Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, printemps 2017

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Rezilyans ak Rezistans :

Pou komemore 7èm anivèsè tranblemanntè ann Ayiti a

Pòtrè Ayiti (1980–2010)

Souvenans 12 janvye 2010 sila a jete yon jèb flè devan memwa viktim yo, epi komemore rezilyans ak rezistans pèp ayisyen an. Imaj Ayiti ki layite la yo selebre pèp ayisyen an ak kilti Ayiti depi pandan premye jou ak premye mwa apre tranblemanntè a. Yo estime gen plis ke de mil moun ki peri, plis ankò te blese oubyen demanbre, e plis ke yon milyon te jete nan lavi, san zabri. Imaj dramatik sila yo pote Ayiti nan mitan Bibliyotèk Vil Cambridge la, pou komemore lavi moun yo ki te pèdi nan devastasyon tranblemanntè a, epi tou rekonèt lit pèp ayisyen an ap mennen kounye a kont lenjistis moun lakay ansanm ak lenjistis fòs entènasyonal yo.

Foto sa yo te pran pandan kat deseni, yo reflekte non sèlman moman trajedi a ki pi touchan, men yo egzibe tou anpil bagay nan imanite nou tout pataje a: kontinye fè travay nou, rankont ant plizyè monn espirityèl, brase konvèsasyon, kenbe diyite endividyèl e kominotè nou. Antanke atis, nou espere imaj sila yo se refleksyon miwa sa nou ye—nou tout se kretyenvivan. Nou espere tou imaj yo pote yon temwayaj respektye ak yon respè apwopriye anvè grann kantite pèt lavi pèp ayisyen te sibi nan tranblemanntè 2010 la.

Egzibisyon an ansanm ak pwogram ouvèti a nan jounen 14 janvye 2017 la adrese kesyon kontinyasyon lit pèp ayisyen an jouk jounen jodi a. Dezas natirèl e non-natirèl ap dekonstonbre nasyon an. Devastasyon siklòn Matye nan ane 2016 la nan pati Sidwès Ayiti se youn nan yon seri katastwòf ki demontre vilnerablite Ayiti anvè katastwòf natirèl ki koze pa movèz kalite ak neglijans enfrastrikti yo, mank de preparasyon otorite Leta yo pou reponn ak kriz, epi tou michan inegalite nan salè moun touche ki li koze mank de sipò pou sèvis piblik yo kouwè lasante, sanitasyon, lòjman, elatriye. Nan sans sa a, pèsistans kriz imanitè Ayiti a se yon kriz ki fondamantalman non-natirèl.

Moun nan Etazini te eksperyanse kote non-natirèl dezas natirèl yo nan enpak trajik siklòn Katrina te koze nan Nouvèl Oleyans an 2005, ak siklòn Sandi nan Mid-Atlantik la an 2012. Nan dezas sila yo, fayit liy sosyal yo te otan destwiktif—si se pa plis menm—ke fayit jewolojik e atmosferik yo. Nan ka tranblemanntè 2010 ann Ayiti a, grate-men lajan bay ofisyèl gouvènman yo pou fè yo fèmen zye sou regleman lalwa sou bati bildin abouti nan konstwiksyon malatchonn, tèlke sa k gen twòp sab oswa pa ase siman pou bati konstwiksyon solid; sa bay rezilta batisman ki kraze bokou pi fasilman e pi seryezman ke yo te dwe kraze. Konsa doulè efè tranblemanntè a ak siklòn yo kontinye ap toumante moun yo pandan plizyè ane apre.

Sa fè wont pou òganizasyon (san retire Lakwa Wouj) ki te pwomèt plizyè milya dola pou sekou entènasyonal ak envestisman pou rekonstwiksyon kite se yon pati tou piti lajan an oubyen anyen menm ki vin jwenn moun nan lari yo oswa katye yo, kote ki ta renmen bati yon sosyete pi jis, pi sen-e-sof e an pi bòn sante. Desandan revolisyonè ayisyen 1791–1804 yo, kreyatè premye repiblik moun nwa nan listwa, merite miyò, e y ap kenbe kontinye lit la pi djanm.

Istoryen e fotografè John Ripton pale de demach atis yo nan egzibisyon sila a: “Entansyon nou se kaptire kouraj ak diyite Ayisyen òdinè yo, èt imen kou nou tout, ki kenbe lespri rezistans kont opresyon rejim diktatè yo, avèk yon rezilyans anfas dezas ekstrawòdinè ke n twouve pwofondeman touchan.”

Deklarasyon entansyon pa fotografè Steven Arnesen, Doumafis Lafontan, John Ripton, ak powèt Tontongi

Powèt Loreya Vil Boston Danielle Legros-Georges ak powèt ayisyen e atis Jean-Dany Joachim, Patrick Sylvain, Tontongi, Fred Edson Lafortune, Lovel Cadet ak Charlot Lucien te patisipe nan resepsyon ouvèti egzibisyon an.

Aktivite sila a parenne pa Trilingual Press/Tanbou, Asanble Atis Ayisyen Nan Massachusetts, City Night Readings, Echo Culture, JEBCA Editions, Union of Maine Visual Artists (Portland Chapter) ak Duggal Visual Solutions.

“Ravaj Goudougoudou”, pa Doumafis Lafontan.

Ravaj Goudougoudou —pa Doumafis Lafontan, 2012.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, été 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com