Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Ewald Delva

Adye nèg o

Lè ayisyen rich, se danje
Latou yo kwè yo siperyè
Tinèg dwe pran yo pou Bondye
ran klas yo enferyè
Sa ki save yo chanje klas
Pou menm fè kwè yo se lòt ras
Konsa konsa y ap gen bezwen
Vin prezidan pa tout mwayen
Ala traka pou nèg nou yo
Lajan, pouvwa fè y awoyo.

Fòtin tinèg pa janm dire
Se de twa grenn ka kontinye
Ke l te pasaj papa, pitit
Tout ap fini an chirepit
Nan tribinal, batay, kerèl
Pou byen yo rete pèsonèl
Tout bèl pwofi kòm eritaj
Pa pwodwi okenn avantaj
A devlopman tout yon fanmi
Vwa lòt fanmi an Ayiti.

Grannèg ki pa ka prezidan
Bezwen senkant vin pi rich
Leta sèvi yo paravan
Peye tinèg de twa penich
E souple lè w pale yo taks
Yo trennen w nan wout koripsyon
Yo ofri w kalman pou relaks
Yon bèl oto kòm solisyon
Epi se la tèt ou pati
Moral pap fè w pa kowonpi.

Yo pa vle pran poul sou siryen
Ki vin lakay avèk anyen
Yo debake kou blanmannan
Nan de twa jou yo chanje kan
Yo ini nan bay lòt kredi
Pou yo louvri lòt magazen
Tèt komès la an Ayiti
Gwo kou detay yo pran l an men
Antre yo pa gen bouch boude
Alevwa rayisman, fache.

Nèg lakay te ka bay travay
Si edikasyon yo te wo
Tout kokorat tinèg sou pay
Pa t ap fè sosyete defo
Yon pakèt fri k ap gaspiye
Te kapab fè bon endistri
Konstwi bèl wout, fè moun peye
Envesti nan agrikilti
Met fakilte, enfrastrikti
Peyi a t ap g on lòt figi.

Sèl, Sik, Dlo

Vwalatilpa se de konpè
K ap vwayaje granmtibonè
Se mouche sèl ak mouche sik
Ak yon radyo y ap fè mizik
Zye yo tou wouj anba kleren
Y ap trimaye sou bò chimen
Lakontantman nan kè tou de
Sik an premye pran divage

Tout moun ap di se verite
Nan tout rakwen se mwen yo vle
Mwen fè kè tout timoun kontan
E m pote èd kay tout paran
Plizyè moun di: Se mwen k pi bon
Se ak dousè m yo fè bonbon
Ke l blan, ke l jòn, tout koulè m bèl
Kisa w ka di, monkonpè Sèl ?

Hep bòs papa ! Mentni lang ou
Si w pa vle m di, ou prèt pou fou
Ou se doum vid k ap fè gwo bri
Si m pran pale kisa w ka di ?
Yo diplome m nan bay bon gou
Se mwen k fè moun renmen ragou.

Gade konpè ! Kote w soti ?
Ti restavèk, ti sanzabri
Ou se pitit lanmè sale
Eske w ka di kote w rete
Nan vye kalbas, bidon wouye
Tankou pil sab moun konn bliye.

M twouve w frekan, e byen pèmèt
Si gen pou mèt, se mwen ki mèt
E si m mande w moun kibò w ye
Nan zo bwa kann k ap gaspiye.

E toudenkou kòmè lapli
Parèt avèk yon parapli
An farinay l ap fè moral
Pou de konpè yo ka vin kal
Nan de grenn mo Lapli di yo
Nou youn pa merite bravo
Mwen k pa anyen, mwen gen pouvwa
Pou efase n voye n nan bwa
Olye n ap pran pòz gwo grandon
Nou ta dwe saj tankou mouton
Konsa nou ta aprann lanmou
San youn pap met lòt ajenou.

Youn pa koute, y ap kontinye
Sik pi vekse, l ap voye pye
Gade koulè w, yon gri tou sal
Nan ma labou bak kwabosal.
Moun ap mande sa pou yo fè w
Ou bay tansyon, anpil moun pè w.

Sèl reponn Sik, tank ou bay vè
Timoun granmoun tout gen freyè
Siyati w se dyabèt sikre
Ou koz anpil pye moun koupe.

San di youn mo, madan Lapli
Kase pliye tout parapli
Ak anpil fòs desandelye
Li pran tou de pote ale
Sik pèdi gou l li efase
Sèl fonn nan dlo bò yon raje
Pou jwi lavi an moundebyen
Pa janm montre se ou k konnen.

—Ewald Delva (Zòf)

Powèm pa Coutechève Lavoie Aupont

Vandredi Sen

Nixon Léger, Untitled Ref. www.nixonleger.com

Jodi a anpil san vle blese kè
anpil fanm vle gròs lonbraj yo
anpil nèg pral fouye tonm solèy
pou separe letènite bay pòv ak sa ki vle

tan an malouk
je nou vle koule ba

tè a fou
limit kè nou fann 2 bout
kòm ki dire lanmò ak lakègrenn
ta mòde santiman limanite

M santi limyè anndanm nan vle touye pròp tèt li
san m tounen sous dloje
yon vye dlo tou ble
ki vle toupizi lannwit ak tout fòs

nanm mwen menm gonfle kò l
pou plen silans rabouch

lè m gade byen
plamenm ak rès kòm se sèl reyalite m posede

Chen priyè sezi wè rèv pa donnen ti kalbas
m wè atò
pouki pèp sèvi boul pik
pouki tou bonkè pa envante maladi
ni plas piblik
ni lapè dimonn

depi l midi
tout sa m manyen anvi fè bonè latè

men Bondye limenm menm
anba yon gro solèy mwadavril
fèmen tout ri Pòtoprens
l ap fè wanga
jete dloje
preche lèzòm pou refè doulè limanite

Se la m konprann pouki
souf moun pa rive pi lwen ke douvanjou
tout lide levanjil se paradi pèdi

kwè m si ou vle
filozofi se manipilasyon tout rayalite moun ka touche

Moun se lawongoch
lavi se lawondwat

lanmò menm se bradwat tan an
anpil souf kanni kite soufrans
anpil moun mouri kite lavi nan chagren

alòs m vle konnen kisa viv ye tout bon
oubyen kisa moun ye pou l pa renmen moun

pou l pa renmen swe rèv li

Si lavi bay kèplen lè l rete
se pa fòt pèsonn
se paske tout moun vle gen ti jaden Dedèn pa yo

si grangou plen vant timoun
mande larenn solèy sak te gonfle Lavyèj Mari

la va di ou tou ki valè remò k fè lakansyèl
Konbyen dloje k ba l tout doulè sa yo

tout moun ta dwe konnen
ki kalte sen
k ap souse mwèl Pòtoprens

m pat konn si lavi te fasil konsa
m nèke kenbe souf mwen
lout priyè lèzom tounen pansman

m tchipe tout pawòl bonnanj mwen
depi jou sa
tout rès sa m fè mete m pi prè lanmò

m eseye bliye non tout maleng nan lavi m
youn pa youn ti kal pa ti kal
tou non m vle sonje mennen m kote a

nan Palè nasyonal

—Coutechève Lavoie Aupont

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com