Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Otòn 2009

Home page  |   Table of Contents  |   Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Edner Saint-Amour

Ayiti cheri

“Petro Ceremony” by Castera Bazile. Oil on masonite, 58.5x49 cm, gift of Richard and Erna Flagg Private collection. Milwaukee Art Museum. Reference: Sacred Arts of Haitian Vodou by Donald J. Consentino [ISBN 0-930741-47-1 /Pub. UCLA Fowler Museum of Cultural History]

Lotrejou swa mwen fè yon rêv
Ki dous tankou mango doudous
Ki dous tankou siro myèl kap file nan gòj
Ki dous tankou flè banda dizè kap degaje lodè
Ki dous dous dous dous dous tankou dous lèt

Mwen te wè lannwit nan somèy rèv mwen
Yon bèl deyès bèl fanm zye lakansyèl
Li te menm di mwen non li ki se Ayiti Cheri

Mwen pantan koudfoud mwen tonbe damou
Kòmanse fè bon jennjan galan pawòl dous ak jedou
Chans mwen te briye tankou solèy manmzèl tonbe damou tou
Nan gwo akolad jimo marasa lèv li te rankontre ak lèv mwen
Tout kò mwen tap fè chèdepoul, tout kè ak nanm mwen tap fremi

Briskeman li te kanpe, poze men sou pwatrin mwen fikse mwen drèt nan je
Toudousman li louvri bouch li tonbe poze mwen kesyon
Li di mwen eske wou se yon gason kanson total ki genyen yon rèv?
Mwen te reponnm li tout rèv mwen se oumenm ak pou oumenm

Li di mwen se yon fanm rèv dòmi nan rèv leve nan rèv mache nan rèv
Si wou renmen mwen ak tout kè wou mache anba chapo rèv mwen :
Aspirasyon mwen se Endepandans
Ideyal mwen se libète
Bi mwen se egalite
Objektif mwen se fratènite
Finalite mwen se linyon fè lafòs
Destinasyon mwen se demokrasi

Li te presize li di kè ak rèv mwen makònen fè yon sèl
Kè mwen se Endepandans
Lanmou mwen se libète
Santiman mwen se egalite
Emosyon mwen se fratènite
Tandrès mwen se linyon fè lafòs
Karès mwen se demokrasi

Li di mwen ankò se tèt ki mennen kò, men se kò ki pote tèt
Si pa genyen kò pa genyen tèt ni pa genyen rèv nonplis
Kò mwen se matyè lajan
Fòs mwen se ekonomi
Kapasite mwen se aksyon travay
Pouvwa mwen se mèt mwen ekzistans
Mèt desten mèt lavni mèt lavi

Konbit linyon
Yonn di map roule l tankou yon balon
Lòt di map rache l tankou yon bouton
lôt frape pye di lap depakatcha pakanpak
Nasyon an menm nan mitan mò rèd kadab
Kon gwo boul pik chelenn nan sant ronn mab

Ayiti va yon fanm siro
lè katpwenkadino
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm banda
lè sid ak nô bay lebwa
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm zidòl
lè lwès ak lès kole zèpòl
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va yon bel nègès
nan akolad sid ak lès
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm Nago
lè sid ak lwès an feso
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va yon fanm lejann
lè nô ak lès nan yon sèl nanm
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm freda
lè nò ak lwès kon marasa
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va yon mango doudous
lè nou tout bay yon kout pous
nan yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.

—Edner Saint-Amour

Powèm pa Emmanuel Védrine

Pòtoprens o tan prezan

Yon kapital pa tankou lòt,
Yon peyi anndan Ayiti,
Peyi kote dezespwa se sèl espwa,
Peyi kote lanmò alamòd tankou lesefrape.
Lajounen vin pi danjre paske plis dyab pran lari
Lannwit menm, tout jenn fi oblije dòmi
San pantalèt pou pa gen kont ak Mèt Minui,
Lè l pase vizite san l pa avèti.
Pòtoprens se kapital kote fatra anpile tout kote
Annatandan yon politik pou yo privatize.
Nan peyi Pòtoprens, bouch pa pale tout koze:
Li pa ka pale de dwòg, zenglendo, kidnapè
Nan kapital peyi raketè,
Kapital ki gen plis mayengwen sou latè
Ou pa konn sa k mal ak femèl lè y ap vole
Men ou ka pale de fatra k anpile tout kote,
De moun k ap pise nan chak kwen ou pase.
Nan peyi Pòtoprens, depite ak senatè lachanm
Toujou byen kostime anba gwo chalè 90 degre.
Anpil analfabèt men pa konprann yo fin bèt.
Y aprann trapde tout teknik soudevlopman:
Teknik pou pa vote premye minis konsekan
Si pa gen mouvman lajan avan,
Tenik pou bòykote pwojè lwa pou devlopman,
Teknik pou fè anpil lajan de tan twa mouvman,
Tenik pou pran kontak ak gwo komèsan
Pou grese pat yo sekrètman
Pou pa vote lwa k ap favorize ti peyizan.
Wi! Pòtoprens se kapital politisyen makiye
Ki pa gen oken plan pou Ayiti devlope.
Pòtoprens se sèl kapital ann Amerik ki
Gen demokrasi san ipokrizi pou kochon:
Yo lage san kòd nan tout lari;
Y ap raboure, manje, fè bri
Y ap kouri pase devan lameri,
Defile devan tout anbasad etranje
Pou fè piblisite pou Ayiti Cheri aletranje.

—Emmanuel W. Védrine

(tire de koleksyon Kri pou liberasyon)

Powèm pa Roland Denis

Lakay

M’ pa ka ret tann egzamen final
Se jou m’ap konte pou’m jete’m lakay
You ti kote byen kal
Ki chaje ak bèl peyizay
Kote timoun respecte granmoun avèk anpil lizay
San deblozay

Lakay se lakay
Kote ki chaje avèk anpil gwo gason vanyan
E ki pa janm pantan
Kote ke nèg pa janm pè blan
Nan premye peyi nwa endepanda.

Pa bo lakay
Se kote ki chaje avèk anpil gwo nèg, gwo pòtray,
Gwo kouray.
Nèg ki konn sak rele travay ak fè levay,
Travay di tout midi plante mayi, plante diri nan marekay
Fè konbit ak vwazinay, anpil moun sou ray san deblozay

Ou ou ou wi, lakay
La, ki chaje ak anpil detay
Anpil bèl, bon fanm fo natirèl
Ki gen bèl ti koulè sapoti tete kanpe byen di
Dous tankou siwo myèl nan solèy k’ap fè nèg lasisinn

M’ap pale an jeneral de zonn pwovensyal
Kote ki pa two pre kapital
Men, lakay pa m se you ti kote andeyò de vil Okay
Menm jan ak tout lòt pwovens
Chaje ak anpil bèl ti kay pay san twòp detay ak two gwo dizay

Mwen vle pale de zonn Chantal
Kote ki fè bon fritay ak lanm veritab
Nèg ka boukannen sou pay san ou pa menm bezwen manje sou tab
You ti kote si bèl, si dous, si trankil
Mwen manke ou lakay

Ayi ya ayi
Mwen manke ou lakay
Fòk mwen retounen lakay, jete’m nan jele pou’m al benyen
Ak you bèl bebe pandan m’ap manje you bon lanbi boukannen byen cho.
Lage’m nan so matirin pou’m al naje pandan m’ap manje yon mandarinn byen dous..
Ou la la ! lakay, bon bagay !

—Roland Denis

Powèm pa André Fouad

Kè m son gwo boulva

Potre w ap defile nan chak vwayèl powèm nan
potre w ap defile nan chak konsonn chante a
potre w ap defile nan chak kòd bwat gita sa
potre w ap defile nan chak raleminvini vag lanmè sa a

Kè m son gwo boulva
boulva Harry Truman
Boulva Sent Katrinn
boulva Jan jak Desalin
« Le Boulevard de toi et moi »

Kè m son gwo boulva
ba li koulè ou vle
koulè pou kè w gwo kalfou
repozwa jibilasyon lanmou
wololoy,wololoy, wololoy

Aswè a kè m mouye ak chagren nan pòtoprens
chagren m monte barikad disèt otè
si m pa fè atansyon l’ap fese’m atè
Mouye menm ak sous dlo nan kò w
mouye kè m ak sous dlo nan je w

Kè m s’on gwo boulva
Boulva Harry Truman
boulva Sent katrinn
boulva Jan Jak Desalinn
« Le boulevard de toi et moi »

Kè m s’on gwo boulva
mache ladann
abite ladann.

Elatriye

Yon elatriye vil flannen
nan je ble’w toulèjou

mwen pa konnen kilò ou te vwayaje
gen moun ki di se vre
gen lòt ki di se nan rèv sa te pase’w

yon elatriye kalte flè grandi nan rèv sa a

gen moun ki di se vre
gen lòt ki di se nan rèv sa te pase’w

rèv marye koulè chak vil andetrès
chak flè nan jaden
chak janbdebwa nan kanaval

chimen chak rèv mennen kichòy
pou la te anpèdvitès
la te anpèddamou

gen moun ki di se vre
gen lòt ki di senan rèv sa te pase’w

gen chimen vil pou konte sou dwèt ou
gen chimen zile pou’w pa bliye
tankou yon priyè katechis.

Brase

Mwen grate syèl’w
mwen pa fouti desann drapo’w
mwen grate tè kote
van’w miyonnen

mwen tande’w k’ap ri
anndan yon powèm

mwen tande’w k’ap rele
anndan yon kantik mwen te ekri
pou lanmè maryani ak kò’m
epi dlo nan je’m lè maten

vwa’w pran bay kè’m bonjan bras
chak vennkatrèdetan

Zosman rèv

Se zosman rèv mwen sèlman ki rete anndan rèv sa a
se zosman rèv mwen sèlman ki rete anndan mizik sa a
se zosman rèv mwen ki rete anndan pawòl sa a
se zosman rèv mwen ki rete anndan vil sa a
yo te di’m sa
mwen pat vle kwè sa

tan pase tan glise
tan drive anba po’m anba je’m
tout dezi’m pèdi koulè pèdi fas pèdi tè

M’ap trennen san rete
yon lonbray defigire
yon lonbray madigridire tout kote’m pase
yo te di’m sa mwen pat vle kwè sa

tout ti zetwal kite zanmi’m
tout ti zetwal kite bwat sekrè’m
tout ti ti zetwal kite kon’n fè alarive avè’m
yo tout pran refij nan yon lòt vil k’ap koupe’m kout je
nan yon lòt vil ki derefize di’m bonjou
nan yon lòt vil k’ap pile pye’m
nan yon lòt vil k’ap krache sou mwen
yo te di’m sa mwen pat vle kwè sa.

Mwen renmen w

Pwezi sa pran fòm kò’w
nan promnad chak zetwal nan syèl
pwezi sa pran fòm rèv’w
nan promnad ti kannòt dayiva zile latòti

Lontan dlo ap koule nan je’w
lapli inonde w jouk nan ke
tan ramase’w tan jouke’m
tan blese’w tan tòtòt mwen

Mwen s’on bèl dlo ou poko goute
mwen s’on bèl lapli ki poko tonbe
mwen s’on bèl tan ki vle kouvri’w
nan dra lakansyèl li.

Manje lakay...wouy, wouy se wololoy

Je’m ap chèche’w tankou yon ja
nan mitan tout nwaj nan syèl
je’m ap chèche’w tankou yon ja
nan sekrè fèy papye la pwezi
je’m ap chèche’w tankou yon ja
nan sèt koulè lakansyèl yo

Nen’m nan chèche promennen
li pran lodè anba tonèl
yon lodè diri ak la
yon lodè diri pwa kongo
yon lodè pitimi
yon lodè de ti moso andwi ki tonbe
nan chodyè lwil k’ap fri

Wouy, wouy se wololoy

Lajwa anvayi’m dela-tèt-opye
lè lodè fritay anvayi’m
yon lodè tyaka byen chofe anvayi’m
lè la bri’m di swa blayi
yon lodè akasan anvayi’m
lè lawouze komanse tonbe

Wouy, wouy se wololoy

Je’m ap chèche Ayiti Toma tout pou mwen
peyi’m se sa li ye, sa l’ap toujou ye
anba kadans, bèl pawòl, bèl mizik, bèl kont
peyi’m se sa li ye, se sa yo pa konnen
peyi’m se sa li ye, se sa yo pa janm konnen
peyi’m se sa li ye, peyi’m se sa li te ye

Wouy,wouy se wololoy.

—André Fouad

P.S. Se ak powèm sa a mwen te pran prix Poète de l’Année 2007 nan vil Miyami. (Kèk nan powèm sa yo tire de cd Chimen souvni, 2008).

Powèm pa Tontongi

Memori mwen memorye

Mwen pral di sa m te wè
e tande nan lakou lòtbòdlo
nan mannyè otomatik san m pa gade
sireyalis yo te degozye
pou kwape zonbi plantasyon.

Sa k pase a lespri m
se mannigans je-klere
sa yo k pat vle dòmi
sa yo k pote atansyon sou detay
pou yo pat achte chat nan bwat.

Etazinyen ta vle ezite
pou yo eli yon milat prezidan
men anpil nan yo di se pa bon
pou se yon sèl kalite fòm tèt moun
ki pou gen dwa seray sou jibye.

Sa ki tiye, defaze, toumante, toufounen,
tèmine, depòte, sakaje, boulvèse, dekalke
se pa sèl verite ki genyen lòtbòdlo,
gen sa yo k mete yo alekout sa ki bon
sa yo k pa kontan tande sa ki di onon yo
sa yo k pa kontan wè destriksyon deblozay
potanta endistri ak bonmas koze onon yo
sa yo k pa vle kontinye sitirè sikile
rivyè lapenn dlo nan je
ki koule onon silans yo
konsyans yo pat jennen
pa presyon zantray yo
yo pat lese Otvwa-Gwo-Palè
dikte yo wout pou pran.

Yo desann nan lari
nan mitan Manatann ak Boston
pou yo chante lespwa.

Yo pa kontante jwi lavi
odepan tout lòt moun
po yo sèl gen vèmisèl sou plato
sèl kòk kap chante sou savann
sèl vyolan kap senfonize lanati.

Nou ka memorye inite
sonje nou tout se menm
vann griyo ak bouke woz
sou mache Laplenn yon dimanch.

Nou ka memorye Gentilhomme
ki pale franse kou yon pè savann
li resite tout gwo vè k ekziste
e ba w repons ak tout kesyon k poze.

Nou ka memorye Gwo Degrenngolad
Septanm 2008 panik nan Wall Street
apre koken fin toufounen
jou vòlè save ogranjou piyaje kou w ta di
ou ta bay Al Capone veye lajan Leta.

Nou ka memorye Chalmay Peralt
nou ka memorye Benwa Batravil
sakrifis yo mande pou patriyòt ekziste.
Mwen sonje pwofondè lanmè
labirent nan Pòs Machan
fritay sou Pòtay
debloza nan bingo kay Ti Mak.

Nou ka memorye Pòl Larak
kouman li chante libète
nan zèv li e nan vi l
li kontinye poze kesyon
jiskaske souf kò a fin kaba
li mande pou n chante lespwa
menmlè twou tinèl la bouche
li di fòk nou kenbe jefò chanjman
pa fòs plonje praksis nou
nan pwojè revolisyon sosyalis
li di li ret destine imanite
menmlè Gwo Degrenngolad te rive.
Li di fòk lanmou simayen
menm sou chimen advèsite
pami sèvitè Bondye kou ate
nan isiba kou nan syèl.

Mwen memorye Pòtoprens
vil rebelyon vil toubiyon
vil atis vil powèt vil mizisyen
nan mitan tout lakou
vil lansè flanm libète
vil montay ki dòmi devan lanmè
vil Massillon Coicou vil Horace
ak Pierre-Louis Coicou Tonton Nord
ekzekite devan papòt simityè san jijman
menmjan parèyman Papadòk
te fè ekzekite Drouin ak Numa
menmjan parèyman Papadòk
te fè ekzekite Lucien, Marcel
ak Dato Daumec kou bèt nan labatwa
san zega pou manmanyo madan Auguste
granmatant ki pase tout rès vi l nan lapenn.

Mwen memorye kouman nan yon legliz
tiyè putchis ekzekite Antoine Izmery
mwen memorye kouman zenglendo lòtbòdlo
tiye Malcolm X nan mitan yon sal chaje moun
mwen memorye kouman asasen lòtbòdlo
tiye Martin Luther King lè l al pote bay sipò
nan batay kont povrete ak endiyite.

Mwen memorye kouman
yo bouzinen kwayans nou
mwen memorye kouman
yo fè n pran kaka poul pou bè
mwen memorye kouman
yo dechalbore yon gouvènman eli
onon demokrasi nan lakoloni.

Mwen memorye 17 oktòb nan Pon-Wouj
mwen memorye Fò-de-Jou
mwen memorye ekzil mwatye yon pèp
mwen memorye grangou tou patou
mwen memorye lè pèp rele anmwe
pou grangou toupatou
mwen memorye jounen 7 fevriye
jou pèp choute mouda pitit tig
mwen memorye premye janvye 1804
mwen memorye nou te fè revolisyon.

Revenan

Yo file l kou taso
antase l kou sadin
sezonnen l kou kribish
voltije l nan lanmè
kofre l nan bato Negriye
depoze l sou bitasyon
jete l nan Fò Dimanch
mete l anba kòd rigwaz
djake l kou yon bokota
malmennen l toupizi l
chatre l kadejake l
imilye l desoule l
afame l dezole l
eksplwate l reprime l
revoke l meprize l
arete l kalote l
zonbifye l maltrete l
woule l dekouraje l
li toujou retounen
o pèp vanyan
revenan andyable !

(1997)

—Tontongi

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Otòn 2009

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com