Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Hommage à Franck Laraque

—par Sylvie Michel

Nous sommes en été 1983, au temps où l’Haïtien fatigué du régime des Duvalier travaille à sa fin. Les manifestations se multiplient dans les rues de Manhattan. Ces mouvements de protestation—les uns plus turbulents que les autres—constituent le lieu de rendez-vous des opposants. Je me retrouve un de ces après-midis à la 5è Avenue, en face de l’immeuble abritant les bureaux du Département d’État. Une voix indignée prononce un discours cinglant, dénonçant l’ignoble exploitation conjuguée contre le peuple haïtien. Mon coup d’œil sur le podium d’occasion découvre un homme svelte, à l’allure fière, au visage émacié d’où fuse un regard défiant de ses grands yeux hagards et lointains. Un regard de nègre Ayisyen, vanyan, yon Jezi Kri Ayisyen, youn ki pa pè ni CIA, ni reprezay. Sa pa sezi m, se menm ete sa a malfini te voye chwal monte sou manifestasyon nou.

Ce fut lui, Frank Laraque, me dira t-on. Comme le grand frère Paul, il ne manquait à aucune de ces manifestations. Par la suite, au cours d’une réception organisée en son honneur à City Collège, un ami, le Professeur Max Manigat, m’introduit à lui. Depuis, nous ne cessons de communiquer : échanges de pensées, d’idées, de commentaires. Tout cela, autour d’un intérêt commun, Haïti. J’apprends à mieux le connaître. L’homme a une épouse et des enfants auxquels il voue un amour inconditionnel. C’est de ce sentiment pieux dédié à sa femme que la gent féminine proche de Frank aura bénéficié de cette délicatesse et de cette déférence.

Son grand AMOUR, cette fois tout en majuscule, c’est Haïti. Que ce soit dans sa première brochure « Des Impératifs de Changements Radicaux », son livre « Défi à la Pauvreté, ou Construire Haïti par Nous-mêmes » (1987), ou dans ses multiples articles, le lecteur retrouve toujours la passion viscérale de l’écrivain pour son pays, son incomparable dédicace à la masse haïtienne (les sans voix), son brulant désir de voir régner la justice pour elle et sa persévérance à dénoncer les ruses du système impérialiste s’acharnant à déstabiliser le pays.

Pou Frank, tout moun se moun. Li respekte tout moun. Nan tout konvèsasyon l, nan tout mesaj l ap voye, li toujou ap mande zanmi ankouraje pèp la k’ap goumen anndan lakay. Frank kwè nan pèp Ayisyen. Depi gen yon kwen nan peyi-a kote peyizan ap kole zepol, Frank te deja okouran, jis l’ap voye nouvèl fè konnen se devwa tout Ayisyen pou kore travay k’ap fèt la.

Frank pa kwayan. Poutan tout lavi l pase nan sèvis kòz kretyen vivan, yon ekzanp moun ki resevwa batèm ta dwe suiv. Frank mare sosis li ak tout malere k’ap debat. Se sa-k fè li kanpe tankou santinel kòz mas la. Lavi miyò pou mas sa-a, se verite pa l.

Moun pa ka pa rekonèt Frank nan ideyoloji politik li ak nan filozofi lavi l. Depi w ou pran kontak avè l, se toujou menm diskou w ap tande nan bouch li : 1) Ayiti, yon gran peyi ki ka responsab tèt li ; 2) Ayisyen, yon gran pèp ak anpil kouraj ki merite ankadreman ; 3) ipokrizi « establishment » lan k’ap pran pòz zanmi pou destabilize peyi-a pi byen paske l paka padonnen-l 1804. Frank pa janm ekri, ni pale pou l pa vini ak sa-k ta dwe fèt andedan peyi-a pou evite li tonbe nan tchouboum (Haïti: La lutte et l’Espoir, 2003).

Pou pale kout, Frank se kòk ki di menm bagay ke l sou jouk ke l atè. Avec Frank, pas de compromis. Jamais d’alliance avec l’ennemi du peuple. Frank, paske w gen kouraj pa janm fè koub depi nou konnen w, Francois avè-m, nou respekte w, nou admire w, e n’apresye w anpil.

Des amis de gauche me parlèrent de ton frère Paul, grand poète socialiste, « Éclaireur de l’aube nouvelle » que je n’ai pas eu le privilège de fréquenter autant que toi. Quoi d’étonnant que le jeune frère soit lui aussi le socialiste écrivain qui s’érige en défenseur de la cause haïtienne, bref, l’homme que tu es en réalité.

M’pa p janm regrèt m’kontre avè w, Frank. M’aprann anpil de filozofi w sou moun, ak sou lavi-a. Ala m’ta kontan si m te ka gen sajès ou !

François avè m mande Gran Mèt la fè Gras li desann sou rou, pwoteje w, epi garanti w anpil ane toujou ak nou.

Chapo Ba !

—Sylvie Michel publié pour la première fois dans Haïti Liberté, no. 45, 25–30 mai 2011)

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com