Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, hiver 2016

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Kreyòl o o, pouki tout bri !

—pa Jean Dany Joachim

Pandan dènye mwa ki sot pase la yo, mwen asiste yon deba imèl ant kèk entèlektyèl nan zòn nan. Se pa t yon ti bagay piti ditou non ! Alaverite, se pa mwen sèl ki t ap gade ; gen nou plizyè ki te chita nan premye ran k ap swiv espektak sa a. Charlot, Tontongi, Lunine, Carey, Martineau, nou tout te espektatè ofisyèl paske nou tout te sou menm lis imèl la. Mwen sispèk gen kèk lòt zanmi ki ka te okouran tou wi, men non yo pa t parèt aklè nan manman lis la.

Koze a kòmanse ak Patrick, ki voye yon imèl bay gwoup la, pou anonse yon liv tou nèf misye fenk pibliye. Dabitid, se konsa sa fèt pa bò isit : lè youn pibliye yon bagay li voye yon anons bay tout lòt yo. Liv Patrick la rele Anba Bòt Kwokodil. Men nan anons lan, Patrik esplike ke Anba Bòt Kwokodil se premye « roman istorik » ki ekri nan lang kreyòl la. Lèfini tou, misye di, ke liv li a respekte « tout nòm literè yo », kididonk dapre limenm, se yon « roman », se pa yon « lodyans », se pa yon « kont ». Men tout sous pawòl la !

Liv nèg la se pa l, se pitit vant li, li satisfè de travay li, annegad de mwen, misye te mèt dekri l jan l pi pito ; sa a, se mwen, se te premye refleksyon pa m sou deklarasyon Patrik la. Menmsi misye ta di ke liv li a se dènye roman istorik ki ekri nan lang kreyòl la, sa pa t ap fè m ni cho, ni frèt. Nonplis tou, m potko ni wè liv la, ni gen chans pou li yon paj ladann. Enpi mwen toujou konnen, gen paran ki lwanje pitit yo pi plis pase lòt.

Se Charlot an premye ki te voye yon repons pou mande Patrik klarifikasyon sou kòmantè li a, konsènan lodyans, kont, ak sa misye rele « nòm literè yo » ki dapre limenm pa ekziste nan lodyans ak kont. Repons lan te vin jwenn tout moun nan gwoup la, se pa t yon imèl pèsonèl ki te al jwenn Patrick.

Trapde, Patrik pouse yon imèl. Misye voye yon esplikasyon an detay bay Charlot ak tout gwoup la pou pote klarifikasyon sou deklarasyon li te fè a. Misye esplike an detay nan pwòp langaj pa li, tout sa ki fè yon liv ka yon roman, e an menm tan an tou, misye tou pwofite fwa sa a pou l di ke lodyans ak kont gen pwòp fòm literè pa yo tou. An pasan, misye tou esplike ke de twa moun ki te gen chans li maniskri liv li a, moun sa yo pi byen plase pou fè kòmantè ; konsa, Patrick tou pwofite ankouraje Charlot ak nou tout nan lis la pou al li liv la. Sa te fè m sonje yon ti pawòl lakay ki di : « antre nan won se youn, men aprann sòti san bite enpòtan tou » ! Zepon ! Kreyòl pale kreyòl konprann. M te souri.

Apre repons Patrik la, gen Lunine, antan ke youn nan moun ke te li maniskri liv la, ki voye yon imèl pou fè yon kòmantè ak anpil delikatès, kote manmzèl di Charlot ke kesyon l poze a enpòtan anpil, men sou premye deklarasyon Patrik la, li panse se petèt yon estrateji ekriven an pou leve liv la devan lektè yo. An menm tan tou, Lunine pwofite siyale ke limenmm li pa ekriven, se yon lektè li ye, se mèt liv la ki ka regle koze klarifikasyon sa yo. Fwa sa a, m sekwe tèt mwen ak respè pou jan m wè manmzèl file kou zangi nan konvèsasyon an prèske san l pa kite tras. Ochan !

Anpil tan pase, prèske yon bon twa mwa san okenn bri pa fèt nan konvèsasyon an. Dapre mwenmenm, m panse tout bagay te fini sou koze a, mwen panse tout moun te fin kraze fèy kouvri sa. Antretan, mwen rankontre ak Patrik de ou twa fwa, misye ban m yon kopi liv la ke mwen pwomèt pou m fin li anvan « Dezyèm Selebrasyon Mwa Kreyòl » ki gen pou fèt nan Cambridge Public Library a, nan dènye samdi mwa d oktòb la.

Vwala se konsa sanzatann, boum ! yon lòt imèl tonbe san klaksonn sou tapi a. Fwa sa a, se Michel ki voye l pou Patrick ak tout gwoup la.

Michel repran menm kesyon Charlot a, men fwa sa a, ak pi plis entansite. Misye di li pa dakò jan Patrick wè li nesesè pou tabli yon klasman ant woman, kont ak lodyans lan. Enpitou, misye ensiste sou sa Patrick rele « estanda literè yo » ; li ta renmen plis esplikasyon sou ki bò Patrick jwenn yo, kiyès ki kreye yo ak ki wòl yo elatriye, elatriye… Michel klarifye pou di ke woman, kont ak lodyans se dè tradisyon ki gen rasin yo ansanm ak pwòp valè pèsonèl yo nan kilti peyi a. Apre sa misye vire pwen li an sou yon kesyon òtograf : kòman Patrick fè sèvi ak « r » nan roman lè Patrick ekri kwokodil ak « w » nan kontèks menm liv la…

M sonje yon lòt pawòl bò lakay tou ki di: sa w wè a se pa sa ! Mwen reli imèl Michel la ankò, enpitou ak tout lòt imèl anvan yo. Mwen di tèt mwen kreyòl la ap fè bri, se bon bagay. Sa vle di, vle pa vle se vanse l ap vanse. Pi gwo satisfaksyon mwen nan dewoulman diskisyon an jiskaprezan, sèke tout deba k ap fèt la, tout imèl k ap fè alevini yo, tout se an kreyòl. Tout kozman dakò, pa dakò sou ki sa yon roman ye, kisa kont ak lodyans ye, tout dezakò sou òtograf ak stil, tout dikisyon an t ap fèt pa ekri nan lang kreyòl la. Pwen sa a te fè m kontan anpil pou m wè yon gwoup entèlektyèl k ap viv andeyò peyi a, k ap manifeste ak tou enèji sa a pou lang manman yo a. Se kanmenm yon bagay ki merite pou mansyone. Ayibobo !

Enben, se konsa san pèdi tan, Patrick pouse yon lòt imèl takotak tankou yon loray pou met Michel nan wòl li. Tout jwèt se jwèt, men kòchèt pa ladan l, se sa m sonje yo di bò lakay. Se pa tout pawòl ki merite al sou papye, menm Labib di sa. Espektak la te kòmanse kreye yon malèz ki bay yon movèz odè. Lè yon moun nan lari enpitou li tonbe sou yon espektak piblik, se pa menm bagay ak lè se sou òdinatè prive ou, nan salon lakay ou, espektak la ap vin jwenn ou… Sa k tris nan sitiyasyon an, sèke, vle pa vle, nou tout se yon grap menm bagay ki nan menm bouk la. Pa menm gen plas pou koupe fache. Pa kolabore p ap nan enterè pyès moun.

Nan menm rapidite ak Patrick, Michel san pèdi tan pouse yon lòt imèl pou klarifye, pou fè lepwen, pou analize, pou jistifye, elatriye, elatriye… Enpitou san rale bak, Patrick voye yon lòt ankò. Pou nenpòt moun nan ki t ap swiv dewoulman diskisyon an, anbyans lan pa t bon ditou. Echanj lapawòl ant de mesye yo te depase kad entèlektyèl la. Ni Patrick, ni Michel gen plis bon bagay yo ka pote nan literati an jeneral, ansanm ak lang kreyòl la. Literati nan tout peyi sou latè, se yon pòt ouvè pou deba a lenfini. Lè yon zèv fin ekri, kèlkeswa je ki li l la ka entèprete l nan konprann pa l. Nou pa ka bliye ke ekri menm jan ak mizik ak penti se ar [ouswa atizay] li ye. Pale sou liv ak ekri pa vle di dezakò nan kesyon lamitye.

Erezman, epizòd dram sa a pa t gen tan fini nèt an katastwòf. Gen yon dènye imèl san patipri, ki te tonbe anba plim Tontongi, kote l te pran lapawòl antan ke editè liv Patrick la, ak anmenm tan yon manm aktif nan zòn nan. Misye fè yon ramasay ak tout lide mesye yo sou kesyon yo nan deba a, pou brase yo nan kontèks ak anpil enfòmasyon sou plizyè piblikasyon ki te fèt sou lang kreyòl la pandan plizyè ane. Se te yon gwo soulajman pou mwen pou m te li entèvansyon sila a. Jan yo di bò lakay la, « dan pa mòde lang », vle pa vle nou tout fè yon sèl nan zile pa bò isit. Ni Patrick ni Michel, ni mwenmenm at tout lòt aktè, espektatè yo, kreyòl la se kòd lonbrit nou. Misyon pa nou se kontinye fè l avanse, nan syans, nan pwezi, nan mizik ak tout lòt fòm literati : roman istorik, woman tou senp, kont ak lodyans, elatriye, elatriye…

Gen anpil bri k ap fèt toupatou sèjousi sou lang kreyòl nou an, sa pa vle di pou otan ke se kounye a tout travay yo kòmanse. Anpil jenerasyon anvan te met men yo ak lide yo nan koze a, men gen anpil travay toujou ki pou fèt. Prezans Akademi Kreyòl la se yon gwo pa… Kreyòl la di : « zwazo fè nich li ti pay apre ti pay » M rete kwè tou ke respè ak sajès, menm jan ak imilite gen pou jwe yon wòl solid nan espas travay sou kesyon règ òtograf, ak tout lòt aspè ki gen pou finalize nan lang nou an. Anpil lòt lang ki tabli nan lemonn jounen jodi a te pase pa la. Mesyedam lasosyete, touse ponyèt nou, anvan lang nan kouri kite nou dèyè. Lèfini, pouki tout bri ?

—Jean-Dany Joachim oktòb 2015

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, été 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com