Frantz Voltaire ak sè li michan powèt Michèle Voltaire Marcelin.
Misye sa a rele Frantz A Voltaire. Mwen byen avèk li depi nou te nan lekòl segondè St Martial nan lanne 1960 yo (kwak nou pa t menm pwomosyon). Se limenm ki tabli Cidhica (Centre d’information et de documentation sur Haïti, les Caraïbes et l’Afrique) nan Monreyal, Kanada. Pou travay sa a, pa gen lontan li sot resevwa yon gran prim ki rekonèt jan li ede lang ak kilti franse pran reyònman nan lemonn. Mwen te deja voye di l konpliman m. Men si m vin pale de li jodi a, se pou yon lòt rezon : Kòm misye renmen di li se yon « passeur », mwen vle sèvi avèk pakou misye kòm egzanp pou m pase yon lòt leson sou karaktè.
Mwen sèten tout ansyen pwofesè Frantz Voltaire yo, si yo ta la toujou, t ap fyè pou yo di w se ansyen elèv yo. Men yo t ap pran pòz bliye jan misye te konn twoke kòn avèk yo, e yo te fin pa flanke misye deyò nan lekòl la. Poukisa menm ? Voltaire pa t yon gwo gason, men li te yon sipèb atlèt. Misye ansanm ak de jenn bway tankou Guy Gelin ak Joseph Fanfan se te de « supernova » : Yo te konn kouri 100 mèt nan mwens pase 11 segond, alòske yo te apèn gen laj 15-16 an (mwen pa bezwen pale si de nèg konsa te jwenn bon kondisyon antrènman). Poutèt talan sa a, gen anpil bagay yo te tolere pou misye. Men yon jou towo a mete ponyèt sou youn nan monpè Blan yo ! (Wi jan nou tande a). Tout monpè yo estomake : Pou yon ti Ayisyen pèmèt li leve lamen sou yon monpè etranje, sa a se yon krim ki pa gen padon, ki ap mennen nan lanfè tèt-dwat ! Epoutan pou anpil nan nou elèv yo, depi dat la, Frantz Voltaire vin yon ewo pou nou, paske li te rive fè sa nou t ap reve fè lontan deja : frennen frekansite detwa pwofesè etranje ki sanble pa t konprann lesklavaj fini nan peyi pa n lan kèk jou.
Frantz Voltaire te pati al kontinye etid li an Frans. Men se te epòk Me 1968. Lafrans te an boulvès. Sitou elèv lise ak etidyan nan inivèsite te leve kanpe, pran lari pou mande chanjman radikal nan yon sistèm retwograd ki bouche lavni yo : grèv, manif, lese-frape ak lapolis. Frantz Voltaire twouve l sou barikad yo. Otorite yo pa pran tan pou yo remake misye ; yo fè pwofil li ; yo dekouvri ti nonm sa a pa menm yon Franse : se Ayisyen li ye. Yo flanke misye deyò nan peyi yo a. Se konsa l al ateri Chili pou fè etid inivèsitè l yo. Alòs, ti Ayisyen ki ap etidye nan Chili jodi a, men zansèt » nou : se Frantz A. Voltaire. Pou wè kounye a se menm Lafrans sa a ki ap onore misye pou jan l ede reyònman lang ak kilti franse.
Men leson m aprann de pakou Frantz Voltaire la : Nan lavi, fòk yon moun gen konviksyon ak karaktè pou w viv selon sa w kwè. Fòk ou pare pou w goumen (nan tout sans) pou sa, e yo kapab fè w peye l chè. Peye pri a, chak fwa sa nesesè ! Yon jou, menm moun ki te advèsè w yo va retire chapo devan w. Se yon leson m apresye anpil. Mwen pa konn pou nou ?