Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, été 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Merites Abelard te ekri nou pou l objekte sou fason nou te repòte sou prezantasyon li te fè nan Premye Selebrasyon Anyèl Mwa Kreyòl Ayisyen nou te òganize nan Masachisèt mwa oktòb 2014. Nou byen kontan misye pote klarifikasyon sou tèm “Baby Language” la ke nou te konprann misye te vle pale tou sou kreyòl ayisyen an. Nou regrèt avèk Merites lefètke pat gen ase tan pou diskisyon te fèt sou li pandan konferans la. An n li repons Merites Abelard la.

Reyaksyon sou “Premye selebrasyon anyèl mwa Kreyòl Ayisyen nan Masachisèt: Kreyòl kou atou estratejik pou devlopman Ayiti”

—pa Merites Abelard

Jodi a se jedi 7 me 2015, e se premye fwa mwen gen chans li atik sa a ki gen pou tit “Premye Selebrasyon Anyèl Mwa Kreyòl Ayisyen nan Masachisèt: Kreyòl kou atou estratejik pou devlopman Ayiti” ki te pibliye sou Tanbou nan mwa novanm 2014. Mwen panse se te yon gwo inisyativ epi mwen bat bravo pou òganizatè yo. Se te yon onè pou mwen pou m te gen chans patisipe kòm youn nan panelis yo. Mwen li atik sa a avèk anpil atansyon. Malerezman, gen twa erè ki glise nan paragraph 6 atik la: youn nan erè sa yo swete pou m te pale yon lòt jan: “yon ekspresyon n’a espere misye ap vin sispann itilize”, lòt la repòte entèvansyon m nan yon jan ki pa kòrèk “deziyasyon lang kreyòl ayisyen kou yon ‘baby language’, yon lang tibebe”. Nan menm paragraf la, atik la rapòte gen anpil moun ki pat dakò avè m sou sa. Mwen trouve kòmantè sa yo regretab anpil e se sa k fè m ap ekri pou m reyaji nan lide pou m pote kèk klarifikasyon ki kapab itil.

1. Deziyasyon “Lang Tibebe” pa pou Kreyòl Ayisyen

Se vre, pandan prezantasyon an, mwen te pale de “Pidgin, Kreyòl, ak Lang” pou m eksplike kisa tèm kreyòl la vle di. Mwen te fè konsiderasyon sa yo pou m te asire m ke tout moun konprann menm bagay lè n ap itilize mo sa yo pandan prezantasyon an ak deba yo. Nan eksplikasyon m t’ap bay yo, mwen pat itilize deziyasyon “Baby Language” la pou Kreyòl ayisyen; mwen t’ap pale nan sans jeneral. O Kontrè, lè m fin eksplike kisa tèm sa yo vle di “stricto sensu”, mwen te pale nan sans pou yo pa ta menm rele Kreyòl ayisyen an Kreyòl ankò, paske, daprè mwen menm, li depase laj sa a. M te di yon Kreyòl, nan sans estrik tèm nan, se yon “Baby language” ou byen lang ki fenk fèt ou byen ki fenk gen moun ki pale l tankou lang manman yo. Men la, se pa de kreyòl ayisyen mwen t’ap pale. M’ panse tout moun te klè sous a.

2. Kèk nyans nan sa m te di yo

Nan pale de sitiyasyon lang kreyòl la an Ayiti, ou byen ko-abitasyon lang nan ak lang franse ou byen ankò nan rapò de lang sa yo genyen youn ak lòt sou pwennvi sosyolengwistik, mwen te prekonize pou lang kreyòl la pèsevwa yon lòt jan, kidonk tankou yon lang total kapital. Mwen te ankouraje pou ayisyen fyè de lang yo, e nan sans sa a m te pran kòm egzanp pèp Bangladeshi/ Bengali ki gen rasin mouvman revolisyon yo a nan goumen pou fè respekte lang yo, Bengali/Bangla. Mwen te ankouraje pou Kreyòl ayisyen an itilize pi plis nan lekòl yo, pa sèlman kòm yon matyè, men kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj. M panse tout moun ap dakò avè m si m di Kreyòl ayisyen se sèl lang tout ayisyen alawonn badè pale. Se zouti ki simante nou ansanm. Donk nou gen enterè konsève l, pwoteje l, epi nouril. Mwen kwè ti moun nou yo ta aprann pi byen nan pwòp lang pa yo ki se kreyòl ayisyen an.

Yon lòt kote, mwen te bat bravo pou pwojè Akademi Kreyòl la e mwen te swete pou pwojè sa a ateri kidonk, pou li rive reyalize tout bon. M te montre kòman gen nesesite pou yon pwojè konsa. Pou m fè suit a lide sa a, m te eksprime enkyetid mwen a koz mank kontinuite nan peyi Dayiti ki, malerezman, ka kanpe nan wout projè sa a.

Pi lwen, mwen te admèt ke Kreyòl ayisyen an genyen kèk limit nan nivo syantifik, literè ak atistik. Lè m pale konsa mwen vle di nou bezwen pwodui pi plis nan lang Kreyòl la. Sa pral bay lang nan plis jarèt lè gen anpil bagay ki disponib ladann. Se la a mwen te pale de matirite. Byen ke se yon lang total kapital, gen plis bagay ki dwe fèt nan Kreyòl ayisyen an pou bal plis jarèt, pou ogmante nivo itilite li nan tout domèn ni pou Ayisyen ni pou lot moun Kreyòl pa lang manman yo. Mwen panse m te klè lè m te pale konsa.

3. Reyaksyon asistans lan

Pandan prezantasyon an, mwen pa sonje gen moun kite reyaji ditou sou pwen sa a ki avanse nan atik la, kesyon “lang tibebe a”. Sa ki sanble pou mwen, pa gen moun ki te gen pwoblèm ak sa m te di yo. Ou byen si gen moun ki pat dakò, ou byen ki te mal konprann, se nan atik la m’ap vin aprann sa paske okenn moun pat poze kesyon ni eksprime okenn dezakò sou sa. Si te gen kesyon ou byen reyaksyon sou kèk nyans nan sa m te di yo, sa tap byen nouri diskisyon yo epi sa tap kreye okazyon pou nou te klarifye tout konfizyon. Konsa, nou pa tap tonbe nan okenn entèpretasyon erone de sa ki di yo pandan prezantasyon m nan. Malerezman, se sou 6 mwa apre atik la fin pibliye mwen vin okouran de sa.

Si m konprann byen, sanble gen moun ki te gen rezèv sou sa m te di yo, men ki malerezman pat poze okenn kesyon. M’ap espere ke omwen tout konfizyon klarifye kounye a. Ou byen, si gen yon objeksyon ou byen kesyon sou sa m’ di la a yo, m’ap kontan pou m’ li objeksyon sa yo ou byen kesyon sa yo epi reyaji ou byen reponn. Annatandan, m toujou kanpe sou tout sa m te di pandan prezantasyon an, ni sa m di la a. Mwen mande pou koreksyon sa yo fèt tou suit sou Tanbou paske sa ki rapòte nan atik la pa reflete ni sa m te di, ni sa m kwè. An n kontinye pale pou limyè blayi.

—Merites Abelard tetabel@yahoo.fr

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, été 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com