Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Tontongi

Ayiti de kriz an kriz men lavi ap kontinye

(Powèm sila a eksprime kontinwite lit mwen an, kontinwite aspirasyon mwen, kontinwite lespwa peyi d’Ayiti kenbe nouri.)

Eleksyon avòte ouswa vòlè

lepèp endiye
KEP enplike *
nan detouneman
vot san idantifikasyon
kandida tout koulè
met lamen nan lamen
pou voye grimas la ale
men dega a te deja fèt
kès Leta devalize
mizè nwa miltipliye
tiboujwa reprann plas yo
nan zafè lakoloni
Palman pat vle ret pèdan
lè li sèl reprezante Leta
konsa li fè yon koudeta
pou kreye yon konkòda
pou mete dlo nan diven
ajitatè souverennte pèp la.

Jeneral nan gozye Atoufè
palmantè ki pa pran dòleyans
tijoudlan sou pewòl Bon Papa
anbisye ti chemen bare
ki pa wè pi lwen k nen yo ;
santi bon ak kilikikit k al achte
kribish nan mache Kwa Bosal
bakoulou nan fèt Sentantwàn
ak kòl chemiz rèd ak lanmidon
k ap chache fè de kou anba gwòg.

Depi konplo sou Pon Wouj
rive sou neokoloni Opapabama
pase anba woulo Bebe Bush
ak sou pawòl dous kazak wouj e nwa
monpè ki plis pawolye ke malen
plis prezidan kè poze ki pa anchay anyen
tonbe nan gouvènman kanaval kat sezon
pou kenbe tinèg soule e dou kou siwo myèl
se menm kout tanbou anba tonèl.

Ayiti gen ase seyè lagè
ki fòme lame avèk èd Ozanfè
ki pase pran Okap, Gonayiv ak Pòtoprens
e deklare tèt yo ak poumon yo gonfle
chèf siprèm yon pèp tounen twoupo.
Sepandan menm lè ou pa t ap tann
Samba pa p pè tounen nan mawonnaj
si se fason pou l pa pèdi lespri l.

Yon peyi fondatè modènite
salopri chèf lagè delalay
yon peyi pwotektè lalibète
gwo zouzoun ak oligak sou bòdmè
louvri lapòt bay asoufa Wall Street
ansanm ak tiblan rasis nan Misisipi
avèk tinèg lakay kou twokay.

De kriz an kriz deblozay la kontinye
men lavi ak kontinye louvri zèl li
Samba dwe repanse chapant nou
ansanm ak jan chimen an trase.
Ayiti se yon ideyal èt imen
yon orizon ki layite lòtbò etènite
Ayiti se manman Lamerik Latin
peyi ki limen fantasm zotobre
men tou refij nanm dane san zespwa
ki pa t gen chans devan lapèdisyon.

Ayiti se yon ideyal èt imen
yon vizyon destine pou pèp anchene
yon espas libere zansèt yo te sakre
pou levasyon lòt dimansyon latè.
Ayiti se peyi vanyan ki sòt nan Ginen
ki alèz nan metwopòl kou nan forè Amazoni.
Ayiti se peyi lwijanboje ak kamoken rebel
ki konfwonte Papa Dòk menm opri lanmò.

Gasner Raymond te tonbe pou sa li pa t vle
Antoine Izmery ak Jean Dominique tonbe
pou pale pou sa yo yo pa t vle pale
grenn wòch nan laboratwa asoufa
ki di l se mèt tout sa k sou latè,
yo te mouri pou sove lespwa nan malakwa.

Eleksyon avòte ouswa vòlè
lepèp endiye
se pa anyen nouvo
se modis vivendi
pouvwa ki pran pa fòs
yo kontinye pwije ti poul ze dò
fason daji natirèl malfezans.
Fòs demokratik yo pran lari
tout bagay vin posib soudennman
—Ayibobo pou tout samba sou latè
ki kenbe kleronnen chan liberasyon
zansèt yo te chante pou lavni resplandi !
Ochan pou yon Ayiti ki kanpe sou de pye l !

De kriz an kriz Ayiti kontinye ret anvi
onon otodetèminasyon tinonm yo te kwape
nan ziltik ki retounen avèk je yo klere.
Ayiti se defi gason ak fanm vanyan
toupatou sou latè k ap chache yon lòt vwa.
Se lè pou sa yo kèkswa kote yo soti
ki rekonèt laglwa aspirasyon
pou rele viv Ayiti libere !
Viv laviktwa sou lamizè !
Viv yon lavi ou gen dwa rele anmwe !
Pou moun manje chak jou Bondye mete !
Viv dwa travayè nan faktori !
Viv lavi !
Viv dwa a lavi !
Viv dwa tout manman pou bay timoun manje !
Viv dwa papa Leta enjisteman anpwizone !
Viv dwa tout kretyenvivan pou chanje lavi !

* KEP : Konsèy Elektoral Pwovizwa, enstitisyon Leta ki anchay eleksyon ann Ayiti.

Li ka rive toupatou

Li rive bò isit
li rive lòtbò dlo
menm bagay toupatou
lavwa di pèp manipile
nan menm sistèm preregile.

Li rive bò isit
Amerik sa a vin komedi
nan pawòl sou pòtay
ka malere anba gwòg
kou ka bouzen anbachal
menm nan lamès sent Bènadèt.

Li rive bò isit
li ka rive toupatou
zotobre eritye san konsyans
mèt lakou sistèm depaman
nan brase koze maleksyon
nan enterè rasis rayisab
ak Aleksann nan LaRisi.

Ou te ba nou Ti-Simòn
Aleksann ba yo Pèdi Fèy
anba kout plim sou Entènèt
ak grate men nonm aloufa.
Ah ! papa, remèd ou a pa dous !
Ayibobo pou bon wonga Bwa Kayiman !

(Mas 2017)

—Tontongi

Powèm pa Dumolas Mesmin

Maswife

Ayiti mwen renmen w
Kou manman k te pouse m
Nan mitan kè la nati.
Lanmou m pou ou si fò
Chak fwa w pase nan tèt mwen
M santi kou lòlòy mwen ap pati.
Se kòm kwa l ap maspinen
Anba mayèt lavi k ap pilonnen zantray ou.
Lajounen kou lannwit
Se vizyon malatchonn deranje lamizè w
K ap sakaje lespri m
Jistan l preske fè m fou.
Si m te abandone w lè m te jenn
M potko gen bon jarèt konprann
Ni m pat kab fè ka w tout bon.
Fò m tal chèche chimen lavi
Pou m te ka kanpe nan chan lagè
Pou sakaje branch lespwa
Ki ka asire demen n.
Padone m si m pat fè ka w
Chak fwa w te reklame m
Men m santi m potko fò
Pou m te reponn prezan
Nan rale mennen vini pou soulaje ka ou.
Listwa w malerezman te toujou oun mòn kalvè.
Malgre èksplwa zansèt yo pou fòje nasyon an
Li vle tounen w maswife pou tout pitit ou yo
K ap pote chay lavi depli plis pase desan zan
San yo pa ka wè devan.
Sa ki pi enkyetan
yo fin tounen mafweze
zonbi desounen
ki pedi direksyon solèy.
Se yon tray y ap pase anba politik chire pit
k ap boulvèse lemonn.
Yo pa menm ka kanpe anba drapo linyon
ki te bann lendepandans.
Se yon pakèt patripòch maryonnèt panzouyis
ki pa gen yon gout san nasyonalis
k ap jwe jwèt majò jon
anba ladrès kondiktè kriminèl
sou tèt tout you nasyon.
Yo bann pote tout non desounen
pou demantibile logèy pèp vanyan
jis nou vin tounen yon ti sousou ak kwi malediksyon.
Kou panzou sa a n pa ka defèt lan
tounen yon baboukèt dyòl kwense
yon kòd pann tèt sere
k ap koupe souf lavi n
chak fwa nou ta vle fè yon chape.
Nou ka di menm lanati pa vle kolabore.
Tonnè
kilè sa va change ?
Non
nou pa ka pèdi lespwa !
Lènmi an fò se vre
men si n kenbe chimen libète
li te mèt lan ziltik anba syèk malatchonn
fò nou jwenn you chanjman.
Pa gen pèp ki pa pase tray
Menm si pa nou an pa gen parèy
fò n pa janm fèmen pòt lespwa.
San sa, lanmò Desalin pa ta gen sans
Lanmo zansèt yo pa ta gen sans.
Se pou n pandye nan kwa lavi a
menn si l se yon maswife.
Pèp ayisyen
nou pa fouti lage !

Batèy

nan mitan tyè douvanjou
yon solèy lapipi
nan kwen je syèl k ap fikse latè
file nan fant balistrad
pou l rale n anba zèsèl lannwit
senk kè maten kòk te fèk chante
siflèt komandè desounen tout nèg
ka p fè yon dènye rèv sou mizè lakay
kite madanm kite pitit
al chèche lavi nan peyi panyòl
kote kann pi anmè pase asowosi
sipòte maspinen
anba men gad fwontyè
k tap ranmase gason
pou travay nan zafra
batèy domikani
tankou kòk kalite
k pran yon move kout zepon
nèg ak tout soulezon dòmi
nan mitan tèt
te rive sou chantye
san n pa ka pwoteste
madanm dèwo timoun nan grangou
nou pa gen okenn lòt atou
pase se koupe kann
le nèg ape sonje sa fè plis ke de syèk
gwo ewo n yo te toufe
zantray lesklavay kriminèl
raj gason pase sou kann
tankou se tèt kolon kamoken n t ap koupe
kann tonbe a gòh kann tonbe adwat
jous rive lanjelis
pou n fè yon kwota se san n nou bay
bouch gouvenman peyi n
zipe kou yon bwat sadin
zafè tribilasyon
k pandye nan kè vyewo
yo menm kouri bri
magouy fèt sou tèt koupèd kann
yo koupe nan salè n
pou finanse pòch yo
pandans dwa delòm pase anba pye
anpil fwa n pa menm ka touche
e si n pèmèt pwoteste
yo refoulen lakay san peye
pwoblèm nèg nan batèy
se miwa peyizan lakay
yon bann reziye
k ap soufri san rete
san lespwa yon demen miyò
nèg batèy
nèg lakay
nèg Dayiti

Konbit Peyizan

pote manchèt pote pikwa pote wou pote digo
kote gason vanyan pou nal fè yon kombit pou yo
vaksin mare voye boula
simbal tanbou kraze yon kata
anba ochan poun reveye
mèt kay ki pran nan wyon kòve bare
senk kè maten nan kè douvanjou jeran lakou ap rale solèy
ki t ap dòmi nan mitan vant syèl
pou l ka trase chimen lawouze
pou eskwad travay jaden pwopriyete
pote bobori pot te ak kafe
pou kè travayè ka soulaje
kleren tafya dlo nan krich ak kalbas
tout makonnen nan pye laplas
k ap tann repa kolasyon
pou l ka fè distribisyon
anba solèy cho plen midi
nan mitan zèb pwa grate lyann foumi
sou nich flanman pikan kwenna
Yoyo ap bay kalinda
alòs simidò ap voye boula
Yaya anwo Yaya anba
ankouraje gwoup travay di
anba zèsèl laprèmidi
anvan mèt jaden fè konsta
pou l deklare kòve kaba
pandan solèy ap ranje kabann
lannwit nan mitan savann
travayè reyini nan lakou
pou yon dènye repa ki gen gou
twons mayi moulen ak pitimi
laye nan mitan sòs pwa mi ak sopoudre
pou remonte fòs peyizan
k ap chante lavi pou lontan
kombit peyizan kombit lanmou
kombit delivrans pou Ayiti.

—Dumolas Mesmin

Powèm pa Ronald Laurent

ane a travèse

san klaksonnen
pa gen almanak
timoun ri Sentàn ap tire fistibal
nou fou

se pou tout machin kanpe sèk
lè ane a ap travèse
tout moun alawonnbadè
dwe wete chapo

ane a grandi kou chwal
kouri kou pipirit

solèy la ale long kouche Tibiron
ane a fann monte kou yon i

san klaksonnen
ane a bat bouda l’

men lonbraj mwen

solèy fè sèman l’ap kouche
lonbraj mwen tout kote
nan lari anba lapli
anba tonèl nan flanm solèy
sou tout fèy bwa larivyè

lonbraj mwen reveye katye m’
lonbraj mwen kouche dèyè solèy la
kepi l’ devan dèyè
kachimbo li tache rèd
nan de bann machwè l’

lonbraj mwen pa di yon mo
l’ap danse kou chen fou
li pile m’ chaplete m’ tòktòk mwen
li pa di m’ ki genyen ki nanpwen
l’al chèche kachkach
solèy la kouri dèyè l’

lonbraj mwen vwayaje kou malfini
vale pike kou kadav rabi
tonbe lwa nan chak pòtay

lonbraj mwen al nan mawon
lonbraj mwen ap pran dife

fanm nan fann desann

solèy la voye chalè l’
pou l’ touye lawouze
sou zèb maledve

solèy la voye chalè l’
pou l’ reveye lanmou
kwape lawouze
limen koridò rouj kou dife

klòch katedral pran uit kout pye
mwen t’ap desann nan ri labirent
bese leve kòmanse

fanm nan fann desann

fanm nan santi bon
kou djondjon seche sou fèy bannann vèt
kou yon kafe griye douvan jou
koulè l’ mele ak lanati

li pral priye devan Sen Pyè
fò l’ bat zèl li pou l’ vole
mari fanm nan mouri
li kite l’ ak senk pitit

fanm nan fann desann
fanm nan pa di yon mo
bondye sèl
ki konn sak nan kè l’

li pran direksyon lanmè
l’ap voye flè

mwen fann dèyè l’
ak bèl chante
sou pwent bouch mwen

tout moun sèmante
li se yon chelèn
li pa di menm yon ti mo
fanm nan pa pran nan mannigans

fanm nan fann desann
kite dèyè l’ silans ak tristès
regrè ak lapenn

—Rénauld Laurent tire nan rekèy powèm Manivèl

Powèm pa Andy Hilaire Personna

Pi lwen

Jouk kote sa te wè jou
Kote sa fini anvan lafen
Rekòmanse anvan lanmò
Regwoupe estrateji dizuisankat
Tande eksplikasyon kapwa lanmò
Kote m ka siye sapat nan pye langelis
Woule nan jouk toro bèf sipa
Kote m ka byen dekri w Ayiti

Pi lwen ke vwa w
Kote m ka tann pèlen tèt banbou
Dèyè bonèt lakansyèl
Diminye nesesite w
Pi lwen w Ayiti
Kote m ka sanble zegwi lonbrik krab tonnè
Kote lawouze pa gade koulè figi fèy
Tout moun jwenn

M ka tounen vin fè w souri
Kote m ka pa pran sant ou
Men tande bri vant ou
Lwen kote m ka repentire w
Fè tout ras anvi kouche sou kwis ou
Pi lwen m vle ale pou Ayiti

Lavni m vole

Vole tonbe lwen lakay
Kote plenyen pran souf
Konprann bat nan gagè
Sansasyon koute chè
Sab bò lanmè se sinistre

Lavni m vole barikad
Baraj souflantyou
Kote nyaj fè eskalye
Imajinasyon gen pri
Kote kat pa jwe san jokè

Lavni m vole
San zèl
Dout frekantasyon m
Respè siplikasyon m
Koche k nan sansibilite m
Lafimen paspouki
Lavni m pase devan tout n awè

Lavni m vole tonbe
Kote nonm se jouman
M korije pase dikte preskolè
M fimen san siga
Se ligide m ap ligide.

Pou Ayiti

Mwen anvi ale nan dènye bout latè
Kote dlo fini
Solèy pa ni leve ni kouche

Ale kote zètwal file tonbe
Jouk nan limit nyaj ak lanmè
Kote loray kase lezo

M anvi ale kote dlo leyèt ou te fè labou
Boukante manmèl ou
Ale envante vokabilè m nan listwa w
Rechematize yè w jodi

Ale kote avansman w fè nich
Lage lapolis nan bouda lavi chè
Mete anba kòb tout erè gran kò w
Site non w devan tab tounant
Tande dikou vyeyès ou
Rajeni w devan lèzengra

M anvi ale rasanble branch trip ou
Opere w jouk tout reyini
Fè w reviv frechè channmas
Lè jounen ap ba w do
Ale pi lwen ke lakay pou Ayiti

Lwen lakay

M tate tout repons k kouche
Bò chimen m
M asiste seremoni koukouj minwi
M tate lanvè, landwat
Devan, dèyè
Sou kote, nan mitan
Anba, anlè

M tate ochan gran doko
M envante ayibobo
M detripe lanati ak bèl diskou
M tate anba kout lang douvanjou
Souvni m efase
M goute fyèl satisfaksyon

M tate lwen lakay
M chita sou tab sa k sere pou mwen
Matirite kache m
M tate tout sa souvni m efase
Jouktan Ayiti reparèt nan miwa m

O Ayiti !

M trayi w san rezon
M enskri non m nan liv malè w
M travese sèt fwa
Rivyè kote sèpan kouvè
M chatouye lonbrik solèy anba mango labich
Sou basen mèt dlo
Pou m ka souse w

M resite tout priyè disparèt
Lespri m fè lago ak pwomès ou
O Ayiti ! Engra m !
M fè w pou m pa tounen
M miltipliye dèt ou
M ogmante dlo nan je w
M desinen plis lapenn nan machwè w
M devwale koulè po do w
Ak mak fwèt trayizon m

M chita nan bak van k ap planifye
Atak siklòn ak lapli kont ou
Ayiti bèl ti gengenn
Fanm move zantray
Ki pa ansent rekonesans
Jous kilè m ap sispann bwè san w
Nan babòch kay zanmi k renmen malè w
Trayi w aprè tout mizè tranche w.
M vann ou san fe pri pou gwo non.

—Andy Hilaire Personna

Powèm pa Jean-Dany Joachim

Yon lòt pawòl !

Anvan jounen an fini, m pral ekri yon tèks long pou peyi a
Yon tèks k ap fè longè tou pye bwa yo kole ansanm
Yon tèks ak mo fre, tankou grenn lapli sou fèy mazonbèl

M ap ekri pawòl ki ijan peyi a bezwen konnye a
Pawòl anvan tout bagay k ap fè nou tout tounen youn
Ni sa k lavil, ni sa k an pwovens ak tout sa k lòtbò

Tèks sa a, se pou tè a, ki se ti kal nan nou tout
Jaden kòd lonbrit tout moun
Moun rich rich, moun rich, moun ti mwayen, ak sa k pa gen ditou.

M ap ekri nan tèks sa a, jan nou bèl, lè nou an pè
Jan nou se yon pèp plezi ki renmenn ri ak fè fraz
Yon pèp solidè, menmlè nou pa montre sa

M ap ekri nan tèks la, pawòl ki ka sanble ak rèv
Yon rèv tan lontan, nou kontinye fè toulejou
Yon rèv linyon ak liberasyon

Mwen pap pèdi tan pale de istwa peyi a
Nou tout deja konnnen l
M ap pwofite pale de sa n dwe fè pou n rive pi lwen

Fwa sa a, m pap pale de solèy la
Mwen pap menm pale de lanmè a ki fè viwonn nou
Mwen pap di anyen sou syèl la ak makòn zetwal yo

M ap fè yon ti rale tou piti sou rivyè ak pye bwa yo
Dlo sous nan tèt mòn k ap kannale glise desann
Pou plen krich ak kannari pou nou pa janm swaf

Tèks la ap pale de tout bèt volay: zwazo lib, zwazo kalòj
L ap pale de bon jan van ki vante pou kalme chalè
L ap pale de randevou lalin ak solèy dèyè tèt mòn

M ap ekri tèks sa a san difiklite, san pakèt refleksyon
Nan chache mo espesyal ak metafò
Tèks la ap fèt ak souf peyi a

Si dòmi ta pati avè m,
Tèks la ap kontinye tèt li poukont li
Pou l ofri yon pawòl ijan peyi a bezwen konnye a…

(24 Oktòb 2016)

Pawòl solèy

Gen de fwa, mwen vrèman pa gen chans
Rezèvwa lespri m a sèk maten an
Nanpwen fòs menm pou gade bò solèy la
Tout bagay gen koulè fad fad
M anvi fèmen tèt mwen nan fon tèt mwen
Pou m chache soulajman…
Domaj mwen pa ka jwenn kle a !!!

—Jean-Dany Joachim

Powèm pa Forestal Jean David

Nannan libète

Nou se nwa!
Nwa nan nwa, nwa nan blan
Nwa nan jòn, nwa nan wouj
Souf libète
Papa soufrans
Paradi k sou pewon lanfè !

—Forestal Jean David

Powèm pa Darlene Skylie Pierre

Vini

Vini pou wè
kote ki pa gen gè
poutan ki pa anpè.

Vini prè
sa yo ke fènwè
kenbe, sele kè.

Vini wete
twèl lamizè
wi nan tout je
ki pa wè klè.

Vini pou wè
sa ki san bonè,
sa ki pèdi frè
nan tranblemann tè.

Vini non, wa wè
sa ki gen gran vè
nan men yo pou bwè
pa sa ak kiyè.

Yo anba tab gran manjè
yo anba pye malfektè
vini pou’w wè
vini pou’w fè.

Vini pou fè yo pran lè,
vini pou fè yo wè,
vini pote limyè
vini pote fè klè.

—Darlene Skylie Pierre

Powèm pa Kwitoya

Delatètopye

penda kon yon maten seksi
fanm lan lolo bonnanj mwen
epi l dyannen katye a
chak jès li jèben sipriz
sipriz ki bade ak
chàm chàm ki chaje
pouvwa pouvwa lanmou ak dousè
fanm sèlman pote
delatètopye
pou lalín mire rezon l
chak fwa m panse kreyè
konsa se moun
solèy bare m nan kabann

Nan revolisyon l

si m ap bat kò mwen
frape pye m atè
se tansyon m ki moute
pou pyebwa n ap jete
se sankaye ki koud pòpyè m
pou sousdlo fatra ap toufe
krèy malè o
kouvri labanyè mwen… !
si m ap dòmireve toujou
sèke latè vrèman
gen yon pozisyon
nan revolisyon l
pou zetwal ponmen galaksi
pou dlo remoute anba galèt
opa lanperè.

De san ane deja

yon koutlè frape m. yon move koutlè avèk tout onomatope
li yo vle manje rezon m. moveplan lyannen mistè ak
mizè nan nuit mwen. ala esperans la se trezò kache !

de san ane deja move lapli ap kalonnen m. lavalas
desann li bwote patènite dife m ap mire depi benbo.
se nan dlo mwen chita ak Sendomeng sou do m… tout
listwa m se chache antidòt move koutlè… de san ane
deja m ap navige. Agwe o ! gade se pou lavi zanfan yo
chandèl la te ye sou zile a !
peyi pa mwen pa te fè pwenkadino !

Yon koutlè danble

depi benbo
bèlrèv ap tizonnen
somèy granrèvè…
rèv ! rèv pòm defandi
rèv kontras maten
nan bwode nuit
rèv altere!… rèv lakay!
lakay tètanba anba kwa
l kwarelijyon kwa
bèlmanti… kwa!
kreyati malefik
baka politik
nan mikalaw zo pimpe
zo dekloke
zo kakòn… zo tèt
tètsankò ak rèv kwèdèk
rèv lamán… rèv!
rèv bòlèt… rèv!
depi ponwouj
kriz politik malatyong
mwen m ap mire
yon koutlè danble
kon yon solèy andyable
kont moveplan
fasinasyon tètgridap
nan flan fènwa
rèv solèy nan lizyè
bèlbatay
se rèv sa m ap kenbe !

—Kwitoya tire nan rekèy powèm Pawolitik: Yon pawòl anralba, Trilingual Press, 2016

Powèm pa Kiki Wainwright

Peyi m

Peyi m
oun tolalito
mayilò laviwonndede toutvoumsedo
jan l pase l pase pase bò isit pase bò lòtbò
pa janm ka kontre pa janm ka dakò pa janm ka vanse.
Ideyoloji
ji sitwon nan lèt k ap vire pyafe
nan malè malsite malere.
batanklan klenklen
bak machann
tèt gridap dappiyan alimèt sigarèt sirèt bwa kochon zo devan bobin fil san fil
pèpè jete ranmase pran beton
pran rele rele anmwe.
Peyi m
balenn nan ogatwa twa fèy twa rasin kwa digo nan kwi pistach griye
mayi griye nan laye laye kongo

balenn nan badji konviksyon bouji limen nan van.
oun pa devan de dèyè k ap kalbende valkande
trennen tralalap nan demagoji mizèrere je pete sèvèl san ji.
Peyi m
ay peyi m sa a peyi m malgre tou malgre sa lonbrit mwen mare marande makònen plòtonnen anrasinen.

Rasin

Nan savann pou lavi miyò
chalè lanmou nou blayi
nan sous lespwa kalbas la fann
men anpil tounen kwi chay pa lou
dlo a koule l ale jwenn zanfan li yo
dlo a koule l ale nan rivyè
nan lanmè
lòtbò dlo
l ale jwenn rasin li yo.
Bab lavi lonje trese fè nat
pou lespwa dodomeya.
Pasyans mande sajès sajès
mande pasyans
nan savann pou lavi miyò
lanmou nou tranpe nan sous.
Fò sous pete anba mòn byen bwaze
pou lavi ka koule klè kou kristal
nan jaden Zaka.
Aganman pran koulè fèy
pou l manje zandolit zandolit
kache anba fèy pou l manje marengwen
men fò lavi fleri
fò lavi ka koule nan tout sezon
menmsi kannal bouche.
Joumou pa donnen kalbas
pou l pote dlo pou li.
Nan savann pou lavi miyò
sous nou toujou ap koule
fò n pa kite l chèch anvan

jaden wouze.

Lapli nan venn pyebwa
fè branch louvri bra bay solèy
pou chante bèlte lanati
toutotan rasin marye ak filaman limyè.
Van soufle kase branch lavi
bwote fèy chèch
bwote fèy vèt toupatou
men
rasin se sous
rezon sous la se lavi
nan granbwa li mete fèy
pou bat bravo pou li.
Rasin lan zantray latè
pale pawòl pi fò pase van
pale nan silans latè
sous se rasin rasin se sous.

Koutchapo pou Kal Levèk*

Kal pa t ti kal gason, non,
Kal pa t ti kal gason ; nan pwosesyon nèg save, Kal te mache anba de.
Se pa toulejou nou kontre yon pè jezuit Ayisyen,
Kal se te yoùn.
Kal pa t ti kal gason, non,
Kal pa t ti kal gason.
Epòk lontan lè papa dyab
t ap goumen ak entelektyèl, Kal te pran egzil, l al Kanada. Yo te louvri de bra ba li.
Se pa ti kal kal Kal te pran nan fredi Kanada, kote l te plante konesans
ak kè kontan ak konviksyon.
Nan Monreyal li te louvri sant kominotè, li te plante, li te plante,
li te fè rekòt pa gwo sakit.
Li te ede ti nèg
pote lapenn chagren Ayiti, rasin yo, nan fredi Kanada.
Li te ede ti nèg pote non Ayisyen anwo sou tèt nechèl entènasyonal la.
Kal pa t ti kal gason, non,
Kal pa t ti kal gason : radyo se te pa l jounal se te pa l mizik se te pa l teyoloji se te pa l.

Se pa toulejou nou kontre yon senti nwa nan karate, Kal se te yoùn.
Kal pa t ti kal gason, non,
Kal pa t ti kal gason.
Kal jwenn mwayen mezanmi, l ale anba yon lòt de :
nan pwosesyon bèl fouchèt, tout moun bat bravo pou Kal, manje l se te koupe dwèt.
Wifout ! Wifout ! Koumatiboulout ! Kal te tout.
Kal te pwofesè filozofi,
li pa t wè lavi menm jan ak zòt. Li te renmen peyi l,
li te renmen pwochen l, li te renmen malere.
Mechan ki rayi jan l te panse pa t vle wè Kal, sou tab operasyon Kal te mouri
anvan yo te mete kouto sou li.
N ap mete chapoba, n ap pote Kal anlè, n ap pote l anba de nan rara k ap bouyi
sou wout revolisyon pèp Ayisyen.
Kal pa t ti kal gason, non,
Kal pa t ti kal gason. (27 mas 1988)

*Karl Leveque fèt Ayiti nan lanne 1937, li mouri Monreyal, Kanada, 18 mas 1986.

—Kiki Wainwright tire de rekèy powèm Tanbou Liberasyon/Tambour de la libération/Drum of Liberation, Trilingual Press, 2016

Procession, by Steve Arnesen, Port-au-Prince, Haiti, 1979.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com