Poukisa otè a ekri liv sa ? Poukisa li chwazi trete ak limyè ki pou pote klète pou moun k ap li liv sou zafè Antoloji Vodou, Espri, Chan ak Pwezi ?
Petèt deja genyen anpil lòt liv ki pibliye sou koze Vodou a, e sa make anpil, anpil lanne menm avan syèk jodi a. Gen anpil tou se nan tan n ap viv la yo pibliye, gen nan liv sa yo tou se re-ekri yo re-ekri yo tou, pou eksplike ki sa Vodou ye. Pi fò nan yo toujou fè apwòch, pou pote limyè nan aprann limanite ke Vodou pa yon relijyon, men pito, yon fòm kouman moun viv, ou yon mòd prensip nan fason moun k ap pratike Vodou a. Liv sa jounen jodi a se yon lòt mèch nan asyèt liminasyon an, pou klere plis ti kwen fè nwa ki te chita nan espas Vodou a. (...)
Depi vi timoun mwen pou rive nan laj adolesan, mitoloji nan kilti ki te ankre nan fòm edikasyon paran m oubyen lekòl mwen pa t ban m chans konnen ki sa Vodou ye, sitou ak akiltirasyon ki te makònen ak kwayans ki chita nan zafè relijyon. Tout bagay sa yo pa t janm bouke maspinen lespri m ak tout move blag, sitou nan tire kont pou timoun tande lè solèy kouche. Tout listwa nan tire kont sa yo pifò nan yo te chita sou lougawou, men tou sou lespri ki rele Loa yo. Yo te tèlman ankre nan espri m, mwen te toujou ap viv ak laperèz ki te twouble m, jiskaske m mwen konn anvi kouri tout boulin al kache anba kabann, lè m wè yon moun ki abiye ak wòb Loa, tankou ble dinò, karabela pou Loa kouzen ak rechany ble e wouj ki pou Loa Ogou, elatriye. Mwen p ap kache pataje avè w lektè konsepsyon dyabolik sa a kont Vodou, te anpeche m menm louvri kiryozite konnen sa l ye. (...)
Nan lane 80 yo, lè m pral rantre nan laj majè, mwen te fè eksperyans nan vi m ki te biza anpil, sitou nan rèv mwen yo, mwen pa t twouve l nòmal paske menm si mwen te atache ak misyon legliz mwen anpil. Sa pa t anpeche m santi mwen gen yon fòs espirityèl ki te bezwen èd yon grandèt. Sa te koze anpil ti diskisyon nan fanmi an paske yo te pè pou m pa plonje nan mond Vodou a. Yon jou yon tonton m te deside mennen m lakay li. Se vre papa m pa t apwouve sa vit paske li pa t vle manman m fache ni touche fwa li nan fason li atache ak gwoup legliz li, ki se yon sèvant katolik, pirèd toujou pou granmè m ki te yon sè pwotestan ankre nan Kris kote nou t ap viv sou titèl li.
Brèf ! Mwen vle pataje avè w lektè ki moun fanmi sa te ye nan la vi l, e kote vi espirityèl li te koumanse. Madanm sa te rele Marie-Louise Grand-Champs, ki te fèt nan yon vil nan Gran Nò ki rele Sen Michèl de Latalay. Nan laj 13 ou 14 zan li tonbe malad anpil, yo wè doktè, yo fè remèd fèy sa pa t mache, tout moun te koumanse pèdi lespwa sou lavi l. Yon aprèmidi, li mouri, yo benyen l, mare bann machwè pou li tankou koutim la te mande. Pandan asistans ak moun ki te vin ede fanmi an nan kizin lan ap koule kafe, bouyi te jenjanm pou fè veye mò a. Pandan manman l ap kriye, li wè mò a leve mache, kòm kay kote yo te abite pa t lwen yon kafou, yo swiv li, li rive nan mitan kafou a, tout moun ap gade epi yo wè yon men ak yon krich k ap vide dlo sou tèt Marie-Louise. Te gen yon mistè ki te depase fenomèn nan, pyès moun pa t ka wè vizaj moun ki t ap benyen Marie Louise la, lè moun nan fin benyen l li te bal yon drapo. Menm kote sa a, yo rele yon moun espirityèl pou te ede yo konprann gwosè mèvèy sa a. Depi lè sa a, nan pwen moun ki pa t konnen pouvwa espirityèl Louise Grand-Champs nan Sen Michèl de Latalay.
Enben mwen p ap kache pou m di. Depi jou mwen te vin jwenn koneksyon sa a, se tankou yon limyè ki klere je m ak yon gwo vòltaj. Byen vit mwen vin dekouvri e fè eksperyans ak tant Louise. Eksperyans sa te pwouve m totalman sa kilti ak kachotri fè nou kwè de yon Vodouyizan te diferan. Mwen vle rete onèt nan temwaye, pa gen yon pi bon vivan mwen te gen chans konnen. E ki fè m ka di yon bon Vodouyizan, mwen pa vle mele pawòl yo, n a padone m si petèt mwen itilize yon mo ki fò. Lè m di yon bon Vodouyizan, pou mwen moun sa a se yon chwazi pa Mèt linivè a nan pataje avè l don, konesans, pouvwa pou wè, pouvwa sou plant, pouvwa pou fè beny pou limanite, elatriye.
Petèt koutim ak mitoloji peyi sa a te ka fè yo lonje dwèt sou li kòm move je, malfektè, sòsye. Jis pou rezon li se yon chwazi, e souvan li sele pa yon zanj ou yon Loa, pou fè yon tretman ou yon travay kèlkonk nan ede limanite. Menm si kwayans relijyon ak Krisyanism fè rantre nan sèvo chak moun k ap viv, patikilyèman desandan Lafrik ke yo vle fè konprann idantite Vodou se djab. Èske nou pa t ap gen yon lòt konsiderasyon pou sila yo ki se chwazi nan fason nou inyore pouvwa yo, malgre tout konpasyon yo nan ede pitit limanite nan divès pwoblèm ?
Èske li pa t ap pote plis limyè pou nou nan lave sèvo tout sila yo ki chwazi, pa Fòs SIPRÈM lan, tankou nan Bib la nou jwenn syèl bay 7 don, men diferan ak moun li vle. Li t ap bon anpil tou tankou yo fè nou pè pwòp kilti nou e bliye idantite nou. Pa kache tou se tout bagay nan mond sa ki gen de (2) fas, youn byen, youn mal. Ak sa anpil nan nou ka fè diferans pou trete ak respè chak moun selon kwayans ou. Vodou se pa sa yo montre ak imaj mal la a, kòm touye moun, sòsèlri, mechanste, malfektè ak zonbifikasyon. Se vre lavi a pa t janm ban m fè diferans la, kote jiskaprezan mwen pa rive konprann sa yo fè m konprann tout bon de Vodou. Men relasyon ki te konekte m ak mambo Louise Grand-Champs te konvenk mwen nan Vodou gen tèlman bon nanm, bon moun, bon sèvitè, moun sansib, ki konn pataje tout bonte ou jwenn yo nan Vodou a.
Mwen te aprann chak jou ak tant Louise Grand-Champs ke Vodou reyèlman se yon mòd jan moun viv ak moun, ak lanati, ak zannimo, ak plant, ak tout sa Mèt Linivè a kreye. Li te pwouve m ke Vodou a se yon prensip jan kretyen viv nan kominote l, nan peyi l ; Vodou se yon levanjil kote lèzòm dwe viv ak respè san konsantman okenn relijyon. Vodou se tèt ansanm. Avèk tant Louise Grand-Champs, eksperyans lanmou l te retire tout gou anmè ke sosyete, kilti, mitoloji ak relijyon te kite sou bouch mwen si m ta gen pou m krache sou non Vodou. Li te montre m ke yon bon Vodouyizan se yon vrè patizan Mèt Linivè a paske li gen lakrent pou tout sa ki egziste nan lanati. Se yon kwayan ki konn fè gwo sakrifis ak tèt li lè pou li kominike ak Fòs SIPRÈM lan nan chèche bon jan enèji lè l ap regle travay espirityèl pou ede pwochen l. Gen sila ki konn menm bliye tèt yo, nan jwi plezi lachè, patisipe nan sa yo renmen pou jwenn bon jan rezilta nan yon travay enpòtan pou satisfè limanite. Louise Grand-Champs aprann mwen yon bon Vodouyizan, se moun ki aksepte tout moun san ipokrizi ak tout defol.