Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.



Analiz fòmèl lodyans Maurice Sixto ki rele

Lea Kokoye ak J’ai vengé la race1

—par Frenand Léger Tèks sa te pibliye premye fwa sou revi Potomitan)

Entwodiksyon

Frenan-Leger

Frenand Léger, lengwis e ekriven, se otè seri materyèl pedagojik sou lang ayisyen an « Pawòl Lakay: Haitian-Creole Language and Culture for Beginner and Intermediate Learners ». —foto sa sot sou paj Facebook li.

Pami tout zèv Maurice Sixto yo, mwen chwazi travay sou Lea Kokoye ak J’ai vengé la race pou plizyè rezon ki alafwa pratik e teyorik. Travay analiz fòmèl 2 lodyans sa yo an paralèl pral pèmèt mwen brase lide sou plizyè kesyon epistemolojik. Kesyon sa yo pratik, yo teyorik, epi yo metodolojik tou paske lè n ap analize yon objè oswa yon fenomèn, nou toujou bezwen yon metòd e metòd sa limenm, pou li ka efikas, dwe chita sou yon baz teyorik solid kote konsèp yo klè epi presi. Se konsa nou kapab rive konprann epi defini kòm sa dwa objè etid literè sa a ki rele lodyans.

Fenomèn literè ki rele lodyans lan se yon fòm diskou/tèks naratif ki jwenn orijin li sou tè d Ayiti. Dapre Georges Anglade (2010, p. 5), lodyans ta sanble pran nesans nan epòk lakolonizasyon nan menm moman ak relijyon vodou ayisyen an e ak lang kreyòl la. Youn nan kritè ki pi enpòtan lè y ap evalye valè estetik yon zèv literè se kalite lang yo itilize pou ekspresyon zèv sila a. Se poutèt sa, anplis yon pakèt lòt konsèp teyorik nan domèn literati ak naratoloji, konsèp tankou « lang », « pawòl », « diskou », « kreyòl », « kreyolizasyon », « oralizasyon », « oralite », ta dwe jwenn plas yo nan nenpòt etid serye k ap fèt sou lodyans. Se poutèt sa tou m ap koumanse ak yon brase lide sou fason yo defini konsèp ak nosyon sa yo. Etap definisyon konsèp yo enpòtan pou plizyè rezon. An reyalite, kit nou se espesyalis nan domèn literati, lenguistik ak analiz diskou, kit nou se pwofàn nan domèn sa yo, se brase lide sou fason yo defini konsèp ak nosyon sa yo ki pral pèmèt nou byen konprann eksplikasyon mwen pral bay nan atik sila a sou lodyans Sixto yo.

Lè mwen fin defini konsèp yo nan yon premye tan, mwen va fè yon rale sou sitiyasyon teyorik objè etid literè e kiltirèl ki rele lodyans lan. Apre mwen fin prezante modèl teyorik mwen kreye pou lodyans lan, mwen pral mete Lea Kokoye ak J’ai vengé la race an paralèl nan yon analiz ki chita sou modèl teyorik mwen an ak sou plizyè konsèp operasyonèl nou jwenn nan domèn naratoloji ak Gérard Genette (1991, 1987, 1983), nan domèn lenguistik tekstyèl ak Jean-Michel Adam (2011, 2005), epi nan domèn analiz diskou ak Mikhaïl Bakhtine (1984, 1978).

Frenan-Leger

Pawòl Lakay pa Frenand Léger.

Definisyon kèk nosyon ak konsèp teyorik enpòtan

Pami nosyon ak konsèp teyorik mwen pral defini la yo ki pou pèmèt nou konprann sa mwen pral di yo, m ap koumanse avèk « kreyòl », « lang », « pawòl » epi « diskou ». Pandan m ap defini 4 nosyon sa yo, n ap tou konprann sans lòt konsèp vwazen yo tankou « kreyolizasyon », « oralizasyon », ak « oralite ». Depi yo di « kreyòl » nou wè « lang » paske nou toujou tande yo di « lang kreyòl la » lè y ap pale de yon lang kreyòl an patikilye tankou kreyòl ayisyen paregzanp, oswa « lang kreyòl yo » lè y ap pale de gwo kategori lang sa yo ki te fòme nan kontèks lakolonizasyon. Nou konn tande yo di tou « pawòl kreyòl » ki pa vle di menm bagay ak « lang kreyòl ». Yon lang se yon enstitisyon sosyal ki pèmet moun kominike antre yo nan yon kominote. Se yon sistèm kominikasyon abstrè ki baze sou règ ak konvansyon sosyal. Mwen di « abstrè » paske lang se yon nosyon teyorik li ye. Se reprezantasyon mantal yon objè ki pa konkrè, sa vle di yon objè ki pa vrèman egziste nan lanati. Ou pa ka wè, ni touche, ni santi ni tande yon lang. Dapre Ferdinand Saussure, ki se youn nan fondatè syans lenguistik modèn nan, sa w tande ki soti nan bouch moun lè y ap pale se pa lang li ye, se pawòl oswa diskou. Nou prefere itilize mo « diskou » nan plas « pawòl » paske li gen yon sans ki pi laj. Konsèp diskou a anglobe ni pawòl oral ni pawòl ekri. Kidonk, nou ka sèvi ak konsèp diskou a pou n fè referans ni avèk lodyans Maurice Sixto yo ki nan domèn oralite oswa oraliti ni avèk lodyans ekriven-lodyansè yo tankou Justin Lhérisson ak Gary Victor ki nan domèn literati.

Pou nou ka pi byen konprann pou ki sa li enpòtan pou nou fè diferans ant « lang » e « diskou » an relasyon avèk lodyans, kite mwen rakonte nou istwa yon eksperyans mwen te fè ann Ayiti nan mwa me 2019 pandan mwen te ale bay yon konferans sou lodyans nan Inivèsite Leta Ayisyen. Nan fen konferans mwen an, mwen te prezante yon nouvo modèl teyorik ki defini an detay objè literè ayisyen ki rele lodyans lan. Youn nan eleman mwen ensiste sou li nan modèl teyorik mwen an, se rapò entim ki egziste ant lodyans e lang kreyòl ayisyen an. Mwen di ke se nan matris lang ak kilti oralite kreyòl la kategori estetik yo rele lodyans lan soti. Se oralite kreyòl la ki bay lodyans lan fòm li, estrikti l, kontni tematik li, ak tout sibstans pragmatik li. Kidonk, lodyans ak kreyòl se pwason kraze nan bouyon. Lè m te fin di pawòl sa yo, yon pwofesè inivèsite ki te nan sal la, ki te vle demanti m, te di m J’ai vengé la race se yon lodyans Sixto te konpoze epi rakonte antyèman nan lang franse. Kidonk, ipotèz makònay lodyans ak kreyòl ki nan teyori mwen an pa kenbe dapre pwofesè inivèsite a.

Lè m byen reflechi, m panse gen 2 faktè ki ka eksplike pou ki sa pwofesè a te chwazi itilize J’ai vengé la race pou l eseye demonte teyori mwen an. Premye rezon an, sè ke pwofesè a, malgre li di ke li se yon espesyalis nan analiz diskou, pa sanble fin byen konprann diferans teknik ki genyen ant lang ak diskou. Jan m sot eksplike l talè a, menm si yo defini lang kòm yon mwayen kominikasyon, se pa yon objè konkrè nou ka obsève dirèkteman. Sa nou ka obsève e analize lè yon moun ap pale oswa ekri se eleman diskou yo ye. Kit diskou a oral, kit li ekri, eleman nou jwenn ladan l yo alafwa lenguistik e ekstralenguistik. Pami eleman lenguistik yo, genyen fonèm, monèm, mo, fraz, eksetera. Pami eleman ekstralenguistik yo, gen ekpresyon kò moun, ekpresyon vizaj moun, bri patikilye moun fè ak bouch yo, ak men yo lè y ap pale, jès, ezitasyon, silans, entonasyon, eksetera. Lè n ap analize yon lodyans, nou dwe konsidere tout eleman lenguistik ak diskisif sa yo alafwa si nou vle byen sènen epi konprann lodyans lan nan tout konpleksite l.

Dezyèm rezon ki ka eksplike pou ki sa pwofesè a te chwazi J’ai vengé la race se petèt paske li poko pran tan pou li byen analize tèks sila a. Si pwofesè a sèvi avèk bon jan metòd nan domèn lenguistik tekstyèl ak analiz diskou pou li etidye J’ai vengé la race kòm sa dwa epi konpare l avèk lòt lodyans Sixto yo, sa va pèmèt li konstate J’ai vengé la race se pa yon lodyans tipik. Dapre analiz pa mwen, J’ai vengé la race se yon tèks ki diferan pa rapò ak lòt tèks oral Sixto yo. Ipotèz pa mwen, sè ke J’ai vengé la race se pa yon vrè lodyans. Atansyon ! Si m di J’ai vengé la race se pa yon vrè lodyans, se pa paske Sixto konpoze l an franse non. Si se ta sa, nou ta ka di Zoune chez sa nainnaine, La famille des Pitite-Caille ansanm ak majorite istwa kout Gary Victor yo, ki ekri an franse, se pa lodyans yo ye. Rezon ki fè m di J’ai vengé la race se pa yon vrè lodyans, se paske li manke plizyè eleman karakteristik fòmèl ak pragmatik ki espesifik ak fòm estetik ki rele lodyans lan. Akoz limit yo ban mwen nan longè atik sila a, mwen pa p ka antre nan twòp detay tenik, men paralèl mwen pral fè la ant J’ai vengé la race e Lea Kokoye ap pèmèt nou konprann grosso modo sou ki baz syantifik ipotèz mwen an chita.

1. Ki sa lodyans ye? Definisyon—Sitiyasyon teyorik

Lè m di J’ai vengé la race pa yon lodyans tipik, se pa konsa mwen rete mwen di sa. Sa fè prèske 12 lane depi m ap fè rechèch sou tèks naratif nan domèn literati ak oraliti ayisyen. Apre mwen te fin analize yon pakèt tèks naratif ayisyen soti depi koumansman 19è syèk pou rive jounen jodi a, mwen rive tabli diferans ki genyen pami diferant kalite tèks naratif ayisyen yo. Kòpis tèks mwen itilize kòm echantiyon pou etid la parèt ni aloral ni alekri nan tou le de lang ofisyèl peyi a. Gen nan tèks yo ki ekri an franse sèlman, tankou pa Jacques Stephen Alexis yo. Genyen lòt ki an kreyòl sèlman, tankou majorite pa Maurice Sixto yo. Epitou genyen ki melanje tou lè de lang yo tankou pa Justin Lherisson ak pa Gary Victor yo. Sou plan naratif, genyen ki se istwa kout yo pibliye an rekèy epi gen lòt ki se istwa ki adopte fòm woman oswa ki ensere anndan woman. Travay analiz metodik gwo kòpis sa a pèmèt mwen pwopoze yon nouvo modèl teyorik pou kategori espesifik ki rele lodyans lan. Mwen di nouvo modèl paske Georges Anglade te pwopoze youn tou. Modèl Georges Anglade la gen 5 kritè ladan l ki rele « miniature, mosaïque, jouvence, voyance, cadence » (2004b, 66). Modèl teyorik mwen an pi konplèks pase sa Anglade pwopoze a paske li baze sou plizyè eleman naratif, fòmèl, lenguistik ak pragmatik ki absan nan modèl pa jewograf la. An reyalite, modèl mwen an se yon zouti teyorik ki pèmèt nou konprann epi defini objè ki rele lodyans lan e se yon zouti metodolojik tou. Sa vle di se yon griy analiz ki pèmèt nou etidye zèv ayisyen yo pou nou ka fè diferans ant kategori naratif ki rele lodyans lan e tout lòt kategori naratif yo, kit se nan domèn oralite a tankou kont tradisyonèl yo, blag, zen, tripotay ; kit se nan domèn literati, sa vle di tèks ki kouche sou papye tankou woman, nouvèl, kont literè, elatriye.

Menm lè yo eseye transpoze oswa kreye lodyans nan lòt lang tankou nan lang franse oswa angle, tras lang ak diskou kreyòl ayisyen an pa janm pa la. Dayè tras kòd lenguistik kreyòl ayisyen an ak tras eleman diskou kreyòl la nan lòt lang etranjè yo se youn nan pi bon fason nou ka idantifye yon lodyans yo pa konpoze nan lang kreyòl la. Youn nan eleman karakteristik lodyans lan se kreyolizasyon oswa ayisyanizasyon nenpòt ki lòt lang etranjè yo itilize pou yo konpoze li. Nan kontèks sa konsèp « kreyolizasyon » an pa gen sans ki chita nan domèn lenguistik kote li vle di « pwosesis kreyasyon yon lang kreyòl an patikilye ». Kreyolizasyon nou jwenn nan lodyans lan se nan domèn lakilti, oraliti ak literati li chita. Sans li genyen nan kontèks lodyans lan se sans Edouard Glissant (1997, p. 37) ba li a. Men definisyon Glissant an : “La créolisation est la mise en contact de plusieurs cultures ou au moins de plusieurs éléments de cultures distinctes, dans un endroit du monde […]”.

Kounye a, kite mwen prezante nou modèl teyorik mwen an ki gen 9 kritè definisyon ladan l. 1) Premye eleman karakteristik tout lodyans tipik, se nan entansyon otè tèks la li chita. Objektif prensipal yon lodyansè se devwale sistèm enjistis ak inegalite sosyal ki nan sosyete ayisyen an nan yon fason ki toujou fè moun ri. 2) Si objè lodyans lan se devwale verite kache nan yon sosyete pòskolonyal ki chita sou enjistis ak inegalite sosyal, l ap toujou eksprime nan yon diskou fòmèl ki reyalis. Sa vle di lodyans lan toujou ankre nan reyalite ayisyen an. 3) Kòm yo itilize lodyans tankou yon zouti pou yo fè analiz sosyete a epi denonse enjistis ak inegalite, tematik lodyans nan tout epòk toujou byen anrasinnen nan aktyalite ayisyen an ki pa twò diferan ak sa k ap pase nan pi fò sosyete pòskolonyal kreyolofòn yo. 4) Ta sanble malgre tout katastwòf politik, sosyoekonomik, ekolojik, ak sekiritè ki mete Ayisyen nan gwo mizè, pèp sa toujou ap ri. Pèp ayisyen tèlman renmen ri, li envante yon fòm literè kote komedi se karakteristik prensipal li. Men akoz reyalite malouk sosyete a, komedi a toujou makònen ak trajedi. Se poutèt sa, tout lodyans se traji-komedi. 5) Kòm lodyans se yon fòm literè pòsmodèn, li gen kapasite pou li entegre lòt fòm literè ak atistik oubyen adopte konfigarasyon yo. Nan sans sa lodyans se yon fòm literè ki menm jan ak ti bèt yo rele kameleyon an. Anfèt, se yon kategori diskou literè ki gen yon dimansyon transjenerik. 6) Kòm lodyans soti nan matris oralite kreyòl la, lang ak diskou kreyòl ayisyen an se eleman ki endispansab nan konsepsyon, konpozisyon ak ekspresyon fòm literè sa a. Se poutèt sa, lodyans ki kouche sou papye nan lang etranjè tankou franse toujou ekri nan yon diskou kreyolize. Sa vle di kreyolizasyon se youn nan karakteristik lodyans ki kouche sou papye. 7) Kòm lodyans soti nan tradisyon oral, li toujou reflete kilti popilè ayisyen an ki eksprime atravè oralite kreyòl la. 8) Akoz sitiyasyon sosyolengusitik ayisyen an, lodyans se yon fòm diskou literè dyalojik ki toujou melanje plizyè vwa, plizyè lang ak plizyè nivo naratif. 9) Toujou gen yon ideyoloji nasyonalis nan lodyans. Li parèt aklè pafwa. Konsa tou li konn anba chal. Men li pa janm pa la. Fòk nou di ideyoloji nasyonalis nou jwenn nan lodyans pa chita sou eksklizyon moun lòt nasyon.

Avan mwen pase nan etap pratik atik la kote mwen pral analize 2 lodyans Sixto yo, m ap presize pou nou ke mwen idantifye 9 eleman karakteristik sa yo (devwalman, reyalite, aktyalite, traji-komedi, transjenerisite, kreyolizasyon, kilti popilè, dyalojism, ak nasyonalism) kòm kritè pou defini fenomèn lodyans lan san twò gwo pretansyon. Pandan m ap teyorize sou lodyans, li enpòtan pou mwen fè yon ti rapèl sou libète tout otè-kreyatè genyen pou yo kite imajinasyon yo ak kreyativite pèsonèl gide yo lè y ap ekri. Sa vle di ap toujou gen diferans ant pratik ak teyori literè. Nan sans sa a, modèl teyorik mwen pwopoze la a pa gen okenn pretansyon preskriptif. Okontrè, objektif la se te etidye kòpis tèks yo rele lodyans yo dapre yon demach deskriptif pou mwen ka idantifye eleman fòmèl, tematik, pragmatik ak ideyolojik ki pèmèt mwen fè diferans ant kategori zèv literè naratif yo rele lodyans lan ak lòt kategori literè naratif yo, tankou blag, zen, kont, nouvèl, woman, elatriye.

2. Analiz paralèl ant Lea Kokoye ak J’ai vengé la race

Malgre sa mwen sot di la a sou limit tout modèl teyorik genyen sitou nan domèn kreyasyon atistik ak literè, travay teyorizasyon oswa konseptyalizasyon an ap toujou jwe yon wòl kapital nan domèn etid akademik, kit se etid nan domèn lasyans, ki se etid nan domèn literè ak atistik. Validite tout diskou kritik sou yon otè oswa sou yon kategori zèv ap toujou chita sou kalite zouti teyorik ak metodolojik yo itilize pou yo fè analiz la. Se poutèt sa, mwen sèvi malgre tou avèk 9 kritè ki nan modèl teyorik mwen an kòm zouti metodolojik pou m analize Lea Kokoye ak J’ai vengé la race. San pèdi tan e san di petèt, mwen ka di Lea Kokoye se yon lodyans tipik paske nan zèv sa a nou jwenn tout eleman karakteristik ki genyen nan kategori naratif sila a. Sa vle di nou ka itilize Lea Kokoye kòm yon patwon, oswa yon modèl pwototipik, pou nou etidye nenpòt ki lòt zèv naratif oral yo bay non lodyans. Avan m bay rezon ki fè mwen di Lea Kokoye se yon lodyans modèl, fòk mwen pote yon presizyon sou koze lang nan. Si mwen di Lea Kokoye se yon lodyans tipik ki ka sèvi kòm modèl se pa paske se yon zèv ki an kreyòl non. Tout zèv naratif kreyòl pa lodyans e, jan nou di sa deja, gen zèv naratif ayisyen ki ekri an franse ki se bon jan lodyans tipik menm jan ak Lea Kokoye. Anfèt, si Leya Kokoye se yon modèl lodyans tipik nan domèn oralite kreyòl la, La famille des Pitite-Caille ak Zoune chez sa nainnaine jwe menm wòl la nan domèn literati frankofòn ayisyen an. Dayè, lodyans Justin Lherisson yo te sèvi kòm sous enspirasyon pou Maurice Sixto. Sa vle di, menm si koze lang nan se yon kritè nan modèl mwen an, refleksyon teyorik mwen an sou lodyans pa baze sou polemik kreyòl-franse.

Anreyalite, Lea Kokoye se yon lodyans oral tipik, non sèlman paske gen yon konsansis sou sa nan sosyete ayisyèn nan, men tou paske zèv sa a koreponn ak tout kritè ki genyen ni nan modèl teyorik Georges Anglade la ni nan modèl teyorik pa m nan. Lè Sixto fè eksprè li mete sitiyasyon mizerab lavi Lea Kokoye anfas sitiyasyon privilejye pèsonaj ki rele Lili Delafoukchod la, se pou li ka devwale epi denonse sistèm enjistis ak inegalite sosyal ki egziste nan peyi a. Nou ka remake Sixto rive fè nou ri pandan l ap denonse pwoblèm yo, men an menm tan tou, sitiyasyon lavi Lea Kokoye se yon trajedi. Li difisil pou ou pa gen pitye pou Lea Kokoye. Lodyans Lea Kokoye a se yon tèks ki long epi ki konplèks anpil anpil sou plan pragmatik, men li trè senp sou plan naratif. Kite mwen eksplike nou pou ki sa mwen di li senp sou plan naratif avan mwen eksplike sa k fè li konplèks sou plan pragmatik.

Menm jan avèk tout istwa moun rakonte, se anchennman yon seri sekans tèks naratif ki antre nan konpozisyon Lea Kokoye. Pami sekans naratif yo, nou jwenn lòt sekans tèks ki pa naratif, tankou dekripsyon, dyalòg ak refleksyon. Men sekans tèks ki dominan nan lodyans lan se narasyon. Se konsa sa ye nan prèske tout istwa tipik moun rakonte. Malgre gen anpil disgresyon, plizyè sèn ak plizyè pèsonaj nan Lea Kokoye, estrikti naratif tèks la rete byen senp paske pa genyen okenn lòt istwa segondè ki gen otonomi anndan istwa prensipal la. Anfèt, nan Lea Kokoye, gen yon sèl naratè k ap rakonte eksperyans lavi yon sèl pèsonaj prensipal atravè yon sèl tram naratif ki ale tou dwat san li pa fè okenn detou. Nan sans sa a, Lea Kokoye se yon tèks naratif ki pa gen okenn konplikasyon nan entrig li. Pa bliye Georges Anglade pwopoze yon mòdèl teyorik pou lodyans ki gen 5 eleman ki se « miniature, mosaïque, jouvence, voyance, cadence » (2004, 66). Anglade chwazi Lea Kokoye kòm egzanp pou li ka demontre pètinans 2 premye kritè nan modèl li a ki se « miniature » ak « mosaïque ». Men sa Anglade di : « les unités de base des mosaïques restent toujours les miniatures […] Ainsi Léa Cocoyer de Maurice Sixto est une mosaïque qui se décompose en treize lodyans distinctes de cinq minutes chacune […] » (2004, 85).

Apre m fin tande Lea Kokoye yon pakèt fwa, m pa fouti ka jwenn 13 ti lodyans 5 minit Georges Anglade ap pale yo. Pwoblèm Anglade sè ke lamarin pa t metye li. Kòm li pa t maton nan domèn naratoloji, li konfonn sa yo rele « sekans naratif », ki egziste nan tout istwa avèk sa yo rele « narasyon o dezyèm degre » ke nou jwenn sèlman nan istwa ki gen yon entrig konplèks, sa vle di nan istwa ki gen plizyè « nivo naratif ». Kidonk, Lea Kokoye pa koresponn ak ni kritè « miniature » la ni kritè « mosaïque » la. Yon lòt presizyon enpòtan : si entrig Lea Kokoye senp, sa pa vle di se yon lodyans ki senp pou sa. Lea Kokoye se youn nan lodyans ki pi konplèks Maurice Sixto te konpoze. Li pi konplèks sou plan pragmatik pase J’ai vengé la race. Lè m di « pragmatik », m ap pale de tout eleman nan yon tèks ki alafwa lenguistik e ekstralenguistik e eleman sa yo se 5 dènye kritè nan modèl teyorik mwen an ki ka pèmèt nou evalye prezans oswa absans yo nan yon lodyans.

Lea Kokoye se yon lodyans ki melanje plizyè rejis nan tou le de lang ofisyèl peyi a. Naratè a pale ni kreyòl ni franse. Pami pèsonaj yo, genyen ki pale tou lè de lang yo. Konsa tou, genyen se kreyòl sèlman yo pale. Gen yon pakèt eleman lenguistik e ekstralenguistik ki reflete kilti popilè ayisyen an ansanm ak oralite kreyòl la. Nou ka remake sa depi nan premye gwo sekans tèks deskriptif Sixto itilize pou li prezante nou devanti kay kote Lea Kokoye abite a. Nan deskripsyon bèl longè Sixto ofri nou an, li trase pòtre plizyè pèsonaj tipik nan klas popilè a. Li koumanse ak pòtre Sò Tèsi, machann tabak an poud la. Sixto di « Tèt li toujou mare. Pip li nan dyòl li. Tanzantan, li voye yon krache chit ! ». Apresa, li kontinye ak Grann Nanna, yon machann kenkay ki vann boutèy mabi, imaj sen, orezon, chaple, meday, bouji tout koulè. Sixto tou pwofite dekri yon ti gason ki avèk yon ti chemizèt tout koulè sou li. Misye san kanson ak fwèt kach li byen kanpe epi l ap kase yon grenn zanmann ak yon moso brik. Lea Kokoye se yon lodyans ki makònen ak reyalite pèp ayisyen an. Pa gen manti nan sa. Lè nou kontinye tande lodyans lan, nou jwenn yon pil ak yon pakèt referans kiltirèl. Nou wè Sixto itilize plizyè pwovèb kreyòl. Li fè referans ak relijyon vodou epi relijyon katolik. Gen yon kote nan lodyans lan, Sixto pale de yon ti frè Lea k ap etidye. Ti gason an t ap aprann yon tèks Nicolas Boileau kote ki gen yon fraz an franse ki di « La vertu sans argent est un meuble inutile ». Kòm misye pa konprann anyen nan franse a, li di « La vèti san lajan est en mèb initil ». Se yon fason pou Sixto tou pwofite denonse medyokrite sistèm lekòl ayisyen k ap kreye ti jako repèt. Lavi Lea Kokoye se reyalite lavi majorite fanm ayisyèn nan tout epòk. San mwen pa bezwen antre nan plis detay akoz limit mwen genyen, mwen ka di Lea Kokoye se yon lodyans total kapital ki respekte tout kritè ki nan modèl teyorik mwen an.

Kounye a, annou gade pou nou wè si se menm bagay la pou J’ai vengé la race kote Sixto ap denonse alyenasyon ak demagoji nan konpòtman otorite ki nan klas politik ayisyen an. Youn nan premye bagay ki ta dwe atire atansyon nou, se kad espasyal istwa a ki se « Paris, la ville lumière ». Nan koumansman istwa a, gen yon pakèt referans, tankou L’Opéra de Paris, André Malraux, Général De Gaule, ki demontre nou annafè ak yon tèks ki pa sanble ditou avèk referans nou jwenn nan Lea Kokoye. Tout tèks J’ai vengé la race la baze sou mannigans ak mannèv yon anbasadè ayisyen ap fè pou l ka kouche yon fanm parizyèn blond ki gen je ble. Tèks la koumanse avèk yon referans literè kote naratè a evoke Romancero aux étoiles pou l ka ensiste sou enpòtans Jacques Stephen Alexis nan domèn literati frankofòn nan. Li pale de « la symbiose du génie français et du génie africain ». Apre sa, nou jwenn yon pakèt sekans kote anbasadè a ap fè etalaj konesans li sou istwa d Ayiti. Lè anbasadè a ap denonse jenosid endyen yo ak sistèm esklavaj la, misye plis sanble l ap ap fè dyòlè. Depi sou jan l ap pale a, nou deja wè se yon nèg ki sou blòf. Dayè, li di, an palan de ti fransèz la, « Après l’avoir baratinée pendant une demi-heure, elle m’a suivi ». Kidonk, objektif misye se te kouche fanm nan.

Yon lòt eleman ki atire atansyon mwen nan J’ai vengé la race se resanblans ki genyen ant naratè a e pèsonaj prensipal la. Yo tou le de pale franse prèske menm jan. Nan Lea Kokoye gen yon distans ki klè ant naratè prensipal la e pèsonaj yo alòske gen yon melanj ant vwa naratè a e vwa anbasadè a nan J’ai vengé la race. Si nou pran san nou pou nou byen koute tou lè de lodyans yo, n ap konstate fason Maurice Sixto rakonte istwa J’ai vengé la race la diferan nèt ak fason li bay lodyans Lea Kokoye a. Kontrèman a Lea Kokoye, nan J’ai vengé la race, nou pèdi prèske tout eleman espesifik ki fè tèks oral yo sa yo ye a. Nan J’ai vengé la race, Sixto bay lenpresyon se lekti l ap fè. Nou ka remake pa gen okenn ezitasyon ni enpwovizasyon. Se sa k fè naratè a ak pèsonaj prensipal la pale menm jan. Gen plizyè endis konkrè ki demontre aklè ke J’ai vengé la race se pa yon lodyans ki ankre nan oralite ayisyèn nan. J’ai vengé la race pa gen anyen pou l wè ak koze literati oral. Gen yon lenguis angle, ki rele Roger Fowler, ki di konsa « le sens de l’oralité ne relève pas uniquement de la projection par le canal oral. Le message oral ne se définit pas par le canal oral ». Kite m atire atansyon nou sou yon eleman lenguistik ak 2 eleman pragmatik ki demontre aklè ke J’ai vengé la race se yon tèks ki plis chita nan yon tradisyon ekri oksidantal la pase nan tradisyon oral ayisyen an.

Eleman lenguistik la se tan vèb yo. Depi ki lè yo te konn itilize pase senp pou yo rakonte istwa aloral ? Prèske tout vèb ki nan J’ai vengé la race konjige o pase senp. Nou tout konnen pase senp se yon tan vèbal yo plis itilize nan tèks naratif literè tankou woman ak nouvèl. Premye eleman pragmatik la li menm se tout referans entètekstyèl Sixto fè yo. Misye site yon pakèt ekriven, filozòf, atis, savan ak lòt pèsonaj literè nou jwenn nan sivilizasyon oksidantal la. Pami yo li mansyonnen Nietzche, Darwin, Einstein, Cocteau, Racine, Pyrrhus et la veuve d’Hector ; Montaigne, Alexandre Dumas, Picasso, Shakespeare, Lamartine, eksetera. Nan fen tèks la, misye site yon pakèt disiplin yo etidye nan inivèsite oksidantal yo. Kite site Sixto : « Et voici l’histoire, la psychologie, la philosophie, l’ethnologie, l’écologie, la psychanalyse, le droit international, la stratégie militaire, l’épopée, la littérature, la poésie, tout cela su service de la fornication. » Menm si nou konnen ke J’ai vengé la race se yon tèks satirik kote Sixto ap pase politisyen ak entèlektyèl ayisyen yo nan betiz, sa pa chanje anyen nan rezilta analiz la. J’ai vengé la race se yon tèks Maurice Sixto te kouche sou papye dapre yon tradisyon literè nou jwenn nan peyi Lafrans. Gen plizyè eleman nou jwenn nan lodyans tipik yo nou pa jwenn nan J’ai vengé la race. Premyeman, Se pa yon zèv traji-komik menm jan ak Lea Kokoye. Konpòtman alyene anbasadè a plis komik pase l trajik menm lè alyenasyon misye soufri a fè pitye. J’ai vengé la race pa reflete kilti popilè ayisyen an ki eksprime atravè oralite kreyòl la jan sa byen reprezante nan Lea Kokoye. Anfèt, pa gen twòp bagay nan ni fòm ak estil tèks la, ni nan kontni tematik li, ni nan sistèm òganizasyon lenguistik ak pragmatik li, ki ta ka pèmèt nou di se yon vrè lodyans menm jan ak lòt lodyans Sixto yo.

Konklizyon

Pou mwen fini, mwen ta renmen fè yon ti tounen byen vit sou kritè nimewo 6 ak kritè nimewo 7 ki nan modèl teyorik mwen an. Kritè nimewo 6 la gen rapò avèk koze kreyolizasyon an kòm yon eleman ki enpòtan nan konpozisyon ak ekpresyon kategori diskou naratif yo rele lodyans lan. Kanta pou kritè nimewo 7 la li menm, li konsène kilti popilè ayisyen an ki eksprime atravè oralite kreyòl la. Jan m te di sa nan koumansman atik la, gen kèk entèlektyèl frankofòn ayisyen ki pa dakò avèk 2 kritè sa yo nan modèl mwen an. Yo vle rete kwè yon otè ka konpoze epi bay lodyans nan nenpòt ki lòt lang san pa gen kreyolizasyon e san zèv la pa oblije makònnen ak kilti popilè ayisyen an. San m pa demanti entèlektyèl frankofòn sa yo, m kwè li pa enposib pou lodyans evolye jouk li pran yon lòt konfigirasyon fòmèl, lenguistik e pragmatik. Men, sa poko janm fèt depi nan koumansman 19è syèk la jouk rive jounen jodi a. Bay lodyans an franse san kreyolizasyon, se menm bagay avèk yon moun ki ta deside ale danse nan kanaval oswa nan rara Leyogàn kote l ap pale ak lòt moun nan bann nan an franse oswa chante mizik popilè yo nan lang franse. Èske nou janm wè bagay konsa ann Ayiti ? Si nou ta wè sa, èske nou pa t ap twouve sa yon jan dwòl ? Mwen pa konnen si sa ta ka rive yon jou akoz yon swadizan fenomèn dekreyolizasyon. Annatandan, sanble lang ak kilti kreyòl se teren yo plis ap vale.

Lè nou egzaminen travay teyorik Georges Anglade fè sou lodyans ansanm ak zèv naratif misye ekri e prezante kòm lodyans, li fasil pou nou klase misye pami entèlektyèl frankofòn sa yo ki kwè yon lodyans pa oblije ankre nan reyalite popilè ayisyen an ak nan oralite kreyòl la. Laprèv sè ke pi fò tèks fiksyon naratif Anglade ekri yo sanble tèt koupe avèk J’ai vengé la race paske yo pa anrasinen ni nan oralite kreyòl la ni nan kilti popilè ayisyen an. Se poutèt sa nan yon atik Max Dominique (2022) te ekri sou lodyans, gen yon seksyon ki rele « L’audience d’Anglade : une usurpation d’audience ! » kote li prezante Georges Anglade kòm yon otè ki pa vrèman maton nan ekri lodyans. Ta sanble Georges Anglade se yon lodyansè tèt mato paske tèks li yo pa fè moun ri. Dapre Max Dominique (ibid), lè w ap li yon tèks Anglade, « on ne rit pas à gorge déployée comme chez Justin Lhérisson ou Maurice Sixto, on s’ennuie même parfois ». Si aspè komik lan li menm tou bakle nan tèks Anglade yo, sa vle di misye pa t rive respekte yon lòt eleman karakteristik fondamantal nan lodyans kòm fenomèn kiltirèl e literè. Pa bliye aspè komik lodyans lan toujou mache avèk yon aspè trajik. Se sa ki fè tout lodyans tipik se traji-komedi. Ta sanble aspè traji-komik lan pa twò prezan nan rekèy lodyans Georges Anglade yo. Se menm bagay la nou obsève nan J’ai vengé la race. Pou evite malantandi ki ka kreye konfizyon, avan mwen fini, li enpòtan pou mwen fè yon rapèl sou objè atik sila a ki se deskripsyon fenomèn lodyans lan atravè analiz 2 zèv Maurice Sixto. Mwen eksplike aklè pou ki rezon mwen pa konsidere J’ai vengé la race kòm yon vrè lodyans kontrèman avèk Lea Kokoye. Ti rale mwen fè sou zèv Georges Anglade se pa pou mwen konpare misye avèk Maurice Sixto ki li menm se yon vrè lodyansè malgre absans otantisite nou obsève nan lodyans an franse misye yo. Se menm konsta sa tou nou fè nan zèv fiksyon naratif Anglade yo.

Nòt

1.Orijinal atik sa a soti nan Pawòl kreyòl, Revi literè Sosyete Koukouy, Montreal, Vol. 6, 2024, pp. 40-54.

Referans bibliyografik

Adam, Jean-Michel. Genres de récits. Narrativité et généricité des textes. Louvain-la-Neuve : Éd. L’Harmattan-Academia, coll. Sciences du langage : carrefours et points de vue, 2011.

______ La linguistique textuelle. Introduction à l’analyse textuelle des discours. Paris : Armand Colin, 2005.

Anglade, Georges. « Fiction et subversion dans la lodyans. » dans Leurs jupons dépassent. Montréal: Lanctôt, 2004a. 129-131.

______ « Les lodyanseurs du soir, il y a 100 ans, le passage à l’écrit. » dans Écrire en pays assiégé, Amsterdam, New York, Rodopi, 2004b. 61-87.

______ « Un antidote à l’érosion des paysages culturels, la lodyans haïtienne. » PENinsula, Volume I, No 3, 2010. 4-7.

Bakhtine, Mikhaïl. Esthétique de la création verbale. Paris : Gallimard, 1984.

______ Esthétique et théorie du roman. Paris : Gallimard, 1978.

Bernabé, Jean. « De l’oralité à la littérature antillaise : figures de l’Un et de l’Autre. » dans Littérature et dialogue interculturel : culture française d’Amérique, F. Tétu de Labsade, (éd.). Sainte-Foy : Presses de l’université Laval, p. 49-68. 1997.

Dällenbach, Lucien. Mosaïques. Un objet esthétique à rebondissements. Paris : Éditions du Seuil, Collection Poétique, 2001.

Dominique, Max. « Du conte et de l’audience. » dans Boutures 2.1 (sept 2001-fév 2002): 37-40.

Fowler, Roger. « Orality and the Theory of Mode in Advertisements. » dans Guillot, M.-N. and M.-M. Kenning (eds), Changing Landscapes in Language and Language Pedagogy, London, AFLS/CiLT, 2000.

Genette, Gérard. Fiction et diction. Paris : Éditions du Seuil, collection Poétique, 1991.

______ Seuils. Paris : Éditions du Seuil, collection Poétique, 1987.

______ Nouveau discours du récit. Paris : Éditions du Seuil, Collection Poétique, 1983.

Glissant, Édouard. Discours antillais, Paris : Seuil, 1981.

______ Traité du tout-monde, Paris : Gallimard, 1997.

Guillot, Marie-Noëlle. « Oral et illusion d’oral : indices d’oralité dans les sous-titres de dialogues de film. » Revue Méta, v. 52, no 2, (juin 2007) : 239–259.

Léger, Frenand. « L’œuvre de Maurice Sixto, un patrimoine à sauvegarder et à étudier », publié sur Alterpresse le \20 mai 2015 et disponible en ligne sur le site Potomitan http://www.potomitan.info/ayiti/sixto2.php

Sixto, Maurice. Leya Kokoye. Port-au-Prince Volume I, 1974.

______ J’ai vengé la race. Port-au-Prince Volume V, 1978.

Home Page • Table of Contents • Send your writings and your letters to: Editors@tanbou.com