Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Editoryal II

Ted Kennedy: yon nonm ki te rete djanm pou defann dwa malere

Nouvèl lanmò senatè Ted Kennedy te mete anpil Etazinyen ak

“The Seven Sea” by Kelli Foster,, Cambridge, MA. 2008. Email: qeli@comcast.net

Ayisyen nan lapenn. Li pat janm kite advèsite lavi dekouraje li, menmlè l pèdi 2 frè li—prezidan John Kennedy ak senatè Bob Kennedy—anba boulèt asasen.

Ted Kennedy te toujou rete djanm, diran tout 47 ane li pase nan Sena etazinyen an, pou bay vwa ak sa yo ki pat gen lavwa nan chapit, tankou dwa sivil pou minorite etnik yo, dwa pou refijye politik ak refijye malsite, dwa pou travayè san papye, dwa pou moun kap sove kite laterè, dwa fanm pou yo dispoze de kò yo jan yo vle, dwa pou tout moun chwazi preferans seksyèl yo jan yo vle, dwa pou travayè òganize yo nan defans enterè yo kont afrezi patron, elatriye.

Se byen domaj senatè Ted Kennedy vin malad e pèdi fòs nan moman jodia kote kokennchenn deba ap mennen Ozetazini sou sijè refòm asirans medikal, yon sijè e pwoblematik misye te rele “the cause of my life” (“koz pi enpòtan nan vi mwen”).

Devan aloufasite ak afrezite gwo konpayi asirans medikal yo kap tire pakèt pwofi sou moun ki malad, konpayi ki swadizan la pou bay asirans swen lasante ak moun ki malad, men ki refize peye asirans yo lè moun yo tonbe vrèman malad oubyen lè yo gen yon maladi ki te la anvan kouvèti asirans lan, senatè Kennedy te toujou la ap goumen pou defann enterè moun ki bezwen asirans yo.

Devan tout fòs opozisyon konpayi/kòporasyon asirans yo pou bare wout ak tout refòm nan pratik negatif sistèm asirans medikal yo, menmlè pwojè refòm administrasyon Obama a toujou respekte dwa yo pou yo fè pwofi; devan magouyay senatè ki vann nanm yo bay konpayi asirans yo, nou sonje anpil e manke anpil senatè Kennedy ki te toujou rete yon alye pou moun kap lite yo.

Vrèmanvre, plis ke 45 ane apre vot Ted Kennedy pou respekte dwa sivil Nwa-Etazinyen an 1964; apre kanpay elektoral li an an 1980, kote li mande pou rèv pou chanjman pèp la ret anvi; apre solidarite li pote bay lit refijye ayisyen yo, e jefò li deplwaye pou pwoteje travayè san papye yo; e apre kokennchenn sipò li pote bay kandidati Obama a, yon moman kote tout moun te panse misye pat gen yon chans, nou te fini pa respekte konsistans Ted Kennedy—kontrèman ak anpil lòt politisyen etazinyen ki chanje pozisyon politik tankou yo chanje chosèt yo.

Nan goumen pou defann sa li kwè ladan yo, senatè Kennedy pat janm lese privilèj klas ak pouvwa politik avegle l sou sa ki enpòtan nan lavi: solidarite avèk tout moun sou latè e dwa yo, kouwè dwa nou tout, pou nou gen yon lavi ki desan nan avanti lavi nou. Pou tout rezon sa yo, nou regrete anpil lanmò Ted Kennedy e voye kondoleyans nou bay tout fanmi l ak zanmi li.

Nou vle repwodui pi ba a yon bèl ti lèt Ted Kennedy te voye bay Obama anvan lanmò l sou kesyon dwa pou tout moun gen asirans medikal.

—Tanbou septanm 2009
Lettre de Ted Kennedy à Barack Obama: www.tanbou.com/2009/fall/TedKennedyLetter.htm

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com