etidyan yo pou yo te aprann bon prensip. Non ! Non ! Se konpòtman li ki te liv la. Nan gade li ap viv yo te aprann : disiplin, ak solidarite—pa lan bouch ase, men toutbon vre ; jan pou yo te kanpe sou pozisyon politik ki kòrèk ; jan pou yo toujou kenbe pawòl yo : wi se wi, non se non.

Biwo li te yon apye kote etidyan te monte desann pou vin pran konsèy ak plis eksplikasyon sou sa ki te di lan klas yo pa te fin byen konprann. Si m pa twonpe m, gan ansyen etidyan ki jouk jounen jodi pa janm lage li poutèt bon enfliyans li te gan sou yo depi plis pase trant, karant an. Mwen sonje Ezra ; mwen sonje Huey ; mwen sonje Chuck ki kontinye ap chanje imèl ak li tenkantenk.

Jou a rive pou bwèt sekrè m la louvri. Eben ! Frank te konsidere m tankou ti frè li. Se moso sa a sèlman m vle montre ; pa plis ! Kite m ajoute : zanmi konsa lanpwen… Nikòl, Pouchon, belmè mwen, yo tout jwenn yon plas espesyal lan kè Frank.

Chemen mwen fè ak Frank men lan men ap kontinye. M ap rele : Abobo ! pou sila ki depi jou chemen nou te kwaze sa ganyen 41 an pa janm sispann soutni m lan tou sa m ap antreprann. Mèsi Frank pou wout sa a ou te ban m chans fè ansanm avè w ! Ou te mennen al fè konesans ak defen Án-Mari madanm ou ak pitit ou yo ; ou te louvri pòt kay Pòl ak Masèl pou m te antre. M ap make jès sa yo—ak tout bon moman yo te fè m pase—ak lank nwa kajou pou yo rete la tennfas, janmen efase, lan memwa mwen.

* * *

Ansanm annou kontinye pote kole ak frè solèy la, pwofesè a, ekriven an, patriyòt la, militan an, zanmi an, gran frè a ki refize dekouraje menm lè jefò li yo poko donnen jan li ta vle a.

An verite twa fwa, chimen li trase a dwe mennen lwen !

—Max Manigat me 2011 pibliye premye fwa nan Haïti Liberté, no. 45, 25–30 me 2011

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com