Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2009

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pou poze baz fondasyon yon akademi kreyòl ayisyen : Kèk konsèy pratik

—pa Tontongi

Prensip dezirabilite kont prensip nesesite

Pou fonde pratikman yon Akademi Kreyòl Ayisyen—ke n’ap deziye nan rès tèks sila a senpleman kòm Akademi Ayisyen —, nou dwe poze keksyon si l se yon dezirabilite oubyen yon nesesite. Se nan chwa ant youn ou lòt de prensip sa yo, n’a ka predi ki jan de akademi nou vle tabli.

“Mystic Marriage of Toussaint Louverture et Lasirèn” by M. Mompremier. Oil on canvas, 75.5x60 cm, private collection. Reference: Sacred Arts of Haitian Vodou by Donald J. Consentino [ISBN 0-930741-47-1 /Pub. UCLA Fowler Museum of Cultural History]

Prensip dezirabilite

Si ou fè chwa dezirabilite, sètadi kou yon bagay nou ta renmen oubyen nou vle met sou pye san nou pa ba li enèji, detèminasyon mantal ak resous pratik ki nesesè pou nou fè l reyisi, l’ap pran yon konfigirasyon selon chwa sila a. Men si ou chwazi de preferans prensip nesesite a, se yon lòt jan de praksis k’ap vin deplwaye.

Prensip nesesite

Chwa oubyen aseptans prensip nesesite yon Akademi Ayisyen ann Ayiti enplike aseptans enpòtans yon enfraestrikti debaz e enstitisyonèl ki la inikman pou ede nan valorizasyon, pwomosyon ak simayennasyon (diseminasyon) e prezèvasyon lang kreyòl ayisyen an. Nesesite enplike yon bagay ki dwe fèt e san limenm yon moun oubyen yon sosyete ap manke yon eleman ki fondamantal.

Byenke gen lè dezirabilite ak nesesite ka makonnen kò yo ansanm, nesite yon Akademi Ayisyen nan kontèks kondisyon restavèk kilti ak lang kreyòl ayisyen an parapò ak kilti e lang franse a, vin fè k nou oblije pran swen pou n met sou pye nonsèlman objektif ak misyon Akademi an men tou enfraestrikti ak lojistik ki endispansab pou atenn bi ak objektif yo.

Sito nou klè sou bi ak objektif Akademi an, nou ka elaborate sou modalite yo, sètadi sou ki jan e ak ki mwayen n’ap anplwaye pou nou atenn bi ak objektif yo.

Natirèlman, akoz enpòtans tablisman ak fonksyonnman yon Akademi Ayisyen ann Ayiti, inisyativ la ap bezwen sipò total Leta ayisyen (sanke Leta pa kontwole ki sa li fè e ki jan li fè li, an prensip Leta dwe rekonèt e asepte menmjan endepandans li rekonèt pou Inivèsite).

Presedan istorik

Meyè presedan pou fondasyon yon Akademi Ayisyen se ekzanp fondasyon Académie Française la an 1634 pa Kadinal Richelieu, premye minis Rwa Louis XIII, ki limenm tou t’ap chache met estrikti e bay jarèt a yon lang ki t’ap emèje nan relasyon de pouvwa avèk yon lang dominan : lang laten an. Nan sans sa a, gen anpil leson nou ka aprann de evolisyon lang franse a pa rapò ak lang laten an.

Youn nan premye ekzanp ki ka enterese nou se misyon Académie Française la te bay tèt li : « Fikse lang franse a e ba l yon seri de règ ki ka rann li pirifye e klè pou tout moun ka konprann li. » Se nan lespri misyon sa ki fè ke premye pwojè Académie Française se te konpoze yon diksyonè.

Yon lòt potomitan Académie Française la, ki pa two diferan de misyon an, se te wòl li te bay tèt li : Ekzije bon izaj lang lan e bay rekòmandasyon sou kouman pou pale l ak tèminoloji ki aseptab e sou fason pou veye bon prezèvasyon lang lan « pou nou ka fè l yon patrimwàn komen pout tout Fransè e pou tout moun ki pale lang nou an », selon jan menm Académie a di li. Se nan sans misyon ak wòl sa yo kote ou wè AF met sou pye yon seri pri literè ki ankouraje moun ekri byen ladan l. Nan dènye ane ki sot pase yo AF simayen e onore plis ke swasant pri literè.

Lòt zèv Académie Française fè gen ladan yo « sibvansyon gwoup literè oubyen gwoup moun savan, zèv byenfezans, bay èd ak fanmi ki gen anpil bouch, èd pou fanm ki vèv, moun ki defavorize oubyen moun ki distenge yo pa akonplisman zak devouman, bous detid...», elatriye.

Objektif ak misyon yon Akademi Kreyòl

Nou ka defini objektif ak misyon Akademi Kreyòl la kou :

§ Ede nan devlopman, konsolidasyon, valorizasyon e simayennasyon (diseminasyon) lang ak kilti kreyòl ayisyen yo.

§ Ede mete enfraestrikti debaz e sipò enstitisyonèl ki mentni entegralite lang kreyòl la.

Objektif pratik (pou tèm kout, mwayen e long)

  1. Kreyasyon yon Gramè Jeneral (k’ap vin konsolide tout kodifikasyon gramatikal ki ekziste e modènize asepsyon yo nan langaj kouran).
  2. Kreyasyon yon Diksyonè Kreyòl Jeneral (k’ap konpile tout mo kreyòl ki ekziste ansanm ap neolojism ki ajoute, san retire neolojism ki fòme apati yon lang etranje, kou wikenn, leyòf, batey, elatriye).
  3. Tradiksyon an ayisyen zèv klasik nan literati tout peyi ki ekziste, patikilyèman sa yo ki relate avèk oubyen ki touche anvironnman jeopolitik, istorik, ekonomik e kiltirèl Ayiti ap viv la. Nou ka pati pou yon quota de 100 liv pa ane pou kòmanse.
  4. Kreyasyon yon Pri Akademi Kreyòl Ayisyen ki ka desène chak ane oubyen chak de zane pou zèv entelektyèl, an tout jan, miltijan oubyen miltidisiplinè (literati, mizik, teyat, filozofi, syans fizik, syans natirèl, syans sosyal, elatriye) ki ekri oubyen fèt ann ayisyen. Sijesyon : Akademi an ta rele de nan Pri sa yo : Pri Felix Moriso-Lewa e Pri Iv Dejan, pou rann omaj ak travay pyonye, travay louvri chimen yo fè pou devlopman, valorizasyon ak pwomosyon lang kreyòl ayisyen an.

Modalite daksyon e Estrikti enfraestriktirèl (ki jan e ak ki mwayen pou fè sa rive)

San tablisman mezi pratik pou kreye yon enfraestrikti debaz pou fonksyonalite yon Akademi (lokalite fizik li, machin ak akseswa pou pwodiksyon literè, moun ki anplwaye pou fè l mache, elatriye), l’ap toujou rete nan yon estad dezirabilite.

Nan nòt ki pral vin la yo, nou eseye elabore yon seri de pwopozisyon ki kouvri alafwa objektif e misyon Akademi an ansanm ak mwayen daksyon nou sijere pou anplwaye :

  1. Posesyon yon lokal fizik apwopriye ki reflete ponp ak fonksyon oubyen karaktè ofisyèl etablisman an. Estrikti fizik la dwe enpozan (kouwè yon ministè Leta oubyen yon palè lejislatif).
  2. Tablisman yon Libreri Nasyonal Ayisyen k’ap konpile tout liv ki deja oubyen ki vin ekri an kreyòl ayisyen.
  3. Tablisman yon Enprimri Nasyonal Ayisyen k’ap pibliye zèv kreyòl oubyen zèv ki tradui ann kreyòl ayisyen (yon emprimri modèn k’ap gen ekipman modèn pou piblikasyon ak kominikasyon).
  4. Kreyasyon diferan Komisyon oubyen Komite pou mete lamen sou diferan aspè travay Akademi an (komisyon pou etid semantik, pou tradisyon, pou entegrasyon lòt kreyòl, elatriye).

Etap preliminè /Mizanplas lojistikyèl

  1. Kreyasyon yon Komite Ekzekitif pou Fondasyon Yon Akademi Ayisyen. KEFAA ap gen misyon pou l ede a:
  2. Kreyasyon yon seri de Komite Konseye pou Tablisman Akademi Ayisyen.
  3. Deziyason Rejyon Jeografik Reprezantatif k’ap nome Komite yo (Ayiti : tout nèf depatman yo; Etazini : Boston, Florid, Nouyòk, Nwoujèze, Wachinntonn; Kanada : Monreyal, Toronto ; Frans : Pari; Repiblik Dominikèn : Sen Domeng; Gwadeloup; Matinik, Kiba, elatriye).
  4. Sipò ak angajman Leta Ayisyen pou l bay yon lokal apwopriye ak tout lòt myayen ki nesesè.
  5. Kreyasyon yon Komite pou Kòlèk Fon Prive k’ad ede kolekte lajan pami sosyete sivil la ak pami tout lòt antite pou ede ak fonksyonnman Akademi an.
  6. Kreyasyon yon Komite Veyatif Konstitisyon ki la pou veye aplikasyon lwa ki chita sou obligasyon pou tout dokiman ak desizyon Leta ekri alafwa an franse e an kreyòl. Yon lwa espesyal ka mande pou enprimri ak laprès yo pibliye omwen mwatye piblikasyon yo an kreyòl.

Potansyèl Wòl Inivèsite

Nan pèspektif sila a nou sipòte avèk bra louvri apèl Fritz Deshommes lan, Vis-Rektè Inivèsite Deta Dayiti, diran XIIèm Kolòk Entènasyonal pou Etid Kreyòl la, ki te fèt ann Ayiti nan jounen 25–29 oktòb 2008, kote misye te mande pou nou met sou pye koulyea, jounen jodia, yon « Académie Nationale de la Langue Créole ».

Apre ke l fin relve avansman kreyòl ayisyen an diran dènye deseni ki sot pase yo, kòmanse pa elevasyon l nan Konstitisyon 1987 kou lang ofisyèl, an parite avèk franse, e ki mande limenm tou pou tablisman yon Akademi Ayisyen, pwofesè Deshommes souliye « yo rekonèt kreyòl la [jodia] kou lang e objè ansèyman depi Refòm Bernard la ; ensèyman siperyè mete kò l nan bagay la avèk kreyasyon Faculté de Linguistique Appliquée [Fakilte Lengwistik Aplike] nan sen Inivèsite Deta Dayiti. Ke nan radyo, ke nan diskou politik, kreyòl la vin gen dwa pou yo site l ; dènye ouvèti aktivite literè pou ane a te konsakre sou literati kreyòl ». Li remake pou l fini : « Men si nou vle pou n genyen yon enstriman prestijye pou pwomosyon, devlopman, valorizasyon patrimwàn nou an, temwen e gadyen idantite nou ansanm ak konesans lokal ki enpòtan yo, nou dwe mete sou pye Akademi sila a. »

Potansyèl Wòl Leta

Wòl desizif Leta ap endispansab nan batisman yon Akademi Nasyonal Ayisyen ki djanm, ki gen vrèman yon karaktè nasyonal, e ki dispoze pou l itilize resous ak pwisans Leta pou l tabli e fè respekte règ ak estrikti nesesè pou kenbe misyon Akademi an. Kou mwen di nan liv mwen, Critique de la francophonie haïtienne /Kritik frankofoni ayisyen : « Zaksyon Kadinal Richelieu lè l te etabli Akademi Franse an 1634 te gen yon pakèt efè sou estriktirasyon, pwopagasyon e diseminasyon lang ak kilti franse a lè yo te nan ti zanfans yo. »

Nan sans sa a, Akademi an ka prekonize e lolo, « lobi » Leta pou fè pase yon lalwa ki ekzije patisipasyon oubyen izaj kreyòl nan tout konferans akademik e tout fonksyon ofisyèl Leta k’ap fèt nan peyi a oubyen nan reprezantasyon li aletranje (kouwè paekzanp sesyon nan Loni, konferans deprès, kolòk akademik, seremoni graduasyon, elatriye).

Lalwa sa a ka kouvri tou, pami lòt pwovizyon, toudabò obligasyon pou aplike lòd Konstitisyon 1987 la ki mande pou : « Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kaplab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans. » Akademi an ka mande Leta pou l fè nasyon an (e ankouraje sosyete ayisyen an pou l) aplike lwa konstitisyonèl la ki di : « Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a. Anwetan sa ki ta yon danje pou peyi a, Leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè ak sou regleman li mete deyò. Menm jan tou, pou antant, kontra, ak papye li siyen ak lòt peyi. » [Referans : tradiksyon kreyòl Konstitisyon 1987 la pa Pòl Dejan].

Potansyèl Wòl Ekriven, Atis, Filozòf ak Syantifik yo

Natirèlman, pi gwo potomitan yon Akademi se ekriven, atis, filozòf ak syantifik k’ap pwodui travay nan sen sosyete sivil la e ki ap anrichi lang kreyòl ayisyen an. Nou ka deja di ke moun k’ap vin manm oubyen manmdonè Akademi Nasyonal Kreyòl Ayisyen an se moun swa ki pwodui an kreyòl oubyen k’ap travay pou pwomosyon kreyòl ayisyen an. Youn nan misyon fondamantal enpòtan Komite Konseye pou Tablisman Akademi Ayisyen se defini kritè ak kalifikasyon pou deziye ekriven, atis, filozòf ak syantifik k’ap vin manm Akademi an. E ede tabli lwa fonksyonnman li.

(Dokiman sa a te fèt e ekri nan Boston, Etazini, pa Tontongi, konseye pa Franck Laraque, nan mwa mas 2009. Li te ekri an repons—e nan pèspektif pou sipòte—apèl Fritz Deshommes lan, Vis-Rektè Inivèsite Deta Dayiti, diran XIIèm Kolòk Entènasyonal pou Etid Kreyòl la, ki te fèt ann Ayiti nan jounen 25–29 oktòb 2008, kote misye te mande pou nou met sou pye koulyea, jounen jodia, yon

« Académie Nationale de la Langue Créole »).

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2009

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com