Li kite nou nan yon konjonkti difisil difisil anpil, kote polivalans li, analiz li, kouraj li ak detèminasyon vwa l pi enpòtan toujou. Pyè Michel devan !!! Nou menm nou dèyè ! Batay la p ap kanpe ! N ap fini nòt sa ak kouplè chanson Carole Demesmin a « Lè yon Mapou tonbe » :
Lèyon branch wozo kase bò letan Ranmye pa menm espantanMen lè son mapou nan granbwa ki tonbe
Tout zwazo blije mande : « kote n pral poze ? »
Lan jaden nou
Ou te yon mapou
Kote n poze
Lè n te bouke
Se pou piyay
Ou te bay lonbray !!!
(…)
Ni fèy ni fwi nan branch bwa ki pandye
Yon lè rive yo tonbe
Fèy la tonbe al pouri fè fimye
Fwi a ale pou jèmen
Pou l repouse
Lè w te tonbe sete tankou
Yon fwi k plante anndan kè nou
Sa w te konn di
Pa janm pèdi…
—Gwoup Refleksyon-FPSPA Deklarasyons tire nan paj Facebook FPSPH, May 27 e 28, 2024
