Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Denizé Lauture

Vòlè zonbi bèl powèm

Yo antere m
Drèt doubout
Nan youn simityè
Nèg bèl lespri.

Zonbi yon bèl powèm
Ki pèdi plas li
Ap pwonmennen nan simityè a
Tankou oun papiyon madichon.
Li sòti nan youn tèt mò
Li antre nan youn lòt tèt mò
Jis li vin antre
Nan tèt pa mwen.

Mwen pran zonbi powèm nan
Mwen fèmen l nan govi kè mwen.
Se sak fè toutan
Nanm mwen ap pwonmennen
Nan pi bèl jaden powezi.

Sonje Ti Mimich !

Nou te nan lakou grann ou
Grann ou Marenn Timiya
Fanm say ki te resevwa m
Lè m te sòti nan vant manman m.

Mwen te chita sou yon dodin
Ou te chita sou mwen
Ou te yon ti pitit
Ki te genyen m kwè
Twa ou kat rekòt kafe
Ansanm nou t ap dodinen.
Sou tèt nou te genyen
Yon bèl pye lorye
Yon pye lorye
Chaje ak flè blanch
Chaje ak flè wòz.

Sou tèt yon pye kokoye byen wo
Nan mitan lakou a
Te genyen yon ti toutrèl vwa klè
Yon ti zwazo mizisyen jis nan zèl
Ki t ap chante.

Pi wo, nan mitan syèl ble a
Solèy midi te souri
Yon ti souri dore
Depi lè sa a li te pase
Tout reyon pi cho li lòd
Pou yo toujou chofe
Ti kè ou ak kè mwen ansanm.
Ansanm nou t ap dodinen.

L’avalanche noire (Avalanch nwa a)

(Powèm an lonè Patrick Dorismond)

Li te wè jou nan Brooklyn
Li te grandi nan mitan vil Nouyòk.
Li te tounen yon toro gason nan peyi Ameriken
Li te konnen pa t genyen okenn Ameriken
Ki te pi Ameriken pase l.
Li te fè peyi Ameriken kado
De bèl pitit fi ak 2 bèl ti non.
Li te rele youn « Infinity ».
Li te rele lòt la « Destiny ».
Li te travay di pou li te kenbe yo bèl
Tankou pi bèl ti flè li te konn wè.
Nan kòf lestomak li tanbou bèl lespwa
Te toujou ap bat byen fò.
Adye ! Adye wi dan !
Yon move lannwit desann sou lavi li.
Peyi Ameriken tounen peyi « Men Reken »
Yo sakrifye kò l sou beton sal Nouyòk.
Apre kwòk dan dyab yo
Menm chache dechèpiye lonè l
Ak lonè tout fanmi li.
Men fout ! Yo pa t konnen nan twou gòj yo
Vyann kadav li t ap tounen zo pwason.
Yo pa t konnen san anmè li
T ap limen yon dife rache manyòk
Sou beton lavil Nouyòk.
Men non, yo p at konnen non li se te « Avalanche ».

—Denizé Lauture, ekstrè de koleksyon Pi bèl son lanbi sanba, dlo nan Sensè a, ed. Trilingual Press, 2022.

Powèm pa Gary S. Daniel

Batanklan

piske w konn fann tèt moun
ou konprann lespri w pi fò
pase tout moun

piske w konn bay van
anba po tèt san kò
sa pa vle di w fè klan
kòm bon tèt chèf blòfèyis

sa w panse a
se pa sa !

koripsyon pou pouvwa
ka fòs moral
e imoral pa di lespri piris
sa w wè a
se sa !

kraze brize pou zye vewon
jistis je trèt feblès gran don
pou kreve lafwa zangi
ak pete bal gwo midi
se vènisay batanklan
sou dyazi patisyon
animatè zele nan kout baton

Gade kijan ou chire
dra blan soutàn lotèl priyan
triyang tèt zye klere
koridò lafamilya san koulan

Wi ! Ou s on pipi san batanklan.

Koripsyon

Ou kreye wa
Ou chita wa
Ou plen boutèy mawon
chalè lanmouray do mòn kale
san reyon iltravyolèt solèy
chanje koulè lanmou petay.

Ti chèz pay mouye sou lakou
anba tonnèl fanmpadra
koub angilè souf dominen
dodinen anba galri wakreyon
tout lannuit jouk lawouze
tenyen sann gri k kuit patat jòn
nan gou grann sou bitasyon

Kou monte,
baf pichon lespri vante
simayen an vag move zè
maspinen nanm yanm
pou kouto fanmasi layite l
kon baboukèt debride chwal malen

Loseyan lobedyans lomeyans
bèlteyis mil bras kiyèbwa lanmouray
sou balkon bwa kayiman
libasyon kafe batis awozay pit vanyan
nan vant mankman pèdisyon kiltive
limit kouti linivè mal trikote
anba maskarad kanaval je fware
ploton pòltwon koutiryè san patwon.

Mèvilis

fanm lespri pa dewoute,
inyore lanmou anm
se tere lè k te fè n
kontre kare,
se mache sou dlo lekzistans
pou toufe lavivasyon
souf enfini yonn pou tout
nan rasin chive kwafi moun fou
son avadra fè danse
nanm grandèt k egare
nan fen fon
labim moun anwo,
moun anba,
ale vini
monte desann
zigzag sakre mache san fen
deplasman vid lakreyasyon
sou tras liy lorizon
nan bèltay enfini santiman
limit pèdisyon wòz linyon.

Vle pa vle tralali
mwen ake w tralala
yo ak nou tout sou do
fè yonn.

...................................

Vle pa vle san renonse
dans katakata sou tèt mòn
twouwonsanfon
pa solisyon kontwole
fòs liberasyon sangle
nan kadans dans petwo
sou bitasyon vag yanvalou
repete
lanati pentire pou letènite.

Fanm lespri pa egare
latè se nou
nou se latè
latètopye.

—Gary S. Daniel

Powèm pa Ewald Delva (Papa Zòf)

An nou refè yon lòt peyi

Peyi n gen la pa bon ditou
Li fè kansè nan tout zo kò l
Badijonnen ak pij e pou
Java nan pye l kòmanse dwòl.
Sentòm sa yo fè n divize
Li anpeche n jwenn solisyon
Depi nan vant nou enfekte
Ak kwomozòm jèm koripsyon.

Gran frè nou yo k te la anvan
Se nan Lafrik yo te soti
Poutan kreyòl yo trè frekan
Yo pa twò fè ka Ayiti.
Yo pa sousye pou rebati
Kèk patrimwàn ki te tonbe
Y ap tann se blan k pou rekonstwi
Kòm aloufa, yo, y ap bafwe.

Nou diplòme nan manfouben
Nan vire do bay Ayiti
Yo di n chanpyon tank nou sangwen.
Sa pa gade n si l avili
Yon eritaj nou jwenn fasil
Nou pa konnen konbyen l koute.

Se gran frè yo ki enbesil
K al bay vi yo pou n libere.
M santi m about, m pa kab ankò
Chak jou m santi m pi pre lanmò
Yon bitasyon ki si presye
Nou eritye n dezapresye
Etranje ap mouri pou li
Yo pa konnen sa yo ta bay
Pou yo ta jwenn yon Ayiti
Pou bout viza n lage piyay.

Pou si tèlman nou malonèt
Nou bay li pou n vin prezidan
Nou sansousi, e n dezonèt
Nou fè kado l anndan Palman.
Pou fèy dola, nou vann min yo
Sa ki mouri zafè a yo
E ankachèt, pou n jwenn pouvwa
Nou fè tout zak nan movèzfwa.

Moun ki gen fwa avèk konsyans
An nou refè yon lòt peyi
Sa k gen kouraj, avèk pasyans
An nou goumen, lit la mèt di
Voye jete tout move grenn
Pou nou rejwenn van libète
San n pa bezwen marenn parenn
Fòk kondisyon sa yo chanje.

Onè a Lilianne

Menm lè l pike pou pi devan
Lilianne mache ak tout istwa l
E l pa janm fè fuit annavan
Donk lè l pale, moun konnen vwa l.
Tout sa l fin di, tout respekte
Ka deviz li se louvri je.

Se la l pral jwenn plis rayisman
Sou tout rejim gouvèneman.
Kòmè Lilianne, ou pa mouri
Menm lè zetwal ou ta file
Non w ret grave an Ayiti
Tankou fanm vanyan Defile.

Si ennmi w yo p ap janm bliye w
Ankò pi plis pou zanmi k fyè
M poko wè moun pou ranplase w
Chak lè revèy pral fè katrè.
Moun ki sonje «Kario Lobo»
P ap janm kapab bliye «Jando»
Yo konn Lilianne, Filo, Marvel
E mo Kanntè, yo k vin avè l.

San n p ap bliye zanmi Sony
Yon bèl ekip, yon gwoup zanmi
Ke l Martinique, Guadeloupe, Giyanne
Ou p ap jwenn yonn tankou Lilianne.
Devan mizè, li se chanpyòn
Pran tou prizon, l pote kouwòn
Paske l ap di tout verite
Selon etik jounal mande.

Li pran ekzil, imilyasyon
Pran san mande, nan men gason
Moniman sa pa ka kraze
Non fanm vanyan l p ap efase.
Tout prezidan gen krent Lilianne
Paske l pa nan achte figi
Tout abiman l se peyizàn
Se fòs sa ki konte pou li
Se kouraj sa a yo meprize
Poutan limenm, li l anbrase
Dòmi an pè, byen repoze
Non w pa gen dwa janm efase.

Ou pa gen tan wè Ayiti
Depi lontan ke w ap reve
Wa jwenn nouvèl nan men foumi
Y a rakonte w sa k ap pase.
Si jodi a moun gen mikwo
Lilianne jwe yon gran wòl nan sa
Rekonesan, an n bat bravo
Nan mitan pil lòt ki engra.

—Ewald Delva (Zòf)

Powèm pa Charlot Lucien

Yon gout lawouze ak yon ti bren zèb

Ti gout lawouze a te fèt
Nan mitan lannwit
Pandan lalin t ap
Dòmi je l tou louvri.

Ti gout lawouze a t ap glise
Tankou you karès
Sou yon ti bren zèb
Ki t ap detire kò li,
Ki t ap soupire,
Anba karès ti gout lawouze a sou po l.

Ti gout lawouze a rive nan pwent zèb la
Li rete kwoke la
L ap fè kò l dous,
L ap liminen anba yon ti solèy jòn
Ki limenm te parèt
E te voye lalin al dòmi.

Ti gout lawouze a pa janm lage kò l nan tè a
Ki te pare pou te souse frechè li ;
Li rete kwoke nan ti branch zèb la
Li moli, li fè kòl dous
Li kite chalè karès solèy la
Fè li fonn, li fonn, li fonn
Jiskaske l evapore
Li file monte nan syèl
Al jwenn solèy.

—Charlot Lucien

Powèm pa Tontongi

Alterite nan kontenjans
Yon moman zantray rale
lè dènye revèy la a rive
souf final la nan yon sèten moman
yo te wè l ap vire-tounen san rete
se pri ou peye pou yon moman lajwa
ranson ou peye pou jwisans lavi
men tou revelasyon ladestine
pri ou peye pou w ka siviv.
Yon moman zantray rale
li se tou yon epifani
dekouvèt absolisyon
dekouvèt absidite ak orwellism
pèvèsyon reyalite.
Epoutan li kapab reyenvante
avèk enpètinans ak odas
kri revanch dezespwa
demann lajistis pou Ekzis.
Apre tan yo ban nou an
souvan pa yon aza kaprisye
ap vin rete sèlman memwa sivivan yo
moman fijitif la ki evanwi nan tan.
Rankont sa a alantou tab-a-manje a
yon maten Joudlan, se 14 jiyè nou,
se moman laglwa lakomin lan
senbyòz ant Tan ak Èt
inite yo ansanm ak diskòd yo
tout bagay anglouti nan evanesans,
laviktwa enstan sou tan
kontenjans toutouni.

—Tontongi, tire nan liv Tè mwen renmen an : yon antoloji trileng pwezi ayisyen kontanporen, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Mesmin Charles

Sèman nou

Nou pa ka bliye listwa
Listwa se fil demen nou
Nou p ap janm bliye zansèt yo
Ki se ranfò lavi nou
Yo te bay san yo pou nou
Leve pi gwo defi ras yo te plante
Se yon aksyon ki pa gen parèy
Ki make lemonn pou tout tan
Menm lè n ta dekouraje
Nou ta vle sanble n pèdi fòs
An n sonje eksplwa yo te fè
Pou bati nasyon nou an
Yo pa t janm gade dèyè
Nan chèche chimen libète
Se sa k fè jodi a
N ap sèmante nan non yo tout
Pou n goumen jis sou dènye souf nou
Menm si gen pyèj sou wout nou
Pou n ka leve peyi d Ayiti.

Maswife

Ayiti mwen renmen w
Kou w manman k te pouse m
Nan mitan kè lanati.
Lanmou m pou ou si fò
Chak fwa w pase nan tèt mwen
M santi kou lòlòy mwen ap pati.
Se kòm kwa l ap maspinen
Anba mayèt lavi k ap pilonnen zantray ou.

Lajounen kou lannwit
Se vizyon malatchonn deranje lamizè w
K ap sakaje lespri m
Jistan l prèske fè m fou.
Si m te abandone w lè m te jenn
Men m potko gen bon jarèt konprann
Ni m pa t kab fè ka w tout bon.
Fò m tal chèche chimen lavi
Pou m te ka kanpe nan chan lagè
Pou sakaje branch lespwa
Ki ka asire demen n.

Padone m si m pa t fè ka w
Chak fwa w te reklame m
Men m santi m potko fò
Pou m te reponn prezan
Nan rale mennen vini pou soulaje ka ou.
Listwa w malerezman te toujou ou mòn kalvè.
Malgre èksplwa zansèt yo pou fòje nasyon an
Li vle tounen maswife pou tout pitit ou yo
K ap pote chay lavi depli plis pase desan zan
San yo pa ka wè devan.
Sa ki pi enkyetan
yo fin tounen mafweze
zonbi desounen
ki pèdi direksyon solèy.

Se tray y ap pase anba politik chire pit
k ap boulvèse lemonn.
Yo pa menm ka kanpe anba drapo linyon
ki te ban n lendepandans.
Se pakèt patripòch maryonnèt panzouyis
ki pa gen on gout san nasyonalis
k ap jwe jwèt majò jon
anba ladrès kondiktè kriminèl
sou tèt tout yon nasyon.
Yo ban n pote tout non desounen
pou demantibile logèy pèp vanyan n
jis nou vin tounen on ti sousou ak kwi malediksyonn.
Kou panzou sa a nou pa ka defèt lan
tounen w baboukèt dyòl kwense
yon kòd pann tèt sere
k ap koupe souf lavi nou
chak fwa n ta vle fè w chape.
Nou ka di menm lanati pa vle kolabore.
Tonnè !
Kilè sa va chanje ?

Lak “Fresh Pond” nan Cambridge, Massachusetts.

Lak “Fresh Pond” nan Cambridge, Massachusetts. —foto Tanbou, 2023

Non
nou pa ka pèdi lespwa.
Lennmi an fò se vre
men si n kenbe chimen libète
li te mèt nan ziltik anba syèk malatchonn
fò nou jwenn you chanjman.
Pa gen pèp ki pa pase tray !
Menm si pa nou an pa gen parèy
fò n pa janm fèmen pòt lespwa.
San sa, lanmò Desalin pa ta gen sans
Lanmò zansèt yo pa ta gen sans.
Se pou n pandye nan kwa lavi a
menn si l se on maswife.
Pèp ayisyen
nou pa fouti lage
Kenbe kenbe fò !

Anmwey !

M genyen plis pase de syèk
Depi listwa ap maspinen lespri m
Libète ap fè m filalang
depi milwisansis
Mwen sèmante linyon
Pou m ka kore pwogrè
Men jis jounen jodi
Se kwi charite m ap pote
Si se pa madichon lanati
Se fòs desounen zòt yo
Li lè pou sa chanje
Pou rèv zansèt yo tabli
Anmwey !

—Mesmin Charles

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com