Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, hiver 2016

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Praksis pou pwogrè lang ayisyen an :

Remak sou Dezyèm Selebrasyon Mwa Lang Ayisyen Nan Masachisèt

—pa Tontongi

Nan yon tèks refleksyon mwen te pibliye apre Premye Selebrasyon Mwa Lang Ayisyen nan Masachisèt la ane pase, mwen di, m ap site : « Chwa lafransite kòm lang ak kilti dominan se yon chwa volontaris e politik delapa nouvo dirijan ayisyen yo ansanm ak klas dominan yo (nouvo pwopyetè, klas pwofesyonèl, klèje katolik, elatriye). Chwa sila a vin pita ranfòse avèk Konkòda Leta Ayisyen siyen avèk Legliz Katolik la an 1860 kote Leta ba li monopòl edikasyon ann Ayiti. Premye desizyon pè ak sè katolik yo pran se entèdi elèv yo pale kreyòl ayisyen an kit nan klas, kit nan lakou lekòl la. (…) Li pa difisil tou pou konprann ke menmlè Ayiti vin endepandan de Lafrans politikman, dominasyon kiltirèl Lafrans sou Ayiti pat janm sispann ; anfèt dominasyon kiltirèl la vin ranfòse avèk Konkòda 1860 la. Jodia, avèk eklèsisman laboratwa istorik fasilite nou, nou ka konkli pou n di ke yon rapò kolonyalis oubyen neo-kolonyalis ki baze sou lojik dominasyon—ke l politik, ekonomik ouswa lengwistiko-kiltirèl—toujou mennen nan yon enpas depandans, soudevlopman, povrete, lawont pou pwòp tèt ou ak dominasyon etranje. »

Se nan kontèks istorik sa a nou dwe konprann tip de selebrasyon Mwa Kreyòl Ayisyen sa yo nou wè k ap jeminen ann Ayiti ansanm ak Dyaspora a. Premye fwa nou te fè l nan Masachisèts, ane pase a, se te yon defi. Defi gason ginen ak fanm vanyan pran pou montre onè ak respè yo genyen pou lang yo. Yon dezyèm fwa se chimen yon nouvo tradisyon.

Repòtaj tematik sou Dezyèm Selebrasyon an

A) Dyektiv fondasyonèl

Depi premye selebrasyon an ann oktòb 2014 nan menm Bibliyotèk Vil Kanmbridj lan, anpil bèl bagay rive nan lang ayisyen an. Ekriven, pwofesè ak akademisyen ki patisipe nan Dezyèm Selebrasyon an trete plizyè aspè ak travay yo nan lang lan. Moderatè yo mennen dewoulman prezantasyon yo avèk konpetans, menmsi yon ti jan estrik sou tan yo te bay la (se pat fot yo, rete tann pou piblik vini te koze delè pou rankont lan kòmanse).

Youn nan bèl bagay ki rive nan lang ayisyen an diran ane a se lefètke Akademi Ayisyen an vin loje nan pwòp lokal pa l. Sa a se yon pa ann avan (byenke nou ta espere se yon lokal tanporè etandone anplè misyon Akademi an li mande pou li gen yon katye jeneral ki pi enpozan e majisteryèl).

Epitou, genyen plizyè gwo travay ki soti nan lang ayisyen diran ane a, pami yo se 2 liv mwen, youn se La Parole indomptée / Memwa Baboukèt, yon koleksyon esè bileng ki montre kouman ou ka ekri « bagay serye » nan lang ayisyen an nan nivo egalego avèk fransè ; lòt la se Sèl Pou Dezonbifye Bouki, yon koleksyon esè kritik sou ekriven kontanporen, ekri antyèman an kreyòl ayisyen. Mwen pale nan liv bileng lan, nan toulède lang yo, de zèv michan gason ak fanm vanyan kouwè Jean-Paul Sartre, Simone de Beauvoir, Jacques Roumain, Paul Laraque, Jacques Stéphen Alexis, Jean-Claude Martineau, Franck Laraque, Danielle Legros Georges, Toni Morrison, Patrick Sylvain, Edwidge Danticat, elatriye. Yo tout se moun ki pa kite pawòl yo ni nanm yo donte pa bèl manigans travay zonbifikasyon.

Anfèt, mwen tradui tit fransè liv la « La Parole indomptée » pa « Pawòl an mawonnaj » daprè chwa zansèt nou yo te fè pou kenbe libète yo ak diyite yo djanm andepi chal soufrans yo andire ; yo chwazi pou viv, andepi difikilte ak pèsekisyon kolon, andeyò lanfè esklavajis Sen Domeng lan (ansyen non kolon fransè te bay Ayiti).Tout moun mwen pale de yo nan liv la se moun ki pran tou yon patipri pou moun k ap soufwi, moun sistèm esklizyon an pa konsidere kou moun totalkapital.

Yon lòt liv enpòtan, an tèm valorizasyon lang ayisyen an, se roman Patrick Sylvain an, Anba bòt Kwokodil, youn nan pwayen roman ki ekri antyèman nan lang ayisyen an. Akoz tou de aksan li pote sou reyalite ak evennman politik ki te vrèman rive istorikman, roman an konsidere kou youn nan premye roman istorik ki ekri nan lang ayisyen an. Lè w makonnen roman Sylvain an ak roman Ewald Delva a, Adelina, yon dram lanmourez ak anbafon sosyolojik, ou wè lang lan ap viv byen nan literati, avèk tout zèl li louvwi nan lakou Boston !

Se pa sèl nan literati. Depi ane pase, pwofesè Michel Degraff, avèk èd yon donasyon yon milyon dola National Science Foundation te debouse ba li nan kad yon pwojè komen avèk Inivèsite MIT, devlope yon seri de video (ouswa videyo) ak pwogram ansèyman lasyans ak matematik nan lang ayisyen an. Pwogram sa a kontinye ap byen mennen ann Ayiti an kolaborasyon avèk anseyan lekòl ayisyen e ministè Edikasyon Nasyonal. Degraff te prezante kèk gran pwen nan travay sila a nan prezantasyon l nan Dezyèm Selebrasyon Mwa Lang Ayisyen Nan Masachisèt la.

An n remake tou ane sila a genyen plizyè selebrasyon lang ayisyen nan Masachisèt, pami yo yon rankont ekriven Ewald Delva òganize 24 oktòb ki reyini plizyè ekriven ki ekri nan lang ayisyen, san wetire yon pèfòmans mizisyen Gifrans prezante sou mizik ayisyen nan samdi 17 oktòb nan menm Bibliyotèk Vil Kanmbridj la.

Dezyèm Selebrasyon Mwa Lang Ayisyen nan Masachisèt la te ajoute anpil eleman nouvo nan evennman an, konpare ak premye selebrasyon an. Anplis de prezantasyon pa otè yo nouvo liv ki ekri nan lang kreyòl ayisyen an (tèm santral aktivite a), te gen tou de prezantasyon espesyal pou jounen an : 1) youn ladan yo se te prezantasyon pa Charlot Lucien ak Yvon Lamour an ki te anseye piblik la kèk nosyon fondamantal nan aprannman ekriti kreyòl ayisyen ; 2) yon lòt se te prezantasyon Michel Degraff la ki pale sou travay l ap fè, nan kad kolaborasyon ant Inivèsite MIT ak Depatman Edikasyon Nasyonal Ayisyen, pou anseye matematik nan lang ayisyen ak timoun lekòl. Degraff te branche yon videyo moun yo te apresye kote li montre ou ka aprann alfabè kreyòl ayisyen an pandan w ap amize w tande mizik— kouwè sa fèt nan kèk klas jadendanfan avèk alfabè lòt lang yo. Charlot Lucien ak Yvon Lamour te pale plis sou fòmasyon mo e montre bay piblik la « fasilite » aprannasyon lang kreyòl ayisyen an, nan sans pou montre li pa yon bagay « ekzotik », eke li aksesib kouwè tout lòt lang. Michel Degraff reprann menm pèfòmans didaktik sa a nan prezantasyon li an. Tou lè twa prezantatè sa yo anseye kreyòl ayisyen, Lamour ak Degraff ap fè li ann Ayiti depi plizyè ane.

Dezyèm Selebrasyon an, ki gen pou tèm santral « Ekriven ayisyen anfas lang li », layite tou yon bèl galri ekriven ayisyen ki ekri liv antyèman an kreyòl ayisyen oubyen ann edisyon bileng. Tout evolisyon sa yo se siy lang ayisyen ap fè chak jou pwogrè nan konsyantizasyon Ayisyen an. Gen yon obsèvatè ki di ane sa a li wè plis liv nan lang ayisyen nan fwa « Liv an foli » ann Ayiti ke anvan.

B) Kontinwite fòma prezantasyon yo

Dezyèm Selebrasyon an te kontinye menm fòma prezantasyon ane pase a kote te gen plizyè panèl konpoze de twa prezantatè avèk yon moderatè— fwa sa a Lunine Pierre-Jerome ak Jean-Dany Joachim—, ki entwodui prezantatè yo, regile sesyon an ansanm ak kesyon e repons yo. Lunine kenbe prezantatè yo motive sou sa y ap fè a, menmsi gen lè li itilize mwayen di. Premye panèl la te gen Emmanuel Védrine, Yvon Lamour ak otè repòtaj sila a (Tontongi).

Nan prezantasyon m lan mwen pale sou enpòtans selebrasyon Mwa Kreyòl Ayisyen yo nan kontèks relasyon istorik ant lang fransè ak lang kreyòl la ann Ayiti. Anpil nan pwen yo repwodui nan tèks sila a.

Malerezman tan moderatè yo te bay Emmanuel Védrine lan pat ase pou longè tan li te pran l pou l site lis zèv li ak akonplisman li, men piblik la te apresye kalite angajman ak respè li montre pou lang ayisyen an, ke l kontinye ap pwomouvwa nan zèv achivis li ansanm ak zèv kreyatif li. Li raple piblik la ke l se « youn nan trè ra otè ayisyen ki mete zèv konplè li ak tout referans li sou Entènèt la pou rann rechèch fasil ». Nan kesyon-repons yo, li pale yon ti jan plis sou ekriti kreyòl, patikilyèman roman kreyòl li an, Sezon Sechrès, ki fèk repibliye pa edisyon JEBCA.

Yvon Lamour te pale de fòmasyon li depi Inivèsite Indianna nan ane 1980 yo kote li te etidye avèk Yves Dejean e Albert Valdman. Li raple piblik la de seri seminè pedagojik li te konn fè sou kreyòl ayisyen nan kominote ayisyen an nan Boston depi 1983, epi tou ann Ayiti. Nan yon dezyèm prezantasyon li fè li pale plis sou pedagoji, yon sijè sou ki li fèt fin konsakre yon liv ki rele Divès Moso Nan Metye Fè Lekòl. Li pale de diferans ant zèv fiksyon ak zèv non-fiksyon : « Trè souvan lè yon otè ekri yon zèv ki pratikman sou fiksyon, sou imajinasyon, li kreye mond lan selon jan l mete l la. ». Misye di gen twa kesyon yon moun dwe poze sou yon zèv ki pa fiksyon : « 1) Ki sipriz mwen pral jwenn ? 2) ki sa otè a ekri mwen konnen deja ? 3) ki enfòmasyon li ban mwen, oubyen tou èske l chanje m ? »

Anpil moun nan piblik la te poze kesyon, pami yo : ki jefò k ap fèt pou devlope materyèl sou syans ak matematik an kreyòl ayisyen ; ki meyè jan pou ede moun aprann e konsonmen lang kreyòl la ? Prezantasyon Michel Degraff la ansanm ak pa Yvon Lamour e Charlot Lucien yo te plizoumwen reponn ak kesyon sa yo. Mwen reponn pou m di li nesesè pou nou mete « enfraestrikti » adekwat pou kore e ede devlope lang lan.

Pwochen panèl la te konpoze de Carey Dardompré, Charlot Lucien ak Patrick Sylvain. Dardompré te pale, kouwè ane pase, de dewoulman tèz doktora li sou lodyans ayisyen, yon janr li di ki inik a Ayiti. Li esplike bay piblik la ki sa ki distenge lodyans de lòt janr ki sanble l yo, kouwè kont, komedi, istwa kout, elatriye. Li site Maurice Sixto ak Charlot Lucien pami estètizay ki maton nan janr sa a. Li site ouswa parafraze Georges Anglade ki te di : « lodyans se tout otè ayisyen yo ki fè l, kit li di l se odyansè ou non. »

Charlot Lucien kontinye sou menm woulib la pou l pale sou zèv lodyansik li yo tankou Ti Roma ak yon nouvo pyès lodyans l ap travay sou li koulyea. Sanble misye gen yon flèdetwal ki nan wout pou l layite ba nou pa lontan. Li di piblik la kont li yo soti de reyalite palab chak jou Ayisyen, li pale de dyalòg li konn tande anbachal lè l al nan mache. Li kontinye kreye nan Dyaspora apati de memwa li. Li pale de otantisite materyèl kreyatif ki soti nan reyalite moun ap viv.

Patrick Sylvain limenm te pale de nouvo roman li Anba Bòt Kwokodil, li li pou piblik la yon chapit nan liv lan. Se byen domaj nou pat gen plis tan pou nou antre nan roman an avèk li. Kou nou di pi wo a, roman sila a se yon michan travay literè.

Dènye panèl jounen an te konpoze de Janie Bogart, Fred Edson Lafortune ak Yves Marie Jean. Jean te li pasaj nan nouvo rekèy powèm an kreyòl ayisyen li fèk soti Pise Gaye. Powèm li li yo te dirèk men avèk yon pasyon kache, benyen nan yon sansyalite, nan emosyon sans nou yo ki ale byen avèk tèm panèl sa a. Li di se lanmou pou lang ki fè l ekri an kreyòl. Li di li te konn kache anba kabann pou li ekri pwezi paske kouzen l nan kay la pat enterese nan pwezi. Li di lè l te lekòl nan Seminaire Collège Saint Martial li te santi idantite fransè yo te vle ba li a pat vrè idantite li. Li di li pat santi l nan limenm eke se nan ekri an kreyòl li vin jwenn vrè idantite li.

Se Fred Edson Lafortune ki te louvri panèl sa a, avèk lekti pasaj rekèy powèm li An n al Lazil, yon long powèm sou lanmou sou ki mwen di nan yon prezantasyon ke l « transkri l nan mond fizik la […] yon pwezi ki koule kou lwil sou po fèy bannann ». Lafortune raple piblik la nesesite pou ekriven yo fè plis jefò pou yo swaye, anbelize zèv yo : « Mwen kont moun ki panse lè y ap ekri an kreyòl tout voum se do… Sa yo ki ap ekri kouwè se yon trak. »

Fred Edson Lafortune raple mwen Paul Claudel ki te reyisi jimnastik pou fè marye pwezi avèk katolikism. Pwezi ak relijyon, an reyalite, se de domèn separe. Pwezi pa asepte absolitism relijyon prekonize a, byenke li pataje avèk relijyon ideyalite ki fonde l la. Relijyon, menm sa ki pi libere yo, gen difikilte pou yo asepte alterite pwezi, ki pa asepte ankenn baryè ontolojik, ni yon ideyalite bati sou ilizyon ak zonbifikasyon. Pwezi se yon libète edike, ouvwi anvè diferans zòt ka ofwi, ouvwi ak tout posiblite nan Linivè reyèl ouswa ireyèl yo. Victor Hugo te yon deyis kou Napoleon, men li pa lye l a ankenn relijyon ; Rene Depestre petèt se yon ate, menmsi ou pa wè sa blayi nan zèv memwa l yo. Sansyalite se yon domèn pi sen-e-sof ke lafwa. Li pat bay tèt li misyon pou l konbat relijyon non plis.

Jeanie Bogart te dènye prezantatè panèl. Manmzèl se yon powèt lirik ki kreye inite bèlte langajye ak sansyalite, ansanm ak tonalite vwa li ki kreye yon sansasyon kè kontan nan tout sal oditoryòm lan. Powèm li ekri sou womans yo jwe avèk imajinè sansyèl lektè ouswa espektatè yo san ke yo pa tonbe nan kanayri seksyèl ; yo eksprime yon emosyon powèt la rann byen kòm atis, avèk yon vwa melodye. Manmzèl di : « Lanmou se yon tèm ki laj anpil… Ekri sou lanmou an kreyòl pa diferan de si ou t ap ekri nan tout lòt lang. » Ekriven an dwe mande tèt, li di, « èske l fè mesaj la pase, èske l gen talan pou l ekri. (…) Yon grenn mo ka voye ou nan prizon ; yon grenn mo ka voye ou anba tè ; yon grenn mo ka detui lavi ou ». Li li pou piblik kèk powèm nan nouvo rekèy li, Sa m pral kite dèyè.

Powèt Jean-Dany Joachim, youn nan òganizatè Selebrasyon an, pat prezante ankenn lekti fòmèl, men li te raple piblik la enpòtans evennman an e poukisa li bon pou nou kontinye militantism promosyon lang kreyòl ayisyen an. Se te Joachim ki te vin a tèm inisyal rankont lan « Ekriven an fas ak lang li », tèm sa a vin evantyèlman nyanse pou l tounen « Ekriti ak Pwodiksyon an Kreyòl Ayisyen ». Antouka ka evennman an te fè fyète tou de tèm sa yo. Malerezman sa k te manke, se te tan pou powèt ak romansye yo te pale de sa yo panse de zèv yo, poukisa yo ekri, ki relasyon yo genyen avèk lang natifnatal la ? Tout sa yo se sijè ki dwe vin debat nan youn nan pwochen selebrasyon anyèl yo.

C) Prezantasyon pedagojik

Apre prezantasyon panèl yo, te gen prezantasyon pati « pedagojik » pwogram lan, kote Charlot Lucien, Yvon Lamour ak Michel Degraff te layite kèk teknik sou ansèyman lang kreyòl la. Lucien ensiste sou teknik ansèyman ki mande pou aprenan yo « antre nan etadespri » lang nan. Misye enonse twa mwayen pou mete aprenan yo « nan eta mantal » konvenab la : 1) « demistifye konsèp moun yo gen nan lespri yo ke kreyòl la se yon lang difisil pou aprann… ; 2) mande moun yo pou yo pwononse mo yo… 3) devlope yon teknik konparatif ». Li di ou ka itilize konesans moun lan genyen sou lòt lang yo pou ede l aprann lang kreyòl la.

Yvon Lamour di yon moun « atrap lang kote l leve a ». Li pale sou teknik pou ekri lang kreyòl la, sou nyans, diferans ki genyen nan son yon mo parapò ak yon lòt mo, li pale sou fòmasyon sentaks. Li montre kouman ou ka montre moun pale kreyòl an chantan « Ayiti cheri ».

Michel Degraff te pale de travay limenm ansanm ak enstitisyon l ap travay ladann lan, MIT, ap fè pou pouse ansèyman syans ak matematik an kreyòl ayisyen. Li denonse « vye erè k ap fèt depi 2 san zan pou kreye divizyon nan peyi a ». Li mande pou nou respekte lang kreyòl la, li di : « Pou nou bati Ayiti fòk nou sèvi avèk richès lengwistik peyi a ». Li pale de lojisyèl òdinatè ki ka ede nan pedagoji kreyòl. Nan yon videyo li met sou pye li montre timoun ayisyen ann Ayiti ki monokreyolofòn ke yon pwofesè ap fòse pwononse mo « couleur ». Chak fwa pwofesè a di « couleur » timoun yo repete « koulè ». Li klè son « eur » la te yon son ki etranje a yo. Li mansyone ironi pwofesè k ap anseye fransè ki pa pale fransè. Li voye lwanj bay yon lòt sistèm pedagoji kreyòl ki itilize pa lekòl Matènwa nan Lagonav ki baze sou reyalite lengwistik timoun yo. Li montre kouman timoun yo anseye matematik nan lang manman yo a, avèk yon metodoloji ki itilize mizik ak amizman, vin rive renmen aprann matematik.

Te gen tou Lionel Bissereth ki te reprezante mezondedisyon JEBCA e ki pale de li ; JEBCA ak Trilingual Press (Près Trileng) se 2 mezondedisyon ayisyen ki pibliye anpil otè lokal yo, e ki pibliye non sèlman zèv fransè ak anglè, men ki te layite nan sal dantre oditoryòm lan yon pliralite zèv ki ekri antyèman nan lang kreyòl ayisyen an ouswa ann edisyon bileng.

Pou nouzot yo ki te viv yon tan Ayisyen aletranje te konn kache kote yo soti, paske yo te wont de orijin yo, e te pè pale lang matènèl yo paske yo pat konsidere l kou lang lejitim, nou apresye dal pwogrè ki fèt nan sans ekriven ekri liv tout antye nan li, e selebre li nan enstitisyon kiltirèl enpòtan kouwè Bibliyotèk Vil Kanmbridj ki asepte parene Selebrasyon an, ouswa tou mezondedisyon L’Harmattan a Pari ki pibliye zèv bileng nan lang fransè ak ayisyen.

Natirèlman, gen ankò anpil bagay ki bezwen chanje, anpil move estrikti entelektyèl e enstitisyonèl ki bezwen demantibile e ranplase pa nouvo apwòch e rapò lengwistik ann Ayiti, yon nouvo epistemè.

Ekritoryalite ann ayisyen

Pou noumenm yo tou ki te viv nan tan kote ekri nan lang ayisyen an te redui nan bèl fraz kreyòl dwòl, ekzotik e fòlklorik nan mitan bèl chelèn zèv fransè, nou apresye pwogrè ki ap fèt nan ekriti zèv tout antye an kreyòl ayisyen, kou nou wè nan roman Patrick Sylvain ak Ewald Delva yo nou site piwo a, oubyen tou nan piblikasyon pa Harmattan, yon gwo piblikatè liv a Pari, tout mwatye liv bileng mwen an (La Parole indomptée / Memwa Baboukèt) ki gen prèske 400 paj, mwatye ladan yo ekri an kreyòl ayisyen.

Sèjousi ou wè menm Le Nouvelliste, bastyon tradisyonèl klas entelektyèl frankofil ayisyen an, ap pibliye long atik ak esè nan lang ayisyen an, pami yo yon atik pwofesè MIT Michel Degraff pibliye pou kesyone eleksyon Dany Laferrière nan Akademi Fransè a. Luc Remy fè dènyèman yon konferans sou Dessalines an fransè nan vil Boston ; prèske yon ka nan prezantasyon an te fèt an kreyòl ayisyen. Sa ki te remakab la sèke totalite dizèn patisipan ki poze keksyon yo oubyen kòmante pwen konferansye a avanse yo, yo fè li an kreyòl ayisyen, san eksepsyon.

Nan yon deba resamman ant Michel Degraff, Patrick Sylvain, Charlot Lucien, Jean-Dany Joachim, Yvon Lamour ak otè esè sila a sou izaj « r » ouswa « w » devan « w » oubyen « oun », ak sou sa yon roman istorik ye, tout deba a te fèt an kreyòl ayisyen, avèk yon trè wo nivo akademik. Sa ki enpòtan mwen te souliye nan pwosesis tout diskisyon yo, e malgre pafwa ton fache kèk nan yo te pran, se kalite wotè langaj tout entèvenan yo te anplwaye. Epitou ou santi nan chak kout fraz yo voye monte yon sèten disiplin nan atikilasyon yon langaj pou alafwa pataje e enstwi. Menmlè anpil nan echanj yo te gen yon ton didaktik, ou te santi gen lanmou pou lang lan, ou te santi yon dezi sensè pou ede avanse konpreyansyon li, ou te santi yon pasyon pou levasyon li.

Devan kowalisyon tout bèl siy sila yo, siy chanjman lakay yon klas entelektyèl kolon te zonbifye jis nan mwèl nanm yo ; devan espektak yon grap savan ak entelektyèl ayisyen k ap diskite gwo pwen sou lang ak bèl anplwayaj lang nan pwòp lang matènèl yo, lang kreyòl ayisyen an, mwen santi yon rejwisans, yon gran santiman satisfaksyon ke sa mwen rele nouvo epistemè a, sètadi reyapwopriyasyon, ouswa reprannasyon lang ak idantite lengwistik ayisyen an kont pliske 200 ane zonbifikasyon pa enperyalism kiltirèl e lengwistik fransè a, ap jodia byen mache.

Nan tèks mwen kontribye pou liv ki konpile refleksyon ki diskite nan kolòk ki titre a Kòlòk entènasyonal Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni—yon kolòk ki te fèt ann Ayiti ann oktòb 2011—, mwen ensiste sou enpòtans ekriti oubyen ekritoryalite, pou reprann mo Patrick Sylvain an, nan levasyon lang lan. Menm sa m di sou ekriti kreyòl : « Menmlè oralite te fason prensipal moun te kominike ak fè literati kreyòl ayisyen an pase, eksperyans ak pratik ekriti nan kreyòl ayisyen te ekziste depi sou tan lakoloni, omwen depi vè zòn mitan dizuityèm syèk nan kalandriye ewopeyen an. Yo te jwenn yon pakèt kont, powèm, pyèsteyat, lèt ak anpil lòt dokiman ki te ekri an kreyòl ayisyen byen lontan anvan Endepandans 1804 la. Anpil nan kolon yo yomenm te konn ekri an kreyòl ayisyen, kouwè Duvivier de la Mahautière, yon gwo chabrak nan Pòtoprens. Anpil mèt esklav yo, lè yo te bezwen pou esklav yo te byen konprann yo, yo te ekri diskou yo an kreyòl ayisyen, yon pratik reprezantan ofisyèl koloni fransè a kontinye fè, kou pa ekzanp Léger-Félicité Sonthonax ki ekri Pwoklamasyon Esklav yo (1792) an kreyòl ayisyen, oubyen tou Napoleon Bonaparte ki ekri Pwoklamasyon pou l envite ansyen esklave yo pou yo byen akeyi espedisyon Leclerc a (1801). Juste Chanlatte te ekri ann ayisyen, nan ane 1818, premye chapit pyèsteyat li a, L’Entrée du Roi dans sa capitale en janvier 1818. »

Sou keksyon Akademi Ayisyen an pi presizeman, men sa m di : « Yon Akademi Ayisyen, Leta ak sosyete sivil la ansanm ak gwoup aktivis kiltirèl ou sitwayen aktif pran angajman pou yo soutni, ka jwe yon wòl desizif nan jefò valorizasyon lang ayisyen an epitou nan jefò pou kreye yon nouvo epistèm ki ranvèse sistèm valorizasyon ki koumanse depi sou lakoloni a e ki benefisye sèten klas sosyal e ki ankouraje lakay pèp la jakorepetisyon, rayisman pwòp tèt yo e asimilasyon absid ak yon sistèm lengwistik etranje ki zonbifye idantite palan ayisyen yo. (…)

Tablisman yon Akademi Ayisyen ap patisipe nan jefò pou kreye nouvo epistèm lan, nan sans sa a Konstitisyon 1987 ayisyen an te fè yon bon chwa lè li te entegre tablisman yon Akademi Kreyòl Ayisyen kou yon objektif fondamantal nan koreksyon ak respè dwa pèp ayisyen e nasyon ayisyen an—chwa sa a endike Konstitisyon an byen konprann e anbrase karakteristik lengwistik e kiltirèl pèp la kou atou idantitè li dwe fyè de li. »

Pwa fòs senbolik yon Akademi

Genyen anpil konpatriyòt konsekan nan lit valorizasyon lang ayisyen an ki pa renmen ide yon Akademi e yo bay ekzanp lang anglè a ki pa janm gen yon Akademi reglemantif e ki jodia se lang dominan ! Mwen yon ti jan dakò ak enkyetid sa a paske yon Akademi reglemantatif ka koze plis tò a pwogrè e avansman lang lan, epitou, menmlè Akademi Fransè te eseye li pat janm reyisi enpoze l totalman sou evolisyon lang fransè a. Anfèt, menmlè ou tande anpil bri sou eleksyon ekriven kanado-ayisyen Dany Laferrière nan Akademi Fransè a, an Frans limenm Akademi Fransè a pa gen twòp prestij ke sa, ojis anpil nan pi gran ekriven peyi Lafrans layite pa janm te eli oubyen asepte pa Akademi an (panse Rousseau, Breton, Sartre, de Beauvoir, Genet, Colette, elatriye).

Mwen respekte opinyon kolèg sa yo, men sa mwen ta renmen kritik sa yo pote atansyon yo sou li se valè fòs senbolik eksepsyonèl yon enstitisyon Leta genyen nan imajinè yon pèp yo kondisyone pou panse ke li pa gen yon lang, eke langaj l ap anplwaye nan lavi chak jou li se yon non-langaj, vwa menm yon krim, paske yo konn pini li, ansanm ak pitit li, lè yo pale l an piblik nan administrasyon Leta yo, nan saldeklas, e menm nan lakou lekòl ! E akoz de « movèzite » sa a yo bay lang li an, li pa gen dwa pou li pale, yo fè li devlope yon pèsepsyon negatif sou lang li an, yon pèsepsyon ki di l li se yon lang enferyè. Sepandan, si ti peyizan oubyen ti malere eskli sa a wè Leta toupwisan ayisyen an, yon Leta ki lejifere lavi ak lanmò, sa ki bon ak sa ki mal, mete sou pye yon enstitisyon djanm pou levasyon lang ayisyen an, l ap santi yon fyète pèsonèl nan limenm. Se sa fòs senbolik enstitisyonèl Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen. Se pou tout rezon sa yo mwen mande tout konpatriyòt ki vle chanje rapò opresyon lang ann Ayiti pou yo sipòte Akademi an.

Gen konpatriyòt ki pa renmen ide Akademi an paske yo pa renmen wòl enperyalis ak represyon Akademi Fransè te vin jwe nan sipresyon ak destriksyon anpil lòt lang rejyonal an Frans yo. Nou konprann rezèv sa yo, men kou nou di piwo a, Akademi Kreyòl Ayisyen an pa nesesèman bezwen fè menm wout Akademi Fransè a te fè.

Yon lòt rezon ki motive rapèl istorik sila a, se pou fè konprann avèk klarite ke fondasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon ak revolisyonè pou ede ranvèse epistemè frankofil predominan an ki zonbifye pèp ayisyen pou pliske 200 zan, yon epistemè ki se youn nan eleman enpòtan nan retadasyon li.

Mwen ta sijere pou kolèg ki gen enkyetid sou oryantasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an ka pran, kit yo nan sen Akademi an, kit yo deyò, pou yo ta kreye sa mwen rele nan konsèy mwen te bay pou kreyasyon Akademi Ayisyen an yon « Komite veyatif konstitisyonèl » pou fòse respè demand kontitisyonèl yo. Komite a ka fòme de yon gwoup sitwayen veyatif k ap pote yon koutje byenveyan men kritik sou travay Akademi an, pou ede li rete sou wout misyon pou korije enjistis kont lang ayisyen an. Yon misyon redresaj kont lòddevalè ki la pou eskli ti nèg ak ti negès ki pat ka metrize yon lang minoritè yo te klase—nan tout kwen lasosyete—kou sèl lang lejitim e reprezantatif.

Paekzanp, gwoup sitwayen veyatif sa a ka pouse pou Akademi an adopte yon sistèm priyorite nan distribisyon ak depans resous li. Otè esè sila a panse genyen de (2) priyorite pou gwoup veyatif la ta bay tèt li kou ajannda : 1) òganizasyon yon Konvansyon pou inifikasyon òtografik lang ayisyen an (desizyon definitif sou anplwayaj mo ki gen doub òtograf yo, mo kouwè yon, youn, younn, moun, mounn, woman, roman, pèsonn, pèsòn, anplwayaj « r » ouswa « w » devan « o », « oun », elatriye) ; 2) demand ak ajitasyon pou tablisman yon lwa amenajman lengwistik k ap vin lejifere sou rapò lang ann Ayiti.

Pou demand sa a, mwen jwenn avèk lengwis Robert Berrouët-Oriol ki ensiste sou enpòtans yon lwa konsa. Nan yon atik misye soti kòmansman desanm sou sit li berrouet-oriol.com ki titre « Pour une académie créole régie par une loi fondatrice d’aménagement linguistique », li mande pou lwa sou Akademi Kreyòl Ayisyen an plase anba zèsèl yon lwa sou amenajman lengwistik ki kouvri tout politik ak rapò lang ann Ayiti, an n site l : « Vizyon pwoblematik lengwistik ayisyen an, ke m pataje avèk lòt kolèg, se yon vizyon sitwayen ki vle anbrase chan lengwistik la nan globalite li. Vizyon sa a fonde sou efektivitedwa lengwisti  yo akdwa lang”. “[Konsèp] dwa lang lan, ki vle di e ki konsakre rekonesans ak primote lang matènèl la—kreyòl—, se yon dwa èt-imen fondamantal pou tout Ayisyen. Poutèt sa, rekonesans dwa lang matènèl la dwe kore avèk lòt dwa fondamantal yo ki konsiye nan Konstitisyon 1987 lan.Dwa lang bay Leta ayisyen obligasyon pou li mete lwa ki ale nan sans politik lengwistik li alafwa nan espas piblik la ak nan chan edikasyon. Se sèl garanti legal e enstitisyonèl yo, konsiye okòmansman nan kad yon lwa amenajman lengwistik ki oblijan, ki kapab rasanble monokreyòl ayisyen yo alantou yon revandikasyon pou yo fè respekte dwa lang matènèl yo e fè li rekonèt e pwomote alafwa nan espas piblik la e nan chan edikasyon. »

Nou dakò enfiniman avèk vizyon sa a, paske li rekonèt pwoblematik lengwistik ayisyen an gen plizyè fasad ki makonnen youn nan lòt, eke li enpòtan pou gen ann Ayiti yon nouvo lwa amenajman lengwistik ki òdone yon nouvo politik sou lang e ki korije enjistis lengwistik k ap dire depi pliske de syèk la. Berrouët-Oriol fè byen lè l kesyone otorite ak mwayen Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen pou l ekzekite objektif li bay tèt li yo. Kòm ekzanp Berrouët-Oriol site de alinea nan atik 6 lwa sou Akademi Kreyòl la : 1) « [AKA ap] pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan ; 2) [AKA ap] pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la. »

Byenke mwen pa dakò ak misye lè li kesyone lejitimite Akademi Kreyòl Ayisyen an, mwen dakò avèk li lè di, ke menmlè li ta endepandan, prewogatif Akademi an pa kouvri politik ak rapò lang ann Ayiti, eke nou bezwen yon lwa espesyal ki reglemante li. Misye mande tèt li si michan objektif Akademi Kreyòl la bay tèt li yo « deklaratif, eksitatif ouswa obligatwa ? Ak ki mwayen konkrè Akademi Kreyòl la pral fè aplike jan dispozisyon sila yo epi verifye si yo efikas ? Èske l pral konte sou bòn volonte enstitisyon yo pou obligasyon nou prezime pou itilize lang ki ini tout Ayisyen an, kreyòl la, vin respekte toupatou nan Administrasyon piblik ak sektè prive yo ? » Misye reponn pou l di : « Tip vizyon sa a sou pwoblematik lengwistik ayisyen an mande èd Leta paske amenajman lengwistik la se dabò e avan tou zafè Leta. (…) Selon vizyon sa a, se wòl Leta ayisyen an pou l lejisfere yon lwa lengwistik espesyal ki estipile yon manyè ase laj dwa ak obligasyon lengwistik yo » [tradiksyon pa nou de fransè].

Fransè se lang prete

Kontrèman ak sa yon psikolojism fasil ta vle fè ou panse, apèl pou redrèsman enjistis rapò lang ann Ayiti yo pa sot bò kote moun ki gen santiman anti-fransè. Ojis, pi fò ekriven ak entelektyèl ki pi fawouch nan defans lang kreyòl ayisyen an se moun ki maton an fransè oubyen ki ekri l avèk bann elegans.

Pou mwen pèsonèlman, fransè se yon lang mwen te toujou renmen depi m te toupiti. Mwen aprann ekri l avèk anpil plezi e mwen toujou aplodi kalte ekriven ak filozòf li pwodui yo, ansanm ak bèl mèvèy literè e kiltirèl li ede simayen nan lemond antye. Anplis, mwen konsidere l kou yon patrimwàn ayisyen totalkapital akozde alafwa rapò istorik e kiltirèl nou genyen avèk li antanke nasyon ki gen yon tradisyon pwodiksyon gran ekriven ki pibliye zèv ki gen karaktè ayisyen e inivèsèl ladan li. E m panse ranfòsman yon vrè bilengwism ayisyen dwe youn nan objektif tout refòm rapò lang ann Ayiti.

Sepandan, akozde kantite dega ak ravaj nou wè chwa fransite a koze nan sosyete ayisyen an ; akozde latriye konsekans regretab sistèm esklizyon li kreye a koze nan konpletid emosyonèl e idantitè pèp la ; akozde layite obstak anpirik li drese nan lavi chak jou kay monokreyolofòn yo, e akozde sitou gwosè ak pwofondè echèk chwa fransite a ansanm ak Konkòda 1860 la, ki bay Legliz Katolik, pòtvwa enperyalism kiltirèl fransè a ann Ayiti, tout monopòl edikasyon tinèg ak tinègès, ki pat gen lontan te pran endepandans yo, wi akozde tout bagay sa yo, san wetire echèk alfabetizasyon ak aksè a kilti, mwen konsidere sistèm fransite dominan an kou youn nan pi gwo malè ki rive nasyon ayisyen an. Kouwè mwen di nan yon tèks ki kesyone eleksyon Dany Laferrière nan Akademi Fransè a, avèk chwa fransite a ke Konkòda a vin pita ranfòse, Lafrans kontinye kolonize Ayiti pa mwayen edikasyon ak kilti.

Antanke ekriven e malgre lanmou mwen gen pou lang fransè a, vrè lang natifnatal mwen se lang ayisyen an. Se nan li mwen santi konpletid ekzistansyèl mwen ; se nan li, malgre ke m aprann konn ekri l lè m te deja nan ventèn mwen, mwen viv fasilite ekritoryèl nan manipilasyon mo yo nan menm vitès yo kwaze lespri m. Sa ka rive an fransè tou (ouswa ann anglè) si se nan li mwen te viv anviwonnman lengwistik anpirik mwen lè m t ap leve. Se sa ki fè diferans ant yon lang matènèl ak yon lang adoptif ouswa sikonstansyèl.

Oprime ayisyen an viv etranjete langaj nan pwòp peyi li paske pale fransè, sèl lang yo jije lejitim pou lontan (sa yon ti jan chanje koulyea), pa janm vrèman yon lang nasyonal, men pito domèn esklizif yon ti lelit frankofil e frankolonize (selon bon ti mo Idi a), ki itilize li pou eskli mas pèp la. Li vin yon enstriman, dabò enstriman dominasyon kolon dekwape yo itilize pou domine Ayiti pa mwayen detounen, epitou enstriman esklizyon ak bèbètizasyon pou kenbe mas pèp la nan plas li. Se sa ki dwe chanje jodia.

—Tontongi Boston novanm 2015

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, été 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com