Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



La Commission Episcopale Nationale Justice et Paix s’interroge: Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè mande:

Eske se moun ki pi pòv yo ki dwe peye konsekans neglijans moun ki reskonsab yo?

Pòtoprens, 16 sektanm 2008

Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè atire atansyon popilasyon an sou twa (3) reyalite sila yo ki make konjonkti a jounen jodi a:

  • Gen kesyon nouvo gouvènman an ki monte alatèt peyi a,
  • Genyen 4 siklòn yo ki fenk frape peyi a,
  • Genyen kesyon lekòl yo ki bezwen louvri ak lavi chè ki la pou divès rezon.
  1. Apre anpil alevini, anpil voye monte, anpil menas ak chantaj politik, finalman, yon nouvo gouvènman rive chita. Sitwayen ak sitwayèn yo nan peyi a pa rive konprann tout sa k ap fèt… men gen sa yo rive wè pi klè kounye a: yo pou kò yo, lezòt ap fè politik sou do yo.

    Finalman, nou wè Palman an rive vote yon lwa ki genyen awè ak konjonkti peyi a ap viv, lè yo deside vote yon lwa pou deklare «ijans» pou peyi a; epi, yo bay Egzekitif la mwayen nan men l pou aji. Men, èske peyi a pa t nan eta dijans depi nan mwa mas 2008, lè lavi chè a te kòmanse manifeste l ak fòs, e lè tout moun te deja konprann pouvwa dacha popilasyon an, ki te deja tou fèb, t apral depafini nan men yo?

    Kriz gouvènman an pa fè peyi a byen: li kreye plis mefyans, epi li fè Leta vin pi fèb toujou… Nou dwe konbat santiman mefyans sa a, gras ak reskonsablite chak moun pran, chak moun nan nivo pa l.

  2. Nan menm moman, kat (4) siklòn frape peyi a e mete absè sou klou: Fay, Gustav, Hanna, epi Ike. Tout peyi a frape. Anpil moun viktim, genyen ki pèdi vi yo. Komisyon Jistis ak Lapè esprime solidarite l ak tout viktim yo, ak fanmi e zanmi yo.

    Men sitou, Komisyon Jistis ak Lapè vle montre: sa k rive peyi a, se konsekans neglijans, enkonpetans, koripsyon, enpinite ak pouryanis lakay moun ki elit politik peyi a. Eske se moun ki pi pòv yo ki dwe peye konsekans move jesyon ak neglijans moun ki reskonsab yo?

    • Kouman esplike eta wout ak enfrastrikti nou yo ki pa janm fin fèt, ki fèt san yo pa kontwole si yo byen fèt, si yo genyen rezistans kòrèk? Eske pa t gen Ministè travo piblik nan ane pase yo? Eske antreprenè yo te egzekite travay yo selon kaye chaj ak apèl dòf yo ki te fèt, èske Leta byen kontwole e verifye travay ki fèt yo?
    • Kouman konprann anviwònman peyi a frajil konsa? Eske pa t gen Ministè anviwonman ak Ministè agrikilti nan ane ki sòt pase yo?
    • Kilè Tribinal ki la pou kontwole tout depans Leta (CSC/CA) ap mennen bon jan ankèt sou tout fonksyonè ak reskonsab politik nan ane pase yo ki lakòz lamò pakèt sitwayen ak sitwayèn yo jodi a? Nan ki sa lajan Leta te depanse ak ki kote l disparèt?
    • Kouman konprann, ak tout neglijans sa yo, pa janm genyen yon politisyen, yon minis, yon antreprenè yo jwenn ki reskonsab, yo jije koupab epi yo kondane l?
  3. Komisyon Jistis ak Lapè konprann desizyon Gouvènman an pran pou louvri lekòl yo nan dat 6 oktòb 2008. Se yon mezi ki nesesè, paske anpil lekòl delabre oswa yo te sèvi pou akeyi viktim siklòn yo. Men pou desizyon an efikas, gen lòt bagay ki dwe fèt toujou:
    • Fòk Gouvènman an elabore yon nouvo kalandriye pou ane lekòl la, pou montre ki jan lekòl yo ak elèv yo pral fè pou yo etidye tout sa yo dwe etidye nan tan yo prevwa pou sa.
    • Fòk Gouvènman an di aklè si lekòl yo gen dwa reklame epi si paran yo dwe peye ekolaj pou mwa sektanm ane sa a.
    • Fòk Gouvènman an sèvi ak mwa sektanm nan pou elabore epi mete sou pye yon seri mezi ekonomik konkrè pou akonpaye rantre lekòl la pou tout timoun, yon fason pou elèv yo pa pèdi tan yo paske yo pa pare, epi pou paran yo kapab reponn egzijans lavi chè a.

Komisyon an pa konprann, pandan pri gaz la bese nan tout peyi sou latè, sa pa fèt an Ayiti. An menm tan, palman an pran vakans san l pa di anyen sou salè ki pi ba yo. Ki lè y ap adapte salè sa yo ak reyalite lavichè nan peyi a?

Komisyon Jistis ak Lapè solidè ak popilasyon an k ap sibi divès move tan sa yo. Komisyon an prezan nan tout peyi a, atravè tout Komisyon l yo nan tout dyosèz (oswa depatman) yo ak nan plis pase 200 pawas. Anpil nan yo viktim yo menm tou, men yo leve vwa yo pou defann diyite frè ak sè yo.

Se Komite Direktè nasyonal Komisyon an ki ekri nòt sila a.

La Commission Justice et Paix s’interroge:

Est-ce que ce sont les plus pauvres qui doivent payer les conséquences des négligences des responsables?

La Commission Nationale Justice et Paix attire l’attention de la population sur trois réalités qui marquent la conjoncture récente du pays:

  • La mise en place d’un nouveau Gouvernement,
  • Les 4 cyclones qui ont ravagé le pays,
  • La question des écoles qui doivent ouvrir leurs portes dans une conjoncture marquée par la cherté de la vie pour une multitude de raisons.
  1. Après des pertes de temps, des diversions, de nombreux discours, des menaces et des chantages politiques, finalement, un Gouvernement s’est installé à la tête du pays. Certes, les citoyens et citoyennes de ce pays n’ont pas accès à tous les secrets… mais il y a des choses dont ils s’aperçoivent bien: ils sont délaissés à eux-mêmes; mais les tractations politiques se font à leurs frais.

    Finalement, le parlement a voté une loi qui concerne la conjoncture, quand il a voté une loi sur les urgences, afin de donner à l’Exécutif les moyens d’agir. Mais, est-ce que le pays n’était pas en état d’urgence depuis le mois de mars 2008, quand la cherté de la vie a commencé à se manifester de façon brutale, et érodait le pouvoir d’achat déjà tout faible de la population?

    La crise gouvernementale a fait beaucoup de tort au pays: la méfiance a grandi; la position de l’Etat s’est affaiblie… Il faudra remonter la pente grâce à des comportements responsables de tous et toutes, chacun/une à son niveau.

  2. En même temps, quatre cyclones ont frappé le pays et aggravé sérieusement la situation: Fay, Gustav, Hanna, et finalement Ike. Tout le pays est sous le choc. Les victimes sont nombreuses; des gens ont perdu la vie. La Commission Justice et Paix exprime sa solidarité avec les victimes, leurs familles et amis.

    De façon particulière, la Commission Justice et Paix rappelle: ce qui arrive au pays est la conséquence des négligences et incompétences, de la corruption, l’impunité et l’insouciance des élites politiques. Est-ce que ce sont les plus pauvres qui doivent payer la mauvaise gestion et la négligence des responsables?

    • Comment expliquer l’Etat de nos routes et infrastructures qui ne sont jamais terminées, qui sont exécutées sans contrôle de qualité, pour vérifier s’ils sont résistants? Est-ce qu’il n’y avait pas de Ministère des travaux publics? Est-ce que les entrepreneurs exécutaient les travaux dans le respect des cahiers de charge et des appels d’offres? Est-ce que l’Etat a bien supervisé et contrôlé les travaux?
    • Comment expliquer la fragilité de notre environnement? Est-ce qu’il n’y avait pas de Ministère de l’environnement et de Ministère d’agriculture dans les années écoulées?
    • Quand est-ce que la Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif (CSC/CA) va enquêter sur les fonctionnaires et responsables des années passées, parce qu’il y a trop de victimes mortelles aujourd’hui?
    • Comment comprendre, constatant toutes ces négligences, que, jusqu’ainsi, aucun politicien, aucun ministre ou entrepreneur n’a été trouvé responsable, jugé coupable ou condamné?
  3. La Commission Justice et Paix veut comprendre la décision du Gouvernement de renvoyer la rentrée scolaire au 6 octobre. La mesure est nécessaire: bon nombre d’écoles sont délabrées ou ont servi comme centre d’accueil pour les victimes des ouragans. Mais pour que la décision soit efficace, d’autres mesures sont nécessaires toujours:
    • Il faut que le Gouvernement élabore un nouveau calendrier scolaire pour cette année, pour aider les écoles et les élèves à couvrir toutes les matières dans le temps prévu.
    • Le Gouvernement doit dire clairement si les écoles ont le droit de réclamer et si les parents ont l’obligation de payer l’écolage du mois de septembre.
    • Il faut que le Gouvernement se serve du mois de septembre pour élaborer et organiser des mesures d’accompagnement économiques concrètes pour la rentrée scolaire de tous les enfants, de sorte que les élèves ne perdent pas plus de jours toujours et de sorte que les parents puissent répondre aux exigences de la cherté de la vie.

La Commission Justice et Paix ne comprend pas très bien pour quelle raison, alors que le prix du carburant baisse dans tous les pays, il reste élevé en Haïti. En même temps, les parlementaires partent en vacances sans dire un mot sur le salaire minimum. Jusqu’à quand faut-il attendre pour que ce salaire s’adapte à la réalité de la cherté de la vie?

La Commission Justice et Paix se solidarise avec la population qui subit ces mauvais coups. La Commission est présente à travers tout le pays dans tous les départements et diocèses et à travers plus de 200 commissions locales. Plusieurs de nos membres ont été victimes, mais ils continuent à lever la voix pour défendre la dignité de leurs frères et sœurs.

Pour le Comité Directeur National —P. Jan Hanssens, Direktè Secrétariat national, BP 1572 Port-au-Prince Haïti 6110, Tel / Fax 2222 78 99, www.forumcitoyen.org.ht/jilap, justicepaixha@yahoo.com

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com